Ekri pa avoka imigrasyon ekspè ASAP yo · Mizajou nan dat
Manm ASAP yo: Paj sa a gen lyen ki mennen nan resous ki soti nan ansyen mizajou pou manm ASAP yo. Pou dènye mizajou nou yo, vizite paj sa a.
13 out 2026
USCIS te di anpil moun yo te rate dat limit pou peye frè azil pou peye chak ane (annual asylum fee). Kounye a, USCIS ap rann li posib pou anpil nan moun sa yo peye frè a. USCIS relouvri anpil fenèt peman anliy, epi nou pa konnen konbyen tan fenèt peman sa yo ap rete ouvè. Si ou te rate dat limit USCIS la anvan sa, tcheke kounye a pou w wè si ou kapa b peye, epi peye byen vit si ou kapab! Aprann plis sou frè azil pou peye chak ane isit la.
USCIS di yo gen plan pou transfere kèk dosye azil nan tribinal imigrasyon san yo pa fè entèvyou.
Detansyon nan ayewopò yo ap ogmante, menm pou moun ki gen pemi travay.
Aprann kijan pou mande liberasyon nan detansyon imigrasyon.
Nan yon moman difisil, manm ASAP yo te fè yon diferans. Gras ak manm ASAP yo:
Yon jij sispann USCIS tanporèman pou yo pa fèmen dosye azil yo poutèt moun nan pa t peye frè azil pou peye chak ane a. Men, ou ta dwe toujou peye frè a si ou kapab.
Premye aplikasyon pou pemi travay yo dwe trete nan yon delè 30 jou ankò.
Pa gen okenn frè pou aplike pou CAT ak sispansyon depòtasyon (withholding of removal).
Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) fini pou Bimani (Myanmar), Ayiti, Soudan di Sid, Siri, ak Yemen. Li mizajou pou tout peyi ki gen TPS yo.
Gouvènman an pibliye de nouvo Dekrè Egzekitif sou sitwayènte pa nesans (birthright citizenship). Si oumenm oswa pitit ou se sitwayen Ameriken, konsidere fè demann pou yon paspò si ou pa genyen youn.
Resous imigrasyon ASAP yo disponib kounye a nan lang Kreyòl Ayisyen.
Kèk moun ki genyen ka azil yo kapab mennen konjwen oswa pitit yo Ozetazini. Anvan sa, moun ki soti nan 40 peyi pa t kapab fè sa, men yon jij pa t dakò ak sa.
Aprann sou reta nan renouvèlman pemi travay.
Gade plis mizajou sou fason lwa yo ap chanje.
ASAP ap anboche avoka pou pouswiv gouvènman an nan tribinal.
9 Jiyè 2026
USCIS ak tribinal imigrasyon yo ap mande yon frè azil pou peye chak ane (annual asylum fee).
ASAP ap goumen kont frè azil pou peye chak ane a ak de pwose — youn kont USCIS, epi youn kont tribinal imigrasyon yo. Yo te depoze nouvo pwose kont USCIS la nan dat 1ye jiyè. Li konteste yon nouvo règleman ki kouvri twa pwoblèm anmenmtan: frè azil la, TPS, ak delè 30 jou pou trete premye pemi travay ki baze sou azil.
Reta nan renouvèlman pemi travay kontinye ap yon gwo pwoblèm.
Tribinal Suprèm nan kenbe sitwayènte pa nesans (birthright citizenship)! Tout bebe ki fèt Ozetazini se sitwayen ameriken yo ye. Mèsi ak manm ASAP yo ki te pran devan pou pwoteje dwa sa a!
Malerezman, Tribinal Suprèm nan deside ke Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pou Ayiti ak Siri kapab fini, pwobableman vè fen mwa jiyè a. Desizyon sa a pral rann lòt pwose pou TPS yo pi difisil pou genyen tou. Si ou gen TPS, ou ka vle konsidere fè demann pou azil kounye a.
Tcheke estati dosye w la sou entènèt regilyèman pou asire w ou jwenn enfòmasyon sou chanjman sanzatann nan dat odyans yo ak lòt dènye nouvèl.
Si ou te manke yon randevou nan tribinal imigrasyon epi ou te resevwa yon lòd depòtasyon, li ka posib pou mande yon jij pou relouvri dosye w la.
Si ou gen 2 an oswa plis Ozetazini, ou ka vle pote prèv avèk ou.
Gade plis dènye nouvèl sou fason lwa yo ap chanje.
Ranpli sondaj sa a sou premye pemi travay ki baze sou azil, si premye aplikasyon pemi travay ou a toujou annatant. Nou bezwen èd ou pou yon nouvo pwose. [Sondaj la fèmen. Li rezilta yo.]
16 Jen 2026
Mizajou 30 jen 2026: Bòn nouvèl: Tribinal Siprèm nan kenbe sitwayènte pa nesans (birthright citizenship)! Tribinal Siprèm nan deside ke tibebe ki fèt Ozetazini se sitwayen ameriken, kèlkeswa estati imigrasyon paran yo. Mèsi ak manm ASAP yo ki te pran devan pou pwoteje dwa sa a epi defann Konstitisyon ameriken an.
Rapèl: tcheke si frè azil pou peye chak ane (annual asylum fee) ou a dwe peye epi kijan pou w peye l. Si dosye azil ou a nan tribinal imigrasyon epi ou te deja peye frè w la, ou ka toujou bezwen soumèt prèv peman an.
Gen kèk tribinal imigrasyon k ap planifye gwo odyans nan tribinal pou dè santèn imigran anmenmtan, souvan ak yon avi kout.
Yon tribinal te bay USCIS lòd pou l kòmanse trete aplikasyon pou imigran ki soti nan 40 peyi ankò. Men gouvènman an fè apèl kont lòd tribinal la, epi nou pa konnen si USCIS pral trete anpil aplikasyon tout bon vre.
Premye pemi travay yo ap kontinye trete pou moun k ap chèche azil ki soti nan tout peyi. Konsidere aplike kounye a si ou elijib. Sa ta kapab vin pi difisil anpil pou w jwenn yon premye pemi travay pita nan ane sa a.
USCIS ap rann li pi difisil pou moun jwenn kèk kat rezidan pèmanan ki baze sou fanmi ak travay.
Estati Pwoteksyon Tanporè pou Liban pwolonje jouk rive 27 novanm 2026. Li mizajou pou tout peyi ki gen TPS (Estati Pwoteksyon Tanporè).
ASAP ap fè patenarya ak National TPS Alliance pou batay kont frè azil pou peye chak ane a ak chanjman nan pemi travay yo.
Pran prekosyon ak escrokri nan imigrasyon ki kouran yo.
Gade plis mizajou sou fason lwa yo ap chanje.
13 me 2026
Pa bliye peye frè azil pou peye chak ane (annual asylum fee) $102 ou a:
Si dosye w la nan USCIS, ou kapab tcheke si dat pou w peye frè azil pou peye chak ane w lan rive. Si ou pa peye frè w la alè, USCIS di y ap rejte aplikasyon azil ou a epi y ap anile pemi travay ou.
Si dosye w la nan tribinal imigrasyon, ou kapab peye frè azil pou peye chak ane w lan nenpòt kilè, men frè a pa ofisyèlman dwe peye toutotan yon jij pa di w pou w peye l.
Gen tcheke sekirite (security checks) nèf pou aplikasyon USCIS yo, sa enkli azil epi petèt pemi travay. Tcheke sekirite sa yo ap lakòz reta, epi yo ka mande kèk aplikan pou yo bay anprent dwèt yo ankò.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) amelyore zouti nou an pou jwenn yon avoka. Kounye a ou kapab sèvi ak yon kat pou chèche avoka imigrasyon oswa pou chèche avoka ki espesyalize nan liberasyon moun ki nan detasyon.
Men 10 bagay pou w konnen anvan premye randevou w nan tribinal (master calendar hearing).
Yon pwopozisyon règ ki ta ka limite pemi travay yo poko final. Ou kapab aplike pou yon premye pemi travay 150 jou apre ou fin aplike pou azil.
ASAP ap goumen pou nouvo ekstansyon otomatik pou pemi travay nan tribinal ak nan Kongrè a.
ASAP gen yon nouvo pwojè ki rele WorkPermits.US! Pwojè sa a fè patenarya ak biznis yo pou goumen pou yon aksè stab pou pemi travay. Aprann kijan moun k ap chèche azil yo ogmante salè epi kreye travay pou sitwayen ameriken sou nouvo sit entènèt nou an, dapre rechèch ki soti nan Harvard Business School.
Gade plis dènye enfòmasyon sou kijan lwa yo ap chanje.
29 Avril 2026
Gouvènman an di USCIS ap bay kèk desizyon sou azil ankò, men lòt dosye yo rete an sispansyon. Dosye yo toujou an sispansyon pou moun k ap chèche azil ki soti nan peyi sa yo:
Afganistan, Angola, Antigwa ak Babouda, Benin, Burkina Faso, Bimani (Myanmar), Burundi, Chad, Repiblik Kongo, Kòt divwa, Kiba, Dominik, Gine Ekwatoryal, Eritre, Gabon, Ganbi, Ayiti, Iran, Laos, Libi, Malawi, Mali, Moritani, Nijè, Nijerya, Palestin, Senegal, Syera Leyòn, Somali, Soudan di Sid, Soudan, Siri, Tanzani, Togo, Tonga, Tikmenistan, Venezyela, Yemen, Zanbi, ak Zimbabwe
Gade yon nouvo videyo sou kijan pou w jwenn yon moun ou renmen ki nan detansyon (detention) imigrasyon.
Tribinal Siprèm nan te tande agiman sou sitwayènte pa nesans (birthright citizenship) mwa sa a, epi manm ASAP yo te sipòte ka a. Nou espere yon desizyon anvan kòmansman mwa jiyè.
Tribinal Siprèm nan ap tande agiman sou TPS jodi a epi li pral pwobableman pran yon desizyon anvan kòmansman mwa jiyè. Gade enfòmasyon sou Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pou tout peyi yo.
Resous ASAP yo disponib kounye a nan lang Ris (русский) ak Chinwa Senplifye (简体中文), de lang anpil manm te mande. Nou pral ajoute plis lang ane sa a.
ASAP gen yon nouvo sit entènèt sou Lwa Federal sou Reklamasyon pou Domaj (FTCA), ki pèmèt moun pouswiv gouvènman Ameriken an lajistis si ajan imigrasyon fè yo mal.
Gade plis dènye enfòmasyon sou kijan lwa yo ap chanje.
Nan mwa avril, manm ASAP yo te mobilize avèk siksè kont yon pwopozisyon règ ki ta pral limite pemi travay pou moun k ap chèche azil.
Mèsi a plis pase 500 manm ki te ranpli sondaj mwa pase a pou pataje lide yo sou règ la! Si ou te ranpli sondaj la, nou te enkli lide ou yo nan kòmantè nou voye bay gouvènman Ameriken an.
Dè milye moun ak gwoup te opoze règ la – sa enkli eta, vil, biznis, sendika travayè, gwoup relijye, ak plis ankò!
Ou kapa b vle fè demann pou yon premye pemi travay kounye a, anvan pwopozisyon règ sou pemi travay la vin final. Ou kapa b fè demann pou yon premye pemi travay 150 jou apre ou fin depoze aplikasyon azil ou a.
88% nan premye pemi travay yo toujou ap trete nan yon delè 30 jou. Ou kapa b li lòt enfòmasyon sou tan tretman yo.
4 Mas 2026
Yon pwopozisyon pou yon nouvo règleman sou pemi travay ta ka rann li enposib pou moun k ap chèche azil yo aplike pou yon premye pemi travay. Règleman sa a ta ka rann kèk renouvèlman pi difisil tou. Pwopozisyon règleman sa a PA final.
Si ou te aplike pou azil sa gen omwen 150 jou, konsidere pou ou aplike pou yon premye pemi travay kounye a! Pifò moun k ap chèche azil ta dwe kapab resevwa yon premye pemi travay si yo aplike anvan nouvo règleman an vin final.
Si ou gen yon pemi travay deja, epi li pral ekspire nan 1 an oswa mwens, konsidere pou ou aplike pou renouvle pemi travay ou.
Ede nou di gouvènman an poukisa règleman sa a pa bon! Tanpri ranpli sondaj nou an anvan 11 mas. N ap enkli lide ou yo nan “kòmantè” ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) ap voye bay gouvènman an (san nou pa itilize non ou). [Sondaj la fèmen].
N ap travay tou pou asire gouvènman an tande sa anpil gwoup gen pou di sou pwoblèm règleman sa a genyen, tankou biznis, sendika travayè, vil, ak lòt òganizasyon.
Finalman, mèsi a plis pase 1 500 manm ki te pataje enkyetid yo konsènan pemi travay mwa pase a. Anpeche chanjman ki ka fèt alavni se te pi gwo priyorite manm yo, epi n ap travay di pou nou konbat sa.
Desizyon azil nan USCIS toujou kanpe. Si ou gen yon dosye azil ki annatant, men 5 bagay ou kapab fè pandan w ap tann nan USCIS.
Li enfòmasyon ki ajou sou detansyon imigrasyon, tankou kijan pou jwenn yon moun pwòch ou ki nan detansyon ak resous sou kijan pou mande liberasyon.
Li konsiderasyon ki ajou sou deklarasyon taks nan ane 2026.
Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) fini pou Ondiras, Nepal, ak Nikaragwa.
Si ou te aplike pou renouvle pemi travay ou baze sou TPS El Salvador, pemi travay ou a ta ka pwolonje otomatikman jouk rive 31 out 2026.
Gade yon nouvo videyo sou kijan pou peye frè azil pou peye chak ane (annual asylum fee) nan tribinal imigrasyon. Yon jij kapab ba ou lòd pou peye frè a apre dosye azil ou a fin gen omwen 1 an depi li annatant.
Si dosye w la nan USCIS, ou kapab tcheke si dat pou peye frè azil pou peye chak ane USCIS ou a rive.
ASAP te soumèt agiman bay Tribinal Siprèm pou sipòte sitwayènte pa nesans (birthright citizenship).
Gade plis enfòmasyon sou kijan lwa yo ap chanje.
4 fevriye 2026
Malerezman, jij imigrasyon yo ak USCIS kapa b mande frè azil pou peye chak ane (annual asylum fee) an ankò. Frè a se $102 kounye a. Si ou pa peye frè azil pou peye chak ane a anvan dat limit gouvènman an fikse nan dosye w la, yo kapa b refize oswa anile aplikasyon azil ou a. Li plis enfòmasyon sou frè azil pou peye chak ane nan tribinal imigrasyon ak frè azil pou peye chak ane nan USCIS, sa gen ladan l kijan pou w konnen si dat pou w peye frè w la rive ak kijan pou w peye l.
Anvan sa, frè azil pou peye chak ane a te kanpe akoz yon pouswit lajistis manm ASAP yo te fè. Men, nan dat 2 fevriye 2026, jij la te mete fen nan poz sa a.
Gen yon fòm aplikasyon pemi travay ki ajou. Pou w resevwa yon kat sekirite sosyal pou premye fwa, ou dwe aplike separeman kounye a, apre w fin resevwa yon pemi travay. Aprann kijan pou w aplike pou yon pemi travay ak nimewo social security (SSN).
Li kesyon ak repons sou odyans nan tribinal imigrasyon ak Randevou pou prezante nan yon biwo ICE (ICE check-in).
Li enfòmasyon sou preparasyon si ta gen yon ijans.
Malerezman, TPS pou Ondiras, Nepal ak Nikaragwa fini, men imigran yo ap kontinye goumen kont fen sa a atravè yon pouswit lajistis. TPS pou Bimani (Myanmar), Etyopi, Ayiti, Soudan di Sid, ak Siri valab pou kounye a, gras ak viktwa imigran yo te jwenn nan tribinal. Li dènye enfòmasyon pou chak peyi ki gen Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS).
Gade plis dènye enfòmasyon sou kijan lwa yo ap chanje.
An desanm, ou te di nou pemi travay se pi gwo priyorite w. Tanpri ranpli sondaj sou pemi travay sa a pou di nou pi gwo enkyetid ou yo [Sondaj la fèmen. Li rezilta yo].
13 janvye 2026
Nouvo pemi travay pou moun k ap chèche azil yo pral valab pou 18 mwa, olye de 5 an. Men, si ou te resevwa yon pemi travay pou 5 an nan dat 4 desanm 2025 oswa anvan sa, li toujou valab pou 5 an.
USCIS sispann apwouve nouvo benefis imigrasyon pou moun ki soti nan 40 peyi, sa enkli renouvèlman pemi travay, azil, ak kat rezidan pèmanan. Premye pemi travay ki baze sou demann azil yo ta dwe toujou trete.
Gen kèk jij imigrasyon ki kòmanse mande nouvo $100 frè azil pou peye chak ane nan tribinal imigrasyon. Men USCIS pa mande pèsonn pou peye frè sa a kounye a.
Jij imigrasyon yo kòmanse mande frè azil pou peye chak ane a, menmsi yon jij federal te sispann frè a nan kad pwose manm ASAP yo. ASAP ap batay kont sa.
Si ou resevwa yon avi sou frè azil pou peye chak ane nan men tribinal imigrasyon, ou kapab peye sou entènèt anvan dat limit la, epi konsève yon kopi resi w la. Menmsi ou pa resevwa yon avi, ou kapab toujou chwazi peye frè a kounye a si ou kapab, depi aplikasyon azil ou a gen plis pase 1 an depi li ap tann.
TPS pou Somali ap fini nan dat 17 mas 2026. TPS pou Letiopi ap fini nan dat 13 fevriye 2026. Imigran yo te genyen viktwa nan tribinal ki anpeche gouvènman an sispann TPS pou Ondiras, Nepal, Nikaragwa, Soudan di Sid, ak Siri pou kounye a. Li dènye enfòmasyon yo pou chak peyi ki gen Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS).
Tribinal Siprèm nan te dakò pou li tande agiman sou si Dekrè sou sitwayènte pa nesans (birthright citizenship) la legal, nan kad yon pwose yon lòt òganizasyon te depoze. Jodi a, tout tibebe ki fèt Ozetazini se sitwayen ameriken.
Mèsi ak plis pase 3,000 manm ki te ranpli sondaj mwa pase a sou ki politik ki pi enpòtan pou ou! Li rezilta sondaj la.
ASAP ap travay ak biznis yo pou batay pou aksè ak pemi travay.
Reta pou premye pemi travay yo te amelyore nan mwa novanm ak desanm, men yo te trete mwens kantite pemi travay total.
Aprann kijan pou tcheke estati dosye w.
Rete enfòme sou kijan lwa yo ap chanje pou moun k ap chèche azil yo.
3 Desanm 2025
Mizajou 7 Janvye: Gen kèk jij imigrasyon k ap voye avi bay moun k ap chèche azil pou fè yo konnen yo dwe peye $100 pou frè azil pou peye chak ane nan tribinal imigrasyon. Si ou resevwa yon avi, li ta dwe gen ladan l yon dat limit, epi ou kapa b peye sou entènèt. Sa ap rive menmsi yon jij federal te sispann frè azil pou peye chak ane a anvan sa nan pwosè manm ASAP yo. Nou pa kwè USCIS kòmanse mande pou peye frè sa a ankò.
Pemi travay yo bay apre 4 desanm 2025 pou moun k ap chèche azil yo pral valab pou 18 mwa, olye de 5 an. Men, si ou te resevwa yon pemi travay pou 5 an nan dat 4 desanm 2025 oswa anvan sa, li toujou valab pou 5 an. Chanjman sa a aplike tou pou kèk lòt imigran.
Nan moman sa a, USCIS pa ap apwouve nouvo benefis imigrasyon pou moun ki soti nan 40 peyi, sa gen ladan l azil, kat rezidan pèmanan, ak renouvèlman pemi travay. Gouvènman an te fè lòt anons negatif tou ki afekte moun ki soti nan peyi sa yo.
USCIS ap sispann tout desizyon sou azil tou pou moun ki soti nan nenpòt peyi, men yo di y ap toujou aksepte nouvo aplikasyon pou azil epi y ap fè entèvyou.
Nou pa konnen si ka nan tribinal imigrasyon yo pral afekte pa poz sa a. Men men kèk bagay pou w konnen anvan pwochen randevou w nan tribinal imigrasyon.
Moun k ap chèche azil kapa b aplike pou lisans pou chofè komèsyal (CDL) ankò. Gouvènman an te eseye anpeche anpil imigran resevwa CDL, men yon tribinal bloke chanjman sa a pou kounye a.
TPS pou Bimani (Myanmar) ap fini nan dat 26 janvye 2026. TPS pou Ayiti ap fini nan dat 3 fevri 2026. Tribinal yo anpeche TPS pou Siri ak Soudan di Sid fini pou kounye a. Li mizajou pou chak peyi ki gen Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS).
Reta pou premye pemi travay yo ogmante.
ASAP ak patnè nou yo nan Kowalisyon pou Pemi Travay ap defann ekstansyon otomatik pou pemi travay.
Li enfòmasyon sou mezi sekirite ak lòt enfòmasyon pou moun k ap chèche azil.
Li plis enfòmasyon sou jan lalwa ap chanje pou moun k ap chèche azil.
Avèk tout chanjman sa yo, nou vle konprann ki pwoblèm ki pi enpòtan pou manm ASAP yo. Tanpri reponn sondaj kout sa a anvan 8 desanm [Sondaj la fèmen].
13 Novanm 2025
Nan kòmansman mwa oktòb, manm ASAP yo te depoze yon pouswit lajistis pou konteste nouvo frè azil pou peye chak ane (annual asylum fee) ki enjis la. Nan dat 30 oktòb, yon jij te di gouvènman an li dwe kreye yon pi bon pwosesis pou chaje frè anyèl la! Jij la te mete yon poz tanporè sou frè azil pou peye chak ane a, epi li te felisite manm ASAP yo paske yo te montre kijan pwosesis la te danjere epi li te bay konfizyon.
Poz sa a se pou yon tan, epi si aplikasyon azil ou a gen plis pase 1 an depi li ap tann, yo ka mande w pou peye frè a talè konsa. Si poz la fini, n ap mete paj entènèt an nou an ajou touswit.
Kòm repons pou pouswit lajistis la, tribinal imigrasyon yo te kreye tou yon fason pou peye frè a pou premye fwa epi yo te pran lòt mezi. Li enfòmasyon ki ajou sou pwosesis frè azil pou peye chak ane a nan tribinal imigrasyon ak nan Sant Sèvis USCIS (Contact Center).
Pouswit lajistis sa a poko fini. Menmsi nou ka pa genyen tout sa n ap goumen pou yo nan pouswit lajistis la, nou fyè de sa manm ASAP yo deja akonpli, epi n ap kontinye goumen ak tout fòs nou.
Gouvènman an sispann bay nouvo ekstansyon otomatik pou pemi travay pou moun k ap aplike pou renouvle pemi travay yo nan dat 30 oktòb oswa apre sa. Men, si ou te deja resevwa yon ekstansyon 540 jou nan dat 29 oktòb oswa anvan sa, ekstansyon w lan toujou valab!
Gade done resan sou tretman pemi travay. Reta yo ap ogmante pou renouvèlman yo.
Moun k ap chèche azil yo kapab aplike pou yon premye pemi travay 150 jou apre yo fin aplike pou azil. Gade videyo sa a sou kijan pou aplike pou yon pemi travay sou entènèt.
Nan dat 28 oktòb, USCIS te rann li pi difisil pou soumèt peman pa chèk oswa moni odè (money order). Gade enfòmasyon ki ajou sou kijan pou fè peman pou nouvo aplikasyon yo.
Gouvènman an ap eseye anpeche anpil imigran jwenn nouvo lisans pou chofè komèsyal (CDL). Men, imigran yo te genyen yon viktwa tanporè nan tribinal nan dat 10 novanm, epi yo kapab kontinye aplike pou nouvo lisans pou chofè komèsyal pou kounye a.
Li plis sou fason lwa yo ap chanje pou moun k ap chèche azil yo.
16 Oktòb 2025
Gouvènman an kreye anpil nouvo frè pou moun k ap chèche azil yo, sa gen ladan l yon frè $100 pou peye chak ane pandan yon aplikasyon azil ap tann desizyon.
Si ou te aplike pou azil nan USCIS, ou kapab tcheke kounye a si ou dwe peye frè azil pou peye chak ane USCIS la, epi ou kapab peye frè a sou yon nouvo sit entènèt USCIS. Si ou te aplike pou azil sa gen plis pase yon ane, nou rekòmande pou w tcheke sit entènèt sa a chak semèn, si ou pa ta resevwa yon avi sou frè a.
Si ou te aplike pou azil nan tribinal imigrasyon, li sa nou konnen jiskaprezan sou frè azil pou peye chak ane nan tribinal imigrasyon.
Mwa sa a, dè milye manm ASAP te vote pou depoze yon pouswit lajistis pou konteste frè anyèl sa yo, epi yo te pataje enfòmasyon pou sipòte pouswit lajistis la. Mèsi anpil ak tout moun ki te pran tan pou ranpli sondaj la.
ASAP te depoze yon pouswit lajistis konsènan frè azil pou peye chak ane yo apre manm yo te fin vote. Nou pa konnen si pouswit lajistis sa a ap reyisi, men nou kwè frè sa yo pa jis, epi n ap goumen ak tout fòs nou.
N ap bay enfòmasyon sou pouswit lajistis la nan nouvèl pou manm yo chak mwa. N ap mete paj pouswit lajistis la ajou pi souvan toujou, epi ou kapab tcheke paj sa a pou wè nouvèl nenpòt lè.
Gade nouvo done sou tretman pemi travay. Reta yo ap ogmante pou aplikasyon pou renouvèlman pemi travay.
1 Oktòb 2025
Kounye a sa koute $100 pou depoze yon nouvo aplikasyon azil nan USCIS ak nan tribinal imigrasyon. Aprann plis sou frè azil inisyal la.
Gouvènman an ap fè moun k ap chèche azil yo peye $100 chak ane si dosye yo toujou annatant. Aprann plis sou nouvo frè azil pou peye chak ane (annual asylum fee).
Gouvènman an mande Lakou Siprèm pou deside si lòd egzekitif sou sitwayènte pa nesans (birthright citizenship) la legal. Jodi a, tout bebe ki fèt Ozetazini se sitwayen ameriken yo ye.
TPS pou peyi Siri ap fini nan dat 21 novanm 2025. Gade dènye enfòmasyon pou chak peyi ki gen Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS).
Abone nan chanèl YouTube nou an pou w ka jwenn nouvo videyo sou pemi travay ak azil.
Li 37 kesyon ak repons moun poze souvan sou pemi travay, nou te mete yo ajou semèn sa a.
Gouvènman an ap anile kèk dosye nan tribinal imigrasyon kounye a san yo pa fè yon odyans konplè.
Mwa pase a, manm ASAP yo te ranpli yon lòt sondaj sou pemi travay. Mèsi ak prèske 3,000 manm ki te reponn! Men rezilta sondaj la.
Li plis enfòmasyon sou jan lwa yo ap chanje pou moun k ap chèche azil – nou mete paj entènèt an ajou chak semèn.
Èske ASAP ta dwe depoze yon plent nan tribinal konsènan nouvo frè azil pou peye chak ane yo? Vòte anvan 2 oktòb [Sondaj la fèmen. Li rezilta yo].
8 Septanm 2025
TPS pou Venezyela pwolonje rive 2 oktòb 2026 poutèt yon lòd tribinal - men moun ki gen TPS Venezyela yo dwe re-enskri anvan mèkredi 10 septanm sa a pou yo ka kalifye, si ou pa t ko fè sa!
Rapèl pou moun k ap chèche azil: Si ou renouvle pemi travay ou anvan li ekspire, pemi travay ou a pwolonje pou 540 jou anplis!
Gade nouvo videyo ASAP la sou entèvyou azil nan USCIS.
Si ou te resevwa pemi travay ou men ou pa t jwenn yon kat sekirite sosyal, gade nouvo videyo ASAP la sou fason pou w aplike pou yon kat nimewo social security (SSN).
ASAP ap travay di pou jwenn plis enfòmasyon sou anile dosye azil nan USCIS.
ASAP mete ajou resous nou an sou lisans chofè pou mete enfòmasyon sou lisans REAL ID yo. Rapèl: pemi travay yo kapab sèvi kòm REAL ID tou.
Estati Pwoteksyon Tanporè fini pou Afganistan, Kamewoun, Ondiras, Nepal, ak Nikaragwa. Aprann plis sou fason pou aplike pou azil isit la.
Aprann jan lwa yo ap chanje pou moun k ap chèche azil, pa egzanp dènye enfòmasyon sou tribinal imigrasyon.
8 Out 2025
Malerezman, nouvo frè pou pemi travay, azil, ak lòt aplikasyon yo an vigè kounye a.
Frè pou aplike pou yon premye pemi travay kòm yon moun k ap chèche azil se $550 kounye a.
Frè pou renouvle pemi travay ou kòm yon moun k ap chèche azil se $745 sou entènèt, ak $795 pa lapòs kounye a.
Frè pou aplike pou azil se $100 kounye a.
Moun k ap chèche azil yo pral gen pou yo peye $100 chak ane pandan aplikasyon yo a ap tann yon desizyon, sa ap kòmanse pi ta nan ane 2025.
Malerezman, Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pou peyi Afganistan, Kamewoun, ak Nepal fini. Imigran yo ap goumen kont fen pwogram sa yo atravè pwose nan tribinal.
USCIS te trete plis premye pemi travay mwa sa a, men reta yo ap kontinye.
Gras ak manm ASAP yo, gouvènman an oblije rekonèt kounye a sitwayènte pa nesans (birthright citizenship) tout tibebe ki fèt Ozetazini!
Gade nouvo videyo ASAP la sou randevou byometrik (biometrics appointment).
ASAP te fòse USCIS rann enfòmasyon piblik atravè Lwa sou Libète Enfòmasyon.
Gade yon lis ki gen plis pase 900 avoka imigrasyon prive òganizasyon san bi likratif atravè peyi Etazini rekòmande.
Gade nouvo videyo ASAP la sou kijan pou voye dokiman pa lapòs.
Li plis nouvèl sou chanjman nan lalwa yo – nou mete paj entènèt an sa a ajou chak semèn.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) gen pou objektif pou bay enfòmasyon ki baze sou reyalite konsènan lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo se pa konsèy legal.
Tout kontni legal se ekip avoka ekspè nan imigrasyon ASAP la ki ekri yo epi ki revize yo nan nivo legal. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo gen lisans pou pratike lalwa nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm nan dwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè pri pou travay legal yo fè.