Ekri pa avoka imigrasyon ekspè ASAP yo · Mizajou
Sa a se yon vèsyon sou entènèt Fòm I-94, Dosye Antre/Soti. Ou kapab chèche yon Fòm I-94 elektwonik sou sit entènèt gouvènman sa a lè ou sèvi ak enfòmasyon paspò ou oswa nimewo alyen (A number) pou “Document Number”. Si “Class of Admissions” ou se “DT,” sa vle di yo te ba ou pawol (“parole”). Ale sou paj egzanp dokiman yo pou w wè lòt kalite dokiman pawòl.
Pafwa, gouvènman Ameriken an bay yon moun pawòl lè li antre Ozetazini. Pawòl se yon kalite pèmisyon diskresyonè pou antre Ozetazini. Yo bay li sèlman a kèk moun nan sèten sitiyasyon. Li pa nesesè pou w gen pawòl pou w kapab chèche azil. Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa a sou pwosesis pou mande azil Ozetazini. Li enfòmasyon sou kijan pou w fè demann pou yon pemi travay baze sou pawòl.
Si ou soti Kiba epi ou te resevwa dokiman sa a apre ou fin antre Ozetazini, oswa ou te resevwa yon lòt dokiman ki gen “212(d)(5)” ekri sou li, ou ka vle pale ak yon avoka pou konnen si ou kalifye pou Lwa sou Ajisteman pou Kiben yo. Jwenn asistans legal.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) gen kòm objektif pou bay enfòmasyon egzak sou lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo pa konsèy legal.
Tout kontni legal se ekip avoka imigrasyon ekspè ASAP yo ki ekri li epi ki revize li legalman. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo gen lisans nan Baro nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm nan dwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè pri pou travay legal yo fè.
