Se avoka imigrasyon ekspè ASAP yo ki ekri sa a · Mizajou nan dat
Paj sa a gen enfòmasyon sou detansyon (detention) imigrasyon, pou moun k ap chèche azil ak fanmi yo. Depi 2025, gouvènman ameriken an ap mete plis moun k ap chèche azil nan detansyon nan diferan sitiyasyon, menmsi yo gen yon pemi travay ak yon dosye k ap tann desizyon. Pa egzanp, yo mete moun k ap chèche azil nan detansyon nan Randevou pou prezante nan yon biwo ICE (ICE check-in), nan randevou yo nan tribinal imigrasyon, nan entèvyou azil nan USCIS, ak apre yo fin an kontak ak lapolis oswa lòt ajan ki fè respekte lalwa.
Oryantasyon jeneral
Mande pou yo lage w
Chèche èd pou yon moun ki nan detansyon
Kijan sistèm imigrasyon an fonksyone nan detansyon
Oryantasyon Jeneral
Bagay enpòtan pou w konnen sou detansyon imigrasyon
Ou pa oblije siyen okenn dokiman ou pa kapab li epi konprann poukont ou. Ou pa oblije reponn kesyon ou pa konprann. Li nòmal pou w mande yon ajan imigrasyon oswa yon jij imigrasyon pou l repete oswa esplike w bagay yo.
Ou kapab mande pou w rele avoka w oswa yon moun pwòch ou. Ou kapab rele avoka w si w gen youn, oswa rele yon moun pwòch ou ki kapab ede w jwenn yon avoka. Jwenn yon avoka imigrasyon prive, yon avoka pou habeas, oswa yon òganizasyon san bi likratif (fè rechèch la ak non sant detansyon an). Si w gen yon avoka, ou sipoze kapab pale avè l an prive.
Si w pè tounen nan peyi orijin ou, ou kapab di ou pè tounen chak fwa ou jwenn okazyon. Si w di ajan imigrasyon yo ou pè, ou kapab resevwa yon Entèvyou sou “Krent ki Fondé” oswa “Krent ki Rezonab”. Ou kapab anmezi pou w aplike pou azil. Si w te deja aplike pou azil, ou kapab di ou gen yon aplikasyon azil k ap tann desizyon.
Ou kapab mande pou yo lage w nan detansyon, men sa pa fasil.
Si w se yon paran, ou kapab aprann plis sou dwa w isit la.
Si ou pa nan detansyon, ou kapab li tou sou mezi sekirite Ozetazini, risk pou yo mete w nan detansyon nan tribinal imigrasyon, ak risk pou yo mete w nan detansyon nan Randevou pou prezante nan yon biwo ICE (ICE check-in). Si yon moun ou renmen nan detansyon, ou kapab gade videyo sa a sou fason pou w jwenn yon moun ou renmen ki nan detansyon.
Mande pou yo lage w nan detansyon
Gen kèk fason diferan pou w mande pou yo lage w nan detansyon, selon sikonstans espesifik yo. Men, li souvan trè difisil pou yo lage w nan detansyon. Si ou pa sèten sa pou w fè, ou ka vle pale ak yon avoka.
Demann habeas corpus
Yon fason pou w mande pou yo lage w nan detansyon se soumèt yon “petisyon pou yon manda habeas corpus” nan tribinal federal ki pi pre kote ou nan detansyon an. Yo rele sa souvan depoze yon demann habeas corpus (habeas petition).
Ki moun ki ka depoze yon demann habeas corpus:
Imigran ki nan detansyon Ozetazini kapab depoze yon demann habeas corpus nan tribinal federal pou mande pou yo lage yo pou plizyè rezon diferan.
Anba la a gen kèk egzanp rezon ki fè yon moun ta ka depoze yon demann habeas corpus, men sa pa vle di se yon lis konplè:
Si ou gen plis pase 6 mwa nan detansyon san ou pa janm gen yon odyans pou kosyon (bond hearing).
Si ou gen yon estati imigrasyon ki valid tankou Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) oswa DACA.
Si jij imigrasyon an te refize ba ou yon odyans pou kosyon paske ou te travèse fwontyè Meksik-Etazini san ou pa t rankontre ofisyèl imigrasyon yo. Li plis isit la.
Si gouvènman an te arete w yon fason ki ilegal, pa egzanp paske yo te antre lakay ou san pèmisyon w epi san yo pa t gen yon manda jidisyè.
Si yo te lage w nan detansyon anvan sa epi yo te mete w nan detansyon ankò san okenn nouvo rezon, menm apre yo te fin ba ou sispansyon depòtasyon (withholding of removal) oswa pwoteksyon anba Konvansyon Kont Torti (CAT).
Si ou te gen TPS ki soti Venezyela epi ou se yon manm nan National TPS Alliance. National TPS Alliance te genyen yon desizyon yo rele yon “jugement deklaratwa” ki ta ka ede kèk manm chèche pou yo lage yo nan detansyon.
Si ou kwè detansyon ou an ilegal pou yon lòt rezon.
Ou ka pa genyen demann habeas corpus la, men ou gen dwa depoze youn. Gen kèk tribinal ki ka di w ou bezwen eseye mande pou yon kosyon (si ou elijib) anvan yo egzamine demann habeas corpus ou a.
Remak: Si ou deja gen yon lòd depòtasyon (removal order), li posib pou lefètke ou depoze yon demann habeas corpus sa ka fè ICE eseye depòte w pi vit.
Kijan pou w depoze yon demann habeas corpus:
An jeneral, ou dwe depoze yon demann habeas corpus nan tribinal federal distrik (district court) ki pi pre kote yo detni w lan. Ou kapa b jwenn tribinal distrik ou a isit la (koche U.S. district court epi antre kote w ye a). Ou kapa b rele grefye tribinal distrik kote w ap depoze demann habeas corpus ou a pou w poze kesyon.
Si ou chwazi depoze yon demann habeas corpus, ou kapa b li gid habeas sa a ki soti nan yon lòt òganizasyon pou plis detay, sa gen ladan l enstriksyon sou fason pou w depoze l.
Ou kapa b jwenn yon fòm demann vid pou w ranpli isit la.
Ou kapa b depoze yon aplikasyon vid pou w kontinye san w pa peye frè a isit la, oswa peye frè depozisyon $5 lan.
Ou ka vle depoze yon demann pou tribinal la nonmen yon avoka pou ou, epi ou kapa b jwenn yon egzanp demann nan paj 51 nan gid la).
Ou kapa b mete nenpòt prèv ou vle tribinal la egzamine, pa egzanp, yon kopi lòd kosyon yon jij imigrasyon te bay.
W ap bezwen voye omwen 2 kopi bay tribinal distrik la, epi voye lòt kopi tou selon sitiyasyon w.
Ou kapa b eseye tou chèche èd nan men yon avoka.
Sa k ap pase si jij federal la aksepte demann habeas corpus ou a:
Si yo aksepte demann ou an, jij federal la ta kapa b bay gouvènman an lòd pou yo lage w nan detasyon. Oubyen jij la ta kapa b bay tribinal imigrasyon an lòd pou yo fè yon odyans pou kosyon (bond hearing) nan dosye w la. Oubyen, jij la ta kapa b bay yon lòt kalite lòd.
Jij la ta kapa b rejte demann habeas corpus ou a tou.
Odyans pou kosyon
Gen kèk moun ki kapa b mande yon jij imigrasyon pou lage yo nan detansyon atravè yon pwosesis yo rele odyans pou kosyon, men jwenn yon kosyon vin pi difisil anpil. Si yon jij imigrasyon akòde yon kosyon, y ap fikse yon kantite lajan ou bezwen peye pou w soti nan detansyon.
Ki moun ki kapa b mande yon odyans pou kosyon:
An jeneral, moun ki kalifye pou kosyon ta dwe gen twazyèm kaz la koche sou Avi pou paret nan tribinal (Notice to Appear) yo a ki di, “Yo te admèt ou Ozetazini, men ou ka depòte pou rezon ki make anba a yo.”
Pa egzanp, si ou te antre Ozetazini ak yon viza, ou kapa b elijib pou w mande pou yo lage w nan detansyon atravè yon kosyon.
Gen yon eksepsyon limite: Si ou te travèse fwontyè a san w pa t rankontre ak ofisyèl imigrasyon, ou kapa b elijib pou w mande kosyon si yo detni w nan Adelanto, Kalifòni. Li plis anba a.
Si ou nan pwosesis “depòtasyon rapid”, si w gen sèten istwa kriminèl, oswa si Avi pou paret nan tribinal ou a gen kaz ki koche ki di ou se yon “alyen k ap rive” (arriving alien), li posib pou w pa elijib pou yon odyans pou kosyon.
Kijan pou w mande yon odyans pou kosyon:
Gid sa a ak gid sa a ki soti nan lòt òganizasyon gen enfòmasyon sou fason pou w mande yon odyans pou kosyon ak ki lòt dokiman pou w bay pou sipòte liberasyon w anba kosyon.
Ou kapa b eseye mande jij imigrasyon an tou si w elijib pou w mande yon odyans pou kosyon, epi mande jij imigrasyon an pou l ba w tan pou w ranmase dokiman siplemantè yo anvan li fikse yon odyans pou kosyon pou ou.
Gen konsiderasyon espesyal tou si ou te travèse fwontyè a san w pa t rankontre ak ofisyèl imigrasyon yo. Li plis anba a.
Èske imigran ki te travèse fwontyè a kapa b mande yon odyans pou kosyon:
Gouvènman Ameriken an ap eseye rann li pi difisil pou anpil imigran ki te travèse fwontyè a san yo pa t rankontre ak ofisye imigrasyon yo pou yo mande yon odyans pou kosyon (bond hearing). Travèse fwontyè a san ou pa rankontre ak ofisye imigrasyon yo rele tou “antre san enspeksyon.”
Imigran yo ap goumen kont sa atravè yon pouswit lajistis epi nan mwa desanm 2025 yo te genyen yon lòd tribinal ki deklare imigran ki te antre san enspeksyon yo elijib pou odyans pou kosyon. Men, nan dat 6 mas 2026, yon tribinal ki pi wo te limite desizyon sa a. Si ou menm oswa yon moun ou renmen nan detansyon (detention) nan Adelanto, Kalifòni, ou sipoze kapa b mete lòd tribinal sa a, lòd sètifikasyon aksyon kolektif sa a, ak jugman final sa a ansanm ak dosye demann kosyon ou an pou montre ou elijib pou mande yon kosyon.
Nan mwa fevriye 2026, gouvènman an te bay imigran ki nan detansyon yo avi ki gen enfòmasyon sou pouswit lajistis la.
Menm si tribinal imigrasyon ou an refize ba ou kosyon oswa li refize fè yon odyans pou kosyon nan dosye w la poutèt yon tribinal ki pi wo limite elijiblite pou kosyon pou imigran nan kategori sa a, ou kapa b konsidere depoze yon demann habeas corpus (habeas petition).
Sa k ap pase si jij imigrasyon an akòde kosyon an:
Si yon jij imigrasyon akòde yon kosyon, y ap fikse yon kantite lajan ou bezwen peye pou ou ka kite detansyon.
Si yo akòde w yon kosyon epi ou bezwen èd pou peye kantite lajan kosyon an, ou kapa b mande sipò.
Pawòl (“parole”) imanitè
Yon lòt fason posib pou mande lage nan detansyon se lè w mande Ofisye Depòtasyon (Deportation Officer) ou a yon “pawòl imanitè” poutèt yon sitiyasyon ijan tankou yon pwoblèm medikal grav oswa gwosès. Men, nan ane 2025 ak 2026, jwenn pawòl imanitè vin pi difisil anpil.
Ki moun ki kapa b mande pawòl imanitè:
An jeneral, nenpòt moun ki nan detansyon kapa b mande pawòl imanitè. Men, nan ane 2025 ak 2026, li vin trè difisil pou nenpòt moun resevwa pawòl imanitè. ICE kapa b konsidere akòde pawòl imanitè nan sikonstans ki gen rapò ak yon pwoblèm medikal grav oswa gwosès.
Kijan pou mande pawòl imanitè:
Si ou deside mande pawòl imanitè, ou fè yon demann pou pawòl imanitè bay Ofisye Depòtasyon ICE ou a. Y ap ba w yon Ofisye Depòtasyon, epi an jeneral anplwaye nan sant detansyon an ap gen yon lis Ofisye Depòtasyon yo ak enfòmasyon pou kontakte yo.
Ou kapa b li gid sa a oswa gid sa a ki soti nan lòt òganizasyon pou plis enfòmasyon sou kijan pou mande pawòl imanitè. Pa gen okenn frè pou mande pawòl imanitè, men si yo akòde demann pawòl ou a, gen yon frè $1,000 pou peye anvan yo kapa b lage w.
Men, tanpri konnen nan ane 2025 ak 2026, li vin trè raman pou ICE akòde pawòl imanitè.
Sa k ap pase si ICE akòde pawòl imanitè:
Si ICE akòde w yon pawol (“parole”) pou rezon imanitè, ou ta dwe resevwa yon desizyon alekri. Papye sa yo ka genyen tou sèten kondisyon pou yo lage w, tankou ale nan Randevou pou prezante nan yon biwo ICE.
Depi 16 oktòb 2025, ou pral gen pou w peye tou yon frè pawòl ki se $1,000 anvan yo ka lage w.
Nan kèk ka, yo ka mande w tou pou w peye yon kantite lajan anplis kòm kosyon pou yo ka lage w nan detasyon pou rezon imanitè.
Si w bezwen èd pou w peye frè pawòl la oswa kantite lajan kosyon an, ou ka kapab mande sipò.
Kite peyi Etazini
Si w deside ou vle kite peyi Etazini, ou ka li enfòmasyon sou bagay pou w konsidere anvan w pati. Pa egzanp, selon sitiyasyon w, ou ka vle mande yon jij imigrasyon yon depa volontè, oswa retire aplikasyon azil ou a. Ajan ICE yo ka fè presyon sou ou tou pou w aksepte depòtasyon oswa yo ka ofri w depa volontè.
Gen twa fason prensipal gouvènman an retire moun ki nan detansyon nan peyi Etazini:
Depòtasyon: Si yon jij bay lòd pou yo depòte w (retire w) epi ou pa fè apèl oswa ou pèdi yon apèl, oswa si w siyen dokiman ICE ba ou pou w aksepte depòtasyon w lan, yo ka depòte w. Si yo depòte w, gouvènman ameriken an ap transpòte w nan yon peyi ki pral aksepte w, an jeneral peyi kote w se sitwayen an si w gen yon paspò. Ou resevwa yon lòd depòtasyon (removal order) ki rann li pi difisil pou w tounen Ozetazini nan lavni.
Depa volontè estanda: Si ICE ofri w sa epi ou aksepte, oswa si w mande yon jij epi jij la dakò, ou ka kite peyi Etazini ak yon “depa volontè.” Sa vle di an jeneral se ou k ap òganize epi peye pou pwòp vwayaj ou pou w kite peyi Etazini. Ou resevwa yon Fòm I-210 tankou sa a ki soti nan ICE ki presize kondisyon yo. Si w nan detansyon, ajan ICE yo ap akonpanye w “anba siveyans” rive nan ayewopò a epi y ap asire yo ou monte nan avyon an. Ou pa resevwa yon lòd depòtasyon. Men, pou pifò moun ki aksepte depa volontè, li pral pwobableman toujou difisil pou yo tounen Ozetazini nan lavni.
Depa volontè ak ankourajman: Depi 2025, gouvènman an ap eseye ankouraje kèk imigran ki nan detansyon pou yo sispann goumen nan dosye yo epi pou yo kite peyi Etazini nan ofri yo “depa volontè ak ankourajman.” Sa vle di gouvènman an peye pri tikè avyon an. Menm jan ak depa volontè estanda a, ICE mennen w nan vòl la “anba siveyans.” Gen kèk moun ki resevwa dokiman alekri nan men ICE tou ak yon non itilizatè ak yon modpas, pou yo konekte pou yo resevwa yon “alokasyon” $2600 yon fwa yo fin kite peyi Etazini. Men, ou ka pa resevwa peman sa a, oswa ou ka gen pou w tann yon bon bout tan anvan gouvènman an bay peman an tout bon vre.
Gid sa a (Angle / Kreyòl Ayisyen / Panyòl) ki soti nan yon lòt òganizasyon bay plis enfòmasyon sou depòtasyon, depa volontè, ak sa gouvènman an ka fè presyon sou ou pou w siyen si w nan detansyon.
Si w bezwen èd pou w jwenn dokiman vwayaj tankou yon paspò, ou ka eseye kontakte konsila peyi kote w se sitwayen an pou w jwenn èd. Jwenn enfòmasyon pou w kontakte konsila w la isit la.
Sa k ap pase si yo lage w apre detansyon
Si yo lage w apre yon detasyon nan peyi Etazini, epi dosye w nan tribinal imigrasyon an toujou ap kontinye, ou kapab kontinye dosye imigrasyon w lan deyò detansyon. Gen anpil chans pou yo transfere dosye w la nan tribinal imigrasyon ki pi pre kote w ap viv la. Li plis enfòmasyon sou pwosesis tribinal imigrasyon an.
Nan kèk ka, yo ka ba w yon braslè elektwonik nan pye w oswa ou ka gen Randevou pou prezante nan yon biwo ICE. Randevou pou prezante nan biwo ICE yo separe ak randevou nan tribinal imigrasyon.
Sa k ap pase si yo pa lage w apre detansyon
Si yo rejte demann ou fè pou yo lage w nan detansyon epi ou chwazi kontinye goumen pou dosye imigrasyon w lan, w ap oblije fè sa pandan w nan detansyon. Sa vle di ou dwe ranpli epi depoze aplikasyon azil ou a oswa nenpòt lòt aplikasyon pou soulajman nan imigrasyon pandan w nan detansyon. W ap bezwen soumèt tou nenpòt prèv pou sipòte dosye w la.
Tout randevou tribinal ou yo ap fèt pandan w nan detansyon, epi jij imigrasyon an ap pran yon desizyon pandan w rete nan detansyon.
Si w ap aplike pou azil, ou kapab li plis enfòmasyon sou kijan pou w soumèt aplikasyon azil ou ak prèv ou yo. Ou kapab li tou sou sa pou w atann nan randevou devan jij (individual or merits hearing) ou a.
Ou pa bezwen yon avoka pou reprezante w nan dosye w la. Men, gen yon avoka kapab itil. Yon avoka kapab ede w prepare aplikasyon w lan epi rasanble ak òganize prèv ou yo. Ou kapab jwenn yon avoka imigrasyon prive oswa yon òganizasyon san bi likratif (chèche dapre non sant detansyon an).
Si w genyen dosye w la pandan w nan detansyon epi gouvènman an pa fè apèl kont desizyon an, yo ta dwe lage w nan detansyon.
Si w genyen dosye w la pandan w nan detansyon epi gouvènman an fè apèl, gen anpil chans pou w rete nan detansyon pandan pwosesis apèl la ap kontinye.
Si w pèdi dosye w la pandan w nan detansyon, ou gen dwa fè apèl kont desizyon an. Gen anpil chans pou w rete nan detansyon pandan pwosesis apèl la ap kontinye. Si w pa fè apèl, lòd depòtasyon (removal order) jij imigrasyon an ap vin final epi gen anpil chans pou yo depòte w nan peyi orijin ou. Epitou, gouvènman ameriken an ap eseye voye kèk imigran nan lòt peyi ki pa peyi orijin yo kounye a. Si w nan detansyon epi yo di w yo ta ka voye w nan yon lòt peyi, epi si w pè pou yo voye w nan peyi sa a, di otan ofisye imigrasyon ou kapab sa. Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa a.
Chèche èd pou yon moun pwòch ou ki nan detansyon
Kijan pou w jwenn yon moun ki nan detansyon
Pou w jwenn yon granmoun ki nan detansyon, ou kapab itilize sit entènèt ICE sa a. Nan tèt paj la, ou kapab chanje lang lan. Ou kapab antre enfòmasyon sa yo sou moun nan — premye non, siyati, dat nesans, ak peyi kote li te fèt — pou w eseye konnen nan ki sant detansyon (detention center) li ye. Ou kapab gade videyo sa a tou sou kijan pou w itilize sit entènèt ICE la.
Li enpòtan pou w tcheke sit entènèt ICE la regilyèman paske yo kapab transfere moun nan yon lòt sant detansyon, souvan san avètisman.
Pafwa sit entènèt ICE la pa gen enfòmasyon ki pi resan yo, epi moun w ap chèche a ka pa parèt nan sistèm nan. Si moun ou renmen an pa parèt nan sistèm nan, ou kapab li gid sa a tou pou lòt etap ou ka pran. Yon lòt opsyon pou jwenn yon moun ki nan detansyon se sit entènèt sa a pou voye lajan bay moun ki nan detansyon. Si w gen yon lide nan ki eta ak nan ki sant detansyon moun nan ka ye, ou kapab itilize sit entènèt la pou konfime si li la. Ou pa bezwen voye lajan tout bon pou w itilize sit entènèt la.
Pou w jwenn yon timoun ki nan detansyon, paran yo kapab eseye rele liy gouvènman sa a: 1-800-203-7001 oswa eseye voye yon imèl nan: [email protected]. Resous gouvènman sa a gen plis enfòmasyon. Ou kapab jwenn plis enfòmasyon pou moun k ap chèche azil ki gen mwens pase 18 an isit la.
Pou w kontakte yon moun pwòch ou ki nan detansyon, chak sant detansyon gen règleman diferan sou kijan ou kapab kontakte moun ki nan detansyon ak kijan ou kapab mete lajan nan kont yo pou yo ka itilize pou achte manje oswa fè apèl. Resous sa a ki soti nan yon lòt òganizasyon bay kèk enfòmasyon jeneral sou kijan pou w kontakte yon moun ou renmen, fason komen pou w depoze lajan, ak kijan pou w voye atik bay yon moun ki nan detansyon. Pou enfòmasyon espesifik sou chak sant detansyon, vizite sit entènèt gouvènman sa a epi filtre rechèch la selon eta kote sant detansyon an ye a.
Kijan pou w chèche èd
Ou kapab kontakte Freedom for Immigrants pou asistans pou w pran kontak ak moun ou renmen yo, pou w jwenn èd legal oswa medikal, oswa pou w pote plent konsènan sant detansyon an. Ou kapab kontakte yo nan [email protected]. Si w nan detansyon kounye a, liy dirèk pou w rele depi anndan sant detansyon an se 9233#.
Ou kapab jwenn yon avoka imigrasyon prive oswa yon òganizasyon san bi likratif (fè rechèch la ak non sant detansyon an).
Resous sa a ki soti nan yon lòt òganizasyon gen plis enfòmasyon pou moun ki gen moun pwòch yo ki nan detansyon.
Kijan sistèm imigrasyon an fonksyone nan detansyon
Gen de pwosesis legal komen kote imigran k ap fè fas ak depòtasyon ka tonbe ladan yo: pwosesis regilye tribinal imigrasyon ak pwosesis depòtasyon rapid. Li enpòtan pou w konnen ki pwosesis ki konsène w. Dwa w, opsyon w yo, ak etap nan dosye w la ka diferan selon nan ki pwosesis ou ye.
Pwosesis regilye tribinal imigrasyon
Nan pwosesis regilye tribinal imigrasyon an, imigran yo gen dwa pou yo wè yon jij imigrasyon. Yo gen dwa tou pou yo aplike pou diferan fòm pwoteksyon imigrasyon, tankou azil, si yo kalifye.
Pifò moun nan pwosesis regilye tribinal imigrasyon an pral genyen omwen yon premye randevou w nan tribinal (master calendar hearing). Sa yo se randevou kout, ki fèt anvan jijman an. Apre sa, y ap gen yon randevou devan jij (individual or merits hearing). Nan randevou devan jij la, jij imigrasyon an egzamine aplikasyon an, gade prèv yo, epi koute temwayaj yo. Apre randevou a, jij la deside si l ap akòde oswa refize soulajman imigrasyon an.
Si yo kenbe w nan detasyon (detention) pandan w nan pwosesis regilye tribinal imigrasyon an, etap nan dosye w la se menm jan ak si w pa t nan detansyon. Men, an jeneral, dosye w la ap mache pi vit. Ou ka kapab mande pou yo lage w nan detansyon. Si yo pa lage w, w ap bezwen kontinye dosye w la pandan w rete nan detansyon.
Ou ka li plis enfòmasyon sou pwosesis tribinal imigrasyon an isit la. Tanpri pran nòt ke enfòmasyon sa yo eksplike pwosesis la pou moun ki pa nan detansyon, donk kèk detay ka diferan si w nan detansyon.
Pwosesis depòtasyon rapid
“Depòtasyon rapid” se yon pwosesis ki pèmèt gouvènman Ameriken an depòte kèk imigran byen vit – san yo pa gen chans pou yo wè yon jij imigrasyon oswa prezante yon defans pou esplike poukisa yo ta dwe rete Ozetazini. Gouvènman Ameriken an ap eseye elaji depòtasyon rapid la pou l enkli plis imigran.
Ki moun yo ka mete nan depòtasyon rapid
Talè konsa (pwobableman vè fen mwa jiyè 2026) yo ka mete w nan depòtasyon rapid si TOU DE kondisyon sa yo vre:
Ou gen mwens pase 2 an Ozetazini, EPI
Ou te antre Ozetazini san yon viza valab oswa san pawol (“parole”).
Nan dat 23 jen 2026, yon tribinal apèl te deside gouvènman an ka elaji depòtasyon rapid la. Desizyon sa a te anile yon desizyon yon tribinal pi ba te pran anvan sa. Elajisman depòtasyon rapid la ta ka fèt anvan fen mwa jiyè 2026.
Si w panse yo mete w nan depòtasyon rapid pa erè, pa egzanp paske w te rive Ozetazini depi omwen 2 an, ou ka eseye di sa bay tout ofisyèl ou kapab. Ou ka bay kopi pemi travay ou, Avi pou paret nan tribinal (Notice to Appear) ou a, yon Avi Randevou, oswa yon Fòm I-94 (gade egzanp yo isit la, isit la, ak isit la) pou montre ou gen omwen 2 an Ozetazini. Li plis enfòmasyon isit la.
Si yo mete w nan depòtasyon rapid, epi w pè tounen nan peyi orijin ou, ou ka di ou pè tounen chak fwa w jwenn chans. Lè yon moun ki nan pwosesis depòtasyon rapid di gouvènman an li pè tounen nan peyi orijin li, gouvènman an sipoze ba li yon Entèvyou sou Krent ki Kredib oswa ki Rezonab. Pou plis enfòmasyon sou Entèvyou sou Krent ki Kredib ak sa ki Rezonab, gade anba a.
Entvyou sou Krent ki Kredib oswa ki Rezonab (yon pati nan pwosesis depòtasyon rapid la)
Si ou nan yon pwosesis depòtasyon rapid epi ou di ofisyèl imigrasyon yo ou pè tounen nan peyi orijin ou, ou sipoze pase yon Entvyou sou Krent ki Kredib oswa Krent ki Rezonab (CFI oswa RFI).
Tanpri pran nòt ke ofisyèl imigrasyon yo gen anpil chans pou yo pa mande w si ou pè, donk ou kapa b di tout ofisyèl ou kapab sa, osi souvan ke ou kapab. Si ou te deja aplike pou azil, ou kapa b di ofisyèl imigrasyon yo sa. Ou kapa b eseye soumèt yon lèt bay ICE tou ki eksplike poukisa ou pè. Gen yon modèl lèt nan paj 36 nan gid sa a.
Yon Entvyou sou Krent ki Kredib oswa ki Rezonab diferan de yon entvyou azil nòmal ak USCIS. Nan entvyou a, ou kapa b eksplike yon ofisyèl imigrasyon poukisa ou pè tounen nan peyi orijin ou.
Ou gen dwa pou yon avoka reprezante w nan Entvyou sou Krent ki Kredib oswa ki Rezonab ou a, si ou gen youn. Ou gen dwa tou pou w gen yon entèprèt ki pale pi bon lang ou pale a.
Si ou pase entvyou a, ou sipoze kapab aplike pou azil oswa lòt fòm pwoteksyon nan tribinal imigrasyon. Yo kapa b kenbe w nan detansyon pandan pwosesis sa a.
Si ou pa pase entvyou w la, ou kapa b mande jij imigrasyon an pou l revize desizyon ofisye azil la. Si jij imigrasyon an dakò ak desizyon ofisye azil la, ou pral gen anpil chans resevwa yon lòd depòtasyon (removal order). Si jij imigrasyon an pa dakò ak desizyon ofisye azil la, ou sipoze kapab aplike pou azil oswa lòt fòm pwoteksyon nan tribinal imigrasyon.
Gid sa a gen plis enfòmasyon sou Entvyou sou Krent ki Kredib ak Krent ki Rezonab. Men, tanpri konnen resous sa yo pa t mete ajou sa pa gen lontan.
Aplike pou azil oswa lòt fòm pwoteksyon pandan ou nan detansyon
Si ou nan pwosesis nòmal tribinal imigrasyon an nan detansyon, OUBYEN si yo te mete w nan depòtasyon rapid men apre sa ou pase yon Entvyou sou Krent ki Kredib oswa Krent ki Rezonab, ou sipoze gen yon chans pou w aplike pou azil oswa lòt fòm pwoteksyon nan tribinal imigrasyon.
Aplike pou azil oswa lòt pwoteksyon pandan ou nan detansyon kapa b difisil, epi sitiyasyon an pou moun k ap chèche azil nan tribinal imigrasyon ap chanje rapidman. Pa egzanp, anpil dosye azil ap fini anvan moun k ap chèche azil la gen yon chans pou l prezante dosye l nan tribinal imigrasyon. Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa a konsènan pwosesis tribinal imigrasyon an. Ou kapa b jwenn enfòmasyon ajou tou sou jan lwa yo ap chanje pou moun k ap chèche azil.
Men kèk etap ou kapa b konsidere.
Si ou pè tounen nan peyi ou, di sa klèman. Ou kapab di sa chak fwa ou gen chans, menmsi ou te deja di sa anvan. Si ou te aplike pou azil deja, ou kapab di ou gen yon aplikasyon azil ki annatant. Si ou pa t janm aplike pou azil anvan sa, ou kapab mande jij imigrasyon an yon kopi yon aplikasyon azil.
Si Angle pa pi bon lang ou, ou kapab mande yon entèprèt. Tribinal imigrasyon an sipoze ba ou yon entèprèt pou randevou ou. Ou gen dwa mande yon entèprèt nan lang oswa dyalèk ou santi ou pi alè pou pale a, menmsi ou pale yon ti kras Angle.
Si ou vle aplike pou azil, depoze aplikasyon azil ou a epi peye frè a anvan dat limit jij la fikse a. Jij la kapab ba ou dat limit presi pou ou depoze aplikasyon azil (I-589) ou a ak prèv ou yo. Li enpòtan pou ou respekte dat limit sa yo si ou ta renmen kontinye ak dosye azil ou a. Sinon, jij la kapab di ou abandone aplikasyon w lan epi li kapab ba ou yon lòd depòtasyon (removal order). Si ou gen aplikasyon azil ou a pare, ou kapab soumèt li pandan randevou ou a. Si ou poko pare, ou kapab soumèt li pita, men anndan dat limit la. Ou ka bezwen mande yon moun pwòch ou ki pa nan detansyon pou ede ou peye frè azil pou peye chak ane (annual asylum fee) pou premye fwa a epi voye lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) ba ou oswa voye lèt la nan tribinal la pou jij imigrasyon an ka gen prèv peman ou an.
Konsidere aplike pou lòt kalite pwoteksyon imigrasyon. Ou kapab kalifye tou pou lòt soulajman nan imigrasyon, selon sitiyasyon ou. Pa egzanp, kèk moun kapab kalifye pou Sispansyon Depòtasyon (withholding of removal) oswa Pwoteksyon anba Konvansyon Kont Torti (CAT), ki kapab pwoteje ou kont depòtasyon menmsi yo ta refize aplikasyon azil ou a. Gen kèk imigran ki te viv Ozetazini pandan plis pase 10 ane ki kapab mande yon jij imigrasyon yon Anilasyon Depòtasyon (Cancellation of Removal) si yo gen yon paran, mari/madanm, oswa pitit ki sitwayen Ameriken oswa ki se yon rezidan pèmanan (lawful permanent resident) (moun ki gen kat rezidan pèmanan) ki ta pral soufri yon "soufrans eksepsyonèl ak ekstrèmman ekstraòdinè". Gid sa a ak paj entènèt an sa a ki soti nan lòt òganizasyon gen plis enfòmasyon sou fason pou aplike pou azil ak lòt fòm pwoteksyon pou imigran ki nan detansyon.
Si ou pa gen yon avoka, ou kapab mande jij la plis tan pou jwenn yon avoka, si ou vle. Paj sa a kapab ede ou chèche yon avoka nan zòn kote ou ye a. Jij imigrasyon an kapab ba ou yon lis sèvis legal gratis tou ki toupre sant detansyon an.
Eseye kenbe kopi nenpòt dokiman ou resevwa epi ou soumèt. Ou ta ka gen aksè ak yon fotokopyè ak yon enprimant nan sant detansyon an pou fè kopi aplikasyon ou, dokiman sipò yo, ak dokiman gouvènman an. Sa kapab ede si yo transfere ou nan yon lòt sant detansyon oswa si ou jwenn yon avoka pita.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) gen pou objektif pou bay enfòmasyon reyèl sou lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo se pa konsèy legal.
Tout kontni legal se ekip avoka ekspè nan imigrasyon ASAP yo ki ekri li epi ki revize li legalman. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo gen lisans pou pratike lalwa nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm nan dwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè pri pou travay legal yo fè.