Ekri pa avoka imigrasyon ekspè ASAP yo · Mizajou nan dat
Paj sa a bay enfòmasyon sou pwosesis pou chèche azil nan tribinal imigrasyon. Depi 2025, sitiyasyon an pou moun k ap chèche azil nan tribinal imigrasyon ap chanje rapidman epi li vin pi difisil. Gouvènman an ap anile kèk ka nan tribinal imigrasyon anvan moun k ap chèche azil la resevwa yon odyans konplè. Menm si yon moun k ap chèche azil resevwa yon odyans konplè, li vin pi difisil pou genyen azil. Pou aprann sou sa k ap pase nan tribinal imigrasyon espesifik ou a, ou kapa b eseye jwenn yon avoka nan zòn ou an.
Si ou pa sèten si ou gen yon ka nan tribinal imigrasyon, li isit la.
Prepare w pou premye randevou w nan tribinal
Ki lè ak ki kote randevou mwen an ye nan tribinal imigrasyon?
Kisa yon premye randevou an gwoup ye pou dè santèn imigran an menm tan?
Èske li posib pou mande yon randevou pa videyo (online hearing)?
Kisa k ap pase si mwen pa ale nan randevou mwen nan tribinal imigrasyon?
Aplike pou azil nan tribinal imigrasyon
Ki etap nòmal yo pou aplike pou azil nan tribinal imigrasyon?
Poukisa kèk ka nan tribinal imigrasyon nan ane 2025 ak 2026 ap fini san yon odyans azil konplè?
Kisa sit entènèt tribinal imigrasyon (Respondent Access Portal) la ye?
Kouman pou mwen voye dokiman bay avoka gouvènman an pou ka mwen nan tribinal imigrasyon?
Kouman mwen kapa b voye dokiman bay avoka gouvènman an sou entènèt nan sèvi ak ICE eService?
Diferan rezilta nan tribinal imigrasyon ak etap posib
Jij la te refize oswa anile ka azil mwen an, epi mwen vle fè apèl kont desizyon an.
Mwen enkyete pou yo pa depòte m nan yon peyi ki pa peyi orijin mwen.
Yo te fèmen ka mwen an administratif (administratively closed).
Lòt enfòmasyon
Kouman mwen kapa b mande dokiman dosye tribinal imigrasyon mwen an?
Mwen te wè yon afich nan tribinal imigrasyon ki di mwen ta dwe “depòte tèt ou.” Kisa sa vle di?
Ki lè ak ki kote randevou mwen nan tribinal imigrasyon an ap ye?
Pou konnen dat, lè, ak kote pwochen randevou w la ap ye, ou kapab tcheke sistèm tribinal imigrasyon an. Gen kèk tribinal kounye a k ap planifye randevou ak yon avi ki kout anpil, oswa y ap deplase randevou ki te deja planifye pou mete yo nan dat ki pi bonè. Nou tande rapò tou ki di gen kèk randevou yo deplase pou mete yo lòt kote, san wete nan bilding ki pa tribinal imigrasyon, ak yon avi ki kout anpil. Tcheke estati dosye w la yon fwa pa semèn si ou kapab pou w rete enfòme sou nenpòt chanjman nan lè oswa kote pwochen randevou w la ap ye.
Ou mèt swa rele liy dirèk otomatik tribinal la nan 1-800-898-7180 oswa tcheke sou entènèt nan acis.eoir.justice.gov. W ap bezwen antre nimewo alyen (A number) ou a. Gade fliyè sa a sou fason pou w rele liy dirèk la. Pafwa sit entènèt la ak liy dirèk la bay diferan kategori enfòmasyon, donk sa ka ede si w tcheke tou de.
Menm si ou te deja resevwa yon Avi pou paret nan tribinal (Notice to Appear) oswa yon avi pou randevou ki gen yon dat ak yon lè pou randevou w la, sa ka itil pou w tcheke sistèm tribinal imigrasyon an regilyèman paske tribinal imigrasyon yo souvan chanje dat randevou yo.
Si ou pa kapab jwenn dosye w la nan sistèm tribinal imigrasyon an, ou kapab li sou etap pou w pran yo.
Si dosye w la nan sistèm nan, li ta dwe di w si randevou w la ap fèt an pèsòn nan yon tribinal imigrasyon, oswa si se yon randevou “pa videyo,” sa ki vle di ou kapab konekte sou entènèt.
Sistèm nan ta dwe di w tou si randevou w la se yon “premye randevou w nan tribinal (master calendar hearing)” oswa yon “randevou devan jij (individual or merits hearing).” Yon premye randevou nan tribinal sipoze yon ti randevou tou kout pou yo pran enfòmasyon de baz sou ou ak sou dosye w la. Yon randevou devan jij sipoze yon randevou ki pi long kote w ap gen opòtinite pou w prezante detay sou dosye azil ou a bay yon jij imigrasyon. Aprann sou sa pou w atann nan yon premye randevou w nan tribinal, oswa nan yon randevou devan jij.
Aprann plis sou mesaj ki komen yo sou liy dirèk oswa sit entènèt tribinal imigrasyon an ak sa yo vle di.
Kisa k pase nan yon premye randevou nòmal (yo rele tou yon “master calendar hearing”)?
Premye randevou nan tribinal imigrasyon an rele yon randevou “master calendar”. Selon dosye w la, ou ka gen yon sèl randevou master calendar, oswa ou ka gen plizyè randevou master calendar. Si ou pa ale nan randevou w la, jij la ap gen anpil chans pou l ba w yon lòd depòtasyon (removal order).
Randevou a kapab fèt sèl ou ak jij la oswa ak yon gwo gwoup moun
Gen de kalite randevou master calendar kounye a: randevou master calendar nòmal ak gwo randevou master calendar pou plizyè santèn imigran anmenmtan. Enfòmasyon ki anba yo se sou randevou master calendar nòmal yo. Jwenn enfòmasyon sou randevou tribinal pou gwo gwoup isit la. Li difisil pou w konnen davans ki kalite randevou master calendar w ap genyen, donk li ka bon pou w prepare w pou tou de posiblite yo.
Randevou a kapab fèt an pèsòn oswa sou entènèt
Gen kèk randevou ki fèt an pèsòn, pandan gen lòt ki fèt sou entènèt. Ou kapab tcheke sistèm tribinal imigrasyon an swa lè w rele 1-800-898-7180 oswa lè w ale sou sit entènèt tribinal imigrasyon sa a. Sistèm nan ta dwe di w si randevou w la ap fèt an pèsòn nan yon tribinal imigrasyon, oswa si se yon randevou “pa videyo,” sa ki vle di ou kapab konekte sou entènèt.
Si randevou w la ap fèt sou entènèt, aprann kijan pou w prepare epi konekte nan randevou a isit la. Ou kapa b mande tou pou yo chanje randevou an pèsòn ou an pou yon randevou pa videyo (online hearing), men tribinal la kapa b pa aksepte demann sa a. Aprann kijan isit la.
Si randevou w la se an pèsòn, verifye adrès la de fwa sou sit entènèt tribinal imigrasyon (Respondent Access Portal) epi planifye pou w rive nan lokal la omwen inèdtan edmi alavans. Gen kèk randevou yo deplase nan lòt lokal ak yon avi ki kout anpil, donk se yon bon lide pou w verifye anvan randevou w la. Yon fwa ou rive nan lokal randevou w la, w ap pase nan yon liy sekirite. Apre sa, ou kapa b jwenn sal kote randevou w la pral fèt la epi tann pou randevou w la kòmanse. Si w gen pwoblèm pou w jwenn kote randevou w la ap fèt la, mande anplwaye tribinal la touswit pou yo montre w bon kote a pou w pa rate lè randevou w la. Yon fwa ou rive, kapa b gen anpil moun epi ou kapa b oblije tann pandan yon sèten tan. Sa rive paske an jeneral jij la gen plizyè premye randevou w nan tribinal (master calendar hearing) ki pwograme nan menm lè a.
Arèstasyon nan tribinal imigrasyon
Nan ane 2025, te gen anpil rapò sou moun yo arete nan tribinal imigrasyon, men nan mwa jen 2026, yon tribinal te di pifò arestasyon nan tribinal yo pa legal, epi ICE ta dwe fè arestasyon nan tribinal imigrasyon sèlman si moun nan te kondane pou krim oswa si li reprezante yon “risk pou sekirite piblik.” Li enfòmasyon sou posiblite pou detasyon nan tribinal imigrasyon. Pou w aprann sa k ap pase nan tribinal imigrasyon espesifik ou a, ou kapa b eseye jwenn yon avoka oswa yon òganizasyon pou imigran nan zòn ou an.
Kisa pou w pote nan randevou tribinal imigrasyon w lan
Avi pou paret nan tribinal (Notice to Appear) ou a ak lèt randevou w la si w genyen yo.
Plim ak papye pou w pran nòt.
Lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) si w te deja aplike pou yon estati imigrasyon nan USCIS.
Si w gen plan pou w soumèt yon aplikasyon azil, pote orijinal la ak 2 kopi aplikasyon an ki fin ranpli. Jwenn plis enstriksyon.
Mete rad ki konfòtab, epi pote yon chanday oswa yon vès si ta fè frèt.
Ki moun ki kapa b ale avèk ou nan tribinal imigrasyon
Ou sipoze mennen pitit ou yo nan premye randevou w la si pitit ou yo enkli nan dosye w la. Ou kapa b tcheke Avi pou paret nan tribinal ou a oswa lèt randevou w la pou w wè si non pitit ou yo make anba non pa w la.
Si w gen yon avoka, ou kapa b mande avoka w la pou l ale avè w.
Ou kapa b konsidere tou pou w mande yon zanmi oswa yon manm fanmi ki se sitwayen ameriken pou l ale nan randevou a avè w pou l sipòte w, pou l kapa b fè lòt moun konnen si yo ta kenbe w nan detasyon (detention). Yo kapa b vle pote prèv sitwayènte ameriken yo. Sa kapa b itil tou si yo pale Anglè.
Ki moun ki pral la nan premye randevou w nan tribinal la
Nan yon premye randevou nan tribinal nòmal, w ap wè yon jij imigrasyon ki pral poze w kèk kesyon. Kapa b gen lòt anplwaye tribinal la tou, tankou grefye jij imigrasyon an. An jeneral, gen yon avoka gouvènman an tou ki pral pale kont ou. Lòt imigran ki gen premye randevou nan tribinal nan menm lè a kapa b nan sal tribinal la tou pandan randevou w la.
E si w pa pale Anglè
Si Anglè pa pi bon lang ou, tribinal imigrasyon an dwe bay yon entèprèt. Si pa gen entèprèt, ou kapa b di jij la ou bezwen yon entèprèt. Ou gen dwa mande yon entèprèt nan lang oswa dyalèk ou pi alèz pou w pale a, menmsi w pale yon ti kras Anglè.
Ki kèk kesyon komen ou kapa b poze jij imigrasyon an
Pandan randevou w la, jij la pral poze w kesyon. Ou kapa b poze jij la kesyon tou si w pa konprann yon bagay. Ou kapa b pote yon plim ak papye pou w kapa b ekri enfòmasyon enpòtan yo, tankou dat limit yo.
Si pitit ou yo enkli nan dosye w la, ou kapab mande jij la si ou bezwen mennen pitit ou yo nan pwochen randevou w la.
Si randevou w la ap fèt an pèsòn, ou kapab mande jij la si ou kapab patisipe nan randevou k ap vini yo pa mwayen entènèt. Jij la kapab pèmèt ou patisipe nan kèk randevou pa mwayen entènèt, men se pa tout. Si ou pa sèten, ou kapab mande jij la pou l klarifye ki randevou ou kapab patisipe pa mwayen entènèt.
Si ou pa gen yon avoka, ou kapab mande jij la plis tan pou ou jwenn yon avoka, si ou ta vle sa. Paj entènèt an sa a kapab ede w chèche yon avoka nan zòn kote w rete a. Tanpri pran nòt: si ou te deja aplike pou azil, mande jij la plis tan ap gen anpil chans pou l kanpe revèy (“asylum clock”) ou a, sa ki ta kapab retade aplikasyon pemi travay ou a.
Ou kapab poze lòt kesyon ou genyen tou pandan randevou a.
Ki kesyon jij la pral poze pandan premye randevou w nan tribinal la
Jij la pral gen anpil chans mande w non w, adrès ou, ak dat nesans ou.
Si adrès ou pa toupre tribinal imigrasyon an, jij la kapab mande w si ou vle chanje tribinal imigrasyon w lan pou youn ki pi pre w. Li enfòmasyon sou sa pou w konsidere lè w ap deside si w ap eseye chanje tribinal imigrasyon w lan.
Jij la kapab poze w kesyon sou Avi pou paret nan tribinal (Notice to Appear) (NTA) ou a. NTA a anjeneral bay lis non w, peyi orijin ou, dat ak kote ou te rive nan peyi Etazini, ak rezon ki fè gouvènman an kwè yo ta dwe depòte w. Si ou pa t janm resevwa yon NTA, ou kapab di jij la sa. Jij la kapab mande si ou te egzamine NTA a epi si ou dakò oswa si ou pa dakò ak sa ki ekri sou li. Si ou pa dakò ak sa ki ekri sou NTA ou a, ou kapab di jij la sa.
Reponn kesyon sou NTA a se sa yo rele pafwa "pleadings." Anjeneral jij la poze w kesyon sa yo an pèsòn. Men, nan kèk randevou ki fèt ak gwo gwoup moun, anplwaye tribinal la kapab ba w yon fòm alekri pou w ranpli ki rele "Respondent's Pleading Declaration."
Jij la kapab mande w tou si ou gen plan pou w aplike pou nenpòt estati imigrasyon, tankou azil oswa lòt opsyon imigrasyon.
Si ou pa gen plan pou w soumèt okenn aplikasyon imigrasyon, jij la kapab fèmen dosye w la epi ba w yon lòd depòtasyon.
Si ou te deja soumèt yon aplikasyon imigrasyon bay USCIS, ou kapab di jij la sa epi montre lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) si ou genyen yo.
Si ou te pote yon aplikasyon azil ki fin ranpli avèk ou pou w soumèt li jou sa a, ou kapab soumèt li pandan randevou w la. Jwenn enstriksyon yo.
Si ou pa t ankò aplike pou yon estati imigrasyon, ou kapab di jij la pou kisa ou planifye pou w aplike. Pa egzanp, ou kapab di jij la si ou planifye pou w aplike pou azil, sispansyon depòtasyon (withholding of removal), ak pwoteksyon anba Konvansyon Kont Torti (CAT). Gen kèk jij oswa avoka gouvènman ki kapab eseye di w ke ou pa ta dwe aplike pou azil. Men, ou gen dwa pou w aplike pou azil si ou kalifye. Ou kapab di jij la tou si w ap soumèt prèv ki montre poukisa ou kalifye.
Si w ap aplike pou azil, jij la kapab ba w dat limit presi pou w depoze aplikasyon azil ou a ak prèv ou yo. Ou kapab ekri enstriksyon presi yo sou yon moso papye pou w ka sonje yo pita. Li enpòtan pou w swiv enstriksyon sa yo si ou vle kontinye ak dosye azil ou a. Si ou gen kesyon sou enstriksyon yo, ou kapab mande jij la pou l esplike plis.
Si ou te deja soumèt yon aplikasyon azil, li posib pou avoka gouvènman an mande jij la pou l fini ak dosye azil ou a anvan menm ou gen chans pou w gen yon randevou konplè. Yo rele sa souvan yon “motion for pretermission.” Sa te kòmanse rive nan anpil dosye azil nan ane 2025 epi sa ap kontinye nan ane 2026. Pou plis enfòmasyo, klike sou lyen sa.
Nan fen premye randevou w nan tribinal la
Nan fen odyans lan, si jij la pèmèt ou kontinye ak dosye w la, jij la ta dwe ba ou yon randevou pou pwochen odyans lan epi ba ou yon avi pou paret nan tribinal (hearing notice).
Pwochen odyans ou a kapa b yon lòt premye randevou w nan tribinal (master calendar hearing), oswa yon randevou devan jij (individual or merits hearing). Aprann plis sou etap nan pwosesis tribinal imigrasyon an.
Si jij la ba ou yon lòd depòtasyon (removal order), ou gen dwa fè apèl kont desizyon sa a devan Komisyon Apèl Imigrasyon (BIA). Pou plis enfòmasyon sou apèl yo, klike sou lyen sa.
Kisa yon premye randevou an gwoup ye pou plizyè santèn imigran anmenmtan?
Gen kèk tribinal imigrasyon k ap planifye gwo premye randevou pou plizyè santèn imigran anmenmtan, epi y ap pale ak tout moun ansanm nan yon sèl gwo gwoup. Sa se yon nouvo kalite odyans ki te kòmanse nan mwa me 2026 epi pafwa yo rele l yon “mega master.” N ap mete enfòmasyon ki anba yo ajou pandan n ap aprann plis.
Tcheke chak semèn pou w wè si gen yon nouvo dat odyans
Gen kèk tribinal k ap planifye gwo odyans ak yon avi ki kout anpil, oswa y ap deplase odyans ki te deja planifye yo pou mete yo nan dat ki pi prè. Tcheke sistèm tribinal imigrasyon an chak semèn si ou kapa b: antre nimewo alyen (A number) ou ak nasyonalite w sou sit entènèt tribinal sa a oswa rele liy telefòn otomatik la nan 1-800-898-7180. Si ou rate odyans ou a, jij la ap gen plis chans ba ou yon lòd depòtasyon.
Gen kèk tribinal ki pa voye avi pou paret nan tribinal ki obligatwa a ak nouvo dat ak lè odyans lan, oswa yo pa voye l pa lapòs ase bonè pou moun yo resevwa l. Se poutèt sa li enpòtan anpil pou w tcheke sistèm tribinal imigrasyon an souvan.
Kijan pou w konnen si w gen yon odyans an gwo gwoup
Si w gen yon premye randevou nan tribinal k ap vini, pwobableman ou p ap konnen davans si se yon odyans an gwo gwoup. Anpil moun toujou gen premye randevou nan tribinal ki "nòmal", kote yon jij poze chak moun kesyon youn pa youn. Li bon pou w pare pou nenpòt nan de kalite odyans sa yo.
Yon odyans an gwo gwoup gen plis chans rive si:
Dat premye randevou w nan tribinal la te deplase toudenkou pou yon dat ki pi prè, epi
Ou pa gen yon avoka
Yon odyans an gwo gwoup gen mwens chans rive si:
Ou gen yon avoka, oswa
Odyans ou a planifye pou l fèt pa videyo (sou entènèt, pa lyen videyo WebEx), oswa
Odyans ou a make kòm “individual” oswa “merits” olye de “master calendar”
Planifye pou w rive bonè pou odyans ou a
Si w pral nan yon odyans nan tribinal imigrasyon, rive omwen inèdtan edmi alavans. Liy sekirite yo long anpil poutèt kantite moun ki gen randevou anmenmtan. Gen moun ki resevwa lòd depòtasyon paske yo te bloke nan liy lan oswa yo pa t tande non yo epi yo te make yo kòm moun ki absan.
Sa k pase nan yon odyans an gwo gwoup
Nouvo odyans an gwoup sa yo kapa b gen plizyè santèn moun anmenmtan, sa ki fè yo gen anpil moun ak dezòd. Olye pou yo fè yon ti odyans pou dosye chak moun youn apre lòt epi poze kesyon endividyèlman, jij yo oswa anplwaye tribinal yo ap pale ak tout moun ansanm kòm yon gwoup.
Men kèk bagay pou w konnen:
Asire w ou nan bon sal tribinal la. Tcheke si non w parèt sou lis ki sou miray nan koulwa tribinal la, oswa mande anplwaye tribinal yo. Koute byen pou w tande non w oswa nimewo alyen (A number) ou (nimewo 9 chif ki sou tout dokiman tribinal ou yo), epi koute enstriksyon anplwaye tribinal yo ap ba ou. Si ou pa nan bon kote a lè yo rele non w, ou ka resevwa yon lòd depòtasyon. Pa pati toutotan ou pa pale ak jij la oswa yon anplwaye tribinal.
Ou ka gen pou w ranpli yon fòm Chanjman Adrès pou pwouve ou la. Anplwaye tribinal yo ka mande chak moun pou yo ranpli yon fòm Chanjman Adrès. Si yo ba w yon fòm Chanjman Adrès, ou ta dwe ranpli l pou w pwouve ou prezan. Men, li posib pou anplwaye tribinal yo pa aktyalize adrès ou toutbon. Si w te deplase, ou ka ranpli yon lòt fòm Chanjman Adrès lè w tounen lakay ou.
Ou ka gen pou w bay lòt enfòmasyon. Yo ka mande w pou w konfime enfòmasyon tankou non w, nasyonalite w, dat nesans ou, ak adrès ou.
Ou ka resevwa yon “pleading declaration” pou w ranpli anvan yon dat limit. Anplwaye tribinal yo ka ba w yon dokiman yo rele “pleading declaration” pou w ranpli anvan yon dat limit presi. Dokiman sa a anjeneral mande si enfòmasyon ki sou Avi pou paret nan tribinal (Notice to Appear) ou a kòrèk epi si w gen plan pou w depoze yon aplikasyon. Si w gen plan pou w mande azil, ekri sa. Revize nenpòt dokiman byen anvan w siyen l. Sa ka nwi dosye imigrasyon w si w dakò ak enfòmasyon ki pa vre. Ou ka vle pale ak yon lawyer anvan w siyen.
Pote dokiman w yo ak aplikasyon azil ou a si w gen youn. Pote Avi pou paret nan tribinal ou a oswa hearing notice si w genyen yo, ak lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) si w te aplike pou yon estati imigrasyon nan USCIS. Si w gen plan pou w soumèt yon aplikasyon azil, pote orijinal la ak 2 kopi aplikasyon an ki fin ranpli. Pou plis enfòmasyo, klike sou lyen sa.
Si avi randevou w la mete non pitit ou yo tou, tribinal la mande pou w vini avèk yo, sof si yon jij te deja di w sa pa nesesè.
Si w pa konprann oswa ou pa ka tande sa y ap di, ou ka eseye mande anplwaye tribinal la oswa jij la pou yo repete sa yo di a. Si yo pa bay enfòmasyon yo nan lang ou, ou ka eseye di "I need an interpreter in my language." Ou gen dwa pou w konprann sa k ap pase nan dosye w la.
Si w te rate randevou w la
Si yo te ranvwaye dosye w la pou youn nan gwo randevou an gwoup sa yo, epi w rate randevou a, yon jij ka bay yon lòd depòtasyon pou ou. Si w anreta men randevou yo ap kontinye toujou jou sa a, mande tribinal la pou l relouvri dosye w la imedyatman. Gen kèk jij ki ka aksepte sa. Si yo refize relouvri dosye a imedyatman, ou gen opsyon pou w depoze yon Motion to Reopen.
Men si tribinal la pa t voye yon hearing notice nan adrès ki pi resan ki anrejistre pou ou nan sistèm tribinal la, oswa si yo pa t voye l nan tan pou w te ka konnen gen randevou a, ou ka depoze yon Motion to Reopen.
Pa gen okenn frè pou depoze yon Motion to Reopen si w te rate randevou w la paske w pa t resevwa avi pou randevou a. Epitou pa gen dat limit si w depoze Motion to Reopen an pou rezon sa a, men li toujou bon pou w depoze l pi vit posib. Pou plis enfòmasyo, klike sou lyen sa konsènan Motion to Reopen si w te rate yon randevou nan tribinal imigrasyon.
Pou plis enfòmasyo, klike sou lyen sa konsènan gwo randevou an gwoup yo. Ou ka vle tou pale ak yon avoka imigrasyon anvan randevou w la.
Èske mwen kapa b arete nan tribinal imigrasyon?
Nan ane 2025, te gen anpil rapò sou arestasyon nan tribinal imigrasyon yo, men nan mwa jen 2026, yon tribinal te di pifò arestasyon nan tribinal yo pa legal, epi ICE ta dwe fè arestasyon nan tribinal imigrasyon sèlman si moun nan te kondane pou krim oswa si li reprezante yon "risk pou sekirite piblik."
Men, sa ka chanje alavni, epi nou toujou mete enfòmasyon anba a sou fason pou w prepare w pou posiblite pou yo ta mete w nan detasyon. Pou w konnen sa k ap pase nan tribinal imigrasyon espesifik ou a, ou kapa b eseye jwenn yon avoka oswa yon òganizasyon pou imigran nan zòn ou an.
Men kèk mezi sekirite ou kapa b pran:
Ou kapa b eseye jwenn yon avoka pou ale nan odyans lan avèk ou. Menmsi ou pa gen yon avoka pou ale avèk ou, sa ka itil pou w pale ak yon avoka anvan odyans lan sou dosye espesifik ou a.
Ou kapa b konsidere tou pou w mande yon zanmi oswa yon manm fanmi ki se sitwayen ameriken pou l ale nan odyans lan avèk ou pou l sipòte w, pou l ka di lòt moun si yo ta detni w. Yo ka vle pote prèv sitwayènte ameriken yo. Sa ka itil tou si yo pale Anglè.
Si w ap mande azil, ou kapa b pote yon kopi aplikasyon azil ou a ki gen tenm sou li, oswa ou kapa b prepare yon aplikasyon azil pou w soumèt nan odyans lan. Sa ka ede w prezante yon agiman bay jij la pou montre w pare pou w kontinye defann dosye w la.
Si w gen nenpòt aplikasyon k ap tann nan USCIS ki pa gen rapò ak azil (pa egzanp, yon aplikasyon pou kat rezidan pèmanan ki baze sou maryaj), ou kapa b pote yon kopi lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice). Si w gen pitit ki sitwayen ameriken, pote yon kopi batistè yo.
Anvan w ale nan tribinal, manje byen epi bwè anpil dlo. Mete rad ki konfòtab, epi pote yon chanday oswa yon vès si ta fè frèt.
Aprann nimewo telefòn omwen yon moun ou fè konfyans pa kè oswa ekri nimewo yo sou bra w, pou w ka rele yo si w pa gen aksè ak telefòn ou ankò. Mande yo si yo ka ede w si ta gen yon ijans (pa egzanp, ede w chèche timoun yo lekòl). Asire w yo konnen non konplè w, nimewo alyen (A number), dat nesans ou ak peyi kote w te fèt la. Asire w yo konnen kote pou yo jwenn dokiman enpòtan ou yo. Si w gen yon avoka, asire w yo konnen ki jan pou yo kontakte avoka w la. Gade yon modèl plan ijans yon lòt òganizasyon fè.
Si w pa ale nan odyans ou a, jij la ap gen anpil chans pou l ba w yon lòd depòtasyon (removal order).
Si yo detni w, gen kèk moun ki kapab jwenn liberasyon nan detansyon atravè yon odyans pou kosyon (bond hearing) oswa yon demann habeas corpus. Aprann plis sou kijan pou w mande liberasyon.
Èske mwen kapab mande yon randevou pa videyo (sou entènèt)?
Wi. Desizyon pou yo aksepte oswa refize demann lan depann de anpil faktè, tankou kote tribinal imigrasyon w lan ye, jij ou a, rezon ki fè w ap mande yon randevou pa videyo, epi si ou gen yon avoka. Pou mande yon randevou pa videyo, ou kapab eseye rele tribinal imigrasyon an oswa itilize Modèl pou Randevou pa Videyo sa a.
Si ou tcheke estati dosye w epi li di ou gen yon randevou “sou entènèt” (internet-based), sa vle di randevou w la ap fèt pa videyo. Nan jou randevou a, ou kapab konekte swa nan yon telefòn oswa nan yon òdinatè avèk yon aplikasyon ki rele Webex.
Lyen Webex la ap parèt nan estati dosye w la anba “Webex address” epi ou kapab tape adrès Webex sa a nan nenpòt navigatè entènèt. Ou kapab ale tou sou paj entènèt an tribinal imigrasyon sa a, jwenn jij imigrasyon w lan, epi klike sou “Internet-Based Hearing Link.”
Pou plis enfòmasyon sou randevou pa videyo.
Kisa k ap pase si mwen pa ale nan randevou mwen nan tribinal imigrasyon?
Si ou pa ale nan randevou w nan tribinal imigrasyon, gen anpil chans pou dosye azil ou a fini, epi ou pral gen anpil chans resevwa yon lòd depòtasyon (removal order) paske ou te manke randevou w la. Lè w resevwa yon lòd depòtasyon, sa kapab rann li pi difisil pou ou kalifye pou yon estati legal alavni. Si ou gen yon lòd depòtasyon, ICE kapab arete w tou epi eseye depòte w byen vit si yo jwenn ou nenpòt kote.
Si ou konnen davans li pral difisil pou ou ale an pèsòn nan premye randevou w nan tribinal (master calendar hearing), ou kapab eseye mande yon randevou pa videyo. Si se jou randevou w la deja epi ou pa kapab ale, ou kapab eseye patisipe nan randevou a pa videyo tou: ale sou paj entènèt an tribinal imigrasyon sa a, jwenn jij imigrasyon w lan, epi klike sou “Internet-Based Hearing Link.” Men, tanpri pran nòt: li ka mache oswa li ka pa mache pou w konekte nan randevou w la pa videyo nan dènye minit, sa depann de jij imigrasyon an, epi ou pral gen anpil chans resevwa yon lòd depòtasyon si jij imigrasyon w lan pa pèmèt ou patisipe pa videyo.
Ki etap nòmal yo ye pou mande azil nan tribinal imigrasyon?
Si ou gen yon dosye nan tribinal imigrasyon epi ou elijib pou azil, ou kapab aplike lè ou soumèt yon aplikasyon azil (Fòm I-589) nan tribinal imigrasyon an. (Tanpri pran nòt: Si ou se yon timoun ki pa akonpaye ki gen yon dosye nan tribinal imigrasyon, ou kapab voye aplikasyon azil ou a pa lapòs nan USCIS. W ap bezwen ale nan randevou w yo nan tribinal imigrasyon si ou vle kontinye ak dosye w la, anplis de nenpòt randevou USCIS.)
Etap nòmal yo nan pwosesis tribinal imigrasyon pou moun k ap chèche azil yo pi ba a. Men, depi 2025, gouvènman an ap anile kèk dosye nan tribinal imigrasyon anvan yon moun k ap chèche azil kapab resevwa yon randevou devan jij (individual or merits hearing) konplè sou dosye azil li a.
Resevwa yon Avi pou paret nan tribinal: Ofisyèl gouvènman ameriken yo ta dwe ba ou yon Avi pou paret nan tribinal (Notice to Appear ou byen “NTA”). Se yon bon lide pou tcheke si enfòmasyon ki sou NTA ou a kòrèk. Kenbe li nan yon kote ki an sekirite.
Tcheke Sistèm Tribinal Imigrasyon an: Gouvènman an ta dwe soumèt NTA ou a nan tribinal imigrasyon, epi y ap pwograme premye randevou w la. Tcheke sistèm tribinal imigrasyon an chak semèn pou w konnen ki lè premye randevou w nan tribinal la pwograme. Ou ta dwe resevwa tou yon avi pou randevou nan lapòs nan adrès tribinal imigrasyon an genyen pou ou a. Kontinye tcheke sistèm nan chak semèn paske yo ka chanje dat randevou w la sanzatann pou yon lòt dat.
Soumèt yon Aplikasyon Azil ak Frè a: Si dosye w nan tribinal imigrasyon an ap kontinye epi ou deside aplike pou azil, soumèt aplikasyon azil ou a ak nenpòt prèv pou sipòte l bay tribinal imigrasyon an ak avoka gouvènman an. Pri pou aplike pou azil la se $100 kounye a. An jeneral, ou dwe soumèt aplikasyon azil ou a nan yon peryòd ennan apre w fin rive nan peyi Etazini, men gen eksepsyon.
Aplike pou yon Pemi Travay: Moun k ap chèche azil yo ka aplike pou yon pemi travay 150 jou apre yo fin soumèt aplikasyon azil yo.
Ale nan Premye Randevou w nan Tribinal: Premye randevou nan tribinal imigrasyon an rele “premye randevou w nan tribinal (master calendar hearing)” epi li sipoze yon kout randevou preliminè. Ou ka gen plis pase yon premye randevou nan tribinal. Men, depi 2025, gen kèk dosye azil k ap fini nan premye randevou nan tribinal yo san yo pa bay moun nan chans pou l prezante tout dosye l la.
Ale nan yon Randevou Byometrik si sa Nesesè: Pifò moun k ap chèche azil nan tribinal imigrasyon pa obligatwa pou yo gen yon randevou byometrik (biometrics appointment) pou yo pran anprent yo. Si ou obligatwa pou w gen yon randevou byometrik, USCIS ta dwe voye yon lèt ba ou nan lapòs. Ou ka resevwa yon lèt randevou pou al fe byometrik apre w fin aplike pou yon pemi travay.
Peye Frè Azil pou Peye Chak Ane a: Dosye nan tribinal imigrasyon ka pran anpil tan. W ap bezwen peye yon frè azil pou peye chak ane (annual asylum fee) chak ane pou w kontinye ak dosye azil ou a. Sitiyasyon konsènan frè azil pou peye chak ane a ap chanje rapidman. Jwenn enfòmasyon ki pi ajou yo isit la.
Soumèt Plis Prèv: Si ou gen yon randevou devan jij (individual or merits hearing) ki pwograme, ou kapa b soumèt plis prèv alekri pou sipòte dosye azil ou a anvan randevou a. Jij imigrasyon an ta dwe ba ou yon dat limit pou fè sa.
Prezante Dosye w la nan yon Randevou Devan Jij: Apre tribinal imigrasyon an fin resevwa aplikasyon azil ou a, li ta dwe pwograme yon “randevou devan jij.” Sa sipoze yon randevou ki pi long pou ou eksplike plis bagay sou dosye azil ou a. Men, depi 2025, gen kèk dosye azil k ap fini san moun nan pa jwenn chans pou li prezante tout dosye l la nèt.
Resevwa yon Desizyon: Apre randevou devan jij la, jij imigrasyon an ta dwe deside si l ap akòde azil la oswa si li p ap akòde l. Jij la kapa b di ou desizyon li an pandan randevou a, oswa ou kapa b resevwa desizyon an nan lapòs.
Si Jij Imigrasyon an Akòde Azil la: Si jij imigrasyon an ba ou estati azil (asylee status), epi avoka gouvènman an di jij la yo p ap fè apèl oswa si yo pa fè apèl nan yon delè 30 jou, w ap resevwa azil! Yo pa ta dwe mete w nan detasyon (detention), epi manm fanmi ou te mete nan aplikasyon azil ou a ap resevwa azil tou. Pou plis enfòmasyo, klike sou lyen sa.
Si Jij Imigrasyon an Refize Azil la: Si yon jij imigrasyon deside pou li pa ba ou azil epi li bay yon lòd depòtasyon (removal order), ou kapa b deside si w ap fè apèl kont desizyon sa a.
Si ou fè apèl kont desizyon jij la devan Komisyon Apèl Imigrasyon (BIA), ou dwe fè premye etap la ki se soumèt yon Avi Apèl epi peye frè apèl la nan yon delè 30 jou. Pandan apèl ou a ap tann desizyon nan BIA, ou kapa b kontinye sèvi ak pemi travay ou epi renouvle l si ou te deja genyen youn. Yo ta kapa b mete w nan detasyon pandan apèl ou a ap tann desizyon.
Si ou pa fè apèl nan yon delè 30 jou, lòd depòtasyon ou an vin final epi pemi travay ou a p ap valid ankò. Lè ou resevwa yon lòd depòtasyon, sa kapa b rann li pi difisil pou ou kalifye pou yon estati legal nan lavni. Si ou gen yon lòd depòtasyon, ICE kapa b arete w tou epi yo kapa b eseye depòte w byen vit si yo jwenn ou nenpòt kote.
Ki sitiyasyon dosye m nan tribinal imigrasyon?
Ou kapab tcheke sitiyasyon dosye w nan tribinal imigrasyon sou sit entènèt tribinal imigrasyon an oswa lè w rele liy dirèk tribinal imigrasyon an (1-800-898-7180). Sou sit entènèt la, w ap bezwen antre nimewo alyen (A number) ou ak peyi kote w soti a (“Nationality”). Sou liy dirèk la, ou sèlman bezwen antre nimewo alyen ou. Pafwa sit entènèt la ak liy dirèk la bay diferan kalite enfòmasyon, donk sa ka ede si w tcheke tou de. Gade nimewo alyen sa a sou fason pou w rele liy dirèk la.
Tribinal imigrasyon yo kòmanse pwograme randevou ak yon avi kout, epi yo deplase kèk randevou ki te deja pwograme pou dat ki pi bonè. Nou tande rapò tou kote kèk randevou deplase nan lòt kote ak yon avi ki kout anpil. Se yon bon lide pou w tcheke sitiyasyon dosye w chak semèn.
Men kèk mesaj komen ou ta ka resevwa lè w tcheke sit entènèt oswa liy dirèk tribinal imigrasyon an:
Si sistèm nan ba ou yon dat, lè, ak kote pou yon “master calendar hearing,” sa vle di ou gen yon premye randevou w nan tribinal (master calendar hearing) nan tribinal imigrasyon. Aprann plis isit la.
Si sistèm nan ba ou yon dat, lè, ak kote pou yon “individual hearing,” sa vle di ou gen yon randevou devan jij (individual or merits hearing) nan tribinal imigrasyon pou prezante detay sou dosye azil ou a. Aprann plis isit la.
Si sistèm nan di ou gen yon randevou “internet-based”, sa vle di randevou pa videyo ou a ap fèt sou entènèt. Aprann plis isit la.
Si dosye w la nan sistèm nan men pa gen okenn randevou ki pwograme, kontinye tcheke sistèm nan chak semèn. Ou kapa b tou eseye rele tribinal imigrasyon espesifik ou a (desann nan paj la epi klike sou non tribinal la, oswa fè rechèch lè w antre kòd postal ou).
Si sistèm nan di jij imigrasyon an te bay yon lòd depòtasyon (removal order), epi ou pa t janm gen yon randevou devan jij, ou ka te resevwa yon lòd depòtasyon paske ou te rate yon randevou, oswa pou yon lòt rezon. Li enfòmasyon sou opsyon ou genyen si ou te rate yon randevou. Ou kapa b vle tou chèche èd legal.
Si sistèm nan di jij imigrasyon an te bay yon lòd depòtasyon, epi ou te deja gen randevou devan jij ou a, sa vle di gen anpil chans pou jij la te pran yon desizyon negatif sou dosye azil ou a. Si ou vle kontinye defann dosye w la epi renouvle pemi travay ou, ou kapa b fè yon apèl devan Komisyon Apèl Imigrasyon (BIA) nan yon delè 30 jou apre desizyon an. Yo pa kapa b depòte w pandan apèl ou a ap tann desizyon, men yo kapa b mete w nan detasyon.
Si ou vle tcheke kantite jou ki sou revèy (“asylum clock”) ou a, ou kapa b rele liy dirèk tribinal imigrasyon an nan 1-800-898-7180. “Revèy azil” la konte kantite jou ki pase depi lè ou te soumèt aplikasyon azil ou a nan tribinal imigrasyon. Lè ou gen 150 jou sou revèy ou, ou kapa b aplike pou yon pemi travay. Si liy dirèk la di “pa gen revèy” oswa si kantite jou yo pa sanble kòrèk, sa ka vle di revèy azil ou a sispann. Li enfòmasyon sou sa ou kapa b fè. Ou kapa b tou gade videyo sa a.
Si sistèm nan di “No case found for this A-Number” oswa “The A number information you entered did not match a record in the system,” sa vle di ou pa gen yon dosye ki anrejistre nan sistèm tribinal imigrasyon an kounye a.
Si gouvènman an te di w ou pral gen yon dosye nan tribinal imigrasyon oswa li te ba w yon Avi pou paret nan tribinal (Notice to Appear) (NTA), men ou resevwa mesaj sa yo, kontinye tcheke chak semèn. Gouvènman an konn pran plizyè semèn oswa mwa pou l kòmanse yon nouvo dosye nan tribinal imigrasyon.
Si ou gen yon NTA ki bay non yon tribinal imigrasyon ak dat pou premye randevou w, kontakte tribinal imigrasyon sa a pou konfime si ou gen yon randevou ki pwograme pou jou sa a.
Si ou pa gen yon NTA epi enfòmasyon w yo pa nan sistèm nan, li posib pou ou pa gen yon dosye nan tribinal imigrasyon ditou.
Si sistèm nan di “Case information is unavailable" oswa "Information cannot be released regarding this case,” sa vle di ou gen yon dosye nan tribinal imigrasyon, men tribinal la make li kòm konfidansyèl. Sistèm nan p ap bay plis enfòmasyon sou dosye w la, tankou dat randevou w.
Si ou te deja gen randevou nan tribinal, ou kapa b kontakte tribinal imigrasyon w lan pou jwenn enfòmasyon sou dosye w la.
Si ou poko janm gen okenn randevou, ou kapa b kontakte tribinal imigrasyon ki parèt sou NTA ou a pou mande si ou gen yon randevou epi ki lè li ye.
Ou kapa b anrejistre tou pou yon kont nan sit entènèt tribinal imigrasyon (Respondent Access Portal) pou eseye jwenn aksè nan enfòmasyon sou dosye w la sou entènèt menmsi li make kòm konfidansyèl. Pou plis enfòmasyo, klike sou lyen sa.
Si sistèm nan di “an administrative decision has been issued,” ou kapa b kontakte tribinal imigrasyon w lan pou plis enfòmasyon oswa ou kapa b mande yon kopi dokiman dosye tribinal imigrasyon w lan.
Si ou gen lòt kesyon, ou kapa b eseye rele tribinal imigrasyon w lan tou. Ou ka jwenn enfòmasyon pou kontakte tribinal imigrasyon yo isit la (desann nan paj la epi klike sou non tribinal la, oswa fè rechèch lè ou antre kòd postal ou).
Poukisa gen kèk dosye nan tribinal imigrasyon an 2025 ak 2026 k ap fini san yon randevou devan jij (individual or merits hearing) konplè, epi èske gen etap mwen kapa b fè?
Gouvènman an ap fini kèk dosye nan tribinal imigrasyon kounye a anvan moun k ap chèche azil la resevwa yon randevou devan jij konplè. Yo ka rele sa yon refi, yon anilasyon, oswa yon rejè (pretermission). Gen kèk rezon ki pi ba a, ansanm ak etap ou kapa b eseye fè.
Akò ak lòt peyi: Si ou te rive Ozetazini nan dat 19 novanm 2019 oswa apre sa, avoka gouvènman an ka di yo ta dwe voye w nan yon twazyèm peyi pou w al mande azil, olye pou yo pèmèt ou kontinye dosye azil ou a Ozetazini. Politik sa a baze sou akò ant gouvènman Ameriken an ak lòt peyi yo rele “akò koperasyon pou azil” (ACAs). Tanpri pran nòt ke depi 12 mas 2026, rapò nouvèl yo di gouvènman an SISPANN eseye fini dosye yo baze sou ACA yo. Men, ka gen kèk eksepsyon. Si avoka gouvènman an toujou eseye di yo ta dwe voye w nan yon twazyèm peyi, ou ka li sou etap pou w fè isit la.
Pa gen ase reyalite: Gouvènman an di jij yo ka refize dosye azil yo san yon randevou devan jij konplè si yo deside dosye azil la pa ase solid oswa si repons ki nan aplikasyon azil la pa gen ase detay. Si ou gen enfòmasyon oswa prèv anplis pou w ajoute nan aplikasyon azil ou a, ou kapa b eseye soumèt li anvan randevou w la. Ou ka vle pale ak yon avoka anvan randevou w la si sa posib.
Pwoblèm ak paspò a oswa sètifika sèvis la: Gen kèk jij ki anile dosye paske moun k ap chèche azil la pa t mete tout paj paspò li yo nèt depi nan kouvèti devan rive nan kouvèti dèyè nan aplikasyon azil li a, oswa moun k ap chèche azil la pa t ranpli sètifika sèvis la kòrèkteman. Si ou bezwen fè koreksyon nan paspò a oswa nan sètifika sèvis la, fè koreksyon yo epi soumèt yo bay jij imigrasyon an ak avoka gouvènman an anvan randevou w la.
Frè azil inisyal: Yon jij ka fini dosye azil ou a si ou te aplike pou azil nan dat 4 jiyè 2025 oswa apre sa epi ou pa t peye yon frè inisyal $100 pou depoze dosye a. Si w ap soumèt yon nouvo aplikasyon azil nan tribinal imigrasyon, peye frè a sou sit entènèt tribinal imigrasyon sa a epi mete resi a lè w ap depoze aplikasyon azil ou a. Si ou te soumèt aplikasyon azil ou ant 4 jiyè 2025 ak 22 septanm 2025 san ou pa t mete frè $100 a, peye frè a anvan randevou w la.
Frè azil pou peye chak ane: Sitiyasyon an konsènan frè azil pou peye chak ane (annual asylum fee) ap chanje rapidman. Jwenn enfòmasyon ki pi ajou isit la.
Depòtasyon rapid: Gouvènman an anile anpil dosye azil epi li mete imigran yo nan yon pwosesis depòtasyon ki pi rapid yo rele depòtasyon rapid (expedited removal). Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa.
Timoun ki pa akonpaye: Si ou panse ou se yon "timoun oswa minè ki pa akonpaye” epi ou te deja depoze aplikasyon azil ou a nan USCIS, dosye w la ka fini san yon randevou devan jij konplè pou w ka kontinye chèche azil nan USCIS. Nan kontèks sa a, anilasyon an anjeneral itil, li pa danjere. Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa.
Jij imigrasyon an kapa b di ou desizyon li sou si l ap anile dosye ou la pi bonè nan randevou ou a oswa li kapa b voye desizyon an ba ou pa lapòs. Si jij imigrasyon an anile dosye ou la pi bonè, ou kapa b li enfòmasyon sou etap ou kapa b pran yo isit la. Ou kapa b gen yon ti tan tou kout pou w pran etap sa yo, donk si dosye w la anile pi bonè, ou kapa b pale ak yon avoka pi vit posib sou opsyon ou genyen yo.
Si gouvènman an eseye anile dosye m nan tribinal imigrasyon san yon randevou devan jij (individual or merits hearing) konplè, èske gen yon bagay mwen kapa b fè pou m mande yon randevou konplè?
Si ou se yon granmoun, epi jij la oswa avoka gouvènman an di yo vle anile dosye ou la san yon randevou konplè, ou kapa b mande poukisa. Ou kapa b bay plis enfòmasyon ki konsène dosye ou la – anba a gen kèk egzanp. Li kapa b difisil pou anpeche kèk jij anile dosye ou la. Chans pou w reyisi ap depann de anpil faktè, tankou kote tribinal ou a ye ak jij ou a.
Si avoka gouvènman an di yo vle voye w nan yon twazyèm peyi epi ou ta pè ale nan twazyèm peyi sa a, ou kapa b esplike poukisa. Ou kapa b mande jij la tan pou w kolekte prèv sou rezon ki fè ou ta pè pou yo voye w nan twazyèm peyi sa a. Epitou, si avoka gouvènman an depoze yon “Motion to Pretermit” pou eseye anile dosye w la sèlman kèk jou anvan randevou w nan tribinal la, oswa menm nan randevou a menm, ou kapa b di tou mosyon gouvènman an pa fèt nan tan li te dwe fèt la. Pou plis enfòmasyo, klike sou lyen sa.
Tribinal imigrasyon yo kapa b mande yon frè azil pou peye chak ane (annual asylum fee) $105 si aplikasyon azil ou a gen omwen yon ane depi li ap tann. Sitiyasyon ak frè azil pou peye chak ane a ap chanje rapidman. Jwenn enfòmasyon ki pi resan yo isit la.
Si jij la di gen detay ki manke nan aplikasyon azil ou a, ou kapa b mande pou korije aplikasyon azil ou a, oswa mande tan pou w prepare koreksyon yo.
Si jij la di gen dokiman ki manke, ou kapa b di jij la w ap soumèt yo pi vit posib.
Si jij la di dosye azil ou a pa ase solid, ou kapa b mande jij la tan pou w soumèt plis prèv pou sipòte dosye w la.
Si avoka gouvènman an di yo vle anile dosye w la, ou kapa b di jij la si w bezwen plis tan pou w reponn demann gouvènman an. Si ou pè tounen nan peyi orijin ou, ou kapa b di jij la sa, epi esplike ki danje w ap jwenn si yo depòte w.
Si gen moun Ozetazini ki depann de ou, espesyalman timoun oswa fanmi ki sitwayen ameriken, sa kapa b itil tou pou w pataje sa. Si sa aplikab nan dosye w la, ou kapa b di jij la si detasyon ou ta separe fanmi w oswa kite pitit ou yo oswa fanmi w ki sitwayen ameriken san swen.
Nòt: Si ou panse ou se yon “timoun oswa minè ki pa akonpaye” epi ou te deja depoze aplikasyon azil ou a nan USCIS, dosye w la kapa b anile san yon randevou konplè pou w kapa b kontinye chèche azil nan USCIS. Nan kontèks sa a, anilasyon an anjeneral itil, li pa nwizib. Pou plis enfòmasyo, klike sou lyen sa.
Kijan mwen kapab bay nouvo prèv pou sipòte dosye azil mwen apre mwen fin voye aplikasyon azil mwen an deja?
Si ou te voye aplikasyon azil ou a bay tribinal imigrasyon an deja, epi kounye a ou gen plis prèv pou sipòte dosye w la, ou kapab soumèt li bay tribinal imigrasyon an. Si dosye azil ou a annatant nan USCIS epi ou vle soumèt nouvo prèv bay USCIS, pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa a.
Tribinal imigrasyon yo ap pran desizyon sou kèk dosye azil kounye a san yo pa fè yon odyans konplè, pafwa akòz mank prèv oswa paske reklamasyon azil la parèt fèb, donk li pi bon pou w soumèt nenpòt prèv sipò pi vit posib. Jij la kapab ba ou dat limit espesifik tou pou w depoze prèv ou yo, anjeneral omwen 30 jou anvan randevou devan jij (individual or merits hearing) ou a. Men, menm si ou gen yon dat limit espesifik, ou kapab soumèt li pi bonè.
Prepare yon pake nouvo prèv pou tribinal imigrasyon:
Deside ki prèv pou w mete ladan l pou sipòte aplikasyon azil ou a. Ou kapab jwenn enfòmasyon sou diferan kalite prèv adisyonèl isit la.
Prepare yon kout lèt kouvèti an anglè ki gen ladan l non konplè w, nimewo alyen (A number), ak yon rezime nouvo prèv w ap soumèt nan dosye w la. Pa egzanp, lèt kouvèti a ta kapab di: “I am writing to submit new evidence in support of my asylum application, Form I-589. I am including the following evidence: (lis prèv w ap mete yo, pa egzanp, yon deklarasyon, rapò sou kondisyon peyi a, rapò medikal).” Mete siyati w ak dat la sou lèt la.
Fè yon kopi prèv la pou w soumèt nan tribinal. Pa soumèt okenn dokiman orijinal nan tribinal la. Men, asire w ou sere dokiman orijinal ou yo pou w ka pote yo avèk ou nan randevou devan jij ou a.
Si ou gen prèv ki pa nan lang anglè, mete yon tradiksyon anglè ansanm ak yon sètifika tradiksyon.
Mete yon sètifika sèvis avèk dat la ak siyati w.
Soumèt pake prèv ou a. Gen 4 fason pou w fè sa:
1. Pa lapòs
Fè 3 kopi pake prèv ou a. Chak kopi dwe gen ladan l lèt kouvèti a, prèv la ak nenpòt tradiksyon, ak sètifika sèvis ki siyen an.
Voye 1 kopi pake a pa lapòs bay tribinal imigrasyon an. Ou kapab jwenn adrès tribinal imigrasyon yo isit la. Tribinal imigrasyon an ap mete yon tenm pafwa sou lèt kouvèti w la epi voye l tounen ba ou kòm prèv ke yo te resevwa pake a kòrèkteman. Pou mande yo fè sa, fè yon kopi anplis lèt kouvèti a sèlman, epi mete l ansanm ak yon anvlòp vid. Sou anvlòp vid la, mete yon tenm epi ekri adrès ou sou devan l pou tribinal la ka sèvi ak anvlòp la pou voye lèt kouvèti ki gen tenm nan tounen ba ou.
Voye 1 kopi pake a bay avoka gouvènman an. Ou kapab voye kopi a pa lapòs oswa voye l sou entènèt nan sèvi ak ICE eService. Ou kapab jwenn adrès avoka gouvènman an (OPLA) pou tribinal imigrasyon w lan sou tablo sa a.
Sere 1 kopi pake a pou tèt ou.
Ou kapab gade videyo sa a pou w aprann sou diferan fason pou w voye dokiman w yo pa lapòs. Sèvi ak yon sèvis lapòs ki bay yon nimewo swivi (tracking).
2. Sou entènèt – si ou gen yon avoka oswa yon kont nan sit entènèt tribinal imigrasyon (Respondent Access Portal)
Si ou gen yon avoka, avoka w la kapa b soumèt nouvo prèv ou yo sou entènèt.
Si ou pa gen avoka, ou kapa b soumèt nouvo prèv ou yo sou entènèt si ou te anrejistre pou yon kont sou sit entènèt tribinal imigrasyon (Respondent Access Portal).
Premyèman, eskane lèt kouvèti ou siyen an ak prèv yo nan yon òdinatè. Dokiman ou yo ta dwe telechaje kòm dokiman PDF, JPG, oswa JPEG ki gen yon gwosè 25MB oswa mwens. Ou ka oblije separe prèv ou yo si yo pi gwo pase 25MB epi telechaje yo separeman. Aprann kijan pou telechaje dokiman ou yo nan Respondent Access Portal ou a.
Nouvo prèv ou yo pral resevwa yon tenp elektwonik ak dat ou te soumèt yo a. Tribinal la ap voye yon imèl ba ou pou fè w konnen si yo te aksepte oswa rejte dokiman ou yo. Si tribinal la rejte dokiman ou yo, y ap di w poukisa epi ou kapa b eseye telechaje dokiman ou yo ankò ak koreksyon an.
Ou pa oblije bay avoka gouvènman an yon kopi fizik dokiman ou yo. Yon fwa tribinal la aksepte dokiman ou yo, y ap voye yon kopi elektwonik bay avoka gouvènman an.
Ou kapa b chwazi tou pou w kenbe yon kopi fizik pou pwòp dosye pa w.
3. An pèsòn nan fenèt kote yo depoze dokiman nan tribinal imigrasyon an
Fè 3 kopi pake prèv ou a. Chak kopi ta dwe genyen lèt kouvèti a, prèv la ak nenpòt tradiksyon, ak sètifika sèvis ki siyen an.
Pote 3 kopi yo nan fenèt kote yo depoze dokiman nan tribinal imigrasyon an. Grefye a ta dwe kenbe 1 kopi ak sètifika sèvis la. Grefye a ta dwe mete yon tenp sou 2 lòt kopi yo ak dat ou te depoze nouvo prèv ou yo, epi remèt kopi sa yo ba ou.
Voye 1 kopi bay avoka gouvènman an. Ou kapa b pote kopi a nan biwo avoka gouvènman an, ki pafwa sitiye nan menm bilding ak tribinal imigrasyon an, voye l sou entènèt nan sèvi ak ICE eService, oswa voye l pa lapòs. Si w ap voye kopi a pa lapòs, ou kapa b jwenn adrès avoka gouvènman an (OPLA) pou tribinal imigrasyon w lan sou tablo sa a.
Kenbe 1 kopi ki gen tenp lan pou dosye w yo. Kopi sa a se prèv ou ke ou te soumèt nouvo prèv.
4. An pèsòn pandan yon randevou devan jij
Fè 3 kopi pake prèv ou a. Chak kopi ta dwe genyen lèt kouvèti a, prèv la ak nenpòt tradiksyon, ak sètifika sèvis ki siyen an.
Si ou gen yon randevou devan jij (individual or merits hearing) k ap vini nan tribinal imigrasyon, ou kapa b pote 3 kopi yo nan randevou a. Remèt 3 kopi yo bay jij imigrasyon an pandan randevou a. Jij la ta dwe kenbe 1 kopi, epi remèt ou 2 kopi. Jij la ta dwe mete yon tenp sou pake yo ak dat ou te soumèt yo a.
Bay avoka gouvènman an 1 kopi ki gen tenp lan nan randevou a.
Kenbe 1 kopi ki gen tenp lan pou dosye w yo. Kopi sa a se prèv ou ke ou te soumèt nouvo prèv.
Kisa Respondent Access Portal la ye?
Respondent Access Portal se yon sistèm kont sou entènèt pou imigran ki gen ka nan tribinal imigrasyon ki pa gen avoka. Ou kapa b soumèt kèk dokiman (enkli aplikasyon azil la) nan tribinal imigrasyon an nan sèvi ak Respondent Access Portal.
Poukisa pou w sèvi ak Respondent Access Portal
Si ou pa gen avoka, Respondent Access Portal se sèl metòd sou entènèt pou soumèt yon aplikasyon azil nan tribinal imigrasyon an. Kreye yon kont se yon opsyon - si ou pa gen yon kont, ou kapa b toujou soumèt aplikasyon azil ou a nan tribinal la pa lapòs oswa an pèsòn pito.
Ou kapa b jwenn enfòmasyon tou sou ka w la, telechaje dosye tribinal ou yo, soumèt dokiman, epi wè revèy (“asylum clock”) ou a nan kont Respondent Access Portal ou a.
Ki moun ki kapa b sèvi ak Respondent Access Portal
Nenpòt moun kapa b anrejistre pou yon kont Respondent Access Portal toutotan yo gen plis pase 14 an, yo pa gen avoka, yo gen yon ka nan tribinal imigrasyon, epi yo kapa b ale fizikman nan yon tribinal imigrasyon pou konplete anrejistreman an. Li gratis pou kreye epi sèvi ak yon kont Respondent Access Portal.
Kijan pou w sèvi ak Respondent Access Portal
Pou kreye yon kont, ou kapa b swiv etap ki anba yo.
Ranpli fòm enskripsyon sou entènèt sa a an anglè. Ou kapab klike sou “Respondent” pou premye kesyon an. W ap bezwen nimewo alyen (A number) ou ak yon adrès imel ki valid pou w ranpli fòm nan.
Gouvènman an mande pou w ale nan yon tribinal imigrasyon an pèsòn pou konfime idantite w nan yon delè 90 jou apre w fin ranpli fòm sou entènèt la. W ap bezwen pote yon kat idantite ofisyèl ki gen foto w (tankou yon pemi travay oswa yon paspò), oswa lòt prèv idantite ki nan lis ki sou paj 2 dokiman sa a.
Apre sa, ou ta dwe resevwa yon imel nan men gouvènman an k ap di w kijan pou w konekte nan kont sou entènèt ou an. Ou kapab tou li gid sa a pou w aprann kijan pou w konekte.
Yon fwa ou fin konekte nan kont ou an avèk siksè, ou kapab soumèt aplikasyon azil ou a la. Jwenn plis enstriksyon. Si ou soumèt aplikasyon azil ou a sou sit entènèt tribinal imigrasyon (Respondent Access Portal), y ap voye yon kopi otomatikman bay avoka gouvènman an pou dosye w la. Ou pa bezwen voye yon kopi ba yo separeman.
Ou kapab vizite sit entènèt tribinal imigrasyon sa a pou plis enfòmasyon sou Respondent Access Portal.
Kijan pou m voye dokiman bay avoka gouvènman an pou dosye m nan tribinal imigrasyon?
Si ou gen yon dosye nan tribinal imigrasyon, ou dwe bay avoka gouvènman an yon kopi tout sa ou soumèt nan tribinal la, tankou aplikasyon azil ou ak prèv ou yo. Si ou pa fè sa, tribinal imigrasyon an ap pwobabman rejte dokiman w yo.
Ou kapab voye dokiman bay avoka gouvènman an pa lapòs, an pèsòn, oswa sou entènèt.
Pa lapòs oswa an pèsòn: ou kapab jwenn adrès biwo avoka gouvènman an (yo rele OPLA) sou paj entènèt an sa a.
Sou entènèt: ou kapab itilize ICE eService pou voye dokiman yo elektwonikman. Ou dwe enskri pou yon kont dabò, sa ki kapab pran plizyè jou. Aprann kijan.
Kèlkeswa metòd ou chwazi a, ou dwe mete tou yon sètifika sèvis (certificate of service) ki siyen ansanm ak dokiman w ap soumèt nan tribinal la. Aprann kijan pou w ranpli yon sètifika sèvis.
Kijan mwen kapab voye dokiman bay avoka gouvènman an sou entènèt pandan m ap itilize ICE eService?
ICE eService se yon sit entènèt gratis ou kapab itilize pou voye dokiman bay avoka gouvènman an (OPLA). Ou kapab itilize ICE eService menmsi ou pa gen avoka.
Poukisa pou w itilize ICE eService
Si ou gen yon dosye nan tribinal imigrasyon, ou dwe bay avoka gouvènman an yon kopi tout sa ou soumèt nan tribinal la, tankou aplikasyon azil ou ak prèv ou yo. Si ou vle voye kopi bay avoka gouvènman an sou entènèt, ou kapab itilize ICE eService. Itilize ICE eService se yon chwa - ou kapab toujou voye dokiman w yo bay avoka gouvènman an pa lapòs oswa an pèsòn pito.
ICE eService voye dokiman w yo sèlman bay avoka gouvènman an, li pa voye yo nan tribinal imigrasyon an. Ou dwe toujou soumèt dokiman w yo separeman nan tribinal imigrasyon an, pa lapòs, an pèsòn oswa sou Respondent Access Portal. Si ou itilize Respondent Access Portal tribinal imigrasyon an, y ap voye dokiman w yo elektwonikman bay tribinal imigrasyon an ak biwo avoka gouvènman an anmenmtan. Men, enskri pou Respondent Access Portal kapab pi difisil, paske sa mande pou w ale nan yon tribinal imigrasyon an pèsòn. Enskripsyon pou ICE eService fèt sou entènèt.
Kijan pou w enskri pou ICE eService
Ou kapab swiv etap ki anba yo pou w enskri pou yon kont ICE eService, si ou pa gen avoka. Si ou gen yon avoka, avoka w la kapab fè yon kont pou avoka pito. Pwosesis enskripsyon an kapab pran kèk jou, donk enskri davans anvan ou bezwen voye nenpòt bagay.
Ranpli fòm enskripsyon an liy lan. Tape non ou ak nimewo alyen (A number) ou jan li parèt sou dokiman tribinal imigrasyon ou yo, epi sèvi ak yon adrès imèl ou tcheke souvan.
Lè ou fini, w ap wè yon nimewo konfimasyon. Enprime li oswa fè yon kapti ekran, epi gade li pou dosye w.
Atann pou gouvènman an apwouve kont ou an. Sa ka pran kèk jou. Ou ta dwe resevwa yon imèl ki konfime kont ou apwouve, oswa ki eksplike poukisa yo pa t apwouve kont ou an.
Si ou pa resevwa yon imèl, tcheke katab "spam" ou an. Si ou gen kesyon oswa pwoblèm, ou ka kontakte ICE eService nan [email protected].
Yon fwa yo fin apwouve kont ou an, ou ka ale sou sit entènèt ICE eService la epi konekte ou. Apre ou fin konekte nan kont ou, ou ka soumèt dokiman yo pandan w ap sèvi ak ICE eService. Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa.
Si ou gen yon dat limit ki toupre epi yo poko apwouve kont ou an, pa tann. Ou ka voye kopi pa w la bay avoka gouvènman an pa lapòs oswa an pèsòn pito. Ou ka jwenn adrès avoka gouvènman an (OPLA) pou tribinal imigrasyon w lan sou tablo sa a.
Si mwen kapab genyen yon randevou devan jij (individual or merits hearing) konplè pou m prezante dosye azil mwen an, kisa k ap pase nan odyans sa a?
Depi 2025, gouvènman an ap eseye anile kèk dosye azil san yo pa fè yon odyans azil konplè – yo rele sa tou yon odyans endividyèl oswa yon odyans sou baz merit. Men, gen lòt dosye k ap kontinye pou rive nan odyans azil konplè a. Enfòmasyon sou odyans endividyèl nòmal yo anba a.
Si yo planifye yon odyans endividyèl pou ou, ou ka prezante lòt prèv anplis pou sipòte dosye azil ou a si ou vle. Jij la ka ba ou dat limit presi pou ou depoze prèv ou yo, an jeneral omwen 30 jou anvan odyans endividyèl la. Li enpòtan pou ou respekte dat limit sa yo, sinon jij imigrasyon an ka pa aksepte prèv ou yo. Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa sou lòt prèv anplis.
Pandan yon odyans endividyèl nòmal, ou ka prezante dosye azil ou a bay jij la. Ou ka eksplike istwa ou ak rezon ki fè w ap chèche azil. Ou ka prezante prèv tou tankou dokiman ak temwen pou sipòte dosye w la. Ou ka pote resi ki montre ou te peye frè azil pou peye chak ane (annual asylum fee) a tou, si ou te resevwa yon lèt ki di w pou w peye.
Pandan yon odyans endividyèl pou prezante dosye azil konplè w la, sèl moun ki gen dwa nan sal tribinal la se ou menm, jij la, grefye jij la, avoka gouvènman an, yon entèprèt (si sa nesesè), ak lòt moun ou te envite. Pèsonn pa gen dwa pale sou istwa ou andeyò sal tribinal la. Pandan w ap pataje istwa ou, li posib pou jij la poze w kesyon. Avoka gouvènman an ka poze w kesyon tou. Avoka gouvènman an konn fè agiman devan jij imigrasyon an sou rezon ki fè yo pa ta dwe ba ou azil.
Dapre odyans sa a, jij imigrasyon an dwe deside si y ap ba ou azil. Ou ka revize kondisyon pou azil sou paj entènèt an sa a.
Anpil moun konsidere odyans sou baz merit la kòm dènye odyans nan tribinal la, men, odyans sou baz merit la se pa toujou dènye odyans nan tribinal la.
Si ou kapab, li trè itil pou ou jwenn yon avoka ki ka reprezante w pandan odyans sa a. Rezilta ansyen dosye azil yo montre li ka trè difisil pou genyen azil nan tribinal imigrasyon san èd legal. Depi 2025, li vin pi difisil toujou pou moun genyen azil.
Si ou pa kapab jwenn yon avoka pou reprezante ou nan randevou devan jij (individual or merits hearing) ou a, ou kapab reprezante tèt ou. Li plis enfòmasyon isit la sou fason pou prepare prèv pou dosye ou. Resous sa a ki soti nan yon lòt òganizasyon kapab ede ou prepare pou randevou devan jij ou a.
Chonje ke si jij la rejte dosye ou a pandan randevou devan jij la, ou toujou gen dwa pou fè apèl kont desizyon sa a devan Komisyon Apèl Imigrasyon (BIA). Yo pa kapab depòte ou pandan apèl ou a ap tann yon desizyon epi ou kapab kontinye sèvi ak pemi travay ou. Men ou dwe fè premye pa a epi soumèt apèl ou a nan yon delè 30 jou apre desizyon jij la.
Si jij la rejte dosye azil ou a nan fen randevou devan jij ou a, jij la ka mande ou si ou vle “rezève dwa ou pou fè apèl.” Nan lòt mo, jij la ap mande ou si ou vle gen opòtinite pou fè apèl kont desizyon li an. Ou kapab reponn wi, menmsi ou pa sèten si ou vle fè apèl.
Si ou di non, w ap di jij la ke ou abandone dwa ou pou fè apèl, sa ki vle di ou p ap kapab konteste desizyon jij la. Si ou di ou pa vle fè apèl, oswa si delè pou fè apèl la pase epi ou pa soumèt yon apèl, lòd depòtasyon (removal order) ou a ap vin final epi yo kapab depòte ou. (Tanpri pran nòt: Rive nan otòn 2025, gouvènman Ameriken an ap eseye voye kèk imigran nan lòt peyi ki pa peyi orijin yo. Li plis enfòmasyon isit la.)
Si jij la rejte dosye azil ou a, li plis posib pou ICE detni ou. Menmsi ou fè apèl kont desizyon an, ICE kapab detni ou pandan apèl ou a ap trete.
Si jij la ba ou azil, an jeneral li an sekirite pou di jij la ou pa vle fè apèl. Men, avoka gouvènman an ka di yo vle fè apèl kont desizyon jij la pou ba ou azil la. Si jij la ba ou azil, yo pa ta dwe detni ou. Aprann plis sou pwochen etap yo apre yo fin ba ou azil.
Jij la te refize oswa li te mete fen nan dosye azil mwen an. Kouman pou mwen fè apèl?
Si jij imigrasyon an refize dosye azil ou a, oswa si jij la mete fen nan dosye azil ou a san yon odyans konplè, ou gen dwa fè apèl kont desizyon sa a devan Komisyon Apèl Imigrasyon (BIA). Desizyon pou w fè apèl nan dosye w la oswa pou w pa fè sa kapab yon desizyon konplike ki depann de sikonstans espesifik ou yo. Si ou deside fè apèl, gouvènman an dwe resevwa fòm apèl ou a (EOIR-26) nan lapòs nan yon delè 30 jou apre desizyon jij imigrasyon an.
Benefis posib si ou fè apèl nan dosye w la:
Gouvènman an pa sipoze depòte w pandan apèl ou a ap tann yon desizyon.
Si ou gen yon pemi travay ki baze sou azil, ou kapab kontinye sèvi avè l epi renouvle l pandan dosye w la nan apèl.
Si ou pa fè apèl nan dosye w la anvan delè 30 jou a pase, lòd depòtasyon (removal order) ou a vin “final,” pemi travay ou a pa valid ankò, epi gouvènman an kapab depòte w nenpòt kilè.
Gen yon chans pou w ta genyen apèl ou a nan BIA, menmsi sa vin ra anpil depi kòmansman ane 2025. Si ou pèdi nan BIA, li posib toujou pou w kontinye goumen pou dosye w la nan yon tribinal apèl federal (circuit court) diferan apre sa.
Dezavantaj posib si ou fè apèl nan dosye w la:
Frè pou fè apèl la se $1,060, menmsi li posib pou w mande yon egzansyon pou frè a.
Depi kòmansman ane 2025, BIA pran desizyon kont imigran nan prèske tout apèl yo. Epi pafwa BIA pran desizyon pou l refize apèl yo trè rapid.
ICE detni kèk moun lè yo fè apèl nan dosye yo.
Ou gen yon tan ki trè kout pou w depoze fòm apèl la. Apre sa, lè w fin depoze fòm pou fè apèl la, w ap resevwa yon dat limit pou w soumèt agiman alekri sou rezon ki fè desizyon jij la nan dosye w la pa t kòrèk. Ou pa oblije gen yon avoka pou w fè apèl nan dosye w la, men sa kapab ede.
Men etap ki genyen nan pwosesis apèl BIA a, si ou deside fè apèl:
Depoze Avi Apèl ou a (Fòm EOIR-26) nan yon delè 30 jou.Ranpli fòm nan: Premye etap la se ranpli yon Avi Apèl (Fòm EOIR-26), epi voye li pa lapòs. Komisyon Apèl Imigrasyon (BIA) dwe resevwa apèl ou a nan yon delè 30 jou apre desizyon jij la. Pou w konnen ki lè delè 30 jou ou a ap fini, tcheke sou entènèt lè w antre nimewo alyen (A number) ou epi chwazi nasyonalite w sou sit entènèt tribinal imigrasyon an, oswa rele liy dirèk tribinal imigrasyon an nan 1-800-898-7180 (peze 1 pou Angle, 2 pou Panyòl, antre nimewo alyen ou, epi peze 4).Ou pa bezwen yon avoka pou ranpli Fòm EOIR-26, men ou dwe ranpli li an Angle. Ou ka jwenn enstriksyon pou fòm nan nan plizyè lang lè w ale sou paj entènèt an sa a, klike sou “EOIR 26 – Notice of Appeal from a Decision of an Immigration Judge (IJ),” epi chwazi lang ou. Nan Paj 2 fòm nan, esplike erè ou panse jij la te fè. Pa egzanp, ou ka endike reyalite presi jij la te mal konprann oswa lwa jij la te mal aplike nan dosye w la. Di sèlman ou pa dakò ak desizyon jij la pa ase. Si ou pa bay rezon presi, BIA ka anile dosye w la san li pa egzamine li.Pou pati “Proof of Service” (Prèv Siyifikasyon) nan Paj 6 la, ou ka ekri “ICE-OPLA” nan bwat ki bò kote “to” a. Ou ka ekri adrès avoka gouvènman an (“OPLA”) pou tribinal imigrasyon w lan nan bwat ki bò kote “at” la. Ou ka jwenn adrès yo nan tablo sa a.Si ou te peye frè azil pou peye chak ane (annual asylum fee) nan tribinal imigrasyon, ou ka mete yon kopi resi a.Frè pou depoze a: Frè pou depoze a se $1060 depi mwa oktòb 2026. Ou ka tcheke kantite frè a epi peye frè a lè w chwazi “BIA - Appeal (new filing of a Form EOIR-26)” nan meni ki sou sit entènèt peman tribinal sa a. Yon fwa ou fin peye frè a sou sit entènèt sa a, enprime yon kopi resi ki montre peman an epi voye kopi sa a ansanm ak Avi Apèl ou a. Si ou pa gen mwayen pou peye frè a, ou ka ranpli yon Demann pou Egzansyon pou Frè (Fòm EOIR-26A) epi depoze li anmenmtan ak Avi Apèl ou a. Ou ka li tou gid sa a sou egzansyon pou frè nan tribinal imigrasyon yon lòt òganizasyon pibliye. Soumèt apèl ou a: Yon fwa ou fin rasanble tout dokiman pou apèl ou a, voye li pa lapòs pi vit posib epi pran enfòmasyon pou swiv kourye a. Ou ta dwe voye yon kopi bay avoka gouvènman an tou, pa lapòs oswa sou entènèt nan sèvi ak ICE eService. Kenbe yon kopi pou achiv ou.
Konfime ke BIA te resevwa apèl ou a. Pou konfime ke BIA te resevwa avi apèl ou a, ou kapa b antre nimewo alyen (A number) ou epi chwazi nasyonalite w sou paj entènèt an sa a, oswa rele liy dirèk enfòmasyon otomatik sou dosye yo nan 1-800-898-7180, peze 1 pou Angle, antre nimewo alyen ou, epi apre sa peze 4 pou tande dat yo te resevwa Avi pou fè Apèl ou a. Si dat limit 30 jou ou genyen pou depoze apèl la prèske rive epi paj entènèt la ak nimewo telefòn lan toujou pa montre ou te depoze apèl la, ou kapa b rele BIA dirèkteman nan 1-703-605-1007 epi mande si yo te resevwa li.
Prepare agiman ekri ou yo. Pwochen etap nan pwosesis apèl la se prepare agiman ekri. BIA ta dwe voye yon avi ba ou nan lapòs ak enfòmasyon sou dat limit pou soumèt agiman ekri ou yo. Ou ta dwe kòmanse prepare kou ou kapa b. Yon fason pou prepare se mande dokiman dosye imigrasyon ou yo dirèkteman nan tribinal imigrasyon. BIA ta dwe voye yon dosye ekri sou ka tribinal imigrasyon ou an ba ou tou, sa gen ladan l yon transkripsyon de sa ki te pase nan randevou w nan tribinal yo. An jeneral, pa gen randevou an pèsòn lè ou fè apèl nan BIA. Tout pwosesis apèl la fèt alekri. Ou pa bezwen ale an pèsòn nan BIA pou yon randevou. Si ou deplase, soumèt Fòm EOIR-33/BIA pou mete adrès ou ajou nan BIA pou ou kapa b resevwa lèt enpòtan sa yo. Ou kapa b tcheke sistèm tribinal imigrasyon an sou entènèt oswa nan telefòn ankò pou konnen dat limit pou soumèt agiman ekri ou yo.Sa kapa b trè itil pou gen yon avoka pou prepare agiman ekri ou yo. Si ou pa gen yon avoka, ou kapa b chèche yon avoka isit la. Si ou rankontre ak yon avoka, pote tout dokiman ou genyen pou dosye w la. Si ou pa kapa b jwenn yon avoka pou reprezante w nan apèl ou a, ou kapa b toujou kontinye epi reprezante tèt ou.
Peye frè azil pou peye chak ane (annual asylum fee) a si yo mande sa. Si dosye azil ou a nan apèl devan Komisyon Apèl Imigrasyon (BIA), ou kapa b resevwa yon lòd ki di w pou peye frè azil pou peye chak ane a si ou te soumèt aplikasyon azil ou a depi plis pase yon ane. Sitiyasyon ak frè azil pou peye chak ane a ap chanje rapidman. Jwenn enfòmasyon ki pi resan yo isit la.
Ou kapab li tou gid sa a sou apèl nan BIA. Remak: fòm nan ak frè a chanje depi lè gid sa a te pibliye.
Nan kèk sitiyasyon, ou kapab depoze yon Demann pou Relouvri Dosye pou mande jij imigrasyon an chanje desizyon l lan, olye ou fè yon apèl. Kèk rezon komen pou depoze yon Demann pou Relouvri Dosye se si ou vin elijib pou yon nouvo kalite estati imigrasyon, si ansyen avoka w la te fè yon gwo erè, si ou te manke yon randevou nan tribinal imigrasyon, oswa si ou te manke dat limit 30 jou pou fè apèl la. Men, kontrèman ak lè ou depoze yon apèl nan Komisyon Apèl Imigrasyon (BIA), depoze yon Demann pou Relouvri Dosye pa ba ou pwoteksyon otomatik kont depòtasyon. Ou kapab pale ak yon avoka sou opsyon ou genyen yo. Gen limit tan pou relouvri yon dosye epi sa kapab difisil, donk li pi bon pou chèche èd ASAP.
Komisyon Apèl Imigrasyon (BIA) rejte apèl mwen an. Kisa mwen kapab fè?
Si Komisyon Apèl Imigrasyon (BIA) rejte apèl ou a, li posib pou fè apèl kont desizyon sa a devan yon tribinal apèl federal (circuit court). Pafwa li posib tou pou mande BIA pou li re-egzamine desizyon l lan. Pwosesis sa a konplike epi li itil pou jwenn yon avoka.
Si ou deside fè apèl devan yon tribinal federal, ou dwe soumèt premye dokiman an (yo rele yon “petisyon pou revizyon”) pou apèl la nan yon delè 30 jou apre desizyon BIA a. Si ou fè sa, ou kapab mande tribinal la tou pou anpeche gouvènman an depòte w pandan dosye w la ap tann desizyon, men pa gen okenn garanti tribinal la ap aksepte demann sa a.
Pandan dosye w la nan apèl, yo ka mande w pou peye frè azil pou peye chak ane (annual asylum fee). Gouvènman an pa t bay esplikasyon si moun dwe frè azil pou peye chak ane a nan sitiyasyon sa a oswa non. Si ou resevwa yon lòd pou peye frè azil pou peye chak ane a (ki ta ka sanble ak sa a oswa sa a), ou kapab peye anvan dat limit ki make nan lòd la pou w an sekirite. Sitiyasyon an konsènan frè azil pou peye chak ane a ap chanje rapidman. Pou plis enfòmasyon ki ajou, klike sou lyen sa.
Èske yo kapab depòte m nan yon peyi ki pa peyi orijin mwen?
Petèt. Gouvènman Ameriken an anjeneral eseye depòte imigran nan peyi orijin yo. Men, depòtasyon nan yon twazyèm peyi otorize dapre akò ak kèk peyi espesifik epi sa kòmanse fèt pi souvan. Sitiyasyon an ap chanje rapidman. Anba la a se enfòmasyon ki ajou pou mwa oktòb 2026.
Ki peyi ki gen akò ak Etazini:
Depi mwa oktòb 2026, peyi sa yo te dakò ak Etazini pou yo resevwa moun y ap depòte ki pa sitwayen yo: Antigua ak Barbuda, Bahamas, Belize, Burundi, Cap-Vert, Kamewoun, Repiblik Santafrik, Costa Rica, Repiblik Demokratik Kongo, Dominik, Repiblik Dominikèn, Ekwatè, El Salvador, Gine Ekwatoryal, Eswatini, Gana, Grenad, Gwatemala, Giyàn, Ondiras, Jamayik, Kosovo, Liberya, Libi, Meksik, Moldavi, Palau, Panama, Paragwe, Rwanda, Syera Leyòn, Soudan di Sid, St. Kitts ak Nevis, St. Lucia, Ouganda, Ouzbekistan.
Chak akò diferan, epi pou kèk peyi gen kèk detay ki pa konnen. Vizite paj entènèt an sa a ki soti nan yon lòt òganizasyon pou aprann plis sou sa akò yo di ak si Etazini te deja depòte moun nan peyi sa yo dapre akò yo.
Si ou gen yon lòd depòtasyon (removal order) final oswa si ou te genyen yon sispansyon depòtasyon (withholding of removal) oswa CAT:
Yon lòd depòtasyon vin final lè jij imigrasyon an refize oswa li mete fen nan yon ka nan tribinal imigrasyon epi yo pa fè apèl pou desizyon sa a anvan delè 30 jou a oswa si yo rejte apèl la. Gouvènman Ameriken an ap voye kèk imigran nan lòt peyi si yo gen yon lòd depòtasyon (removal order) final epi li difisil pou voye yo tounen nan peyi orijin yo. Sa gen ladan l moun ki te genyen sispansyon depòtasyon (withholding of removal) oswa pwoteksyon anba Konvansyon Kont Torti (CAT). Gen rapò ki fè konnen sa ap rive nan tout peyi a.
Imigran yo ap goumen kont politik sa a atravè yon pouswit lajistis. Malerezman, nan dat 29 septanm 2026, Tribinal Siprèm nan te pèmèt gouvènman Ameriken an kontinye ak politik sa a pou kounye a pandan pouswit lajistis la ap kontinye.
Si yo ta detni ou epi yo di ou yo kapa b voye ou nan yon lòt peyi, ou kapa b aprann kijan pou mande pou yo lage ou nan detansyon. Si ou pè pou yo voye ou nan peyi sa a, di otan ofisye imigrasyon ou kapa b sa. Ou kapa b eseye tou jwenn èd nan men yon avoka.
Si ou gen yon ka azil ki annatant nan tribinal imigrasyon:
Gouvènman Ameriken an fè akò tou ak kèk lòt peyi yo rele "akò koperasyon pou azil," oswa ACA. Anba akò sa yo, gouvènman Ameriken an kapa b mete fen nan kèk ka azil epi voye moun nan nan yon lòt peyi pou l al eseye mande azil la pito. ACA yo kapa b afekte moun ki te rive Ozetazini nan dat 19 novanm 2019 oswa apre sa.
Depi mwa oktòb 2026, peyi sa yo siyen ACA ak Etazini: Beliz, Kap Vè, Ekwatè, Gwatemala, Ondiras, Liberya, Paragwe, ak Ouganda.
Si gouvènman an vle voye yon moun k ap chèche azil nan youn nan peyi sa yo, avoka gouvènman an kapa b mande jij imigrasyon an pou l mete fen nan ka azil li a san li pa fè yon odyans konplè. Yo rele demann sa a yon "Motion to Pretermit."
Nan mwa mas 2026, gouvènman an te sitou kanpe sou depoze nouvo "Motions to Pretermit" ki baze sou ACA yo. Men, defansè yo rapòte ke nan mwa me 2026, avoka gouvènman yo te depoze mosyon sa yo ankò nan omwen yon tribinal imigrasyon. Nou pa konnen si sa ap rive nan lòt tribinal.
Si yo te depoze yon Motion to Pretermit nan ka ou a, ou kapa b eseye etap sa yo:
Si Motion to Pretermit a di yo ta dwe voye ou nan yon twazyèm peyi pou ou aplike pou azil, epi ou pè pou yo depòte ou nan peyi sa a, ou kapa b di jij imigrasyon an sa. Ou kapa b mande jij la tan pou ou kolekte prèv sou rezon ki fè ou ta pè pou yo voye ou nan twazyèm peyi sa a. Mande tan pou kolekte prèv pral pwobableman kanpe revèy (“asylum clock”) ou a.
Si yo te depoze Motion to Pretermit a sèlman kèk jou anvan randevou ou nan tribinal, oswa menm nan bouch pandan odyans lan menm, ou kapa b eseye di ke mosyon gouvènman an pa fèt nan tan. Tribinal imigrasyon an gen règleman ki di mosyon yo dwe depoze omwen 15 jou anvan yon premye randevou w nan tribinal (master calendar hearing) epi 30 jou anvan yon randevou devan jij (individual or merits hearing), pou moun ki pa gen avoka epi ki pa nan detansyon. Règleman sa yo nan yon dokiman yo rele EOIR Practice Manual.
Si jij imigrasyon an aksepte Motion to Pretermit gouvènman an, ou kapa b konsidere fè apèl.
Ou kapa b vle tou jwenn èd nan men yon avoka.
Si ou nan detansyon, aprann sou detansyon imigrasyon (sa gen ladan l kijan pou mande pou yo lage ou).
Imigran yo ap goumen kont politik sa a atravè yon pouswit lajistis.
Jij la akòde w azil. Kisa sa vle di?
Si jij imigrasyon an akòde ou azil, felisitasyon! Ou fin pase avèk siksè yon pati ki trè difisil nan pwosesis la.
Li posib pou avoka gouvènman an eseye fè apèl kont desizyon jij imigrasyon an devan Komisyon Apèl Imigrasyon (BIA), sitou si ou nan detansyon (detention). Avoka gouvènman an dwe depoze yon avi apèl nan yon delè 30 jou apre desizyon jij la. Ou ta dwe tcheke estati dosye w la pandan 30 jou k ap vini yo pou w wè si avoka gouvènman an depoze yon apèl.
Si avoka gouvènman an depoze yon apèl, w ap bezwen kontinye ak pwosesis apèl la. Men kèk bagay ou dwe konnen:
BIA ta dwe voye yon avi ba ou nan lapòs avèk enfòmasyon sou dat limit pou w soumèt agiman ekri ou yo. Sa kapab itil anpil pou w gen yon avoka pou prepare agiman ekri ou yo. Ou kapab chèche yon avoka isit la.
Si ou gen yon pemi travay ki baze sou aplikasyon azil ou a, ou kapab kontinye itilize epi renouvle pemi travay ou a.
Ou ka bezwen peye frè azil pou peye chak ane (annual asylum fee).
Si avoka gouvènman an pa fè apèl, lòd jij la ap vin final epi ou genyen azil la! Men kèk bagay ou dwe konnen:
Nenpòt manm fanmi ou te mete nan dosye w la genyen azil tou. Si ou te mete mari oswa madanm ou oswa pitit ou nan dosye azil ou a, yo ta dwe resevwa estati azil (asylee status) anmenmtan avèk ou.
Ou kapab travay legalman touswit! Ou ta dwe resevwa yon Fòm I-94 pou moun ki genyen azil, epi ou kapab montre li kòm prèv ou kapab travay. Ou kapab aplike tou pou yon nouvo pemi travay.
Ou kapab aplike pou rezidan pèmanan (lawful permanent resident) (yo rele tou kat rezidan pèmanan) nenpòt kilè. Men, USCIS p ap akòde aplikasyon ajisteman estati (adjustment of status) ou a toutotan omwen 1 ane pa pase apre ou fin genyen azil la, epi sa ap gen plis chans pran plis tan.
Pandan 2 premye ane apre ou fin genyen azil la, ou kapab mande azil pou mari oswa madanm ou oswa pitit ki pa marye ki gen mwens pase 21 an si yo pa t genyen azil avèk ou nan dosye tribinal imigrasyon w lan. Ou kapab mande azil pou manm fanmi sa yo menm si yo andeyò Etazini, oswa si y ap viv Ozetazini san okenn estati imigrasyon. Pou kòmanse pwosesis sa a, ou kapab depoze Fòm I-730, nan yon delè 2 ane apre yo fin akòde w azil. Pa gen okenn frè pou depoze l.
Si yo apwouve Fòm I-730 ou a, mari oswa madanm ou oswa pitit ou yo ta dwe kapab vwayaje vin Ozetazini pou vin jwenn ou. Anvan sa, gouvènman ameriken an te konn bloke manm fanmi yo pou yo pa vwayaje vin Ozetazini si yo te soti nan youn nan 40 peyi sa yo. Men, nan dat 29 jiyè 2026, yon tribinal te bay lòd pou gouvènman ameriken an sispann politik sa a. Nou poko konnen ki jan vit manm fanmi moun ki gen azil yo pral kapab vini Ozetazini toutbon.
Ou gen yon tan limite tou pou w aplike pou benefis gouvènman an, sa gen ladan l posiblite pou w jwenn lajan kach ak asistans medikal. Yo rele sa yo “benefis pou moun ki gen azil,” epi ou kapab jwenn òganizasyon pou ede w sou sit entènèt gouvènman sa a.
Si ou te fèt gason, ou gen ant 18 ak 25 an, epi ou vle aplike pou sitwayènte ameriken alavni, ou ta dwe anrejistre nan Selective Service.
Ou kapab li enfòmasyon sou vwayaje apre ou fin genyen azil.
Mwen te rate randevou mwen nan tribinal imigrasyon. Kisa mwen kapa b fè?
Si ou te rate yon randevou nan tribinal imigrasyon, li trè posib ou te resevwa yon lòd depòtasyon (lòd depòtasyon (removal order) sa a rele yon lòd “In Absentia”). Swiv etap ki anba yo pou tcheke sa, epi deside si ou vle eseye relouvri dosye w la lè w depoze yon Demann pou Relouvri yon Lòd In Absentia (Motion to Reopen an In Absentia Order).
Etap 1. Tcheke si ou te resevwa yon lòd depòtasyon.
Gen de fason pou tcheke sa:
Tcheke sou entènèt: Antre nimewo alyen (A number) ou ak peyi kote ou soti a (“Nationality”) sou paj entènèt an sa a. Si li di yon jij te “ordered removal” (bay lòd depòtasyon) ak yon dat, sa vle di ou gen yon lòd depòtasyon.
Tcheke nan telefòn: Rele 1-800-898-7180, peze opsyon 1 pou Angle epi antre nimewo alyen ou an. Peze 1 pou konfime nimewo alyen ou an, peze 1 pou konfime non ou, epi apre sa peze 3 pou tcheke estati dosye w la. Si li di yon jij te “ordered removal” ak yon dat, sa vle di ou gen yon lòd depòtasyon.
Si ou gen yon lòd depòtasyon, kontinye li pou w aprann sou etap ou kapa b fè apre sa.
Etap 2. Deside si ou vle depoze yon Demann pou Relouvri yon Lòd In Absentia.
Ou kapa b depoze yon Demann pou Relouvri yon Lòd In Absentia si ou vle mande jij imigrasyon an pou l anile lòd depòtasyon ou an epi relouvri dosye w nan tribinal imigrasyon. Sa kapa b yon desizyon ki konplike selon sitiyasyon w.
Avantaj lè w depoze demann lan:
Yo pa kapa b depòte w pandan jij la ap egzamine demann lan.
Si tribinal imigrasyon an aksepte demann lan, y ap relouvri dosye w nan tribinal imigrasyon. Sa vle di yo pa kapa b depòte w imedyatman epi ou kapa b kontinye chèche yon estati legal tankou azil.
Risk ki genyen lè w depoze demann lan:
Chak fwa ou depoze yon nouvo dokiman nan tribinal, w ap bay gouvènman an enfòmasyon ajou yo kapa b pa t genyen deja. Pandan jij la ap egzamine demann ou an, ICE kapa b toujou mete w nan detasyon.
Li kapa b difisil pou w genyen yon Demann pou Relouvri. Chans ou genyen yo depann de jij la ak rezon ki fè w fè demann lan. Si jij la rejte Demann ou an, yo kapa b depòte w byen vit. Nan kèk sitiyasyon, ou kapa b sèlman depoze yon sèl Demann pou Relouvri, donk ou kapa b pa jwenn yon dezyèm chans. Depoze demann lan kapa b koute chè pafwa (gade anba a).
Menm si jij la aksepte demann ou an epi li relouvri dosye azil ou a, ou dwe toujou genyen ka azil la. Azil vin pi difisil pou moun genyen depi 2025, epi si jij la rejte dosye azil ou a, ou kapa b resevwa yon nouvo lòd depòtasyon.
Si ou deside depoze yon Demann pou Relouvri yon Lòd In Absentia, ou kapa b swiv etap ki anba yo. Ou kapa b prepare epi soumèt demann lan poukont ou, oswa ou kapa b jwenn èd yon avoka. Jwenn yon avoka.
Etap 3. Jwenn enfòmasyon sou dosye w la.
Antre enfòmasyon w yo sou sit entènèt tribinal imigrasyon sa a pou w jwenn enfòmasyon sou dosye w la, epi ekri repons yo sou papye.
Adrès tribinal imigrasyon w lan.
Non jij imigrasyon w lan.
Dat randevou ou te rate a.
Etap 4. Detèmine rezon ki fè ou te rate randevou w la.
An jeneral, tribinal imigrasyon yo aksepte 3 rezon sa yo pou yon moun ki rate yon randevou. Ou kapa b mete tout rezon ki aplikab pou dosye w la.
Pa t resevwa avi. Ou pa t resevwa yon avi pou randevou w la.
Te nan detansyon. Ou te nan prizon federal oswa leta epi se pa t fòt ou si ou te rate randevou a. Pa egzanp, ou te nan yon prizon, oswa nan yon sant detansyon imigrasyon.
Sikonstans eksepsyonèl. Ou te gen sikonstans espesyal ki te anpeche w ale nan randevou a. Pa egzanp, ou te fè yon aksidan, yon pwoblèm transpò sanzatann, yon maladi grav, yon krim, abi, lanmò yon fanmi pwòch, move tan, oswa yon lòt sitiyasyon ki te anpeche w ale. Si ou te ale nan tribinal la tout bon men yo te make ou absan, ou kapa b esplike sa.
Etap 5. Detèmine frè a ak dat limit pou demann ou an.
Frè a ak dat limit la depann de rezon ki fè ou te rate randevou w la.
Si ou pa te resevwa okenn avi: Pa gen okenn frè, epi pa gen limit tan sou ki lè ou kapa b soumèt demann lan.
Si ou te nan detasyon (detention): Pa gen okenn frè, epi pa gen limit tan sou ki lè ou kapab soumèt demann lan.
Si ou te gen sikonstans eksepsyonèl:
Gen yon frè $1,095. Ou kapab peye frè a sou sit entènèt peman tribinal imigrasyon sa a. Ou dwe mete resi peman an nan dosye demann ou an.
Si ou pa kapab peye frè a, ou kapab eseye mande yon egzansyon pou frè a (fee waiver). Yo ka aksepte oswa refize demann egzansyon frè w la. Ou kapab li gid sa a sou egzansyon pou frè.
Ou sipoze soumèt yon demann nan yon delè 180 jou apre lòd depòtasyon (removal order) an.
Etap 6. Ekri demann ou an.
Ou kapab telechaje fòm vid sa a pou Demann pou Reouvri yon Lòd ki te bay an Absans ou (Motion to Reopen an In Absentia Order) epi ranpli li. Ou kapab gade tou egzanp dosye sa a ki gen enstriksyon. Sèvi ak lank nwa pou ranpli paj yo. Demann lan dwe ekri nan lang Angle.
Kote ki gen kaz pou koche yo, asire w ou koche omwen youn nan twa rezon ki koresponn ak sitiyasyon w lan: ou pa te resevwa avi pou randevou a, ou te nan detansyon, oswa te gen sikonstans eksepsyonèl (ki kapab aplike nan anpil sitiyasyon diferan). Ou kapab koche plizyè kaz si sa nesesè.
Sou liy vid ki anba yo, esplike an detay tout rezon ki fè ou pa t kapab ale nan randevou w la ak poukisa se pa t fòt pa w.
Pou ranpli sètifika sèvis la (certificate of service), ki sou dènye paj la, w ap bezwen adrès avoka gouvènman an (OPLA). Jwenn adrès yo isit la. Sètifika sèvis la montre ou te bay avoka gouvènman an yon kopi demann lan.
Etap 7. Ranpli yon fòm chanjman adrès.
Ou kapab telechaje fòm chanjman adrès la (Fòm EOIR-33) isit la epi ranpli li ak enfòmasyon ou yo.
Ou obligatwa pou soumèt fòm chanjman adrès la ansanm ak Demann pou Reouvri yon Lòd ki te bay an Absans ou a, menmsi adrès ou pa chanje. Si adrès ou pa chanje, ou kapab ekri menm adrès la nan seksyon ansyen adrès ak seksyon nouvo adrès la.
Etap 8. Rasanble epi tache prèv yo.
Si sa posib, eseye mete prèv sou rezon ki fè ou pa t kapab ale nan randevou w la.
Men kèk egzanp:
Si ou pa te resevwa yon avi pou randevou w la, mete prèv ki montre kote ou t ap viv lè yo te voye avi a, tankou yon kontra lwaye, bòdwo, oswa lòt lèt ki gen non w ak adrès ou sou li.
Si ou panse yo te voye avi a nan yon ansyen adrès, mete prèv ki montre ou te bay tribinal la nouvo adrès kòrèk ou a, tankou yon kopi fòm chanjman adrès (EOIR-33) ou te soumèt nan tribinal la deja.
Si ou te malad oswa ou te blese, ou kapab mete dokiman medikal.
Si ou te nan detansyon nan moman randevou a, ou kapab mete prèv detansyon ou an.
Pou nenpòt dokiman ou soumèt, fè yon kopi pou voye nan tribinal la, epi gade dokiman orijinal la pou ou menm. Si yon dokiman pa nan lang Angle, mete yon tradiksyon Angle ansanm ak yon sètifika tradiksyon.
Etap 9. Prepare dosye a.
Mete tout pati nan dosye a ansanm, nan lòd sa a:
Paj kouvèti (sa se paj ki gen non ak nimewo alyen (A number) tout moun ki nan dosye w la nan mitan paj la)
Si yo mande yon frè: yon resi pou peman frè a, oswa yon demann egzansyon pou frè a ki siyen
Fòm Chanjman Adrès, Fòm EOIR-33 (siyen)
Demann pou Reouvri yon Lòd In Absentia (siyen)
Nenpòt prèv sou rezon ki fè ou pa t kapab ale nan randevou w la
Lòd Pwopoze pou jij imigrasyon an
Sètifika Sèvis (siyen)
Ou kapab wè yon egzanp dosye ak tout pati yo nan lòd isit la.
Li tout paj yo pou asire w tout bagay kòrèk. Asire w ou te ekri non w kòrèkteman, nimewo alyen (A number) ou, ak adrès ou.
Asire w ou siyen epi mete dat sou Fòm Chanjman Adrès la, Mosyon an, ak Sètifika Sèvis la, ak demann egzansyon pou frè a si w ap mete youn.
Etap 10. Fè kopi epi soumèt mosyon an.
Fè 2 kopi anplis pou w ka gen 3 dosye total: yon dosye orijinal pou tribinal la, yon kopi pou voye bay avoka gouvènman an, ak yon kopi pou ou kenbe.
Soumèt dosye orijinal la nan tribinal imigrasyon w lan. Ou kapab soumèt mosyon an nan tribinal imigrasyon an pa lapòs, oswa sou entènèt si w deja gen yon kont sit entènèt tribinal imigrasyon (Respondent Access Portal). Paske ou gen yon lòd depòtasyon (removal order), li ka pa an sekirite pou w ale nan tribinal imigrasyon an pou w depoze mosyon an an pèsòn. Si w ap soumèt li pa lapòs, ou kapab jwenn adrès pou tribinal imigrasyon w lan sou paj sa a. Asire w ou pran enfòmasyon pou swiv (tracking) pakè w la.
Soumèt yon kopi dosye a nan biwo avoka gouvènman an. Ou kapab fè sa pa lapòs oswa sou entènèt avèk ICE eService. Ou kapab jwenn adrès avoka gouvènman an (OPLA) pou tribinal imigrasyon w lan sou paj sa a.
Kenbe yon kopi pou pwòp dosye pa w.
Etap 11. Tann desizyon jij imigrasyon an.
Desizyon jij imigrasyon an ta dwe voye pa lapòs nan adrès ou. Tcheke bwat lèt ou ak sistèm tribinal imigrasyon an regilyèman. Si mosyon w lan gen yon bon bout tan depi li annatant, ou kapab eseye rele tribinal imigrasyon w lan pou plis enfòmasyon. Jwenn nimewo telefòn tribinal yo isit la.
Dosye m te “fèmen administratif.” Kisa k ap pase apre sa?
Si dosye w te “fèmen administratif,” sa vle di li an poz. Yo pa planifye lòt randevou pou ou pou kounye a, men dosye w la toujou rete ouvè nan tribinal imigrasyon an. Li posib pou alavni, dosye w la vin aktif ankò epi yo ka planifye nouvo randevou pou ou.
Apati mwa me 2025, anpil dosye tribinal imigrasyon ki te fèmen administratif anvan sa, menm pandan plizyè ane, ap planifye pou nouvo randevou nan tribinal. Pou tcheke estati dosye w la, ou kapab rele liy dirèk tribinal imigrasyon an nan 1-800-898-7180 oswa ale sou sit entènèt tribinal imigrasyon sa a. Gouvènman an ta dwe voye nenpòt nouvo avi randevou tou nan dènye adrès ki nan dosye tribinal imigrasyon an.
Jij imigrasyon yo te konn souvan bay fèmti administratif pou moun ki te soumèt yon lòt aplikasyon imigrasyon bay USCIS, tankou yon viza U oswa yon aplikasyon ki baze sou fanmi, pou bay moun yo tan pou yo tann desizyon sou lòt aplikasyon sa yo.
Si w te deja aplike pou azil, epi w te resevwa yon pemi travay baze sou aplikasyon azil ou a, ou kapab kontinye sèvi avè l pandan dosye w la fèmen administratif. Ou kapab kontinye renouvle l tou paske fèmti administratif vle di dosye azil ou a toujou annatant. Men, si w pa t ankò resevwa yon pemi travay baze sou aplikasyon azil ou a, revèy (“asylum clock”) ou a ap sispann mache lè dosye w la fèmen administratif.
Yo te anile ka mwen nan tribinal imigrasyon ant 2022-2024. Kisa k pral pase apre sa?
Soti nan ane 2022 pou rive 2024, yo te anile (dismissed) dosye tribinal imigrasyon anpil moun k ap chèche azil epi yo pa t mete yo nan detansyon (detention). Si se sitiyasyon pa w sa, tanpri kontinye li anba a. Si w ap chèche enfòmasyon sou detansyon, tanpri li isit la pito.
Si se sitiyasyon pa w sa epi ou vle kontinye chèche azil, ou ka kapab kontinye chèche azil ak yon lòt ajans imigrasyon ki rele USCIS, epi aplike pou oswa renouvle pemi travay ou.
Dosye azil
Lè yo anile ka w nan tribinal imigrasyon, dosye azil ou a fini san yo pa pran yon desizyon final. Pwochen etap ou yo depann de si ou vle kontinye chèche azil oswa non.
Si ou PA vle kontinye chèche azil, ou pa bezwen fè anyen. Li ka toujou yon bon lide pou w pale ak yon avoka pou w wè si w kalifye pou yon lòt estati imigrasyon (another immigration status).
Si ou VLE kontinye chèche azil, ou kapab soumèt yon nouvo aplikasyon azil bay USCIS. Jwenn enstriksyon yo isit la. Men, aplike pou azil se yon desizyon konplike ki depann de sikonstans espesifik ou yo. Aprann plis sou azil. Ou kapab pale ak yon avoka tou sou opsyon ou genyen yo. Jwenn asistans legal isit la.
Pemi travay
Sa k pral rive pemi travay ou apre sa depann de nan ki nivo pemi travay ou te ye lè yo te anile ka w nan tribinal imigrasyon an.
Si w pa t janm resevwa yon pemi travay kòm moun k ap chèche azil anvan sa, ou ka aplike pou premye pemi travay ou baze sou azil SI ou soumèt yon lòt aplikasyon azil bay USCIS.
Si w gen yon pemi travay ki valid epi w pa gen yon aplikasyon pou renouvèlman k ap tann, ou ka kontinye sèvi ak pemi travay ou a jouk dat li ekspire a. Men, si w vle renouvle pemi travay ou, w ap bezwen soumèt yon lòt aplikasyon azil bay USCIS anvan.
Si w te soumèt yon aplikasyon pou renouvle pemi travay anvan yo te anile ka w nan tribinal la, epi w te soumèt aplikasyon an anvan pemi travay ou a te ekspire, ou ka toujou sèvi ak pemi travay ou pandan peryòd ekstansyon otomatik (automatic extension) ou a. Epitou, si w soumèt yon lòt aplikasyon azil bay USCIS, ou ta dwe voye dokiman siplemantè sa yo bay USCIS: (1) yon lèt esplikasyon ki eksplike sitiyasyon w, (2) yon kopi lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) pou nouvo aplikasyon azil ou a ak USCIS, epi (3) yon kopi lèt konfimasyon resepsyon pou renouvèlman w lan.
Si pemi travay ou ekspire epi w pa gen yon aplikasyon pou renouvèlman k ap tann, ou ka sèlman aplike pou renouvle pemi travay ou si w deside soumèt yon lòt aplikasyon azil bay USCIS.
Mwen te resevwa rezidan pèmanan (lawful permanent resident) (yon kat rezidan pèmanan) nan men USCIS atravè yon lòt opsyon imigrasyon. Èske mwen kapa b mande pou yo fèmen ka mwen nan tribinal imigrasyon?
Wi. Si yo te apwouve aplikasyon rezidans pèmanan (kat rezidan pèmanan) ou a nan men USCIS atravè yon opsyon imigrasyon ki pa azil (pa egzanp yon aplikasyon ajisteman estati (adjustment of status) baze sou yon petisyon fanmi, Estati Espesyal pou Jèn Imigran (SIJS), oswa Lwa sou Ajisteman Kiben), ou ka mande jij imigrasyon an pou l anile (terminate) ka w nan tribinal imigrasyon an.
Anilasyon (termination) vle di yo fèmen ka w nan tribinal imigrasyon an nèt. Moman ki pi komen pou mande anilasyon se lè USCIS fin apwouve aplikasyon w lan deja epi w resevwa, oswa w pral resevwa talè konsa, rezidans pèmanan (yon kat rezidan pèmanan).
Ou ka mande anilasyon an pa ekri oswa an pèsòn nan pwochen randevou w nan tribinal la. Li itil pou w bay yon kopi lèt konfimasyon resepsyon USCIS la, lèt apwobasyon an, ak kat rezidans pèmanan (kat rezidan pèmanan) an, si w te deja resevwa l. Li ka itil tou pou w gen èd yon avoka pou fè demann sa a. Jwenn èd legal isit la.
Si yo anile ka w la:
Dosye tribinal imigrasyon ou an fini, epi ou p ap gen okenn lòt randevou ankò.
Aplikasyon azil ou a, oswa nenpòt lòt aplikasyon ou te genyen ki te annatant nan tribinal imigrasyon an, fini tou.
Dosye ou a pa kapab relouvri. Si gouvènman an ta eseye depòte ou alavni, y ap bezwen kòmanse yon nouvo dosye tribinal imigrasyon kont ou.
Nòt: Mande pou anile dosye tribinal imigrasyon ou an paske ou te resevwa yon kat rezidan pèmanan diferan de lè gouvènman an ap eseye fini dosye tribinal imigrasyon ou an pi bonè pou yon lòt rezon. Depi nan kòmansman ane 2025, gouvènman an ap fini anpil dosye tribinal imigrasyon pi bonè epi li ap mete imigran nan detasyon. Yo kapab rele sa refi, anilasyon, oswa rejè (pretermission). Yon dosye ki fini kòm rezilta yon refi, anilasyon, oswa rejè gen konsekans ki diferan de yon dosye ki fini kòm rezilta yon anilasyon. Si ou pa sèten kijan dosye ou a ap fini, ou kapab mande jij imigrasyon an pou li ba ou plis esplikasyon. Ou kapab tou mande yon kopi dokiman tribinal imigrasyon ou yo. Li plis enfòmasyon sou refi, anilasyon, ak rejè isit la.
Kiyès ki jij mwen an?
Ou kapab konnen non jij tribinal imigrasyon w lan (si yo te deja bay yon jij dosye w la), lè w tcheke estati dosye w nan tribinal imigrasyon an sou sit entènèt tribinal imigrasyon an oswa lè w rele liy dirèk tribinal imigrasyon an (1-800-898-7180). Ou ka bezwen eseye tou de fason yo.
Ou kapab jwenn enfòmasyon sou pousantaj jij ou a bay azil isit la. Ou kapab klike sou non jij ou a pou w jwenn plis detay. Gen kèk jij ki fèk kòmanse ki ka pa nan lis la.
Depi janvye 2025, yo revoke anpil jij imigrasyon. Anpil nan jij yo revoke yo te gen plizyè ane eksperyans nan lwa imigrasyon. Gouvènman an ranplase kèk nan jij yo ak avoka militè. Gen lòt pòs jij ki rete vid toujou.
Si yo revoke jij ou a, yo sipoze bay yon lòt jij dosye w la. Dat randevou w la kapab chanje tou. Kontinye tcheke estati dosye w la chak semèn pou w wè si gen chanjman.
Èske kote tribinal imigrasyon m nan ye a kapab chanje?
Pafwa, gouvènman an kapab chanje kote tribinal imigrasyon w lan ye nan yon tan ki trè kout. Si sa rive, gouvènman an sipoze voye yon avi pou randevou nan tribinal ba ou ak nouvo dat randevou a ak enfòmasyon sou nouvo tribinal imigrasyon an. Men, nou tande rapò ki di moun yo pa toujou resevwa avi sa yo alè, oswa yo pa resevwa yo ditou.
Pou w an sekirite, chak semèn, ou kapab tcheke estati dosye w la si gouvènman an ta chanje kote tribinal imigrasyon w lan ye oswa dat randevou w la. Ou kapab swa rele liy otomatik tribinal la nan 1-800-898-7180 (gade depliyan sa a), oswa tcheke estati dosye w la sou entènèt sou sit entènèt tribinal imigrasyon sa a (gade depliyan sa a).
Si w deplase al rete lwen epi ou ta renmen mande pou yo transfere dosye w la nan yon tribinal ki pi pre w, ou kapab soumèt yon Demann pou Chanje Lokalite (Motion to Change Venue). Jwenn plis enstriksyon isit la. Nan kèk ka, si w deplase al rete lwen, jij la ka mande w si w vle chanje tribinal imigrasyon w lan pou youn ki pi pre w. Li enfòmasyon sou sa pou w konsidere lè w ap deside si w ap eseye chanje tribinal imigrasyon w lan.
Kouman pou mwen kontakte tribinal imigrasyon mwen an?
Ou ka jwenn enfòmasyon pou kontakte tribinal imigrasyon yo isit la (desann nan paj la epi klike sou non tribinal la, oswa chèche lè ou antre kòd postal ou). Si ou pa sèten ki tribinal imigrasyon ki pou ou, ou ka jwenn li sou Avi pou paret nan tribinal (Notice to Appear) ou a.
Pafwa li trè difisil pou jwenn yon moun lè ou rele yon tribinal imigrasyon. Ou ta dwe kontinye eseye. Anpil anplwaye nan tribinal imigrasyon pale Angle sèlman. Si ou pa pale Angle, ou ka bezwen jwenn yon zanmi oswa yon manm fanmi pou sèvi kòm entèprèt pou ou lè ou rele.
Si ou te deplase epi ou bezwen mete adrès ou ajou nan tribinal imigrasyon, ou ka soumèt Fòm EOIR-33. Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa a pou mete adrès ou ajou.
Kouman mwen ka mande dokiman dosye tribinal imigrasyon mwen an?
Si ou bezwen dokiman tribinal imigrasyon ou yo, ou ka mande yo lè ou voye yon imèl bay tribinal imigrasyon ou an. Yo rele sa mande "Dosye Pwosedi" (Record of Proceedings oswa ROP) ou. Ou ka mande kopi lòd jij imigrasyon an te bay, ansanm ak dokiman ou menm, avoka ou, oswa gouvènman an te soumèt nan dosye tribinal imigrasyon ou an.
Si ou bezwen dokiman imigrasyon ou yo ki nan USCIS, ou ka aprann kijan pou mande dokiman nan USCIS isit la.
Pou fè demann pou dokiman tribinal imigrasyon ou yo, ou ta dwe ranpli epi siyen Fòm EOIR-59. Apre sa, voye yon imèl bay tribinal imigrasyon ou an nan swiv etap ki anba yo:
Jwenn adrès imèl ROP pou tribinal imigrasyon ou an sou paj entènèt an sa a. Si ou pa sèten ki tribinal imigrasyon ki pou ou, ou ka jwenn li sou Notice to Appear ou a.
Mete yon mesaj kout an Angle konsènan demann ou an. Ou ka di yon bagay tankou: “I would like to request my records. Please see the attached EOIR-59. Thank you for your help.”
Mete yon sijè nan imèl la ki gen non fanmi ou ak 4 dènye chif nan nimewo alyen (A number) ou.
Atache Fòm EOIR-59 ki siyen an nan mesaj imèl la.
Kisa yon lòd depòtasyon (lòd depòtasyon (removal order)) ye?
Yon lòd depòtasyon (removal order) vle di yo pase lòd pou depòte w kite Etazini. Yon fwa lòd depòtasyon w lan vin "final," pemi travay ou a pa valid ankò, epi yo kapa b depòte w nenpòt kilè.
Anba la a gen fason moun konn resevwa yon lòd depòtasyon:
Ou te gen yon dosye nan tribinal imigrasyon epi jij la te bay yon lòd depòtasyon pou ou. Lòd depòtasyon an final si ou pa t fè apèl devan Komisyon Apèl Imigrasyon (BIA) nan yon delè 30 jou, oswa si ou te di jij la ou pa vle fè apèl. Si ou te fè apèl epi apèl ou a toujou ap tann yon desizyon, lòd la poko final. Si BIA te rejte apèl ou a, lòd la final kounye a.
Ou te fè apèl kont desizyon BIA a devan yon tribinal apèl federal (circuit court). Lòd depòtasyon w lan toujou final, men ou kapa b mande tribinal federal la pou l sispann depòtasyon w lan pandan dosye w la ap tann yon desizyon (yo rele sa yon "stay of removal"). Tribinal la kapa b pa aksepte demann sa a.
Ou te rate randevou w nan tribinal imigrasyon. Gen anpil chans pou w te resevwa yon lòd depòtasyon "in absentia" (lè moun nan pa la), ki se yon lòd final. Ou kapa b kapab depoze yon demann pou relouvri dosye w la. Men, depoze demann sa a pa pwoteje w otomatikman kont depòtasyon.
Ou te pase nan pwosesis depòtasyon rapid (expedited removal). Lòd depòtasyon w lan final si ou pa t pase entèvyou krent ki baze sou rezon valab (credible fear) oswa krent rezonab (reasonable fear) ou a, epi ou pa t mande pou yon jij imigrasyon revize sa, oswa ou te mande revizyon an men jij imigrasyon an te konfime desizyon negatif la. Si ou te pase entèvyou krent ki baze sou rezon valab oswa krent rezonab ou a, yo te gen plis chans voye w nan tribinal imigrasyon epi ou poko gen yon lòd depòtasyon.
Yo te ba w otorizasyon pou w pati volontèman (voluntary departure) men ou pa t pati anvan dat limit la. Lòd pati volontèman jij imigrasyon an te ba w la vin tounen yon lòd depòtasyon final otomatikman lè ou pa t pati anvan dat limit la.
Yo te depòte w deja epi ou tounen Ozetazini san pèmisyon. Gouvènman an kapa b remete ansyen lòd depòtasyon w lan an plas. An jeneral li final, sof si ou kalifye pou aplike pou sispansyon depòtasyon (withholding of removal) oswa pwoteksyon anba Konvansyon Kont Torti (CAT) nan tribinal imigrasyon. Si ou gen yon dosye k ap mache nan tribinal imigrasyon, yo pa sipoze depòte w pandan dosye w la ap kontinye. Si ou genyen sispansyon depòtasyon oswa pwoteksyon CAT, yo pa kapa b depòte w nan peyi kote w soti a.
Gen anpil chans pou ou PA gen yon lòd depòtasyon si:
Dosye w la toujou ap tann yon desizyon. Si dosye w la toujou aktif nan tribinal imigrasyon oswa nan USCIS, ou pa gen yon lòd depòtasyon.
USCIS te rejte dosye azil ou a epi yo te voye w nan tribinal imigrasyon. Si ou pa gen okenn lòt estati imigrasyon, yo pral gen plis chans voye w nan tribinal imigrasyon. Ou ta dwe gen yon lòt chans pou w aplike pou azil devan yon jij.
Kouman ou kapa b tcheke estati dosye w nan tribinal imigrasyon:
Ou kapa b tcheke si yon jij imigrasyon te bay yon lòd depòtasyon pou ou epi si BIA te pran yon desizyon sou apèl ou a lè w antre nimewo alyen (A number) ou a epi w chwazi nasyonalite w sou sit entènèt tribinal imigrasyon sa a, oswa lè w rele liy dirèk tribinal imigrasyon an nan 1-800-898-7180. Peze 1 pou Angle, antre nimewo alyen ou a, peze 1 pou konfime enfòmasyon w yo, apre sa peze 3 pou w konnen si jij imigrasyon an te ba w yon lòd depòtasyon oswa peze 4 pou w konnen estati apèl ou a.
Men nan kèk sitiyasyon, tankou depòtasyon rapid oswa pati volontèman, ou kapa b pa jwenn enfòmasyon sou yon lòd depòtasyon lè w tcheke sistèm tribinal imigrasyon an.
Si ou pa sèten si ou gen yon lòd depòtasyon final, li kapa b itil pou w pale ak yon avoka.
Mwen te wè yon fleyè nan tribinal imigrasyon ki di mwen ta dwe “depòte tèt mwen.” Kisa sa vle di?
Ou ka te wè yon fleyè sou depòte tèt ou (self-deportation) nan tribinal imigrasyon ki rele “Yon Avètisman pou Depòte Tèt Ou.” Oubyen ou ka te tande mesaj gouvènman Etazini an ap bay dènyèman ki di imigran yo ta dwe “depòte tèt yo.”
Anpil moun ki resevwa fleyè oswa mesaj sou depòte tèt yo pa oblije kite Etazini. Pa egzanp, si ou gen yon dosye ki ouvè nan tribinal imigrasyon, oswa si ou gen yon aplikasyon azil ki annatant, ou pa oblije kite Etazini sof si oswa jiskaske jij imigrasyon an ba ou yon lòd depòtasyon (removal order).
“Depòte tèt ou” pwobableman p ap rann li pi fasil pou ou tounen nan peyi Etazini alavni. Rive nan mwa avril 2026, pa gen okenn nouvo pwosesis espesyal pou moun ki depòte tèt yo pou yo tounen Ozetazini legalman. Anpil moun ki kite Etazini ka jwenn li trè difisil pou yo tounen legalman alavni, selon sitiyasyon yo.
Gen kèk moun ki ka deside ke kite Etazini se pi bon opsyon pou yo. Ou kapab li sou bagay pou w konsidere anvan w pati isit la. Ou kapab aprann tou sou aplikasyon telefòn gouvènman Etazini an ki rele CBP Home ak fason kèk moun ka itilize li pou yo kite Etazini. Ou ka vle tou pale ak yon avoka imigrasyon nan zòn kote w ye a anvan w pran yon desizyon.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) gen kòm objektif pou bay enfòmasyon ki baze sou reyalite konsènan lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo pa reprezante konsèy legal.
Tout kontni legal yo ekri epi yo pase anba revizyon legal ekip avoka ekspè nan imigrasyon ASAP yo. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo admèt nan Bawo nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm nan dwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè pri pou travay legal yo fè.