Ekri pa avoka imigrasyon ekspè ASAP yo · Mizajou nan dat
Paj sa a bay dènye enfòmasyon enpòtan pou moun k ap chèche azil konsènan: azil, pemi travay, tribinal imigrasyon, detansyon, ICE, TPS, kat rezidan pèmanan, lisans chofè, nimewo social security (SSN), pawol (“parole”), SIJS, sitwayènte pa nesans (birthright citizenship), limit pou 40 peyi, kite peyi Etazini, ak vwayaje pou vini Ozetazini. Chanjman ki pi resan yo make oswa anba a.
Azil
Randevou nan tribinal imigrasyon yo ap pwograme oswa deplase ak yon avi kout. Tcheke estati dosye w la souvan si ta gen yon nouvo dat oswa kote pou randevou a. Rele liy dirèk tribinal la nan 1-800-898-7180 oswa ale sou paj entènèt sa a. Si ou rate randevou w la, ou pral pwobableman resevwa yon lòd depòtasyon (removal order).
Frè azil pou peye chak ane (annual asylum fee) USCIS la dwe peye kounye a pou anpil dosye. Depi mwa oktòb 2026, USCIS ap chaje frè azil pou peye chak ane a pou pi plis dosye toujou. Tcheke si frè w la dwe peye kounye a! Menm si ou te deja peye frè a yon fwa, ou ta dwe kontinye tcheke pou w wè si dezyèm peman w lan dwe fèt.
Gen kèk dosye azil nan USCIS ki montre yon nouvo estati dosye. Vè mwa septanm 2026, gen kèk moun ki wè yon nouvo estati dosye "Next Step is Adjudication" lè yo tcheke paj entènèt USCIS sa a. Nou poko konnen kisa nouvo estati sa a vle di. Kontinye tcheke estati dosye w la, epi tcheke bwat lèt ou ak kont USCIS sou entènèt ou pou nenpòt avi. N ap mete paj sa a ajou amezir n ap aprann plis.
Transfè soti nan USCIS pou ale nan tribinal imigrasyon. Nan dat 28 jiyè 2026, USCIS te anonse yon nouvo règleman ki pèmèt ofisye azil yo transfere kèk dosye azil nan tribinal imigrasyon san yo pa fè yon entèvyou anvan. Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa a. Si ou gen plis dokiman pou sipòte dosye w la, eseye soumèt yo pi vit posib. Imigran yo ap konbat chanjman sa yo nan yon pwose epi ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) te soumèt yon kòmantè pou opoze nouvo règleman an.
Viza B1 ak B2 ta kapab anile pou kèk moun k ap chèche azil. Si ou te resevwa yon imèl nan men gouvènman Ameriken an ki di viza touris oswa biznis ou ta kapab anile, sa pa vle di dosye azil ou a fini. Sa pa vle di ou dwe kite Etazini. Epi viza w la pa anile otomatikman lè w resevwa imèl sa a. Okontrè, viza w la ap anile sèlman si ou kite Etazini. Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa a.
Li vin pi difisil kounye a pou chanje dat entèvyou azil ak randevou byometrik (biometrics appointment). Si ou te aplike pou azil nan USCIS, ou dwe bay yon rezon “eksepsyonèl” pou chanje dat la nan yon delè 10 jou anvan dat randevou byometrik la oswa entèvyou azil la te pwograme a.
USCIS ta dwe rekòmanse pran desizyon sou dosye azil yo. Nan fen ane 2025, USCIS te sispann pran desizyon sou tout dosye azil yo. Nan dat 30 mas 2026, USCIS te fè konnen li t ap kòmanse pran desizyon ankò pou moun k ap chèche azil yo, sof si yo te soti nan youn nan 40 peyi sa yo. Nan dat 5 jen 2026, yon tribinal te deside poz ki te rete pou 40 peyi sa yo pa t legal, epi li te di USCIS pou l rekòmanse trete aplikasyon yo ankò. Men, gouvènman an fè apèl kont desizyon tribinal la, epi pwosesis tretman aplikasyon yo toujou dousman.
Tcheke sekirite (security checks) ka lakòz plis reta nan USCIS. Yo ka mande kèk moun pou yo ale nan randevou byometrik ankò epi bay anprent dwèt pou lòt tcheke sekirite anplis.
Tribinal imigrasyon yo ap fèmen kèk dosye anvan lè. Moun k ap chèche azil ki nan tribinal imigrasyon sipoze jwenn yon odyans konplè pou azil yo a, men gouvènman an ap eseye fèmen kèk dosye anvan odyans sa a fèt. Si gouvènman an mande yon jij pou l anile dosye w la anvan lè, ou ka eseye konvenk jij la pou l kite l ouvè. Pou plis enfòmasyon.
Li toujou posib pou w aplike pou azil. Si ou Ozetazini kounye a epi ou poko soumèt yon aplikasyon pou azil, ou kapab soumèt youn toujou si ou elijib. Kounye a gen yon frè $100 pou w peye pou w aplike. Aplike pou azil se yon desizyon konplike ki depann de sitiyasyon espesifik ou. Pou plis enfòmasyon sou azil.
Pemi travay ki baze sou azil
Renouvèlman pemi travay yo gen anpil reta. Depi mwa oktòb 2026, USCIS di pifò renouvèlman pemi travay pou moun k ap chèche azil yo ap pran plis pase 18 mwa. Konsidere renouvle pemi travay ou 18 mwa anvan kat ou genyen kounye a la ekspire. Sa vle di menm si ou fèk resevwa yon nouvo pemi travay ki valab pou 18 mwa, ou kapab soumèt yon aplikasyon pou renouvèlman touswit. Aprann kijan pou w renouvle sou entènèt.
Yon pwopozisyon règ ta kapab limite pemi travay yo. Yon nouvo pwopozisyon règ ta kapab rann li enposib pou moun k ap chèche azil yo aplike pou yon premye pemi travay alavni. Li ta kapab rann renouvèlman pemi travay yo pi difisil tou. Men pwopozisyon règ sa a POKO final.
Ou kapab toujou aplike pou yon pemi travay anvan pwopozisyon règ la vin final. Ou kapab aplike pou yon premye pemi travay 150 jou apre ou fin aplike pou azil. Ou kapab konsidere aplike pou yon renouvèlman si pemi travay ou a ap ekspire nan yon ane oswa mwens. Aprann kijan pou w aplike.
Yo bay USCIS lòd pou l rekòmanse trete renouvèlman pemi travay pou moun k ap chèche azil ki soti nan 40 peyi. Nan kòmansman ane sa a, USCIS te sispann trete renouvèlman pemi travay pou moun k ap chèche azil ki soti nan 40 peyi. Nan dat 5 jen 2026, yon tribinal te deside politik sa a pa t legal, epi li te di USCIS pou l kòmanse trete aplikasyon yo ankò. Men gouvènman an fè apèl kont desizyon tribinal la, epi tretman aplikasyon yo rete dousman.
Pa gen nouvo ekstansyon otomatik. Gouvènman an sispann bay nouvo ekstansyon otomatik pou pemi travay pou moun k ap aplike pou renouvle pemi travay yo nan dat 30 oktòb 2025 oswa apre sa. Men si ou te deja resevwa yon ekstansyon 540 jou nan dat 29 oktòb 2025 oswa anvan sa, ekstansyon ou an toujou valab! Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa.
Nouvo pemi travay yo valab pou 18 mwa. Pemi travay yo bay apre 4 desanm 2025 valab pou 18 mwa, olye de 5 an – pou moun k ap chèche azil ak kèk lòt imigran. Men si ou te deja resevwa yon pemi travay 5 an, li toujou valab pou tout 5 an yo nèt. Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa.
Frè pou premye pemi travay la ogmante. Kounye a li koute $570 pou w aplike pou yon premye pemi travay antanke moun k ap chèche azil. Frè renouvèlman yo rete menm jan an: $745 pou aplikasyon sou entènèt, ak $795 pa lapòs.
Odyans nan tribinal imigrasyon
Y ap pwograme oswa deplase odyans yo ak yon avi kout. Tcheke estati dosye w la. Gen kèk tribinal imigrasyon k ap pwograme odyans ak yon avi ki kout anpil, y ap deplase odyans ki te deja pwograme pou dat ki pi bonè, oswa y ap chanje kote odyans yo fèt pou mete yo nan nouvo kote ki pa tribinal imigrasyon. Si ou rate odyans ou a, ou pral gen anpil chans resevwa yon lòd depòtasyon. Tcheke estati dosye w la souvan si ta gen yon nouvo dat oswa yon nouvo kote pou odyans lan. Rele liy dirèk tribinal la nan 1-800-898-7180 oswa ale sou sit entènèt sa a.
Gen kèk frè ki ogmante. Depi 1ye oktòb 2026, gen kèk frè ki ogmante nan tribinal imigrasyon ak nan Komisyon Apèl Imigrasyon (BIA). Pa egzanp, frè azil pou peye chak ane (annual asylum fee) se kounye a $105, epi frè pou Avi Apèl la se kounye a $1060. Jwenn plis enfòmasyon sou frè yo isit la.
Gwo premye randevou nan tribinal. Gen kèk tribinal imigrasyon k ap pwograme premye randevou w nan tribinal (master calendar hearing) pou dè santèn imigran ki pa gen avoka, yo tout an menm tan. Olye pou yo fè yon ti odyans kout pou dosye chak moun, youn apre lòt, gen kèk jij k ap pale ak tout moun ansanm kòm yon gwoup kounye a. Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa.
Prepare w pou tribinal. Si ou gen yon dosye nan tribinal imigrasyon, dosye w la toujou aktif jiskaske jij la pran yon desizyon. Li konsèy pou w konnen anvan premye odyans ou nan tribinal imigrasyon. Si ou gen yon odyans k ap vini, sa ka itil pou w jwenn yon avoka.
Lòd depòtasyon paske w rate yon odyans. Si ou pa ale nan odyans nan tribinal imigrasyon w lan oswa si ou anreta, ou pral pwobableman resevwa yon lòd depòtasyon (removal order) yo rele yon lòd depòtasyon "in absentia". Aprann etap ou kapab pran pou w eseye reouvri dosye w la.
Frè azil pou peye chak ane. Si aplikasyon azil ou a gen omwen yon ane depi li annatant, w ap bezwen peye yon frè azil pou peye chak ane. Gras ak pwosè manm ASAP yo te fè a, yon jij te deside nan dat 22 septanm 2026 ke fason tribinal imigrasyon yo t ap chaje frè azil pou peye chak ane a se ilegal. Nou poko konnen kisa ki pral chanje kòm rezilta desizyon sa a. Jij imigrasyon yo ka toujou eseye chaje frè a, donk ou ta dwe tcheke si gen nenpòt lòd ki soti nan tribinal. Si ou resevwa yon lòd ki gen dat apre 22 septanm 2026, tanpri voye yon imèl ba nou nan [email protected] (mete yon foto lòd la si sa posib). Menm si ou pa resevwa yon lòd, ou kapab toujou peye frè azil pou peye chak ane a lè w swiv enstriksyon sa yo.
Fini ak dosye yo pi bonè. Gouvènman an ap fini ak kèk dosye nan tribinal imigrasyon anvan moun k ap chèche azil la resevwa yon odyans konplè. Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa.
Fèmen administratif. Si dosye tribinal imigrasyon w lan te fèmen administratif (dosye w la toujou nan tribinal men yo pa pwograme l pou odyans alavni), tcheke estati dosye w la. Rele 1-800-898-7180 oswa ale sou sit entènèt sa a. Anpil dosye ki te fèmen administratif, menm pandan plizyè ane, ap pwograme pou nouvo odyans.
Depòtasyon nan yon lòt peyi. Gouvènman an kapab voye kèk moun nan yon peyi ki pa peyi pa yo. Sa ka rive si ou gen yon lòd depòtasyon final (menm si ou te genyen sispansyon depòtasyon (withholding of removal) oswa CAT), oswa si jij imigrasyon an fini ak dosye azil ou a pi bonè. Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa.
Detansyon
Arestasyon ICE yo ap kontinye ogmante. ICE ap detni anpil imigran toupatou nan peyi Etazini, sa gen ladan l moun ki gen aplikasyon k ap tann desizyon ak pemi travay ki valid. Li enfòmasyon sou mezi sekirite yo.
Sit entènèt ICE la pa montre kèk moun ki nan detansyon ankò. Depi septanm 2026, sistèm sou entènèt ICE la pou jwenn moun ki nan detansyon pa montre moun ki nan detansyon ki gen yon lòd depòtasyon (removal order) final, sa gen ladan l moun ki te genyen sispansyon depòtasyon (withholding of removal) oswa pwoteksyon anba Konvansyon Kont Torti. Si ou pa kapab jwenn yon moun ou renmen sou sit entènèt ICE la, sa pa vle di nesesèman yo depòte li. Aprann plis sou detansyon.
Detansyon nan ayewopò. Nan mwa ki sot pase yo, ICE detni anpil imigran nan ayewopò toupatou nan peyi a, sa gen ladan l moun ki gen aplikasyon k ap tann desizyon, pemi travay ki valid, oswa moun ki nan pwosesis pou chanje estati imigrasyon yo. Vwayaje nan bis, tren ak machin jeneralman pi an sekirite pase vwayaje nan avyon, men sa pa vle di pa gen risk ditou. Aprann plis.
Detansyon nan randevou imigrasyon. Gouvènman an ap detni plis moun nan Randevou pou prezante nan yon biwo ICE (ICE check-in). Depi jiyè 2026, arestasyon nan tribinal imigrasyon pa tèlman kouran. Gen kèk moun yo detni nan randevou byometrik (biometrics appointment) USCIS si yo te gen yon lòd depòtasyon oswa istwa kriminèl anvan sa.
Randevou pou prezante nan yon biwo ICE
Gen kèk imigran ki gen randevou pou prezante nan yon biwo ICE, epi gen lòt ki pa genyen.
Gouvènman an ap detni plis moun pandan randevou pou prezante nan yon biwo ICE yo. Aprann plis, sa gen ladan l sa ou kapab fè pou w prepare w.
Si sa posib, pale ak yon avoka anvan ou ale nan pwochen randevou pou prezante nan yon biwo ICE ou a. Jwenn èd legal isit la.
Si yo detni w nan yon randevou pou prezante nan yon biwo ICE, epi ou pè tounen nan peyi orijin ou, ou kapab di tout ofisye imigrasyon ou kapab yo ke ou pè tounen nan peyi orijin ou epi ou vle mande azil. Li plis sou detansyon ak fason pou mande pou yo lage w.
Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS)
TPS pou El Salvador, Soudan ak Ikrèn rete valid pou kounye a. USCIS te anonse ke si ou te resevwa TPS pou El Salvador, Soudan oswa Ikrèn, pwoteksyon w ak pemi travay ou rete valid pou kounye a, jiskaske yo fè nenpòt nouvo anons. Aprann plis.
Gouvènman an ap mete fen nan TPS pou anpil peyi. Aprann sou estati aktyèl TPS pou diferan peyi.
Si TPS ou a ap fini, ou kapab eseye prepare w. Si TPS ou a fini, ou kapab nan risk pou yo detni w si ou pa gen yon lòt estati imigrasyon. Se kapab yon bon lide pou w fè yon plan ijans. Ou kapab li plis konsèy sekirite isit la. Si ou deside kite peyi Etazini, ou kapab li enfòmasyon sou fason pou w pati.
Konsidere aplike pou azil oswa yon lòt kalite estati imigrasyon kounye a si ou elijib. Sa kapab yon desizyon konplike ki depann de sikonstans espesifik ou yo. Si ou deside aplike pou azil, li pi bon pou w aplike anvan TPS ou a ekspire si sa posib. Men, ou kapab aplike pou azil tou apre TPS ou a fin ekspire. Ou ka vle jwenn yon avoka imigrasyon pou w konprann opsyon ou genyen yo.
Rezidan pèmanan (kat rezidan pèmanan)
Diferan kalite kat rezidan pèmanan. Gen diferan fason pou aplike pou rezidans pèmanan (permanent residence) (yon “kat rezidan pèmanan”) Ozetazini. Pa egzanp, ou kapab aplike apre ou fin genyen azil ou, aplike baze sou kèk kalite relasyon fanmi, aplike baze sou yon petisyon patwon, oswa aplike pou lòt rezon. Lè ou aplike pou yon kat rezidan pèmanan pandan ou anndan peyi Etazini, pwosesis la rele “ajisteman estati (adjustment of status).” Lè ou aplike depi andeyò peyi Etazini, pwosesis la rele “consular processing.” Li enfòmasyon sou diferan kalite kat rezidan pèmanan yo.
Yon nouvo politik kapab afekte kèk moun k ap aplike pou kat rezidan pèmanan ki Ozetazini. Nan dat 21 me 2026, USCIS te anonse ke kèk moun k ap aplike pou kat rezidan pèmanan baze sou fanmi oswa travay ka bezwen kite peyi Etazini kounye a epi aplike atravè consular processing, olye pou yo fè ajisteman estati pandan yo rete nan peyi a. Moun k ap aplike pou yon kat rezidan pèmanan paske yo te genyen azil yo pa konsène pa nouvo politik sa a. Si USCIS mande poukisa ou pa t kite peyi a pou w aplike, ou kapab esplike sitiyasyon w. Gen kèk aplikan ki te apwouve kanmenm lè yo te montre yo gen gwo lyen ak peyi Etazini, yo gen bon karaktè, ak rezon ki fè li ta difisil pou yo pati. Konsidere pale ak yon avoka anvan randevou w la epi pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa. Imigran yo ap konbat nouvo politik sa a nan yon pouswit lajistis.
Asistans gouvènman an. Resevwa kèk kalite asistans nan men gouvènman an kapab gen yon enpak negatif sou aplikasyon kat rezidan pèmanan ou an ki baze sou fanmi. Yo rele sa règ “chaj piblik” (public charge). Apati 18 septanm 2026, règ chaj piblik la pral elaji pou plis kalite asistans gouvènman an. Règ piblik la toujou PA aplike pou kat rezidan pèmanan ki baze sou azil, aplikasyon azil, pemi travay, ak anpil lòt aplikasyon. Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa.
USCIS ta dwe rekòmanse pran desizyon sou kat rezidan pèmanan pou 40 peyi. Nan kòmansman ane sa a, USCIS te sispann pran desizyon sou aplikasyon kat rezidan pèmanan pou imigran ki soti nan 40 peyi. Nan dat 5 jen 2026, yon tribinal te deside ke politik sa a pa t legal, epi li te di USCIS pou l kòmanse trete aplikasyon yo ankò. Men gouvènman an fè apèl kont desizyon tribinal la, epi tretman aplikasyon yo rete dousman.
Reta ak tcheke sekirite. Tcheke sekirite (security checks) pou aplikasyon kat rezidan pèmanan yo ta kapab lakòz pi gwo reta. Yo ta kapab mande kèk moun pou yo ale nan randevou byometrik (biometrics appointment) ankò.
Renouvèlman kat rezidan pèmanan. Si ou deja gen yon kat rezidan pèmanan, ou kapab kontinye renouvle kat rezidan pèmanan ou an. Poz pou 40 peyi yo pa t janm aplike pou renouvèlman kat rezidan pèmanan.
Posiblite pou revizyon dosye. Nan mwa me 2026, gouvènman an te di yo pral revize dosye moun ki gen kat rezidan pèmanan kounye a si yo sispèk fwod, oswa si yo te arete moun nan oswa si li te kondane pou sèten krim. Nou poko konnen ki jan pwosesis sa a pral fonksyone oswa konbyen moun ki ta kapab afekte. An jeneral, yon moun ki gen yon kat rezidan pèmanan ta dwe gen chans pou l defann dosye l nan tribinal imigrasyon anvan yo kapab depòte l.
Lisans chofè
Lisans chofè: Anpil moun k ap chèche azil ak lòt imigran elijib pou yo gen lisans chofè. Aprann sou egzijans nan eta kote w ye a (mizajou nan mwa oktòb 2026).
Lisans pou chofè komèsyal: Nan dat 16 mas 2026, gouvènman Ameriken an te pibliye yon nouvo règ ki anpeche moun k ap chèche azil ak lòt imigran resevwa nouvo lisans pou chofè komèsyal (CDL), ki se lisans espesyal pou kondui gwo machin ak machin ki lou. Règ sa a sanble anpil ak yon règ 2025 gouvènman an te eseye itilize pou limite CDL pou imigran, men yon tribinal te bloke règ 2025 sa a. Kounye a, imigran yo ap konbat nouvo politik la ak yon lòt pouswit lajistis.
Mezi sekirite: Lè w kite lakay ou, pote yon pyès idantite Etazini si w genyen youn. Si w gen omwen 2 ane Ozetazini, ou ka vle pote dokiman ki pwouve sa. Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa.
Nimewo social security
Moun k ap chèche azil ka fè demann pou resevwa nimewo social security (SSN) yon fwa yo resevwa pemi travay yo.
Apre ou fin resevwa premye pemi travay ou, ou ka pran yon randevou an pèsòn epi ranpli yon fòm pou fè demann pou yon kat social security. Ou ka gade videyo sa a pou w aprann kijan pou w fè demann pou yon nimewo social security oswa ou ka swiv enstriksyon sa yo. Nan tan lontan, imigran yo te ka resevwa yon kat social security otomatikman lè yo te apwouve pemi travay yo.
Biwo social security yo ka ap pataje enfòmasyon ak ajans imigrasyon yo.
Pawòl
Pa gen nouvo aplikan. Gouvènman an sispann aksepte nouvo imigran atravè pwogram pawòl (“parole”) sa yo: pawòl CBP One, pawòl pou imigran ki soti Kiba, Ayiti, Nikaragwa, ak Venezyela (CHNV), Ikrèn (U4U), Afganistan (OAW), oswa El Salvador, Gwatemala, Ondiras, ak Kolonbi (Reyinifikasyon Fanmi).
Pawòl CBP One fini pou pifò moun. Si ou te resevwa pawòl atravè CBP One, pawòl anpil moun pa valid ankò. Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa.
Pawòl pou Reyinifikasyon Fanmi rete valid toujou. Si ou gen Pawòl pou Reyinifikasyon Fanmi (FRP) kounye a, pawòl ou ak pemi travay ou rete valid pou kounye a. Nan dat 12 desanm 2025, gouvènman an te anonse li t ap mete fen nan pawòl la nan dat 14 janvye 2026 pou pifò moun ki gen FRP kounye a, men imigran yo te konteste anilasyon sa a atravè yon pouswit lajistis.
Pawòl CHNV fini. Gouvènman an mete fen nan pawòl CHNV a. Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa.
Lòt opsyon imigrasyon. Si ou pa gen yon lòt aplikasyon imigrasyon ki annatant deja, ou ka vle konsidere fè demann pou lòt opsyon imigrasyon, si ou elijib. Gen kèk moun ki te gen pawòl ki ta ka elijib pou azil oswa lòt kalite estati imigrasyon. Sa kapab yon desizyon konplike ki depann de sikonstans espesifik ou.
Estati Espesyal pou Jèn Imigran (SIJS)
Nouvo Aplikasyon. Ou kapab toujou fè demann pou SIJS kòm yon nouvo aplikan. Gen yon frè $250 pou fè demann lan.
Aksyon Difere. Gen kèk moun ki fè demann pou SIJS ki resevwa “aksyon difere,” ki pwoteje w kont depòtasyon epi ki pèmèt ou fè demann pou yon pemi travay pandan aplikasyon SIJS ou a ap tann desizyon. Si ou te fè demann pou SIJS anvan 10 me 2026, USCIS ta dwe konsidere w otomatikman pou aksyon difere. Si ou fè demann pou SIJS nan dat 10 me 2026 oswa apre sa, w ap bezwen mande aksyon difere separeman. Nan nenpòt ka, yo rapòte ke USCIS ap refize aksyon difere pou anpil aplikan SIJS. Imigran yo ap konbat chanjman sa yo nan yon pwose.
Pemi travay ki egziste deja. Si ou deja gen yon pemi travay ki baze sou aksyon difere SIJS, li toujou valid sof si USCIS voye yon avi ba ou pou mete fen nan aksyon difere w la. Gen kèk moun ki te deja gen aksyon difere ki rapòte yo resevwa avi sa yo.
Si yo akòde w SIJS, ou ka kalifye pou yon kat rezidan pèmanan. Gen yon tan tann ki long kounye a. Yon fwa ou fè demann pou yon kat rezidan pèmanan, ou kapab tou fè demann pou yon pemi travay baze sou aplikasyon kat rezidan pèmanan ki ap tann desizyon an.
Ou kapab fè demann pou azil oswa lòt kalite estati imigrasyon anmenmtan ou fè demann pou SIJS. Sa kapab yon desizyon konplike ki depann de sikonstans espesifik ou. Pou plis enfòmasyon sou opsyon imigrasyon si ou gen mwens pase 18 lane.
Sitwayènte pa nesans (birthright citizenship)
Bòn nouvèl: Nan dat 30 jen 2026, Tribinal Siprèm nan te konfime sitwayènte pa nesans! Tribinal Siprèm nan deside ke tibebe ki fèt Ozetazini se sitwayen ameriken, kèlkeswa estati imigrasyon paran yo. Mèsi ak manm ASAP yo ki te pran devan pou pwoteje dwa sa a epi defann Konstitisyon Ameriken an. Tribinal Siprèm nan se pi gwo tribinal Ozetazini, donk tout lòt tribinal Ozetazini dwe swiv desizyon sa a.
Nan dat 6 out 2026, gouvènman Ameriken an te pibliye yon nouvo lòd egzekitif ki gen rapò ak sitwayènte pa nesans. Apre sa, ASAP te depoze yon Mosyon pou yon Enjonksyon Preliminè pou anpeche gouvènman an aplike nouvo lòd la kont manm klas yo nan ka nou an – epi nou genyen! ASAP te depoze yon nouvo pwose tou pou kontinye goumen kont nouvo lòd egzekitif la.
Limit imigrasyon pou 40 peyi
Gouvènman Ameriken an ap eseye enpoze limit imigrasyon sou 40 peyi sa yo: Afganistan, Angola, Antigwa ak Babouda, Benin, Burkina Faso, Bimani (Myanmar), Burundi, Chad, Repiblik Kongo, Kòt divwa, Kiba, Dominik, Gine Ekwatoryal, Eritre, Gabon, Ganbi, Ayiti, Iran, Laos, Libi, Malawi, Mali, Moritani, Nijè, Nijerya, Palestin, Senegal, Syera Leyòn, Somali, Soudan di Sid, Soudan, Siri, Tanzani, Togo, Tonga, Tikmenistan, Venezyela, Yemen, Zanbi, ak Zimbabwe.
Gouvènman an ka revize apwobasyon imigrasyon ki te fèt deja. USCIS deklare li pral revize, epi li ka anile, kèk apwobasyon imigrasyon ki te fèt deja pou moun ki soti nan 40 peyi sa yo EPI ki te rive Ozetazini nan dat 20 janvye 2021 oswa apre sa. Gouvènman an pa di egzakteman ki dosye ki pral afekte, men sa ta ka gen ladan apwobasyon pou azil, kat rezidan pèmanan, pemi travay, estati refijye, ak natiralizasyon. Nan dat 5 jen, yon tribinal pi ba te bay USCIS lòd pou l sispann politik sa a, men nan dat 14 out 2026, yon tribinal ki pi wo te pèmèt gouvènman an kontinye avè l pou kounye a. Nou poko konnen egzakteman ki etap gouvènman an pral pran apre sa, epi n ap mete paj sa a ajou amezir n ap jwenn plis enfòmasyon.
Yon tribinal bloke poz nan tretman dosye yo. Anvan sa, USCIS te sispann trete pifò aplikasyon imigrasyon pou moun ki soti nan 40 peyi sa yo, tankou azil, renouvèlman pemi travay, ak rezidans pèmanan (kat rezidan pèmanan). Nan dat 5 jen, yon tribinal te bay lòd pou USCIS kòmanse trete dosye sa yo ankò, epi yon tribinal ki pi wo te dakò ak sa. Tretman dosye yo toujou rete dousman. Dosye a ap kontinye nan tribinal epi sitiyasyon an ka chanje alavni. Nòt: Poz la pa t janm aplike pou premye pemi travay ki baze sou yon demann azil, anba kategori (c)(8). Poz la pa t janm aplike non plis pou dosye nan tribinal imigrasyon, tankou dosye azil ki nan tribinal imigrasyon.
Yon tribinal bloke politik faktè negatif la. Anvan sa, USCIS te di lefètke yon moun soti nan youn nan peyi ki sou lis la, sa t ap yon “faktè negatif enpòtan” nan desizyon pou anpil aplikasyon imigrasyon, tankou azil oswa ajisteman estati (adjustment of status) pou rezidans pèmanan. Nan dat 5 jen, yon tribinal te bay lòd pou gouvènman an sispann politik sa a, epi yon tribinal ki pi wo te dakò ak sa. Dosye a ap kontinye nan tribinal epi sitiyasyon an ka chanje alavni.
Restriksyon yo rete an plas pou imigran k ap vwayaje pou vini Ozetazini. Anpil moun ki soti nan 40 peyi sa yo toujou ap fè fas ak restriksyon lè y ap vwayaje pou vini Ozetazini. Men gen eksepsyon, tankou youn pou kèk mari/madanm ak pitit moun ki gen estati azil (asylee status). Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa.
Kite Etazini
Kite Etazini volontèman. Si ou vle kite Etazini epi ou pa vle chèche azil ankò, ou kapab li sou bagay pou w konsidere anvan ou pati.
Itilize CBP Home. Gen kèk moun ki kapab itilize yon aplikasyon gouvènman an ki rele “CBP Home” pou yo kite Etazini. Si ou elijib pou itilize CBP Home, ou ka kapab jwenn èd pou achte yon tikè avyon, epi resevwa yon alokasyon yon fwa ou fin pati. Alokasyon an se $2600 kounye a. Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa a pou CBP Home.
Kite Etazini depi nan detansyon. Si ou nan detasyon, ou kapab li sou opsyon pou mande pou kite Etazini depi nan detansyon.
Retounen Ozetazini. Yon fwa ou kite Etazini, sa ka difisil anpil pou ou retounen legalman alavni, selon sitiyasyon ou, menmsi ou itilize aplikasyon CBP Home lan.
Amann pou moun ki pa kite Etazini. Nan dat 30 septanm 2026, yon tribinal te bloke gouvènman Ameriken an pou l pa fè imigran yo peye amann paske yo pa t kite Etazini apre yo te fin resevwa yon depa volontè oswa yon lòd depòtasyon (removal order). Sitiyasyon sa a ka chanje alavni. Vizite sit entènèt sa a pou plis enfòmasyon.
Vwayaje nan peyi Etazini
Gouvènman Ameriken an anonse plizyè restriksyon sou vwayaj ak viza pou diferan peyi. Gen kèk peyi ki gen plizyè restriksyon ki enpoze sou yo.
Randevou pou viza imigran nan anbasad ak konsila Ameriken toupatou nan mond lan kanpe pou yon moman. Viza imigran se pou moun ki vle vin viv Ozetazini nèt ale. Gouvènman an pa di konbyen tan poz sa a pral dire. Imigran yo ap konteste poz sa a nan yon pouswit lajistis.
Restriksyon sou vwayaj pou 40 peyi. Gouvènman Ameriken an ap mete restriksyon kounye a sou vwayaj pou vin Ozetazini pou sitwayen 40 peyi. Gen kèk peyi ki gen “restriksyon total,” epi gen lòt ki gen “restriksyon pasyèl.” Pou tout peyi yo, gen eksepsyon nan restriksyon sa yo.
Eksepsyon nan restriksyon yo pou tout peyi. Ou kapa b vwayaje Ozetazini toujou si nenpòt nan sitiyasyon sa yo konsène ou:
Ou se mari/madanm oswa pitit ki gen mwens pase 21 an yon moun ki te genyen azil (yo rele yon moun ki gen estati azil (asylee status)), epi ou gen yon I-730 ki apwouve. Yon I-730 se yon demann mari/madanm oswa paran ou ki gen estati azil la ranpli pou ou kapa b vin jwenn yo Ozetazini. Anvan sa, gouvènman Ameriken an t ap anpeche manm fanmi sa yo vwayaje pou vin Ozetazini. Men, nan dat 29 jiyè 2026, yon tribinal te lòd gouvènman Ameriken an pou l sispann aplike restriksyon sou vwayaj yo pou manm fanmi ki gen yon I-730 ki apwouve. Nou poko konnen konbyen tan sa pral pran pou manm fanmi moun ki gen estati azil yo kapa b rive vini Ozetazini toutbon.
Ou se yon rezidan pèmanan (lawful permanent resident).
Ou te resevwa yon viza ki valid anvan 1ye janvye 2026.
Ou gen doub nasyonalite epi lòt peyi ou a pa gen restriksyon.
Ou se yon sèten kalite atlèt.
Ou se yon doktè medikal.
Ou nan kèk kategori viza espesifik, ki gen rapò sitou ak devwa gouvènman an.
Restriksyon Total. Sitwayen peyi ki gen restriksyon total yo p ap resevwa viza imigran oswa viza non-imigran, sof pou eksepsyon ki nan lis anlè a. Peyi sa yo se: Afganistan, Boukina Faso, Bimani (Myanmar), Chad, Gine Ekwatoryal, Eritre, Ayiti, Iran, Laos, Libi, Mali, Nijè, Repiblik Kongo, Palestin, Syera Leyòn, Somali, Soudan di Sid, Soudan, Siri ak Yemen.
Restriksyon Pasyèl. Sitwayen peyi ki gen restriksyon pasyèl yo p ap resevwa viza imigran oswa kèk kalite viza non-imigran (viza B-1, B2, B-1/B-2, F, M, ak J), sof pou eksepsyon ki nan lis anlè a. Peyi sa yo se: Angola, Antigwa ak Babouda, Benin, Bouroundi, Kòt divwa, Kiba, Dominik, Gabon, Ganbi, Malawi, Moritani, Nijerya, Senegal, Tanzani, Togo, Tonga, Venezyela, Zanbi, ak Zimbabwe.
Restriksyon Pasyèl Limite. Sitwayen Tirkmenistan p ap resevwa viza imigran, sof pou eksepsyon ki nan lis anlè a, men yo kapa b resevwa viza non-imigran toujou.
Kosyon pou viza touris oswa biznis pou 50 peyi. Sitwayen 50 peyi espesifik bezwen peye yon “kosyon viza” ant $10,000 - 20,000 bay gouvènman Ameriken an anvan yo kapa b vwayaje Ozetazini, si yo jwenn yon viza touris oswa biznis. Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa.
50 peyi yo se Zimbabwe, Zambia, Venezuela, Vanuatu, Uganda, Tuvalu, Turkmenistan, Tunisia, Tonga, Togo, Tanzania, Tajikistan, Seychelles, Senegal, Sao Tome and Principe, Papua New Guinea, Nigeria, Nicaragua, Nepal, Namibia, Mozambique, Mongolia, Mauritius, Mauritania, Malawi, Lesotho, Kyrgyzstan, Guinea Bissau, Guinea, Grenada, Georgia, the Gambia, Gabon, Fiji, Ethiopia, Dominica, Djibouti, Cuba, Cote d’Ivoire, Repiblik Santafrik, Cabo Verde, Cambodia, Burundi, Botswana, Bhutan, Benin, Bangladesh, Angola, Algeria, ak Antigua and Barbuda.
Poz nan pwosesis viza imigran pou 75 peyi. Gouvènman Ameriken an te sispann trete viza imigran pou 75 peyi anvan sa, men imigran yo te goumen kont sa nan yon pwosè, epi yon jij te bay gouvènman an lòd pou li kòmanse trete viza imigran yo ankò. Men, sa kapa b chanje ankò nan lavni. Anplis de sa, si peyi a gen yon lòt restriksyon sou vwayaj (tankou restriksyon sou vwayaj pou 40 peyi ki mansyone anwo a), restriksyon sou vwayaj sa a ap rete an aplikasyon toujou.
75 peyi yo se: Afghanistan, Albania, Algeria, Antigua and Barbuda, Armenia, Azerbaijan, Bahamas, Bangladesh, Barbados, Belarus, Belize, Bhutan, Bosnia and Herzegovina, Brazil, Burma, Cambodia, Cameroon, Cape Verde, Colombia, Cote d’Ivoire, Cuba, Repiblik Demokratik Kongo, Dominica, Egypt, Eritrea, Ethiopia, Fiji, Gambia, Georgia, Ghana, Grenada, Guatemala, Guinea, Haiti, Iran, Iraq, Jamaica, Jordan, Kazakhstan, Kosovo, Kuwait, Kyrgyz Republic, Laos, Lebanon, Liberia, Libya, Moldova, Mongolia, Montenegro, Morocco, Nepal, Nicaragua, Nigeria, North Macedonia, Pakistan, Repiblik Kongo, Russia, Rwanda, Saint Kitts and Nevis, Saint Lucia, Saint Vincent and the Grenadines, Senegal, Sierra Leone, Somalia, South Sudan, Sudan, Syria, Tanzania, Thailand, Togo, Tunisia, Uganda, Uruguay, Uzbekistan ak Yemen.
Restriksyon tanporè ki gen rapò ak Ebola. Depi 18 me 2026, Etazini fè yon poz nan sèvis viza nan Repiblik Demokratik Kongo, Uganda, ak South Sudan, epi li bloke antre Ozetazini pou kèk moun ki te vwayaje nan peyi sa yo nan 21 dènye jou yo. Restriksyon sa yo sipoze tanporè epi yo PA aplikab pou sitwayen Ameriken, militè Ameriken, ak travayè gouvènman an. Li enfòmasyon sou poz pou viza a ak restriksyon sou vwayaj yo.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) gen kòm objektif pou bay enfòmasyon ki baze sou reyalite konsènan lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo pa reprezante konsèy legal.
Tout kontni legal yo ekri epi yo pase anba revizyon legal ekip avoka ekspè nan imigrasyon ASAP yo. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo gen lisans pou pratike lalwa nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm nan dwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè pri pou travay legal yo fè.