Ekri pa avoka imigrasyon ekspè ASAP yo · Mizajou nan dat
Dokiman sa a se yon avi pou entèvyou azil ki soti nan Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini (USCIS). Avi sa a di w ki lè ak ki kote entèvyou azil ou a pral fèt. Entèvyou azil la se youn nan dènye etap nan pwosesis azil USCIS la. Pandan entèvyou w la, yon ofisye azil pral poze w kesyon sou dosye azil ou a.
Si ou aplike pou azil nan USCIS, ou ta dwe resevwa avi entèvyou azil sa a. Si w ap fè demann azil nan tribinal imigrasyon, ou p ap resevwa avi sa a paske se yon pwosesis ki diferan.
Ou dwe pote avi sa a avèk ou nan entèvyou azil ou a. Tanpri li nenpòt enstriksyon ki tache ak avi sa a. Enstriksyon yo gen enfòmasyon ki pi resan yo.
Si ou pa kapab ale nan entèvyou w la, ou kapab mande pou yo chanje dat la. Men, li posib pou USCIS pa aksepte demann ou an. Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa a.
Si ou te deja rate entèvyou w la, li etap ou kapab suiv yo. Si ou vle kontinye ak dosye w la, li enpòtan pou w fè pwochen etap yo pi vit posib.
Li plis enfòmasyon sou pwosesis pou chèche azil nan USCIS.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) gen kòm objektif pou bay enfòmasyon ki baze sou reyalite konsènan lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo pa konsèy legal.
Tout kontni legal se ekip avoka imigrasyon ekspè ASAP yo ki ekri li epi ki revize li nan nivo legal. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo gen lisans pou yo pratike lalwa nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm nan dwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè pri pou travay legal yo fè.
