Vini yon Manm
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) akeyi nouvo manm ki se imigran Ozetazini ki gen laj 14 an oswa plis. Manm yo aprann kijan pou yo aplike pou azil ak pemi travay, yo resevwa dènye nouvèl yo, yo poze avoka imigrasyon ki ekspè kesyon, epi yo mete tèt yo ansanm pou bati yon Etazini ki pi akeyan. Manm ak sèvis ASAP yo gratis.
Aplikasyon pou vin Manm (Angle)
Solicitud de Membresía (Español)
Ou pa yon imigran? Ou kapab enskri pou bilten nouvèl jeneral ASAP la isit la!
Gade Kat Manm Mwen
Sèvi ak nimewo idantite manm ou pou w jwenn aksè nan kat manm ou. Si w gen pwoblèm, tanpri voye yon imèl ba nou nan [email protected].
Mete Enfòmasyon Mwen yo a Jou
Si yo te deja apwouve manm ASAP ou a epi (1) non ki sou kat manm ou an pa kòrèk OSWA (2) ou ta renmen mete enfòmasyon kontak ou yo a jou, tanpri ranpli sondaj sa a.
Poze Avoka Ekspè Kesyon
Si ou se yon manm ASAP epi ou gen yon kesyon sou dosye azil ou, ou kapab voye kesyon ou an nan imèl bay [email protected]. Tanpri mete nimewo idantite manm ASAP ou a nan imèl la si ou kapab. Ekip avoka imigrasyon ekspè nou an ap reponn ou. Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa.
Avantaj ki genyen lè w Manm ASAP
Lè w vin yon manm ASAP, sa ba ou opòtinite pou: (1) jwenn aksè nan resous legal ak enfòmasyon sou pwosesis azil la, (2) poze avoka imigrasyon ekspè kesyon, epi (3) travay ak lòt manm ASAP pou amelyore sistèm azil la.
(1) Manm ASAP yo jwenn aksè nan resous legal sou pwosesis azil la moun gade plizyè milye fwa chak mwa.
ASAP voye resous bay manm yo regilyèman sou pwosesis azil la pa mesaj tèks ak imèl. Resous videyo ak resous ekri ASAP yo, moun kapab gade sou yon telefòn selilè, ede manm yo aprann enfòmasyon enpòtan sou pwosesis azil la. Lè yo enskri pou yo vin manm ASAP, imigran yo jwenn aksè nan nouvo resous kou yo pibliye yo.
Yon manm te pataje, “Navige sou paj entènèt an nou an pandan kèk jou ki sot pase yo te ban nou anpil enfòmasyon epi sa ki pi enpòtan an — espwa.”
Yon lòt manm te ekri, “Gras ak enstriksyon nou yo, mwen te ranpli aplikasyon pemi travay mwen an epi yo te apwouve l!”
(2) Manm ASAP yo gen opòtinite pou poze avoka imigrasyon ekspè kesyon.
Manm ASAP yo kapab poze kesyon ekip avoka imigrasyon ekspè nou an ap reponn. Avoka sa yo te reponn plizyè milye kesyon manm ASAP yo, tankou kesyon sou kijan pou chèche azil ak USCIS, kijan pou chèche azil nan tribinal imigrasyon, kijan pou aplike pou yon pemi travay, ak plis ankò.
Si ou se yon manm ASAP epi ou gen yon kesyon sou dosye azil ou, ou kapab voye kesyon ou an nan imèl bay [email protected]. Tanpri mete nimewo idantite manm ASAP ou a nan imèl la si ou kapab.
Apre li te fin resevwa yon repons nan men youn nan avoka imigrasyon ekspè ASAP yo, yon manm te ekri: “Mèsi anpil pou èd nou! Imèl nou an te ede m jwenn tout enfòmasyon ki nesesè pou yon chanjman adrès, epi mwen te rive chanje adrès nou avèk siksè pou tout moun nan fanmi nou.”
(3) Manm ASAP yo fikse priyorite ASAP yo epi yo travay ansanm pou amelyore sistèm imigrasyon an.
Manm ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) yo vote ansanm pou fikse priyorite ASAP epi gide travay ASAP ap fè. Pa egzanp, nou te mande manm ASAP yo pou yo pataje lide yo sou fason pou amelyore pwosesis azil la, epi dè milye manm te reponn! Lide sa yo gide desizyon ASAP kounye a sou ki pwoblèm pou nou konsantre nan efò n ap fè pou fè sistèm imigrasyon an travay pi byen pou tout moun.
Manm ASAP yo resevwa opòtinite tou pou yo travay ansanm pou adrese pwoblèm espesifik. Pa egzanp, nan ane 2020, dè milye manm ASAP te mete tèt yo ansanm pou konteste nouvo règleman ki te rann li pi difisil pou moun k ap chèche azil yo jwenn pemi travay. Plizyè santèn milye moun k ap chèche azil te kapab resevwa pemi travay kòm rezilta efò manm yo.
Finalman, manm ASAP yo resevwa opòtinite tou pou yo fè tande vwa yo. Manm ASAP yo te pale ak medya nasyonal yo epi ak gwo ofisyèl nan gouvènman ameriken an sou sijè tankou aksè ak pemi travay.
Kesyon yo poze souvan
Kiyès ki kapab aplike pou vin manm ASAP?
ASAP akeyi nouvo manm ki se imigran Ozetazini, ki gen laj 14 an oswa plis, epi ki kwè nan misyon ASAP la.
Èske yon moun ki gen mwens pase 14 an kapab aplike pou l vin manm ASAP?
Non. ASAP pa aksepte aplikasyon pou vin manm pou moun ki gen mwens pase 14 an. Men, si ou se yon manm ASAP, avantaj ou yo pwolonje pou pitit ou yo ki minè Ozetazini.
Kouman mwen kapab aplike pou vin manm ASAP?
Tanpri ranpli aplikasyon pou vin manm nou an sou entènèt! Ou kapab ranpli aplikasyon pou vin manm nan sou yon telefòn oswa yon òdinatè.
Apre nou fin egzamine aplikasyon w lan, n ap voye rezilta yo ba ou pa mesaj tèks nan nimewo telefòn ou te bay nan aplikasyon w lan. Egzamen an kapab pran jiska 1 semèn.
Si mwen vin manm ASAP, èske ASAP ap vin avoka imigrasyon mwen?
Non. Lefètke ou manm nan pa vle di ASAP se avoka w. Nou ankouraje tout manm nou yo pou yo jwenn yon avoka imigrasyon endepandan si sa posib. Ou kapab aprann kijan pou jwenn èd legal sou paj sa a.
Èske sa koute lajan pou vin manm ASAP?
Non. Vin manm ASAP se yon bagay ki konplètman gratis epi volontè, epi pa gen okenn frè yo mande pou soumèt aplikasyon pou vin manm ASAP oswa pou kenbe estati manm ASAP ou.
Si yon moun di li travay pou ASAP epi li mande w lajan an echanj pou sèvis imigrasyon, moun sa a pa di laverite. Yo pa travay pou ASAP.
Si mwen vin manm ASAP, èske ASAP ap pataje enfòmasyon mwen yo ak gouvènman an oswa ak lòt moun?
Non. ASAP kenbe enfòmasyon pèsonèl manm yo konfidansyèl epi li pa pataje enfòmasyon sou manm yo san pèmisyon. Gade politik konfidansyalite nou an isit la.
Èske mwen kapab pale ak yon moun nan ASAP nan telefòn?
Malerezman, akòz yon kantite demann ki trè wo, nou pa gen kapasite pou nou kominike nan telefòn. Tanpri vizite paj resous nou an pou enfòmasyon ki kapab itil ou. Oubyen, voye kesyon ou yo nan imèl nan [email protected].
Kisa mwen dwe fè si mwen pa kapab jwenn nimewo idantifikasyon manm mwen an?
Lè ou te antre nan ASAP, ou te dwe resevwa yon mesaj tèks ak nimewo idantifikasyon manm ou an. Eseye chèche mesaj tèks ki soti nan nimewo telefòn ASAP la, 91771, pou w jwenn li. Si ou toujou pa kapab jwenn nimewo idantifikasyon manm ou an, tanpri voye yon imèl ba nou nan [email protected].