Ekri pa avoka imigrasyon ekspè ASAP yo · Mizajou nan dat
“Pandan nou te swiv lalwa epi nou te fè tout sa ki posib pou nou swiv pwosesis azil la, nouvo frè sa a kreye konfizyon epi li mete nou an danje.” - Manm ASAP
Nan dat 22 septanm 2026, manm ASAP yo te genyen pwosè ASAP v. EOIR! Jij la deside ke tribinal imigrasyon yo te itilize yon pwosesis ilegal pou chaje frè azil pou peye chak ane (annual asylum fee). Manm ASAP yo te montre jij la jan pwosesis la enjis, epi jij la te dakò.
Nou poko konnen ki jan tribinal imigrasyon yo pral chanje fason yo fonksyone apre desizyon sa a. Jij imigrasyon yo ka toujou eseye chaje frè a, donk ou ta dwe tcheke si gen nenpòt lòd ki soti nan tribinal. Si ou resevwa yon lòd ki gen dat apre 22 septanm 2026, tanpri voye yon imèl ba nou nan [email protected] (mete yon foto lòd la si sa posib). Si ou te aplike pou azil depi plis pase 1 an, ou kapa b toujou peye frè azil pou peye chak ane a si ou swiv enstriksyon sa yo.
ASAP gen de pwosè k ap konteste frè azil pou peye chak ane a – youn kont tribinal imigrasyon yo epi youn kont USCIS. Dosye sa a, ASAP v. EOIR, konteste kounye a fason sistèm tribinal imigrasyon an ap aplike frè a. Yon lòt dosye separe, VAM v. USCIS, konteste fason USCIS ap aplike frè a ansanm ak pwoblèm ki genyen ak pemi travay.
Rezime Dosye a:
Nan mwa jiyè 2025, yon nouvo lwa te kreye yon frè azil pou peye chak ane. Nan fen mwa septanm 2025, dè milye manm ASAP te kòmanse eksprime enkyetid ak konfizyon konsènan nouvo frè a. Anpil nan konfizyon yo a te soti nan lefèt ke gouvènman an te chwazi aplike lwa a pou peryòd ki te pase deja – epi san li pa t menm rann li posib pou anpil moun k ap chèche azil peye. Anpil manm te pè pou yo pa t anile dosye azil yo akòz dezòd ki te genyen nan pwosesis gouvènman an.
ASAP te depoze pwosè sa a pou reponn ak enkyetid manm ASAP yo. Okòmansman, yo te depoze pwosè sa a kont tribinal imigrasyon yo ak U.S. Citizenship and Immigration Services (USCIS). Apre sa, ASAP te retire USCIS nan pwosè sa a epi li te lanse yon pwosè separe kont USCIS.
Nan dat 3 oktòb 2025, ASAP te mande yon jij federal pou anpeche Executive Office of Immigration Review (EOIR) ak USCIS anile oswa refize aplikasyon azil yo baze sou yon nouvo egzijans – yon frè azil pou peye chak ane. EOIR se yon pati nan gouvènman federal la ki gen ladan l tribinal imigrasyon yo ak Komisyon Apèl Imigrasyon (BIA). Pwosè a, ASAP v. EOIR, te depoze nan tribinal federal distrik (district court) Maryland la.
Nan dat 20 oktòb, gouvènman an te reponn pwosè manm ASAP yo. Kèk jou apre, gouvènman an te kreye yon fason pou moun peye frè azil tribinal imigrasyon an pou premye fwa. Gouvènman an te deklare tou ke yo pral voye yon avi an ekri bay moun k ap aplike pou azil yo pou fè yo konnen anvan dat limit pou yo peye frè a rive. Etap sa yo te yon viktwa pou manm ASAP yo.
Soti 30 oktòb 2025 rive 2 fevri 2026, jij la te sispann aplikasyon frè azil pou peye chak ane a pou yon ti tan apre li te fin aksepte yon pati nan demann manm ASAP yo (Motion for a Preliminary Injunction). Poz sa a te yon bon nouvèl. Men kounye a poz la fini, epi ni USCIS ni EOIR kapa b chaje frè azil pou peye chak ane a ankò.
Nan dat 29 avril 2026, USCIS te pibliye yon règ final pwovizwa (IFR) ki te diminye aksè ak pemi travay epi ki te etabli konsekans si yon moun pa peye frè azil pou peye chak ane a. Kòm repons, ASAP te anile pwosè kont USCIS la volontèman san sa pa anpeche yo tounen sou sa ankò, epi ASAP te depoze yon nouvo pwosè kont USCIS konsènan pemi travay ak frè azil pou peye chak ane a. Nouvo pwosè a rele VAM v. USCIS.
Nan dat 8 jen 2026, ASAP te depoze demann li pou yon jijman san pwosè (Motion for Summary Judgment) ak agiman li yo pou opoze ak demann gouvènman an te fè pou anile (Motion to Dismiss) dosye a.
Nan dat 24 jen, ASAP te depoze yon dokiman legal (amicus brief) nan yon ka ki gen rapò ak sa devan Komisyon Apèl Imigrasyon (BIA). BIA se pati nan EOIR ki deside sou apèl nan tribinal imigrasyon. Nan ka sa a, ASAP te eksplike poukisa frè azil pou peye chak ane (annual asylum fee) pa aplikab pou sispansyon depòtasyon (withholding of removal) oswa pwoteksyon anba Konvansyon Kont Torti (CAT). Nan dat 24 jiyè, BIA te dakò ak ASAP! BIA te deklare ke jij imigrasyon yo pa kapab rejte aplikasyon pou sispansyon depòtasyon oswa pwoteksyon CAT baze sou lefèt ke yon moun pa peye frè azil pou peye chak ane a. Gade Matter of L-F-R-.
Nan dat 22 septanm 2026, manm ASAP yo te genyen pwosè a! Jij la te aksepte yon pati epi li te rejte yon lòt pati nan Demann ASAP pou yon Jijman San Pwosè (Motion for Summary Judgement). Nou poko konnen ki jan tribinal imigrasyon yo pral chanje fason yo fonksyone kòm rezilta desizyon sa a. N ap mete paj entènèt an ajou amezir n ap jwenn plis enfòmasyon. Si ou te aplike pou azil depi plis pase 1 an, ou kapab toujou peye frè azil pou peye chak ane a si ou swiv enstriksyon sa yo.
Kwonoloji Pwosè a:
3 oktòb 2025: Manm ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) yo te depoze yon pwosè.
7 oktòb 2025: Manm ASAP yo te depoze yon Demann pou yon Injonksyon Pwovizwa (Motion for a Preliminary Injunction).
20 oktòb 2025: Gouvènman an te depoze Repons li pou l Opone Demann ASAP pou yon Injonksyon Pwovizwa a.
23 oktòb 2025: ASAP te depoze yon Repons pou Sipòte Demann pou yon Injonksyon Pwovizwa a.
28 oktòb 2025: Yon odyans an pèsòn te fèt sou Demann pou yon Injonksyon Pwovizwa a nan tribinal federal distrik (district court) Ozetazini nan Baltimore, Maryland.
30 oktòb 2025: Jij la te aksepte yon pati epi li te rejte yon lòt pati nan Demann ASAP pou yon Injonksyon Pwovizwa a. Jij la te sispann pwovizwaman Avi nan Rejis Federal USCIS la ak memorandòm EOIR ki t ap mete an aplikasyon frè azil pou peye chak ane a.
12 janvye 2026: Apre rapò ki te fè konnen gen kèk jij imigrasyon ki te kòmanse egzije frè azil pou peye chak ane a, ASAP te depoze yon Demann Ijan pou Klarifye Sispansyon an. Jij la te bay gouvènman an lòd pou l reponn demann ASAP la menm jou a, epi gouvènman an te depoze yon repons. Apre sa, ASAP te depoze yon repons.
13 janvye 2026: Jij la te rejte Demann Ijan ASAP pou Klarifye Sispansyon an, epi li te fè konnen ASAP te kapab depoze yon plent amande pito pou konteste nouvo aksyon gouvènman an.
16 janvye 2026: Gouvènman an te depoze yon Demann pou Leve Sispansyon an.
17 janvye 2026: ASAP te depoze yon plent amande, pou konteste nouvo aksyon gouvènman an. ASAP te depoze tou yon nouvo Demann pou yon Injonksyon Pwovizwa epi li te opone Demann gouvènman an pou Leve Sispansyon an.
28 janvye 2026: Yon odyans an pèsòn te fèt nan tribinal federal distrik Ozetazini nan Baltimore, Maryland.
2 fevri 2026: Jij la te aksepte Demann gouvènman an pou Leve Sispansyon an epi li te rejte Demann ASAP pou yon Injonksyon Pwovizwa. Kounye a, ni USCIS ni EOIR gen otorizasyon pou yo mande moun peye frè azil pou peye chak ane a ankò.
17 fevri 2026: USCIS ak EOIR te depoze yon Demann pou anile (Dismiss) ka a.
29 avril 2026: USCIS te pibliye yon règ final pwovizwa (IFR) ki tabli nouvo konsekans si yon moun pa peye frè azil pou peye chak ane a.
26 me 2026: ASAP te retire USCIS ak Direktè USCIS la, Edlow, nan ka a volontèman.
8 jen 2026: ASAP te depoze yon Demann pou yon Jijman San Pwosè ak yon repons pou opone Demann pou Anile a kont EOIR, Direktè EOIR a, Margolin, ak Pwokirè Jeneral la.
24 jen 2026: ASAP te depoze yon dokiman legal (amicus brief) nan yon ka ki gen rapò ak sa nan Komisyon Apèl Imigrasyon (BIA), Matter of L-F-R-. ASAP te eksplike poukisa frè azil pou peye chak ane a pa aplikab pou aplikasyon pou sispansyon depòtasyon ak pwoteksyon CAT.
1ye jiyè 2026: ASAP te depoze yon nouvo pwosè kont USCIS, VAM v. USCIS, konsènan ni frè azil pou peye chak ane a ni pemi travay.
24 jiyè 2026: BIA dakò ak manm ASAP yo ke frè azil pou peye chak ane a pa aplikab pou aplikasyon pou sispansyon depòtasyon ak pwoteksyon anba Konvansyon Kont Torti. Gade Matter of L-F-R-.
22 septanm 2026: Manm ASAP yo genyen! Jij la te aksepte yon pati nan Demann ASAP pou yon Jijman San Pwosè.
Dokiman yo Chwazi:
Anba a se yon seleksyon dokiman ki soti nan pwosè a. Ou ka jwenn tout dokiman ki depoze nan tribinal ki gen rapò ak pwosè sa a isit la.
Demann ASAP pou yon Enjonksyon Preliminè (7 oktòb 2025)
Kominike pou Laprès ASAP (7 oktòb 2025)
Repons ASAP pou Sipòte Demann pou yon Enjonksyon Preliminè (23 oktòb 2025)
Transkripsyon Odyans lan (28 oktòb 2025)
Lòd ki aksepte an pati epi ki rejte an pati Demann ASAP pou yon Enjonksyon Preliminè (30 oktòb 2025)
Kominike pou Laprès ASAP (31 oktòb 2025)
Demann Ijan ASAP pou Klarifye Sispansyon an (12 janvye 2026)
Lòd ki rejte Demann Ijan pou Klarifye Sispansyon an (13 janvye 2026)
Plent ASAP ki Amande (17 janvye 2026)
Demann ASAP pou Enjonksyon Preliminè (17 janvye 2026)
Lòd ki aksepte demann gouvènman an pou Leve Sispansyon an epi ki rejte Demann ASAP pou yon Enjonksyon Preliminè (2 fevriye 2026)
Demann ASAP pou yon Jijman Somè ak Opizisyon kont Demann Gouvènman an pou anile dosye a (8 jen 2026)
Memwa Amicus ASAP bay Komisyon Apèl Imigrasyon (BIA) nan Dosye L-F-R- (24 jen 2026)
Desizyon BIA nan Dosye L-F-R- (24 jiyè 2026)
Repons ASAP pou Sipòte Demann pou Jijman Somè (17 out 2026)
Opinyon ki aksepte an pati epi ki rejte an pati Demann ASAP pou Jijman Somè (22 septanm 2026)
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) gen pou objektif pou bay enfòmasyon reyèl sou lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo se pa konsèy legal.
Tout kontni legal yo ekri epi yo revize legalman pa ekip avoka ekspè nan imigrasyon ASAP yo. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Kolektifman, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo admèt nan Baro nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm lalwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè prim pou travay legal yo.