Ekri pa avoka imigrasyon ekspè ASAP yo · Mizajou nan dat
Premye randevou w nan tribinal imigrasyon an rele yon premye randevou w nan tribinal (master calendar hearing). Men kèk bagay ou dwe konnen.
1. Tcheke dat tribinal ou chak semèn.
Nou tande anpil rapò kote dat tribinal yo chanje bridsoukou san avètisman. Tcheke dat randevou w la chak semèn lè w rele 1-800-898-7180 oswa lè w vizite sit entènèt tribinal imigrasyon an. Sistèm nan ta dwe di w lè randevou w la, kote l ap fèt, epi si se an pèsòn oswa pa videyo. Si w rate randevou w la, jij la ap gen anpil chans ba ou yon lòd depòtasyon.
2. Rive omwen inèdtan edmi alavans.
Si randevou w la se an pèsòn, sa ka pran anpil tan pou w pase nan tcheke sekirite pou w antre nan bilding tribinal la, epi apre sa pou w jwenn sal tribinal ki kòrèk la. Nan kèk ka, gouvènman an kòmanse pwograme anpil moun pou randevou nan menm lè a, donk koulwa yo ka gen anpil moun. Si w rive anreta, yo ka make w kòm absan epi ba ou yon lòd depòtasyon.
3. Pote dokiman enpòtan avèk ou.
Si w gen Avi pou paret nan tribinal (Notice to Appear) ou ak avi randevou ou, pote yo nan randevou a.
Si w te deja aplike pou yon estati imigrasyon nan USCIS, pote lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) yo.
Si w gen plan pou soumèt yon aplikasyon azil, pote orijinal la ak 2 kopi aplikasyon an.
Si w gen omwen 2 ane Ozetazini, pote prèv tankou dokiman ki montre dat ou te antre a, fich chèk travay, kontra lwaye apatman, oswa dosye lekòl oswa dosye medikal.
4. Ou ka bezwen mennen pitit ou yo.
Si Avi pou paret nan tribinal (Notice to Appear) oswa avi pou randevou ou a gen non pitit ou yo ladan l, ou sipoze mennen yo avèk ou nan premye randevou w nan tribinal (master calendar hearing). Men, nan randevou a, ou ka mande jij la si ou bezwen kontinye mennen yo nan randevou k ap vini yo.
5. Koute enstriksyon yo epi pran nòt.
Pote papye ak plim pou w pran nòt sou enfòmasyon enpòtan yo, tankou dat limit yo, jij la oswa lòt anplwaye tribinal la ap ba ou. Yo ka rele non ak nimewo dosye anpil moun an menm tan pou yon gwo odyans an gwoup, donk asire w ou rete toupre oswa anndan sal tribinal la epi byen koute. Si ou pa la lè yo rele w, ou ka resevwa yon lòd depòtasyon.
6. Ou gen dwa pou w mande azil.
Si ou pè tounen nan peyi orijin ou, ou ka di sa. Gen kèk jij oswa avoka gouvènman an ki ka eseye di w ou pa ta dwe mande azil. Men, ou gen dwa pou w mande azil si ou kalifye, epi ou ka di jij la ou gen plan pou w fè demann lan. Si ou di ou PA gen plan pou w mande anyen, jij la ka fèmen dosye w la epi ba ou yon lòd depòtasyon.
7. Ou ka prepare repons pou kesyon yo poze souvan.
Èske ou vle chanje kote tribinal ou a ye? Si ou deplase al rete lwen, jij la ka mande w si ou vle chanje tribinal ou a. Li enfòmasyon sou sa pou w konsidere.
Èske ou dakò ak enfòmasyon ki sou Avi pou paret nan tribinal ou a? Yon jij ka poze w kesyon sa a byen fò, oswa anplwaye tribinal la ka mande w pou w ranpli yon dokiman yo rele "pleadings declaration." Reponn kesyon sou Avi pou paret nan tribinal ou a ka gen efè sou dosye w la.
Èske ou vle plis tan pou w jwenn yon avoka oswa pou w rasanble prèv? Plis tan ka ede w prepare yon dosye ki pi solid. Men, si ou te deja mande azil, mande plis tan ka reta nan premye pemi travay ou.
8. Ou kapab poze pwòp kesyon pa ou.
Si jij la prezan, randevou a se yon okazyon pou poze l kesyon oswa fè demann. Si ou pa konprann yon bagay, ou kapab mande jij la pou l esplike w li. Men kèk egzanp:
"Mwen bezwen yon entèprèt nan lang mwen" — ou gen dwa pou sa
"Èske mwen kapab patisipe nan randevou k ap vini yo pa videyo?"
“Èske mwen bezwen mennen pitit mwen yo nan yon randevou k ap vini?”
"Èske mwen kapab gen plis tan pou m jwenn yon avoka?" (Nòt: sa kapab retade premye pemi travay ou si ou te deja aplike pou azil)
Pou plis enfòmasyon sou tribinal imigrasyon.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) gen kòm objektif pou bay enfòmasyon ki baze sou reyalite konsènan lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo pa konsèy legal.
Tout kontni legal yo ekri epi yo revize legalman pa ekip avoka ekspè nan imigrasyon ASAP yo. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo admèt nan Baro nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm nan dwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè prim pou travay legal yo.