Se avoka ekspè nan lalwa imigrasyon ASAP yo ki ekri sa · Mizajou nan dat
"Gouvènman an ap rann bagay yo difisil pou imigran ki, menm jan avè m, ap eseye fè tout bagay kòrèkteman.” - Manm ASAP
Nan dat 1ye jiyè 2026, manm ASAP yo te depoze yon pwose pou konteste fason USCIS ap aplike frè azil pou peye chak ane (annual asylum fee) ak atak y ap fè sou pemi travay pou moun k ap chèche azil ak moun ki gen TPS yo. Yon lòt pwose ASAP diferan, ASAP v. EOIR, ap konteste separeman fason tribinal imigrasyon an ap aplike frè azil pou peye chak ane a.
Ete sa a, manm ASAP yo te genyen 3 gwo viktwa! Premyèman, jij la deside USCIS pa kapab bay penalite pou peman frè azil pou peye chak ane ki rate pandan ka nou an ap tann desizyon. Anvan desizyon sa a, USCIS te pare pou l te rejte 227,186 aplikasyon azil epi anile dè santèn milye pemi travay. Dezyèmman, USCIS pwolonje otorizasyon travay pou dè santèn milye moun ki gen Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) ki soti El Salvador, Soudan, ak Ikrèn. Epi twazyèmman, USCIS remete an plas delè 30 jou pou trete premye aplikasyon pemi travay pou moun k ap chèche azil yo.
Li toujou enpòtan pou w tcheke chak semèn pou w konnen si dat pou w peye frè azil pou peye chak ane w la rive. Li paj entènèt an sou frè azil pou peye chak ane nou an pou plis detay sou fason pou w peye frè a.
Rezime Ka a:
Nan dat 1ye jiyè 2026, manm ASAP yo te depoze yon pwose pou konteste fason USCIS ap aplike frè azil pou peye chak ane a ak atak sou pemi travay pou moun k ap chèche azil ak imigran ki gen TPS.
Nou te depoze pwose sa a ansanm ak manm National TPS Alliance (NTPSA), Venezuelan Association of Massachusetts (VAM), Service Employees International Union (SEIU), ak SEIU Local 32BJ (32BJ). Avoka ki sou ka a soti nan ASAP, Democracy Forward, ak National Day Laborer Organizing Network (NDLON).
Manm ASAP yo te eksprime gwo enkyetid konsènan frè azil pou peye chak ane a ak pemi travay yo, epi nou te depoze pwose sa a kòm repons pou enkyetid yo.
Kat pwen prensipal ki nan pwose a se sa yo ki anba a, ansanm ak sitiyasyon yo kounye a.
Chaje frè azil pou peye chak ane a: Manm ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) yo te diskite ke USCIS ap chaje frè azil pou peye chak ane (annual asylum fee) nan yon fason ki ilegal, tankou lè yo bay avi ki pa fyab epi lè yo chaje frè a yon fason retroaktif.
Malerezman, USCIS kapa b kontinye chaje frè azil pou peye chak ane a. Moun k ap chèche azil yo ta dwe kontinye tcheke chak semèn pou wè si yo dwe peye frè a epi peye l pi vit posib. Pou plis enfòmasyo, klike sou lyen sa.
Sanksyon ki gen rapò ak frè azil pou peye chak ane a: Manm ASAP yo te diskite ke USCIS ap enpoze sanksyon sevè paske moun pa peye frè azil pou peye chak ane a, tankou anile pemi travay imedyatman epi rejte aplikasyon azil yo.
Jij la te dakò ak manm ASAP yo epi li te di USCIS pa kapab enpoze sanksyon kounye a pou moun ki te rate dat limit peman an – menmsi USCIS kapa b toujou chaje frè a. Jij la te sispann sanksyon sa yo pou premye fwa nan dat 21 jiyè epi apre sa li te kontinye sispansyon an nan yon dezyèm desizyon nan dat 5 out. USCIS te pare pou l te rejte 227,186 aplikasyon azil ki annatant epi anile dè santèn milye pemi travay poutèt moun pa t peye frè a.
Apre sa, nan dat 13 out, gouvènman an te relouvri peryòd peman ki te ekspire yo poutèt pwose manm ASAP yo te entante a. Si ou te rate dat limit USCIS la anvan sa, tcheke kounye a pou wè si ou kapa b peye, epi peye byen vit si ou kapa b!
Validite pemi travay ki baze sou TPS: Manm ASAP yo te diskite ke USCIS t ap eseye fini kèk pemi travay ki baze sou Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pi bonè yon fason ki ilegal, nan dat 22 jiyè. Gras ak efò sa yo, pemi travay ki baze sou TPS pou El Salvador, Soudan, ak Ikrèn pwolonje!
El Salvador: Nan dat 9 septanm 2026, USCIS te anonse ke si ou te resevwa TPS pou El Salvador, pwoteksyon ou ak pemi travay ou rete valid pou kounye a, jiskaske yo fè nenpòt lòt nouvo anons. Gade paj entènèt an USCIS. Si sa nesesè, ou kapa b montre patwon ou tou lèt sa a ki soti nan National TPS Alliance.
Soudan ak Ikrèn: Pemi travay ou pwolonje otomatikman jiska 19 oktòb si ou te aplike pou renouvle pemi travay ou pandan peryòd re-enskripsyon an, epi w ap tann toujou pou w resevwa nouvo kat pemi travay ou a. Pemi travay ou pwolonje otomatikman tou jiska 19 oktòb si ou te resevwa yon nouvo kat pemi travay ki gen yon dat ekspirasyon ki ekri sou li anvan 19 oktòb 2026. USCIS ta dwe voye yon lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) sou pwolongasyon an pa lapòs oswa nan kont USCIS ou.
Pwosesis pemi travay ki baze sou azil: Manm ASAP yo te diskite ke USCIS te retire yon fason ilegal yon ansyen règ ki te mande pou premye pemi travay pou moun k ap chèche azil yo te trete nan yon delè 30 jou — epi yo te fè chanjman sa a san yo pa enfòme piblik la.
Nan dat 21 jiyè, USCIS te remete egzijans pou trete dosye yo nan 30 jou a pou premye pemi travay pou moun k ap chèche azil yo. USCIS te fè chanjman sa a apre manm ASAP yo te poze pwoblèm sa a nan pwose a. Sa se te yon gwo viktwa!
Kwonoloji Pwosè a:
1ye jiyè 2026: Manm ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) yo te depoze yon pwosè nan tribinal federal distrik (district court) nan Massachusetts, ansanm ak manm National TPS Alliance (NTPSA), Venezuelan Association of Massachusetts (VAM), Service Employees International Union (SEIU), ak SEIU Local 32BJ (32BJ).
2 jiyè 2026: Òganizasyon yo te depoze yon Demann pou Sispann Aksyon Ajans lan.
13 jiyè 2026: ASAP te depoze yon deklarasyon siplemantè konsènan pwoblèm ak frè azil pou peye chak ane (annual asylum fee) ak tretman pemi travay.
15 jiyè 2026: Òganizasyon yo te depoze yon Demann Ijan pou yon Sispansyon Administratif, pou mande jij la kanpe politik USCIS yo jiskaske li gen tan pou l pran yon desizyon.
21 jiyè 2026: USCIS te pibliye yon “amannman korektif” pou Règleman Final Pwovizwa avril 2026 la. Koreksyon an remete egzijans pou USCIS trete premye pemi travay pou moun k ap chèche azil yo nan yon delè 30 jou! Sa se yon viktwa pou manm ASAP yo.
21 jiyè 2026: Jij la te aksepte yon pati nan Demann Ijan nou an pou yon Sispansyon Administratif.
30 jiyè 2026: Yon odyans an pèsòn te fèt nan tribinal federal distrik nan Boston, Massachusetts.
5 out 2026: Jij la te aksepte yon pati epi li te refize yon pati nan Demann nou an pou Sispann Aksyon Ajans lan. Jij la te bloke USCIS tanporèman pou yo pa bay penalite si yon moun pa peye frè azil pou peye chak ane a. Men, jij la te pèmèt USCIS fini kèk pemi travay ki baze sou Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pi bonè.
6 out 2026: Òganizasyon yo te depoze yon Avi Apèl, ak yon Demann Ijan pou yon Sispansyon Pandan Apèl la ap Kontinye nan tribinal apèl federal (circuit court) pou Premye Sikwi a.
7 out 2026: Premye Sikwi a te refize Demann Ijan pou yon Sispansyon Pandan Apèl la ap Kontinye san prejije, epi li te mande òganizasyon yo pou yo depoze l nan Tribinal Distrik la. Apre sa, òganizasyon yo te depoze yon Demann Ijan pou yon Sispansyon nan Tribinal Distrik la.
10 out 2026: Tribinal Distrik la te refize Demann Ijan pou yon Sispansyon an. Apre sa, òganizasyon yo te depoze yon Nouvo Demann Ijan pou yon Sispansyon ak yon Sispansyon Administratif Imedya nan tribinal apèl federal pou Premye Sikwi a. Premye Sikwi a te refize Demann nou an pou yon Sispansyon Administratif Imedya, epi li te bay lòd pou orè tribinal sou Demann Ijan pou yon Sispansyon an.
12 out 2026: Gouvènman an te depoze yon Opizisyon kont Demann Ijan nou an pou yon Sispansyon.
20 out 2026: Apre gouvènman an te pwolonje pemi travay pou moun ki gen TPS ki soti El Salvador, Soudan, ak Ikrèn, òganizasyon yo te retire Demann Ijan nou an pou yon Sispansyon.
Dokiman yo Chwazi:
Anba a gen yon seleksyon dokiman ki gen rapò ak pwosè a.
Pwosè sa a konteste plizyè politik DHS, tankou yon Règleman Final Pwovizwa avril 2026 (IFR) konsènan frè azil pou peye chak ane a, TPS, ak pemi travay.
Premye Kòmantè ASAP ki Konteste IFR la, ki te soumèt ansanm ak NTPSA, SEIU, ak 81 lòt òganizasyon (29 me 2026)
Dezyèm Kòmantè ASAP ki Konteste IFR la (29 jen 2026)
Plent (1ye jiyè 2026)
Demann pou Sispann Aksyon Ajans lan (2 jiyè 2026)
Amannman Korektif DHS la pou Règleman Final Pwovizwa avril 2026 la (21 jiyè 2026)
Lòd ki Aksepte yon Pati nan Demann Ijan pou yon Sispansyon Administratif (21 jiyè 2026)
Lòd ki Aksepte yon Pati epi ki Refize yon Pati nan Demann pou Sispann Aksyon Ajans lan (5 out 2026)
Nouvo Demann Ijan pou yon Sispansyon Pandan Apèl la ap Kontinye (10 out 2026)
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) gen kòm objektif pou bay enfòmasyon ki baze sou reyalite konsènan lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo pa konsèy legal.
Tout kontni legal se ekip avoka ekspè nan imigrasyon ASAP yo ki ekri epi revize yo legalman. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo admèt nan Baro nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm lalwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè pri pou travay legal yo fè.