
Ou byenveni isit la.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) se pi gwo òganizasyon moun k ap chèche azil Ozetazini. Manm yo resevwa dènye enfòmasyon sou imigrasyon ki ijan epi yo travay ansanm pou pote chanjman.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) ak yon patnè lanse yon nouvo zouti ki rele Asylum.Info! Ou kapab enskri pou resevwa alèt pa SMS pou konnen ki lè frè azil pou peye chak ane USCIS ou a dwe peye. Ou kapab kontinye tcheke USCIS ou menm tou.
Paj sa a te mete ajou dènyèman pou mete enfòmasyon pou moun k ap chèche azil yo sou pwosesis azil la, randevou nan tribinal imigrasyon, ak Estati Espesyal pou Jèn Imigran (SIJS).
Dat ak kote randevou nan tribinal imigrasyon yo ap chanje ak yon avi ki kout anpil. Tcheke orè tribinal ou a chak semèn si ou kapab.
USCIS ap transfere kèk dosye azil nan tribinal imigrasyon san entèvyou. Tcheke estati dosye USCIS ou a, lapòs ou, ak nenpòt kont USCIS sou entènèt chak semèn pou wè si gen nenpòt avi.
DetentionHelp se yon zouti gratis pou moun ki nan detasyon (detention) imigrasyon, se ASAP ak patnè li yo ki bati li. Li ede ou prepare yon demann habeas corpus (habeas petition) pou mande yon tribinal federal lage ou.
Tribinal yo ap planifye kèk randevou pou plizyè santèn moun anmenmtan. Rive bonè ak ase tan pou pase nan liy sekirite a epi jwenn sal tribinal ou a.
USCIS anonse ke si ou te resevwa Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pou El Salvador, Soudan oswa Ikrèn, pwoteksyon ou ak pemi travay ou rete valid pou kounye a, jiskaske yo fè nenpòt nouvo anons.
"Mwen te swiv enstriksyon ki nan videyo sa a, epi jodi a mwen resevwa pemi travay mwen." — Manm ASAP

"Se pa sèlman chèche yon kay ki an sekirite nou vin fè isit la, men nou isit la tou pou nou amelyore peyi a." — Manm ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil)
















