Ekri pa avoka imigrasyon ekspè ASAP yo · Mizajou nan dat
USCIS kapa b pran plizyè ane pou trete epi deside sou dosye azil yo. Si ou gen yon dosye azil k ap tann nan USCIS, men 5 bagay ou kapa b fè pandan w ap tann.
1. Tcheke estati dosye w la regilyèman
Apre ou fin soumèt aplikasyon azil ou a bay USCIS, ou ta dwe tcheke estati dosye w la chak semèn. Mete nimewo resi a ki nan lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) pou aplikasyon azil ou a sou sit entènèt estati dosye USCIS la.
Apre ou fin soumèt aplikasyon azil ou a, USCIS ta dwe planifye yon randevou byometrik (biometrics appointment) (oswa pran anprent), epi finalman yon entèvyou azil. Paske USCIS ap ogmante tcheke sekirite (security checks) yo, yo kapa b planifye yon lòt randevou byometrik pou ou menm si ou te deja fè youn nan tan pase. Sit entènèt estati dosye a ta dwe di w si USCIS te voye yon avi ba ou pou randevou sa yo. Li enfòmasyon sou mesaj ki pi komen yo sou sit entènèt estati dosye a.
Avi yo ta dwe rive nan kont USCIS sou entènèt ou an si ou gen youn, oswa pa lapòs si ou pa genyen. Tcheke si gen nouvo avi chak semèn. Si ou deplase, ou kapa b chanje adrès ou ak USCIS pou kontinye resevwa avi yo.
2. Tcheke si frè azil pou peye chak ane w la dwe peye epi peye l alè
Gen yon nouvo frè azil pou peye chak ane (annual asylum fee) pou chak ane yon aplikasyon azil ap tann yon desizyon. Frè a se $102 kounye a, men apati 16 oktòb 2026, frè a pral monte a $105. USCIS sipoze voye yon avi ba ou lè dat pou peye frè azil pou peye chak ane w la rive, epi w ap gen 30 jou pou w peye l. Ou kapa b tcheke tou si frè w la dwe peye sou sit entènèt USCIS sa a. Si sit entènèt la di frè w la poko dwe peye, ou kapa b kontinye tcheke sit entènèt la chak semèn. Jwenn enfòmasyon ki ajou sou frè azil pou peye chak ane a ak fason pou peye l isit la.
3. Renouvle pemi travay ou
Ou kapab aplike pou premye pemi travay ou 150 jou apre ou fin soumèt aplikasyon azil ou bay USCIS. Ou kapab aplike pou renouvle pemi travay ou pandan dosye w la ap tann yon desizyon, epi ou ka vle aplike pou renouvèlman an 1 an anvan dat ekspirasyon an, pou ogmante chans pou w resevwa nouvo pemi travay ou anvan sa ou genyen kounye a la ekspire. Aprann kijan pou w renouvle.
4. Kontinye prepare w pou entèvyou w la
USCIS kòmanse voye kèk moun k ap chèche azil dirèkteman nan tribinal imigrasyon san yo pa ba yo yon entèvyou anvan. Men si yo pa voye dosye w la nan tribinal imigrasyon, alò ou ta dwe toujou pase yon entèvyou. Pou w prepare w pou entèvyou w la:
Eseye rasanble plis prèv pou sipòte dosye azil ou a. Ou ta dwe soumèt nenpòt nouvo prèv bay USCIS pi vit posib. Pa tann se lè w nan entèvyou a pou w pote yo.
Sa kapab itil pou w jwenn yon avoka ki ka ede w prepare dosye azil ou a. Menmsi ou pa kapab peye yon avoka pou reprezante w, sa kapab itil toujou pou w diskite sou dosye azil ou a ak yon avoka.
Gade videyo sa a pou plis enfòmasyon sou entèvyou azil yo.
5. Enskri pou w vin manm ASAP pou w ka jwenn dènye enfòmasyon legal yo gratis pa SMS oswa pa imèl
Chak mwa, ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) bay tout manm li yo dènye enfòmasyon legal yo gratis pa imèl oswa pa mesaj tèks – sa gen ladan l enfòmasyon sou kijan lwa yo ap chanje. Enskri pou w vin manm ASAP se konplètman gratis pou moun k ap chèche azil Ozetazini.
Asylum Seeker Advocacy Project (ASAP) vize bay enfòmasyon ki baze sou reyalite konsènan lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo se pa konsèy legal.
Tout kontni legal yo ekri epi yo revize legalman pa ekip avoka ekspè nan imigrasyon ASAP yo. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo admèt nan Baro nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm nan dwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè pri pou travay legal yo fè.