Se avoka imigrasyon ekspè ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) yo ki ekri sa · Mizajou nan dat
Piblikasyon sa a se pou moun k ap chèche azil k ap prepare pou yo deklare taks yo Ozetazini. Ajans ki kolekte taks pou gouvènman federal la rele Internal Revenue Service (IRS). Gen ajans separe ki kolekte taks pou chak eta.
Èske tout moun bezwen deklare taks?
Non. Anpil moun k ap travay Ozetazini sipoze deklare taks, men ou pa bezwen deklare taks si revni w te pi ba pase yon sèten kantite nan ane 2025. Pa egzanp, si ou se chèf yon fanmi epi ou te fè mwens pase $23,625 nan ane 2025, ou ka pa bezwen deklare taks ane sa a.
Ou kapa b jwenn plis detay epi tcheke si ou sipoze deklare taks sou paj entènèt an IRS la.
Ki risk ak avantaj ki genyen lè yon moun deklare taks?
Menm si ou pa obligatwa pou deklare taks ane sa a, ou ka toujou deside fè sa. Men kèk nan bagay pou w konsidere lè w ap deside si w ap deklare taks.
Risk yo:
Pataje enfòmasyon: Prensipal risk lè w deklare taks se paske IRS kapa b pataje enfòmasyon pèsonèl ou, tankou adrès ou, ak ajans imigrasyon yo oswa lòt ajans gouvènman yo alavni. Pou anpil moun k ap chèche azil, ajans imigrasyon yo deja genyen kèk nan enfòmasyon sa yo, donk deklare taks ka pa yon gwo risk anplis konsa. Desizyon ki gen rapò ak pataje done ak konfidansyalite se desizyon pèsonèl, epi se ou menm sèl ki kapa b detèmine nan ki pwen li enpòtan pou ou pou w kenbe enfòmasyon w yo prive. Pou plis enfòmasyo, klike sou lyen sa isit la.
Avantaj yo:
Ou kapa b resevwa ranbousman. Lè w ap travay Ozetazini, pafwa gouvènman eta a ak gouvènman federal la kenbe yon pati nan revni w otomatikman. Lè w deklare taks ou, ou kapa b elijib pou w resevwa yon pati nan lajan sa a anba fòm yon ranbousman taks.
Ou kapa b kapab resevwa peman Kredi Taks pou Timoun. Kredi Taks pou Timoun la se yon peman gouvènman ameriken an bay pou ede fanmi ki gen timoun. Pou w resevwa peman Kredi Taks pou Timoun, fòk omwen youn nan paran k ap deklare taks la ak timoun ou yo gen nimewo social security (SSN).
Sa kapa b ede w nan dosye imigrasyon w lan. Pa egzanp, deklare taks ou kapa b sèvi kòm prèv pou ane ou pase ap viv Ozetazini. Pafwa tou, yo kapa b wè deklarasyon taks kòm yon faktè pozitif nan dosye imigrasyon w lan.
Ki dènye limit pou mwen ranpli taks mwen?
Dènye limit pou ou ranpli taks ou se 15 avril 2026. Si ou pa kapab ranpli taks ou anvan dat sa a, aprann kijan pou ou mande yon ekstansyon.
Kijan pou mwen ranpli taks mwen?
Gen pwogram sou entènèt ki ede moun ranpli taks yo tankou FreeTaxUSA, Cash App Taxes, TurboTax ak GetYourRefund.
Ou kapab jwenn yon fòm taks sou papye tou isit la oswa nan anpil bibliyotèk lokal.
Pou jwenn èd gratis an pèsòn, ou kapab antre kòd postal ou sou paj entènèt sa a pou jwenn kote ki toupre kote w ap viv la. Oubyen ou kapab rele liy dirèk gratis sa a: 1-800-906-9887.
Ki nimewo idantifikasyon pou mwen itilize pou mwen ranpli taks?
Si w ap ranpli taks ou epi ou gen yon nimewo social security (SSN), ou itilize nimewo sa a lè w ap ranpli taks. Pifò moun k ap chèche azil ki gen pemi travay gen yon nimewo social security.
Si w ap ranpli taks ou epi ou pa gen yon nimewo social security, ou kapab aplike pou yon nimewo idantifikasyon pèsonèl pou kontribyab (ITIN) epi itilize nimewo sa a pou ranpli taks ou. Pou ou kapab mande yon ITIN, w ap bezwen bay IRS kèk enfòmasyon pèsonèl, tankou yon adrès.
Èske IRS pral pataje enfòmasyon sou taks mwen ak ajans imigrasyon yo?
Petèt. Tribinal yo te bloke IRS tanporèman pou yo pa pataje enfòmasyon kontribyab yo ak ajans imigrasyon yo. Men, nou konnen IRS te pataje done ak ajans imigrasyon yo nan ane 2025, epi li posib pou yo fè sa ankò nan lavni. Anvan 2025, IRS te refize pataje enfòmasyon pèsonèl ak ajans imigrasyon yo. Ou kapab li plis enfòmasyon sou pwose k ap eseye anpeche IRS pataje enfòmasyon ak ajans imigrasyon yo isit la ak isit la.
Pou kèk moun, ajans imigrasyon yo deja genyen kèk nan enfòmasyon ki ta parèt nan taks ou yo. Pa egzanp, si ou te aplike pou azil oswa pou yon pemi travay, oswa si ou gen yon ka nan tribinal imigrasyon oswa randevou pou prezante nan yon biwo ICE, gen anpil chans pou ou te deja bay adrès ou ak lòt enfòmasyon pèsonèl bay ajans imigrasyon yo. Epitou, si ou te ranpli taks nan tan lontan, gen anpil chans pou ou te deja bay adrès ou ak lòt enfòmasyon pèsonèl bay IRS nan lè sa a.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) gen kòm objektif pou bay enfòmasyon ki baze sou reyalite konsènan lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo se pa konsèy legal.
Tout kontni legal se ekip avoka ekspè nan imigrasyon ASAP la ki ekri yo epi ki revize yo legalman. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo gen lisans pou pratike lalwa nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm nan dwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè pri pou travay legal yo fè.