Ekri pa avoka imigrasyon ekspè ASAP yo · Mizajou nan dat
Dokiman papye sa a se yon vèsyon Fòm I-94, Dosye Antre/Soti. I-94 sa a gen yon tenm pawòl (“parole”), ki montre moun nan te resevwa pawòl lè li te antre Ozetazini. Gen kèk moun ki te resevwa dokiman sa a ki te resevwa yon Avi pou prezante tet ou (Notice to Report) tou. Ale sou paj echantiyon dokiman yo pou w wè lòt kalite dokiman pawòl, san wete yon vèsyon sou entènèt.
Pafwa, gouvènman ameriken an bay yon moun pawòl lè li antre Ozetazini. Pawòl se yon kalite pèmisyon diskresyonè pou antre Ozetazini. Yo bay li sèlman ak kèk moun nan sèten sitiyasyon. Li pa nesesè pou w gen pawòl pou w ka chèche azil. Li plis enfòmasyon sou pwosesis pou mande azil Ozetazini. Li enfòmasyon sou fason pou w mande yon pemi travay baze sou pawòl.
Si ou soti Kiba epi ou te resevwa dokiman sa a apre ou te antre Ozetazini, oswa ou te resevwa yon lòt dokiman ki gen "212(d)(5)" ekri sou li, ou ka vle pale ak yon avoka pou konnen si ou kalifye pou Lwa sou Ajisteman Kiben an. Jwenn asistans legal.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) gen kòm objektif pou bay enfòmasyon reyèl sou lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo se pa konsèy legal.
Tout kontni legal yo ekri epi revize legalman pa ekip avoka imigrasyon ekspè ASAP yo. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo admèt nan Baro nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm lalwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè pri pou travay legal yo fè.
