Ekri pa avoka imigrasyon ekspè ASAP yo · Mizajou nan dat
Avi sa a ki soti nan USCIS fè konnen ou dwe peye yon frè azil pou peye chak ane (annual asylum fee). Ou kapab wè dat limit pou peye frè sa a kote avi a di “Payment due on.” Kounye a, frè sa a se $102, men apati 16 oktòb 2026, frè a pral monte a $105.
Ou kapab peye frè a sou sit entènèt peman USCIS sa a. Antre nimewo alyen (A number) ou ak nimewo lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) ki sou avi sa a. USCIS mande pou peye frè azil pou peye chak ane a si ou te soumèt yon aplikasyon azil bay USCIS depi plis pase yon ane, epi aplikasyon azil ou a toujou annatant nan USCIS.
Ou ka te resevwa lòt vèsyon avi a tou ki sanble ak sa a, sa a, sa a, oswa sa a.
Ou kapab jwenn enfòmasyon ki pi resan yo konsènan frè azil pou peye chak ane nan USCIS la a.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) gen pou objektif pou bay enfòmasyon egzat sou lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo pa konsèy legal.
Tout kontni legal yo ekri epi yo revize legalman pa ekip avoka imigrasyon ekspè ASAP yo. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo gen lisans pou pratike lalwa nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm nan dwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè pri pou travay legal yo fè.
