Ekri pa avoka imigrasyon ekspè ASAP yo · Mizajou nan dat
Moun k ap chèche azil yo kapab jeneralman aplike pou yon pemi travay 150 jou apre yo fin soumèt yon aplikasyon pou azil. Apre yo fin resevwa yon pemi travay, moun k ap chèche azil yo kapab aplike pou yon nimewo social security (SSN). Klike sou lyen ki anba yo pou jwenn repons pou anpil kesyon moun poze souvan. Ou kapab gade videyo sa a sou fason pou w aplike sou entènèt tou.
Premye Pemi Travay
Ki règ ki genyen pou premye pemi travay pou moun k ap chèche azil yo?
Ki lè mwen kapa b aplike pou premye pemi travay mwen? Kisa revèy (“asylum clock”) la ye?
Konbyen sa koute pou aplike pou yon premye pemi travay kòm yon moun k ap chèche azil?
Kouman pou mwen aplike pou yon premye pemi travay kòm yon moun k ap chèche azil?
Ki règ ki genyen pou premye pemi travay pou moun k ap chèche azil yo?
Ki lè pou w aplike: An jeneral, moun k ap chèche azil yo kapab mande yon premye pemi travay 150 jou apre yo fin soumèt aplikasyon azil yo (Fòm I-589) nan tribinal imigrasyon oswa nan USCIS. Moun k ap chèche azil yo kapab resevwa pemi travay yo 180 jou apre yo fin soumèt aplikasyon azil yo. Si ou pa sèten konbyen jou ki pase, pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa.
Pri: Kounye a, sa koute $570 pou aplike pou yon premye pemi travay kòm yon moun k ap chèche azil. Li pa posib pou w aplike pou yon egzansyon pou frè a.
Kouman pou w aplike: Ou kapab aplike sou entènèt oswa pa lapòs. Aprann kijan pou w fè sa isit la.
Kouman pou w tcheke estati w: Ou kapab tcheke estati aplikasyon w lan lè w antre nimewo resi a sou paj entènèt USCIS sa a oswa nan kont USCIS ou sou entènèt. Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa.
Nimewo social security: Si yo apwouve pemi travay ou a, ou kapab aplike pou yon nimewo social security (SSN) apre ou fin resevwa kat pemi travay ou a.
Tan datant: Lwa a mande pou USCIS trete premye aplikasyon pemi travay pou moun k ap chèche azil yo nan yon delè 30 jou. Men, anpil moun k ap chèche azil rapòte reta ki depase 30 jou. Si premye pemi travay ou a anreta, ou kapab eseye fè kèk demach.
Tan pemi travay la ap dire: Pemi travay yo bay apre 4 desanm 2025 pou moun k ap chèche azil yo pral valab pou 18 mwa, olye de 5 an. Men, si ou te resevwa yon pemi travay pou 5 an nan dat 4 desanm 2025 oswa anvan sa, li toujou valab pou 5 an. Aprann plis sou paj entènèt USCIS la. Ou kapab kontinye renouvle pemi travay ou pandan w ap aplike pou azil.
Lòt kondisyon pou w elijib: Si ou gen yon kondanasyon kriminèl gouvènman ameriken an konsidere kòm yon "fèloni grav" (aggravated felony), ou pa elijib pou yon pemi travay kòm yon moun k ap chèche azil. Si ou gen kesyon sou yon kondanasyon kriminèl oswa sou kapasite w pou aplike pou yon pemi travay, ou ka vle konsilte yon avoka. Jwenn èd legal isit la.
Pwoblèm ak aplikasyon w lan: Si yo rejte aplikasyon pemi travay ou a oswa si gen lòt pwoblèm, li enfòmasyon sou pwoblèm ki ka rive ak sa ou kapab fè.
Ki lè mwen kapa b aplike pou premye pemi travay mwen? Kisa revèy (“asylum clock”) la ye?
An jeneral, ou kapa b aplike pou premye pemi travay ou 150 jou oswa plis apre ou fin soumèt aplikasyon azil (Fòm I-589) ou a bay USCIS oswa nan tribinal imigrasyon. Ou kapa b resevwa pemi travay ou apre omwen 180 jou fin pase depi ou te soumèt aplikasyon azil ou a. Revèy la mezire kantite jou ki pase depi ou te soumèt aplikasyon azil ou a. Gade videyo sa a sou revèy azil la.
Si ou te soumèt aplikasyon azil ou a bay USCIS, ou kapa b tcheke lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) pou wè dat yo te resevwa aplikasyon azil ou a. Apre sa, ajoute 150 jou pou w konnen ki lè ou kapa b aplike pou yon pemi travay. (Pa egzanp, si yo te resevwa aplikasyon azil ou a nan dat 1ye septanm 2026, ou ta kapa b chèche sou Google “150 days after September 1, 2026” pou w konnen ou ta kapa b aplike pou yon pemi travay apati 29 janvye 2027.)
Si ou te soumèt aplikasyon azil ou a nan tribinal imigrasyon, ou kapa b rele liy dirèk tribinal imigrasyon an pou tcheke konbyen jou ki genyen sou revèy azil ou a. Rele liy dirèk tribinal la nan 1-800-898-7180, peze 1 pou enstriksyon an anglè, antre nimewo alyen (A number) ou a, peze 1 pou konfime nimewo alyen ou a, peze 1 pou konfime non ou, epi apre sa peze 2 pou konnen kantite jou ki sou revèy ou a. Fliyè sa a esplike an detay kijan pou w rele liy dirèk tribinal imigrasyon an.
Si ou rele liy dirèk tribinal imigrasyon an epi kantite jou yo sanble pa kòrèk, oswa si liy dirèk la di “pa gen revèy,” aprann ki etap ou kapa b pran.
Si ou gen kesyon sou kapasite w pou aplike pou yon pemi travay, ou ka vle konsilte yon avoka. Jwenn èd legal isit la.
Konbyen sa koute pou aplike pou yon premye pemi travay antanke moun k ap chèche azil?
Kounye a, sa koute $570 pou aplike pou yon premye pemi travay antanke moun k ap chèche azil. Li pa posib pou aplike pou yon egzansyon pou frè a.
Si w ap soumèt aplikasyon pemi travay ou a sou entènèt, ou kapa b peye frè a lè w bay enfòmasyon sou kat kredi w, kat debi w, oswa kont labank ou Ozetazini nan fen aplikasyon an sou entènèt. Si ou pa gen yon kat kredi oswa debi, ou kapa b sèvi ak kach tou pou achte yon kat pre-peye nan anpil gwo magazen. Asire w ou kite ase lajan sou kat la pou kouvri frè aplikasyon an.
Si w ap soumèt aplikasyon pemi travay ou a pa lapòs, gen kèk fason diferan pou peye frè a:
Kat Kredi oswa Kat Debi. Pou peye ak yon kat kredi oswa yon kat debi, ranpli Fòm G-1450. Mete fòm nan anlè aplikasyon pemi travay ou a. Si ou pa gen yon kat kredi oswa debi, ou kapa b sèvi ak kach pou achte yon kat pre-peye nan anpil gwo magazen. Asire w ou kite ase lajan sou kat la pou kouvri frè aplikasyon an.
Kont Bankè. Pou peye pa debi elektwonik (ACH) apati yon kont bankè Ozetazini, ranpli Fòm G-1650. Mete fòm nan anlè aplikasyon pemi travay ou a.
Chèk. Pou peye ak chèk si ou pa gen aksè ak yon kat kredi oswa yon kont bankè, ou dwe siyen epi mete tou Fòm G-1651, Egzansyon pou Peman Frè sou Papye, anlè Fòm I-765 la ansanm ak chèk ou a. Fè chèk la sou non “U.S. Department of Homeland Security”. Ekri nimewo alyen (A number) ou a (pa egzanp, A# 000-000-000) yon kote sou chèk la.
Moni odè. Pou peye ak moni odè si ou pa gen aksè ak yon kat kredi oswa yon kont bankè, ou dwe siyen epi mete tou yon Fòm G-1651, Egzansyon pou Peman Frè sou Papye anlè Fòm I-765 la ansanm ak moni odè ou a. Ou kapa b achte yon moni odè nan yon biwo lapòs, nan yon bank, ak nan kèk magazen. Fè moni odè a sou non “U.S. Department of Homeland Security”. Ekri nimewo alyen ou a (pa egzanp, A# 000-000-000) yon kote sou moni odè a.
Renouvèlman Pemi Travay
Ki règ ki genyen pou renouvèlman pemi travay pou moun k ap chèche azil?
Ki lè mwen dwe aplike pou m renouvle pemi travay mwen kòm yon moun k ap chèche azil?
Konbyen sa koute pou renouvle yon pemi travay kòm yon moun k ap chèche azil?
Èske mwen kapa b toujou travay apre pemi travay mwen an ekspire?
Ki règ ki genyen pou renouvèlman pemi travay pou moun k ap chèche azil?
Ki lè pou w aplike: Deside ki lè pou w renouvle kapab yon desizyon konplike, paske li difisil pou konnen konbyen tan USCIS ap pran pou trete aplikasyon renouvèlman w lan. Pou plis enfòmasyon sou avantaj ak risk ki genyen lè w aplike pou renouvle pemi travay ou jiska 18 mwa davans.
Pri: Si w ap renouvle pemi travay ou sou entènèt, sa koute yon total $745. Si w ap renouvle pemi travay ou pa lapòs, sa koute yon total $795. Li posib pou w aplike pou yon egzansyon pou frè a pou yon pati nan frè a, men yo ka pa akòde w li.
Kouman pou w aplike: Ou ka aplike sou entènèt oswa pa lapòs. Aprann kijan pou w fè sa isit la.
Kouman pou w tcheke estati w: Ou ka tcheke estati aplikasyon w lan lè w antre nimewo resi a sou paj entènèt USCIS sa a oswa nan kont USCIS ou sou entènèt. Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa.
Ekstansyon otomatik: Si w te aplike pou renouvle pemi travay ou kòm yon moun k ap chèche azil anvan 30 oktòb 2025 epi anvan pemi travay ou a te ekspire, pemi travay ou a pwolonje otomatikman pou 540 jou apre dat ekspirasyon ki ekri sou kat la. Si w renouvle pemi travay ou kòm yon moun k ap chèche azil nan dat 30 oktòb 2025 oswa apre sa, pemi travay ou a ap ekspire nan dat ekspirasyon an, san okenn ekstansyon.
Tan datant: Gouvènman an ka pran anpil tan pou trete renouvèlman pemi travay yo, pafwa plis pase 18 mwa. Aprann plis sou reta yo isit la.
Tan pemi travay la ap dire: Pemi travay yo bay apre 4 desanm 2025 pou moun k ap chèche azil yo pral valab pou 18 mwa, olye de 5 an. Men, si w te resevwa yon pemi travay 5 an nan dat 4 desanm 2025 oswa anvan sa, li toujou valab pou 5 an. Aprann plis sou paj entènèt USCIS la. Ou ka kontinye renouvle pemi travay ou pandan w ap aplike pou azil.
Pwoblèm ak aplikasyon w lan: Si yo rejte aplikasyon pemi travay ou a oswa si gen lòt pwoblèm, li enfòmasyon sou pwoblèm ki ka rive ak sa ou ka fè.
Ki lè mwen ta dwe fè demann pou m renouvle pemi travay mwen kòm yon moun k ap chèche azil?
Ki lè pou w renouvle a kapab yon desizyon ki konplike, paske li difisil pou w konnen konbyen tan USCIS ap pran pou l trete aplikasyon renouvèlman w lan.
Dapre sa USCIS di pou mwa novanm 2026, 20% nan aplikasyon pou renouvèlman pemi travay yo toujou annatant apre 18 mwa edmi. Men, gen kèk renouvèlman pemi travay ki trete pi vit pase sa. Ou kapab wè tou yon dekonpozisyon ki pi detaye nan done gouvènman an ki soti nan mwa jen 2026. Ou kapab tcheke tou tan tretman aktyèl yo sou paj entènèt an USCIS sa a, men paj entènèt sa a gen enfòmasyon ki trè jeneral sèlman.
Yon avantaj si w fè demann lan pi bonè se ke ou gen plis chans pou w evite pwoblèm kote w vin gen yon peryòd kote w pa gen yon pemi travay ki valid.
Men, yon dezavantaj se ke li koute chè pou w fè demann pou yon renouvèlman pemi travay, epi si yo trete aplikasyon w lan pi vit pase jan sa fèt nòmalman, nouvo pemi travay ou a ap kòmanse touswit – sa k ap fini pemi travay ou genyen kounye a anvan li ekspire.
Pafwa nou tande moun ki enkyete paske yo panse yo pa gen dwa soumèt aplikasyon renouvèlman yo a twò bonè. USCIS rekòmande jeneralman pou w soumèt yon aplikasyon pou renouvèlman pemi travay 180 jou anvan dat ekspirasyon ki sou kat pemi travay ou genyen kounye a. Men, USCIS pa ta dwe rejte aplikasyon renouvèlman w lan paske w soumèt li pi bonè pase 180 jou. Si USCIS refize aplikasyon renouvèlman pemi travay ou a oswa li voye yon Demann pou Plis Dokiman (Request for Evidence) ba ou, ou kapab voye yon imèl ba nou nan [email protected].
Aprann kijan pou w renouvle pemi travay ou sou entènèt.
Konbyen sa koute pou renouvle yon pemi travay kòm yon moun k ap chèche azil?
Depi nan dat 22 jiyè 2025, pri pou renouvle pemi travay ou kòm yon moun k ap chèche azil te ogmante de $275. Si w ap renouvle pemi travay ou sou entènèt, kounye a li koute yon total $745. Si w ap renouvle pemi travay ou pa lapòs, kounye a li koute yon total $795.
Si w ap soumèt renouvèlman pemi travay ou sou entènèt, ou kapab peye frè depozisyon an lè w bay enfòmasyon sou kat kredi w, kat debi w, oswa enfòmasyon sou kont labank ou Ozetazini nan fen aplikasyon an sou entènèt. Si w pa gen yon kat kredi oswa debi, ou kapab sèvi ak kach tou pou w achte yon kat pre-peye nan anpil gwo magazen. Asire w ou kite ase lajan sou kat la pou kouvri frè depozisyon an.
Si w ap soumèt renouvèlman pemi travay ou pa lapòs, gen kèk fason diferan ou kapab peye frè depozisyon an:
Kat Kredi oswa Kat Debi. Pou peye ak yon kat kredi oswa yon kat debi, ranpli de Fòm G-1450 separe - youn pou yon kantite $275, epi lòt la pou $520. Mete fòm yo anlè aplikasyon renouvèlman w lan. Si ou pa gen yon kat kredi oswa debi, ou kapa b sèvi ak kach pou achte yon kat pre-peye nan anpil gwo magazen. Asire w ou kite ase lajan sou kat la pou kouvri frè aplikasyon yo.
Kont Bankè. Pou peye pa debi elektwonik (ACH) soti nan yon kont bankè Ozetazini, ranpli de fòm Fòm G-1650 - youn pou yon kantite $275, epi lòt la pou $520. Mete fòm yo anlè aplikasyon renouvèlman w lan.
Chèk. Apati 28 oktòb 2025, pou peye pa chèk si ou pa gen aksè ak yon kat kredi oswa yon kont bankè, ou dwe siyen epi mete tou Fòm G-1651, Egzansyon pou Peman Frè sou Papye, anlè Fòm I-765 la ansanm ak de chèk. Ekri yon chèk pou $275 epi lòt la pou $520. Fè chèk yo peyab pou “U.S. Department of Homeland Security”. Ekri nimewo alyen (A number) ou a (pa egzanp, A# 000-000-000) yon kote sou chèk yo.
Moni Odè. Apati 28 oktòb 2025, pou peye pa moni odè si ou pa gen aksè ak yon kat kredi oswa yon kont bankè, ou dwe siyen epi mete tou yon Fòm G-1651, Egzansyon pou Peman Frè sou Papye anlè Fòm I-765 la ansanm ak de moni odè. Achte yon moni odè pou $275 ak yon lòt pou $520. Ou kapa b achte moni odè nan yon biwo lapòs, yon bank, ak kèk magazen. Fè moni odè yo peyab pou “U.S. Department of Homeland Security”. Ekri nimewo alyen ou a (pa egzanp, A# 000-000-000) yon kote sou moni odè yo.
Si ou pa kapab peye tout frè a pou renouvle pemi travay ou, ou kapa b mande yon egzansyon pou frè a pou yon pati nan frè a. Aprann kijan pou fè sa isit la.
Èske mwen kapa b toujou travay apre pemi travay mwen an ekspire?
Petèt. Nan dènye ane sa yo, anpil moun k ap chèche azil te resevwa yon ekstansyon otomatik pou pemi travay yo apre yo te fin aplike pou renouvle pemi travay yo. Nan dat 30 oktòb 2025, gouvènman an te sispann bay nouvo ekstansyon otomatik pou pemi travay pou moun k ap chèche azil yo. Men, si ou te resevwa yon ekstansyon otomatik pou pemi travay ou nan dat 29 oktòb 2025 oswa anvan sa, ekstansyon w lan pa anile. Kontinye li paj sa a pou plis enfòmasyon sou ekstansyon 540 jou a, ke dè milye manm ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) te travay ansanm pou rann posib.
Kijan pou m konnen si m te deja resevwa yon ekstansyon otomatik pou pemi travay mwen?
Pemi travay ou te deja pwolonje otomatikman pou 540 jou si:
Pemi travay ou baze sou yon aplikasyon azil ki annatant oswa yon lòt kategori ki elijib (gade anba a), EPI
Ou te aplike pou renouvle pemi travay ou anvan dat ekspirasyon ki ekri sou kat la, EPI
Ou te aplike pou renouvle pemi ou nan dat 29 oktòb 2025 oswa anvan sa.
Si ou te deja resevwa yon ekstansyon otomatik pou pemi travay ou, ekstansyon w lan toujou valab jiska 540 jou apre dat ekspirasyon ki ekri sou li a. Nouvo règleman an pa konsène ou.
Aplikasyon pemi travay mwen an baze sou TPS. Èske ekstansyon an konsène mwen?
Petèt! Ekstansyon 540 jou a aplikab pou moun ki te aplike pou renouvèlman pemi travay baze sou Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pandan peryòd re-enskripsyon TPS la epi ki te resevwa yon lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) ki montre ekstansyon 540 jou a (gade egzanp isit la).
Moun ki gen TPS kapa b kalifye tou pou yon lòt ekstansyon pemi travay diferan. Si ou elijib pou plis pase yon kalite ekstansyon pemi travay TPS, ou kapa b sèvi ak ekstansyon ki pi long ki aplikab pou ou a. Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa a.
Aplikasyon pemi travay mwen an pa baze sou azil oswa TPS. Èske ekstansyon an aplikab pou mwen?
Petèt! Ekstansyon 540 jou a aplikab pou plizyè kalite pemi travay, men malerezman li pa aplikab pou tout kalite.
Pa egzanp, ekstansyon an aplikab pou moun ki te aplike pou renouvèlman pemi travay nan dat 29 oktòb 2025 oswa anvan sa, baze sou:
yon aplikasyon azil ki annatant
si ou genyen azil
si ou genyen sispansyon depòtasyon (withholding of removal)
yon aplikasyon annatant pou rezidans pèmanan (permanent residence) ki baze sou fanmi oswa travay
Ou kapa b vizite paj entènèt an gouvènman sa a pou w wè yon lis konplè kategori pemi travay ki elijib pou ekstansyon an.
Pandan konbyen tan mwen kapa b travay apre dat ekspirasyon orijinal ki sou kat pemi travay mwen an?
Si ou te resevwa oto-ekstansyon 540 jou a, pemi travay ou genyen kounye a pwolonje otomatikman pou 540 jou apre dat ekspirasyon an. Si yo apwouve aplikasyon renouvèlman w lan epi ou resevwa yon nouvo kat pemi travay, lè sa a kat la pral gen yon nouvo dat ekspirasyon epi ou ta dwe sèvi ak nouvo kat la.
Pa egzanp, imajine pemi travay ou te gen yon dat ekspirasyon ki ekri 1ye septanm 2025. Nan ka sa a, pou w ta gen oto-ekstansyon an, USCIS dwe te resevwa yon aplikasyon pou renouvle pemi travay ou nan dat 1ye septanm 2025 oswa anvan sa.
Si se sa, ou kapa b chèche sou Google “540 days after September 1, 2025” pou w konnen ou kapa b kontinye sèvi ak pemi travay ou genyen kounye a jouk rive 23 fevriye 2027.
Kouman mwen kapa b montre bòs mwen pemi travay mwen an te pwolonje pou 540 jou?
Ou kapa b montre anplwayè w la lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) ak paj entènèt USCIS sa a pou ede yo konprann ekstansyon 540 jou a. Paj entènèt USCIS la disponib tou nan lòt lang—ou kapa b jwenn lyen tradiksyon yo toupre tèt paj la.
E si bòs mwen an konfonn oswa li gen plis kesyon sou ekstansyon pemi travay mwen an?
Si bòs ou oswa anplwayè w toujou gen kesyon sou ekstansyon pemi travay ou, yo kapa b rele nimewo telefòn USCIS sa a pou anplwayè yo, epi yon ofisyèl USCIS ta dwe reponn kesyon yo: 888-464-4218.
Si ou gen kesyon sou ekstansyon pemi travay ou, ou kapa b rele nimewo USCIS sa a tou, ki disponib an anglè ak panyòl: 888-897-7781.
Si anplwayè w la toujou konfonn, ou menm oswa anplwayè w kapa b rele tou yon biwo gouvènman ki rele Immigrant and Employee Rights Section nan Civil Rights Division nan Department of Justice. Nimewo telefòn yo se 1-800-255-8155 pou anplwayè, ak 1-800-255-7688 pou anplwaye. Tou de nimewo telefòn sa yo kapa b resevwa apèl an anglè ak panyòl.
Èske mwen kapa b sèvi ak ekstansyon sa a pou m renouvle lisans chofè m?
Pwobableman! Pifò eta ta dwe aksepte ekstansyon sa a si ou montre kat pemi travay ou ak lèt receipt notice ou lè w ale nan Department of Motor Vehicles (DMV). Ou kapa b montre yo tou paj entènèt USCIS sa a ki esplike ekstansyon an.
Men chak eta Ozetazini gen règ diferan konsènan lisans chofè pou imigran, epi manm ASAP yo konn rapòte pafwa yo fè eksperyans diferan menm nan biwo DMV ki diferan nan menm eta a. Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa a pou lisans chofè yo.
Kisa mwen kapab fè si mwen pa te resevwa pwolongasyon an epi aplikasyon renouvèlman mwen an anreta?
Si ou pa te jwenn pwolongasyon an, oswa si ou bezwen akselere pwosesis renouvèlman ou an pou nenpòt lòt rezon, ou kapab klike isit la pou li etap ou kapab pran yo. (Menmsi keksyon an di li konsène pemi travay ki pa baze sou azil, ou kapab toujou eseye Etap 1, 2, oswa 5 yo eksplike nan repons lan.)
Ranpli Aplikasyon pou Pemi Travay ak Nimewo Social Security
Èske mwen kapa b aplike pou yon pemi travay sou entènèt oswa pa lapòs?
Kouman pou mwen aplike pou yon pemi travay lè mwen telechaje yon PDF sou entènèt?
Kouman pou mwen aplike pou yon pemi travay pou mari/madanm mwen oswa pitit mwen?
Kouman pou mwen aplike pou yon nimewo social security (SSN)?
Èske mwen kapa b aplike pou yon pemi travay sou entènèt oswa pa lapòs?
Gen twa fason ou kapab aplike pou pemi travay ou kòm yon moun k ap chèche azil.
Ou kapab itilize aplikasyon sou entènèt USCIS la. Pou pifò moun k ap chèche azil, sa se pi bon opsyon an epi li pi rapid! Ou ta dwe resevwa yon lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) otomatik, epi an jeneral yo trete aplikasyon pemi travay ou a pi rapid. Gade videyo sa a epi li gid sa a.
Ou kapab ranpli Fòm I-765 epi telechaje l sou entènèt kòm yon PDF. Li enstriksyon ki anba yo. Sa kapab yon bon opsyon si w ap renouvle oswa ranplase pemi travay ou epi w ap mande yon egzansyon pou frè a.
Ou kapab ranpli Fòm I-765 epi voye l pa lapòs. Li enstriksyon ki anba yo oswa gade videyo sa a. Ou kapab wè tou egzanp dosye aplikasyon sa a.
Tanpri pran nòt: si w ap aplike pou yon lòt kalite pemi travay (pa kòm yon moun k ap chèche azil), ou ka pa kapab aplike sou entènèt nan itilize 2 premye opsyon yo. Opsyon sou entènèt yo disponib sèlman pou sèten kalite pemi travay, tankou pemi travay ki baze sou demann azil, pawol (“parole”), ak Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS). Ou kapab tcheke sit entènèt USCIS sa a pou wè si ou kapab depoze l sou entènèt.
Kouman pou mwen aplike pou yon pemi travay sou entènèt?
Si ou gen yon aplikasyon azil ki annatant, ou kapab aplike pou pemi travay ou sou entènèt, nan itilize fòm aplikasyon sou entènèt USCIS la. Pou enstriksyon detaye, gade videyo sa a oswa li gid sa a. Règ pou moun ki kapab aplike yo se menm jan ak lè w ap voye yon aplikasyon pa lapòs.
Pou pifò moun, aplike sou entènèt ak USCIS se pi bon opsyon an epi li pi rapid. Ou ta dwe resevwa yon receipt notice otomatik, epi an jeneral yo trete aplikasyon pemi travay ou a pi rapid.
Men, si w ap aplike pou yon lòt kalite pemi travay (pa kòm yon moun k ap chèche azil), ou ka pa kapab aplike sou entènèt. Opsyon sou entènèt la disponib sèlman pou sèten kalite pemi travay. Ou kapab tcheke sit entènèt USCIS sa a pou wè si ou kapab depoze l sou entènèt.
Etap adisyonèl pou aplike pou mari/madanm ou oswa pitit ou
Si ou te enkli mari/madanm ou oswa pitit ou nan aplikasyon azil ou a, yo kapab aplike tou pou yon pemi travay. Chak manm fanmi an dwe ranpli yon aplikasyon pemi travay separe lè yo sèvi ak yon kont USCIS (kont USCIS) sou entènèt ki separe, epi peye yon frè separe (epi soumèt pwòp aplikasyon egzansyon pou frè a pa yo, si sa aplikab).
Chak manm fanmi an dwe enkli pwòp foto ak pyès idantite pa yo.
Epi tou, enkli yon kopi 3 premye paj aplikasyon azil ou a (Fòm I-589), pou montre ou te mete non manm fanmi an sou li.
Epi tou, enkli yon kopi yon dokiman ki sèvi kòm prèv relasyon nou, tankou yon ak maryaj oswa yon ak nesans. Si dokiman an pa nan lang Anglè, li dwe tradui epi li dwe genyen yon sètifika tradiksyon.
Epi tou, enkli lòt prèv ki montre oumenm ak manm fanmi w lan nan menm dosye a, tankou yon kopi avi pou parèt nan tribinal imigrasyon ki montre non nou de a, oswa yon kopi lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan.
Apre ou fin aplike, ou ka resevwa tou yon lèt randevou pou al fe byometrik (biometrics notice), kote gouvènman an pral pran anprent ou, foto dijital ou, oswa tou de. Li plis enfòmasyon sou randevou byometrik.
Si yo apwouve pemi travay ou a, ou kapab aplike pou yon nimewo social security (SSN) apre ou fin resevwa kat pemi travay ou a.
Kouman pou mwen aplike pou yon pemi travay lè mwen telechaje yon PDF sou entènèt?
Si ou vle soumèt aplikasyon pemi travay ou a lè ou telechaje yon fòm PDF sou entènèt, ou ka swiv enstriksyon ki anba yo. Sa kapab yon bon opsyon si w ap renouvle pemi travay ou epi w ap mande yon egzansyon pou frè a pou yon pati nan frè a. Men, si ou pa mande yon egzansyon pou frè a, li pi rapid pou ou aplike pou yon pemi travay lè ou sèvi ak aplikasyon sou entènèt la.
1. Ranpli Fòm I-765
Telechaje aplikasyon pemi travay la (Fòm I-765) sou paj entènèt an USCIS sa a.
Gade videyo sa a pou jwenn enstriksyon etap pa etap sou fason pou ranpli Fòm I-765 la.
Si w ap aplike pou yon pemi travay baze sou yon aplikasyon azil ki annatant, “kategori kalifikasyon” ou pou Kesyon 27 la se “(c)(8).”
Si sa pral premye pemi travay ou nan kategori (c)(8), koche kaz 1.a. “Initial permission to accept employment” – menmsi ou te deja gen yon pemi travay nan yon lòt kategori tankou pawòl (“parole”) oswa Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS). Men si w ap aplike pou renouvle pemi travay ou nan kategori (c)(8), koche kaz 1.c. pito.
Si yon kesyon pa konsène ou, mete “N/A”.
2. Telechaje Fòm I-765 la kòm yon PDF sou entènèt.
Konekte oswa kreye yon kont USCIS (USCIS account).
Si w ap itilize yon telefòn, klike sou “Menu” nan kwen anwo adwat la, klike sou “Account actions,” epi klike sou “File a form online.” Si w ap itilize yon òdinatè, klike sou “My Account” nan kwen anwo adwat la, epi klike sou “File a form online.”
Apre sa, chwazi “I-765, Application for Employment Authorization” nan meni dewoulan an.
Chwazi kategori w la. Si w ap aplike pou yon pemi travay baze sou yon aplikasyon azil ki annatant, chwazi “(c)(8) Pending Asylum and Withholding of Removal Applicants and Applicants for Asylum under the ABC Settlement Agreement.”
Epi klike sou “Continue.”
Apre sa, w ap wè de opsyon: “Fill Out Form Fields Online” ak “Upload a Filled Out PDF Form.” Chwazi dezyèm opsyon an, “Upload a Filled Out PDF Form.”
Nan pwochen seksyon ki rele “Upload PDF” la, eskane epi telechaje aplikasyon pemi travay ou a (Fòm I-765). Sit entènèt la pral verifye si w ap soumèt tout paj Fòm I-765 la.
Apre sa, nan seksyon “Evidence” la, eskane epi telechaje prèv pou aplikasyon pemi travay ou a. Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou seksyon prèv la isit la.
Nan seksyon “Review & Submit” la, ou ka wè kèk alèt sou koreksyon ou bezwen fè anvan ou ka soumèt aplikasyon w lan. Korije erè yo, revize aplikasyon w lan avèk swen, epi soumèt li.
Apre ou fin soumèt aplikasyon azil ou a, tcheke kont USCIS ou a souvan pou w wè avi enpòtan sou estati aplikasyon w lan.
3. Lòt etap pou w aplike pou mari/madanm ou oswa pitit ou
Si ou te enkli mari/madanm ou oswa pitit ou nan aplikasyon azil ou a, yo ka aplike pou yon pemi travay tou. Chak manm fanmi an dwe ranpli yon aplikasyon pemi travay separe lè yo itilize yon kont USCIS separe, epi peye yon frè separe (epi soumèt pwòp aplikasyon egzansyon pou frè a, si sa aplikab).
Chak manm fanmi an dwe mete pwòp foto yo ak pyès idantite yo.
Mete tou yon kopi 3 premye paj aplikasyon azil ou a (Fòm I-589), pou montre ou te mete non manm fanmi an sou li.
Mete tou yon kopi yon dokiman ki sèvi kòm prèv relasyon nou, tankou yon ak maryaj oswa yon ak nesans. Si dokiman an pa an anglè, li dwe tradui epi li dwe gen yon sètifika tradiksyon.
Mete tou lòt prèv ki montre oumenm ak manm fanmi w lan fè pati menm dosye a, tankou yon kopi avi randevou nan tribinal imigrasyon ki montre non nou de a, oswa yon kopi lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan.
Apre ou fin aplike, ou ka resevwa yon lèt randevou pou al fe byometrik (biometrics notice), kote gouvènman an pral pran anprent dwèt ou, foto dijital, oswa tou de. Li plis enfòmasyon sou randevou byometrik.
Si yo apwouve pemi travay ou a, ou ka aplike pou yon nimewo social security (SSN) apre ou fin resevwa kat pemi travay ou a.
Kijan pou mwen aplike pou yon pemi travay pa lapòs?
Si ou vle soumèt aplikasyon pemi travay ou pa lapòs, ou kapab li enstriksyon ki anba yo, gade videyo sa a, epi gade egzanp dosye aplikasyon sa a. (Nòt: pou pifò moun k ap chèche azil, li pi rapid pou aplike pou yon pemi travay lè ou sèvi ak aplikasyon anliy lan.)
Men pati ki dwe nan dosye w ap voye pa lapòs la kòm yon moun k ap chèche azil, nan lòd sa a:
1. Frè pou Depoze Dosye a
Gen nouvo frè pou pemi travay. Aprann kijan pou mete frè pou yon premye pemi travay oswa frè pou yon renouvèlman pemi travay.
Si w ap renouvle pemi travay ou epi w ap mande yon egzansyon pou frè a pou yon pati nan frè a, ou kapab mete demann egzansyon frè a ak prèv yo, olye pou pati sa a nan frè a. Jwenn plis enstriksyon isit la.
2. Fòm G-1145 (si ou vle)
Si ou vle, ou kapab mete Fòm G-1145 pou resevwa avi konsènan aplikasyon w lan pa mesaj tèks oswa pa imèl.
3. Fòm I-765
Telechaje aplikasyon pemi travay la (Fòm I-765) sou paj entènèt an USCIS sa a.
Si w ap aplike pou yon pemi travay baze sou yon aplikasyon azil ki annatant, “kategori kalifikasyon” ou pou Kesyon 27 se “(c)(8).”
Si sa a pral premye pemi travay ou nan kategori (c)(8), koche kaz 1.a. “Initial permission to accept employment” – menmsi ou deja gen yon pemi travay nan yon lòt kategori tankou pawol (“parole”) oswa Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS). Men si w ap aplike pou renouvle pemi travay ou nan kategori (c)(8), koche kaz 1.c. pito.
Si yon kesyon pa konsène ou, mete “N/A”.
4. Foto
W ap bezwen gen 2 foto fòma paspò.
Ekri non ou ak nimewo alyen (A number) ou ak kreyon oswa yon makè sou do foto yo.
Tache foto yo nan kwen anwo adwat premye paj Fòm I-765 la. Pa egzanp, sèvi ak klips oswa mete foto yo nan yon ti sache plastik epi agrafe sache a sou fòm nan.
5. Pyès Idantite Gouvènman an
Mete yon kopi paspò ou oswa yon lòt dokiman idantite (“ID”) gouvènman an bay ki gen yon foto an anglè. Si paspò a oswa ID gouvènman an pa an anglè, mete yon tradiksyon ID a ak yon sètifika tradiksyon.
Si w ap renouvle pemi travay ou, mete tou yon imaj kat pemi travay ou genyen kounye a (devan ak dèyè).
6. Prèv ou te soumèt aplikasyon azil ou a, si sa posib
Si sa posib, mete prèv ki montre ou te soumèt aplikasyon azil ou a. Pa egzanp, ou ta kapab soumèt yon kopi lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice), yon kopi premye paj aplikasyon I-589 ou a ki gen yon tenm sou li, oswa yon kopi avi pou pwochen randevou w nan tribinal imigrasyon an.
7. Lòt etap pou aplike pou mari/madanm ou oswa pitit ou
Si ou te enkli mari oswa madanm ou oswa pitit ou nan aplikasyon azil ou a, yo kapa b aplike tou pou yon pemi travay. Chak manm fanmi an dwe ranpli yon aplikasyon pemi travay separe, epi peye yon frè separe (epi soumèt pwòp aplikasyon egzansyon pou frè a pa yo, si sa aplikab).
Aplikasyon chak manm fanmi an dwe genyen ladan li pwen 1 rive nan 6 ki nan lis anlè a, avèk pwòp foto yo ak pyès idantite yo.
Epi tou, mete yon kopi 3 premye paj aplikasyon azil ou a (Fòm I-589), pou montre ou te mete non manm fanmi an sou li.
Epi tou, mete yon kopi yon dokiman ki sèvi kòm prèv relasyon nou, tankou yon batistè maryaj oswa yon batistè nesans. Si dokiman an pa nan lang Angle, li dwe tradui epi li dwe genyen yon sètifika tradiksyon.
Epi tou, mete lòt prèv ki montre ou menm ak manm fanmi ou nan menm dosye a, tankou yon kopi avi pou paret nan tribinal imigrasyon ou a ki montre non nou de a, oswa yon kopi lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan.
Ou kapa b mete dosye tout manm fanmi yo nan menm anvlòp la, men ou dwe separe yo ak kawotchou oswa klips. Ou kapa b mete yon moso papye tou sou tèt chak dosye aplikasyon ki di, pa egzanp, “Manm Fanmi 1” ak “Manm Fanmi 2”.
Pou voye dosye aplikasyon an pa lapòs:
Ou kapa b voye aplikasyon pemi travay ou a bay USCIS pa mwayen lapòs USPS, FedEx, UPS, oswa DHL. Ou kapa b gade videyo sa a sou fason pou voye fòm yo pa lapòs oswa jwenn konsèy pou voye dokiman pa lapòs isit la.
Klike isit la pou jwenn adrès pou voye aplikasyon w lan pa lapòs. Si w ap aplike pou yon pemi travay baze sou aplikasyon azil ou ki annatant, dabò desann nan meni an pou klike sou “Asylees/refugees and their spouses and children”. Apre sa, anba sa, jwenn adrès ki nan lis pou kategori “(c)(8)” la. Adrès sa yo kapa b chanje, donk asire w ou tcheke sit entènèt USCIS la pou jwenn adrès ak enstriksyon ki pi resan yo.
Si w sèvi ak FedEx, UPS, oswa DHL pou voye aplikasyon w lan, asire w ou mete liy ki di “Attn: I-765 C08 (650888)” nan adrès la. Si w pa mete liy sa a, gouvènman an kapa b pran reta nan trete aplikasyon w lan.
Si sa posib, jwenn yon nimewo swivi pou aplikasyon w lan epi konsève li! W ap bezwen li si gouvènman an pran reta nan trete aplikasyon w lan.
Si ou kapa b, fè epi kenbe yon fotokopi tout sa ou voye.
Pou plis detay sou fason pou aplike pou yon pemi travay pa lapòs, tanpri gade videyo sa a, epi gade egzanp dosye aplikasyon sa a.
Apre ou fin aplike, ou kapa b resevwa yon lèt randevou pou al fe byometrik (biometrics notice), kote gouvènman an pral pran anprent ou, foto dijital ou, oswa tou de. Li plis enfòmasyon sou randevou byometrik.
Si yo apwouve pemi travay ou a, ou kapa b aplike pou yon nimewo social security (SSN) apre ou fin resevwa kat pemi travay ou a.
Kouman pou mwen aplike pou yon pemi travay pou mari/madanm mwen oswa pitit mwen?
Ou kapab aplike pou yon pemi travay pou mari/madanm ou oswa pitit ou si yo gen pwòp aplikasyon azil pa yo oswa si yo enkli nan aplikasyon azil pa ou la. Kit mari/madanm ou oswa pitit ou ki gen mwens pase 21 an epi ki pa marye konsidere kòm moun ki "enkli", sa ka varye si w ap aplike pou azil nan USCIS oswa nan tribinal imigrasyon. Li plis enfòmasyon sou ki moun ki konsidere kòm moun ki "enkli" nan aplikasyon azil ou a.
Nenpòt jan sa ye a, chak moun ki vle yon pemi travay dwe soumèt pwòp aplikasyon pemi travay separe pa yo epi peye yon frè separe. Pou depoze aplikasyon an sou entènèt, chak moun ta dwe gen pwòp kont USCIS sou entènèt pa yo tou.
Si ou te enkli mari/madanm ou oswa pitit ou kòm pati nan aplikasyon azil ou a, ou ta dwe ajoute dokiman anplis nan dosye aplikasyon pemi travay yo a:
Yon kopi 3 premye paj aplikasyon azil ou a (Fòm I-589), pou montre ou te mete yo sou lis la kòm manm fanmi ou.
Yon kopi yon dokiman ki montre relasyon fanmi nou, tankou yon ak maryaj oswa yon ak nesans. Si dokiman an pa nan lang Angle, li dwe tradui epi li dwe genyen yon sètifika tradiksyon.
Prèv ki montre ou menm ak manm fanmi ou fè pati menm dosye a, tankou yon kopi avi pou randevou nan tribinal imigrasyon ou a ki montre non nou de a, oswa yon kopi lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) pou azil la.
Si mari/madanm ou oswa pitit ou te soumèt pwòp aplikasyon azil pa yo, alò yo pa bezwen pwouve yo enkli nan dosye ou a, epi yo pa bezwen mete dokiman anplis sa yo.
Poukisa pou w aplike pou yon pemi travay pou yon timoun? Anpil paran vle aplike pou pemi travay pou pitit yo paske sa bay yon fòm idantifikasyon gouvènman Etazini. Aplike pou yon pemi travay pèmèt timoun yo resevwa yon nimewo social security (SSN) tou, sa ki ka vle di aksè ak benefis gouvènman an tankou Kredi Takis pou Timoun (Child Tax Credit).
Kouman pou mwen aplike pou yon nimewo social security?
Apre ou fin resevwa pemi travay ou, ou kapab swiv etap ki anba yo pou w aplike pou yon nimewo social security (SSN).
Kisa yon SSN ye: Yon nimewo social security se yon nimewo inik gouvènman Etazini bay yon moun. Nimewo social security yo enprime sou kat social security Administrasyon Social Security a bay. Ou kapab travay legalman ak yon pemi travay ak yon nimewo social security. Ou kapab sèvi ak nimewo social security a tou pou w fè deklarasyon taks ou.
Kouman pou w mande yon SSN: Swiv etap ki anba yo apre ou fin resevwa pemi travay ou. Ou kapab gade videyo sa a tou pou w aprann plis sou fason pou w aplike pou yon nimewo social security.
Rele Administrasyon Sekirite Sosyal la pou w pran yon randevou. Esplike yo ou resevwa pemi travay ou men ou pa resevwa kat sekirite sosyal ou a, epi mande pou w pran yon randevou an pèsòn pou w fè demann pou yon kat.
Ou kapab rele nimewo telefòn nasyonal la: 1-800-772-1213.
Oswa, ou kapab rele biwo ki nan zòn kote w rete a. Si ou mete kòd postal (zip code) ou nan bwat ki make “ZIP” sou paj entènèt sa a, li ta dwe montre w biwo ki pi pre w la.
Ou kapab eseye ale tou nan biwo ki nan zòn ou an san w pa gen randevou, men yo ka mande w pou w pran yon randevou epi pou w tounen yon lòt lè.
Ranpli yon fòm pou w mande yon kat Sekirite Sosyal. Anvan randevou w la, ou kapab kòmanse yon aplikasyon sou entènèt oswa ranpli epi enprime fòm sa a.
Sou fòm ki sou entènèt la, ou kapab chwazi “I-766 Employment Authorization Document (EAD) Card” nan paj ki di “Evidence Documentation For You.”
Sou fòm papye a, ou kapab koche “Legal Alien Allowed to Work” nan seksyon “Citizenship” la.
Pote dokiman enpòtan yo nan randevou w la.
W ap bezwen pote fòm ou te ranpli a oswa prèv ki montre ou te fè aplikasyon an sou entènèt, pemi travay ou, ak paspò w si w genyen youn. Ou kapab pote batistè w tou ak lòt kalite dokiman idantite gouvènman an bay ki gen foto w sou li.
Si ou gen kesyon: Si ou gen kesyon sou nimewo social security (SSN), ou kapab rele Administrasyon Sekirite Sosyal la nan 800-772-1213 oswa eseye rele biwo ki nan zòn kote w rete a. Pou w jwenn biwo ki nan zòn ou an, mete kòd postal ou nan bwat ki make “ZIP” sou paj entènèt biwo Sekirite Sosyal sa a.
Ou ka pa kapab rezoud pwoblèm ou an nan telefòn. Nan ka sa a, ou kapab mande yon randevou. Ou kapab eseye ale tou nan biwo ki nan zòn ou an san w pa gen randevou, men yo ka mande w pou w pran yon randevou epi pou w tounen yon lòt lè.
Kisa pou w fè pou kont labank oswa kont kredi: Ou kapab ouvri kont labank ak kont kredi si ou gen yon dosye azil ki annatant. Pou plis enfòmasyon, klike isit la.
Konbyen tan sa pral pran pou m resevwa yon desizyon sou pemi travay mwen epi kijan pou m tcheke estati a?
Premye pemi travay: Lwa a mande pou USCIS trete premye aplikasyon pemi travay pou moun k ap chèche azil yo nan yon delè 30 jou. Men, anpil moun k ap chèche azil rapòte reta ki depase 30 jou. Aprann kisa ou kapab fè si aplikasyon w lan an reta.
Renouvèlman pemi travay: Gouvènman an ap pran plis pase 18 mwa pou trete pifò renouvèlman pemi travay, pafwa sa pran plis pase yon ane. Men, si ou te fè aplikasyon pou renouvle pemi travay ou kòm yon moun k ap chèche azil anvan 30 oktòb 2025 epi anvan pemi travay ou a te ekspire, pemi travay ou a ap toujou pwolonje otomatikman pou 540 jou apre dat ekspirasyon ki ekri sou kat la. Aprann plis sou pwolongasyon otomatik la isit la.
Pou tcheke estati aplikasyon pemi travay ou a:
Ou kapab antre nimewo lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) sou paj entènèt USCIS sa a. Gade fliyè sa a pou plis enstriksyon.
Ou kapab jwenn yon estimasyon sou tan pwosesis la ap pran nan kont USCIS ou sou entènèt. Kèk jou apre ou fin soumèt aplikasyon pemi travay ou a sou entènèt, ou ta dwe wè yon onglè ki rele “myProgress” anba aplikasyon w lan. Klike sou “myProgress” pou wè estimasyon tan ki rete pou dosye w la. Men, estimasyon tan an ka pa egzat.
Nòt: Si ou te soumèt aplikasyon pemi travay ou a pa LAPÒS, w ap bezwen tann USCIS voye yon receipt notice ak yon kòd aksè sou entènèt ba ou anvan ou kapab konekte nan kont USCIS ou genyen deja a oswa kreye yon nouvo kont. Apre sa, ou kapab lye aplikasyon w lan ak kont ou a sou entènèt la lè w sèvi ak nimewo receipt notice ou a ak kòd aksè sou entènèt la.
Ou kapab eseye rele USCIS dirèkteman nan 1-800-375-5283. Gen kèk moun ki rapòte yo te kapab pale ak yon reprezantan lè yo di “Info Pass” nan telefòn nan lè yo mande w pou eksplike poukisa w ap rele.
Reta yo
Premye pemi travay mwen kòm moun k ap chèche azil la gen plis pase 25 jou reta.
Renouvèlman pemi travay mwen kòm moun k ap chèche azil la gen yon gwo reta.
Mwen resevwa pemi travay mwen, men mwen poko resevwa kat nimewo social security (SSN) mwen an.
Ki etap mwen kapa b fè si m ap tann premye pemi travay mwen kòm moun k ap chèche azil depi plis pase 25 jou?
Etap sa yo ka pa mache, men ou kapa b toujou eseye.
Etap 1: Tcheke si w gen yon lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice).
Tcheke si w te resevwa yon receipt notice pou pemi travay la (gade egzanp yo isit la si se pa lapòs epi isit la si se sou entènèt).
Si ou PA TE resevwa yon receipt notice, aprann ki etap ou kapa b fè.
Si ou TE resevwa yon receipt notice epi w ap tann depi 25 jou oswa plis, ou kapa b eseye fè etap ki anba yo. Etap sa yo fè pati yon ka nan tribinal ki rele Rosario. Men, etap sa yo ka pa mache.
Etap 2: Kontakte USCIS.
Ou gen 3 opsyon diferan pou kontakte USCIS. Si yon opsyon pa mache, eseye yon lòt. W ap bezwen enfòmasyon ki sou receipt notice pemi travay ou a (egzanp yo isit la ak isit la).
Opsyon 1: Pa Telefòn.
Rele Sant Sèvis USCIS (Contact Center) nan 1-800-375-5283.
W ap bezwen bay enfòmasyon sa yo ki sou receipt notice pemi travay ou a:
Nimewo resi a (Receipt number)
Nimewo alyen (A number)
Dat yo te resevwa l la (Received date)
Sa ka pran plizyè tantativ anvan ou jwenn yon reprezantan an dirèk nan sistèm otomatik la. Lè machin nan mande “How can I help you?” (Kijan mwen kapa b ede w?), si w di “Infopass”, pafwa sa ka konekte w ak yon reprezantan pi vit.
Yon fwa ou jwenn yon reprezantan, di yo ou se yon “member of the Rosario class” (manm gwoup Rosario a) paske premye pemi travay ou nan kategori (c)(8) la ap tann depi plis pase 25 jou.
Mande yon nimewo demann sèvis (service request number). Pafwa reprezantan USCIS yo p ap vle ba ou yon nimewo demann sèvis, men ou kapa b ensiste avèk respè. Ekri nimewo demann sèvis ou a ak dat ou te rele USCIS la epi sere yo.
Opsyon 2: Chat sou Entènèt.
Ale sou https://www.uscis.gov/.
Klike sou “Need Help? Chat with Emma” nan kwen anba adwat paj la.
Yon fwa fonksyon chat la louvri, klike sou “Connect to live agent." Chwazi “English.” Klike sou “Yes” pou keksyon ki mande si w gen yon dosye ki deja depoze a. Antre nimewo resi ki sou receipt notice pemi travay ou a.
Lè yo mande w poukisa ou ta renmen pale ak yon reprezantan, ou kapa b tape “Case Status.”
Reponn keksyon yo sou nimewo telefòn ou, resevwa mesaj tèks, kòd postal (zip code), si w se manm lame ameriken, ak adrès imèl ou.
Koche kaz “I accept” la si w aksepte kondisyon yo epi klike sou “Start Chatting”.
Yon fwa w ap kominike ak yon reprezantan, ou kapa b di yo ou se yon manm gwoup “Rosario” a paske premye pemi travay (c)(8) ou a ap pran plis pase 25 jou pou yo trete l.
Mande yon nimewo demann sèvis. Ekri nimewo demann sèvis ou a ak dat ou te kontakte USCIS la epi sere yo.
Opsyon 3: Fòm eRequest sou entènèt.
Ale sou sit entènèt eRequest sa a. Anba “Check case processing” klike sou ”Submit Case Inquiry.” Apre sa, ranpli pwochen paj la ak enfòmasyon ki anba yo.
Nimewo Resi (Receipt Number): antre nimewo resi ki sou lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) pou pemi travay ou a. Sistèm nan ta dwe ranpli kaz “Date Filed” ak “Form Number” yo otomatikman.
Kalite Fòm (Form Sub Type): chwazi “I765 – Based on a pending asylum application [(c)(8)] – initial”.
Pou “This form is being completed by”, chwazi “Applicant or Petitioner” si w ap poze keksyon sou pwòp dosye pa w, oswa “Parent or Legal Guardian” si w ap poze keksyon sou dosye pitit ou.
Enfòmasyon sou Aplikan oswa Petisyonè (Applicant or Petitioner Information): antre adrès imèl ou, non ou, dat nesans ou, ak nimewo alyen (A number) ou, ki make sou resi ou te resevwa a tou.
Dènye Aksyon ki te Fèt nan Dosye a (Last Action Taken on Case): keksyon sa a ap mande enfòmasyon sou dènye lèt oswa notifikasyon ou te resevwa nan men USCIS konsènan aplikasyon pemi travay ou a. Gade “Received Date” ki sou resi pemi travay ou a. Ou kapa b ekri, pa egzanp: “USCIS te resevwa aplikasyon mwen an epi li te voye yon Avi Resi I-797C nan dat [ekri Dat Resi a la a]. Mwen se yon manm nan gwoup Rosario a paske premye Fòm I-765 (c)(8) mwen an gen plis pase 25 jou depi li annatant.”
Adrès Lapòs (Mailing Address): antre adrès kote ou resevwa lèt.
Revize repons ou yo, epi klike sou Submit.
Etap 3: Tann 8 jou epi voye yon imèl.
Apre ou fin kontakte USCIS, ou ta dwe tann omwen 8 jou ouvrab (ajoute 8 jou apati dat ou te kontakte USCIS la, san konte wikenn ak jou ferye). Apre sa, si yo poko trete aplikasyon w lan toujou, ou kapa b voye yon imèl bay bwat imèl Texas Service Center (TSC) Class Action nan [email protected].
Imèl la ta dwe genyen enfòmasyon sa yo:
Sijè imèl la (Subject line): “Rosario Class Action”
Voye imèl la bay: [email protected] AK [email protected]
Nan kò imèl la, mete:
Non ou
Nimewo demann sèvis ou te jwenn nan Etap 2 anlè a
Dat ou te kontakte Sant Sèvis USCIS (Contact Center)
“Nimewo Resi” ki sou resi pemi travay ou a
“Dat Resi” (Received Date) ki sou resi pemi travay ou a
USCIS ta dwe trete aplikasyon pemi travay ou a apre sa.
Etap 4: Si etap anvan yo pa mache, ou kapa b gen kèk lòt opsyon ankò.
Manm Kongrè w la (Reprezantan oswa Senatè) kapa b kapab ede w. Ou pa bezwen yon sitwayen Ameriken pou w mande èd yo. Jwenn Reprezantan w lan la a ak Senatè w yo la a. Vizite sit entènèt yo oswa rele biwo yo pou w konprann kijan pou w mande asistans pou dosye imigrasyon w lan.
Ou kapa b mande USCIS pou yo trete dosye w la pi vit pou yon sikonstans espesyal (yo rele sa yon "demann pou akselere"). Kèk egzanp sou sikonstans espesyal se: maladi grav, gwosès, pèdi travay, oswa gwo difikilte finansye. Men, USCIS pa aksepte demann sa yo souvan. Si ou vle soumèt yon demann, ou kapa b kontakte USCIS nan youn nan fason sa yo:
Rele USCIS nan 1-800-375-5283 epi di “Infopass” pou w pale ak yon ajan
Klike sou "Chat with Emma" sou sit entènèt USCIS la
Voye yon mesaj nan bwat mesaj ki nan kont USCIS ou a sou entènèt
Ou kapa b konsidere depoze yon pouswit lajistis "mandamus" — sa mande yon tribinal federal pou fòse USCIS pran yon desizyon sou dosye w la. Ou kapa b vle chèche asistans nan men yon avoka pou ede w depoze yon pouswit lajistis mandamus.
Kisa mwen kapab fè si m ap tann renouvèlman pemi travay mwen depi lontan antanke yon moun k ap chèche azil?
Nou regrèt dèske ou poko resevwa nouvo pemi travay ou a. USCIS gen anpil reta nan trete renouvèlman yo. Pifò dosye yo ap pran plis pase 18 mwa.
Men kèk bagay ou dwe konsidere:
1. Èske pemi travay ou a pwolonje otomatikman? Si ou te aplike pou renouvle pemi travay ou baze sou yon aplikasyon azil ki annatant anvan 30 oktòb 2025 epi anvan kat ou a te ekspire, ou ka kapab kontinye travay pandan 540 jou anplis apre dat ki ekri sou kat ou a. Sa aplikab kèlkeswa peyi kote ou soti a. Aprann plis sou pwolongasyon otomatik la.
2. Èske ou tcheke estati dosye w la? Antre nimewo lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) sou sit entènèt USCIS sa a. Estati a ta dwe di w si dosye w la ap trete toujou, si y ap egzamine l, si yo pran yon desizyon, oswa si yo te voye kat ou a nan lapòs. Si ou gen kesyon sou sa estati dosye a di, ou ka rele USCIS nan 1-800-375-5283 epi di “Infopass” pou w pale ak yon ajan, oswa ale sou sit entènèt USCIS epi klike sou "Need help? Chat with Emma" epi apre sa “Connect to Live Agent.”
3. Èske w ap tann depi plis tan pase sa ki “nòmal”? Tcheke tan tretman “nòmal” yo sou paj USCIS sa a. Si w ap tann depi plis tan, ou ka ranpli fòm sa a pou mande enfòmasyon sou dosye w la. Men, USCIS ka toujou pa trete dosye w la pi vit.
4. Èske w gen yon sikonstans espesyal? Egzanp sikonstans espesyal yo se: maladi grav, gwosès, pèdi travay, oswa gwo difikilte finansye. Ou ka kapab mande USCIS pou trete dosye w la pi vit (sa yo rele yon "demann pou akselere"). Men, USCIS pa aksepte demann sa yo souvan. Si ou vle soumèt yon demann, ou ka kontakte USCIS nan youn nan fason sa yo:
Rele USCIS nan 1-800-375-5283 epi di “Infopass” pou w pale ak yon ajan
Ale sou sit entènèt USCIS epi klike sou "Need help? Chat with Emma" epi apre sa “Connect to Live Agent”
Voye yon mesaj depi nan bwat mesaj kont USCIS ou a sou entènèt
5. Èske ou konsidere fè yon pwose? Gen kèk imigran ki fè yon pwose "mandamus" — sa mande yon tribinal federal pou fòse USCIS aji sou dosye w la. Fè yon pwose kapab yon pwosesis ki difisil epi li pa toujou mache.
6. Èske ou mande manm kongrè w la èd? Ou ka mande manm kongrè w la (yon Reprezantan oswa yon Senatè) èd pou yo trete renouvèlman pemi travay ou a pi vit. Ou ka vizite sit entènèt yo oswa rele biwo yo pou mande kijan yo ede nan dosye imigrasyon. Men, yo ka pa kapab ede w, oswa menm si yo fè sa, USCIS ka refize trete dosye w la pi vit.
Finalman, pafwa sa ka itil pou w pale ak yon avoka pou w konprann tout opsyon ou genyen. Chèche asistans legal.
Kisa mwen kapa b fè si pemi travay mwen an pa baze sou azil, epi mwen gen lontan m ap tann?
Nou regrèt dèske ou poko resevwa nouvo pemi travay ou a. USCIS gen reta nan trete anpil kalite aplikasyon pou pemi travay.
Men kèk bagay pou w konsidere:
1. Èske pemi travay ou a pwolonje otomatikman? Pou kèk kategori pemi travay, si ou te aplike pou renouvle pemi travay ou baze sou yon aplikasyon azil ki annatant anvan 30 oktòb 2025 epi anvan kat ou a te ekspire, ou ka kapab kontinye travay pandan 540 jou anplis apre dat ki ekri sou kat ou a. Sa aplikab kèlkeswa peyi kote w soti a.
Kèk nan kategori pemi travay ki elijib pou pwolongasyon otomatik gen ladan yo: aplikasyon azil ki annatant (C08), genyen azil (A05), genyen sispansyon depòtasyon (withholding of removal) (A10), ak yon aplikasyon annatant pou rezidans pèmanan (permanent residence) ki baze sou fanmi oswa travay (C09). Ou ka vizite paj entènèt an gouvènman sa a pou w wè yon lis konplè kategori pemi travay ki elijib pou pwolongasyon an.
Moun ki gen pemi travay ki baze sou Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) (C19 oswa A12) ka elijib tou pou yon lòt pwolongasyon pemi travay.
Aprann plis sou pwolongasyon otomatik la.
2. Èske ou te aplike pou azil tou? Si ou te aplike pou azil, ou ka aplike tou pou yon pemi travay ki baze sou aplikasyon azil ou a.
3. Èske ou tcheke estati dosye w la? Mete nimewo lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) sou sit entènèt USCIS la, Estati a ta dwe di w si dosye w la ap trete toujou, si y ap egzamine l, si yo pran yon desizyon, oswa si yo te voye kat ou a pa lapòs. Si w gen kesyon sou sa estati dosye a di, ou ka rele USCIS nan 1-800-375-5283 epi di “Infopass” pou w pale ak yon ajan, oswa ale sou sit entènèt USCIS la epi klike sou "Need help? Chat with Emma" epi apre sa “Connect to Live Agent.”
4. Èske w ap tann depi plis tan pase sa ki “nòmal”? Tcheke tan tretman “nòmal” yo sou paj USCIS sa a. Si w ap tann depi plis tan, ou ka ranpli fòm sa a pou w poze kesyon sou dosye w la. Li pa koute anyen pou w eseye sa, men USCIS ka toujou pa trete dosye w la pi vit.
5. Èske w gen yon sikonstans espesyal? Egzanp sikonstans espesyal se: maladi grav, gwosès, pèdi travay, oswa gwo difikilte finansye. Ou ka kapab mande USCIS pou l trete dosye w la pi vit (sa yo rele yon "demann pou akselere"). Men, USCIS pa aksepte demann sa yo souvan. Si w vle soumèt yon demann, ou ka kontakte USCIS nan youn nan fason sa yo:
Rele USCIS nan 1-800-375-5283 epi di “Infopass” pou w pale ak yon ajan
Ale sou sit entènèt USCIS la epi klike sou "Need help? Chat with Emma" epi apre sa “Connect to Live Agent”
Voye yon mesaj depi nan bwat mesaj kont USCIS ou a sou entènèt
6. Èske w te mande reprezantan kongrè w la èd? Ou ka mande reprezantan kongrè w la (yon Reprezantan oswa yon Senatè) èd pou yo trete renouvèlman pemi travay ou a pi vit. Ou ka vizite sit entènèt yo oswa rele biwo yo pou w mande kijan yo ede nan dosye imigrasyon. Men, yo ka pa kapab ede w, oswa menm si yo fè sa, USCIS ka refize trete dosye w la pi vit.
7. Èske w te konsidere depoze yon pwose? Gen kèk imigran ki depoze yon pwose "mandamus" — sa mande yon tribinal federal pou l fòse USCIS aji sou dosye w la. Depoze yon pwose kapab yon pwosesis ki difisil epi li pa toujou mache.
Finalman, sa ka itil pou w pale ak yon avoka pou w konprann tout opsyon ou genyen. Jwenn asistans legal.
Mwen resevwa pemi travay mwen, men mwen poko resevwa kat nimewo social security (SSN) mwen an. Èske mwen kapa b fè anyen?
Ou kapa b gade videyo sa a oswa swiv etap sa yo pou w aplike pou yon nimewo social security. Nan tan lontan, imigran yo te ka mande yon nimewo social security kòm yon pati nan aplikasyon pemi travay yo epi yo te konn resevwa yon kat social security otomatikman lè yo te apwouve pemi travay yo a. Men, yo pa kapab mande nimewo social security ankò nan aplikasyon pemi travay yo. Okontrè, kounye a imigran yo dwe aplike pou nimewo social security separeman.
Epitou, ou deja kapab travay legalman si ou gen yon pemi travay, menmsi ou poko gen yon kat oswa yon nimewo Social Security. Anplwayè w la ka sèvi ak pemi travay ou pou l ranpli Fòm I-9 ki nesesè pou anboche w depi ou te deja aplike pou yon nimewo Social Security. Ou ka montre anplwayè a paj entènèt an ak piblikasyon gouvènman sa a si li gen kesyon.
Lòt Pwoblèm Kouran
Mwen te deplase apre m te fin soumèt aplikasyon pemi travay mwen an.
Revèy (“asylum clock”) mwen an te sispann apre m te fin soumèt aplikasyon azil mwen an bay USCIS.
Revèy mwen an te sispann apre m te fin soumèt aplikasyon azil mwen an nan tribinal imigrasyon.
Kisa mwen kapa b fè si mwen pa ka peye frè pemi travay la?
Yon “egzansyon pou frè a” (Fòm I-912) se yon demann ou fè bay gouvènman an pou esplike poukisa ou pa gen mwayen pou peye yon frè. USCIS pral egzamine demann egzansyon an epi deside si y ap akòde l oswa si y ap refize l. Ou ka mande egzansyon pou frè sèlman pou kèk aplikasyon:
Si w ap aplike pou premye pemi travay ou kòm yon moun k ap chèche azil, w ap gen pou w peye tout frè inisyal pou pemi travay la. Pa gen okenn fason pou w mande yon egzansyon pou frè a.
Si w ap aplike pou renouvle pemi travay ou kòm yon moun k ap chèche azil, epi ou pa gen mwayen pou peye frè a, ou ka aplike pou yon egzansyon pou yon pòsyon nan frè a.
Si w ap aplike pou ranplase yon pemi travay ki pèdi, yo vòlè, oswa ki domaje, ou ka aplike pou yon egzansyon pou tout frè a nèt.
Pou w mande yon egzansyon pou frè a, ou dwe soumèt aplikasyon pou renouvèlman oswa ranplasman pemi travay ou a pa lapòs oswa lè w telechaje l kòm yon PDF sou entènèt.
Sa pou w konnen anvan w deside mande yon egzansyon pou frè pou renouvèlman oswa ranplasman pemi travay ou:
Si w soumèt yon egzansyon pou frè, USCIS ap egzamine demann egzansyon w lan an premye, anvan yo egzamine aplikasyon pou renouvèlman oswa ranplasman pemi travay ou a. Sa ka vle di renouvèlman oswa ranplasman w lan pral pwobableman pran plis tan pase dosye ki pa gen egzansyon pou frè.
USCIS ka refize egzansyon pou frè w la. Si USCIS refize egzansyon an, w ap bezwen peye tout frè a nèt epi soumèt aplikasyon pou renouvèlman oswa ranplasman w lan ankò. Sa vle di renouvèlman oswa ranplasman w lan pral pwobableman pran plis tan.
Si w mande yon egzansyon pou frè, ou pa ka sèvi ak aplikasyon pemi travay sou entènèt la. Okontrè, ou dwe soumèt fòm nan pa lapòs oswa lè w telechaje l kòm yon PDF sou entènèt.
Pou w renouvle pemi travay ou, menm avèk yon egzansyon pou frè, w ap toujou bezwen peye yon pati nan frè a. Frè total pou yon moun k ap chèche azil renouvle yon pemi travay pa lapòs se $795 oswa $745 sou entènèt. Ou ka aplike pou yon egzansyon pou $520 nan total sa a si se pa lapòs, oswa $470 nan total sa a si se sou entènèt. Men, w ap gen pou w peye rès $275 la kèlkeswa sa k rive.
Pou w ranplase yon pemi travay ki pèdi, yo vòlè, oswa ki domaje, ou ka mande yon egzansyon pou tout pri a nèt ($520 pa lapòs, $470 sou entènèt).
Si USCIS apwouve demann egzansyon w lan, ou p ap bezwen peye $520 a (si se pa lapòs) oswa $470 a (si se sou entènèt), epi USCIS ap voye yon receipt notice ba ou.
Kijan pou w aplike pou yon renouvèlman oswa ranplasman pemi travay avèk yon egzansyon pou frè:
Prepare yon fòm demann egzansyon pou frè (Fòm I-912).
Ranpli repons pou keksyon yo, an anglè.
Siyen epi mete dat sou fòm nan ak men ou ak lank nwa.
Mete prèv sou sitiyasyon finansye ou pou montre ou pa kapab peye frè a. Pa egzanp, ou kapab mete yon kopi deklarasyon taks ou, fèy pajman (pay stubs), relve bankè, bòdwo ak resi. Ou kapab mete prèv tou ki montre oumenm oswa manm fanmi ou ap resevwa asistans gouvènman an baze sou revni, tankou koupon manje oswa Medicaid.
Ou kapab jwenn plis enfòmasyon sou demann egzansyon pou frè a (fee waiver) sou paj entènèt USCIS sa a.
Prepare yon fòm aplikasyon pou pèmi travay (Fòm I-765).
Si w ap mande yon egzansyon pou frè a, ou pa kapab itilize aplikasyon pèmi travay sou entènèt la. Okontrè, ou dwe ranpli Fòm I-765 epi voye fòm nan pa lapòs.
Ou kapab gade videyo sa a epi swiv enstriksyon yo la a.
Siyen epi mete dat sou fòm nan ak men ou ak lank nwa.
Voye dosye aplikasyon w lan lè w telechaje l kòm PDF sou entènèt oswa pa lapòs.
Opsyon 1: Telechaje PDF yo sou entènèt
Konekte oswa kreye yon kont USCIS (USCIS account).
Si w ap itilize yon telefòn, klike sou “Menu” nan kwen anwo adwat la, klike sou “Account actions,” epi klike sou “File a form online.” Si w ap itilize yon òdinatè, klike sou “My Account” nan kwen anwo adwat la, epi klike sou “File a form online.”
Apre sa, chwazi “I-765, Application for Employment Authorization” nan meni dewoulan an. Apre sa, klike sou “Start form.”
Chwazi kategori ou a. Si w ap aplike pou renouvle yon pèmi travay baze sou yon aplikasyon azil ki annatant, chwazi “(c)(8) Pending Asylum and Withholding of Removal Applicants and Applicants for Asylum under the ABC Settlement Agreement.”
Apre sa, w ap wè de opsyon: “Fill Out Form Fields Online” ak “Upload a Filled Out PDF Form.” Chwazi dezyèm opsyon an, “Upload a Filled Out PDF Form.”
Pou keksyon “Are you able to pay the filing fee?” klike sou “No.” Yon nouvo seksyon ap parèt anba a, ki di “Upload your fee waiver request.” Eskane epi telechaje demann egzansyon pou frè a (Fòm I-912) la a. Sit entènèt la ap konfime ke w ap soumèt Fòm I-912 epi ou te siyen fòm ou an. Si ou gen pwoblèm, eseye eskane epi telechaje fòm nan ankò. Ou kapab tou rapòte pwoblèm teknik bay USCIS la a.
Apre ou fin telechaje demann egzansyon pou frè a, yon nouvo seksyon ap parèt anba a, ki di “Upload Mandatory Supporting Documents for your Fee Waiver Request.” Eskane epi telechaje prèv sou sitiyasyon finansye ou la a. Ou kapab telechaje plizyè dokiman.
Nan pwochen seksyon ki rele “Upload PDF,” eskane epi telechaje aplikasyon pèmi travay ou a (Fòm I-765). Sit entènèt la ap verifye ke w ap soumèt tout paj Fòm I-765 yo.
Apre sa, nan seksyon “Evidence” la, eskane epi telechaje prèv pou aplikasyon pèmi travay ou a. Ou kapab jwenn plis enfòmasyon sou seksyon prèv la a.
Nan seksyon “Review & Submit” la, ou kapab wè kèk alèt sou koreksyon ou bezwen fè anvan ou kapab soumèt aplikasyon w lan. Korije erè yo, revize aplikasyon w lan avèk swen, epi soumèt li.
Si w ap renouvle pèmi travay ou, li posib pou w toujou wè yon paj nan fen aplikasyon sou entènèt la pou w peye $275 yo mande a ki pa kapab egzante.
Apre ou fin soumèt aplikasyon pèmi travay ou a, tcheke kont USCIS ou souvan pou wè avi enpòtan sou estati aplikasyon w lan.
Opsyon 2: Pa lapòs
Enprime aplikasyon egzansyon pou frè a (Form I-912) ou fin ranpli a, aplikasyon pemi travay ou a (Form I-765), ak tout prèv ou te rasanble yo. Asire w ou siyen epi mete dat sou de fòm yo ak men w ak lank nwa. Fè yon kopi anplis pou tou de fòm yo pou w kenbe nan dosye pèsonèl ou.
Si ou vle, ou kapa b ranpli epi enprime tou Form G-1145 pou w resevwa avi sou aplikasyon w lan pa mesaj tèks oswa pa imèl.
Si w ap renouvle pemi travay ou, w ap bezwen mete tou yon peman pou yon pati nan frè a: $275. Ou kapa b mete yon moni odè (money order), chèk, oswa fòm peman pa kat kredi pou $275. Si w ap ranplase pemi travay ou ki pèdi, yo vòlè, oswa ki domaje, ou pa bezwen mete peman anplis sa a.
Mete yon kawotchou oswa yon kranpon (binder clip) nan tout paj fòm ak dokiman ou fin ranpli yo. Mete dosye a nan yon anvlòp.
Klike la a pou w jwenn adrès postal pou aplikasyon w lan. Pa egzanp, si w ap aplike pou renouvle oswa ranplase pemi travay ou kòm yon moun k ap chèche azil, desann nan meni an epi klike sou “Asylees/refugees and their spouses and children”. Apre sa, anba sa, jwenn adrès ki nan lis pou kategori “(c)(8)” la. Si w ap aplike pou yon pemi travay baze sou pawol (“parole”), desann nan meni an epi klike sou “Parolee.”
Voye dosye a pa lapòs nan adrès sa a. Asire w ou pran yon nimewo swivi (tracking number) pou w kapa b konfime livrezon an.
Kisa mwen kapa b fè si mwen pa t resevwa yon lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) apre mwen te fin soumèt aplikasyon pemi travay mwen an?
Fason ou resevwa receipt notice ou a depann de si ou te soumèt aplikasyon pemi travay ou a sou entènèt oswa pa lapòs.
1. Sou entènèt
Si ou te soumèt aplikasyon pemi travay ou a sou entènèt, receipt notice la ta dwe parèt otomatikman nan kont USCIS (USCIS account) ou a nan kèk jou. Ou ta dwe wè yon onglet ki rele “Documents” anba aplikasyon pemi travay ou a. Klike sou onglet “Documents” an pou w jwenn receipt notice ou a. Si ou pa wè yon receipt notice nan kèk jou, ou kapa b voye yon mesaj bay USCIS depi nan bwat mesaj kont sou entènèt ou an.
2. Pa lapòs
Si ou te soumèt aplikasyon pemi travay ou a pa lapòs, ou ta dwe resevwa yon receipt notice nan lapòs nan yon delè 30 jou. Si ou pa resevwa yon receipt notice apre 30 jou, dabò, ou ta dwe tcheke si aplikasyon pemi travay ou a te rive nan USCIS. Si ou gen enfòmasyon swivi nan sèvis lapòs ou te itilize a (pa egzanp, biwo lapòs la, UPS, oswa FedEx) pou dosye aplikasyon pemi travay ou a, ou ta dwe swiv pakè a. Sove yon kaptir ekran (screenshot), pran yon foto, oswa enprime paj entènèt an ki konfime livrezon an.
Si aplikasyon w lan PA T livre, ou kapa b kontakte sèvis lapòs ou te itilize a (pa egzanp, biwo lapòs la, UPS, oswa FedEx). Si pakè w la te pèdi, ou ka bezwen voye aplikasyon pemi travay ou a ankò.
Si aplikasyon w lan TE livre nan USCIS epi ou toujou pa resevwa yon receipt notice apre 30 jou, ou kapa b eseye voye yon imèl bay USCIS nan [email protected].
Si se premye fwa w ap aplike pou yon pemi travay, ou kapab sèvi ak sijè imèl sa a “CASA/ASAP/Rosario.”
Si w ap aplike pou renouvle pemi travay ou, ou kapab sèvi ak sijè imèl sa a, “Missing receipt notice for I-765.”
Nan imèl la, ou kapab mete non konplè w, nimewo alyen (A number), adrès postal ou, nenpòt nimewo swivi (tracking number) ou genyen pou aplikasyon w te voye a, dat yo te livrezon li bay USCIS si w konnen l, epi yon esplikasyon ki di ou pa t resevwa yon lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) apre w te fin soumèt aplikasyon pemi travay ou a (Fòm I-765). Ou kapab tache tou yon foto oswa yon kapti ekran paj entènèt an pou swivi a ki soti nan sèvis lapòs la ki montre yo te livrezon pake a.
Kisa mwen dwe fè si mwen deplase apre mwen fin soumèt aplikasyon pemi travay mwen an?
Si ou gen yon aplikasyon k ap tann nan USCIS, li enpòtan pou w mete adrès ou ajou nan USCIS pou w ka resevwa kat pemi travay ou a nan nouvo adrès ou a.
Ou kapab mete adrès ou ajou atravè yon kont USCIS sou entènèt oswa pa lapòs. Jwenn plis enstriksyon isit la.
Kisa mwen kapa b fè si yo te refize aplikasyon pemi travay mwen an?
Nou regrèt anpil dèske yo te refize aplikasyon pemi travay ou a. Men kèk rezon komen ki fè USCIS refize pemi travay moun k ap chèche azil yo ak sa ou kapab fè.
Ou te peye yon move frè. Apati 22 jiyè 2025, gen nouvo frè pou pemi travay. Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa a.
W ap aplike pou premye pemi travay ou, epi pa gen ase jou ki pase depi ou te soumèt aplikasyon azil ou a. An jeneral, ou kapab aplike pou yon pemi travay 150 jou apre ou fin soumèt aplikasyon azil ou a epi resevwa yon pemi travay 180 jou apre ou fin soumèt aplikasyon azil ou a. Si ou te aplike pou pemi travay ou a twò bonè, ou kapab tann epi soumèt aplikasyon pemi travay ou a ankò. Men, si ou panse ou te aplike nan bon moman an men USCIS te rejte pemi travay ou a kanmenm, li posib pou gen yon pwoblèm ak revèy (“asylum clock”) azil ou a. Jwenn plis enfòmasyon sou revèy azil la isit la si w ap aplike pou azil ak USCIS, epi isit la si w ap aplike pou azil nan tribinal imigrasyon.
Pa gen prèv ki montre gen yon aplikasyon azil. Si ou poko ranpli yon aplikasyon azil (Fòm I-589), aprann kijan pou w aplike pou azil isit la. Ou kapab aplike pou yon pemi travay 150 jou apre ou fin soumèt aplikasyon azil ou a. Si ou te ranpli yon aplikasyon azil men USCIS di pa gen prèv pou sa, ou kapab eseye soumèt aplikasyon pemi travay ou a ankò ak prèv. Pa egzanp, ou ta kapab mete yon lèt esplikasyon ki di ki lè ak ki kote ou te ranpli aplikasyon azil ou a ak yon kopi premye paj I-589 ou a ki gen yon tenm ki soti nan tribinal imigrasyon. Ou ka vle pale ak yon avoka tou sou opsyon ou genyen. Jwenn èd legal isit la.
Ou gen yon sèten kalite kondanasyon kriminèl. Si USCIS te rejte aplikasyon w lan poutèt yon kondanasyon kriminèl, li pi bon pou w pale ak yon avoka sou opsyon ou genyen. Jwenn èd legal isit la.
Si ou gen kesyon oswa si w ap rankontre yon lòt pwoblèm, ou ka vle pale ak yon avoka sou opsyon ou genyen. Jwenn èd legal isit la. Ou kapab voye yon imèl tou ak kesyon ou an nan [email protected] epi mete yon foto lèt refi ou te resevwa nan men USCIS la.
Kisa k pral rive pemi travay mwen an si yo refize dosye azil mwen an?
Si ou genyen yon pemi travay deja paske ou ap chèche azil epi yo refize dosye azil ou a, estati pemi travay ou a depann de sitiyasyon ou. Gouvènman an te chanje règleman sa yo nan mwa jiyè 2025.
Si USCIS refize dosye azil ou a epi USCIS voye (oswa “refere”) dosye azil ou a nan tribinal imigrasyon, ou kapab kontinye sèvi ak pemi travay ou a epi ou kapab renouvle pemi travay ou a tou.
Si USCIS refize dosye azil ou a epi USCIS pa voye dosye ou a nan tribinal imigrasyon paske ou gen yon lòt estati imigrasyon ki valid tankou Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS), pemi travay ou ki baze sou azil la pa valid ankò. Men, si ou gen yon lòt estati imigrasyon diferan, ou ka kapab aplike pou yon lòt kalite pemi travay.
Si yo refize dosye azil ou a nan tribinal imigrasyon epi ou fè apèl pou dosye azil ou a devan Komisyon Apèl Imigrasyon (BIA) nan yon delè 30 jou, ou kapab kontinye sèvi ak pemi travay ou a epi ou kapab renouvle pemi travay ou a tou. Si BIA rejte apèl ou a, pemi travay ou a ap fini otomatikman.
Si yo refize dosye azil ou a nan tribinal imigrasyon epi ou pa fè apèl pou dosye azil ou a devan BIA, pemi travay ou a ap fini 30 jou apre desizyon jij la.
Si ou PA te gen yon pemi travay deja ki baze sou azil nan moman yo te refize dosye ou a, posiblite ou yo depann de sitiyasyon ou:
Si USCIS refize dosye azil ou a epi USCIS voye (oswa “refere”) dosye azil ou a nan tribinal imigrasyon, “revèy (“asylum clock”)” ou a ap kontinye mache. Lè ou gen 150 jou sou revèy azil la, ou kapab aplike pou yon pemi travay ki baze sou azil. USCIS kapab apwouve pemi travay ou a yon fwa ou gen 180 jou sou revèy azil la.
Si USCIS refize dosye azil ou a epi USCIS pa voye dosye ou a nan tribinal imigrasyon, pa egzanp paske ou gen yon lòt estati imigrasyon ki valid tankou TPS, ou p ap kapab aplike pou yon nouvo pemi travay ki baze sou azil.
Si yo refize dosye ou a nan tribinal imigrasyon epi ou te deja gen omwen 180 jou sou revèy ou a nan moman refi a, epi ou fè apèl devan BIA nan yon delè 30 jou, ou kapab toujou aplike pou yon nouvo pemi travay ki baze sou demann azil la.
Si yo refize dosye ou a nan tribinal imigrasyon epi ou pa t gen omwen 180 jou sou revèy azil ou a nan moman refi a, ou p ap kapab aplike pou yon nouvo pemi travay ki baze sou demann azil la, paske revèy ou a ap sispann. Revèy ou a ap rekòmanse sèlman si BIA voye dosye ou a tounen nan tribinal imigrasyon pita – si sa rive, tan dosye a te pase nan apèl devan BIA a ta dwe konte nan kantite jou ki sou revèy ou a.
Aprann plis sou sa k ap pase apre yo fin refize yon azil nan USCIS ak nan tribinal imigrasyon.
“Revèy” pemi travay mwen an te sispann apre mwen te fin soumèt aplikasyon azil mwen an bay USCIS. Kisa sa vle di, epi kisa mwen kapab fè?
Si se USCIS ki te sispann revèy ou a, kontinye li. Si se tribinal imigrasyon ki te sispann revèy ou a, klike isit la pito.
Kisa revèy la ye: “Revèy” pemi travay la (pafwa yo rele l revèy azil) se yon zouti USCIS itilize pou konte kantite jou depi lè ou te soumèt aplikasyon azil ou a. Aprann kijan pou konte kantite jou ki sou revèy ou a. Lè ou gen 150 jou sou revèy ou a, ou kapab aplike pou premye pemi travay ou kòm yon moun k ap chèche azil. Lè ou gen 180 jou sou revèy ou a, ou kapab resevwa yon pemi travay. Malerezman, pafwa USCIS sispann revèy la. Si ou te soumèt aplikasyon azil ou a depi plis pase 180 jou, men revèy ou a te sispann anvan li te rive nan 180 jou, yo pral pwobableman refize aplikasyon pemi travay ou a. Gade videyo sa a sou revèy azil la.
Poukisa revèy ou a sispann: Si ou te soumèt aplikasyon azil ou a bay USCIS, revèy ou a te ka sispann si:
Ou te manke yon entèvyou oswa yon randevou byometrik (biometrics appointment) (pran anprent)
Ou te mande pou chanje dat yon entèvyou
Ou te fè USCIS konnen ou te deplase al rete byen lwen anvan ou te rive nan 180 jou, epi yo te transfere dosye w la otomatikman nan yon lòt biwo azil
Ou kapa b rele oswa voye yon imèl tou bay biwo azil lokal ou a pou mande plis enfòmasyon sou rezon ki fè revèy (“asylum clock”) ou a te sispann.
Sa ou kapa b fè pou rekòmanse revèy ou a: Si ou kwè USCIS te sispann revèy ou a pa erè, ou kapa b sèvi tou ak zouti sou entènèt USCIS sa a epi swiv enstriksyon espesifik sa yo:
Anba “Form Number” chwazi “I-589”
Anba “Form Sub Type” chwazi “Challenge to 180-Day Asylum EAD Clock – Garcia Perez Settlement Agreement”
Bay nimewo resi a ak dat ou te depoze aplikasyon I-589 ou a. Ou kapa b jwenn enfòmasyon sa yo sou lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) pou azil la.
Anba seksyon “Typographical Error” la, chwazi “Other – Provide Detail”. Apre sa, bay yon deskripsyon presi sou rezon ki fè ou kwè gen yon erè.
Depoze aplikasyon pemi travay ou a ankò: Si yo te refize pemi travay ou paske ou pa t gen ase jou sou revèy azil ou a, epi ou ranje pwoblèm nan, ou kapa b soumèt aplikasyon pemi travay ou a ankò. Paske se pral pou premye pemi travay ou baze sou azil, ou kapa b make “initial permission to accept employment” ankò. Aprann kijan pou w aplike isit la.
“Revèy” pemi travay mwen an te sispann apre mwen te fin soumèt aplikasyon azil mwen an nan tribinal imigrasyon. Kisa sa vle di, epi kisa mwen kapa b fè?
Si se tribinal imigrasyon ki te sispann revèy ou a, kontinye li. Si se USCIS ki te sispann revèy ou a, klike isit la pito.
Kisa revèy la ye: Revèy pemi travay la (pafwa yo rele l revèy azil) se yon zouti USCIS ak tribinal imigrasyon an itilize pou konte kantite jou depi lè ou te soumèt aplikasyon azil ou a. Lè ou gen 150 jou sou revèy ou, ou kapa b aplike pou premye pemi travay ou kòm yon moun k ap chèche azil. Lè ou gen 180 jou sou revèy ou, ou kapa b resevwa yon pemi travay. Malerezman, pafwa tribinal imigrasyon an sispann revèy la. Si revèy ou a sispann ak mwens pase 180 jou, USCIS ap pwobableman refize aplikasyon pemi travay ou a. Gade videyo sa a sou revèy azil la.
Kijan pou w tcheke revèy la: Pou w jwenn kantite jou ki sou revèy ou a, ou kapa b rele 1-800-898-7180, peze 1 pou enstriksyon an anglè, antre nimewo alyen (A number) ou a, peze 1 pou konfime nimewo alyen ou a, peze 1 pou konfime non ou, epi apre sa peze 2 pou konnen kantite jou ki sou revèy ou a. Si ou rele de jou youn apre lòt men nimewo a pa ogmante, revèy ou a sispann. Si ou te resevwa yon avi pou odyans nan men tribinal la, li kapa b di w tou konbyen jou ou te genyen sou revèy la lè tribinal la te voye avi sa a. Ou kapa b konpare sa ak kantite jou sistèm nan di w nan telefòn nan kounye a.
Poukisa revèy ou a sispann: Si ou te soumèt aplikasyon azil ou a nan tribinal imigrasyon, revèy ou a kapa b sispann si:
Ou te mande plis tan pou w jwenn yon avoka
Ou menm oswa avoka w la te mande plis tan pou prepare dosye w la
Tribinal imigrasyon an te fèmen dosye w la
Ou pa t ale nan yon randevou byometrik ki te pwograme
Ou pa t ale nan yon randevou nan tribinal ki te pwograme
Anplwaye tribinal imigrasyon an te fè yon erè
Remak: Depoze yon demann pou chanje kote y ap tande dosye w la (“motion to change venue”) pou deplase dosye w la nan yon lòt tribinal imigrasyon PA sispann revèy la.
Pou jwenn enfòmasyon sou revèy ou a, ou kapa b ale nan tribinal imigrasyon w lan an pèsòn epi mande anplwaye tribinal la yon kopi istwa revèy (“asylum clock”) ou a. Ou kapa b tou voye yon imèl oswa rele tribinal la pou fè demann sa a. Tribinal la oblije ba ou sa. Kopi sa a ta dwe montre tout fwa revèy ou a te kanpe oswa te kòmanse, ak pou ki rezon.
Kisa ou kapa b fè pou rekòmanse revèy ou si ou gen yon randevou k ap vini: Jij imigrasyon an kapa b rekòmanse revèy ou lè ou gen pwochen randevou w nan tribinal imigrasyon epi ou aksepte yon dat pou randevou devan jij (individual or merits hearing) ou a.
Kisa ou kapa b fè pou rekòmanse revèy ou si ou panse yo te kanpe li pa erè: Si ou panse tribinal imigrasyon an te kanpe revèy ou pa erè, ou kapa b kontakte tribinal imigrasyon an. Ale sou sit entènèt tribinal imigrasyon sa a epi klike sou non tribinal ou a pou ale sou paj entènèt an tribinal sa a. Ou kapa b tape tou “Immigration Court [non vil la]” nan Google pou jwenn paj entènèt tribinal ou a. Desann nan paj la nan seksyon ki rele “Contact the Court”, epi chèche tit “Asylum EAD Clock Requests.” Li ta dwe bay yon adrès imèl.
Ou kapa b ekri yon imèl ki gen ladan l enfòmasyon sa yo:
Non ou
nimewo alyen (A number) ou a
Adrès ou
Non tribinal imigrasyon kote ou gen pwochen randevou w la
Poukisa ou panse revèy la te kanpe mal, ak konbyen jou ou kwè ki ta dwe sou revèy la
Si dosye w la nan apèl kounye a devan Komisyon Apèl Imigrasyon (BIA), men tribinal imigrasyon an te kanpe revèy ou pa erè lè dosye w la te toujou nan tribinal imigrasyon, paj entènèt gouvènman sa a bay enfòmasyon sou fason pou mande BIA pou mete jou tounen sou revèy ou pou tan dosye w la te pase nan tribinal imigrasyon an. Malerezman, men, revèy la p ap kontinye mache pandan dosye w la nan apèl. Se sèlman si BIA voye dosye w la tounen nan tribinal imigrasyon revèy la ap rekòmanse – si sa rive, tan dosye w la te pase nan apèl nan BIA ta dwe konte tou nan jou ki sou revèy ou a.
Ou kapa b vle jwenn yon avoka tou pou ede w ranje pwoblèm ak revèy azil ou a. Jwenn èd legal isit la.
Soumèt aplikasyon pemi travay ou a ankò: Si yo te refize pemi travay ou paske ou pa t gen ase jou sou revèy azil ou a, epi ou ranje pwoblèm nan, ou kapa b soumèt aplikasyon pemi travay ou a ankò. Paske se pral pou premye pemi travay ou baze sou azil, ou kapa b make “initial permission to accept employment” ankò. Aprann kijan pou fè aplikasyon an isit la.
Èske mwen kapa b fè yon bagay si mwen pa janm resevwa kat pemi travay mwen an epi mwen panse li kapa b pèdi nan lapòs?
Premyèman, tcheke estati dosye w la nan zouti pou tcheke estati dosye sou entènèt USCIS la. Gade fliyè sa a pou enstriksyon detaye. Si USCIS te voye pemi travay ou a pa lapòs, yo ta dwe ba ou yon nimewo swivi (tracking number) sou paj sa a. Apre sa, gen kèk opsyon ou kapa b eseye.
Si ou gen yon nimewo swivi, ou kapa b tcheke estati pakè a nan biwo lapòs (USPS). Ou kapa b eseye kontakte biwo lapòs la tou pou wè si yo ka jwenn kat ki pèdi a. Nimewo telefòn jeneral la se 1-800-222-1811.
Ou kapa b eseye soumèt yon demann pou yon nouvo kat atravè sit entènèt USCIS sa a.
Si biwo lapòs la di yo pèdi kat la, ou kapa b mande yo yon dokiman ki esplike sitiyasyon an. Apre sa, ou kapa b refè aplikasyon pou pemi travay ou a epi mete dokiman sa a ladan l. Nòmalman, USCIS p ap fè w peye frè pou yo refè yon kat ki pa t janm rive jwenn ou, si ou kapa b montre ke USPS te pèdi kat la.
Si biwo lapòs la di yo te livre kat la, ou kapa b toujou refè aplikasyon pou pemi travay ou a. Men, malerezman w ap gen pou w peye yon frè ranplasman oswa mande yon egzansyon pou frè a (fee waiver). Ou kapa b li enfòmasyon sou opsyon ou genyen pou ranplase pemi travay ou ki pèdi a isit la.
Kisa mwen kapa b fè si pemi travay mwen an pèdi, yo vòlè li, oswa li domaje?
Pou w fè yon demann pou ranplase yon pemi travay ki pèdi, yo vòlè, oswa ki domaje, ou kapa b swiv pifò nan menm etap pou renouvle yon pemi travay yo, men sou fòm aplikasyon I-765 la, ou kapa b chwazi opsyon “Replacement of lost, stolen, or damaged employment authorization document.”
Aplikasyon pou ranplase yon pemi travay ki pèdi, yo vòlè, oswa ki domaje koute $470 sou entènèt oswa $520 pa lapòs. Si ou pa kapa b peye frè a, ou kapa b mande yon egzansyon pou frè a.
Si w ap fè aplikasyon an sou entènèt, ou kapa b peye frè a lè w bay enfòmasyon kat kredi w, kat debi w, oswa enfòmasyon kont bankè Ozetazini w nan fen aplikasyon an sou entènèt la. Si ou pa gen yon kat kredi oswa debi, ou kapa b sèvi ak kach tou pou w achte yon kat pre-peye nan anpil gwo magazen. Asire w ou kite ase lajan sou kat la pou kouvri frè aplikasyon an.
Si w ap fè aplikasyon an pa lapòs, gen kèk fason diferan ou kapa b peye frè a:
Kat Kredi oswa Kat Debi. Pou w peye ak yon kat kredi oswa kat debi, ranpli Form G-1450. Mete fòm nan anlè Form I-765 la. Si ou pa gen yon kat kredi oswa debi, ou kapa b sèvi ak kach pou w achte yon kat pre-peye nan anpil gwo magazen. Asire w ou kite ase lajan sou kat la pou kouvri frè aplikasyon an.
Kont Bankè. Pou w peye pa debi elektwonik (ACH) soti nan yon kont bankè Ozetazini, ranpli Form G-1650. Mete fòm nan anlè aplikasyon azil ou a.
Chèk. Apati 28 oktòb 2025, pou w peye pa chèk si ou pa gen aksè ak yon kat kredi oswa yon kont bankè, ou dwe siyen epi mete Form G-1651, Exemption for Paper Fee Payment tou, anlè Form I-765 la ansanm ak chèk ou a. Fè chèk la sou non “U.S. Department of Homeland Security”. Ekri nimewo alyen (A number) ou a (pa egzanp, A# 000-000-000) yon kote sou chèk la.
Moni odè. Apati 28 oktòb 2025, pou w peye pa moni odè si ou pa gen aksè ak yon kat kredi oswa yon kont bankè, ou dwe siyen epi mete yon Form G-1651, Exemption for Paper Fee Payment tou anlè Form I-765 la ansanm ak moni odè w la. Ou kapa b achte yon moni odè nan yon biwo lapòs, yon bank, ak nan kèk magazen. Fè moni odè a sou non “U.S. Department of Homeland Security”. Ekri nimewo alyen ou a (pa egzanp, A# 000-000-000) yon kote sou moni odè a.
Ranplase ou byen renouvle: Si pemi travay ou ki pèdi oswa ki domaje a t apral ekspire nan 1 an oswa mwens, ou kapa b konsidere fè demann pou renouvle l olye ou ranplase l. Dapre USCIS, si ou fè demann pou ranplase pemi travay ou, nouvo kat la ta dwe gen menm dat ekspirasyon ak ansyen kat ou a. Si ou fè demann pou renouvle pemi travay ou, nouvo kat la pral kouvri yon nouvo peryòd tan (18 mwa apati dat yo bay li a). Men, li koute plis kòb pou renouvle yon pemi travay pase pou ranplase youn. Fè demann pou ranplase yon pemi travay ki baze sou azil koute $470 sou entènèt oswa $520 pa lapòs. Ou kapa b mande yon egzansyon pou frè a pou tout kòb sa a. Fè demann pou renouvle yon pemi travay ki baze sou azil koute $745 sou entènèt oswa $795 pa lapòs. Ou kapa b mande yon egzansyon pou frè a pou yon pati nan kòb sa a.
Kisa mwen kapa b fè si mwen resevwa kat pemi travay mwen an, men gen yon erè sou li?
Si kat pemi travay ou a gen yon erè sou li, ou kapa b deside si w ap mande USCIS pou korije erè a, oswa si w pap fè sa. Si ou fè demann pou korije yon erè, w ap bezwen voye kat pemi travay ou genyen kounye a bay USCIS. Sa kapa b pran yon tan ki trè long pou USCIS bay nouvo kat pemi travay ou a. Donk, si ou deside fè demann pou korije yon erè, ou kapa b ap tann pandan yon tan ki long san ou pa gen yon kat pemi travay.
Si ou deside eseye korije erè a, pwosesis la depann de si se USCIS ki te fè erè a nan kat pemi travay ou a oswa si se ou menm ki te fè yon erè nan aplikasyon pemi travay ou a.
Si se te erè USCIS, ou PA bezwen soumèt yon nouvo aplikasyon oswa yon frè. Olye de sa, ou kapa b:
Sèvi ak paj entènèt an USCIS sa a pou soumèt yon demann sèvis pou korije erè a, epi
Swiv enstriksyon ki sou paj entènèt an USCIS sa a (gade nan seksyon “How to request a Correction to Your Notice or Document Due to USCIS Error”) pou w retounen kat ou a ki gen enfòmasyon ki pa kòrèk yo.
Si se pa t erè USCIS, ou dwe soumèt yon nouvo aplikasyon pemi travay (Fòm I-765). Malerezman, w ap gen pou w peye yon frè pou depoze dosye a. Ou kapa b tcheke sit entènèt USCIS sa a epi chwazi “I-765” pou enfòmasyon sou frè anvan ou soumèt yon aplikasyon.
Kat nimewo social security (SSN) mwen an gen yon erè. Kisa mwen kapa b fè?
Si kat nimewo social security ou a gen yon erè (tankou move òtograf nan non ou), li enpòtan pou korije erè sa a paske sa kapa b lakòz pwoblèm lè w ap fè demann pou yon travay oswa yon lisans chofè.
Ou kapa b rele 800-772-1213 epi mande yon randevou an pèsòn an ijans. Ou kapa b eseye rele biwo lokal ou a tou. Pou jwenn biwo lokal ou a, antre kòd postal (zip code) ou nan bwat ki make “ZIP” sou sit entènèt biwo Social Security sa a. Yon kòd postal se nimewo 5 chif ki nan fen adrès ou a.
Lè ou rele, ou ta dwe fè biwo lokal ou a konnen si ou bezwen kat nimewo social security ou pou w travay, pou w jwenn aksè ak nenpòt benefis, oswa pou w fè deklarasyon taks. Si yon moun nan biwo lokal ou a eseye di w ou pa bezwen yon randevou an ijans epi ou kapa b ranje pwoblèm nan pa lapòs, ou kapa b esplike yo ke dapre règleman Social Security Administration (ki esplike nan memorandòm politik sa a), ou pa janm sipoze voye dokiman imigrasyon w yo pa lapòs. Epi se poutèt sa ou bezwen yon randevou an pèsòn.
Ou kapa b eseye ale nan biwo lokal ou a tou san randevou, men yo kapa b mande w pou w pran yon randevou epi pou w tounen yon lòt lè.
Kisa mwen kapa b fè si mwen te eseye kontakte USCIS epi yo pa janm reponn?
Gen kèk opsyon ou kapa b eseye.
Tcheke estati w. Ou kapa b sèvi ak zouti sou entènèt USCIS la pou w konnen nan ki nivo aplikasyon w lan ye nan sit entènèt USCIS sa a. Gade fliyè sa a pou w jwenn enstriksyon detaye.
Rele. Ou kapa b rele Sant Sèvis USCIS (Contact Center) dirèkteman nan 1-800-375-5283. Gen kèk moun ki fè konnen yo te rive pale ak yon reprezantan lè yo di “Info Pass” nan telefòn nan lè yo mande yo pou yo eksplike poukisa y ap rele.
Chat sou entènèt. Ou kapa b chat ak USCIS sou entènèt tou pito. Ale sou www.uscis.gov/. Klike sou “Need Help? Chat with Emma” nan kwen anba adwat paj la. Apre sa, apre yon mesaj sou “Project Homecoming” klike oswa tape “Connect to Live Agent.”
Mwen pa gen yon pemi travay ki valid ankò. Ki opsyon mwen genyen?
Si ou pa gen yon pemi travay ki valid ankò, men kèk opsyon ou kapa b konsidere.
Tcheke si pemi travay ou a te pwolonje otomatikman.
Si ou te resevwa yon pwolongasyon otomatik pou pemi travay ou nan dat 29 oktòb 2025 oswa anvan sa, baze sou lefèt ke w ap chèche azil oswa kèk lòt kategori, pemi travay ou a pwolonje otomatikman pou 540 jou. Aprann plis sou pwolongasyon otomatik la isit la.
Moun ki gen Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) kapa b kalifye tou pou yon lòt kalite pwolongasyon pemi travay. Aprann plis isit la.
Konsidere renouvle pemi travay ou.
Si pemi travay ou a ekspire, men aplikasyon azil ou a toujou ap tann yon desizyon, ou kapa b toujou aplike pou renouvle pemi travay ou ki ekspire a.
Si ou te aplike pou renouvle pemi travay ou apre 29 oktòb 2025, li p ap pwolonje otomatikman. Malerezman, USCIS kapa b pran anpil tan pou trete renouvèlman pemi travay yo. Ou kapa b eseye etap 1, 2, oswa 5 yo eksplike isit la pou w eseye akselere pwosesis la, men sa kapa b pa mache.
Konsidere soumèt yon nouvo aplikasyon imigrasyon, si ou kalifye.
Si ou kalifye pou azil epi ou pa t ankò aplike, ou kapa b kapab aplike pou azil. Ou kapa b aplike pou yon pemi travay 150 jou apre gouvènman an fin resevwa aplikasyon azil ou a.
Depann de sitiyasyon w, ou kapa b kapab aplike pou lòt kalite estati imigrasyon.
Men, soumèt yon nouvo aplikasyon kapa b yon desizyon konplike ki depann de sikonstans espesifik ou yo. Pa egzanp, chak fwa ou ranpli yon nouvo aplikasyon, w ap bay gouvènman an enfòmasyon ajou yo kapa b pa t genyen deja.
Ou kapa b li gid sa a ki soti nan yon lòt òganizasyon pou w aprann sou dwa w apre pemi travay ou fin ekspire, san wete enfòmasyon sou anplwayè yo.
Lòt Kalite Pemi Travay
Pemi travay ki baze sou lè ou genyen Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS)
Pemi travay ki baze sou lè ou genyen estati azil (asylee status)
Pemi travay ki baze sou lè ou genyen sispansyon depòtasyon (withholding of removal)
Yo te ban mwen “parole” lè mwen te antre Ozetazini. Èske mwen kapab aplike pou yon pemi travay?
Wi. Si parole ou a toujou valid, ou kapab aplike pou yon pemi travay ki baze sou parole. Men, gouvènman an ap eseye mete fen nan parole la pi bonè pou anpil moun. Ou kapab jwenn plis enfòmasyon isit la. Si parole ou a fini pi bonè, pemi travay ou ki baze sou parole la ap fini pi bonè tou. Pou rezon sa a, ou ka vle aplike tou pou yon lòt kalite pemi travay si ou elijib, pa egzanp yon pemi travay ki baze sou chèche azil.
Kisa parole ye?
“Parole” se lè gouvènman an ba ou pèmisyon ofisyèl pou ou antre Ozetazini epi pou ou rete nan peyi a tanporèman. Men, se pa tout moun ki antre Ozetazini ki resevwa parole. Yon fason pou tcheke si ou te resevwa parole se lè ou tcheke dokiman papye ou yo oswa dokiman ou yo sou entènèt. Ou ka te resevwa dokiman parole ki sanble ak sa a, sa a, sa a, oswa sa a. Yon dokiman ki endike ou te resevwa parole ta dwe di tou pou konbyen tan parole ou a valid.
Konbyen tan pemi travay la ap dire pou yon pemi ki baze sou parole?
Yon pemi travay ki baze sou parole valid pou yon ane sèlman, oswa jiskaske parole ou a ekspire, kèlkeswa sa ki rive an premye a. Gouvènman an ap eseye mete fen nan kèk kalite parole pi bonè tou. Si parole ou a fini pi bonè, pemi travay ou ki baze sou parole la ap ekspire pi bonè tou.
Kouman mwen kapab aplike pou yon pemi travay ki baze sou parole?
Si ou te resevwa parole epi parole ou a toujou valid, ou kapab aplike pou yon pemi travay imedyatman. Sèvi ak “kategori (c)(11)” sou fòm aplikasyon pemi travay la (Form I-765). Tache prèv parole ou a nan aplikasyon w lan. Ou kapab soumèt aplikasyon pemi travay ou a sou entènèt oswa pa lapòs. Pou aplike sou entènèt, ou kapab klike sou bouton ble “File Online” ki sou paj entènèt an USCIS sa a.
Frè Aplikasyon. Frè pou aplike pou yon premye pemi travay ki baze sou parole se kounye a $1090 (si w ap aplike pa lapòs) oswa $1040 (si w ap aplike sou entènèt). Frè pou renouvle yon pemi travay ki baze sou parole se toujou $800 (si w ap aplike pa lapòs) oswa $750 (si w ap aplike sou entènèt).
Si w ap soumèt yon aplikasyon sou entènèt, ou kapab peye frè aplikasyon an lè ou bay enfòmasyon kat kredi ou, kat debi ou, oswa enfòmasyon kont labank Ozetazini ou nan fen aplikasyon an sou entènèt. Si ou pa gen yon kat kredi oswa debi, ou kapab sèvi ak kach tou pou achte yon kat pre-peye nan anpil gwo magazen. Asire w ou kite ase lajan sou kat la pou kouvri frè aplikasyon an.
Si w ap soumèt yon aplikasyon pa lapòs, gen kèk fason diferan pou peye frè aplikasyon an:
Kat Kredi oswa Kat Debid. Pou peye ak yon kat kredi oswa yon kat debid, ranpli de Fòm G-1450. Si w ap aplike pou premye pemi travay ou anba pawol (“parole”), ranpli yon Fòm G-1450 pou $520 ak yon lòt pou $570. Si w ap aplike pou yon renouvèlman pemi travay anba pawòl, ranpli yon Fòm G-1450 pou $520 ak yon lòt pou $280. Mete fòm yo anlè aplikasyon pemi travay ou a. Si ou pa gen yon kat kredi oswa debid, ou kapab sèvi ak kach pou achte yon kat pre-peye nan anpil gwo magazen. Asire w ou kite ase lajan sou kat la pou kouvri frè aplikasyon an.
Kont Bankè. Pou peye pa debi elektwonik (ACH) apati yon kont bankè Ozetazini, ranpli de Fòm G-1650. Si w ap aplike pou premye pemi travay ou anba pawòl, ranpli yon Fòm G-1650 pou $520 ak yon lòt pou $570. Si w ap aplike pou yon renouvèlman pemi travay anba pawòl, ranpli yon Fòm G-1650 pou $520 ak yon lòt pou $280. Mete fòm yo anlè aplikasyon pemi travay ou a.
Chèk. Pou peye pa chèk si ou pa gen aksè ak yon kat kredi oswa yon kont bankè, ou dwe siyen epi mete tou Form G-1651, Exemption for Paper Fee Payment, anlè aplikasyon pemi travay ou a ansanm ak de chèk. Si w ap aplike pou premye pemi travay ou anba pawòl, ekri yon chèk pou $520 ak yon lòt pou $570. Si w ap aplike pou yon renouvèlman pemi travay anba pawòl, ekri yon chèk pou $520 ak yon lòt pou $280. Mete chèk yo sou non “U.S. Department of Homeland Security”. Ekri nimewo alyen (A number) ou a (pa egzanp, A# 000-000-000) yon kote sou chèk yo.
Moni Odè. Pou peye pa moni odè (money order) si ou pa gen aksè ak yon kat kredi oswa yon kont bankè, ou dwe siyen epi mete tou yon Form G-1651, Exemption for Paper Fee Payment anlè aplikasyon pemi travay ou a ansanm ak de moni odè. Si w ap aplike pou premye pemi travay ou anba pawòl, achte yon moni odè pou $520 ak yon lòt pou $570. Si w ap aplike pou yon renouvèlman pemi travay anba pawòl, achte yon moni odè pou $520 ak yon lòt pou $280. Ou kapab achte moni odè nan yon biwo lapòs, yon bank, ak nan kèk magazen. Mete moni odè yo sou non “U.S. Department of Homeland Security”. Ekri nimewo alyen ou a (pa egzanp, A# 000-000-000) yon kote sou moni odè a.
Si w ap renouvle yon pemi travay ki baze sou pawòl, ou kapab aplike pou yon egzansyon pou yon pati nan frè yo ($470 si w ap ranpli l sou entènèt, $520 si w ap voye l pa lapòs) lè w mande yon egzansyon pou frè a. Men lòt pati nan frè yo ($280) pa kapab egzante epi ou dwe toujou peye l.
Konbyen tan sa pran pou resevwa yon pemi travay ki baze sou pawòl?
Sa depann, men sa kapab pran anpil tan. Gouvènman an pa obligatwa pou l trete pemi travay ki baze sou pawòl nan yon delè presi. Si w gen yon bon tan w ap tann, ou kapab tcheke tan tretman nòmal ki afiche sou paj entènèt an USCIS sa a. Si tan tretman nòmal la depase, ou kapab ranpli fòm sa a pou poze kesyon sou dosye w la. Si ou se yon travayè nan domèn sante oswa gadri, ou kapab mande pou resevwa pemi travay ou pi vit atravè yon pwosesis separe.
Ki diferans ki genyen ant yon pemi travay ki baze sou pawòl ak youn ki baze sou yon aplikasyon azil?
Pemi travay ki baze sou pawòl (kategori (c)(11) sou fòm aplikasyon pemi travay la):
Ou kapab aplike pou yon pemi travay imedyatman apre ou fin resevwa pawòl. Ou PA bezwen tann 150 jou.
USCIS kapab pran anpil tan pou trete aplikasyon w lan pou yon pemi travay ki baze sou pawòl. Yo pa obligatwa pou yo trete l nan yon delè presi.
Si yo apwouve aplikasyon pemi travay ou a, pemi travay ou a ap valab sèlman pou yon ane, oswa jiskaske estati pawòl ou a ekspire, kèlkeswa sa k rive an premye a. Gouvènman an kapab eseye mete fen nan estati pawòl ou a pi bonè, epi pemi travay ou a ap ekspire pi bonè tou nan sitiyasyon sa a.
Frè pou aplike pou yon premye pemi travay ki baze sou pawòl se $1090 (si w ap aplike pa lapòs) oswa $1040 (si w ap aplike sou entènèt).
Pemi travay ki baze sou yon aplikasyon azil (kategori (c)(8) sou fòm aplikasyon pemi travay la):
An jeneral, ou kapa b aplike pou yon pemi travay 150 jou apre ou fin soumèt aplikasyon azil ou a.
USCIS ta dwe trete aplikasyon w lan pou premye pemi travay ou ki baze sou azil nan yon delè 30 jou apre yo fin resevwa li.
Si yo apwouve aplikasyon pemi travay ou a apre 4 desanm 2025, pemi travay ou a ap valab pou 18 mwa. Pemi travay pou moun k ap chèche azil yo te apwouve ant 1ye oktòb 2023 ak 4 desanm 2025 valab pou 5 an.
Frè pou aplike pou yon premye pemi travay kòm yon moun k ap chèche azil se $570.
Mwen gen Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS). Èske mwen kapa b aplike pou yon pemi travay?
Wi! Si ou gen Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS), ou elijib pou aplike pou yon pemi travay. Moun ki gen TPS gen otorizasyon otomatik pou yo travay Ozetazini pandan TPS yo a valab, men anpil moun aplike pou yon pemi travay kòm prèv idantite ak prèv yo gen dwa travay.
Aplike pou yon premye pemi travay. Si yo te apwouve w pou TPS, ou kapa b aplike pou yon pemi travay lè w sèvi ak Fòm I-765. Pou Pati 2 Kesyon 27, ou kapa b mete (a)(12) kòm kategori elijiblite w. Ou bezwen mete prèv tou ki montre yo te apwouve w pou TPS, tankou yon lèt apwobasyon oswa yon lòd yon jij imigrasyon te bay. Frè pou yon premye pemi travay TPS se kounye a $1090 (si w ap aplike pa lapòs) oswa $1040 (si w ap aplike sou entènèt).
Renouvle pemi travay ou. Ou kapa b aplike tou pou renouvle pemi travay ou ki baze sou TPS anvan dat ekspirasyon ki sou kat pemi travay ou a, oswa anmenmtan w ap aplike pou renouvle TPS ou a. Frè pou renouvle yon pemi travay TPS se $800 (si w ap aplike pa lapòs) oswa $750 (si w ap aplike sou entènèt).
Reta. Malerezman, pa gen limit sou konbyen tan USCIS kapa b pran pou trete aplikasyon pemi travay ou ki baze sou TPS. Kounye a, USCIS ap pran anpil tan pou trete aplikasyon pemi travay ki baze sou TPS.
Ekstansyon otomatik. Si pemi travay ou ki baze sou TPS ap ekspire, ou kapa b tcheke si ou elijib pou yon ekstansyon otomatik. Pemi travay ou a pwolonje otomatikman si youn nan sitiyasyon sa yo konsène w:
Si ou soumèt aplikasyon pou renouvèlman pemi travay ou pandan peryòd re-enskripsyon TPS la, epi ou te resevwa yon lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) ki di ou gen yon ekstansyon otomatik pou 540 jou (gade egzanp la a), alò pemi travay ou a ta dwe pwolonje otomatikman pou 540 jou apre dat ekspirasyon ki ekri sou kat la. Sa konsène moun ki te resevwa lèt konfimasyon resepsyon pemi travay yo a ki gen yon dat anvan 30 oktòb 2025.
Gen kèk pemi travay ki baze sou TPS pou sèten peyi ki pwolonje otomatikman, menm si ou pa t soumèt yon aplikasyon pou renouvle pemi travay. Pou konnen si USCIS te pwolonje pemi travay ou a otomatikman, ale sou sit entènèt USCIS sa a epi chwazi peyi orijin ou sou bò gòch ekran an.
Si ou soumèt aplikasyon pou renouvèlman pemi travay ou pandan peryòd re-enskripsyon TPS la, epi ou pa t resevwa yon lèt konfimasyon resepsyon ki di ou gen yon ekstansyon 540 jou, pemi travay ou a toujou pwolonje otomatikman pou 1 an, oswa jouk dat ekspirasyon TPS ou a, kèlkeswa sa ki pi kout la.
Si ou elijib pou plis pase yon kalite ekstansyon pemi travay, ou kapa b sèvi ak ekstansyon ki pi long ki aplikab pou ou a. Men, an jeneral, yon fwa TPS pou yon peyi fini, pemi travay ki baze sou TPS la pa valab ankò. Tanpri gade la a pou yon ti eksepsyon pou kèk moun ki gen TPS Venezyela.
Pemi travay ki baze sou azil. Si w ap aplike pou azil ak TPS anmenmtan, ou ka kapa b resevwa yon pemi travay pi vit si ou soumèt yon aplikasyon pemi travay ki baze sou azil, olye de TPS. Depi fevriye 2026, y ap trete aplikasyon pemi travay ki baze sou azil yo pi vit pase aplikasyon pemi travay ki baze sou TPS pou kèk peyi. Ou kapa b jwenn plis enfòmasyon sou pwosesis pou aplike pou yon pemi travay ki baze sou azil.
Mwen gen yon aplikasyon pou Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) ki annatant. Èske mwen kapa b aplike pou yon pemi travay?
Wi! Si ou te aplike pou Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) epi ou ranpli kondisyon debaz pou TPS, ou elijib pou aplike pou yon pemi travay menmsi USCIS poko pran yon desizyon sou aplikasyon TPS ou a. Anfèt, ou kapab soumèt yon aplikasyon pou pemi travay anmenmtan ou soumèt aplikasyon w pou TPS la.
Ranpli aplikasyon pemi travay la. Ou kapab aplike pou yon pemi travay lè ou sèvi ak Fòm I-765. Pou Pati 2 Kesyon 27, ou kapab mete (c)(19) kòm kategori elijiblite w.
Frè pou depoze aplikasyon an. W ap bezwen mete yon frè.
Premye pemi travay TPS: $1090 (si w ap aplike pa lapòs) oswa $1040 (si w ap aplike sou entènèt).
Renouvèlman pemi travay TPS: $800 (si w ap aplike pa lapòs) oswa $750 (si w ap aplike sou entènèt).
Kijan pou w peye:
Si w ap soumèt aplikasyon pemi travay ou a sou entènèt, ou kapab peye frè a lè w bay enfòmasyon kat kredi w, kat debi w, oswa enfòmasyon kont bankè Ozetazini w nan fen aplikasyon an sou entènèt. Si ou pa gen yon kat kredi oswa debi, ou kapab sèvi ak kach tou pou achte yon kat pre-peye nan anpil gwo magazen. Asire w ou kite ase lajan sou kat la pou kouvri frè a.
Si w ap soumèt aplikasyon pemi travay ou a pa lapòs, gen kèk fason diferan pou peye frè a:
Kat Kredi oswa Kat Debi. Pou peye ak yon kat kredi oswa kat debi, ranpli de Fòm G-1450. Si w ap aplike pou premye pemi travay TPS ou, ranpli yon fòm pou $520 ak yon lòt pou $570. Si w ap aplike pou renouvle pemi travay TPS ou, ranpli yon fòm pou $520 ak yon lòt pou $280. Mete fòm yo anlè aplikasyon pemi travay ou a. Si ou pa gen yon kat kredi oswa debi, ou kapab sèvi ak kach pou achte yon kat pre-peye nan anpil gwo magazen. Asire w ou kite ase lajan sou kat la pou kouvri frè a.
Kont Bankè. Pou peye pa debi elektwonik (ACH) soti nan yon kont bankè Ozetazini, ranpli de Fòm G-1650. Si w ap aplike pou premye pemi travay TPS ou, ranpli yon fòm pou $520 ak yon lòt pou $570. Si w ap aplike pou renouvle pemi travay TPS ou, ranpli yon fòm pou $520 ak yon lòt pou $280. Mete fòm yo anlè aplikasyon pemi travay ou a.
Chèk: Pou peye pa chèk si ou pa gen aksè ak yon kat kredi oswa yon kont bankè, ou dwe siyen epi mete tou Fòm G-1651, Exemption for Paper Fee Payment, anlè aplikasyon pemi travay ou a ak de chèk. Si w ap aplike pou premye pemi travay TPS ou, ekri yon chèk pou $520 ak yon lòt pou $570. Si w ap aplike pou yon renouvèlman pemi travay TPS, ekri yon chèk pou $520 ak yon lòt pou $280. Mete chèk yo nan non “U.S. Department of Homeland Security”. Ekri nimewo alyen (A number) ou a (pa egzanp, A# 000-000-000) yon kote sou chèk yo.
Moni odè. Pou peye pa moni odè si ou pa gen aksè ak yon kat kredi oswa yon kont bankè, ou dwe siyen epi mete tou yon Fòm G-1651, Exemption for Paper Fee Payment anlè aplikasyon pemi travay ou a ak de moni odè. Si w ap aplike pou premye pemi travay TPS ou, achte yon moni odè pou $520 ak yon lòt pou $570. Si w ap aplike pou yon renouvèlman pemi travay TPS, achte yon moni odè pou $520 ak yon lòt pou $280. Ou kapab achte moni odè nan yon biwo lapòs, yon bank, ak kèk magazen. Mete moni odè yo nan non “U.S. Department of Homeland Security”. Ekri nimewo alyen ou a (pa egzanp, A# 000-000-000) yon kote sou moni odè yo.
Ou kapab aplike pou yon egzansyon pou yon pati nan frè yo lè w mande yon egzansyon pou frè a. Si w ap aplike pou premye pemi travay ou baze sou TPS, ou kapab aplike pou yo egzante w pou $470 si w ap depoze l sou entènèt oswa $520 si w ap depoze l pa lapòs. Men lòt pati nan frè yo ($570 si se premye pemi travay ou oswa $280 si w ap renouvle) pa kapab egzante epi ou dwe toujou peye l.
Tan tretman an. Malerezman, pa gen okenn limit sou konbyen tan USCIS kapa b pran pou trete aplikasyon pemi travay ou a. Kounye a, USCIS ap pran anpil tan pou trete aplikasyon pemi travay ki baze sou TPS. Si w ap fè fas ak yon gwo reta, ou kapa b swiv menm etap ki dekri nan seksyon nou an sou reta nan renouvèlman (menmsi lyen sa a se sou pemi travay pou moun k ap chèche azil, ou kapa b swiv menm etap yo).
Si USCIS apwouve aplikasyon w lan, ou ta dwe resevwa yon pemi travay ki valab pou yon ane, oswa jiska dat ekspirasyon TPS la, kèlkeswa sa k rive an premye.
Pemi travay ki baze sou azil. Si w ap aplike pou azil ak TPS anmenmtan, ou kapa b kapab resevwa yon pemi travay pi vit si w soumèt yon aplikasyon pemi travay ki baze sou azil, olye de TPS. Depi mwa jen 2022, aplikasyon pemi travay ki baze sou azil yo ap trete pi vit pase aplikasyon pemi travay ki baze sou TPS. Ou kapa b aprann plis sou pwosesis pou aplike pou yon pemi travay ki baze sou azil. Ou kapa b swete tou chèche asistans legal.
Reta. Si w gen yon bon tan w ap tann pemi travay ou a, li isit la pou w wè pwochen etap ou kapa b fè yo.
Mwen genyen azil mwen. Èske mwen kapa b travay?
Wi! Apre ou fin genyen estati azil (asylee status), ou kapa b travay legalman imedyatman.
Gen de fason pou montre yon patwon ou kapa b travay legalman: (1) yon nouvo pemi travay ki baze sou genyen azil, OSWA (2) yon dokiman yo rele Fòm I-94 ki montre ou genyen azil. (Remak: Si w te resevwa yon Fòm I-94 lè w te antre Ozetazini, sa a pral yon vèsyon diferan, ki ajou, nan dokiman an.) Ou kapa b sèvi ak Fòm I-94 ou a tou pou mande yon nouvo kat nimewo social security (SSN) oswa yon kat ki ajou nan biwo Social Security Administration ki pi pre w la.
Fason pou w jwenn yon Fòm I-94 ak yon nouvo pemi travay la diferan selon si w te genyen azil nan USCIS oswa nan tribinal imigrasyon.
Si w te genyen azil apre yon entèvyou azil ak USCIS, USCIS ta dwe voye yon nouvo pemi travay nan kategori “A05” ba ou otomatikman ansanm ak yon Fòm I-94 ki montre ou genyen azil.
Si w te genyen azil nan tribinal imigrasyon, ou kapa b bezwen fè etap anplis.
USCIS kapa b voye yon Fòm I-94 ba ou pa lapòs otomatikman. Fòm I-94 ki montre ou genyen azil la se sèl prèv otorizasyon travay ou bezwen, men anpil moun vle yon nouvo pemi travay tou kòm yon fòm idantite.
Si ou vle yon nouvo pemi travay, ou kapa b aplike pa lapòs.
Pa gen opsyon pou aplike sou entènèt pou kalite pemi travay sa a pou kounye a. Pou aplike pou yon pemi travay pa lapòs, ranpli Fòm I-765. Pou Pati 2 Kesyon 27, ou kapa b mete (a)(5) kòm kategori kalifikasyon ou. Ou ta dwe mete yon kopi desizyon ki ba ou azil la ak yon kopi nouvo Fòm I-94 ou a si ou genyen li. Pa gen okenn frè si se premye fwa w ap aplike pou yon pemi travay apre ou fin genyen azil.
Malerezman, pa gen limit sou konbyen tan USCIS kapa b pran pou trete aplikasyon pemi travay ou a. Si ou gen yon bon tan ap tann pemi travay ou, li isit la pou wè etap ou kapa b swiv apre sa.
Si USCIS pa t voye yon Fòm I-94 ba ou pa lapòs, ou kapa b mande youn nan yon randevou an pèsòn.
Ou kapa b mande yon randevou an pèsòn ak USCIS yo rele yon randevou InfoPass pou resevwa yon Fòm I-94. Ou kapa b tou kapab mande yon pemi travay nan randevou sa a. Ou kapa b fè sa lè ou rele USCIS oswa lè ou sèvi ak kont USCIS (USCIS account) ou sou entènèt.
Nan telefòn: rele Sant Sèvis USCIS (Contact Center) nan 1-800-375-5283. Lè yo mande w pou esplike pou kisa w ap rele, ou kapa b di “InfoPass” pou pale ak yon reprezantan. Apre sa, ou kapa b di yo ou te genyen azil nan tribinal imigrasyon epi mande yon randevou InfoPass.
Sou entènèt: ou kapa b mande yon randevou sou paj entènèt an USCIS sa a.
Ou kapa b wè epi enprime lèt randevou InfoPass ou a lè ou klike sou “View your appointment” sou paj entènèt an USCIS sa a. Pote lèt randevou a ak lòd jij imigrasyon an ki ba ou azil la nan randevou InfoPass ou a.
Si ou pa gen plan pou jwenn yon nouvo pemi travay, ou kapa b mande yon Fòm I-94 epi sèvi ak sa kòm prèv otorizasyon travay pito. Menm si ou gen plan pou jwenn yon nouvo pemi travay, ou kapa b vle mande yon Fòm I-94 tou pou ou gen plis prèv sou nouvo estati azil (asylee status) ou a epi pou ou mete li si ou aplike pou rezidans pèmanan (yon “kat rezidan pèmanan”) nan lavni.
Mwen te genyen sispansyon depòtasyon (withholding of removal). Èske mwen kapa b aplike pou yon pemi travay?
Wi! Si ou te genyen sispansyon depòtasyon, ou kalifye pou aplike pou yon pemi travay. Moun ki te genyen sispansyon depòtasyon pa gen otorizasyon otomatik pou yo travay Ozetazini, donk w ap bezwen jwenn yon pemi travay pou ou kapa b gen otorizasyon pou travay.
Si ou te genyen sispansyon depòtasyon, ou kapa b aplike pou yon pemi travay lè ou voye Fòm I-765 pa lapòs. Pa gen opsyon pou aplike sou entènèt pou kalite pemi travay sa a pou kounye a. Pou Pati 2 Kesyon 27, ou kapa b mete (a)(10) kòm kategori kalifikasyon ou. Ou ta dwe mete yon kopi desizyon jij imigrasyon an ki ba ou sispansyon depòtasyon an. Pa gen frè pou aplike pou yon premye pemi travay oswa yon renouvèlman pemi travay baze sou sispansyon depòtasyon ou te genyen an. Malerezman, pa gen limit sou konbyen tan USCIS kapa b pran pou trete aplikasyon pemi travay ou a.
Si ou poko gen yon nimewo social security (SSN), ou kapa b swiv enstriksyon sa yo pou aplike pou youn apre ou fin resevwa pemi travay ou.
Pran nòt ke pemi travay ou ki baze sou sispansyon depòtasyon an ap ekspire apre yon sèten tan. Ou kapa b jwenn dat ekspirasyon an sou kat pemi travay la. Ou ta dwe kontwole dat ekspirasyon an epi asire w ou aplike pou renouvle pemi travay ou (pandan w ap sèvi ak Fòm I-765) anvan li ekspire. Se yon bon lide pou aplike pou renouvèlman an omwen 1 an anvan li ekspire poutèt tan tretman yo ki long.
Si ou te aplike pou renouvle pemi travay ou anvan 30 oktòb 2025 epi anvan pemi travay ou a te ekspire, pemi travay ou a pwolonje otomatikman pou 540 jou apre dat ekspirasyon ki ekri sou kat la. Pou plis enfòmasyo, klike sou lyen sa a sou pwolongasyon otomatik la isit la.
Si ou aplike pou renouvle pemi travay ou nan dat 30 oktòb 2025 oswa apre sa, pemi travay ou ap ekspire nan dat ekspirasyon an, san okenn pwolongasyon.
Nòt: Si ou gen yon bon bout tan depi w ap tann pemi travay ou, li isit la pou w wè etap ou kapa b suiv.
Èske gen lòt kalite pemi travay ankò?
Wi! Sa a se pa yon lis konplè, epi gen lòt kalite pemi travay tou. Ou kapa b jwenn plis enfòmasyon tou sou paj entènèt an USCIS sa a. Pou w konnen si ou elijib pou yon lòt kalite pemi travay, ou kapa b vle konsilte yon avoka. Jwenn èd legal isit la.
Mwen gen yon pemi travay ki pa baze sou azil. Èske mwen kapa b aplike tou pou yon pemi travay kòm yon moun k ap chèche azil?
Wi. Si ou gen yon pemi travay ki pa baze sou azil (pa egzanp, yon pemi travay ki baze sou pawol (“parole”) – kategori C11), ou kapa b aplike tou pou yon pemi travay kòm yon moun k ap chèche azil (kategori C08). Pou w aplike pou yon pemi travay kòm yon moun k ap chèche azil, ou bezwen soumèt yon aplikasyon azil epi apre sa tann 150 jou. Ou PA bezwen tann lòt pemi travay ou a ekspire.
Ou kapa b suiv enstriksyon sa yo pou w aplike pou yon pemi travay kòm yon moun k ap chèche azil.
Si ou gen yon lòt pemi travay men sa a se premye pemi travay ou kòm yon moun k ap chèche azil, ou ta dwe make ke w ap aplike pou “initial permission to accept employment” (pèmisyon inisyal pou aksepte travay) sou aplikasyon pemi travay la (Fòm I-765). Sa se paske nouvo pemi travay sa a pral nan yon kategori ki diferan ak lòt pemi travay ou a.
Si ou poko aplike pou azil men w ap konsidere fè sa, ou kapa b li enfòmasyon sou desizyon pou aplike pou azil la.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) gen kòm objektif pou bay enfòmasyon ki baze sou reyalite konsènan lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo pa reprezante konsèy legal.
Tout kontni legal yo ekri epi yo pase anba revizyon legal ekip avoka ekspè nan imigrasyon ASAP yo. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo admèt nan Bawo nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm nan dwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè pri pou travay legal yo fè.