Ekri pa avoka imigrasyon ekspè ASAP yo · Mizajou nan dat
Gouvènman ameriken an ap detni anpil imigran toupatou nan peyi a, san wete moun ki gen aplikasyon k ap tann desizyon ak pemi travay ki valid. Lis ki swiv la bay enfòmasyon ki ka itil moun k ap chèche azil yo. Nou fyè pou nou sipòte ou.
1. Lè ou kite lakay ou, pote yon pyès idantite Etazini si ou genyen youn.
Si ou gen yon kat idantite ameriken tankou yon lisans chofè oswa yon kat idantite leta, pote l avèk ou lè ou kite lakay ou. Ou ka chwazi montre pyès idantite w si lapolis oswa ofisyèl imigrasyon kanpe ou deyò lakay ou.
Ou ka chwazi pote youn nan dokiman ki anba yo tou pou pwouve estati imigrasyon ou.
Kat rezidan pèmanan (kat rezidan pèmanan)
Pemi travay
Kopi Avi Randevou nan Tribinal
Kopi yon viza ou te resevwa pou vini Ozetazini
2. Pote dokiman ki pwouve ou Ozetazini depi omwen 2 zan.
Gouvènman an ap eseye mete plis moun nan yon pwosesis depòtasyon ki pi rapid yo rele “depòtasyon rapid." Kounye a, gouvènman an gen dwa detni moun epi mete yo nan pwosesis depòtasyon rapid sa a si yo gen mwens pase 2 zan Ozetazini, EPI yo te antre Ozetazini san yon viza valid.
Ou ka vle pote dokiman pou montre ou Ozetazini depi omwen 2 zan. Dokiman yo ta dwe montre non ou ak adrès ou Ozetazini, epi yo dwe gen dat sou yo. Yon sèl dokiman ka pafwa montre yon peryòd tan ki long, pa egzanp yon fakti telefòn selilè ki montre plizyè mwa.
Men kèk egzanp:
Lisans chofè ki gen yon dat emisyon ki gen plis pase 2 zan
Fakti entènèt, telefòn, kouran, oswa lòt fakti
Dosye medikal oswa dosye lekòl
Relve bankè oswa relve kat kredi
Kontra lwaye oswa tit pwopriyete
Asirans machin, kay, oswa sante
Lòt lèt oswa dokiman
3. Aprann omwen yon nimewo telefòn pa kè. Sere dokiman w yo nan yon kote ki an sekirite.
Aprann nimewo telefòn omwen yon moun ou fè konfyans pa kè. Konsa, ou kapa b toujou rele yo menm si ou pèdi aksè ak telefòn ou. Si yo mete w nan detasyon (detention), y ap pran telefòn ou. Si ou gen yon avoka, aprann nimewo li pa kè tou.
Asire w ke dokiman ak enfòmasyon enpòtan ou yo sere nan yon kote ki an sekirite. Pa egzanp, sa ka gen ladan paspò w, dokiman imigrasyon, enfòmasyon finansye, enfòmasyon medikal, kòd pou antre nan kont ou yo, ak nimewo telefòn enpòtan. Di yon lòt moun ou fè konfyans kote li ka jwenn enfòmasyon sa yo nan yon ka ijans. Yon lòt òganizasyon kreye yon modèl plan ijans ou kapa b ranpli, si sa ka ede w.
4. Fè plan pou pitit ou yo.
Si ou gen timoun ki minè, fè yon plan pou moun pran swen yo nan ka ta gen yon ijans. Pale ak yon moun ou fè konfyans pou l ede w nan ka ijans, pa egzanp pou l ede w al chèche timoun yo lekòl oswa mennen yo nan randevou doktè.
Ou kapa b pale ak yon avoka tou pou bay moun ou fè konfyans lan otorite legal pou l pran swen pitit ou yo nan ka yo ta mete w nan detasyon. Ou kapa b kreye yon dokiman legal davans. Chak eta gen règ diferan, men opsyon yo ka gen ladan yon pwokirasyon oswa yon afidavit otorizasyon pou moun k ap bay swen an. Ou kapa b chèche yon avoka isit la.
Ou kapa b jwenn yon gid preparasyon pou fanmi isit la, oswa gade manyèl preparasyon pou depòtasyon sa a ki pi detaye.
5. Fè atansyon lè w ap kondwi ak lè w ap vwayaje.
Toujou gen lisans chofè Etazini w lan sou ou epi pran asirans machin jan lalwa mande sa nan tout eta yo. Kondwi ak pridans epi respekte lwa sikilasyon yo. Konnen ke lè ou vwayaje anndan Etazini, ou kapa b rankontre ajan imigrasyon oswa pòs kontwòl imigrasyon. An jeneral, vwayaje nan avyon oswa toupre fwontyè ak Meksik oswa Kanada ka gen plis risk.
Ou kapa b li gid sa a oswa gid sa a ki soti nan lòt òganizasyon pou w aprann sou gwoup ki ka gen plis risk pou yo mete yo nan detasyon, ak sou konsèy sekirite pou vwayaje nan avyon.
6. Fè atansyon ak pwoblèm konfidansyalite sou rezo sosyal yo.
Si ou pa sèvi ak yon kont rezo sosyal ankò, konsidere efase li. Si ou deside efase kont rezo sosyal ou a epi li gen prèv sou dosye azil ou oswa lòt enfòmasyon ki enpòtan pou ou, pran foto ekran (screenshots) oswa enprime kopi yo anvan ou efase li.
Anpil konpayi ak gouvènman an gen aksè ak done moun pataje sou entènèt, sa enkli sou platfòm rezo sosyal yo. Pa egzanp, gouvènman an deklare ke enfòmasyon yo pataje sou rezo sosyal yo kapab gen enpak sou estati imigrasyon yon moun. Konpayi rezo sosyal yo vann done pèsonèl itilizatè yo bay lòt konpayi tou.
7. Si ofisyèl imigrasyon yo arete ou epi ou pè tounen nan peyi orijin ou, deklare sa klèman.
Si ofisyèl imigrasyon yo arete ou epi ou pè tounen nan peyi orijin ou, eseye di ou pè tounen chak fwa ou jwenn okazyon. Si ou te deja aplike pou azil, di ou gen yon aplikasyon azil ki annatant.
Pa siyen okenn dokiman ou pa ka li oswa ou pa ka konprann poukont ou. Mande pou pale ak yon avoka, epi rele avoka ou si ou gen youn, oswa rele yon moun pwòch ki ka ede ou. Jwenn èd legal isit la. Yon fwa ou nan detasyon (detention), dosye ou ka avanse rapidman. Aprann plis sou detasyon.
8. Si ou gen yon dosye nan tribinal imigrasyon oswa Randevou pou prezante nan yon biwo ICE (ICE check-in), aprann kijan pou ou prepare ou.
Gouvènman an ap detni plis moun pandan randevou pou prezante nan yon biwo ICE yo. Aprann kijan pou ou prepare ou.
Si ou gen yon dosye nan tribinal imigrasyon, ou ta dwe tcheke estati dosye ou souvan. Tribinal imigrasyon yo ap chanje dat ak kote anpil randevou ap fèt sanzatann. Si ou rate randevou ou, li trè posib pou ou resevwa yon lòd depòtasyon (removal order). Pou tcheke estati dosye ou, ou ka rele liy dirèk tribinal la nan 1-800-898-7180 oswa ale sou sit entènèt sa a.
Si ou gen yon dosye nan tribinal imigrasyon, dosye ou toujou aktif jiskaske jij la pran yon desizyon. Men, gen yon dosye azil ki ouvè pa nesesèman anpeche yo detni yon moun. Li ka itil pou pale ak yon avoka sou preparasyon dokiman legal si yo ta detni ou, tankou yon demann pou mande liberasyon ou. Ou ka chèche yon avoka isit la.
9. Rete enfòme sou chanjman nan lwa imigrasyon yo.
Lwa imigrasyon yo ap chanje rapidman, epi chanjman sa yo ka gen enpak sou dosye w. Li kòman lwa yo ap chanje sou paj sa a. ASAP mete paj sa a ajou souvan parapò ak nouvo chanjman yo.
10. Enskri pou w vin manm ASAP pou w ka resevwa dènye enfòmasyon legal yo gratis pa SMS oswa pa imèl.
Chak mwa, ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) bay tout manm li yo dènye enfòmasyon legal yo gratis pa imèl oswa pa mesaj tèks – sa gen ladan l enfòmasyon sou lwa k ap chanje yo. Vin manm ASAP se yon bagay ki konplètman gratis, epi li fèt pou moun k ap chèche azil Ozetazini.
ASAP gen kòm objektif pou bay enfòmasyon ki baze sou reyalite konsènan lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo pa reprezante konsèy legal.
Tout kontni legal se ekip avoka ekspè nan imigrasyon ASAP yo ki ekri yo epi ki revize yo legalman. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn dosye. Avoka nou yo admèt nan Bawo nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm nan dwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè pri pou travay legal yo fè.