ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) pran angajman pou pwoteje enfòmasyon pèsonèl ou. Pou rezon Politik Konfidansyalite sa a, “nou,” oswa “pa nou” vle di ASAP. Politik Konfidansyalite sa a dekri enfòmasyon pèsonèl nou kolekte sou ou, etap nou pran pou pwoteje enfòmasyon sa yo, ak fason nou itilize epi divilge enfòmasyon sa yo pou ede manm yo. Pou rezon Politik Konfidansyalite sa a, “enfòmasyon pèsonèl” vle di nenpòt enfòmasyon ki gen rapò ak ou kòm yon moun epi ki ta ka rezonabman itilize pou idantifye ou. Politik Konfidansyalite sa a aplikab pou koleksyon ak itilizasyon enfòmasyon pèsonèl nou fè atravè sit entènèt sa a ak nenpòt lòt sit entènèt, aplikasyon, zouti, oswa platfòm ki gen rapò (yo rele “Sèvis” yo), ansanm ak nenpòt lòt mwayen kote yo bay yon lyen oswa yon referans ak Politik Konfidansyalite sa a.
Enfòmasyon Pèsonèl Ou. Lè ou aksede oswa itilize Sèvis yo, oswa lè ou kominike avèk nou nan lòt fason, nou ka kolekte sèten kategori enfòmasyon pèsonèl sou ou, tankou non ou, dat nesans ou, nasyonalite ou, enfòmasyon pou kontakte ou, estati imigrasyon ak nimewo alyen (A number), ak lòt enfòmasyon sou background ou tankou edikasyon ou ak eksperyans travay ou. Nou ka kolekte enfòmasyon sou ou tou atravè kominikasyon ou voye ban nou, tankou kesyon ou voye ban nou, preferans pou kominikasyon, ak repons nan sondaj. Nou ka kolekte otomatikman tou enfòmasyon teknik tankou kalite navigatè w ap itilize ak adrès IP ou. Nan kèk ka, nou ka kolekte enfòmasyon sou ou tou nan lòt sous, tankou dosye gouvènman an, nan bi pou ede manm yo
Kijan Nou Itilize Enfòmasyon Pèsonèl Ou. Nou ka itilize enfòmasyon pèsonèl nou kolekte nan men ou oswa sou ou pou ede manm yo epi bay ak amelyore Sèvis yo, pou swiv baz donatè nou yo, pou jere sit entènèt nou an, pou anboche anplwaye oswa kontraktè; pou ranpli obligasyon kontra nou yo; pou kominike avèk ou; epi pou asire sekirite manm nou yo, anplwaye nou yo ak lòt byen nou yo. Nou ka rasanble, rann anonim, oswa retire idantite nan enfòmasyon pèsonèl ou nan lòt fason epi itilize li pou nenpòt rezon lalwa pèmèt.
Lè ou itilize Sèvis yo, nou ka voye youn oswa plizyè kuki (ki se ti fichye tèks) nan òdinatè w oswa aparèy mobil ou, pou ede analize sikilasyon sou paj entènèt an nou an, pèsonalize kontni nou yo, mezire efikasite, epi ankouraje konfyans ak sekirite. Ou toujou lib pou refize kuki nou yo si navigatè w la pèmèt sa, menmsi si ou fè sa, sa ka entèfere ak kapasite w pou itilize Sèvis yo oswa sèten fonksyonalite nan Sèvis yo. Nou ka itilize Google Analytics tou oswa yon sèvis menm jan an ki itilize kuki pou ede nou analize fason itilizatè yo sèvi ak Sèvis yo.
Divilge Enfòmasyon Pèsonèl Ou. ASAP konprann sekirite enfòmasyon yo gen yon enpòtans kritik. Kòm rezilta, nou pral fè tout sa nou kapab pou asire enfòmasyon manm nou yo pa pataje ak gouvènman an, sof si manm nou yo bay konsantman klè pou nou fè sa. Nou ka divilge enfòmasyon pèsonèl ou bay twazyèm pati sèlman pou rezon lejitim ki ann amoni ak Avi Konfidansyalite sa a. Espesyalman, nou ka divilge enfòmasyon pèsonèl ou bay nenpòt antite biznis ki fè pati oswa ki vin fè pati fanmi antrepriz nou an; bay machann twazyèm pati ki bay sèvis pou sipòte operasyon nou yo; bay twazyèm pati ki konsène nan kad yon tranzaksyon antrepriz, tankou yon fizyon oswa yon restriktirasyon; kote sa nesesè pou nou konfòme nou ak lwa ki aplikab yo oswa pou defann dwa nou oswa reklamasyon kont nou; epi, nan sèten ka, bay lòt twazyèm pati avèk konsantman ou. ASAP pral fè tout sa l kapab pou pwoteje enfòmasyon manm yo kont nenpòt manda (subpoena) oswa demann gouvènman an.
Pwoteje Enfòmasyon Pèsonèl Ou. Nou aplike epi nou kenbe mezi teknik ak òganizasyonèl ki rezonab sou plan komèsyal ak ki apwopriye ki fèt pou pwoteje konfidansyalite, entegrite, ak sekirite enfòmasyon pèsonèl ou. Tanpri pran nòt, men, pa gen okenn mezi sekirite ki pafè oswa ki pa ka kase. Se poutèt sa, nou pa ka garanti epi nou pa garanti sekirite absoli enfòmasyon pèsonèl ou. Nou kenbe enfòmasyon pèsonèl ou pandan yon tan ki pa depase sa ki rezonabman nesesè pou reyalize objektif nou te kolekte yo a oswa pou nou konfòme nou ak lalwa, anpeche fwod, oswa egzèse dwa legal nou yo. Selon kote ou ye a, enfòmasyon pèsonèl nou kolekte sou ou yo ka transfere nan yon jiridiksyon ki pa bay menm nivo pwoteksyon pou enfòmasyon pèsonèl ak jiridiksyon kote w ap viv la..
Chwa ak Dwa Ou Yo. Ou kapa b refize pataje sèten enfòmasyon avèk nou, nan ka sa a nou ka pa kapab ba ou kèk nan karakteristik ak fonksyonalite Sèvis yo. Yon fwa ou fin anrejistre pou yon kont avèk nou, ou kapa b mete ajou, korije, oswa efase enfòmasyon pwofil ou ak preferans ou yo nenpòt ki lè lè ou sèvi ak enfòmasyon kontak yo bay anba a. Si ou pa swete resevwa kominikasyon legal oswa maketing nan men nou, ou kapa b chwazi pou w pa resevwa yo lè w sèvi ak pwosesis dezabònman ki anba imèl la oswa lè w reponn “STOP” nan mesaj tèks la, men ou ka toujou resevwa imèl administratif oswa tranzaksyonèl nan men nou. Malgre chanjman ou yo pral parèt nan baz done itilizatè aktif yo, nou ka konsève tout enfòmasyon ou soumèt pou divès rezon, tankou kopi sekirite ak achiv, prevansyon fwod ak abi, ak analiz. Selon kote ou ye a epi anba lwa lokal yo, ou ka gen sèten dwa konsènan enfòmasyon pèsonèl ou. Pou fè yon demann ki gen rapò ak enfòmasyon pèsonèl ou oswa pou egzèse dwa ou yo, ou kapa b kontakte nou lè w sèvi ak enfòmasyon kontak yo bay anba a. Pou nou ka satisfè demann ou an, nou ka mande plis enfòmasyon nan men ou.
Timoun ki gen Mwens pase 13 Ane. Nou pa kolekte oswa konsève enfòmasyon espre dirèkteman nan men moun ki gen mwens pase 13 ane (“timoun”). Si ou gen mwens pase 13 ane, tanpri pa sèvi ak oswa pa antre nan Sèvis yo nenpòt ki lè oswa nan nenpòt fason. Si nou aprann ke yo te kolekte enfòmasyon atravè Sèvis yo nan men timoun epi san konsantman paran ki verifyab, lè sa a nou pral pran etap ki apwopriye yo pou efase enfòmasyon sa a. Si ou se yon paran oswa yon gadyen epi ou dekouvri ke pitit ou a te ban nou enfòmasyon pèsonèl san konsantman ou, tanpri kontakte nou lè w sèvi ak enfòmasyon kontak ki anba a pou mande pou nou efase enfòmasyon an nan sistèm nou yo.
Chanjman. Nou rezève dwa pou nou fè chanjman nan Avi sou Konfidansyalite sa a nenpòt ki lè, san avètisman. Nou pral fè w konnen chanjman ki gen yon enpak enpòtan sou fason nou sèvi ak enfòmasyon pèsonèl ou lè nou mete yon avi vizib sou sit entènèt sa a oswa lè nou voye yon imèl oswa yon mesaj tèks ba ou. Tanpri vizite paj sa a detanzantan pou w rete okouran de nenpòt chanjman nan Avi sou Konfidansyalite sa a. Litij ki rive anba Avi sou Konfidansyalite sa a pral rezoud an akò ak Avi sou Konfidansyalite ki an vigè nan moman litij la te kòmanse a.
Kontak. Tanpri kontakte nou pou nenpòt kesyon, kòmantè oswa enkyetid konsènan Avi sou Konfidansyalite sa a oswa fason nou sèvi ak enfòmasyon pèsonèl ou pa imèl nan [email protected] oswa pa lapòs nan ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil), 228 Park Ave. S. #84810 New York, NY 10003-1502.
Kondisyon Sèvis pou Mesaj Tèks Manm ASAP
Lè w voye tèks bay ASAP, ou dakò ak kondisyon sèvis sa yo.
Manm ASAP yo kapa b chwazi pou yo poze kesyon imigrasyon epi jwenn repons nan men ASAP pa mesaj tèks. Pou patisipe nan sèvis sa a, manm yo dwe chwazi sa aktivman lè yo kontakte ASAP pa mesaj tèks. Frekans mesaj yo varye, epi frè mesaj ak done kapa b aplike. Moun yo kapa b voye tèks STOP pou anile konvèsasyon an. Konpayi telefòn yo pa responsab pou mesaj ki anreta oswa ki pa delivre.
Manm ASAP yo kapa b chwazi tou pou yo resevwa notifikasyon pa mesaj tèks nan men ASAP. Notifikasyon pou manm ASAP yo pral gen ladan enfòmasyon enpòtan sou manm ASAP, dènye nouvèl legal, ak lòt nouvèl. Si yo aksepte w kòm manm, w ap resevwa yon mesaj tèks ak yon lyen ki mennen nan kat manm ou. Frekans mesaj yo varye, epi frè mesaj ak done kapa b aplike. Ou kapa b voye tèks STOP pou w dezabòne. Ou kapa b voye tèks HELP pou plis enfòmasyon. Konpayi telefòn yo pa responsab pou mesaj ki anreta oswa ki pa delivre.
Li politik konfidansyalite ASAP la. Li repons pou kesyon imigrasyon komen yo.
Tanpri kontakte nou pou nenpòt kesyon, kòmantè oswa enkyetid konsènan kondisyon sèvis sa yo pa imèl nan [email protected] oswa pa lapòs nan ASAP, 228 Park Ave. S. #84810 New York, NY 10003-1502.