Ekri pa avoka imigrasyon ekspè ASAP yo · Mizajou nan dat
Manm ASAP yo ap dirije batay kont nouvo règ sou pemi travay gouvènman an pwopoze a — yon règ ki ta ka rann li prèske enposib pou moun k ap chèche azil yo aplike pou yon premye pemi travay epi ki ta rann renouvèlman yo pi difisil. Ou kapab li plis enfòmasyon sou règ yo pwopoze a sou paj entènèt an ASAP sa a.
Gras ak defans manm ASAP yo, plizyè milye moun ak òganizasyon te voye kòmantè pou opoze chanjman yo pwopoze yo. Peryòd kòmantè a te fèmen nan dat 24 avril 2026. Men sa ki te pase:
ASAP te voye yon kòmantè ki gen ladan l deklarasyon 512 manm
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) te voye yon kòmantè pou opoze règ yo pwopoze a. Kòmantè a te reflete lide ak enkyetid plizyè milye manm ASAP ki te pale sou pemi travay pandan plizyè ane. Nan kòmantè a, ASAP te opoze règ yo pwopoze a fòtman epi li te ankouraje gouvènman an pou l retire pwopozisyon li an.
Kòmantè ASAP la te genyen espesyalman 512 deklarasyon anonim manm ASAP yo. Mèsi ak manm ASAP ki te pran tan pou pataje lide yo sou règ yo pwopoze a!
Gras ak defans manm ASAP yo, plizyè milye lòt moun ak gwoup te opoze règ la
Anplwaye ASAP yo te pataje enkyetid manm yo ak plizyè santèn patnè enpòtan — tankou biznis, gouvènman vil ak eta, ak sendika travayè — epi anpil nan patnè sa yo te voye pwòp kòmantè pa yo pou sipòte sa manm ASAP yo te pataje.
Antou, plis pase 7,100 moun, biznis, gouvènman lokal, sendika travayè, kote moun fè lapriyè, ak òganizasyon san bi likratif te voye kòmantè an repons a règ yo pwopoze a.
Anba la a se yon apèsi sou kèk nan gwoup sa yo:
Ansyen ofisyèl gouvènman: 21 ansyen ofisyèl gouvènman, tankou ansyen Direktè USCIS, Ur Jaddou.
Sendika travayè: American Federation of Labor and Congress of Industrial Organizations (AFL-CIO), Service Employees International Union (SEIU), Laborers’ International Union of North America (LIUNA), National Education Association (NEA), ak United Food and Commercial Workers International Union (UFCW).
Gwoup biznis: U.S. Chamber of Commerce, Small Business Majority, Critical Labor Coalition, gwoup nan nivo eta ak lokal tankou San Diego Regional Chamber ak Georgia Chamber of Commerce, biznis tankou SHRM ak Waste Pro USA, ak gwoup nan sektè teknoloji tankou Information Technology Industry Council (ITI) ki reprezante konpayi tankou Amazon, Apple, Google, Microsoft, Nvidia, ak Visa. Te genyen tou yon kòmantè siyen pa plizyè anplwayè ak gwoup biznis ansanm, tankou Dr. Bronner's ak Coalition of Franchisee Associations.
Gwoup relijye: U.S. Conference of Catholic Bishops, Sikh Coalition, Mormon Women for Ethical Government, Evangelical Lutheran Church in America, Unitarian Universalist Association, ak anpil kongregasyon endividyèl ak gwoup lokal, tankou Jewish Family Service of Western Massachusetts, Buena Vista United Methodist Church Immigration Committee, ak Unitarian Universalist Church of Youngstown, Ohio Social Action Committee.
Gouvènman eta ak lokal yo: 19 Avoka Jeneral Eta ak Vil Washington, DC; Cities for Action, yon kolisyon ki gen prèske 200 majistra ak egzekitif konte; epi Cities and Counties for Citizenship, yon rezo nasyonal ki gen prèske 120 vil ak konte.
Òganizasyon k ap defann dwa imigran yo: African Communities Together (ACT), American Immigration Council (AIC), American Immigration Lawyers Association (AILA), CASA, Coalition for Humane Immigrant Rights (CHIRLA), FWD.us, Human Rights First, National Immigration Forum, UnDocuBlack Network, ak UnidosUS, pami anpil lòt.
Òganizasyon k ap sipòte moun ki siviv vyolans ki baze sou sèks: 52 òganizasyon k ap travay pou ede, ankouraje, epi defann enterè moun ki siviv vyolans domestik, agresyon seksyèl, trafik moun, ak lòt fòm vyolans ki baze sou sèks, anba direksyon Tahirih Justice Center.
Òganizasyon pou timoun: 24 òganizasyon ki konsantre sou byennèt timoun ak fanmi yo, anba direksyon Children Thrive Action Network (CTAN) ak Center for Law and Social Policy (CLASP), san bliye First Focus on Children, Coalition on Human Needs, ak Children’s HealthWatch.
Manm Kongrè a: 30 Manm Chanm Reprezantan Ozetazini, anba direksyon Reprezantan Salinas (D-Oregon-06), ak 12 Senatè Ameriken, anba direksyon Senatè King (I-Maine).
Ou kapab li tout kòmantè yo te soumèt an repons a pwopozisyon règ la isit la.
Kilè gouvènman an pral pibliye vèsyon final règ la?
Nou pa konnen. Gouvènman an kapab deside pibliye yon règ final nan mwa k ap vini yo. Gouvènman an ta kapab deside tou pou li pa janm pibliye yon vèsyon final pou règ la ditou.
Anvan gouvènman an kapab rann yon règ final, gouvènman an oblije egzamine epi reponn kòmantè yo. Gras ak defans manm ASAP yo, DHS dwe egzamine dè milye kòmantè kounye a. Nou pa konnen konbyen tan sa pral pran DHS pou li egzamine kòmantè sa yo.
Si DHS eseye rann règ la final san li pa reponn kòmsadwa a chak enkyetid enpòtan yo resevwa, yon gwoup oswa yon moun ta kapab depoze yon pouswit lajistis nan tribinal federal distrik (district court). Si pouswit lajistis la reyisi, yon tribinal ta kapab anpeche règ final la antre an vigè.
ASAP pral kontinye suiv règ sa a de prè epi kenbe manm ASAP yo enfòme.
Antretan, gen tan toujou pou aplike pou yon premye pemi travay anvan pwopozisyon règ la vin final. Ou kapab aplike pou yon premye pemi travay 150 jou apre ou fin aplike pou azil.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) gen pou objektif pou bay enfòmasyon ki baze sou reyalite konsènan lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo se pa konsèy legal.
Tout kontni legal se ekip avoka ekspè nan imigrasyon ASAP yo ki ekri li epi ki revize li legalman. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo gen lisans pou pratike (Bar) nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm nan dwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè pri pou travay legal yo fè.