Ekri pa avoka imigrasyon ekspè ASAP yo · Mizajou nan dat
Dokiman sa a se yon Avi Pwovizwa ki Otorize Pawòl (“parole”). Si ou te resevwa pawòl apre yo te fin kenbe ou nan detansyon imigrasyon, ou ka gen yon dokiman papye tankou sa a. Ale sou paj entènèt an pou echantiyon dokiman yo pou w wè lòt kalite dokiman pawòl, san wete yon vèsyon sou entènèt.
Pafwa, gouvènman Etazini an bay yon moun pawòl lè li antre Ozetazini. Pawòl se yon kalite pèmisyon diskresyonè pou antre Ozetazini. Yo bay li sèlman ak kèk moun nan sèten sitiyasyon. Li pa nesesè pou w gen pawòl pou w ka chèche azil. Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa a konsènan pwosesis pou aplike pou azil Ozetazini. Li enfòmasyon sou fason pou w aplike pou yon pemi travay baze sou pawòl.
Si ou soti Kiba epi ou te resevwa dokiman sa a apre ou fin antre Ozetazini, oswa ou te resevwa yon lòt dokiman ki gen “212(d)(5)” ekri sou li, ou ka vle pale ak yon avoka pou konnen si ou kalifye pou Lwa sou Ajisteman pou Kiben. Chèche asistans legal.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) gen kòm objektif pou bay enfòmasyon ki kòrèk sou lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo pa konsèy legal.
Tout kontni legal se ekip avoka imigrasyon ekspè ASAP yo ki ekri li epi ki revize li legalman. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo gen lisans nan Baro nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm nan dwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè pri pou travay legal yo fè.
