Ekri pa avoka imigrasyon ekspè ASAP yo · Mizajou nan dat
Paj sa a gen enfòmasyon sou pwosesis pou mande azil nan Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini (USCIS), sa yo rele pafwa pwosesis azil “afirmatif”.
Depi 2025, sitiyasyon an vin pi difisil pou moun k ap chèche azil nan USCIS. USCIS ap fè tcheke sekirite (security checks) anplis, y ap transfere kèk dosye azil nan tribinal imigrasyon san yo pa fè entèvyou, epi yo fè lòt chanjman ki rann li pi difisil anpil pou yon moun genyen ka azil li. Aprann kijan lwa yo ap chanje.
Mande Azil nan USCIS
Estati Dosye nan USCIS
Ki mesaj komen mwen kapa b wè nan zouti pou tcheke estati dosye USCIS la?
Kisa mwen kapa b fè si mwen pa resevwa yon avi USCIS di li te voye?
Entèvyou Azil
Kisa pou mwen fè si mwen pa kapa b ale nan entèvyou azil mwen an nan dat ki te prevwa a?
Konbyen tan m ap gen pou m tann anvan yo planifye yon dat pou entèvyou mwen an?
Kisa mwen kapa b fè pandan dosye azil mwen an ap tann desizyon nan USCIS?
Èske mwen kapa b fè yo planifye entèvyou azil mwen an pi vit?
Si mwen pa pale Angle, èske mwen bezwen mennen yon entèprèt nan entèvyou a?
Èske mwen kapa b mande pou se yon ofisye azil fi oswa gason ki fè entèvyou mwen an?
Èske enfòmasyon mwen pataje nan entèvyou a ap rete konfidansyèl?
Desizyon Azil apre yon Entèvyou
Konbyen tan mwen dwe tann pou yon desizyon apre entèvyou azil mwen an?
Kisa k ap pase si USCIS pa akòde m azil apre entèvyou mwen an?
Lòt Kesyon
Èske mwen kapa b aplike pou azil ak USCIS?
Aplike pou azil se yon chwa pèsonèl. Li kapab yon desizyon konplike tou selon sitiyasyon ou.
Si ou pa gen yon dosye nan tribinal imigrasyon, aplike pou azil ak USCIS vle di ou kapab rete Ozetazini legalman pandan dosye azil ou a ap tann yon desizyon. Men, gouvènman an kapab mete moun nan detasyon tou lè yo aplike pou azil ak USCIS, oswa voye dosye yo nan tribinal imigrasyon pou pwosesis depòtasyon.
Gen anpil lòt bagay pou konsidere tou. Aprann sou benefis posib yo, ak dezavantaj posib yo lè yon moun aplike pou azil.
Ki moun ki kapab aplike pou azil ak USCIS?
Si ou se yon granmoun, ou kapab aplike pou azil ak USCIS si ou pa gen yon dosye nan tribinal imigrasyon. An jeneral, si ou chwazi chèche azil, ou dwe aplike nan espas yon ane apre ou fin rive Ozetazini. Si sa fè plis pase yon ane depi ou te rive Ozetazini, li ka toujou posib pou ou aplike pou azil nan kèk sikonstans.
Si ou gen mwens pase 18 an epi ou se yon “minè ki pa akonpaye,” ou kapab aplike pou azil ak USCIS. Sa pa gen rapò si ou gen yon dosye nan tribinal imigrasyon. Sa pa gen rapò tou si ou gen plis pase yon ane depi ou Ozetazini.
Si ou gen mwens pase 18 an, men ou pa yon “minè ki pa akonpaye,” ou kapab aplike pou azil ak USCIS sèlman si ou pa gen yon dosye nan tribinal imigrasyon. Li pi bon pou ou aplike nan espas yon ane apre dat ou te rive Ozetazini, men ou ka toujou kapab aplike pou azil menm si ou gen plis pase yon ane depi ou Ozetazini.
Ki etap ki genyen nan pwosesis azil ak USCIS?
Men etap ki genyen nan pwosesis azil ak USCIS:
Resevwa yon lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) pou aplikasyon azil ou a.
Resevwa yon lèt pou yon randevou byometrik (biometrics appointment), epi ale nan randevou byometrik ou a, kote gouvènman an pral pran anprent ou.
Ou kapab aplike pou yon pemi travay. Moun k ap chèche azil kapab aplike pou yon pemi travay 150 jou apre yo fin soumèt aplikasyon azil yo.
Tann entèvyou azil ou a. Pandan w ap tann, ou kapab kontinye renouvle pemi travay ou. W ap bezwen peye yon frè azil pou peye chak ane (annual fee) chak ane pou kontinye ak dosye azil ou a. Tan datant lan kapab trè long. Nan kèk ka, USCIS kapab deside transfere dosye azil ou a dirèkteman nan tribinal imigrasyon pou chèche azil la, olye pou yo planifye yon entèvyou.
Resevwa yon avi pou entèvyou azil.
Ale nan entèvyou azil ou a epi eksplike istwa ou bay ofisye azil la.
Resevwa yon desizyon. (Remak: anpil moun te gen gwo reta, epi desizyon azil yo te kanpe pandan plizyè mwa. Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa.)
Yo ka mande w pou ale nan yon lòt randevou byometrik anvan ou resevwa yon desizyon.
Si USCIS ba ou azil, ou menm ak nenpòt manm fanmi ou te mete nan aplikasyon azil ou a ap resevwa azil.
Si USCIS deside pou li pa ba ou azil, sa k ap pase apre a depann de sitiyasyon ou.
Kouman pou mwen soumèt yon aplikasyon azil bay USCIS?
Gen de fason ou kapa b soumèt aplikasyon azil ou a bay USCIS: pa lapòs oswa sou entènèt. Se sèlman kèk moun k ap chèche azil ki ka aplike sou entènèt. Si ou pa sèten, li kesyon sa a pou w konprann si ou kapa b depoze l sou entènèt.
Pa lapòs: swiv enstriksyon sa yo. Apre ou fin soumèt aplikasyon w lan, ou ta dwe resevwa yon lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) pa lapòs nan kèk semèn.
Sou entènèt: swiv enstriksyon sa yo. Apre ou fin soumèt aplikasyon w lan, ou ta dwe resevwa yon receipt notice nan kont USCIS (USCIS account) ou sou entènèt nan de jou konsa.
Èske USCIS ap fèmen dosye azil mwen an san li pa ban m yon entèvyou?
Petèt. Nòmalman, lè ou aplike pou azil, USCIS sipoze ba ou yon entèvyou epi pran yon desizyon apre sa. Men, depi 2025, USCIS ap fèmen kèk dosye azil san li pa fè entèvyou anvan.
Transfè nan tribinal imigrasyon: Nan dat 28 jiyè 2026, USCIS te anonse yon nouvo règ ki pèmèt ofisye azil yo transfere kèk dosye azil nan tribinal imigrasyon san yo pa fè yon entèvyou anvan. Nou poko konnen egzakteman ki jan USCIS pral aplike règ sa a, men si ou gen plis dokiman pou sipòte dosye w la, eseye soumèt dokiman ou yo bay USCIS pi vit posib.
Men kèk egzanp dosye USCIS di ki ta ka transfere anba règ 28 jiyè a:
Ou te depoze aplikasyon azil ou a plis pase 1 an apre ou te antre Ozetazini.
Yo te kondane w pou yon krim gouvènman an konsidere kòm "patikilyèman grav," oswa li panse sa fè w tounen yon menas pou sekirite piblik oswa sekirite nasyonal.
Ofisye azil la deside ou pa elijib pou azil oswa li deside faktè negatif yo pi lou pase faktè pozitif yo.
USCIS kapa b voye dosye w la nan tribinal imigrasyon tou san entèvyou si ou te gen yon lòt estati imigrasyon ki te fini, tankou Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) oswa yon viza, oswa si ou te gen yon lòt aplikasyon imigrasyon yo te rejte. Sa te vre menm anvan yo te anonse règ 28 jiyè a.
Si yo transfere dosye w la nan tribinal imigrasyon, ou kapa b resevwa yon avi tankou sa a, epi ou ta dwe kapa b kontinye chèche azil nan tribinal imigrasyon.
Mete nan "depòtasyon rapid": USCIS anile kèk dosye azil lè li voye yon lèt ki rele "Notice of Dismissal of Form I-589." Lèt yo di aplikan an dwe fè yon lòt pwosesis ki rele "depòtasyon rapid." Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa a.
Frè azil pou peye chak ane: USCIS di tou y ap eseye mete fen nan dosye azil yo san entèvyou si moun k ap chèche azil la pa peye frè azil pou peye chak ane (annual asylum fee) li a alè. Tcheke si frè w la dwe peye epi li dènye enfòmasyon yo sou paj entènèt an pou frè azil pou peye chak ane a.
Kijan mwen ka tcheke estati aplikasyon mwen an nan USCIS?
Ou kapab tcheke estati aplikasyon w lan nan USCIS lè ou antre nimewo resi w la nan zouti sou entènèt USCIS pou estati dosye sa a. Nimewo resi w la nan kwen anwo sou bò gòch nan lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice). Nimewo resi a anjeneral kòmanse ak twa lèt. Pou enstriksyon detaye sou fason pou tcheke estati dosye USCIS ou sou entènèt, gade fleyè sa a.
Si ou gen kesyon sou sa zouti pou estati dosye USCIS la di, ou kapab rele USCIS tou nan 1-800-375-5283. Lè yo mande w pou eksplike pou kisa w ap rele, pafwa si ou di “InfoPass” sa ka ede w pale ak yon moun an dirèk. Ou ka oblije tann yon bon bout tan anvan yo konekte w ak yon reprezantan.
Ki mesaj komen mwen ta ka wè nan zouti pou estati dosye USCIS la?
Lè ou tcheke estati aplikasyon azil ou a nan zouti estati dosye USCIS sou entènèt la, ou ka wè youn nan mesaj sa yo:
“Pwochen etap nan aplikasyon w lan se yon entèvyou an pèsòn. Yon fwa nou fin planifye entèvyou w la, w ap resevwa yon avi entèvyou.” Sa vle di dosye w la prè pou yon entèvyou, men yo poko planifye l. Pafwa, tann pou entèvyou ka pran plizyè ane. Kontinye tcheke sit entènèt estati dosye a regilyèman.
“Anvan aplikasyon w lan ka kontinye pi lwen, ou dwe peye frè azil pou peye chak ane (annual asylum fee) ou a.” Sa vle di USCIS ap chaje w frè azil pou peye chak ane a. Peye l isit la pi vit posib. Si ou pa peye nan delè 30 jou USCIS fikse a, USCIS di y ap rejte aplikasyon azil ou a epi y ap anile pemi travay ou. Li enfòmasyon sou frè azil pou peye chak ane a.
“Peryòd peman pou dosye sa a ekspire. USCIS ap fè w konnen estati dosye w la.” Sa ka vle di ou te rate dat limit pou peye frè azil pou peye chak ane ou a. Li enfòmasyon sou kijan pou tcheke estati frè azil pou peye chak ane ou ak etap ou ka pran apre sa.
“Yo te planifye randevou byometrik la. Nan dat [dat], nou te planifye yon randevou byometrik pou ou epi nou te voye yon avi randevou ba ou.” Sa vle di ou gen yon randevou byometrik (biometrics appointment) (yo rele l tou randevou pou pran anprent) ak USCIS. Ou ta dwe resevwa dat ak kote randevou a ap fèt nan lèt randevou pou al fe byometrik (biometrics notice) ou a, yo voye pa lapòs oswa nan kont USCIS ou sou Entènèt. Si ou pa resevwa avi sa a, aprann ki etap ou kapa b pran. Li enfòmasyon sou randevou byometrik.
“Randevou byometrik la dwe replanifye. Sa pa gen lontan ou te rate randevou pou pran byometrik ou a ki te planifye pou [dat]. Ou dwe swiv enstriksyon ki sou Notifikasyon Randevou pou Pran Byometrik ou a pou w replanifye randevou w la.” Sa vle di ou te rate randevou byometrik ou a epi ou bezwen replanifye l. Chèche konnen sa pou w fè si ou te rate randevou byometrik ou a.
“Nou planifye entèvyou w la. W ap resevwa yon avi entèvyou. Tanpri li epi swiv tout enstriksyon ki sou avi entèvyou w la avèk atansyon.” Sa vle di USCIS planifye entèvyou azil ou a. Ou ta dwe resevwa dat ak kote entèvyou a ap fèt nan avi entèvyou ou a, yo voye pa lapòs oswa nan kont USCIS ou sou Entènèt. Si ou pa resevwa detay sa yo, aprann ki etap ou kapa b pran. Li enfòmasyon sou entèvyou azil.
“Entèvyou a dwe replanifye. Sa pa gen lontan ou te rate randevou entèvyou w la. Ou dwe replanifye entèvyou azil ou a.” Sa vle di ou te rate entèvyou azil ki te planifye pou ou a. Chèche konnen sa pou w fè si ou te rate entèvyou azil ou a.
“Aplikasyon an te fèmen. Nou fèmen aplikasyon w lan. Nou te esplike rezon an nan avi nou te voye nan adrès postal ou a.” Gen plizyè rezon ki fè USCIS ta ka fèmen dosye w la. Pa egzanp, USCIS ta ka anile dosye azil ou a oswa voye dosye w la nan tribinal imigrasyon. Revize avèk atansyon avi USCIS te voye ba ou pa lapòs la pou w konnen poukisa yo te fèmen dosye w la. Ou ka vle pale ak yon avoka tou. Ou kapa b jwenn èd legal isit la.
“Desizyon an annatant. Ou te fini entèvyou w la. Tan sa pran pou USCIS bay yon desizyon apre yon entèvyou fin fèt ka varye.” Sa vle di ou te fini entèvyou w la epi w ap tann yon desizyon. Si plizyè mwa oswa plis pase depi ou te fè entèvyou a epi ou poko resevwa yon desizyon toujou, li isit la sou etap ou kapa b pran.
Ka gen lòt mesaj tou. Kontinye tcheke sit entènèt estati dosye a regilyèman pandan dosye w la ap tann nan USCIS. Si ou pa sèten de yon mesaj ki sou paj estati dosye w la, ou kapa b eseye rele USCIS nan 1-800-375-5283. Ou kapa b eseye jwenn èd legal tou.
Kisa mwen kapa b fè si mwen pa resevwa yon avi USCIS di li te voye?
Si ou tcheke estati dosye USCIS ou sou entènèt epi sit entènèt la di USCIS te voye yon avi ba ou, men ou pa resevwa avi a, ou kapa b eseye etap sa yo:
Ou kapa b verifye kont USCIS sou entènèt ou an ankò, si ou gen youn. Sou paj akèy kont USCIS ou a, anba “Your Cases,” ou kapa b tcheke onglet “Documents” pou jwenn avi yo te voye nan dosye w la.
Ou kapa b verifye lapòs ou ankò. Si ou te gen adrès anvan sa, ou kapa b eseye tcheke lapòs nan adrès sa yo, si sa posib.
Ou kapa b mande avoka w la, si ou gen youn. Avoka w la sipoze resevwa yon kopi avi USCIS yo tou.
Ou kapa b rele USCIS nan 1-800-375-5283. Lè yo mande w pou eksplike poukisa w ap rele, ou kapa b di “InfoPass” pou w kapa b pale ak yon reprezantan.
Ou kapa b sèvi ak fòm USCIS sa a sou entènèt pou mande pou yo voye avi w la ba ou ankò.
Ou kapa b eseye kontakte biwo azil USCIS ki nan zòn ou an pou mande asistans yo. Ou kapa b jwenn enfòmasyon pou kontakte biwo ki nan zòn ou an lè ou antre kòd postal ou sou paj entènèt an sa a.
Kisa mwen ta dwe fè si mwen pa resevwa yon lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) apre mwen fin soumèt aplikasyon azil mwen an bay USCIS?
Premye bagay pou w fè si ou pa resevwa yon receipt notice se tcheke si aplikasyon azil ou a (Fòm I-589) te rive nan USCIS. Si ou te voye aplikasyon azil ou a pa lapòs epi ou gen enfòmasyon pou swiv li, ou ta dwe swiv pakè a. Sove yon kapti ekran oswa enprime paj entènèt ki konfime livrezon an. Si ou te fè demann azil sou entènèt, tcheke kont USCIS ou a pou w wè receipt notice la.
Pandan w ap tann receipt notice ou a, asire w ou kenbe adrès ou ajou nan USCIS.
Si ou pa resevwa yon receipt notice apre 2 mwa, ou kapa b rele Sant Sèvis USCIS (Contact Center) nan 1-800-375-5283. Lè yo mande w pou eksplike poukisa w ap rele, ou kapa b di “InfoPass” pou w kapa b pale ak yon reprezantan. Apre sa, ou kapa b eksplike ke ou te soumèt aplikasyon azil ou a sa gen 2 mwa men ou pa resevwa yon receipt notice. Asire w ou gen nimewo alyen (A number) ou pare (si ou gen youn), ansanm ak nenpòt enfòmasyon sou fason ou te voye l la, tankou dat ou te poste dokiman w yo ak nimewo pou swiv kourye a.
Ou kapab tou eseye kontakte biwo azil USCIS ki nan zòn ou an pou mande asistans yo. Ou kapab jwenn enfòmasyon pou kontakte biwo ki nan zòn ou an lè ou antre kòd postal ou nan paj entènèt an sa a.
Si USCIS pa gen okenn enfòmasyon ki montre yo te resevwa aplikasyon w lan, ou kapab konsidere soumèt aplikasyon azil ou a ankò. Kenbe yon prèv pou tout tantativ ou fè pou soumèt aplikasyon w lan.
Kijan pou mwen konnen ki lè randevou pou entèvyou azil mwen an ap fèt ak USCIS?
Si ou te aplike pou azil nan USCIS, ou kapa b resevwa yon randevou pou yon entèvyou pou prezante ka ou a. Men, gen kèk moun ki pa janm resevwa yon entèvyou. Depi mwa jiyè 2026, USCIS kapa b transfere sèten ka dirèkteman nan tribinal imigrasyon pou al chèche azil la, olye pou yo planifye entèvyou.
Si ou resevwa yon randevou pou entèvyou, li trè difisil pou predi ki lè USCIS ap planifye li. Gen kèk moun ki resevwa yon entèvyou nan kèk semèn oswa kèk mwa apre yo fin aplike, alòske gen lòt moun ki tann pandan plizyè ane pou yon entèvyou.
Yon fwa yo planifye entèvyou ou a, USCIS dwe voye yon avi entèvyou ba ou ki gen dat, lè, ak kote l ap fèt la. Si ou te voye aplikasyon azil ou a (Fòm I-589) pa lapòs, ou kapa b resevwa avi sa a nan lapòs. Si ou deplase, asire w ou mete adrès ou ajou pou ou pa rate okenn avi.
Si ou te voye aplikasyon azil ou a (Fòm I-589) sou entènèt, oswa si ou gen yon kont USCIS (USCIS online account), ou kapa b resevwa avi sa a nan kont USCIS ou a sou entènèt. Li bon pou ou tcheke kont USCIS ou a yon fwa pa semèn. Nou resevwa rapò ki fè konnen pafwa USCIS pa voye notifikasyon lè yo mete yon avi entèvyou nan yon kont USCIS sou entènèt.
Si ou poko resevwa yon avi entèvyou, ou kapa b tcheke estati aplikasyon azil ou a nan USCIS lè ou antre nimewo resi ou nan zouti sou entènèt pou tcheke estati ka nan USCIS sa a. Nimewo resi ou a nan kwen anwo sou bò gòch nan lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) pou aplikasyon azil ou a. Nimewo resi a anjeneral kòmanse ak twa lèt. Zouti pou tcheke estati ka a ap montre si yo te voye yon avi entèvyou ba ou, men li p ap montre dat entèvyou ou a.
Si zouti pou tcheke estati ka a montre yo te voye yon avi entèvyou men ou pa t resevwa li, ou kapa b rele USCIS nan 1-800-375-5283. Lè yo mande w pou eksplike poukisa w ap rele, ou kapa b di “missing notice” pou mande yon nouvo avi epi tou mande dat, lè, ak kote entèvyou ou a ap fèt.
Ou kapa b eseye kontakte biwo azil USCIS ki nan zòn kote w rete a tou pou mande yo asistans. Ou kapa b jwenn enfòmasyon pou kontakte biwo ki nan zòn ou an lè ou antre kòd postal ou nan paj entènèt an sa a.
Kisa pou mwen fè si mwen pa kapa b ale nan entèvyou azil mwen an nan dat ki te planifye a?
Ou kapa b mande pou yo chanje dat entèvyou azil ou a, men USCIS kapa b pa aksepte demann ou an. USCIS di ou dwe montre yon rezon “eksepsyonèl” pou yo chanje dat yon entèvyou azil. Egzanp sikonstans eksepsyonèl yo gen ladan vyolans domestik oswa maladi grav. Si USCIS pa aksepte demann ou an, ou t ap bezwen ale nan entèvyou azil ou a nan dat orijinal la si ou vle kontinye ak ka azil ou a.
Menm si USCIS dakò pou chanje dat entèvyou azil ou a, sa kapa b gen lòt konsekans negatif. Yo kapa b pa planifye yon nouvo entèvyou pou ou pandan yon bon bout tan. Si sa fè mwens pase 180 jou depi ou te aplike pou azil, chanje dat entèvyou ou a kapa b reta premye aplikasyon pemi travay ou a tou.
Kijan pou mande pou chanje dat entèvyou ou a:
Si ou chwazi eseye chanje dat entèvyou ou a, li pi bon pou voye demann ou an pou chanje dat la pi vit posib.
1) Pou chanje dat la, rele Sant Sèvis USCIS (Contact Center) nan 1-800-375-5283. Lè yo mande w pou w eksplike pou kisa w ap rele, ou kapa b di “Reschedule my asylum interview.” Pare pou w bay nimewo resi Fòm I-589 ou a, ki make sou avi pou entèvyou azil ou a, oswa sou lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) pou azil la. Sa ka pran anpil tan anvan w jwenn yon moun an dirèk, men kontinye eseye. Ou ka bezwen mande pou w pale ak yon ofisye “Tier 2”. Pare pou w eksplike rezon presi ki fè w ap mande pou chanje dat la. Mande yon nimewo demann sèvis (service request number). Ekri nimewo demann sèvis ou a ak dat ou te kontakte USCIS la epi sere l si w ta bezwen fè swivi sou demann ou an.
2) Si sa pa mache, ou kapa b eseye kontakte biwo azil ou a tou. Ou kapa b voye yon lèt pa lapòs oswa yon imèl bay biwo azil ou a, oswa ou ka menm ale nan biwo azil la an pèsòn epi ranpli yon Demann pou Chanje Dat Entèvyou Azil. Si w ap voye demann ou an pa lapòs, nou rekòmande pou w voye yon kopi pa imèl tou.
Ou kapa b jwenn non ak adrès biwo azil ou a sou avi pou entèvyou azil ou a, oswa sou lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan pou azil la. Ou kapa b chèche biwo azil yo tou lè w sèvi ak Asylum Office Locator USCIS la. Apre w fin klike sou eta w la oswa ou fin antre kòd postal ou, klike sou non vil kote biwo a ye a. Apre sa, w ap wè yon paj ki gen enfòmasyon sou adrès postal, lè biwo a ouvri, ak adrès imèl.
Demann pou chanje dat la ta dwe gen ladan l rezon presi ki fè w pa ka ale nan entèvyou a nan dat ki te prevwa a. Mete tou nenpòt dokiman ki montre pou kisa w pa ka ale jou sa a.
Pwochen etap apre w fin mande pou chanje dat la:
Si w fè demann pou chanje dat la men ou pa resevwa konfimasyon nan men USCIS ki di yo chanje dat entèvyou w la, ou kapa b fè swivi ak USCIS epi rele oswa voye imèl bay biwo azil kote w te fè demann lan pou w mande si yo chanje dat entèvyou w la. Si w pa ka konfime chanjman dat la, epi ou vle kontinye ak dosye azil ou a, ou ta dwe toujou planifye pou w ale nan dat ki te prevwa a si w kapab.
Si w rate entèvyou azil ou a epi USCIS pa t apwouve yon demann pou chanje dat entèvyou azil ou a, gouvènman an ka voye dosye w la nan tribinal imigrasyon. Si w pèdi dosye w nan tribinal imigrasyon, yo ka depòte w.
Si w te deja rate entèvyou w la, li enfòmasyon sou etap ou kapa b pran yo.
Konbyen tan m ap gen pou m tann anvan yo ban m yon dat pou entèvyou m nan?
Pa gen yon repons klè pou keksyon sa a. Li posib pou w gen pou w tann yon bon bout tan anvan yo ba w yon dat pou entèvyou azil ou a. Kounye a, USCIS ap pran anpil ane pou l bay pifò moun k ap chèche azil yo yon dat pou entèvyou azil.
Pandan w ap tann entèvyou azil ou a, ou kapa b fè demann pou yon pemi travay epi kontinye renouvle l. Si sa fè lontan w ap tann entèvyou azil ou a epi ou vle konnen si w ka fè pwosesis la mache pi vit, li isit la sou etap ou kapa b pran yo.
Kisa mwen kapab fè pandan dosye azil mwen an ap tann nan USCIS?
Si ou gen yon dosye azil k ap tann nan USCIS, pafwa ou dwe tann yon bon bout tan pou yon entèvyou. Men 5 bagay ou kapab fè pandan w ap tann, si ou vle kontinye pouswiv dosye azil ou a.
Kijan mwen kapab bay nouvo prèv pou sipòte dosye azil mwen an apre mwen te fin voye aplikasyon azil mwen an deja?
Si ou te soumèt aplikasyon azil ou a bay USCIS deja, epi kounye a ou gen plis prèv pou sipòte dosye azil ou a, ou kapab swiv etap ki anba yo pou soumèt li.
USCIS di tout prèv dwe soumèt omwen 14 jou anvan dat entèvyou azil ou a. Men, ou pa bezwen tann. Anfèt, se kapab yon bon lide pou soumèt prèv ou yo pi vit posib, menm byen lontan anvan yo planifye yon entèvyou azil pou ou. Nan dat 28 jiyè 2026, USCIS te anonse yon nouvo règleman ki pèmèt ofisye azil yo transfere kèk dosye azil nan tribinal imigrasyon san yo pa fè entèvyou. Si ou pa t bay prèv nan moman ou te aplike pou azil la, sa ta kapab itil pou w eseye bay prèv sipò kounye a. Gade egzanp prèv sipò yo.
Nenpòt prèv ki pa nan lang Anglè dwe genyen yon tradiksyon an Anglè ansanm ak yon sètifika tradiksyon. Ou ta dwe kenbe kopi nenpòt prèv ou voye. Apre sa, pote yon kopi nouvo prèv yo nan entèvyou azil ou a.
Gen 3 fason pou voye nouvo prèv:
(1) Kont USCIS sou entènèt. Si ou te ranpli Fòm I-589 sou entènèt oswa si ou te ajoute Fòm I-589 nan yon kont USCIS (USCIS account) sou entènèt, ou kapab soumèt nouvo prèv ou yo nan onglet “Unsolicited Evidence” la.
(2) Pa imèl. Ou kapab voye nouvo prèv yo bay Biwo Azil la pa imèl. Ou kapab jwenn non biwo azil ou a nan kwen anba sou bò gòch nan lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice). Apre sa, ou kapab chèche biwo w la sou sit entènèt USCIS sa a. Mete kòd postal ou oswa klike sou non eta a. Nan paj ki vin apre a, klike sou non vil la. Enfòmasyon pou Biwo Azil ou a pral parèt epi w ap wè imèl la nan seksyon “Mailing Address” la. Atache yon imaj receipt notice aplikasyon azil ou a ak nenpòt nouvo prèv nan imèl la. Nan liy sijè imèl la, ou kapab ekri “Evidence to supplement Form I-589” epi mete nimewo resi aplikasyon azil ou a, ou jwenn sou receipt notice ou a.
(3) Pa lapòs. Li pi bon pou soumèt prèv yo atravè yon kont USCIS sou entènèt oswa pa imèl. Men ou kapab voye yo pa lapòs tou. Asire w ou sèvi ak yon sèvis lapòs ki bay nimewo swivi (tracking). Ou kapab gade videyo sa a pou aprann sou diferan fason pou voye dokiman w yo pa lapòs.
Ou kapab jwenn non biwo azil ou a nan kwen anba sou bò gòch nan receipt notice aplikasyon azil ou a. Apre sa, ou kapab chèche biwo w la sou sit entènèt USCIS sa a. Mete kòd postal ou oswa klike sou non eta a. Nan paj ki vin apre a, klike sou non vil la. Nan paj ki vin apre a, ou kapab jwenn adrès la anba seksyon “Mailing Address” la.
Ou kapab mete yon paj pa anlè ki gen non ou, nimewo resi aplikasyon azil ou a (ou jwenn sou receipt notice aplikasyon azil ou a), ak “Evidence to supplement Form I-589.” Apre sa, mete yon kopi receipt notice ou a epi apre sa nouvo prèv la.
Èske mwen kapa b jwenn yon randevou pou entèvyou azil mwen an pi vit?
Petèt. Li posib pou mande USCIS pou trete dosye azil ou a pi vit, men pwosesis la difisil epi souvan li pa mache.
Anba la a gen kèk opsyon pou mande USCIS trete dosye azil ou a pi vit. Si yo apwouve demann ou an, sa pa vle di USCIS dakò pou ba ou azil. Sa vle di sèlman y ap planifye entèvyou ou a pi bonè. Desizyon final sou dosye azil ou a kapab pozitif oswa negatif.
Li ka itil pou pale ak yon avoka sou ka espesifik ou a. Jwenn yon avoka isit la.
Opsyon 1. Soumèt yon demann pou akselere nan biwo azil lokal ou a
Ou kapab mande USCIS pou trete dosye ou a pi vit. Yo souvan rele sa yon demann pou “akselere” (expedite). Ou kapab soumèt yon demann alekri pou akselere dosye ou a nan biwo azil lokal USCIS ki pral pran desizyon sou dosye ou a.
Demann lan dwe fèt alekri epi voye l pa imèl oswa pa lapòs (pa nan telefòn). Li ta dwe genyen prèv pou sipòte l. Biwo azil yo egzamine demann sa yo ka pa ka. Yo ka apwouve demann lan si dosye ou a koresponn ak youn oswa plis nan sitiyasyon sa yo:
Ta ka gen gwo domaj finansye pou yon moun oswa yon konpayi si yo pa pran yon desizyon sou dosye ou a pi vit.
Ou ap fè fas ak yon ijans oswa yon sitiyasyon imanitè ijan. Pa egzanp, ou ap soufri ak yon maladi grav oswa fanmi ou ki aletranje an danje.
Ou ap ede gouvènman Ameriken an. Pa egzanp, gouvènman an vle mete ou nan yon pwogram pwoteksyon temwen.
USCIS te fè yon erè klè nan dosye imigrasyon ou a.
Ou kapab vizite paj entènèt an USCIS sa a pou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou soumèt yon demann pou akselere. Ou kapab jwenn tou enfòmasyon ki pi detaye isit la.
Opsyon 2. Mande manm kongrè ou a asistans
Yon lòt opsyon se kontakte manm kongrè ou a (Reprezantan nan Chanm Reprezantan Etazini oswa Senatè Etazini) pou mande asistans yo pou akselere dosye azil ou a ak USCIS. Ou kapab jwenn Reprezantan ou an isit la, epi Senatè ou a isit la.
Chak manm kongrè gen pwòp pwosedi pa yo pou mande èd. Yon fwa ou fin idantifye kilès ki manm kongrè ou a, ou ka ale sou sit entènèt yo oswa rele biwo lokal yo pou konprann ki jan pou mande asistans yo pou dosye imigrasyon ou a. Yo ka mande ou pou ranpli epi siyen divès fòm.
Opsyon 3. Konsidere yon manda mandamis (writ of mandamus).
Yon manda mandamis se yon demann yo fè nan yon tribinal federal. Lè ou depoze yon manda mandamis, ou mande tribinal federal la pou fòse USCIS pran yon desizyon sou dosye ou a. Ou kapab aprann plis sou manda mandamis sou paj entènèt sa a.
Kisa k pase nan yon entèvyou azil?
Pandan entèvyou azil la, yon ofisye azil pral poze w kesyon pou detèmine si ou kalifye pou azil. Entèvyou a kapa b pran anpil tan — soti nan 1 èdtan rive plis pase 4 èdtan.
Lè ou rive nan biwo azil la, ou pral pase nan yon tcheke sekirite (security checks) dabò. Apre sa, ou kapa b prezante tèt ou bay yon resepsyonis. Ou pral tann nan yon sal datant jiskaske yon ofisye azil rele non w epi mennen w nan yon chanm prive pou entèvyou w la. Entèprèt ou ak avoka w (si ou genyen youn) kapa b vini avèk ou.
Yon fwa ou nan chanm entèvyou a, ofisye azil la pral mande w pou fè sèman ke ou pral di laverite nan entèvyou a.
Si ou gen nenpòt dokiman ou pa t soumèt anvan, ou ta dwe voye yo bay Biwo Azil la omwen 14 jou davans epi pote kopi anplis nan entèvyou w la. Nan kòmansman entèvyou a, ou kapa b mande ofisye a si yo te resevwa lòt prèv ou te voye yo, epi ba yo kopi si yo pa t resevwa yo.
Ofisye a pral revize aplikasyon azil ou a avèk ou, sa gen ladan l enfòmasyon tankou non w, adrès ou, ak nimewo telefòn ou. Apre sa, ofisye a pral poze w kesyon sou dosye w la. Kèk kesyon ofisye a kapa b poze w ka gen ladan l poukisa ou te kite peyi orijin ou, ki kalite mal ou te sibi, si ou te eseye jwenn èd nan men lapolis oswa gouvènman an, ak kisa ki ta kapa b rive w si ou ta tounen nan peyi orijin ou nan lavni.
Nan fen entèvyou a, si ou gen yon avoka, avoka w la pral gen dwa pale. Avoka w la kapa b esplike ofisye a poukisa ou ta dwe genyen azil la. Finalman, ofisye a pral esplike kijan ou pral resevwa desizyon w lan. Apre sa, entèvyou a ap fini epi w ap soti nan chanm nan.
Li enpòtan pou w onèt nan entèvyou a. Enfòmasyon ki pa kòrèk oswa ki pa konsistan kapa b lakòz pwoblèm pou dosye imigrasyon w lan. Ou ta dwe revize aplikasyon azil ou a ak prèv ou te soumèt yo, anvan entèvyou a.
Si ou santi w konfonn nenpòt lè pandan entèvyou a, ou kapa b mande klarifikasyon. Si ou pa konnen repons yon kesyon, li nòmal pou w di ou pa konnen repons lan. Si ofisye a mande ki lè yon bagay te pase, ou pa oblije bay yon dat egzak si ou pa konnen l. Ou kapa b bay yon dat apwoksimatif (pa egzanp, ou kapa b di “nan zòn avril oswa me ane pase” oswa “prentan pase”). Si ou gen difikilte pou w konprann entèprèt ou a, ou ta dwe di ofisye azil la sa.
Li nòmal pou w santi w nève oswa estrèse pandan entèvyou azil ou a. Sa kapa b trè difisil ak trè emouvan pou w pale de pase w ak krent ou yo. Li nòmal si ou kriye pandan entèvyou a. Ou kapa b mande ofisye a yon poz si ou bezwen youn. Enfòmasyon ou pataje pandan entèvyou a sipoze rete konfidansyèl ak sekrè, donk yon moun andeyò gouvènman Ameriken an pa ta dwe konnen istwa w. Pwosesis pou chèche azil la kapa b difisil, men sonje ke ou pa poukont ou. Gen plizyè milye moun k ap chèche azil Ozetazini.
Pou plis enfòmasyon sou entèvyou azil yo, ou kapa b gade videyo sa a.
Kisa mwen ta dwe pote nan entèvyou a?
Ou ta dwe pote:
Avi entèvyou azil ou a.
Mari oswa madanm ou ak pitit ou yo ki enkli nan dosye azil ou a.
Yon entèprèt, si ou pa pale Anglè byen.
Avoka oswa reprezantan ou, si ou genyen youn.
Dokiman Idantite, tankou yon paspò, pou ou menm ak manm fanmi ou ki enkli nan dosye azil ou a.
Yon kopi aplikasyon azil (Fòm I-589) ou a ak dokiman sipò yo.
Original tout dokiman ou te soumèt ak aplikasyon azil ou a, tankou paspò, dokiman depi lè ou te antre Ozetazini, akte nesans, ak akte maryaj pou ou menm ak fanmi ou ki enkli nan dosye azil ou a.
Nenpòt lòt prèv anplis ki sipòte dosye ou. Men ou ta dwe tou voye nouvo prèv sa yo nan Biwo Azil la omwen 14 jou anvan entèvyou ou a.
Tradiksyon ak sètifika tradiksyon pou nenpòt dokiman ki pa nan lang Anglè.
Lèt randevou pou al fe byometrik (biometrics notice) ou a ki gen yon tenm ki montre ou te ale nan randevou byometrik ou a.
Li enstriksyon ki nan avi entèvyou ou a byen pou wè si ou bezwen pote nenpòt lòt bagay nan entèvyou ou a.
Ou pa ta dwe pote:
Manje ak bwason.
Aparèy elektwonik. Ou kapab kite telefòn selilè ou ak lòt aparèy elektwonik lakay ou oswa nan machin ou.
Nenpòt zam oswa objè ki file. Y ap tcheke sekirite (security checks) lè ou rive nan biwo azil la.
Bagay sa yo pa obligatwa, men yo ka itil:
Ou kapab pote yon bagay pou okipe ou menm ak fanmi ou pandan n ap tann. Pafwa, apre ou fin rive nan biwo azil la, ou pral bezwen tann yon ti tan anvan entèvyou a kòmanse. Ou pa kapab pote aparèy elektwonik, men ou kapab pote bagay tankou liv ak magazin. Si ou gen yon timoun piti, ou ta dwe pote yon bagay pou okipe li, tankou yon jwèt oswa yon liv koloryaj. Ou ka pase plizyè èdtan nan biwo azil la.
Ou ta dwe abiye ak rad ki pwòp e ki kòrèk. Ou pa oblije mete yon kostim. Ou kapab pote yon chanday oswa yon vès paske kèk biwo azil ka fè frèt.
Planifye pou rive bonè (anviwon 30 minit anvan lè ki te fikse a).
Ou kapab gade videyo sa a pou plis enfòmasyon sou entèvyou azil yo.
Èske mwen bezwen mennen fanmi mwen nan entèvyou a?
Wi, si ou gen manm fanmi ki enkli nan dosye azil ou a, yo bezwen vini nan entèvyou azil la avèk ou. Men, an jeneral yo p ap poze yo keksyon. Si yo pa enkli nan dosye azil ou a, yo pa bezwen vini.
Ou ka bezwen mennen yon moun pou chita ak pitit ou yo pandan y ap poze w keksyon nan entèvyou a. Pitit ou yo ki enkli nan dosye w la bezwen vini nan biwo USCIS la avèk ou, men gen anpil chans pou yo chita nan sal tann nan pandan yon ofisye azil ap poze w keksyon nan entèvyou a.
Ou ka santi w pi alèz tou pou w pale sou evènman difisil ki te pase oswa krentif ou genyen pou w tounen lakay ou si pitit ou yo pa nan sal entèvyou a avèk ou. Men, timoun piti pa gen dwa chita pou kont yo nan sal tann nan, donk ou ka bezwen yon moun pou siveye yo.
Tanpri revize enstriksyon ki nan lèt randevou pou entèvyou w la byen anvan entèvyou w la.
Ou kapa b gade videyo sa a tou pou plis enfòmasyon sou entèvyou azil yo.
Èske mwen bezwen mennen yon avoka nan entèvyou a?
Yon avoka pa obligatwa pou entèvyou a, men si ou gen yon avoka, ou gen dwa mennen avoka w la avèk ou.
Avoka w la pa gen dwa pale pandan pifò tan nan entèvyou a. Avoka a ka pran nòt pandan entèvyou a, reponn nenpòt keksyon ofisye azil la poze l, epi tou li ka di yon bagay nan fen entèvyou a pou l esplike poukisa yo ta dwe ba ou azil.
Tanpri pran nòt ke avoka w la ka kapab patisipe nan entèvyou a a distans, nan telefòn.
Paj sa a ka ede w chèche yon avoka imigrasyon toupre w.
Ou kapa b gade videyo sa a tou pou plis enfòmasyon sou entèvyou azil yo.
Si mwen pa pale Angle, èske mwen bezwen mennen yon entèprèt nan entèvyou a?
Wi, ou ta dwe mennen yon entèprèt nan entèvyou a si ou pa pale Angle byen. Sa enpòtan anpil! Si ou bezwen yon entèprèt men ou pa mennen youn, ofisye azil la ka chanje dat entèvyou w la, oswa voye dosye w la nan tribinal imigrasyon, oswa menm fèmen tout dosye azil ou a nèt.
Li lèt randevou pou entèvyou w la avèk atansyon pou w wè enstriksyon yo! Ou kapa b gade videyo sa a tou pou plis enfòmasyon sou entèvyou azil yo.
Men kèk konsèy sou fason pou w jwenn yon entèprèt si w bezwen youn:
Si ou mennen yon entèprèt, entèprèt la dwe gen omwen 18 an epi li dwe pale Angle ak lang ou prefere a byen.
Entèprèt ou a pa obligatwa pou l gen yon sètifikasyon pwofesyonèl kòm entèprèt.
Asire w ke entèprèt ou a se yon moun ki serye ki pral tradui chak mo ou di yon fason ki kòrèk, epi ki pral kenbe enfòmasyon ou yo konfidansyèl. Entèprèt ou a pa kapab avoka w, yon temwen ki pral temwaye pou ou, oswa yon reprezantan oswa yon anplwaye gouvènman peyi kote w soti a.
Si ou mennen yon entèprèt, ofisye azil la ap rele pwòp entèprèt pa l tou nan telefòn, pou l asire l ke tout sa entèprèt ou a ap di a kòrèk. Entèprèt sa a ki nan telefòn nan ap rete an silans pifò tan an, epi l ap pale sèlman si ofisye azil la mande l sa, oswa si li santi li bezwen korije yon bagay.
Si ou soud oswa ou gen pwoblèm pou tande, USCIS ap bay yon entèprèt pou ou men ou dwe mande youn. Pou w mande yon entèprèt, swiv enstriksyon ki sou lèt randevou pou entèvyou azil ou a. Ou kapa b ranpli fòm sa a tou oswa rele 1-800-375-5283.
Èske mwen kapa b mande pou se yon ofisye azil fi oswa gason ki fè entèvyou mwen an?
Wi, ou kapa b mande pou se yon ofisye azil fi oswa gason ki fè entèvyou mwen an. USCIS rekonèt pafwa li pi difisil pou w pale de eksperyans ou te pase ak yon moun ki gen yon sèten sèks. Biwo azil la pral fè tout sa l kapab pou l onore demann ou an. Ou kapab soumèt yon lèt ekri oswa yon imèl bay biwo azil ou a pou mande yon ofisye azil fi oswa gason.
Èske enfòmasyon mwen pataje nan entèvyou a ap rete konfidansyèl?
Wi, enfòmasyon ou yo dwe rete konfidansyèl. Sa vle di enfòmasyon ou yo pa dwe pataje ak lòt moun andeyò gouvènman Etazini an.
Kisa mwen dwe fè si mwen te rate entèvyou azil mwen an?
Si ou te rate entèvyou ou a epi ou vle kontinye pouswiv dosye azil ou a, ou ta dwe kontakte biwo azil la pi vit posib. USCIS di ou dwe soumèt yon demann pou chanje dat entèvyou ou a nan yon delè 10 jou, epi montre yon rezon “eksepsyonèl” ki fè w te rate entèvyou a.
Egzanp sikonstans eksepsyonèl yo gen ladan vyolans domestik oswa maladi grav. Ou kapab li plis sou “sikonstans eksepsyonèl” sou paj entènèt an USCIS sa a. Lè ou kontakte biwo azil la, ou kapab esplike sitiyasyon ou epi soumèt prèv ki enpòtan.
Si ou rate entèvyou azil ou a epi ou pa soumèt demann ou pou chanje dat la nan yon delè 10 jou, oswa si USCIS di rezon ou an pa eksepsyonèl, USCIS ap pwobableman refize chanje dat entèvyou azil ou a.
Kisa k ap pase si USCIS pa chanje dat entèvyou azil mwen an?
Sa k ap pase apre a depann de sitiyasyon ou:
Si ou pa gen lòt estati imigrasyon (tankou Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) oswa yon viza valab ki pa t ankò ekspire), USCIS ap pwobableman kòmanse yon dosye nan tribinal imigrasyon kont ou.
Si ou gen pawol (“parole”), USCIS kapab anile pawol ou a epi kòmanse yon dosye nan tribinal imigrasyon kont ou.
Si ou gen yon lòt estati imigrasyon, USCIS ap anile dosye azil ou a.
Anplis de sa, si sa fè mwens pase 180 jou depi ou te aplike pou azil, lefètke ou rate entèvyou azil ou a kapab tou reta premye aplikasyon pemi travay ou a.
Ou kapab tcheke estati dosye azil ou a lè w sèvi ak zouti pou tcheke estati dosye USCIS sa a. Ou ka swete jwenn asistans legal pou w konprann opsyon ou genyen yo.
Konbyen tan mwen dwe tann pou yon desizyon apre entèvyou azil mwen an?
Tan datant pou yon desizyon nan USCIS kapa b varye. Nan ane 2025 ak 2026, chanjman nan politik yo te lakòz gwo reta. Pa egzanp, depi nan fen ane 2025 rive 30 mas 2026, tout desizyon azil nan USCIS te kanpe. Depi 30 mas rive 5 jen 2026, desizyon azil yo te toujou kanpe pou moun k ap chèche azil ki soti nan 40 peyi. Kounye a, yon tribinal pase USCIS lòd pou l kòmanse pran desizyon azil ankò. Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa.
Longè tan datant lan pa nesesèman endike si y ap apwouve oswa si y ap refize dosye w la finalman.
Nòmalman, y ap voye desizyon an ba ou nan lapòs si sa pran plis pase 2 senmenn apre entèvyou w la. Si ou deplase epi ou vle resevwa desizyon an, asire w ou mete adrès ou ajou nan USCIS.
Anvan nouvo chanjman politik sa yo, li te komen pou kèk aplikan resevwa desizyon yo de senmenn apre entèvyou yo a, epi yo te mande yo pou yo tounen nan biwo azil kote yo te fè entèvyou a pou yo ka resevwa desizyon an. Men, delè sa a vin mwens komen kounye a.
Si plizyè mwa oswa plis pase depi ou te fè entèvyou w la epi ou poko resevwa yon desizyon, ou kapa b eseye kontakte biwo azil USCIS ki te fè entèvyou w la pa lapòs oswa pa imèl pou mande yon desizyon. Kalite demann sa a kapa b difisil pou yo aksepte l. Demann ou an dwe genyen non ou, dat entèvyou w la, ak nimewo alyen (A number) ou ak nimewo resi w (ou kapa b jwenn sa yo sou lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice)). Kenbe yon prèv kominikasyon sa a.
Kisa k ap pase si USCIS pa akòde m azil apre entèvyou mwen an?
Si USCIS deside pou l pa akòde w azil, sa k ap pase apre a depann de sitiyasyon w.
Si USCIS pa akòde w azil, epi ou pa gen lòt estati imigrasyon (tankou Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) oswa yon viza ki valid), yo pral gen anpil chans kòmanse yon dosye nan tribinal imigrasyon kont ou. Nan tribinal imigrasyon, w ap gen yon lòt chans pou w mande azil devan yon jij imigrasyon epi ou kapa b kontinye sèvi ak pemi travay ou. Nan fen dosye w la nan tribinal, si ou pèdi, yon jij imigrasyon kapa b ba ou yon lòt depòtasyon. Ou kapa b li plis sou fason pou chèche azil nan tribinal imigrasyon.
Si USCIS pa akòde w azil, epi ou gen yon lòt estati imigrasyon, yo pa ta dwe kòmanse yon dosye nan tribinal imigrasyon kont ou. Okontrè, ofisye azil la ta dwe ba ou yon ti tan pou w bay lòt prèv epi apre sa l ap akòde w oswa l ap refize w azil la. Si USCIS refize w azil, ou kapa b toujou rete Ozetazini pandan w ap kenbe lòt estati imigrasyon w lan. Pemi travay ou ki baze sou demann azil la ap fini otomatikman.
Kisa k ap pase si USCIS akòde w azil?
Si USCIS akòde w azil, felisitasyon! Ou fin pase yon pati ki trè difisil nan pwosesis la.
Kisa ki ta dwe fèt otomatikman:
Ou jwenn estati azil (asylee status). Yo rele yon moun ki genyen ka azil li yon “azile.”
Nenpòt manm fanmi ki te enkli nan dosye w la genyen azil tou. Si ou te enkli mari/madanm ou oswa pitit ou yo nan dosye azil ou a, yo ta dwe resevwa azil anmenmtan avèk ou.
Ou gen otorizasyon pou w travay: Ou ta dwe resevwa yon fòm I-94 pou azile ak yon kat pemi travay nan men USCIS ki montre ou genyen azil. Menm anvan ou resevwa nouvo kat pemi travay ou a, ou kapa b travay deja lè w montre fòm I-94 pou azile w la.
Pwochen etap pou w franchi:
Aplike pou rezidans pèmanan (permanent residence). Ou kapa b aplike pou ajisteman estati (adjustment of status) (yo rele l tou kat rezidan pèmanan) nenpòt kilè apre ou fin genyen azil. USCIS pa ka apwouve rezidans pèmanan an toutotan omwen 1 ane pa pase apre ou fin genyen azil, epi sa pral gen plis chans pran plis tan.
Mande azil pou manm fanmi ki pa t enkli yo. Pandan premye 2 ane apre ou fin genyen azil, ou kapa b mande azil pou mari/madanm ou oswa pitit ou ki pa marye ki gen mwens pase 21 an si yo pa t genyen azil ansanm avèk ou. Ou kapa b mande azil pou manm fanmi sa yo menm si yo andeyò Etazini, oswa si y ap viv Ozetazini san okenn estati imigrasyon. Pou kòmanse pwosesis sa a, ranpli Fòm I-730 nan yon delè 2 ane apre yo fin akòde w azil. Pa gen okenn frè pou ranpli fòm sa a. Si yo apwouve Fòm I-730 ou a, mari/madanm ou oswa pitit ou yo ta dwe kapa b vwayaje vin jwenn ou Ozetazini. Anvan sa, gouvènman ameriken an t ap bloke manm fanmi yo pou yo pa vwayaje vin Ozetazini si yo te soti nan youn nan 40 peyi sa yo. Men, nan dat 29 jiyè 2026, yon tribinal te lòd gouvènman ameriken an pou l sispann politik sa a. Nou poko konnen ki jan vit manm fanmi moun ki gen azil yo pral kapa b vini Ozetazini toutbonvre.
Lòt bagay pou w konnen:
Ou gen yon tan limite pou w aplike pou benefis gouvènman an, sa gen ladan l posiblite pou w jwenn asistans lajan kach ak asistans medikal. Yo rele sa yo “benefis pou azile.” Ou kapa b jwenn òganizasyon pou ede w sou sit entènèt gouvènman sa a.
Si w te fèt gason epi w gen ant 18 ak 25 an, ou ta dwe anrejistre nan Sèvis Selektif (Selective Service).
Ou kapa b li enfòmasyon sou vwayaje apre ou fin genyen azil.
Nòt: si ou genyen azil nan tribinal imigrasyon, pwochen etap yo sanble anpil. Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa.
Ki kote biwo azil mwen an ye epi kòman mwen ka kontakte yo?
Si ou te resevwa lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice), w ap jwenn adrès biwo azil ou a nan pati anba sou bò gòch lèt la.
Si ou bezwen kontakte biwo azil la, ou ka jwenn enfòmasyon pou kontakte yo sou paj entènèt an USCIS sa a. Apre ou fin klike sou eta kote ou rete a oswa ou fin antre kòd postal (zip code) ou, klike sou non vil kote biwo a ye a. Apre sa, w ap wè yon paj ki gen enfòmasyon sou adrès postal, lè biwo a ouvri, ak enfòmasyon pou kontakte yo, sa ki gen ladan l yon adrès imèl.
Ou ka tcheke tou si biwo azil lokal ou a ouvri lè ou ale sou paj entènèt USCIS sa a.
Kisa revèy (“asylum clock”) la ye?
Revèy azil la se yon zouti USCIS ak tribinal imigrasyon itilize pou konte kantite jou depi lè ou te soumèt aplikasyon azil ou a. Gade videyo sa a sou revèy azil la.
Lè ou gen 150 jou sou revèy ou, ou kapa b aplike pou yon pemi travay. Lè ou gen 180 jou sou revèy ou, ou ka resevwa yon pemi travay.
Men, revèy la ka “kanpe” epi “rekòmanse” nan diferan etap nan dosye w la, donk sa ka pran plis pase 150 jou kalandriye anvan ou ka soumèt aplikasyon w pou yon pemi travay. Li kesyon ki anba a pou w konnen kòman pou w tcheke revèy ou.
Kòman pou m konnen konbyen jou ki genyen sou revèy azil mwen an si m ap aplike pou azil nan USCIS?
Pou konnen konbyen jou ki genyen sou revèy azil ou nan USCIS, ou ka tcheke lèt receipt notice ou a pou w wè dat yo te resevwa aplikasyon azil ou a. Apre sa, ajoute 150 jou pou w konnen ki lè ou kapa b aplike pou yon pemi travay. (Pa egzanp, si yo te resevwa aplikasyon azil ou a nan dat 1ye septanm 2023, ou ta ka chèche sou Google “150 days after September 1, 2023” pou w konnen ou ta ka aplike pou yon pemi travay apati 29 janvye 2024.)
Men, USCIS ka “kanpe” epi “rekòmanse” revèy azil ou a pou diferan rezon. Pa egzanp, revèy ou a ka kanpe si:
Ou te manke yon entèvyou oswa yon randevou byometrik (biometrics appointment).
Ou te mande pou chanje dat yon entèvyou.
Ou te deplase al rete byen lwen epi USCIS transfere dosye w la nan yon lòt biwo azil.
Si ou panse USCIS te kanpe revèy ou a, ou ka rele oswa voye yon imèl bay biwo azil lokal ou a pou mande plis enfòmasyon. Ou ka vle jwenn yon avoka tou pou ede w ranje pwoblèm ak revèy azil ou a. Jwenn èd legal isit la.
Ou kapa b gade videyo sa a sou revèy (“asylum clock”) la tou.
Si yo te refize pemi travay ou paske ou pa t gen ase jou sou revèy ou a, epi ou rezoud pwoblèm nan, ou kapa b soumèt aplikasyon pemi travay ou a ankò.
Kouman mwen kapa b mande USCIS dokiman imigrasyon mwen yo?
Si ou bezwen kopi aplikasyon ak dokiman ou te depoze nan USCIS, ou kapa b mande yo atravè yon pwosesis yo rele demann Freedom of Information Act (“FOIA”). (Si ou te janm gen yon dosye nan tribinal imigrasyon, epi ou vle mande dosye sa yo, gen yon pwosesis diferan pou tribinal imigrasyon.)
Ou kapa b fè yon demann FOIA ak USCIS sou entènèt. Pwosesis sa a kapa b pran anpil tan. Si ou mande dokiman espesifik olye pou w mande tout dosye imigrasyon w lan ("A-file"), USCIS di y ap trete demann ou an pi vit.
Apre ou fin soumèt yon demann FOIA, USCIS sipoze ba ou yon kopi dokiman ou te mande yo. Men, yo kapa b pa ba ou tout dokiman ou te mande yo, oswa yo kapa b ba ou dokiman kote kèk enfòmasyon kache anba lank nwa. Ou kapa b eseye bay detay presi nan demann FOIA ou a pou w eseye jwenn sa ou bezwen, men sa kapa b pa mache. Depi 2025, nou tande pale de anpil ka kote USCIS voye dokiman tounen ak enfòmasyon yo konplètman kache anba lank nwa.
Si ou bezwen mande dokiman pou plizyè moun, ou ta dwe soumèt demann separe pou chak moun, sinon USCIS di l ap rejte demann ou an.
Pou fè yon demann FOIA nan USCIS:
Ale sou paj entènèt an USCIS sa a epi konekte nan kont USCIS ou sou entènèt. Ou kapa b bezwen kreye yon kont USCIS si ou pa gen youn.
Chwazi si w ap mande pwòp dosye pa w oswa dosye yon lòt moun (pa egzanp, dosye pitit ou).
Chwazi ki kalite dosye w ap mande. Si ou ta renmen tout dokiman ou yo, chwazi “Other” epi ekri “Entire A-file” nan bwat tèks la.
Reponn kesyon sou tèt ou ak sou dosye w la.
Revize deklarasyon ki anba “Consent to pay fees and release documents” epi koche kaz la si ou li l epi ou dakò.
Apre sa, lè w pare, tape non w nan bwat tèks ki anba “Type in your name to sign” epi klike sou “Submit Request”.
Ou ta dwe resevwa yon imèl ak yon lyen pou rezilta w yo yon fwa yo pare.
Ou kapa b gade videyo sa a sou demann FOIA. Ou kapa b jwenn plis enfòmasyon tou sou fason pou soumèt yon demann FOIA bay USCIS isit la.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) gen kòm objektif pou bay enfòmasyon ki baze sou reyalite konsènan lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo pa reprezante konsèy legal.
Tout kontni legal yo ekri epi revize legalman pa ekip avoka ekspè nan imigrasyon ASAP yo. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo admèt nan Baro nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm nan dwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè pri pou travay legal yo fè.