Ekri pa avoka imigrasyon ekspè ASAP yo · Mizajou nan dat
Dokiman sa a se yon “Avi pou prezante tet ou (Notice to Report),” Fòm I-385. Nan tan lontan, gouvènman Ameriken an te konn bay kèk moun ki te travèse fwontyè ant Meksik ak Etazini fòm sa a. Nòmalman, fòm nan di ou pou ou prezante tèt ou nan yon biwo Immigration and Customs Enforcement (ICE) nan yon delè 60 jou. Gen kèk moun ki te resevwa dokiman sa a ki te resevwa yon I-94 sou papye tou.
Tanpri pran nòt ke Avi pou prezante tet ou a SE PA yon Avi pou paret nan tribinal (Notice to Appear) nan tribinal imigrasyon. Si ou poko resevwa yon Avi pou paret nan tribinal nan tribinal imigrasyon, ou kapa b kapab aplike pou azil nan USCIS pito. Pou plis enfòmasyo sou desizyon pou aplike pou azil la, klike isit la. Pou plis enfòmasyo sou Avi pou prezante tet ou ak pwochen etap ou kapa b fè yo.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) gen kòm objektif pou bay enfòmasyon ki baze sou reyalite konsènan lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo se pa konsèy legal.
Tout kontni legal yo ekri epi yo revize legalman pa ekip avoka imigrasyon ekspè ASAP yo. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo admèt nan Baro nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm nan dwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè pri pou travay legal yo fè.
