Ekri pa avoka imigrasyon ekspè ASAP yo · Mizajou nan dat
Gouvènman Ameriken an ap mete fen nan TPS pou anpil peyi. Nan dat 25 jen 2026, Tribinal Siprèm Etazini an te deside gouvènman an kapab mete fen nan TPS pou Ayiti ak Siri. Desizyon sa a pral gen enpak negatif tou sou TPS pou lòt peyi yo.
Si TPS ou a ap fini, ou kapab konsidere aplike pou azil oswa yon lòt kalite estati imigrasyon kounye a si ou elijib. Si TPS ou a fini, ou ka nan risk pou yo mete w nan detasyon si ou pa gen yon lòt estati imigrasyon. Se kapab yon bon lide pou w fè yon plan ijans. Ou kapab li konsèy sekirite isit la. Si ou deside kite Etazini, ou kapab li tou sou kite Etazini isit la.
Klike sou yon peyi nan lis sa a pou w konnen sitiyasyon aktyèl TPS la: Afganistan, Bimani (Myanmar), Kamewoun, El Salvadò, Etyopi, Ayiti, Ondiras, Hong Kong, Liban, Liberya, Nepal, Nikaragwa, Somali, Soudan di Sid, Soudan, Siri, Ikrèn, Venezyela, ak Yemèn.
Kisa TPS ye? Kisa DED ye?
Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) se yon estati imigrasyon tanporè yo bay moun ki soti nan peyi espesifik, pa egzanp poutèt pwoblèm tankou lagè oswa dezas natirèl. Gouvènman Ameriken an deside ki peyi ki dwe resevwa TPS. Atik sa a konsantre sou TPS.
Depa Ranvwaye ki Obligatwa (DED) se yon lòt fòm pwoteksyon pou moun ki soti nan peyi espesifik. Atik sa a bay lis ki peyi ki gen DED kounye a, men li pa konsantre sou DED. Pou plis enfòmasyon sou DED, vizite paj entènèt gouvènman sa a.
Ki peyi ki gen Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) oswa DED, oswa ki te genyen l sa pa gen lontan?
Afganistan: Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pou Afganistan te fini nan dat 21 jiyè 2025. Imigran yo ap konbat anilasyon sa a atravè yon pouswit lajistis.
Bimani (Myanmar): TPS pou Bimani te fini nan dat 7 out 2026. Imigran yo ap konbat anilasyon sa a atravè yon pouswit lajistis.
Kamewoun: TPS pou Kamewoun te fini nan dat 4 out 2025. Imigran yo ap konbat anilasyon sa a atravè yon pouswit lajistis.
El Salvador: Nan dat 9 septanm 2026, USCIS te anonse si ou te resevwa TPS pou El Salvador, pwoteksyon ou ak pemi travay ou rete valid pou kounye a, jiskaske yo fè lòt nouvo anons. Gade paj entènèt an USCIS la isit la. Si sa nesesè, ou kapa b montre patwon ou tou lèt sa a ki soti nan National TPS Alliance.
Etiopi: TPS pou Etiopi te fini nan dat 18 out 2026. Imigran yo ap konbat anilasyon sa a atravè yon pouswit lajistis.
Ayiti: Gouvènman an te mete fen nan TPS pou Ayiti nan dat 27 jiyè 2026, anviwon yon mwa apre yon desizyon Tribinal Siprèm. Yon tribinal pi ba te rann yon desizyon tou nan dat 5 out 2026 ki deklare TPS pou Ayiti fini.
Ondiras: TPS pou Ondiras te fini nan dat 8 septanm 2025. Imigran yo ap konbat anilasyon sa a atravè yon pouswit lajistis.
Hong Kong: Si ou se yon imigran ki soti Hong Kong epi ou te resevwa yon fòm pwoteksyon kont depòtasyon yo rele DED, DED ou a valid jiska 5 fevriye 2027. Pou plis enfòmasyo, klike sou lyen sa isit la.
Liban: Si ou gen TPS pou Liban kounye a, TPS ou a te pwolonje pou 6 mwa epi li valid kounye a jiska 27 novanm 2026. Pou plis enfòmasyo, klike sou lyen sa isit la. Si ou te resevwa yon lòt fòm pwoteksyon kont depòtasyon anvan sa yo rele DED, DED pou Liban te fini nan dat 25 janvye 2026. Pou plis enfòmasyo, klike sou lyen sa isit la.
Liberia: Si ou se yon imigran ki soti nan peyi Liberia epi ou te resevwa yon fòm pwoteksyon kont depòtasyon yo rele DED, DED pou Liberia te fini nan dat 30 jen 2026. Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa isit la.
Nepal: Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pou Nepal te fini nan dat 20 out 2025. Imigran yo ap konbat anilasyon sa a atravè yon pouswit lajistis.
Nicaragua: TPS pou Nicaragua te fini nan dat 8 septanm 2025. Imigran yo ap konbat anilasyon sa a atravè yon pouswit lajistis.
Somalia: TPS pou Somalia te fini nan dat 14 out 2026. Imigran yo ap konbat anilasyon sa a atravè yon pouswit lajistis.
South Sudan: TPS pou South Sudan te fini nan dat 7 out 2026. Imigran yo ap konbat anilasyon sa a atravè yon pouswit lajistis.
Sudan: Si ou gen TPS pou Sudan kounye a, TPS ou a valab jiska 19 oktòb 2026. Pemi travay ou pwolonje otomatikman jiska 19 oktòb 2026 si ou te aplike pou renouvle pemi travay ou pandan peryòd re-enskripsyon an, epi w ap tann nouvo kat pemi travay ou toujou. Pemi travay ou pwolonje otomatikman tou jiska 19 oktòb si ou te resevwa yon nouvo kat pemi travay ki gen yon dat ekspirasyon ki ekri sou li anvan 19 oktòb 2026. USCIS ta dwe voye yon avi pwolongasyon ba ou pa lapòs oswa nan kont USCIS ou. Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa isit la.
Syria: TPS pou Syria te fini nan dat 27 jiyè 2026, anviwon yon mwa apre yon desizyon Tribinal Siprèm.
Ukraine: Si ou gen TPS pou Ukraine kounye a, TPS ou a valab jiska 19 oktòb 2026. Pemi travay ou pwolonje otomatikman jiska 19 oktòb 2026 si ou te aplike pou renouvle pemi travay ou pandan peryòd re-enskripsyon an, epi w ap tann nouvo kat pemi travay ou toujou. Pemi travay ou pwolonje otomatikman tou jiska 19 oktòb si ou te resevwa yon nouvo kat pemi travay ki gen yon dat ekspirasyon ki ekri sou li anvan 19 oktòb 2026. USCIS ta dwe voye yon avi pwolongasyon ba ou pa lapòs oswa nan kont USCIS ou. Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa isit la.
Venezyela: Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pou Venezyela fini pou pifò moun, men gen kèk eksepsyon limite ki make anba la a. Imigran yo ap goumen kont desizyon sa a pou fini ak pwogram nan atravè yon pwose. Ou ka jwenn enfòmasyon sou pwose a epi li plis isit la.
Ki moun ki toujou gen yon TPS oswa yon pemi travay ki valid:
Si ou te resevwa yon avi apwobasyon TPS ant 17 janvye 2025 ak 5 fevriye 2025, TPS ou a ap rete valid jiska 2 oktòb 2026.
Si ou te resevwa yon Fòm I-94 pou TPS ant 17 janvye 2025 ak 5 fevriye 2025 epi Fòm I-94 la gen yon dat ekspirasyon ki se 2 oktòb 2026, TPS ou a ap rete valid jiska 2 oktòb 2026.
Si ou te resevwa yon nouvo pemi travay baze sou TPS ant 17 janvye 2025 ak 5 fevriye 2025, epi pemi travay la gen yon dat ekspirasyon ki se 2 oktòb 2026, pemi travay ou a valid jiska 2 oktòb 2026. Men tanpri pran nòt ke yon pemi travay pa pwolonje TPS ou a, epi lefètke ou gen yon pemi travay sèlman, sa pa bay pwoteksyon otomatik kont depòtasyon oswa detasyon.
Si ou te aplike pou renouvle pemi travay ou baze sou TPS epi ou te resevwa yon lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) pou pemi travay avèk yon “Dat Resepsyon” anvan 6 fevriye 2025, pemi travay ou a pwolonje pou 540 jou apre dat ekspirasyon ki enprime sou kat ou a. Men tanpri pran nòt ke pwolongasyon pemi travay la pa pwolonje TPS ou a, epi lefètke ou gen yon pemi travay sèlman, sa pa bay pwoteksyon otomatik kont depòtasyon oswa detasyon.
Ki moun ki pa gen yon TPS oswa yon pemi travay baze sou TPS ki valid ankò:
Si ou te resevwa TPS pou Venezyela an 2021, epi ou pa satisfè youn nan eksepsyon ki make anwo a, TPS ou a ak pemi travay ou te genyen baze sou TPS la te fini nan dat 7 novanm 2025.
Si ou te resevwa TPS pou Venezyela an 2023, epi ou pa satisfè youn nan eksepsyon ki make anwo a, TPS ou a ak pemi travay ou te genyen baze sou TPS la te fini nan dat 3 oktòb 2025.
Enfòmasyon si ou nan detansyon:
Nan pwose konsènan TPS Venezyela a, imigran yo te genyen yon desizyon yo rele yon “declaratory judgment.” Desizyon sa a pa remete TPS la sou pye, men li ka ede kèk moun mande pou yo lage yo nan detansyon si yo te gen TPS Venezyela anvan epi yo se manm National TPS Alliance. Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou pwose a isit la.
Yemèn: TPS pou Yemèn te fini nan dat 20 jiyè 2026. Imigran yo ap goumen kont desizyon sa a pou fini ak pwogram nan atravè yon pwose.
Èske mwen kapa b aplike pou azil si mwen gen TPS?
Wi. Ou kapa b aplike pou azil ak TPS tou de, si ou elijib pou tou de. Si ou gen TPS ou kapa b aplike pou azil, menmsi ou gen plis pase yon ane depi ou Ozetazini. Ou kapa b aplike pou azil tou apre TPS ou a ekspire men si ou chwazi chèche azil, li pi bon pou ou aplike pi vit posib anvan estati w la ekspire. Men, desizyon an kapa b konplike selon sitiyasyon w. Pou plis enfòmasyon sou azil, klike isit la. Ou kapa b aprann tou sou lòt opsyon imigrasyon.
Si w ap aplike pou azil ak TPS tou de, li posib pou w soumèt aplikasyon pou pemi travay pou azil ak TPS tou de. Ou kapa b kapab resevwa yon pemi travay baze sou yon aplikasyon azil pi vit pase yon pemi travay ki baze sou TPS. Ou kapa b aprann plis sou kijan pou aplike pou yon pemi travay baze sou azil sou paj sa a.
Konbyen tan TPS la ap dire?
Yo kapa b bay TPS pou 6 mwa, 1 ane, oswa 18 mwa. Lè TPS pou yon peyi espesifik prèt pou l ekspire, gouvènman Ameriken an deside si l ap pwolonje l pou yon lòt 6 a 18 mwa, oswa si l ap fini avè l. Gouvènman an kapa b pwolonje TPS pou yon peyi tout fwa li vle.
Kounye a, gouvènman an ap eseye mete fen nan TPS pou anpil peyi, epi imigran yo ap konteste desizyon sa yo atravè pwose nan tribinal. Men, yon desizyon Tribinal Siprèm nan dat 25 jen te di ke tribinal yo gen kapasite trè limite pou revize desizyon gouvènman an sou TPS. Sa pral rann pwose sa yo pi difisil pou imigran yo genyen. Ou kapa b li estati aktyèl la pou chak peyi ki gen TPS pi wo a.
Kilè mwen kalifye pou yon pemi travay baze sou TPS?
Ou elijib pou aplike pou yon pemi travay si ou te aplike pou TPS epi w ap tann apwobasyon TPS la. Anfèt, ou kapa b soumèt yon aplikasyon pou yon pemi travay anmenmtan ou soumèt aplikasyon w pou TPS. Pou plis enfòmasyon sou pemi travay ki baze sou yon aplikasyon TPS ki annatant, klike isit la.
Si ou gen TPS deja, pou plis enfòmasyon sou pemi travay ki baze sou apwobasyon TPS, klike isit la.
Si gouvènman an apwouve aplikasyon pemi travay ou a, ou ta dwe resevwa yon pemi travay ki valab pou yon ane, oswa jiska dat TPS la ekspire – kèlkeswa sa ki pi kout la.
Èske gen yon frè pou pemi travay TPS?
Wi, gen yon frè pou aplike pou pemi travay ki baze sou yon TPS ki apwouve oswa yon aplikasyon TPS ki annatant.
Premye pemi travay: Kounye a se $1080 (si w aplike pa lapòs) oswa $1030 (si w aplike sou entènèt). Apati 16 oktòb 2026, frè a pral ogmante pou l vin $1090 (si w aplike pa lapòs) oswa $1040 (si w aplike sou entènèt). Ou kapa b mande yon egzansyon pou frè a (fee waiver), men se sèlman pou yon pati nan frè a. Ou dwe peye $560 toujou ($570 apati 16 oktòb), menmsi yo apwouve egzansyon pou frè a.
Renouvèlman pemi travay: $800 (si w aplike pa lapòs) oswa $750 (si w aplike sou entènèt). Ou kapa b mande yon egzansyon pou frè a, men se sèlman pou yon pati nan frè a. Ou dwe peye $280 toujou, menmsi yo apwouve egzansyon pou frè a.
Ou kapa b jwenn enstriksyon pou mande yon egzansyon pou frè a isit la. Enstriksyon sa yo se pou renouvle yon pemi travay baze sou azil, men pwosesis pou mande yon egzansyon pou frè a se menm bagay la.
Kijan pou w aplike pou TPS
Gouvènman Ameriken an ap eseye mete fen nan TPS pou anpil peyi, epi li pa bay okenn nouvo deziyasyon TPS depi 2025. Men, sa kapa b chanje alavni. N ap pataje enfòmasyon jeneral sou TPS anba a.
Ki moun ki kapa b resevwa TPS?
Pou w resevwa Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS), ou dwe soti nan yon peyi espesifik gouvènman Ameriken an deziyen epi ou dwe deja Ozetazini nan yon dat presi. Ou dwe soumèt yon aplikasyon tou anvan yon dat presi, epi re-enskri si yo pwolonje TPS pou peyi w la. Dat yo diferan pou chak peyi ki gen TPS. Gen kèk moun ki kapa b aplike oswa re-enskri pou TPS anreta, men ou ta dwe pale ak yon avoka sou posiblite sa a.
Si w gen yon istwa kriminèl, ou ta dwe pale ak yon avoka anvan w aplike pou TPS, paske gen kèk krim k ap anpeche w resevwa TPS.
Ki avantaj ak dezavantaj ki genyen lè w aplike pou TPS?
Aplike pou TPS se yon chwa pèsonèl. Li kapa b yon desizyon konplike tou selon sitiyasyon w.
Gen avantaj lè w resevwa TPS. Si w resevwa TPS, ou:
Pa kapa b depòte soti Ozetazini pandan TPS la valab
Kapa b aplike pou yon pemi travay
Kapa b aplike pou pèmisyon pou vwayaje andeyò peyi Etazini epi apre sa pou w tounen
Men, TPS se yon bagay tanporè epi li pa mennen nan rezidans pèmanan (permanent residence) oswa sitwayènte. Gouvènman Ameriken an kapa b deside pwolonje TPS, konsa estati tanporè sa a kapa b valab pandan plizyè ane. Oubyen, gouvènman Ameriken an kapa b eseye mete fen nan TPS tou.
Chak fwa ou ranpli yon nouvo aplikasyon imigrasyon, w ap bay gouvènman an enfòmasyon ajou yo kapa b pa t genyen deja. W ap bezwen bay gouvènman an adrès ou lè w ap aplike, epi si w deplase, w ap bezwen ajou adrès ou nan sistèm gouvènman an. Si yo rejte aplikasyon w pou TPS, li posib pou gouvènman Ameriken an kòmanse yon ka nan tribinal imigrasyon kont ou.
Kijan pou m aplike pou TPS?
Pou w aplike pou TPS, ou kapa b soumèt yon aplikasyon bay USCIS. Ou kapa b jwenn aplikasyon an ak enstriksyon yo sou sit entènèt USCIS la isit la. Desann nan seksyon “What to File” (Kisa pou w Depoze) pou w aprann plis sou dokiman yo mande yo.
Kijan pou m re-enskri pou TPS sou entènèt?
Ale sou paj entènèt an USCIS sa a. Konekte nan kont USCIS ou ki egziste deja oswa kreye yon nouvo kont. Ou kapa b gade videyo USCIS sa a sou kijan pou w kreye yon kont sou entènèt.
Apre w fin konekte, si yo mande w pou w chwazi ant plizyè opsyon sou paj entènèt la, ou kapa b chwazi “myUSCIS” pou w ale nan kont ou sou entènèt.
Yon fwa ou sou paj kont myUSCIS ou a, ou kapa b kòmanse aplikasyon w lan. Si w ap itilize yon telefòn, klike sou “Menu” nan kwen anwo adwat la, klike sou “Account actions,” epi klike sou “File a form online.” Si w ap itilize yon òdinatè, klike sou “My Account” nan kwen anwo adwat la, epi klike sou “File a form online.”
Apre sa, chwazi “I-821, Application for Temporary Protected Status (TPS)” nan meni dewoulan an.
Si w vle, ou kapa b soumèt yon aplikasyon pou renouvèlman pemi travay anmenmtan tou. Pou w fè sa, chwazi “yes” (wi) pou kesyon “Are you also filing a request for employment authorization?” (Èske w ap depoze yon demann pou otorizasyon travay tou?). Si w fè sa, lè w fin ranpli Fòm I-821 an, sit entènèt la ta dwe kòmanse aplikasyon pou renouvèlman pemi travay ou a (Fòm I-765) otomatikman. Tanpri pran nòt ke renouvèlman pemi travay koute $750. Si w pa vle renouvle pemi travay ou kounye a, chwazi “no” (non). Ou kapa b aplike pou renouvle pemi travay ou pita tou.
Swiv etap yo sou entènèt pou w konplete aplikasyon w lan. Malerezman, aplikasyon an kapa b fèt an anglè sèlman. Revize aplikasyon w lan byen anvan w klike sou soumèt (submit).
Nan fen aplikasyon an sou entènèt, USCIS ap mande w pou w peye frè a lè w bay enfòmasyon sou kont bankè w oswa kat kredi w. Frè pou re-enstriksyon TPS la se $30. Si w renouvle pemi travay ou anmenmtan tou, gen yon frè anplis ki se $750.
Apre w fin soumèt aplikasyon w lan, tcheke kont USCIS ou souvan pou w wè avi enpòtan sou eta aplikasyon w lan.
Èske gen yon frè pou TPS?
Wi, gen yon frè pou aplike pou Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS).
Premye enskripsyon. Frè pou aplike pou TPS pou premye fwa a ogmante. Apati 16 oktòb 2026, frè a pral ogmante pou l vin $520 plis yon frè byometrik adisyonèl $30. Kounye a, si w ap enskri pou TPS pou premye fwa, ou dwe peye yon frè depozisyon $510 ak yon frè byometrik adisyonèl $30. Ou dwe peye 2 frè yo separeman (pa egzanp, lè w mete de Fòm G-1450 separe). Li pa posib pou w mande yon egzansyon pou frè a pou frè depozisyon $510 la ($520 apati 16 oktòb), men li posib pou w aplike pou yon egzansyon pou frè a pou frè byometrik $30 la.
Re-enskripsyon. Si w ap re-enskri pou TPS, ou dwe peye yon frè byometrik $30. Li posib pou w aplike pou yon egzansyon pou frè a pou frè byometrik $30 la.
Ou kapab soumèt yon aplikasyon pou pèmi travay tou ansanm ak aplikasyon TPS ou a. Gen frè adisyonèl si ou aplike pou yon pèmi travay tou.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) gen kòm objektif pou bay enfòmasyon ki kòrèk sou lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo pa konsèy legal.
Tout kontni legal se ekip avoka ekspè nan imigrasyon ASAP yo ki ekri epi revize yo legalman. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo admèt nan Bawo nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm nan lwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè pri pou travay legal yo fè.