Ekri pa avoka imigrasyon ekspè ASAP yo · Mizajou nan dat
Paj sa a gen enfòmasyon pou moun k ap chèche azil sou vwayaj, deplase anndan peyi Etazini, ak kite peyi Etazini. Ou kapab jwenn enfòmasyon ajou tou sou jan lwa yo ap chanje pou moun k ap chèche azil yo.
Vwayaje
Èske mwen kapab vwayaje anndan peyi Etazini pandan dosye azil mwen an ap tann yon desizyon?
Èske mwen kapab vwayaje andeyò peyi Etazini pandan dosye azil mwen an ap tann yon desizyon?
Èske mwen kapab vwayaje andeyò peyi Etazini si mwen genyen azil la?
Deplase anndan peyi Etazini
Èske mwen kapab deplase pandan aplikasyon azil mwen an ap tann yon desizyon?
Kouman pou mwen chanje adrès mwen nan Komisyon Apèl Imigrasyon (BIA)?
Mwen te aplike pou azil nan USCIS epi apre sa mwen deplase byen lwen. Kisa k pral rive apre sa?
Kite peyi Etazini
Mwen vle kite peyi Etazini epi mwen pa vle chèche azil ankò. Kisa mwen ta dwe konnen?
Èske mwen kapab tounen Ozetazini alavni apre mwen fin kite peyi a?
Lòt Sijè
Èske mwen kapab vwayaje anndan peyi Etazini pandan dosye azil mwen an ap tann yon desizyon?
Nan mwa jiyè 2026, gouvènman an te kòmanse mete anpil lòt moun nan detasyon nan ayewopò yo. Gouvènman an fikse yon objektif pou ogmante arestasyon imigrasyon nan tout peyi a, sa enkli pandan kontwòl machin sou wout. Sa vle di risk pou yo mete w nan detansyon pandan w ap vwayaje ogmante anpil, menm pou moun ki gen aplikasyon k ap tann yon desizyon oswa pemi travay ki valid. Aprann kisa ou kapab fè si ou menm oswa yon moun ou renmen nan detasyon.
Lè ou kite lakay ou, pote yon pyès idantite Etazini si ou genyen youn. Si ou gen omwen 2 ane Ozetazini, ou ka vle pote dokiman ki pwouve sa. Li plis mezi sekirite.
Avyon
Nan mwa ki sot pase yo, ICE te mete anpil imigran nan detansyon nan ayewopò atravè peyi a, sa enkli moun ki gen aplikasyon k ap tann yon desizyon, pemi travay ki valid, oswa moun estati imigrasyon yo pral ekspire talè.
Si ou gen rezidans pèmanan (permanent residence) oswa si ou te genyen azil deja, an jeneral ou kapab vwayaje an sekirite nan avyon anndan peyi Etazini epi ou ta dwe pote prèv estati sa a.
Men depi 2025, lefètke ou gen yon aplikasyon azil k ap tann yon desizyon, yon pemi travay, oswa lòt aplikasyon imigrasyon k ap tann yon desizyon, sa ka pa ase pou fè vwayaj nan avyon an sekirite. Gouvènman an mete anpil moun ki gen aplikasyon k ap tann yon desizyon ak pemi travay ki valid nan detansyon nan ayewopò yo. Apre ou fin achte yon tikè avyon, ajans gouvènman TSA a kapab pataje enfòmasyon sou idantite w ak plan vwayaj ou ak ICE. Nan tout ayewopò, ou dwe pase nan yon kontwòl sekirite TSA epi montre dokiman idantite anvan ou kapab monte nan yon avyon.
Ou kapab li tou gid sa a oswa gid sa a ki soti nan lòt òganizasyon pou plis enfòmasyon.
Apati 7 me 2025, ou bezwen yon idantite ki satisfè egzijans REAL ID yo. Pa egzanp, ou kapab sèvi ak yon paspò ki soti nan peyi Etazini oswa nan yon lòt peyi, yon kat pemi travay, oswa yon lisans chofè ki konfòm ak REAL ID (sa yo gen yon zetwal nan kwen anwo kat la). Ou kapab wè yon lis konplè idantite yo aksepte isit la ak repons pou kesyon moun poze souvan isit la.
Bis, Tren, ak Machin
Otobis ak tren ki fè distans long: Ou kapab vwayaje souvan nan otobis oswa tren ki fè distans long san ou pa rankontre ajan imigrasyon. Men, pafwa ajan imigrasyon yo monte nan otobis oswa tren sa yo epi yo mande moun dokiman yo. Sa rive pi souvan nan eta ki toupre fwontyè Meksik ak Etazini, men yo rapòte sa tou toupre fwontyè Kanada ak Etazini. Moun k ap vwayaje nan otobis lavil oswa tren lokal (tankou tren anba tè oswa tren banlye) anjeneral gen mwens chans pou yo rankontre ajan imigrasyon.
Machin: Pifò nan tan, ou kapab kondui oswa monte nan yon machin san ou pa rankontre ajan imigrasyon. Men, yo rapòte ke ajan imigrasyon ak kèk ofisye lapolis lokal konn kanpe machin epi mande dokiman imigrasyon. Gouvènman an mete pòs kontwòl imigrasyon tou sou kèk gran wout, souvan nan eta ki gen fwontyè ak Meksik oswa Kanada. Ou kapab jwenn yon lis pòs kontwòl pèmanan isit la, menmsi lis sa a ka pa konplè oswa ajou. Gouvènman an mete pòs kontwòl tanporè tou nan lòt kote, espesyalman nan yon reyon 100 mil ak nenpòt fwontyè. Si w ap kondui, pote lisans chofè Etazini ou epi pran asirans machin jan lalwa mande sa nan tout eta yo. Kondui ak pridans epi respekte kòd wout la.
Ou kapab pote dokiman sa yo avèk ou lè w ap vwayaje:
Si ou gen yon kat idantite ameriken tankou yon lisans chofè, ID leta, kat rezidan pèmanan (green card), oswa pemi travay, pote l avèk ou. Men, gouvènman an kapab toujou detni imigran k ap vwayaje ak lisans chofè ak pemi travay ki valid.
Ou kapab pote yon kopi yon Avi pou paret nan tribinal (Notice to Appear), yon Avi Randevou, Fòm I-94 (gade egzanp yo isit la, isit la, ak isit la), oswa yon viza ou te resevwa pou vini Ozetazini, si ou gen nenpòt nan dokiman sa yo.
Menmsi ou gen yon aplikasyon azil ki annatant, si ou gen yon lòt estati imigrasyon ki pa ekspire (tankou TPS oswa DACA), pote prèv estati sa a tou. Kite yon kopi dokiman sa yo nan men yon moun ou fè konfyans oswa nan yon kote ki an sekirite.
Èske mwen kapa b vwayaje andeyò Etazini pandan dosye azil mwen an annatant?
An jeneral, si ou se yon moun k ap chèche azil epi ou vle kontinye pouswiv dosye azil ou Ozetazini, li pi bon pou ou pa vwayaje andeyò Etazini. Vwayaje nan peyi orijin ou gen anpil risk - gen anpil chans pou yo rejte dosye azil ou a. Li kapab itil pou ou pale ak yon avoka anvan nenpòt vwayaj andeyò Etazini. (Si ou vle kite Etazini epi ou pa vle chèche azil ankò, ou kapab li enfòmasyon sou bagay pou w konsidere anvan ou pati.)
Vwayaj nan peyi orijin ou: Gouvènman ameriken an ap pwobableman rejte aplikasyon azil ou a si ou vwayaje nan peyi orijin ou. Menmsi ou resevwa otorizasyon pou vwayaje davans (advanced parole) anvan ou pati, gouvènman an kapab toujou rejte dosye azil ou a lè ou tounen Ozetazini.
Vwayaj nan yon peyi ki pa peyi orijin ou: Si ou bezwen vwayaje nan yon peyi ki pa peyi orijin ou, sa ka posib, men gen risk. Men kèk bagay pou w konsidere.
Arestasyon ak detansyon: Gen yon risk pou yo arete w lè w ap eseye kite oswa retounen Ozetazini. Ajan imigrasyon yo konn prezan nan ayewopò ki gen vòl entènasyonal yo. Yo kapa b kanpe w epi poze w keksyon. Sa ka lakòz arestasyon ak detasyon, menm si ou gen yon aplikasyon azil k ap tann yon desizyon epi yon pemi travay ki valid. Li konsèy sou sekirite lè w ap vwayaje nan avyon.
Restriksyon sou vwayaj: Règ sou ki moun ki kapa b antre oswa re-antre Ozetazini ap chanje souvan. Li enfòmasyon sou restriksyon ki genyen kounye a. Si w soti nan yon peyi ki gen restriksyon, sa ka difisil anpil pou w re-antre Ozetazini apre w fin pati.
Otorizasyon pou vwayaje davans: Si w bezwen vwayaje andeyò Etazini epi ou vle kontinye pouswiv dosye azil ou a, ou dwe fè yon demann pou otorizasyon pou vwayaje davans (advanced parole) nan men gouvènman ameriken an anvan ou pati. Si w vwayaje andeyò Etazini san otorizasyon pou vwayaje davans, gen anpil chans pou yo refize dosye azil ou a. Men, li difisil pou w jwenn otorizasyon pou vwayaje davans, epi sa pa garanti y ap kite w retounen Ozetazini. Epitou, si yo kite w tounen Ozetazini apre w fin vwayaje ak yon otorizasyon pou vwayaje davans, kounye a gen yon frè pawòl (“parole”) $1,050 pou w peye.
Si w deside fè demann pou otorizasyon pou vwayaje davans: fason pou w fè demann lan depann de si dosye azil ou a nan men USCIS oswa nan tribinal imigrasyon.
Si w ap fè demann azil nan men USCIS, ou kapa b eseye fè demann pou otorizasyon pou vwayaje davans avèk Fòm I-131. Men, yo kapa b refize aplikasyon otorizasyon pou vwayaje davans lan epi sa kapa b pran plizyè mwa oswa plis tan pou w resevwa yon desizyon. Epitou, si w soti nan youn nan peyi espesifik sa yo, USCIS deklare yo p ap apwouve otorizasyon pou vwayaje davans pou kounye a.
Si w ap fè demann azil nan tribinal imigrasyon, ou kapa b eseye mande ICE otorizasyon pou vwayaje davans. Men, sa pi difisil toujou pase mande USCIS otorizasyon pou vwayaje davans. Epitou, si yon jij imigrasyon te bay yon lòd depòtasyon (removal order) pou ou oswa si dosye w la nan apèl, si w kite Etazini, yo kapa b konsidere sa kòm yon aksyon kote w depòte tèt ou, epi ou kapa b pèdi dwa pou w kontinye goumen pou azil.
Ankò, menm si ou resevwa otorizasyon pou vwayaje davans, sa pa garanti y ap kite w retounen Ozetazini. Ou kapa b vle chèche yon avoka pou diskite sou opsyon ou genyen yo.
Si ou gen yon lòt kalite dosye oswa estati imigrasyon, ou kapa b li dokiman lòt òganizasyon prepare sou vwayaj andeyò Etazini ak dwa w genyen lè w ap vwayaje. Ou kapa b vle tou chèche yon avoka pou diskite sou opsyon ou genyen yo.
Èske mwen kapa b vwayaje andeyò peyi Etazini si mwen genyen azil?
An jeneral, wi. Men, gen kèk risk toujou.
Règ sou ki moun ki ka antre oswa re-antre Ozetazini ap chanje souvan. Gouvènman an limite vwayaj pou moun ki soti nan plizyè peyi pou yo antre Ozetazini. Si ou soti nan yon peyi ki gen restriksyon, sa ka difisil anpil pou ou re-antre Ozetazini apre ou fin pati. Li enfòmasyon sou restriksyon ki egziste kounye a yo isit la.
Genyen tou kèk risk pou yo arete w lè w ap eseye pati oswa retounen Ozetazini. Gen ajan imigrasyon nan ayewopò ki gen vòl entènasyonal yo, epi yo ka kanpe w pou poze w kesyon. Kounye a, li ra pou yon moun ki te genyen azil arete epi mete nan detasyon nan ayewopò, men sa posib. Ajan imigrasyon yo anjeneral prezan nan ayewopò ki gen vòl entènasyonal yo. Li konsèy sou sekirite lè w ap vwayaje nan avyon.
Si ou deside vwayaje andeyò peyi Etazini se yon bon bagay pou ou, w ap bezwen prepare kèk dokiman. Dokiman ou bezwen pou vwayaje yo depann de estati imigrasyon ou genyen kounye a. Li plis enfòmasyon anba a.
Si ou te genyen azil men ou poko yon rezidan pèmanan Ozetazini, ou bezwen aplike pou yon dokiman vwayaj pou refijye pou vwayaje andeyò peyi Etazini. Ou ka aplike pou yon dokiman vwayaj pou refijye lè ou soumèt Fòm I-131 bay USCIS. Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou paj USCIS sa a oswa sou paj sa a.
Epitou, tanpri pran nòt gen risk si ou vwayaje nan peyi orijin ou apre ou fin genyen azil. Si ou fè sa, gouvènman ameriken an ka anile estati azil (asylee status) ou a. Gouvènman ameriken an ka refize aplikasyon kat rezidan pèmanan (rezidans pèmanan (permanent residence)) ou a tou paske ou te vwayaje nan peyi orijin ou.
Si ou se yon rezidan pèmanan Ozetazini, ou ka aplike pou yon dokiman vwayaj pou refijye pou vwayaje andeyò peyi Etazini. Ou ka vwayaje andeyò peyi Etazini tou avèk kat rezidan pèmanan ou ak yon paspò ki soti nan peyi orijin ou, men gen kèk moun ki ka prefere pa sèvi ak paspò yo oswa ki pa ka jwenn oswa renouvle yon paspò an sekirite. Ou ka aplike pou yon dokiman vwayaj pou refijye lè ou soumèt Fòm I-131 bay USCIS. Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou paj USCIS sa a.
Ankò, gen risk si ou vwayaje nan peyi orijin ou. Gouvènman ameriken an ka anile rezidans pèmanan ou, epi sa ka afekte aplikasyon pou sitwayènte ameriken ou an yon fason negatif si ou aplike.
Ou ka li tou sou lòt bagay pou w konsidere lè w ap vwayaje kòm yon rezidan pèmanan.
Si ou vin yon sitwayen ameriken, ou ka aplike pou yon paspò ameriken pou ou ka vwayaje andeyò peyi Etazini.
Si ou gen yon lòt kalite dosye oswa estati imigrasyon, ou kapa b li resous lòt òganizasyon sou vwayaje andeyò peyi Etazini ak dwa ou genyen lè w ap vwayaje.
Pou resevwa konsèy legal espesifik pou sitiyasyon ou, ou ka swete jwenn yon avoka pou diskite sou opsyon ou yo.
Èske mwen kapa b deplase pandan aplikasyon azil mwen an ap tann yon desizyon?
Wi, ou kapa b deplase pandan aplikasyon azil ou a ap tann yon desizyon. Si ou gen Randevou pou prezante nan yon biwo ICE (ICE check-in), ICE ka di ou pou ou mande pèmisyon anvan ou deplase. Li plis enfòmasyon isit la.
Gouvènman an di moun k ap chèche azil yo dwe mete adrès yo ajou ak gouvènman an lè yo deplase. Si ou vle kontinye ak dosye azil ou a, ou kapa b mete adrès ou ajou pou ou kapa b resevwa dokiman enpòtan nan lapòs tankou avi pou randevou nan tribinal oswa entèvyou.
Chak ajans imigrasyon gen yon pwosesis separe pou mete adrès ou ajou. Sa ka enkli youn oswa plis nan ajans imigrasyon sa yo: USCIS, tribinal imigrasyon, ak ICE oswa ISAP. Tanpri kontinye li pou jwenn enstriksyon yo.
Mwen deplase. Kisa pou m fè?
Gouvènman an di moun k ap chèche azil yo dwe mete adrès yo ajou ak gouvènman an lè yo deplase. Si ou vle kontinye ak dosye azil ou a epi resevwa dokiman pa lapòs, li enpòtan pou mete adrès ou ajou. Konsa, gouvènman an ap gen adrès kòrèk ou epi l ap kapa b voye dokiman enpòtan ba ou nan lapòs tankou avi pou randevou nan tribinal oswa entèvyou, oswa kat pemi travay ou.
Chak ajans imigrasyon gen yon pwosesis separe pou mete adrès ou ajou.
U.S. Citizenship and Immigration Services (USCIS). Si ou te soumèt yon aplikasyon pou azil, pemi travay, oswa lòt aplikasyon bay USCIS:
Ou kapa b mete adrès ou ajou atravè yon kont USCIS (USCIS account) sou entènèt oswa pa lapòs.
Jwenn plis enstriksyon isit la.
Tribinal Imigrasyon. Si ou gen yon dosye nan tribinal imigrasyon:
Ou kapa b mete adrès ou ajou sou entènèt sou sit entènèt tribinal imigrasyon (Respondent Access Portal) sa a. Pou enstriksyon sou fason pou ranpli fòm nan, gade videyo sa a. Oswa jwenn plis opsyon.
Si ou deplase byen lwen, ou kapa b swete soumèt tou yon Motion to Change Venue pou mande pou deplase dosye w la nan yon tribinal ki pi pre w. Sa a se yon chwa. Nan kèk ka, si ou deplase byen lwen, jij la ka mande w si ou vle chanje tribinal imigrasyon w lan pou youn ki pi pre w. Li sou sa pou w konsidere lè w ap deside si w ap eseye chanje tribinal imigrasyon w.
Si ou pa sèten si ou gen yon dosye nan tribinal imigrasyon, li plis isit la.
Komisyon Apèl Imigrasyon (BIA). Si ou te fè apèl nan BIA apre yon jij imigrasyon te refize dosye w la:
Ou kapa b mete adrès ou ajou sou entènèt sou sit entènèt BIA sa a.
Jwenn plis opsyon isit la.
ICE oswa ISAP. Si ou gen randevou pou prezante w nan ICE oswa ISAP:
Ou kapa b mete adrès ou ajou an pèsòn pandan pwochen randevou w la, lè w sèvi ak zouti sou entènèt pou mete adrès ou ajou ak ICE, oswa nan telefòn nan 833-383-1465.
Si ou vle kontinye pouswiv dosye imigrasyon ou, ICE ka di ou pou ou mande pèmisyon anvan ou deplase. Li plis enfòmasyon isit la.
Si ou se yon manm ASAP, ou PA bezwen chanje adrès ou ak ASAP. ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) se yon òganizasyon san bi likratif epi li pa fè pati gouvènman Etazini an.
Kouman pou mwen chanje adrès mwen ak USCIS?
Si ou gen yon aplikasyon k ap tann nan USCIS, tankou yon aplikasyon pou pemi travay oswa yon aplikasyon pou azil, gen de fason pou chanje adrès ou: sou entènèt oswa pa lapòs. Li pi bon pou chak manm fanmi an mete adrès yo ajou separeman. Ou ka bezwen chanje adrès ou tou ak lòt ajans imigrasyon yo.
Tanpri pran nòt: Gen konsiderasyon espesyal pou kèk moun ki te aplike pou azil ak USCIS epi ki deplase ale byen lwen biwo azil yo a. Jwenn plis enfòmasyon.
Opsyon 1: Kont USCIS sou Entènèt
Ale sou sit entènèt myUSCIS la.
Konekte nan kont ou ki egziste deja a oswa kreye yon nouvo kont.
Ale nan paj chanjman adrès la.
Si w ap itilize yon telefòn, klike sou “Menu” nan kwen anwo adwat la, klike sou “Account actions,” epi klike sou “Change your address.”
Si w ap itilize yon òdinatè, klike sou “My Account” anlè a, epi klike sou “Change your address.”
Klike sou bouton ble ki anba paj la ki di “Change my address” pou kòmanse fòm nan.
Swiv enstriksyon yo pou ranpli epi soumèt fòm nan.
Ou ka gade videyo USCIS sa a tou.
Apre kèk jou, konfime ke USCIS te aksepte fòm ou an. Retounen nan paj chanjman adrès la. Desann anba nèt epi klike sou “View my submissions” pou tcheke estati fòm ou an.
Remak: Nan tan lontan, li te posib pou chanje adrès ou sou entènèt san ou pa t kreye yon kont USCIS (USCIS account). Kounye a, USCIS mande pou w gen yon kont sou entènèt.
Opsyon 2: Pa Lapòs
Ale sou paj entènèt an USCIS sa a epi telechaje Fòm AR-11.
Ranpli fòm nan an anglè. Sèvi ak lank nwa, epi mete siyati w ak dat la anba nèt.
Voye l pa lapòs nan adrès USCIS ki sou dezyèm paj fòm nan.
Ou ka jwenn konsèy sou fason pou voye fòm ou an pa lapòs isit la oswa ou ka gade videyo sa a.
Kouman pou mwen chanje adrès mwen ak tribinal imigrasyon an?
Ou ka chanje adrès ou ak tribinal imigrasyon an lè w soumèt Fòm EOIR-33 pa lapòs oswa sou entènèt. Li pi ba a pou w jwenn enstriksyon ki pi detaye! Si ou deplase ale byen lwen, ou ka swete soumèt tou yon Demann pou Chanje Tribinal pou mande jij ou a pou l deplase dosye w la nan yon tribinal imigrasyon ki pi pre w.
Ou ka bezwen chanje adrès ou tou ak lòt ajans imigrasyon yo.
Opsyon 1: Sou Entènèt
Ale sou sit entènèt tribinal imigrasyon sa a.
Ou kapab chanje lang fòm nan nan kwen anwo adwat la, men ou dwe antre tout repons yo an anglè.
Swiv enstriksyon ki sou sit entènèt la pou w ranpli fòm nan sou entènèt. Ou kapab gade videyo sa a tou.
Ou bezwen ranpli yon fòm separe pou chak manm fanmi ki enkli nan dosye w la. Pa egzanp, si w gen 2 timoun epi yo enkli nan dosye w la, w ap bezwen ranpli fòm nan 3 fwa.
Pou “Assigned Immigration Court,” ou dwe chwazi vil kote tribinal imigrasyon w lan ye kounye a, pa vil kote w deplase ale a.
Apre w fin ranpli enfòmasyon pèsonèl ou, klike sou bouton ki di “CLICK TO REVIEW.” Tcheke si tout repons yo kòrèk. Apre sa, tape non w nan espas “Signature” la.
Nan seksyon “PROOF OF SERVICE” la, fè yon chwa nan meni dewoulan pou “Office of the Chief Counsel for DHS.” Sa a se non ofisyèl pou biwo avoka gouvènman an. Chwazi kote biwo a ye ki koresponn ak tribinal imigrasyon w lan kounye a.
Anba nèt nan fòm nan, tape non w ankò nan espas “Signature” la.
Klike sou “Submit.” Sa ap voye fòm nan bay tribinal imigrasyon an pa mwayen elektwonik.
Apre w fin voye fòm nan, enprime 2 kopi. Premye kopi a se pou pwòp achiv pa w.
Dezyèm kopi Fòm EOIR-33 a dwe voye bay avoka gouvènman ameriken an. Ou kapab voye l sou entènèt nan sèvi ak ICE eService oswa pa lapòs. Ou kapab jwenn adrès avoka gouvènman an (OPLA) pou tribinal imigrasyon w lan sou tablo sa a.
Opsyon 2: Pa lapòs
Ale sou sit entènèt tribinal imigrasyon sa a. Ou kapab klike sou lang ou prefere a (si li disponib) nan lis lang ki anba bouton ble “Share” la.
Apre sa, desann paj la kote ki di “EOIR-33/IC” (si li nan lis pou lang ou te chwazi a) epi klike sou li pou w louvri fòm nan. Asire w ou chwazi Fòm EOIR-33/IC (ki vle di “Immigration Court”) epi pa chwazi EOIR-33/BIA (ki vle di “Komisyon Apèl Imigrasyon (BIA)”).
Nan dezyèm paj fòm nan, gen yon meni dewoulan ki di “Select Immigration Court.” Chwazi vil kote tribinal imigrasyon w lan ye kounye a. Sa ta dwe ranpli adrès postal pou tribinal imigrasyon w lan otomatikman.
Ou kapab ranpli rès fòm nan sou òdinatè a epi enprime l. Oswa ou kapab enprime l anvan epi ekri repons ou yo ak men. Ou dwe ekri repons ou yo an anglè. Ou kapab wè yon kopi yon Fòm EOIR-33/IC ak enstriksyon.
W ap bezwen adrès avoka gouvènman an pou w ranpli dènye seksyon Fòm EOIR-33/IC a. Ou kapab jwenn adrès avoka gouvènman an (OPLA) pou tribinal imigrasyon w lan sou tablo sa a.
Ou bezwen ranpli yon Fòm EOIR-33/IC separe pou chak manm fanmi ki enkli nan dosye w la. Si pitit ou a gen mwens pase 14 an, ou kapab siyen pou pitit ou a. Si pitit ou a gen 14 an oswa plis, timoun nan dwe siyen fòm nan.
Apre w fin ranpli epi enprime Fòm EOIR-33/IC a, siyen l nan tou de kote yo mande sa a, bò kote flèch yo. Apre sa, fè 2 kopi anplis. Ou kapab voye orijinal la pa lapòs nan tribinal imigrasyon w lan kounye a. Ou kapab sèvi ak dezyèm paj la ki gen adrès tribinal imigrasyon an kòm yon anvlòp, nan pliye l epi kole rebò yo ak tep epi mete yon tenm. Ou kapab depoze l an pèsòn tou nan fenèt kote yo depoze dokiman nan tribinal imigrasyon an.
Gade premye kopi a pou pwòp achiv pa w.
Voye dezyèm kopi a bay avoka gouvènman an. Ou kapab voye l sou entènèt nan sèvi ak ICE eService oswa pa lapòs, nan adrès ou te ekri nan dènye seksyon Fòm EOIR-33/IC a.
Kijan mwen ka chanje adrès mwen nan Komisyon Apèl Imigrasyon (BIA)?
Ou kapab chanje adrès ou nan BIA lè ou voye Fòm EOIR-33/BIA pa lapòs oswa sou entènèt. Li pi ba a pou w jwenn enstriksyon ki pi detaye! Ou ka bezwen chanje adrès ou tou nan lòt ajans imigrasyon yo.
Opsyon 1: Sou entènèt
Ouvri fòm sou entènèt sa a.
Ou kapab chanje lang fòm nan nan kwen anwo sou bò dwat la, men ou dwe ekri tout repons yo an anglè.
Swiv enstriksyon ki sou paj entènèt an pou w ranpli fòm nan sou entènèt.
Ou dwe ranpli yon fòm separe pou chak manm fanmi ki nan dosye w la.
Apre w fin ranpli enfòmasyon pèsonèl ou, klike sou bouton ki di “Click to Review.” Tcheke si tout repons yo kòrèk. Apre sa, tape non w nan espas “Signature” la.
Nan seksyon “PROOF OF SERVICE” la, fè yon chwa nan meni dewoulan an pou “Office of the Chief Counsel for DHS.” Sa a se non ofisyèl biwo avoka gouvènman an. Chwazi kote biwo a ye ki koresponn ak tribinal imigrasyon kote w te gen dosye imigrasyon w lan.
Anba nèt nan fòm nan, tape non w ankò nan espas “Signature” la.
Klike sou “Submit.” Sa ap voye fòm nan bay BIA pa mwayen elektwonik.
Apre w fin voye fòm nan, enprime 2 kopi. Premye kopi a se pou pwòp dosye pa w.
Dezyèm kopi Fòm EOIR-33/BIA a dwe voye bay avoka gouvènman ameriken an. Ou kapab voye l sou entènèt lè w sèvi ak ICE eService oswa pa lapòs. Ou kapab jwenn adrès avoka gouvènman an (OPLA) pou tribinal imigrasyon w lan sou tablo sa a.
Opsyon 2: Pa lapòs
Ale sou paj entènèt BIA sa a. Ou kapab klike sou lang ou prefere a (si li disponib) nan lis lang ki anba bouton ble “Share” la.
Apre sa, desann paj la jiskaske w wè kote ki di “EOIR-33/BIA” (si li nan lis pou lang ou te chwazi a) epi klike sou li pou w ouvri fòm nan. Ou dwe asire w ou chwazi Fòm EOIR-33/BIA (ki vle di “Board of Immigration Appeals”) epi pa Fòm EOIR-33/IC (ki vle di “Immigration Court”).
Ou kapab ranpli fòm nan sou òdinatè a epi enprime l. Oswa ou kapab enprime l anvan epi ekri repons yo ak men w. Ou dwe ekri repons yo an anglè.
Ou dwe ranpli yon Fòm EOIR-33/BIA separe pou chak manm fanmi ki nan dosye w la. Si pitit ou a gen mwens pase 14 an, ou kapab siyen pou li. Si pitit ou a gen 14 an oswa plis, timoun nan dwe siyen fòm nan.
W ap bezwen adrès avoka gouvènman an pou w ranpli dènye seksyon Fòm EOIR-33/BIA a. Ou kapab jwenn adrès avoka gouvènman an (OPLA) pou tribinal imigrasyon w lan sou tablo sa a.
Apre w fin ranpli epi enprime Fòm EOIR-33/BIA, siyen l nan tou de kote yo mande a, bò kote flèch yo. Apre sa, fè 2 kopi anplis. Ou kapab voye orijinal la bay BIA pa lapòs. Dezyèm paj fòm nan gen adrès BIA. Ou kapab sèvi ak dezyèm paj sa a kòm yon anvlòp, lè w pliye l epi kole rebò yo ak tep epi mete yon tenm sou li.
Gade premye kopi a pou pwòp dosye pa w.
Voye dezyèm kopi a bay avoka gouvènman an. Ou kapab voye kopi a sou entènèt lè w sèvi ak ICE eService oswa pa lapòs. Ou kapab sèvi ak tablo sa a pou w chèche adrès pou avoka gouvènman sa a (OPLA) pou tribinal imigrasyon w lan.
Kijan mwen ka chanje adrès mwen ak ICE oswa ISAP?
Gen kèk imigran ki gen randevou pou prezante nan yon biwo ICE (ICE check-in) oswa ISAP. Si ou gen randevou pou prezante tèt ou, ICE oswa ISAP ka di w pou w fè yo konnen anvan ak apre w fin deplase.
Anvan w deplase: Si ou vle kontinye pouswiv dosye imigrasyon w lan, ICE ka di w pou w jwenn pèmisyon anvan w deplase.
Si ou gen yon Fòm I-220A, ICE di ou dwe jwenn yon pèmisyon alekri nan men Ofisye ICE ou a anvan w deplase.
Si ou gen yon Fòm I-220B, ICE di ou dwe enfòme Ofisye ICE ou a alekri 48 èdtan anvan w deplase. Si w deplase byen lwen, ou ka mande ofisye ICE ou a pou l mete ajou kote w ap gen randevou a.
Si ou pa gen okenn nan fòm sa yo, epi ICE pa t di w ou bezwen fè yo konnen si w ap deplase, enben ICE di ou pa obligatwa pou w di yo sa anvan w deplase.
Apre w fin deplase: Kèlkeswa kalite fòm ou genyen an, ICE di ou ta dwe mete adrès ou ajou tou sou sit entènèt ICE la oswa nan telefòn nan 1-833-383-1465 apre w fin deplase. Ou ka bezwen tou chanje adrès ou ak tribinal imigrasyon an ak lòt ajans imigrasyon yo.
Mwen te aplike pou azil ak USCIS epi apre sa mwen deplase byen lwen. Kisa k pral rive apre sa?
Si ou te aplike pou azil ak USCIS, ou deplase byen lwen, epi gen yon lòt biwo azil ki pi pre nouvo adrès ou a, chanje adrès ou ka pi konplike. Ou ka tcheke ki biwo azil ki pi pre nouvo adrès ou a lè w antre nouvo kòd postal (zip code) ou a sou paj entènèt an USCIS sa a.
Si ou te aplike pou azil sa gen plis pase 180 jou, epi ou pa t resevwa yon avi pou entèvyou azil: Ou ta dwe mete adrès ou ajou swivan etap ki anwo yo. Apre w fin mete adrès ou ajou, USCIS ka chanje biwo azil ou a otomatikman pou l mete l nan youn ki pi pre w.
Si ou te aplike pou azil sa gen mwens pase 180 jou: Ou ka vle konsidere tann pou w deplase epi mete adrès ou ajou jiskaske w rive nan 180 jou. Si w deplase byen lwen, apre w fin mete adrès ou ajou, USCIS ta ka chanje biwo azil ou a epi apre sa yo pral pwobableman kanpe revèy (“asylum clock”) ou a. Sa ka reta kilè ou ka aplike pou premye pemi travay ou kòm yon moun k ap chèche azil. Si yo te kanpe revèy ou a, ou ka eseye kontakte nouvo biwo azil ou a pou mande yo rekòmanse revèy ou a. Ou ka jwenn enfòmasyon pou kontakte biwo azil yo isit la. Li plis enfòmasyon sou revèy azil la isit la.
Si ou te resevwa deja yon avi pou entèvyou azil: ou ka ale nan entèvyou azil ou a epi di ofisye azil la nouvo adrès ou a an pèsòn, olye pou w soumèt yon demann pou chanjman adrès sou entènèt oswa pa lapòs. Si ou pa kapab ale nan entèvyou a, ou ta dwe mande pou ranvwaye entèvyou w la pi vit posib. Men, li pi bon pou w ale nan entèvyou azil ou a nan lè yo te planifye a. Si w mande pou ranvwaye entèvyou w la, ou ka gen pou w tann yon tan ki long pou yon nouvo entèvyou.
Mwen deplase ale byen lwen tribinal imigrasyon mwen an. Èske mwen ta dwe eseye transfere dosye m nan yon lòt tribinal?
Repons lan depann de sitiyasyon espesifik ou.
Si ou deplase ale byen lwen tribinal imigrasyon ou an, ou kapa b eseye chanje tribinal imigrasyon ou an pou youn ki pi pre w. Men, ou pa bezwen chanje tribinal imigrasyon ou chak fwa ou deplase.
Jij imigrasyon an kapa b mande w nan yon premye randevou w nan tribinal (master calendar hearing) si ou vle chanje kote w ap pase nan tribinal la si adrès ou chanje epi ou deplase ale byen lwen. Oubyen ou kapa b soumèt yon demann yo rele yon “Motion to Change Venue” nan tribinal imigrasyon kote ou gen yon randevou ki pwograme kounye a. Kit ou eseye chanje tribinal imigrasyon ou oswa ou pa, gouvènman an mande pou ou mete adrès ou ajou lè ou deplase pou asire ke ou resevwa lèt enpòtan yo.
Men kèk bagay pou w konsidere lè w ap deside si w ap eseye chanje tribinal ou:
Si ou pa kapa b ale nan randevou w yo paske tribinal imigrasyon ou genyen kounye a twò lwen, sa kapa b yon rezon pou w eseye chanje tribinal ou.
Si ou chanje tribinal imigrasyon ou, jij imigrasyon ou an ap chanje tou. Diferan jij gen diferan pousantaj pou akòde azil. Ou kapa b aprann sou pousantaj akòde azil jij ou genyen kounye a la a, epi tou tcheke jij yo nan nouvo tribinal imigrasyon an. Ou kapa b klike sou non jij ou a pou w jwenn plis detay. Gen kèk nouvo jij ki kapa b pa nan lis la.
Diferan jij gen diferan pratik tou sou si yo pèmèt randevou pa videyo. Si jij ou a pèmèt ou parèt nan randevou w la pa videyo, nouvo jij la kapa b pa pèmèt sa.
Si ou chanje tribinal imigrasyon ou, dat pwochen randevou imigrasyon w lan ap chanje tou. Li kapa b pi bonè oswa pi ta, sa depann de orè nouvo tribinal imigrasyon an, ak kote ou ye nan pwosesis tribinal imigrasyon an.
Depi mwa avril 2023, chanje tribinal imigrasyon ou pa sispann revèy (“asylum clock”) la ankò pou w kapa b aplike pou yon pemi travay. Sa te konn se yon rezon ki fè kèk moun pa t vle chanje tribinal yo, men se pa yon pwoblèm ankò.
Si ou deside eseye chanje kote w ap pase nan tribinal la, ou kapa b fè jij imigrasyon ou an konnen sa nan yon randevou, oswa ou kapa b depoze yon demann pou chanje tribinal (motion to change venue).
Kouman pou mwen depoze yon demann pou chanje tribinal pou mande transfere dosye m nan yon lòt tribinal?
Si ou deplase ale byen lwen tribinal imigrasyon ou an, ou kapa b vle mande pou chanje tribinal imigrasyon ou pou youn ki pi pre w. Fason pou fè sa se lè w soumèt yon “Motion to Change Venue” nan tribinal imigrasyon kote ou gen yon randevou ki pwograme kounye a. Li enfòmasyon sou faktè pou w konsidere lè w ap deside si w ap eseye chanje tribinal imigrasyon ou.
Si ou deside mande pou transfere tribinal imigrasyon ou, swiv etap ki anba yo. Ou kapa b wè yon modèl Motion to Change Venue ak enstriksyon isit la epi yon modèl vid kote ou kapa b ranpli espas yo isit la.
Tcheke sistèm otomatik tribinal imigrasyon an pou w ka jwenn kèk enfòmasyon. Ekri repons yo sou yon papye.
Kote tribinal imigrasyon w lan ye kounye a?
Kiyès ki jij imigrasyon w lan?
Ki lè pwochen randevou w nan tribinal la ye?
Chèche yon prèv pou nouvo adrès ou a.
Pa egzanp, sa kapab yon kontra lwaye, yon bòdiwo kouran oswa dlo, oswa dosye pitit ou nan nouvo lekòl li a. Dokiman an dwe montre non w ak nouvo adrès ou. Fè yon kopi dokiman sa a pou w mete ansanm ak demann ou an.
Si ou pa gen okenn lòt prèv, ou kapab mande yon moun k ap viv avèk ou nan nouvo adrès la pou l ekri yon lèt pou ou. Si lèt la pa ekri an anglè, w ap bezwen mete yon tradiksyon an anglè ak yon sètifika tradiksyon. Ou bezwen mete tou yon kopi pyès idantite moun sa a ak yon prèv adrès li. Ou kapab telechaje yon modèl lèt vid moun nan kapab ranpli la a. Ou kapab wè yon kopi yon lèt ak enstriksyon la a (paj 6 nan dokiman sa a).
Ranpli yon Fòm EOIR-33. Sa a se yon fòm ki fè tribinal imigrasyon an konnen ou deplase nan yon nouvo adrès.
Telechaje Fòm EOIR-33 la. Desann paj la kote ki make “EOIR-33/IC” (si li parèt nan lang ou chwazi a) epi klike sou li pou w louvri fòm nan. Asire w ou chwazi Fòm EOIR-33/IC (ki vle di “Immigration Court”) epi pa chwazi EOIR-33/BIA (ki vle di “Komisyon Apèl Imigrasyon (BIA)”). Nan dezyèm paj fòm nan, anba “Select Immigration Court,” chwazi vil kote tribinal imigrasyon w lan ye kounye a, pa chwazi nouvo vil kote w ap eseye transfere dosye w la.
Gade yon kopi Fòm EOIR-33 ak enstriksyon la a.
Ou bezwen ranpli yon Fòm EOIR-33 separe pou chak manm fanmi ki nan dosye w la. Pa egzanp, si ou gen 2 timoun epi yo nan dosye w la, w ap bezwen 3 fòm antou. Si pitit ou a gen mwens pase 14 an, ou kapab siyen pou li. Si pitit ou a gen 14 an oswa plis, li pi bon pou se timoun nan ki siyen fòm nan.
W ap bezwen adrès avoka gouvènman an pou w ranpli dènye seksyon fòm sa a. Ou kapab jwenn adrès avoka gouvènman an (OPLA) pou tribinal imigrasyon w lan sou tablo sa a.
Ranpli yon “Motion to Change Venue” (Demann pou Chanje Tribinal). Sa se yon demann ki mande yon jij imigrasyon pou deplase dosye w la nan tribinal ki pi pre w la. Dokiman sa a dwe ekri an anglè. Si ou chwazi ranpli dokiman sa a alamen, ou dwe itilize yon plim nwa.
Telechaje yon kopi vid yon Motion to Change Venue ou kapa b ranpli. Sèvi ak vèsyon sa a ki gen enstriksyon detaye kòm gid ou.
Nan Motion to Change Venue ou a, jeneralman ou bezwen reponn ak Avi pou paret nan tribinal (Notice to Appear) ou a. Videyo sa a esplike kijan pou ou li Avi pou paret nan tribinal ou a.
Si ou li Avi pou paret nan tribinal ou a epi ou dakò ak sa ki ekri ladan l, ou kapa b ekri: “I concede the allegations in the Notice to Appear.”
Si ou PA dakò ak sa ki ekri nan Avi pou paret nan tribinal ou a, oswa ou kwè ofisyèl imigrasyon yo te ka vyole dwa w lè yo te arete w, oswa si ou gen nenpòt lòt dout, li pi bon pou ou pale ak yon avoka. Ou kapa b eseye soumèt Motion to Change Venue a tou san ou pa mansyone Avi pou paret nan tribinal la. Gen kèk jij k ap toujou aksepte yon Motion to Change Venue san enfòmasyon sa a. Si jij la refize Motion to Change Venue ou a, ou ka vle pale ak yon avoka anvan ou eseye ankò.
Si ou pa gen yon kopi Avi pou paret nan tribinal ou a, ou kapa b ekri: “I do not understand the allegations in my Notice to Appear because I do not have a copy of this document and I do not have an attorney.” Gen kèk jij k ap toujou aksepte yon Motion to Change Venue nan sitiyasyon sa a. Si jij la refize Motion to Change Venue ou a, ou kapa b eseye jwenn yon kopi Avi pou paret nan tribinal ou a epi soumèt li ankò.
Pou ranpli Proof of Service (Prèv Siyifikasyon) an, ki sou dènye paj la, w ap bezwen adrès avoka gouvènman an. Proof of Service la montre ke ou te bay avoka gouvènman an yon kopi. Ou kapa b jwenn adrès avoka gouvènman an (OPLA) pou tribinal imigrasyon ou a sou tablo sa a.
Mete dokiman ki ranpli yo ansanm nan lòd sa a:
Fòm EOIR-33. Ou bezwen ranpli yon fòm separe pou tèt ou ak pou chak moun ki enkli nan dosye w la.
Paj kouvèti Motion to Change Venue a ak esplikasyon sou rezon ki fè ou bezwen chanje tribinal imigrasyon w lan.
Prèv nouvo adrès ou a.
Lòd jij imigrasyon an pwopoze a.
Proof of service.
Revize dosye a.
Li tout paj yo pou asire w tout bagay kòrèk.
Asire w ou te ekri non w kòrèkteman, nimewo alyen (A number) ou, ansyen adrès ou, ak nouvo adrès ou.
Asire w ou te siyen epi mete dat la sou: (1) Fòm EOIR-33, (2) Motion to Change Venue a, ak (3) Proof of Service la.
Fè 2 kopi dosye a. Ou ta dwe gen 1 orijinal ak 2 kopi.
Orijinal la dwe voye pa lapòs nan tribinal imigrasyon ou ye kounye a. Ou kapa b jwenn adrès tribinal imigrasyon an isit la.
Premye kopi a dwe voye bay avoka gouvènman an. Ou kapa b voye l sou entènèt nan itilize ICE eService oswa pa lapòs. Ou kapa b jwenn adrès avoka gouvènman an (OPLA) pou tribinal imigrasyon ou a sou tablo sa a.
Dezyèm kopi a dwe konsève nan yon kote ki an sekirite pou achiv ou.
Ou kapa b jwenn konsèy sou kijan pou voye dokiman w yo pa lapòs isit la oswa ou kapa b gade videyo sa a.
Tann desizyon jij imigrasyon an. Y ap voye desizyon jij imigrasyon an pa lapòs nan nouvo adrès ou a. Tcheke bwat lèt ou ak sistèm tribinal imigrasyon an regilyèman.
Pafwa jij yo ka pran anpil tan pou yo deside sou yon Demann pou Chanje Tribinal. Si w gen yon bon bout tan w ap tann, oswa si dat randevou w la ap pwoche, ou ka eseye rele tribinal la pou w konnen kote dosye w la ye. Ou ka jwenn nimewo telefòn tribinal imigrasyon yo isit la. Tanpri pran nòt ke pafwa li trè difisil pou w jwenn yon moun nan telefòn. Ou dwe kontinye eseye.
Si ou pa resevwa yon desizyon alè, ou dwe ale nan randevou ki te planifye a. Si ou pa ale nan randevou w la, li posib pou w resevwa yon lòd depòtasyon (removal order) paske w te manke randevou w la. (Si w manke randevou w la, pa dekouraje! Li enfòmasyon sou etap ou ka pran yo.)
Chak ajans imigrasyon gen yon pwosesis separe pou mete adrès ou ajou. Si w gen yon aplikasyon k ap tann tou nan Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini (USCIS) oswa Randevou pou prezante nan yon biwo ICE (ICE check-in), ou ka jwenn enstriksyon pou mete adrès ou ajou ak ajans sa yo isit la.
Si dosye m nan poko nan sistèm tribinal imigrasyon an, èske mwen kapa b toujou mete adrès mwen ajou nan tribinal imigrasyon an?
Ou kapab eseye, menmsi sa pa toujou mache. Si ou panse ou gen yon dosye nan tribinal imigrasyon, men dosye w la pa parèt lè ou eseye tcheke sistèm otomatik tribinal la, ou kapab toujou eseye mete adrès ou ajou lè ou sèvi ak Fòm EOIR-33 sou entènèt oswa pa lapòs.
Pou konfime nan ki tribinal imigrasyon pou w voye Fòm EOIR-33 a, ou kapab tcheke pou w wè si ou gen yon dokiman ki rele “Avi pou paret nan tribinal” (Notice to Appear). Gen kèk nan dokiman sa yo ki gen dat ak kote ou pral parèt pou premye randevou w nan tribinal imigrasyon (master calendar hearing), men se pa tout dokiman ki gen enfòmasyon sa a.
Malerezman, menmsi ou voye Fòm EOIR-33 ou a, gen yon chans toujou pou tribinal imigrasyon an voye dokiman enpòtan yo nan ansyen adrès ou a. Kidonk, li trè enpòtan pou w tcheke sistèm tribinal la chak semèn pou w konnen ki lè premye randevou w nan tribinal imigrasyon an pwograme. Si ou vle kontinye ak dosye azil ou a, li trè enpòtan pou w ale nan randevou w yo nan tribinal imigrasyon! Si ou rate nenpòt randevou, li posib pou w resevwa yon lòd depòtasyon (removal order).
Si ou vle soumèt aplikasyon azil ou a, ou kapab soumèt li bay USCIS pito. An jeneral, ou dwe soumèt yon aplikasyon azil nan yon delè yon ane apre ou fin rive Ozetazini.
Mwen vle kite Etazini epi mwen pa vle chèche azil ankò. Kisa mwen ta dwe konnen?
Ou gen dwa kite Etazini, si ou chwazi fè sa. Pou anpil moun k ap chèche azil ki kite Etazini, li ka difisil pou yo tounen legalman alavni. Si w ap konsidere kite Etazini, li ta ka itil pou w pale ak yon avoka imigrasyon anvan.
Men kèk bagay pou w konnen si w se yon moun k ap chèche azil k ap prepare pou w kite Etazini.
Aplikasyon CBP Home:
Gen kèk moun ki ka sèvi ak yon aplikasyon telefòn gouvènman ameriken an ki rele CBP Home pou yo kite Etazini. Ou kapab kite Etazini tou san w pa sèvi ak CBP Home.
Anrejistre entansyon w pou w pati nan CBP Home ka ede w evite arestasyon ak detasyon pandan w ap prepare w pou w pati, epi lè w ap pati.
Gen kèk moun ki ka kapab jwenn èd tou pou peye yon tikè avyon ale sèlman pou yo kite Etazini epi resevwa yon peman apre yo fin pati.
Se sèlman moun ki pa gen okenn istwa kriminèl ki ka sèvi ak CBP Home.
Etap pou w fè ak tribinal imigrasyon oswa USCIS:
Si w ta vle tounen Etazini alavni, ou ka konsidere pran etap pou w evite yon lòd depòtasyon (removal order). Yon lòd depòtasyon rann li pi difisil anpil pou w tounen. Si dosye w la nan tribinal imigrasyon, ou ka vle mande yon depar volontè, oswa enfòme tribinal la si w sèvi ak CBP Home. Si dosye w la nan USCIS, ou ka vle retire aplikasyon azil ou a. Aprann sou etap ou ka pran pou w evite yon lòd depòtasyon.
Si w gen yon dosye nan tribinal imigrasyon, sèvi ak CBP Home ka pa ase pou ranplase etap sa yo. Gouvènman an di li ka pran etap pou anile dosye nan tribinal pou moun ki pati pandan yo sèvi ak CBP Home, men nou pa t ankò wè konfimasyon ke sa rive tout bon vre. Sandout w ap bezwen pran etap yo pa w menm pou w evite yon lòd depòtasyon.
Paspò:
Yo ka mande w pou w prezante yon paspò ki pa ekspire lè w ap kite Etazini – sitou si w ap pati nan avyon.
Si ICE gen paspò w la epi w vle l tounen, ou ka di yo ou planifye pou w pati epi mande yo pou yo renmèt ou paspò w la. Si w ap sèvi ak aplikasyon CBP Home nan, ou ka eseye montre ICE ke w anrejistre nan aplikasyon an.
Si w pa gen yon paspò ki valid, ou ka kontakte konsila peyi orijin ou epi mande enfòmasyon sou opsyon w yo, si w santi w an sekirite pou w fè sa. Gouvènman ameriken an di tou li ka ede moun ki pa gen paspò pou yo jwenn dokiman vwayaj, tankou Fòm I-269 sa a, Sètifika Idantite pou Depa kite Etazini, pou yo kite Etazini volontèman si yo sèvi ak aplikasyon CBP Home nan.
Si pitit ou yo se sitwayen ameriken, se ta yon bon lide pou w mande paspò ameriken yo kounye a, menmsi w pa planifye pou yo pati kite Etazini avèk ou nan moman sa a.
Lòt dokiman enpòtan:
Anplis paspò w la, se yon bon lide pou w rasanble lòt dokiman enpòtan ak enfòmasyon sou kont ou yo pou w pote ale avèk ou lè w ap pati. Ou ta ka kite yon kopi tou nan men yon moun ou fè konfyans nan Etazini.
Egzanp dokiman enpòtan yo gen ladan yo batistè, kat nimewo social security (SSN), pemi travay, lisans chofè, kat asirans, dokiman maryaj oswa divòs, dokiman ki montre dwa gadyen oswa gad timoun, enfòmasyon sou kont bankè, enfòmasyon sou kont retrèt, deklarasyon taks, dosye medikal ak vaksen, relve nòt lekòl, kontra asirans, testaman, tit machin, dokiman dosye imigrasyon, ak dokiman pwopriyete tankou kontra lwaye oswa papye tè.
Fè plan pou fanmi ak finans:
Si ou gen pitit ki pral rete Ozetazini, ou ka gen desizyon konplike pou w pran sou fason pou w planifye swen yo.
Si ou gen kont labank, pwopriyete, oswa lòt kont Ozetazini, ou ka gen desizyon pou w pran sou yo tou.
Ou ka vle fè yon Pwokirasyon (Power of Attorney), ki se yon dokiman legal ki pèmèt yon moun ou fè konfyans pran desizyon pou ou pandan ou pa la sou swen pitit ou oswa sou finans ou ki toujou Ozetazini.
Ou ka jwenn enfòmasyon ki pi detaye (tankou enfòmasyon sou pwokirasyon) nan gid preparasyon pou fanmi sa a oswa nan manyèl preparasyon pou depòtasyon sa a. Pou enfòmasyon espesifik pou chak eta sou pwokirasyon pou swen timoun minè ou yo, ou ka li resous gouvènman sa a.
Ou ka jwenn resous pou moun k ap fè fas ak depòtasyon oswa ki te deja depòte nan peyi El Salvador, Guatemala, Honduras, oswa Meksik (ki soti nan lòt òganizasyon isit la, isit la, ak isit la).
Kite Ozetazini depi nan detansyon imigrasyon:
Si ou nan detansyon imigrasyon epi ou vle kite Etazini, ICE ka fè presyon sou ou pou w aksepte depòtasyon oswa depa volontè. Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa a sou opsyon pou w kite Ozetazini si ICE kenbe ou nan detansyon.
Si gouvènman Ozetazini te fè w mal:
Si gouvènman Ozetazini te janm fè w mal, li posib pou w pouswiv yo nan tribinal lè w sèvi ak yon lwa yo rele Lwa Federal sou Reklamasyon pou Domaj (FTCA). Ou ka depoze yon reklamasyon kont yon ajans gouvènman Ozetazini menmsi w ap viv andeyò Etazini. Pou plis enfòmasyon sou fason pou w depoze yon reklamasyon anba FTCA.
Èske m ap resevwa yon amann si mwen pa kite Etazini?
Si ou te resevwa yon depa volontè oswa yon lòd depòtasyon (removal order) anvan sa, li posib pou gouvènman Ozetazini an eseye fè w peye yon amann paske w pa t kite Etazini. Pou plis enfòmasyon sou amann yo sou sit entènèt sa a, tankou fason pou w konteste yo.
Si ou te deja resevwa yon amann ant 27 jen 2025 ak 13 oktòb 2026, gouvènman an pa gen dwa fè w peye amann lan pou kounye a. Yon tribinal bloke amann yo te bay pandan peryòd sa a pou yon tan. Sitiyasyon sa a ka chanje alavni. Vizite sit entènèt sa a pou plis enfòmasyon.
Èske mwen kapa b tounen Ozetazini alavni apre mwen fin kite Ozetazini?
Pou kèk moun, li ka difisil pou yo tounen Ozetazini legalman alavni. Repons lan depann de sitiyasyon espesifik ou. Men, ka gen kèk bagay ou kapa b fè anvan ou pati pou amelyore chans ou pou ou kapab tounen legalman alavni.
Si ou gen yon aplikasyon azil ki annatant:
Si ou te aplike pou azil epi kounye a w ap kite Ozetazini, ou ka vle konsidere retire aplikasyon azil ou a.
Si ou kite Ozetazini pandan ou gen yon aplikasyon azil ki toujou annatant, epi apre sa ou pa prezante nan yon entèvyou oswa yon odyans alavni nan dosye azil ou a, gouvènman an ka bay yon lòd depòtasyon (removal order) kont ou. Si yo depòte w, jeneralman ou dwe tann omwen 10 zan anvan ou ka aplike pou tounen Ozetazini legalman.
Si ou tounen nan peyi orijin ou san ou pa retire aplikasyon azil ou a epi san ou pa esplike poukisa kounye a li an sekirite pou ou tounen nan peyi sa a, gouvènman ameriken an ka detèmine tou ke aplikasyon azil ou a te fèt nan fwod. Sa ta rann li trè difisil pou ou janm tounen Ozetazini ankò.
Pou plis enfòmasyon sou fason pou w retire aplikasyon azil ou a.
Si ou gen yon dosye ki ouvè nan tribinal imigrasyon:
Si ou gen yon dosye nan tribinal imigrasyon epi kounye a ou planifye pou kite peyi Etazini, ou ka vle konsidere mande "depa volontè." Gid sa yo eksplike plis sou depa volontè ak fason pou mande l: Gid 1, Gid 2, Gid 3.
Si ou kite peyi Etazini pandan ou gen yon dosye tribinal imigrasyon ki ouvè, yon jij imigrasyon ka bay yon lòd pou depòte w nan absans ou nan pwochen randevou w nan tribinal la. Si yo depòte w, jeneralman ou dwe tann omwen 10 zan anvan ou kapa b fè demann pou tounen legalman Ozetazini.
Si ou mande depa volontè, yon jij imigrasyon apwouve demann ou an, epi ou kite peyi Etazini anvan dat jij la fikse a, menm peryòd datant 10 zan sa a pa aplikab.
Men, menm avèk depa volontè, li ka toujou difisil pou yon jou ou tounen Ozetazini. Pa egzanp, li ta ka difisil pou w tounen si w gen yon kondanasyon kriminèl, si gouvènman an kwè ou te bay manti sou yon aplikasyon imigrasyon, oswa si w te viv Ozetazini antanke granmoun pandan plis pase 6 mwa san yon estati legal oswa san yon aplikasyon azil ki annatant. Si w te aplike pou azil epi apre sa ou mande depa volontè pou w ale nan peyi ou te di ki pa t an sekirite pou ou a, sa ka rann li difisil anpil pou w janm tounen Ozetazini. Pafwa li ka posib pou w jwenn yon “egzansyon” (waiver) pou w tounen, men sa ka difisil anpil epi koute chè.
Sèvi ak aplikasyon gouvènman an CBP Home pou w pati san w pa mande depa volontè ka pa ase pou evite yon lòd depòtasyon (removal order) si w gen yon dosye nan tribinal imigrasyon. Gouvènman an di li ka pran dispozisyon pou anile dosye tribinal imigrasyon moun ki pati pandan y ap sèvi ak CBP Home, men nou pa ko wè rapò ki montre sa ap fèt tout bon vre. Olye w konte sou sa, ou kapa b mande depa volontè tou (gade pi wo a) oswa fè etap sa yo ou menm:
Ou kapa b voye yon lèt an anglè bay tribinal imigrasyon w lan. Ou kapa b antre nimewo alyen (A number) ou nan sit entènèt sa a oswa rele 1-800-898-7180 pou w jwenn adrès tribinal ou a ak non jij ou a.
Lèt la dwe gen non w, nimewo alyen ou, non jij la, ak siyati w.
Lèt la kapa b di ou deside pati, epi mande pou yo fèmen dosye tribinal ou a san yon lòd depòtasyon.
Ou kapa b mete konfimasyon w ap sèvi ak CBP Home tankou imèl oswa lòt dokiman CBP Home, ak itinerè vwayaj ak biyè si w genyen yo.
Kenbe yon kopi pou tèt ou.
Ou ka vle pale tou sou opsyon w yo ak yon avoka.
Si ou PA gen yon dosye tribinal imigrasyon ki ouvè:
Si ou PA gen yon dosye nan tribinal imigrasyon epi ou vle kite peyi Etazini, si w ap kapa b tounen legalman nan lavni sa depann de sikonstans espesifik ou.
Pa egzanp, li ta ka difisil pou w tounen si w gen yon kondanasyon kriminèl, si gouvènman an kwè ou te bay manti sou yon aplikasyon imigrasyon, oswa si w te viv Ozetazini antanke granmoun pandan plis pase 6 mwa san yon estati legal oswa san yon aplikasyon azil ki annatant. Nan kèk ka, li ka posib pou w jwenn yon “egzansyon” pou w tounen, men sa ka difisil anpil epi koute chè.
Ou ka vle diskite sou opsyon w yo ak yon avoka.
Aplikasyon telefòn mobil gouvènman Ameriken an ki rele CBP Home kapa b ede kèk moun ki vle kite Etazini pou evite detasyon oswa pou ede yo ak frè vwayaj. Men, sèvi ak aplikasyon sa a sèlman p ap fè li pi fasil pou ou tounen Ozetazini nan lavni.
Kisa CBP Home ye?
Kèk moun kapa b sèvi ak yon aplikasyon telefòn gouvènman Ameriken an ki rele "CBP Home" pou yo kite Etazini. Gouvènman an rele sa "depòte tèt ou."
Enfòmasyon ki anba la a se pou moun k ap chèche azil ki pa nan detansyon ICE epi ki deja deside yo vle kite Etazini. Moun ki nan detansyon ICE kapa b jwenn yon pwosesis yo rele “incentivized voluntary departure.” Li sanble ak CBP Home, men li pa mande pou w sèvi ak yon aplikasyon.
Se sèlman moun ki pa gen okenn istwa kriminèl ki kapa b sèvi ak CBP Home. Si yo te janm arete w oswa akize w pou yon krim, sèvi ak CBP Home kapa b mete w nan risk pou yo mete w nan detasyon. Ou kapa b vle fè plis atansyon tou pou w pa sèvi ak CBP Home si w pa t deja pataje enfòmasyon w ak gouvènman Ameriken an, pa egzanp paske w pa gen yon dosye imigrasyon k ap mache.
Ou kapa b kite Etazini tou san w pa sèvi ak CBP Home. CBP Home p ap ede w tounen Ozetazini nan lavni.
Avantaj ki kapa b genyen lè w sèvi ak CBP Home:
Si ou elijib, gouvènman an kapa b peye yon tikè avyon ale sèlman pou peyi kote w se sitwayen an, oswa pou kèk moun, pou yon lòt peyi ki ba w pèmisyon pou w vwayaje ale la.
Ou kapa b resevwa yon peman $3,000 nan men gouvènman Ameriken an apre w fin pati epi yo konfime depa w la atravè aplikasyon an. Gouvènman an rele sa yon “exit bonus” oswa “stipend”. Men, genyen rapò tou sou moun ki sèvi ak CBP Home pou yo pati, epi apre sa yo pa janm resevwa okenn peman.
Anrejistre entansyon w pou w pati pandan w ap sèvi ak CBP Home kapa b ede pwoteje w pou yo pa arete w epi mete w nan detansyon pandan w ap tann pou w kite Etazini. Gouvènman Ameriken an te detni kèk moun menm pandan yo t ap monte avyon pou yo kite Etazini, epi yo te kanpe epi enspekte lòt imigran k ap kite Etazini nan fwontyè tè yo.
Ou kapa b resevwa èd pou w jwenn dokiman vwayaj, tankou Form I-269, Certificate of Identity for Departure from the United States sa a, si w pa gen yon paspò ki valid. Men, gen kèk rapò sou moun ki mande asistans sa a epi yo pa resevwa l.
Risk ki kapa b genyen lè w sèvi ak CBP Home:
Dapre gouvènman Ameriken an, se sèlman moun ki pa gen okenn istwa kriminèl ki ka sèvi ak CBP Home. Si ou gen nenpòt istwa kriminèl, sèvi ak CBP Home ka lakòz arestasyon ak detasyon (detention). Si ou gen dout sou nenpòt bagay ki gen rapò ak yon posib istwa kriminèl, ou ka vle pale ak yon avoka anvan ou telechaje CBP Home.
Aplikasyon CBP Home lan mande w pou w pataje anpil enfòmasyon pèsonèl ak gouvènman Ameriken an, tankou non w, dat nesans ou, foto w epi petèt anprent dwèt ou. Pou kèk moun, gouvènman Ameriken an deja gen enfòmasyon sa yo. Si ou pa t janm pataje enfòmasyon w ak gouvènman Ameriken an, pa egzanp paske ou pa gen yon dosye imigrasyon k ap tann, ou ka vle pran plis prekosyon anvan ou deside sèvi ak CBP Home.
Si w ap eseye ale nan yon peyi ki pa peyi kote w se sitwayen an, sa ka pi difisil si w sèvi ak CBP Home. Nan aplikasyon an, si w endike ou gen yon paspò ki valid, aplikasyon an ap sèlman pèmèt ou chwazi peyi sa a kòm destinasyon w. Si ou pa gen yon paspò ki valid, ou ta dwe kapab chwazi yon lòt peyi, men nou pa konnen si gouvènman Ameriken an ap respekte demann pou w ale nan yon lòt peyi a.
Sèvi ak CBP Home p ap fè l pi fasil pou w tounen antre Ozetazini legalman alavni. Moun k ap chèche azil ki vle kite Ozetazini men ki vle evite yon lòd depòtasyon (removal order) ka konsidere etap pou fèmen dosye yo menm si yo sèvi ak CBP Home.
Si w ap aplike pou azil kounye a, epi w kite Ozetazini pandan w ap sèvi ak CBP Home, ou pèdi tout chans pou w genyen dosye azil ou a Ozetazini.
Si ou pa gen yon paspò, gen rapò ki fè konnen ou ka pa kapab jwenn èd pou w jwenn yon dokiman vwayaj lè w sèvi ak CBP Home.
Gen kèk moun ki te sèvi ak CBP Home pou yo kite Etazini ki pa janm resevwa peman gouvènman Ameriken an te pwomèt la. Li ka espesyalman difisil pou w resevwa lajan an si w pa gen yon paspò.
Gen kèk itilizatè CBP Home ki te resevwa yon imèl nan mwa oktòb 2026 ki di “Akòz yon posib mank finansman pou kontra sipò Project Homecoming lan, sèvis yo ka pa disponib apre 3 novanm 2026.” Gouvènman an pa fè okenn anons piblik sou sa. N ap mete paj entènèt an sa a ajou si nou aprann plis enfòmasyon.
Kijan pou w sèvi ak CBP Home:
Enpòtan: asire w ou vle sèvi ak CBP Home pou w kite peyi Etazini anvan ou telechaje aplikasyon an epi kòmanse sèvi avè l. Li rès lis sa a anvan ou pran yon desizyon. Aplikasyon an pral bay gouvènman ameriken an anpil enfòmasyon pèsonèl. Si w ap deside toujou si w ap kite peyi Etazini, oswa si yo te janm akize w pou aktivite kriminèl, ou ka vle pale ak yon avoka anvan ou sèvi ak aplikasyon an.
Telechaje aplikasyon mobil CBP Home sou telefòn ou. Li disponib nan plizyè lang. Di aplikasyon an si w pare pou w pati oswa si w ap fè konnen ou pati deja.
Apre sa, aplikasyon an mande w pou w dakò pou l gen aksè ak kote telefòn ou ye (location) pou w ka kontinye. Ou ka kapab limite pataje kote w ye a pou l fèt “sèlman pandan w ap sèvi ak aplikasyon an” men nou pa konnen egzakteman ki jan aplikasyon an ka gen aksè ak kote w ye a epi ki lè.
Antre non w, dat nesans ou, ak peyi kote w se sitwayen an.
Apre sa, aplikasyon an mande “Èske w gen yon paspò ki valab nan peyi kote w se sitwayen an?” Si w reponn “Non” aplikasyon an ap mande w pou w antre sèks ou, peyi kote w te fèt, ak peyi kote w prale a, epi li ba w opsyon pou w antre “Nimewo Enskripsyon Alyen” ou (nimewo alyen (A number)). Men si w reponn “Wi” aplikasyon an p ap mande enfòmasyon anplis sa yo. Si w ap chèche azil poutèt danje nan peyi kote w se sitwayen an, li enpòtan pou w konnen CBP Home p ap pèmèt ou chwazi yon lòt peyi kote w prale pou vwayaj la si w reponn “Wi” nan kesyon ki mande si w gen yon paspò ki valab la.
Antre adrès imèl ou ak nimewo telefòn ou. Aplikasyon an ap mande si nimewo telefòn ou antre a se yon nimewo entènasyonal.
Apre sa, aplikasyon an ap mande w pou w pran yon foto figi w. Aplikasyon an mande w pou w pèmèt li gen aksè ak kamera telefòn ou.
Apre sa, aplikasyon an ba w opsyon pou w ajoute lòt manm fanmi w ki gen plan pou yo kite peyi Etazini ansanm avèk ou. Chak manm fanmi an pral yon "moun k ap vwayaje avè w." Si pitit ou a ap vwayaje ak yon sèl paran sèlman, w ap bezwen yon lèt konsantman yon notè siyen ki soti nan lòt paran an, oswa sètifika lanmò li si li pa vivan ankò. Gouvènman an sijere pou w chèche egzanp lèt konsantman sou entènèt lè w tape 'Minor Travel Consent Form' oswa 'Letter of Consent to Travel with a Minor.’ Ou kapab tou chèche konsèy nan men yon avoka.
Apre ou fin soumèt li, w ap resevwa yon imèl ki gen yon lyen ak yon kòd QR k ap mennen w sou sit entènèt USCIS la. Lè w rive la, chak moun (sa gen ladan l moun k ap vwayaje avèk ou yo) dwe konekte oswa kreye yon kont USCIS epi ranpli Fòm G-325R (Enfòmasyon Biyografik – Anrejistreman). Chak manm fanmi an dwe gen pwòp kont USCIS pa yo pou yo ranpli Fòm G-325R. Paran yo kapab kreye epi jere yon kont USCIS pou pitit yo. Ou bezwen yon adrès imèl diferan pou chak kont. Ou kapab gade videyo USCIS sa a sou fason pou w kreye yon kont sou entènèt.
Apre sa, yo kapab ba w yon randevou byometrik (biometrics appointment) kote gouvènman an ap pran anprent ou ak foto w. Si ou ale nan randevou sa a, pote epi pare pou w montre prèv ki fè konnen ou te deja fè etap CBP Home ki anlè yo.
Apre sa, yon reprezantan gouvènman Ameriken an ta dwe kontakte w nan telefòn oswa pa imèl pou ba w pwochen etap pou depa w la. Yo kapab ede w planifye yon vòl, oswa jwenn dokiman vwayaj, tankou Fòm I-269 sa a, Sètifika Idantite pou Depa kite Etazini, si ou pa gen yon paspò. Gouvènman an di l ap òganize depa a nan yon delè anviwon 21 jou apre apwobasyon an. Nòt: si yo ba w yon Fòm I-269 pou w vwayaje, ofisye sekirite nan ayewopò (TSA) kapab poze w keksyon. Ou kapab esplike yo ou ap kite Etazini volontèman atravè yon pwogram gouvènman Ameriken an epi gouvènman an te ba ou dokiman sa a pou w itilize nan plas yon paspò. Ou kapab montre yo imèl ou te resevwa nan men gouvènman an.
Si w ap pati nan avyon, gouvènman an di ou kapab pote yon maksimòm de valiz ki pral nan kòf avyon an (50 liv oswa mwens pou chak) ak yon valiz pou w kenbe nan men w.
Apre ou fin kite peyi Etazini pandan w ap itilize CBP Home:
Si ou pati nan avyon oswa nan bato: CBP Home ap konfime depa w la otomatikman. Gouvènman ameriken an di ou pa bezwen fè okenn lòt aksyon nan aplikasyon an, men ou kapab depòte tèt ou (self-deportation) nan aplikasyon an pou w resevwa yon prèv dijital sou telefòn ou.
Si ou pati nan wout tè: Gouvènman an mande pou w verifye depa w nan aplikasyon CBP Home lan. Yon fwa ou rive omwen twa mil andeyò fwontyè Etazini, ouvri aplikasyon an, chwazi "Departing Traveler," epi apre sa "Verify Departure." W ap bezwen pèmèt aplikasyon an sèvi ak kote telefòn ou ye a, voye yon nouvo foto, epi antre non w, dat nesans ou, sèks ou, paspò oswa nimewo alyen (A number), ak peyi kote w ye a.
Resevwa peman: Nou tande kèk rapò sou moun ki resevwa peman nan men gouvènman ameriken an apre aplikasyon an fin konfime depa yo epi yo fin swiv enstriksyon pou kominike ak gouvènman an. Men, gouvènman an pa bay enfòmasyon presi sou fason sa fonksyone, li di sèlman yon kont labank pa obligatwa epi fason yo voye kòb la ka diferan pou chak peyi. Genyen tou rapò sou moun ki sèvi ak CBP Home pou yo pati, epi apre sa yo pa janm resevwa okenn peman.
Si ou pa janm resevwa peman: Li ka difisil pou w fè gouvènman an peye w. Moun ki pa gen paspò se yo ki jwenn plis pwoblèm pou resevwa peman sa yo. Gen kèk moun ki rapòte ke menm si gouvènman an di yo peman an apwouve, yo toujou ap tann pou yo trete l plizyè mwa apre. Moun ki gen pwoblèm pou resevwa peman apre yo fin kite peyi Etazini ka eseye kontakte [email protected], [email protected], oswa [email protected]. Imèl gouvènman sa yo te parèt sou dokiman enstriksyon manm ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) te resevwa. Si voye imèl pa ede, ou ta kapab mande asistans tou nan men yon manm kongrè ameriken nan zòn kote w te rete Ozetazini an, pou fè presyon sou gouvènman an pou l trete peman w lan. (Chèche Reprezantan oswa Senatè w la.) Ou pa bezwen yon sitwayen ameriken pou w resevwa asistans sa a. Yon lòt opsyon kapab se chèche yon avoka Ozetazini pou ede w depoze yon ka mandamus, ki se yon pwose kote w ap mande yon tribinal ameriken pou l bay yon ajans gouvènman lòd pou l aji.
Si ou te deja kite peyi Etazini san w pa t itilize CBP Home, ou p ap kapab resevwa peman $3,000 a oswa ranbousman pou frè vwayaj ou.
Gid sa a ki soti nan yon lòt òganizasyon sou CBP Home gen plis detay sou aplikasyon an ak dènye enfòmasyon sou fason li fonksyone an pratik.
Mizajou Oktòb 2026: Gen kèk moun ki sèvi ak CBP Home ki resevwa yon imèl ki di, “Akòz yon posiblite pou manke finansman pou kontra sipò Project Homecoming nan, sèvis yo ka pa disponib apre 3 novanm 2026.” Gouvènman an pa fè okenn anons piblik sou sa. N ap mete paj entènèt an ajou si nou aprann plis enfòmasyon.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) gen kòm objektif pou bay enfòmasyon ki baze sou reyalite konsènan lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo pa reprezante konsèy legal.
Tout kontni legal yo ekri epi yo pase anba revizyon legal ekip avoka ekspè nan imigrasyon ASAP yo. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo admèt nan Bawo nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm nan dwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè pri pou travay legal yo fè.