Paj sa a gen mizajou pou ane ki sot pase a.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) ak yon patnè lanse yon nouvo zouti ki rele Asylum.Info! Ou kapab enskri pou resevwa alèt nan mesaj tèks pou konnen ki lè frè azil pou peye chak ane USCIS ou a dwe peye. Ou kapab kontinye tcheke USCIS ou menm tou.
Paj sa a te mete ajou sa pa gen lontan pou l genyen enfòmasyon pou moun k ap chèche azil yo sou pwosesis azil la, randevou nan tribinal imigrasyon, ak Estati Espesyal pou Jèn Imigran (SIJS).
Dat ak kote randevou nan tribinal imigrasyon yo ap chanje ak yon avi ki kout anpil. Tcheke orè randevou tribinal ou a chak semèn si ou kapab.
USCIS ap transfere kèk dosye azil nan tribinal imigrasyon san yo pa fè entèvyou. Tcheke estati dosye USCIS ou a, lapòs ou, ak nenpòt kont USCIS sou entènèt chak semèn pou w wè si gen nenpòt avi.
DetentionHelp se yon zouti gratis pou moun ki nan detasyon imigrasyon, se ASAP ak patnè li yo ki bati li. Li ede w prepare yon demann habeas corpus (habeas petition) pou mande yon tribinal federal pou lage w.
Tribinal yo ap planifye kèk randevou pou plizyè santèn moun anmenmtan. Rive bonè ak ase tan pou w pase nan liy sekirite a epi jwenn sal tribinal ou a.
USCIS anonse ke si ou te resevwa Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pou El Salvador, Soudan oswa Ikrèn, pwoteksyon ou ak pemi travay ou rete valid pou kounye a, jiskaske yo fè nenpòt nouvo anons.
Depi nan mwa oktòb 2026, USCIS ap mande frè azil pou peye chak ane a pou pi plis dosye toujou. Tcheke si frè w la dwe peye kounye a! Menm si ou te deja peye frè a yon fwa, ou ta dwe kontinye tcheke pou w wè si dezyèm peman w lan dwe fèt.
Frè azil pou peye chak ane (annual asylum fee) a se $105 kounye a pou tribinal imigrasyon yo ak Komisyon Apèl Imigrasyon (BIA).
Si ou te resevwa yon amann ant 27 jen 2025 ak 13 oktòb 2026 paske ou pa t kite peyi Etazini apre ou te fin resevwa yon depa volontè oswa yon lòd depòtasyon (removal order), gouvènman an pa gen dwa fè ou peye amann sa a pou kounye a.
Sistèm sou entènèt pou jwenn kote moun ICE detni yo pa montre moun ki nan detansyon ki gen yon lòd depòtasyon final ankò. Si ou pa kapa b jwenn yon moun ou renmen, sa pa vle di nesesèman yo te depòte li.
Gouvènman an voye imèl bay kèk moun k ap chèche azil pou di yo viza yo kapa b anile. Sa pa fèmen dosye azil ou a epi sa pa vle di ou dwe kite peyi Etazini.
Si peryòd peman frè azil pou peye chak ane ou a te ekspire nan USCIS, ou ta dwe kapa b peye kounye a! Sa posib gras ak viktwa manm ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) yo te genyen nan tribinal.
Si ou te fè yon demann azil nan USCIS, ou dwe montre yon rezon "eksepsyonèl" pou chanje dat la nan yon delè 10 jou anvan randevou byometrik (biometrics appointment) oswa entèvyou azil ki te pwograme a.
ICE ap detni plis imigran nan ayewopò yo toupatou nan peyi a, sa gen ladan l moun ki gen aplikasyon k ap tann desizyon, pemi travay ki valid, oswa moun estati imigrasyon yo pral ekspire talè.
Èske dosye azil ou a ap tann desizyon nan tribinal imigrasyon oswa nan USCIS? Èske dosye w la nan apèl nan BIA? Tcheke si frè azil pou peye chak ane ou a dwe peye kounye a, epi peye l alè!
Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) ap fini pou anpil peyi. Li dènye enfòmasyon yo pou tout peyi ki gen TPS.
Pou dosye azil ki nan apèl, Komisyon Apèl Imigrasyon (BIA) kòmanse voye lòd pou peye frè azil pou peye chak ane (annual asylum fee). Men, menm si ou poko resevwa yon lòd, ou kapa b chwazi peye kounye a.
Kòm repons pou pwose manm ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) te fè, gouvènman an pwolonje otorizasyon travay pou anpil moun ki gen TPS ki soti El Salvador, Soudan, ak Ikrèn.
Yon tribinal pèmèt USCIS revize kèk apwobasyon imigrasyon ki te fèt nan tan pase pou imigran ki soti nan 40 peyi ki te rive Ozetazini nan dat 20 janvye 2021 oswa apre sa.
Gouvènman an pibliye de nouvo dekrè prezidansyèl ki gen rapò ak sitwayènte pa nesans (birthright citizenship). Si ou menm oswa pitit ou se sitwayen ameriken, konsidere fè demann pou yon paspò kounye a si ou pa gen youn.
Si ou genyen azil, li kapa b posib pou ou mennen mari/madanm ou oswa pitit ou nan peyi Etazini. Anvan sa, moun ki soti nan 40 peyi pa t kapab fè sa, men yon jij pa t dakò ak sa.
Moun k ap chèche azil yo pa oblije peye yon frè pou yo fè demann pou sispansyon depòtasyon (withholding of removal) oswa pwoteksyon anba Konvansyon Kont Torti (CAT). Viktwa sa a te rive fèt gras ak defans manm ASAP yo!
Gras ak defans manm ASAP yo, dè milye moun ak òganizasyon te voye kòmantè pou yo opoze chanjman yo pwopoze pou pemi travay yo.
Gouvènman an kapa b itilize yon pwosesis yo rele "expedited removal" kounye a pou depòte kèk moun pi vit si yo gen mwens pase 2 an Ozetazini epi yo te antre Ozetazini san yon viza valab.
USCIS retabli egzijans pou trete premye pemi travay ki baze sou azil yo nan yon delè 30 jou. Sa te rive apre manm ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) te fin depoze yon pouswit lajistis!
Tribinal Siprèm nan deside ke tibebe ki fèt Ozetazini se sitwayen ameriken, kèlkeswa estati imigrasyon paran yo. Mèsi ak manm ASAP ki te pran devan pou pwoteje dwa sa a epi defann Konstitisyon ameriken an.
Yon tribinal bay USCIS lòd pou l kòmanse trete aplikasyon pou imigran ki soti nan 40 peyi ankò. Men gouvènman an fè apèl, epi nou pa konnen si USCIS pral trete anpil aplikasyon.
USCIS ap rann li pi difisil pou moun jwenn kèk kat rezidan pèmanan ki baze sou fanmi ak travay, men gen kèk aplikan ki jwenn apwobasyon kanmenm. Kat rezidan pèmanan ki baze sou genyen azil yo PA konsène pa nouvo politik sa a.
Li dènye enfòmasyon sou Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pou tout peyi yo.
Gen nouvo tcheke sekirite (security checks) pou aplikasyon USCIS yo, sa enkli azil ak kat rezidan pèmanan. Tcheke sekirite yo kapa b lakòz reta, epi yo kapa b mande kèk aplikan pou bay anprent dwèt yo ankò.
Yon nouvo règ yo pwopoze ta pral limite pemi travay pou moun k ap chèche azil, men li poko final. Ou kapa b toujou aplike pou yon premye pemi travay 150 jou apre ou fin aplike pou azil.
Si gouvènman Ameriken an te fè ou mal, ou gen dwa pou depoze yon reklamasyon lè ou sèvi ak yon lwa yo rele Lwa Federal sou Reklamasyon pou Domaj (FTCA). Vizite nouvo sit entènèt ASAP la, HurtByICE.com, pou plis enfòmasyon.
Gouvènman Ameriken an ap anpeche moun k ap chèche azil ak lòt imigran resevwa nouvo lisans pou chofè komèsyal (CDL). Nouvo règleman sa a sanble anpil ak yon règleman 2025 yon tribinal te kanpe. Imigran yo ap konteste nouvo règleman sa a atravè yon nouvo pwose.
Yon nouvo règleman yo pwopoze ta rann li enposib pou moun k ap chèche azil aplike pou yon premye pemi travay. Règleman an ta rann kèk renouvèlman pemi travay pi difisil tou. Règleman sa a yo pwopoze a POKO final. Si ou elijib pou yon pemi travay, aplike kounye a!
Kèk imigran kapab mande pou yo lage yo nan detansyon atravè yon odyans pou kosyon (bond hearing) oswa yon demann habeas corpus. Yon tribinal deklare plis moun ki te travèse fwontyè a ta dwe gen opsyon pou yon odyans pou kosyon. Men, pwosesis la kapab difisil.
Tribinal yo bloke IRS tanporèman pou li pa pataje enfòmasyon moun k ap peye taks yo ak ajans imigrasyon yo. Men, nou konnen IRS te pataje done ak ajans imigrasyon yo nan ane 2025, epi li posib pou yo fè sa ankò nan lavni.
USCIS ak tribinal imigrasyon yo kapab mande yon frè azil pou peye chak ane (annual asylum fee) kounye a si aplikasyon azil ou a gen omwen yon ane depi li ap tann. Anvan sa, yon jij te sispann frè sa yo, men jij la te mete fen nan sispansyon sa a nan dat 2 fevriye.
Gen nouvo restriksyon pou vwayaje pou moun ki soti nan kèk peyi espesifik. Peyi sa yo se Afganistan, Angola, Antigwa ak Babouda, Benin, Bikina Faso, Bimani (Myanmar), Bouroundi, Chad, Repiblik Kongo, Kòt divwa, Kiba, Dominik, Gine Ekwatoryal, Eritre, Gabon, Ganbi, Ayiti, Iran, Laos, Libi, Malawi, Mali, Moritani, Nijè, Nijerya, Palestin, Senegal, Syera Leyòn, Somali, Soudan di Sid, Soudan, Siri, Tanzani, Togo, Tonga, Tikmenistan, Venezyela, Yemen, Zanbi, ak Zimbabwe.
Pemi travay yo bay moun k ap chèche azil apre 4 desanm 2025 yo pral valab pou 18 mwa, olye de 5 an. Men, si ou te resevwa yon pemi travay 5 an nan dat 4 desanm 2025 oswa anvan sa, li toujou valab pou 5 an. Chanjman sa a aplike tou pou kèk lòt imigran.
Gouvènman an ap anile anpil dosye nan tribinal imigrasyon san yon randevou devan jij (individual or merits hearing) konplè.
Gouvènman an sispann bay nouvo ekstansyon otomatik pou pemi travay. Men si ou te deja resevwa yon ekstansyon 540 jou nan dat 29 oktòb oswa anvan sa, ekstansyon ou an toujou valab!
USCIS rann li pi difisil pou voye peman pa chèk oswa moni odè (money order). Gade enfòmasyon ki ajou sou fason pou fè peman pou nouvo aplikasyon yo.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) gen kòm objektif pou bay enfòmasyon ki baze sou reyalite konsènan lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo pa konsèy legal.
Tout kontni legal se ekip avoka ekspè nan imigrasyon ASAP yo ki ekri epi revize yo legalman. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo admèt nan Baro nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm lalwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè pri pou travay legal yo fè.