Mèsi dèske ou enterese pataje oswa tradui resous ki soti nan ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil)!
Pataje resous ASAP yo sou entènèt (pa egzanp, sou yon sit entènèt oswa medya sosyal)
Ou mèt pataje lyen dirèk ki mennen nan resous ASAP yo sou entènèt, pa egzanp sou sit entènèt ou oswa sou kont medya sosyal ou!
Men, ASAP PA bay pèmisyon pou kopye oswa repwodui resous ASAP yo an anglè oswa an panyòl sou entènèt. Sa se paske ASAP mete resous nou yo ajou prèske chak jou – pou nou kapab swiv enfòmasyon legal k ap chanje rapidman yo. Kopi oswa repwodiksyon resous yo ka vin demode byen vit, epi konsekans imigrasyon enfòmasyon ki demode yo kapab grav anpil.
Pataje resous ASAP yo sou papye (pa egzanp, depliyan)
ASAP bay pèmisyon pou pataje vèsyon enprime resous ASAP yo ak kondisyon pou ou:
Pa fè moun peye lajan pou enfòmasyon an.
Sèvi ak fraz sa yo pou bay ASAP kredi epi pou mete lyen ki mennen nan resous orijinal ASAP la sou paj entènèt an nou an, nan pati anwo dokiman an: “Resous sa a te fèt pa ASAP. Ou kapab wè resous orijinal la ak nenpòt mizajou sou sit entènèt ASAP la: [lyen dirèk pou resous la].”
Pataje resous yo ak entansyon pou ede imigran Ozetazini.
Tradui resous ASAP yo nan lòt lang ki pa anglè oswa panyòl
ASAP bay pèmisyon pou tradui resous ASAP yo ak kondisyon pou ou:
Pa fè moun peye lajan pou enfòmasyon an.
Sèvi ak fraz sa yo pou bay ASAP kredi epi pou mete lyen ki mennen nan resous orijinal ASAP la sou sit entènèt nou an, nan pati anwo tradiksyon an: “Resous sa a te fèt pa ASAP epi se [Non Òganizasyon oswa Moun nan] ki te tradui l. Ou kapab wè resous orijinal la ak nenpòt mizajou sou sit entènèt ASAP la: [lyen dirèk pou resous la].”
Pataje resous yo ak entansyon pou ede imigran Ozetazini.
Kesyon oswa enkyetid
Si ou gen nenpòt kesyon oswa enkyetid konsènan politik sa a, tanpri voye yon imèl bay ASAP nan [email protected].