Ekri pa avoka imigrasyon ekspè ASAP yo · Mizajou nan dat
Dokiman sa a se yon lèt randevou pou al fe byometrik (biometrics notice), oswa pran anprent. Li bay lis dat, lè ak kote randevou w la ap fèt. Yo ka mande randevou byometrik (biometrics appointment) pou plizyè kalite aplikasyon imigrasyon, tankou yon aplikasyon azil oswa yon pemi travay.
Si ou te voye yon aplikasyon pa lapòs, USCIS dwe voye lèt randevou pou al fe byometrik ou a pa lapòs. Si ou deplase, ou kapab chanje adrès ou pou ou pa rate okenn avi.
Si ou te fè yon aplikasyon anliy, USCIS dwe mete lèt randevou pou al fe byometrik ou a sou kont USCIS anliy ou a. Li bon pou ou tcheke kont ou yon fwa pa semèn. Pafwa USCIS pa voye notifikasyon lè yo mete yon lèt randevou pou al fe byometrik sou yon kont USCIS anliy.
Si ou pa kapab ale nan randevou ki te pwograme a, ou kapab mande pou ranvwaye randevou w la nan telefòn oswa anliy.
Si ou te rate randevou w la, ou kapab li enfòmasyon sou pwochen etap yo isit la. Si ou vle kontinye ak dosye w la, li enpòtan pou ou fè pwochen etap yo pi vit posib.
Si ou gen yon andikap, ou kapab mande yon aranjman pou andikap pou randevou w la sou paj entènèt USCIS sa a oswa lè ou rele Sant Sèvis USCIS (Contact Center) nan 1-800-375-5283.
Li plis enfòmasyon sou randevou byometrik isit la. Ou kapab tou gade videyo sa a sou randevou byometrik pou moun k ap chèche azil.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) gen kòm objektif pou bay enfòmasyon ki baze sou reyalite konsènan lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo pa konsèy legal.
Tout kontni legal yo ekri epi yo revize legalman pa ekip avoka imigrasyon ekspè ASAP yo. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo gen lisans pou pratike lalwa nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè pri pou travay legal yo.
