Lavi m kòm yon moun k ap chèche azil Ozetazini
Esquire
9 Novanm 2026
“Lè nou te deplase vin [isit la], dènye iPhone ki te genyen se te iPhone 6s. Yo te fin siyen yon akò nikleyè ak peyi Iran. Barack Obama te prezidan. Onz ane apre, n ap tann yon entèvyou toujou. Sa ki make dis dènye ane nan lavi m se tann,” se sa Adel te di, li se yon moun k ap chèche azil epi li se manm ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) ki soti Venezyela.
Yon Nouvo Zouti Ede Moun k ap Chèche Azil Konnen Kilè pou yo Peye Frè Azil pou Peye Chak Ane a
ASAP & Oasis Legal Services
29 Oktòb 2026
“Mwen tèlman rekonesan dèske ASAP ak Oasis te kreye zouti sa a,” se sa Valerie te di, li se yon manm ASAP. “L ap itil anpil pou moun k ap chèche azil yo, sitou pou fanmi tankou pa m nan, ki te pè pou nou pa t rate chans pou nou peye a. Mwen te enskri, epi mwen espere lòt moun ap fè sa tou!”
Yon Nouvo Sit Entènèt Ede Imigran yo Konteste Detansyon ki pa Jis
Tampa Bay Times
6 Oktòb 2026
Sistèm imigrasyon nou yo jodi a “konplike espre,” se sa Swapna Reddy te esplike, li se ko-direktris egzekitif ASAP. Se poutèt sa ASAP te ede kreye DetentionHelp.org, yon zouti legal gratis ki ede itilizatè ki pa gen yon avoka konteste detansyon ki pa jis yo fè yo sibi.
ASAP Lanse yon Sit Entènèt pou Ede Imigran ki nan Detansyon ki pa gen Avoka Depoze Demann pou yo Lage yo
WGN-AM (Chicago, IL)
25 Septanm 2026
Dènyèman, ASAP te lanse DetentionHelp.org, yon zouti legal gratis, ansanm ak National Immigration Project ak Human Rights Project. “Libète pèsonn pa ta dwe depann de si yo kapab jwenn yon avoka,” se sa Swapna Reddy te di, li se ko-direktris egzekitif nan ASAP.
Yon Jij Federal Bloke Dènye Tantativ pou Limite Sitwayènte pa Nesans la
The Guardian
3 Septanm 2026
“Mwen konnen sa pa fini la,” se sa yon manm ASAP ak yon pleyan te di apre desizyon an. “Menas kont sitwayènte pa nesans (birthright citizenship) la toujou la. M ap kontinye goumen pou pitit mwen jwenn pwoteksyon pèmanan, ak pou chak timoun ki fèt nan peyi sa a.”
ASAP Pwoteje Sitwayènte pa Nesans Kont yon Nouvo Atak
Reuters
2 Septanm 2026
“Fanmi imigran yo pa ta dwe oblije tounen nan tribinal pou defann dwa pitit yo ki fèt Ozetazini ak lòt moun yon nouvo lòd egzekitif ap mete dout sou sitwayènte yo,” se sa Conchita Cruz te di, li se ko-direktris egzekitif ASAP.
ASAP Defann Kòz Kont Frè Azil pou Peye Chak Ane nan yon Odyans
The Boston Globe
31 Jiyè 2026
Avoka ASAP yo ap konteste penalite moun k ap chèche azil yo ap fè fas si yo pa peye yon frè azil pou peye chak ane (annual asylum fee). Pouswit la konteste tou limit sou otorizasyon travay pou kèk moun ki gen Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS).
ASAP ap Goumen Kont Reta nan Pemi Travay
NPR
30 Jiyè 2026
"Lè ou fè sa pou moun pa gen okenn kapasite pou yo pran swen tèt yo oswa fanmi yo, sa rann li pi difisil anpil pou yo chèche azil," se sa Conchita Cruz, ko-direktris egzekitif ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil), te di.
Manm ASAP yo Enkyete Konsènan Frè Azil pou Peye Chak Ane a, Sitou Paske Lèt yo pa Rive
Politico
29 Jiyè 2026
“Mwen te paralize,” se sa Valerie te di, yon manm ASAP ki te deja depase dat limit pou li peye frè azil pou peye chak ane (annual asylum fee) a. “Mwen santi m pè. Mwen gen kèk difikilte pou m dòmi ak pou m manje, men m ap eseye rete fò pou mari m ak pou pitit mwen yo.”
Manm ASAP yo Soulaje Apre Desizyon Tribinal Siprèm lan sou Sitwayènte pa Nesans
WBUR (NPR)
2 Jiyè 2026
“Se yon gwo soulajman, yon soulajman total, nou te trè enkyete pou sa. Jou nou te tande pale de lòd egzekitif la se te yon jou ki te tris anpil e ki te bay anpil kè sote, men [desizyon sa a se] yon jou kè kontan pou fanmi nou,” se sa Pilar te di, yon manm ASAP, yon manman, epi yon moun k ap defann sitwayènte pa nesans (birthright citizenship).
'Dapre Konstitisyon an, Yo se Sitwayen Depi yo Fèt'
Christianity Today
30 Jen 2026
“Pandan anpil nan manm nou yo ak lòt fanmi imigran pral selebre desizyon sa a, li rive nan menm moman kote kominote yo ap fè fas ak yon laperèz nou pa t janm wè anvan, ni pou detasyon (detention) ni laperèz pou yo pèdi dwa pou yo travay legalman,” se sa Conchita Cruz, ko-direktris egzekitif ASAP, te di.
Manm ASAP yo te Ede Pwoteje Sitwayènte pa Nesans nan Tribinal Siprèm lan
The Guardian
30 Jen 2026
“Mwen santi m soulaje,” se sa Monica te di, yon manm ASAP ak yon pleyan nan dosye sitwayènte pa nesans la, ki te enkyete pou sitwayènte pitit gason l lan ki tibebe. “Mwen vle ekri tout sa nan yon liv, pou m fè yon rasanbleman tout entèvyou ak nouvèl sou tout sa ki te pase anvan li te fèt, pou li ka konnen ki jan nou te goumen pou li ak pou tout timoun ki tankou l yo,” li te di.
ASAP Kolabore sou yon Zouti ki ka Ede yon Milyon Moun k ap Chèche Azil
Oasis Legal Services
18 Jen 2026
ASAP, an kolaborasyon ak Oasis Legal Services, ap devlope yon zouti ki pral bay notifikasyon sou dat limit frè azil pou peye chak ane k ap vini yo, pou ede moun k ap chèche azil yo konprann sistèm imigrasyon an pi byen.
Manman Imigran yo Enkyete pou Pitit yo pa Rete san Nasyonalite Pandan y ap Tann Desizyon Tribinal Siprèm lan sou Sitwayènte pa Nesans
WBEZ
15 Jen 2026
“Anpil moun k ap chèche azil pè anrejistre pitit yo kòm sitwayen peyi yo te sove kite a epi kote gouvènman an te pèsekite yo a, sa vle di pitit yo t ap fèt san nasyonalite,” se sa Conchita Cruz, ko-direktris egzekitif ASAP, te di.
ASAP ap Defann kont Frè Azil pou Peye Chak Ane epi pou Aksè nan Pemi Travay
Los Angeles Times
12 jen 2026
Conchita Cruz, ko-direktè egzekitif ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil), te di anpil moun k ap chèche azil pa resevwa avi ki fè yo konnen frè azil pou peye chak ane (annual asylum fee) a dwe peye. “Nou pè pou sa pa yon pretèks pou fè moun soti nan sistèm azil la epi soti nan fòs travay la,” se sa Conchita te di.
Manman Imigran ap Tann ak Enkyetid Desizyon sou Sitwayènte pa Nesans la
ABC News
2 jen 2026
"Pitit mwen an merite sitwayènte. Li pa ta dwe san peyi," se sa Lily te di, li se yon manm ASAP ki soti Ikrèn epi ki se manman yon bebe 9 mwa ki fèt Ozetazini k ap defann sitwayènte pa nesans (birthright citizenship). "Li ta dwe fè pati peyi sa a paske li te fèt anba drapo Ameriken an, epi li se yon sijè nan jiridiksyon sa a. Si li vle, l ap sèvi peyi sa a tou."
‘Èske ICE pral ap Tann Deyò Lopital la?’
Christianity Today
22 me 2026
“Men, lè lòd egzekitif sa a te parèt, se te premye fwa mwen te vrèman pè ak fache,” se sa Pilar te di, yon manm ASAP, ki te deja ansent lè li te vin konnen lòd egzekitif sou sitwayènte pa nesans la. Li espere desizyon Tribinal Siprèm nan p ap retroaktif pou “nesans pitit fi mwen an, paske sa ta vrèman terib.”
Nouvo Règleman rann li pi Difisil pou Moun k ap Chèche Azil Jwenn ak Kenbe yon Pemi Travay
Chicago Sun Times
21 me 2026
Yon seri nouvo règleman sou pemi travay ap afekte fòs travay imigran nan Chicago. Conchita Cruz, ko-direktè egzekitif ASAP, di gen kèk imigran k ap lite pou yo jwenn pèmisyon pou yo travay, epi gen lòt ki riske pèdi pèmisyon sa a pandan y ap renouvle pemi travay yo te deja genyen.
Pandan Jij yo ap Konsidere Sitwayènte pa Nesans, yon Manman ki deplase di Pitit li ki Fèt Ozetazini 'Ta Dwe Fè Pati Peyi a'
Detroit Catholic
8 me 2026
"Mwen panse li merite gen sitwayènte ak nasyonalite isit la, epi pou li anba pwoteksyon Konstitisyon Etazini an, pou li gen menm dwa ak lòt timoun," se sa Lily te di. Li menm ak mari l, ki tou de se manm ASAP, tou de enkyete dèske pitit gason yo a ki se yon nourison ki fèt Ozetazini ka pa jwenn sitwayènte Ameriken.
Pwopozisyon Federal ta pral Limite Pemi Travay anpil pou Moun k ap Chèche Azil
City Limits
24 avril 2026
“Sa ki tèlman bay kè sote nan règleman sa a se jan enpak la ta pral laj, pa sèlman sou moun k ap chèche azil yo, men sou kominote ki depann sou yo nan tout peyi Etazini, sa ki gen ladan l anplwayè yo, sendika travayè yo, ak moun ki depann sou travay ak kontribisyon moun k ap chèche azil yo,” se sa Conchita Cruz, ko-direktè egzekitif ASAP, te di.
Pwosè ASAP la Konteste Desizyon Gouvènman an pou l Fini ak Pwolonjman Pemi Travay yo
Tampa Free Press
20 Avril 2026
“Kliyan nou an se youn nan anpil travayè imigran k ap viv ak laperèz pou yo pa pèdi travay yo poutèt desizyon gouvènman an pran pou l elimine pwolonjman pemi travay yo,” se sa Juan Bedoya, Avoka nan Sèvis Litij nan ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil), te deklare. “Imigran k ap travay legalman epi k ap kontribye nan kominote lokal yo Ozetazini ap santi konsekans mouvman san pèfeksyon ak ilegal gouvènman an fè a kounye a.”
Sa Paran yo Dwe Konnen Pandan Dosye Sitwayènte pa Nesans la Rive nan Tribinal Siprèm
Time
1ye Avril 2026
Conchita Cruz, ko-direktris egzekitif ASAP, mete aksan sou ke “chak paran ki ansent” gen yon enterè nan dosye sitwayènte pa nesans (birthright citizenship) la. Si tribinal la pèmèt lòd la antre an vigè, lefèt ke yon timoun senpleman fèt Ozetazini p ap ase ankò pou l etabli sitwayènte l.
Manm ASAP yo Pè pou Pitit yo ki Fèt Ozetazini pa Vin ‘San Nasyonalite’
CNN
31 Mas 2026
Pilar ak Lily, ki se manm ASAP, ap viv nan peyi sa a depi plizyè ane epi yo bati yon fanmi isit la, men yo pè pou lòd egzekitif sou sitwayènte pa nesans Tribinal Siprèm nan ap egzamine a pa rann tibebe yo san nasyonalite epi ak yon lavni ensèten nan peyi sa a.
Yon Manm ASAP Di Sitwayènte Tibebe l la an Danje
Washington Post
31 Mas 2026
Apre li te fin sove anba pèsekisyon lè l te timoun, yon manm ASAP bati lavi l Ozetazini. Kounye a, pandan Tribinal Siprèm nan ap egzamine sitwayènte pa nesans la, li pè pou pitit fi l ki tibebe a, epi li deklare: "Mwen pa ka imajine mete pitit mwen yo nan menm sitiyasyon sa a."
Yon Manm ASAP Di Pitit li ki Fèt Ozetazini ‘Dwe Gen Plas li’
Our Sunday Visitor
31 Mas 2026
Pandan jij yo ap egzamine sitwayènte pa nesans la, Lily, ki se manm ASAP, di OSV News ke pitit li a "merite gen sitwayènte isit la... [epi] pou l gen menm dwa ak lòt timoun yo, ak dwa pou l vote isit la, paske li te fèt isit la."
Tribinal Siprèm pral Tande Agiman sou Sitwayènte pa Nesans
HuffPost
30 Mas 2026
Conchita Cruz, ko-direktris egzekitif ASAP, te di repòtè yo anvan agiman oral yo ke anpil fanmi ki bati lavi yo isit la epi ki gen pitit ki sitwayen ameriken enkyete pou ICE pa detni yo oswa tibebe ki fèk fèt yo — sa ki ta separe yo ak fanmi yo.
Defann Imigran yo, Defann Demokrasi a
Evelyn and Walter Haas Jr. Fund
17 Mas 2026
“Gen gwo konsekans si moun k ap chèche azil yo pa kapab jwenn pemi travay epi touche yon revni pou sipòte tèt yo ak fanmi yo,” se sa Conchita Cruz, ko-direktris egzekitif ASAP la, te di. “Anpil nan manm nou yo se moun k ap bay swen, edikatè, travayè sante, ak plis ankò. Gen yon kantite moun ki konte sou yo pou bezwen chak jou yo ak byennèt yo.”
Manm ASAP yo ap Dirije Batay pou Lage Moun Pa yo ki nan Detansyon
NBC
13 Mas 2026
“Ou santi w akable, ou santi w ap toufe,” se sa Tatiana, yon manm ASAP, te di lè l t ap dekri efè detansyon mari l genyen sou lavi li menm ak mari l te bati nan Florid pou de pitit fi yo pandan plis pase 10 ane.
ASAP ap Goumen pou Pwoteje Sitwayènte pa Nesans
Our Sunday Visitor
12 Mas 2026
“Fini ak sitwayènte pa nesans (birthright citizenship) pou pitit imigran yo vle di fini ak sitwayènte pa nesans jan nou konnen l lan pou tout timoun ki fèt Ozetazini,” se sa Conchita Cruz, ko-direktris egzekitif ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil), te di. “Si lòd egzekitif la antre an vigè, yon ak de nesans ameriken p ap kapab sèvi kòm prèv sitwayènte ameriken ankò.”
Administrasyon an Pwopoze pou Limite Pemi Travay pou Moun k ap Chèche Azil
CBS News
20 Fevriye 2026
"Pwopozisyon sa a ta pral lakòz dezòd nan kominote yo toupatou Ozetazini paske plis pase yon milyon travayè imigran ta kapab pèdi dwa pou yo travay malgre yo gen yon aplikasyon imigrasyon ki annatant," se sa Conchita Cruz, ko-direktris egzekitif ASAP, te di.
Administrasyon an Pwopoze pou kanpe Pemi Travay Inisyal pou Moun k ap Chèche Azil yo
NOTUS
20 Fevriye 2026
“Pou moun k ap chèche azil yo, kapasite pou yo travay se yon pati esansyèl nan kapasite pou yo chèche azil menm — pou yo kapab jwenn yon kote pou yo rete epi peye pou manje pandan y ap kontribye nan kominote lokal yo,” se sa Swapna Reddy, ko-direktris egzekitif ASAP, te di.
ASAP ap Goumen kont Nouvo Règleman yo Pwopoze pou Pemi Travay la
Los Angeles Times
20 Fevriye 2026
“Fòse moun k ap travay epi k ap viv Ozetazini legalman pèdi travay yo se pa sèlman yon mechanste, men se yon move politik,” se sa Conchita Cruz, ko-direktris egzekitif ASAP, te di.
ASAP ap Goumen pou Kenbe Ekstansyon Otomatik Pemi Travay la
Bloomberg Law
6 Janvye 2026
Conchita Cruz, ko-direktris egzekitif ASAP, te pale kont fen ekstansyon otomatik la: “Règleman sa a evidamman move pou travayè imigran yo, men li move tou pou anplwayè ki depann sou travayè sa yo, ak pou kominote ki depann sou yo.”
Moun k ap Chèche Azil nan Dosye Sitwayènte pa Nesans yo ap Goumen pou Dwa Konstitisyonèl pou Tout Moun
Slate
9 Desanm 2025
Conchita Cruz, ko-direktris egzekitif ASAP, te fè konnen plentif nan dosye kont lòd sou sitwayènte pa nesans lan, “konnen Konstitisyon an klè epi yo vle kanpe pou pwoteje non sèlman pitit pa yo, men pitit lòt moun tou ki nan sitiyasyon sa a.”
DHS Diminye Tan Pemi Travay pou Moun k ap Chèche Azil
Washington Post
4 Desanm 2025
Conchita Cruz, ko-direktè egzekitif ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil), te di ke “peryòd validite” ki pi kout pou pemi travay yo kapab kreye plis reta nan tretman dosye yo, sa ki “fè li vin pi posib pou moun k ap chèche azil yo pèdi travay yo epi yo pa kapab pran swen tèt yo ak fanmi yo.”
ASAP ap Goumen pou Tan Pemi Travay yo ka pi Long
Notus
4 Desanm 2025
Conchita Cruz, ko-direktè egzekitif ASAP, te di, “peryòd validite ki pi kout yo fè plizyè santèn milye imigran mal… men sa pral fè manm fanmi ki sitwayen ameriken, anplwayè, kòlèg travay, sendika, ak lòt moun ki depann sou travayè imigran yo nan tout peyi Etazini mal tou.”
ASAP Jwenn yon Viktwa Tanporè sou Frè Azil pou Peye Chak Ane a
Newsweek
12 Novanm 2025
Jenny, yon manm ASAP ak yon moun k ap chèche azil ki soti Kolonbi, te di: “Mwen rekonesan dèske pwosè sa a te fòse gouvènman an rekonèt konbyen konfizyon ak strès yo te lakòz pou fanmi tankou pa m nan. Fanmi m ak mwen menm, menm jan ak anpil lòt moun, nou jis vle repons ki klè ak yon pwosesis ki jis.”
ASAP ap Kontinye Goumen sou Frè Azil pou Peye Chak Ane a
Bloomberg Law
30 Oktòb 2025
“Pèsonn pa ta dwe pèdi ka azil yo poutèt yon nouvo frè yo pa t konnen oswa yo pa t ka peye nan yon kout delè,” se sa Swapna Reddy, ko-direktè egzekitif ASAP la, te di. “Desizyon jodi a se pa fen batay nou an, men sa vle di pou kounye a, pèsonn pa gen pou peye frè azil pou peye chak ane (annual asylum fee) a.”
Yon Jij Federal kanpe Frè Azil pou Peye Chak Ane a pou yon bout Tan
CNN
30 Oktòb 2025
Yon manm ASAP ki soti Larisi te di li te “trè enkyete” paske li pa t resevwa okenn enstriksyon nan men gouvènman an sou kijan oswa ki lè pou l peye frè a.
Kijan Fen Ekstansyon Otomatik Pemi Travay yo afekte Kominote Ozetazini yo
Bloomberg Law
29 Oktòb 2025
Conchita Cruz, ko-direktè egzekitif ASAP, bay detay sou enpak ekstansyon pemi travay la sou ekonomi lokal yo, “Moun k ap chèche azil yo ak lòt travayè imigran yo se anplwaye ak kòlèg ki gen anpil valè, epi yo bay sèvis ki enpòtan anpil pou kominite lokal yo Ozetazini.”
DHS Mete Fen nan Ekstansyon Otomatik Pemi Travay yo
Univision
29 Oktòb 2025
Conchita Cruz, ko-direktè egzekitif ASAP, pè pou imigran yo pa “isit la legalman men yo pa kapab travay” epi li di sa “se yon lòt etap kont moun ki isit la k ap travay legalman epi k ap kontribye nan kominite yo.” Atik sa a ekri an panyòl.
Manm ASAP ap Goumen pou Klète sou Frè Azil pou Peye Chak Ane a
Los Angeles Times
24 Oktòb 2025
Paula, yon manm ASAP, te eseye peye frè $100 pou chak ane a, men li pa t kapab jwenn yon opsyon sou sit entènèt tribinal imigrasyon an. Paske li te pè depòtasyon, li te chwazi opsyon ki pi pwòch li te kapab jwenn lan. “Mwen espere lajan sa a pa gaspiye,” se sa Paula te di.
Manm ASAP yo Depoze yon Pleyi pou Jwenn Klète sou Frè Azil pou Peye Chak Ane a
Univision
22 Oktòb 2025
“Tout moun trè enkyete epi yo trè konfonn. Gen menm moun ki pa peye [frè azil pou peye chak ane (annual asylum fee)] paske yo pa konnen si frè a se tout bon oswa si se pa sa,” se sa Jenny, yon manm ASAP, te di nan yon entèvyou ak Univision sou pleyi ASAP la, ki vize klarifye règ yo konsènan nouvo frè azil pou peye chak ane a. Atik sa a se an panyòl.
Manm ASAP bay Detay sou Pwosesis tèt chaje pou Frè Azil pou Peye Chak Ane a
Politico
21 Oktòb 2025
Alba, yon manm ASAP, bay detay sou enkyetid li konsènan nouvo frè azil pou peye chak ane a, “Nou te gen anpil laperèz, anpil kè sote. Epi apre sa, ou dwe pare pou w peye nan kèlkeswa moman [gouvènman an] di w ou dwe peye a.”
Yon Mè Katolik ap Ede Migran nan Tribinal Imigrasyon
National Catholic Reporter
29 Septanm 2025
National Catholic Reporter site yon resous ASAP nan yon istwa sou mè katolik k ap akonpanye imigran nan randevou nan tribinal, kote li fè konnen “evèk El Paso a te akonpanye migran yo ansanm ak mè a, nan tribinal.”
Kijan Enkantitid sou Sitwayènte pa Nesans la Afekte yon Moun ki gen DACA ki Ansent
Here & Now
23 Septanm 2025
Pilar, yon moun ki gen DACA ki ansent, pè pou lòd egzekitif la pa vle di pitit fi li a p ap gen menm dwa ak pitit gason li a, li di, “Se te yon bagay terib pou m panse yo ta ka grandi nan de mond diferan menmsi yo nan menm peyi a."
Jij Federal Tranche an Favè ASAP nan Batay pou Sitwayènte pa Nesans la
Our Sunday Visitor
10 Out 2025
“Desizyon jodi a konfime timoun ki fèt Ozetazini gen yon dwa konstitisyonèl pou yo gen sitwayènte pa nesans (birthright citizenship) Ozetazini, kèlkeswa estati imigrasyon paran yo,” se sa Liza, yon moun k ap pote plent pou ASAP epi ki reprezante gwoup la, te di.
Yon Manman ASAP ap Kontinye Batay pou Dwa Konstitisyonèl Pitit li
The Hill
8 Out 2025
Liza, yon moun k ap pote plent pou ASAP, te pwomèt pou l kontinye batay li sou sitwayènte pa nesans la, li di, “M ap kontinye reprezante ak fyète lòt fanmi tankou pa m nan k ap goumen pou dwa konstitisyonèl pitit yo.”
Nouvo Dokiman Montre Plis Detay sou Plan Gouvènman an pou Sitwayènte pa Nesans
CNN
28 Jiyè 2025
“Paran k ap tann pitit yo ta dwe konnen tibebe yo rete pwoteje – epi timoun ki fèt Ozetazini kontinye ap sitwayen Ameriken kèlkeswa estati imigrasyon paran yo,” se sa Conchita Cruz, ko-direktris egzekitif ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil), te deklare.
Manman ansent nan Eta Vwazen yo ap Fè Fas ak Diferan Defi Konsènan Sitwayènte pa Nesans
NBC News
3 Jiyè 2025
“Gras a Dye mwen nan yon eta kote tibebe m nan ap toujou pwoteje. Men si m te nan yon lòt eta kote lòd la t ap antre an vigè nan 30 jou, sa t ap yon gwo tòti,” se sa Trinidad, yon manm ASAP, te di.
ASAP Kontinye Goumen pou Sitwayènte pa Nesans
Christianity Today
1ye Jiyè 2025
Liza, yon pleyan yo site non li nan pwosè a, te di: “Mwen tris pou sa desizyon jodi a vle di pou tout paran ki gen timoun ki pa pwoteje pa enjonksyon pwovizwa a. Se poutèt sa nou te depoze yon aksyon kolektif, epi se poutèt sa m ap yon reprezantan pou gwoup la.”
Manm ASAP ap Goumen pou yo ka Wè Pi Klè Apre Desizyon Tribinal Siprèm lan
Reuters
30 Jen 2025
Nivida, yon manm ASAP, te pran nouvèl yon zanmi l ki pa gen papye ki ansent. "Li te rele m, li te enkyete anpil epi li te mande m kisa k pral rive," li te di. "Si pitit li a fèt nan Lwizyàn, èske tibebe a pral yon sitwayen?"
Tribinal Siprèm Limite Pouvwa Jij Federal yo pou yo Bloke Lòd Egzekitif
The Guardian
27 Jen 2025
Liza, yon pleyan yo site non li nan pwosè a, te di, “Mwen te enkyete pou m konnen si gouvènman an ta ka eseye mete tibebe nou an nan detansyon oswa depòte li. Nan yon sèten moman, lòd egzekitif la te fè nou santi kòmsi yo te konsidere tibebe nou an tankou yon moun ki pa anyen.”
ASAP Defann Sitwayènte pa Nesans Apre Desizyon Tribinal Siprèm lan
Axios
27 Jen 2025
“Sa a se yon jou tris pou tout moun ki kwè nan Konstitisyon Ameriken an, espesyalman paran imigran ki sèlman vle pou pitit yo gen menm dwa ak lòt timoun ki fèt Ozetazini," se sa Swapna Reddy, Ko-direktris Egzekitif ASAP, te di.
Pleyan nan Dosye Sitwayènte pa Nesans lan Depoze yon Demann pou Bloke Lòd Egzekitif la
NBC News
27 Jen 2025
"Nou te depoze yon aksyon kolektif pou anpeche lòd egzekitif sou sitwayènte pa nesans lan antre an vigè," se sa Conchita Cruz, ko-direktris egzekitif ASAP, te di.
Manm ASAP yo Fè yon Nouvo Efò pou Bloke Lòd Egzekitif la
The Hill
27 jen 2025
“Yon gwoup pleyan k ap konteste restriksyon sou sitwayènte pa nesans (birthright citizenship) te fè yon nouvo efò rapidman pou bloke sa nan tout peyi a. Se CASA Inc., ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil), ak plizyè manman ki ansent ki te depoze demann sa a,” se sa otè a te di.
Manm ASAP yo Choke poutèt Desizyon sou Sitwayènte pa Nesans la
USA Today
27 jen 2025
Nivida, youn nan pleyan nan pwosè ASAP la, te di: “Sa desevwa m anpil, epi sa tris anpil. Sa se yon bagay ki te nan Konstitisyon Etazini an depi 150 ane.”
Gouvènman an Kapab Anile Kèk Demann Azil
CNN
25 jen 2025
“Chak moun k ap chèche azil ta dwe gen opòtinite pou yo trete dosye yo. Si yo anile dosye azil yo, sa pral fè yo mal, sa pral fè fanmi yo, anplwayè yo, ak kominote ki konte sou yo mal tou,” se sa Conchita Cruz, Ko-Direktè Egzekitif ASAP la, te di.
ASAP Pataje Enkyetid Konsènan Limitasyon sou Pemi Travay
Wall Street Journal
10 jen 2025
“Se yon ka ki ra kote pwopriyetè biznis ak kominote biznis la dakò sou menm bagay ak mouvman sendika yo ak imigran yo,” se sa Conchita Cruz, Ko-Direktè Egzekitif ASAP la, te di.
Manm ASAP ap Goumen pou Pwoteje Sitwayènte Pitit li
Latino USA
8 jen 2025
“Lè ou ansent, se ou menm ak pitit ou k ap fè fas ak lemonn,” se sa Monica, yon manman ki ansent epi ki manm ASAP, te di sou rezon ki fè li te deside rantre nan batay pou pwoteje sitwayènte pa nesans la.
Manm ASAP Mande pou Pwoteje Sitwayènte pa Nesans la
Our Sunday Visitor
7 jen 2025
Barbara, yon manm ASAP ki ansent, te di, “Ti bebe yo se yon benediksyon. Yo se lavni nenpòt sosyete. Epi garanti dwa ti bebe sa yo, se garanti lavni yon sosyete.”
ASAP ap Goumen pou Pemi Travay pou Moun k ap Chèche Azil
CBS
3 jen 2025
“Moun k ap chèche azil yo jwe wòl enpòtan nan yon pakèt kalite travay — yo se doktè yo ak moun k ap netwaye lopital yo,” se sa Conchita Cruz, ko-direktè egzekitif ASAP la, te di.
Manm ASAP yo Pè pou Pitit yo pa San Nasyonalite
NPR
15 me 2025
Dina ak Henry, manm ASAP ak paran yon tibebe ki fèk fèt, te di, “Nou santi kòmsi yo ka mete l nan yon kategori popilasyon ki pa idantifye ak okenn peyi.”
Manm ASAP gen Espwa nan Desizyon Lakou Siprèm nan
The Guardian
15 me 2025
“Mwen te dwe goumen pou tibebe m nan,” se sa Monica te di, li se yon manm ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) epi li se yon pleyan nan dosye sitwayènte pa nesans (birthright citizenship) la. “Ann tann ak lafwa epi mete konfyans nou nan lwa peyi sa a.”
Lakou Siprèm Tande Agiman nan Dosye Sitwayènte pa Nesans ASAP la
Rolling Stone
15 me 2025
“Dosye a baze sou yon kontestasyon de gwoup k ap defann dwa imigran, CASA ak ASAP, te pote apre lòd egzekitif ki te tante mete fen nan sitwayènte pa nesans la,” se sa otè a te di.
Paran ak Manm ASAP ap Goumen pou Sitwayènte pa Nesans
CNN
14 me 2025
Dina, yon manm ASAP epi ki se yon manman, te pataje: “Tout timoun k ap fèt yo, se tankou yon dwa y ap retire nan men yo. Donk, se yon pwosesis ki trè douloure menm pou w panse ak sa.”
Manm ASAP Pè pou Sitwayènte Pitit Gason l
WBEZ Chicago
14 me 2025
Daniela, yon manm ASAP ki fèk akouche yon pitit gason, te di: “Sa bay anpil kè sote.” San sitwayènte Ameriken, “pitit gason m nan pa t ap gen pwoteksyon okenn lòt peyi.”
Manm ASAP Enkyete pou Sitwayènte Tibebe l la
Associated Press
14 me 2025
Barbara, yon manm ASAP, te di: “Sa fè m pè pou tibebe m nan fèt san sitwayènte. Mande sitwayènte Kiben pa yon opsyon paske n ap sove kite peyi sa a.”
Manman ki Ansent ap Siveye Dosye Sitwayènte pa Nesans nan Lakou Siprèm Ozetazini
Reuters
14 me 2025
Barbara, yon moun k ap chèche azil ki soti Kiba epi ki se manm ASAP, te di li pral swiv sa k ap pase nan Lakou Siprèm nan, li nève dèske tibebe l la pral “fèt nan yon sitiyasyon ensèten.”
Manm ASAP ap Defann Sitwayènte pa Nesans nan Lakou Siprèm
CNN
11 me 2025
“Antanke manman, sa t ap trè difisil pou mwen pou m esplike l poukisa li pa gen dwa sa yo,” se sa Meny te di, li se yon manm ASAP, epi pitit gason l lan ka pa rekonèt kòm sitwayen Ameriken lè l fèt.
Yon Manman nan Kawolin di Nò ap Goumen pou Pwoteje Sitwayènte pa Nesans
Cardinal & Pine
23 avril 2025
Trinidad te rantre nan pwose ASAP la pou l ede fanmi ki nan menm sitiyasyon ak pa l la. Li te pataje espwa li genyen pou “tibebe moun ki nan menm sitiyasyon ak mwen yo gen sekirite pou yo konnen y ap sitwayen nan peyi kote yo fèt la.”
ASAP Mande Tribinal Siprèm pou Pwoteje Sitwayènte pa Nesans
New York Times
4 Avril 2025
Nan yon dokiman yo depoze nan Tribinal Siprèm nan, ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) te deklare, “dezòd pral pete” si Tribinal Siprèm nan aksepte demann gouvènman an pou limite sitwayènte pa nesans (birthright citizenship).
Manman ki Ansent yo Enkyete pou Sitwayènte pa Nesans
Eternal Word Television Network
21 Mas 2025
“Lè ou ansent se deja yon sitiyasyon ki difisil, epi kounye a mwen gen doub estrès sa a paske pitit mwen an ta ka fèt san li pa gen nasyonalite okenn peyi,” se sa Barbara te di, li se yon manm ASAP ki soti Kiba.
Manm ASAP yo Pè Lòd sou Sitwayènte pa Nesans lan
Washington Post
9 Fevriye 2025
“Gen anpil ensètitid sou sa ki pral rive. Sa k pral rive pitit mwen an?” se sa Trinidad te di, li se yon manm ASAP, pandan l t ap reflechi sou entèdiksyon sitwayènte pa nesans lan.
Manm ASAP yo Defann Sitwayènte pa Nesans nan Tribinal
New York Times
5 Fevriye 2025
Jij la te sispann lòd sou sitwayènte pa nesans lan nan tout peyi a paske ASAP “gen manm nan chak eta ki ta ka akouche nan semèn k ap vini yo,” se sa otè yo te di.
Jij Sispann Lòd sou Sitwayènte pa Nesans lan
NBC News
5 Fevriye 2025
“Menmsi pitit mwen an pral fèt Ozetazini, mwen te enkyete pou yo pa ta refize li yon dwa konstitisyon an garanti,” se sa Trinidad te di, li se yon manm ASAP.
Manman yo Pwoteje Sitwayènte pa Nesans
NPR
5 Fevriye 2025
“Desizyon sa a pral bay manman tankou mwen yon soulajman tanporè pandan n ap jere gwosès nou ak lavni ensèten pou pitit nou yo,” se sa Trinidad te di, li se yon manm ASAP.
Jij Bloke Lòd sou Sitwayènte pa Nesans lan
CNN
5 Fevriye 2025
“Lòd la te kreye dezòd pou manm ASAP yo ki pè pou pitit yo pa kapab viv nan sèl peyi yo pral janm konnen,” se sa Swapna Reddy te di, li se youn nan Direktè Egzekitif ASAP yo.
Manm ASAP yo Pè pou Lavni Pitit yo
NBC News
1ye Fevriye 2025
Lòd egzekitif sou sitwayènte pa nesans lan “kreye anpil laperèz,” se sa Meny te di, li se yon manm ASAP. “Antanke manman, nou vle sa ki pi bon pou pitit nou yo. Se yon gwo enkyetid.”
Ede Moun k ap Chèche Azil yo Navige nan Sistèm Azil la
ABA Journal Legal Rebels
1 fevriye 2025
“Moun k ap chèche azil yo merite konnen ki lwa ki egziste ak kijan pou yo swiv yo,” se sa Swapna Reddy, Ko-Direktè Egzekitif ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) te di. “ASAP ba yo zouti pou yo pran kontwòl pwòp dosye yo.”
Yon Manman ki Ansent Pote Plent kont Desizyon sou Sitwayènte pa Nesans la
CNN
29 janvye 2025
“Mond mwen an te efondre,” se sa Liza te di, yon etidyan gradye ki soti Larisi epi ki se yon pleyan nan dosye a. “Nou dwe fè sa pou tèt nou, pou pitit nou an, ak pou tout lòt moun ki tankou nou.”
Yon Manm ASAP ap Goumen pou Sitwayènte Pitit li
The Cut
28 janvye 2025
“Tansyon m wo paske mwen gen anpil kè sote. Mwen priye pou lè m akouche, desizyon an klè epi pou pitit mwen an se yon sitwayen ameriken,” se sa Lesly te di, yon manm ASAP.
Manm ASAP yo ap Defann yon Dwa Konstitisyonèl
The Guardian
28 janvye 2025
“Pou mwen menm ak pou anpil lòt manman. Sa se yon dwa ki nan konstitisyon Etazini an,” se sa Monica te di, yon manm ASAP ak pleyan nan pwose sou sitwayènte pa nesans (birthright citizenship) la.
Fanm ki Redefini Teknoloji pou Byen Kominote a
Forbes
27 janvye 2025
“Nou tou de toujou rekòmande zanmi nou ak manm fanmi nou nan ASAP. Sa vle di nou gen konfyans nan sa nou bati a,” se sa Conchita Cruz te di, ko-direktè egzekitif ASAP.
Leta yo Pote Plent kont Lòd sou Sitwayènte pa Nesans la
Baltimore Sun
23 janvye 2025
Lòd la “kreye dezòd,” se sa Swapna Reddy, Ko-Direktè Egzekitif ASAP te di. Manm ASAP yo “pè pou pitit yo pa santi yo pa fè pati sèl peyi yo janm konnen an.”
Paran k ap Chèche Azil yo ap Defann Dwa Pitit yo
Univision Noticias
23 janvye 2025
“Olye pou m ap panse pou pitit mwen an an sante, mwen oblije ap panse tou sou jan pitit mwen an pa gen dwa pou l se yon sitwayen ameriken,” se sa Monica te di, yon manm ASAP.
Lòd Egzekitif la ka Kite Tibebe yo san Nasyonalite
NBC News
23 janvye 2025
Lòd la ta ka fè timoun yo rete san nasyonalite. “Mande yon paspò pou yon timoun ki fèt Ozetazini ta ka mete an danje demann azil paran yo,” se sa Leidy Perez te di, direktè politik ASAP.
ASAP Pousuiv an Jistis Konsènan Lòd sou Sitwayènte pa Nesans la
The 19th
22 janvye 2025
Avèk lòd sa a, tibebe yo pa kapab jwenn yon paspò ameriken. “Kontak ak konsila peyi orijin yo ta kapab mete sekirite moun k ap chèche azil yo an danje,” se sa Conchita Cruz, Ko-Direktè Egzekitif ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil), te deklare.
Paran yo Pousuiv an Jistis pou Pwoteje Sitwayènte Pitit yo
ABC News
22 janvye 2025
Trinidad, yon manm ASAP, “pè pou pitit li a pa vin san nasyonalite, kwense ant kriz demokratik Venezyela a ak sistèm imigrasyon Ozetazini an,” se sa otè yo te di.
ASAP Depoze yon Pouswit Lajistis sou Sitwayènte pa Nesans
CBS News
22 janvye 2025
“Mwen ta dwe ap enkyete m pou sante pitit mwen an. Se sa ki ta dwe premye bagay nan tèt mwen, men olye de sa, mwen menm ak mari m ap bay tèt nou pwoblèm,” se sa Monica te di, yon manm ASAP ki ansent.
Manm ASAP yo ap Goumen pou Sitwayènte pa Nesans
New York Times
21 janvye 2025
Nivida, yon manm ASAP, gen yon pitit fi epi l ap tann yon ti gason. “Frè l la, ki pral fèt nan menm peyi a, ta ka pa gen menm opòtinite yo,” se sa Nivida te di.
Manm ASAP yo Pousuiv an Jistis Konsènan Sitwayènte pa Nesans
Asylum Seeker Advocacy Project
21 janvye 2025
“Mwen pè pou pitit mwen ak fanmi mwen. Nou pa kapab jwenn okenn lòt nasyonalite pou pitit nou an – mwen pa konnen sa nou pral fè,” se sa Monica te di, yon manm ASAP k ap dirije dosye a.
DHS Anonse yon Ekstansyon Pèmanan pou Pemi Travay
Portland Press Herald
10 desanm 2024
“ASAP te bat bravo pou nouvo règ la, li di sa pral ede plizyè santèn milye imigran – moun k ap chèche azil, refijye, moun k ap aplike pou kat rezidan pèmanan ak lòt moun ankò,” se sa otè a te di.
Gouvènman an Pwolonje Pemi Travay yo yon Fason Pèmanan
Bloomberg Law
10 desanm 2024
“Avèk règ final sa a, DHS asire ke manm ASAP yo ak lòt imigran p ap pèdi travay yo akòz reta nan tretman pemi travay yo,” se sa Ko-Direktè Egzekitif Conchita Cruz te di.
Sipòte Chanjman nan Fason yo Pale sou Imigrasyon
Inside Philanthropy
21 novanm 2024
“Fondasyon Ford te fè patenarya pou lanse Reclaiming the Border Narrative pou chanje fason moun pale sou fwontyè a,” se sa otè a te di. “Moun ki te resevwa sibvansyon yo te gen ladan yo ASAP.”
Pwogram Imigrasyon Biden an ki poko Fini
Bloomberg Law
21 Novanm 2024
“Tan datant pou pemi travay ak renouvèlman yo se pi gwo enkyetid pou manm yo,” se sa Conchita Cruz, Ko-Direktris Egzekitif la, te di. “Yo enkyete pou fason y ap pran swen tèt yo ak fanmi yo.”
Moun ki pa Sitwayen ka Pran Etap sa yo Anvan mwa Janvye
USA Today
15 Novanm 2024
“Moun k ap chèche azil yo ta dwe aplike pou premye pemi travay yo, si yo elijib, menmsi yo pa gen plan pou yo travay, dapre ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil),” se sa otè a te di.
Entèlijans Atifisyèl (AI) an Aksyon: Kijan Òganizasyon san bi Likratif yo Ogmante Enpak yo
Forbes
7 Novanm 2024
“ASAP ap itilize AI pou elaji biwo èd vityèl li a, pou bay repons pèsonalize pou dè milye kesyon sou lalwa imigrasyon,” se sa Shannon Farley ki soti nan Fast Forward te di.
Biznis yo Mande pou Pemi Travay yo fèt pi Vit
American Immigration Council
25 Oktòb 2024
“Reta nan pwosesis pemi travay yo deja afekte manm nou yo, sa ki fòse anplwayè yo kouri chèche solisyon pou kouvri travay enpòtan yo t ap fè a,” se sa Conchita Cruz, Ko-Direktris Egzekitif la, te di.
ASAP Itilize Teknoloji pou Sipòte Manm ASAP yo
Lekòl Jeni Harvard (SEAS)
24 Septanm 2024
ASAP “itilize teknoloji pou ede manm nou yo ak fanmi yo navige nan yon pwosesis imigrasyon ki konplèks,” se sa Swapna Reddy, Ko-Direktris Egzekitif ak ansyen elèv nan Harvard SEAS, te di.
Konekte Fil yo: Mentora ak Kolaborasyon
Lekòl Dwa Yale
7 Out 2024
“[Suny] te mande nou pou nou kontinye reprezante medam ki t apral nan jijman yo. Nou te koute epi nou te avanse etap pa etap depi lè sa a,” se sa Swapna Reddy, youn nan fondatè ASAP yo, te di.
Prepare w pou Tribinal Imigrasyon san yon Avoka
Block Club Chicago
16 Me 2024
“Pafwa yo bay moun yo yon tribinal ki lwen kote yo rete a. Ou kapa b mande pou yo chanje kote a,” se sa otè a te di. “Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil la gen yon gid pou ranpli fòm nan isit la."
Kijan 600,000 Moun k ap Chèche Azil Fè Chanjman
EAAMO Colloquium
17 Avril 2024
“Nou sèlman mande manm yo tan yo lè n ap goumen pou yo, pou yon bagay yo te mande nou fè,” se sa Swapna te di. Gade diskou Ko-Direktris Egzekitif Swapna Reddy a nan 11:25.
Soulajman ap Vini pou 800,000 Imigran k ap Renouvle Pemi Travay
Bloomberg Law
4 Avril 2024
Helen, yon manm ASAP ki soti Ameni, te di, “Mwen bat bravo pou gouvènman an dèske li pran desizyon sa a anvan plis imigran pèdi travay yo.”
Biden Pwolonje Kèk Pemi Travay pou Imigran
The Hill
4 Avril 2024
Linda, yon manm ASAP ki soti Zimbabwe, te di The Hill ke desizyon gouvènman an pran pou pwolonje pemi travay pou moun k ap chèche azil ak lòt imigran se yon “gwo soulajman.”
70 Manm Kongrè Mande pou Pwolonje Pemi Travay
Reprezantan Adriano Espaillat nan Kongrè Ameriken an
1ye Avril 2024
“Mwen espere gouvènman an pral koute Manm Kongrè sa yo epi pwolonje pemi travay nou yo kounye a pou nou ka kontinye travay,” se sa Anar, yon manm ASAP, te di.
Manm Kongrè yo Mande Pwolonjman Pemi Travay
Bloomberg Law
1ye Avril 2024
“Mwen pè pou m pa pèdi travay mwen ak kapasite pou m pran swen tèt mwen ak fanmi mwen,” se sa Anar, yon moun k ap chèche azil ki soti Mongoli epi ki se manm ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil), te di.
Defansè yo Mande yon Pwolonjman ki pi Long pou Pemi Travay
Bloomberg Law
18 Mas 2024
“Se te yon sitiyasyon ensèten konsa; mwen pa t konnen sa k pral rive,” se sa Andreas, yon manm ASAP ki te tann plis pase yon ane pou renouvèlman pemi travay li, te di.
ASAP Amelyore Sistèm yo, Grandi Ekip Jeni li a
Chronicle of Philanthropy
14 Mas 2024
“Nou pa janm rankontre 99% nan manm nou yo an pèsòn, men nou etabli yon gwo konfyans ak yo grasa teknoloji,” se sa Swapna Reddy, ko-direktè egzekitif ASAP, di.
Imigran yo Ede Ekonomi Etazini an Grandi
Washington Post
8 Mas 2024
“Mwen ta di nou gen yon efè pozitif nèt sou mache travay la. N ap kontribye nan sosyete sa a,” se sa Ricky, yon manm ASAP k ap travay nan domèn teknoloji enfòmasyon, te di.
Ekonomi Etazini an Grandi Akoz Imigrasyon
New York Times
29 Fevriye 2024
“Si mwen pa jwenn [pemi travay mwen an] alè, m ap pèdi travay mwen, epi si mwen pa fini rezidans mwen, mwen p ap ka aplike pou travay,” se sa yon manm ASAP te di.
Mè yo ap Plede pou Pwolonje Pemi Travay yo
The Hill
12 fevriye 2024
“Li enpòtan anpil pou gouvènman an pwolonje pemi travay pou imigran k ap tann pou yo trete aplikasyon yo,” se sa Charity, yon manm ASAP, te di.
Leta yo ak Biznis yo Mande pou Pemi Travay yo Soti pi Vit
Bloomberg Law
29 desanm 2023
“Anplwayè yo ap sipliye pou yo jwenn travayè epi gen baryè moun yo dwe travèse pou yo kòmanse travay,” se sa Leidy Perez, direktè politik ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil), te di.
ASAP Inove pou l pi byen Sipòte Manm li yo
Workflow
5 desanm 2023
“Entèlijans atifisyèl kapa b bay yon fason efikas pou swiv chanjman nan kesyon manm yo ap poze epi ede nou idantifye pwoblèm sistemik yo,” se sa Swapna Reddy, Ko-Direktris Egzekitif, te di.
Defansè yo Mande pou yon Pwolonjman Pemi Travay
The Hill
26 oktòb 2023
“Sa ap pran USCIS plis tan pou l bay renouvèlman yo. Si yo pa aji byen vit, imigran yo pral pèdi otorizasyon pou yo travay,” se sa Leidy Perez, direktè politik ASAP la, te di.
Fanmi ki te Separe yo Jwenn yon Akò ak Lèzetazini
USA Today
16 oktòb 2023
“Chak jou, nou toujou ap reviv sa. Nenpòt èd sikolojik pou fanmi yo pral yon benediksyon. Li vrèman difisil pou w pase nan sa nou te pase a,” se sa Daniel, yon manm ASAP ki te separe ak pitit fi li, te di.
Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil la Onore Non li
Walder Foundation
12 oktòb 2023
“ASAP te ede m navige nan sistèm azil sa a ki tèlman konplike epi ki bay konfizyon,” se sa yon manm ASAP te di. “Mwen espere tout moun k ap chèche azil yo va jwenn ASAP epi jwenn sipò nan kominote a lè yo bezwen sa.”
Biden Ofri TPS, Pemi Travay pou 5 An
USA Today
21 septanm 2023
ASAP te kontan wè tan pemi travay la ap dire a vin pi long pou moun k ap chèche azil yo, soti nan de zan pou rive nan senk an, yon bagay manm ASAP yo te goumen pou li pou diminye reta yo epi soulaje difikilte pou peye $410 pou chak renouvèlman.
“Pa gen Mo pou Eksplike Anksyete a” – Atann Pemi Travay
The Guardian
10 septanm 2023
Reta nan pemi travay yo lakòz yon mouvman rezistans. ASAP, òganizasyon manm yo ki te fòme pou goumen pou yon tretman ki pi rapid ak pi jis nan men ajans federal yo, vin genyen plis pase 562,000 manm nan tout peyi a.