Ekri pa avoka imigrasyon ekspè ASAP yo · Mizajou nan dat
Sa a se yon avi ekstansyon pemi travay ki soti nan U.S. Citizenship and Immigration Services (USCIS) yo voye bay kèk moun ki gen Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) ki soti El Salvador, Soudan, ak Ikrèn.
El Salvador: Ou kapa b te resevwa avi sa a ki pwolonje pemi travay ou jiska 9 septanm 2026. Bon nouvèl - TPS ou ak pemi travay ou rete valid menm apre 9 septanm 2026. USCIS te anonse ke si ou te resevwa TPS pou El Salvador, pwoteksyon ou ak pemi travay ou rete valid pou kounye a, jiskaske yo fè nenpòt lòt nouvo anons. Gade paj entènèt an USCIS la. Si sa nesesè, ou kapa b montre patwon ou tou lèt sa a ki soti nan National TPS Alliance.
Soudan ak Ikrèn: Pemi travay ou pwolonje otomatikman jiska 19 oktòb si ou te fè demann pou renouvle pemi travay ou pandan peryòd re-enrejesman an, epi w ap tann toujou pou w resevwa nouvo kat pemi travay ou a. Pemi travay ou pwolonje otomatikman tou jiska 19 oktòb si ou te resevwa yon nouvo kat pemi travay ki gen yon dat ekspirasyon ki ekri sou li anvan 19 oktòb 2026. USCIS ta dwe voye avi ekstansyon sa a ba ou pa lapòs oswa nan kont USCIS ou.
Pou plis enfòmasyo sou TPS, klike sou lyen sa.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) gen pou objektif pou bay enfòmasyon ki baze sou reyalite konsènan lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo se pa konsèy legal.
Tout kontni legal se ekip avoka imigrasyon ekspè ASAP yo ki ekri li epi ki revize li nan nivo legal. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo admèt nan Baro nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm nan dwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè pri pou travay legal yo fè.
