Ekri pa avoka imigrasyon ekspè ASAP yo · Mizajou nan dat
Moun k ap chèche azil yo kapa b fè demann oswa renouvle yon pemi travay sou entènèt nan Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini (USCIS). Manm ASAP yo te genyen chanjman sa a nan ane 2023 apre plizyè mwa ap plede pou sa.
Kontinye li pou w aprann plis sou aplikasyon pemi travay sou entènèt la (Fòm I-765). Ou kapa b gade videyo sa a tou.
Èske mwen kapa b fè demann pemi travay mwen an sou entènèt?
Pou anpil moun, fè demann pemi travay sou entènèt se pi bon opsyon an! Ou kapa b jwenn pemi travay ou pi vit lè w fè demann lan sou entènèt. Aplikasyon w lan ap rive pi vit paske li p ap gen pou l vwayaje nan lapòs. Epitou, sistèm sou entènèt la ap konfime imedyatman ke w te depoze aplikasyon pemi travay ou a, epi l ap voye yon avi ba ou lè USCIS pran yon desizyon.
Si w ap renouvle pemi travay ou, li koute mwens chè pou w soumèt aplikasyon renouvèlman an sou entènèt. Si w ap renouvle pemi travay ou baze sou azil sou entènèt, sa koute yon total $745. Si w ap renouvle pemi travay ou pa lapòs, sa koute yon total $795.
Frè pou fè demann yon premye pemi travay baze sou azil la ($570) se menm bagay la, kit ou fè demann lan sou entènèt oswa pa lapòs.
Kit ou fè demann lan sou entènèt oswa pa lapòs, règ pou jwenn yon pemi travay kòm yon moun k ap chèche azil yo se menm. Pa egzanp, ou dwe toujou tann omwen 150 jou apre w fin depoze aplikasyon azil ou a anvan ou kapa b fè demann pou pemi travay ou.
Ki etap pou m swiv pou m depoze aplikasyon pemi travay mwen an sou entènèt?
Ale sou paj entènèt an myUSCIS sa a. Konekte nan kont USCIS ou ki egziste deja oswa kreye yon nouvo kont. Ou kapa b gade videyo USCIS sa a sou fason pou w kreye yon kont sou entènèt.
Apre w fin konekte, si yo mande w pou w chwazi ant diferan opsyon sou paj la, ou kapa b chwazi “myUSCIS” pou w rive nan kont ou sou entènèt.
Yon fwa ou nan paj kont myUSCIS ou a, ou kapa b kòmanse aplikasyon w lan. Si w ap itilize yon telefòn, klike sou “Menu” nan kwen anwo adwat la, klike sou “Account actions,” epi klike sou “File a form online.” Si w ap itilize yon òdinatè, klike sou “My Account” nan kwen anwo adwat la, epi klike sou “File a form online.”
Apre sa, chwazi “I-765, Application for Employment Authorization” nan meni dewoulan an.
Chwazi kategori w la. Si w ap fè demann pou yon pemi travay baze sou yon aplikasyon azil ki annatant, chwazi “(c)(8) Pending Asylum and Withholding of Removal Applicants and Applicants for Asylum under the ABC Settlement Agreement.”
Klike sou “Continue.”
Apre sa, w ap wè de opsyon: “Fill Out Form Fields Online” ak “Upload a Filled Out PDF Form.” Ranpli fòm nan dirèkteman sou entènèt la kapa b pi fasil pou pifò moun. Men, telechaje yon fòm PDF obligatwa si w ap mande yon egzansyon pou frè a sou entènèt tou.
Pou w konplete aplikasyon w lan sou entènèt, chwazi “Fill Out Form Fields Online.” Pwochèn ekran an ap di “I-765 - Application for Employment Authorization” epi l ap gen enfòmasyon pou w konnen “Before You Start Your Application.” Ou kapa b li l, desann anba, epi klike sou “Next.”
Apre sa, w ap wè yon ekran ki di “Completing Your Form Online.” Ou kapa b li l, desann anba, epi klike sou “Start.”
Swiv etap yo sou entènèt pou w konplete aplikasyon w lan. Malerezman, aplikasyon an kapa b fèt an anglè sèlman.
Revize aplikasyon w lan avèk swen anvan ou klike sou soumèt. Gade plis enfòmasyon anba a!
Apre w fin soumèt aplikasyon azil ou a, tcheke kont USCIS ou souvan pou w wè avi enpòtan sou estati aplikasyon w lan.
Apre ou fin aplike, ou ka resevwa tou yon lèt randevou pou al fe byometrik (biometrics notice), kote gouvènman an pral pran anprent dwèt ou, foto dijital ou, oswa tou de. Li plis enfòmasyon sou randevou byometrik (biometrics appointment).
Si yo apwouve pemi travay ou, ou kapa b aplike pou yon nimewo social security (SSN) apre ou fin resevwa kat pemi travay ou.
Kisa mwen dwe konnen pou m ranpli aplikasyon pemi travay mwen an sou entènèt?
Ou kapa b gade videyo sa a pou jwenn enstriksyon detaye, etap pa etap.
Men kèk nòt sou kesyon espesifik ki nan aplikasyon sou entènèt la:
Kategori elijibilite: Si w ap aplike pou yon pemi travay paske ou gen yon aplikasyon azil ki annatant, olye pou w ekri (c)(8) jan w ta fè sa sou fòm papye a, w ap chwazi (c)(8) nan yon meni nan seksyon “Basis of Eligibility”:


“Èske w se yon sitwayen Salvadoreyen oswa Gwatemalteko ki elijib pou benefis anba akò règleman ABC a?”
Pifò moun pral reponn “Non” pou kesyon sa a. Menm si ou soti El Salvador oswa Gwatemala, ou ta ka reponn wi sèlman si ou te deja Ozetazini epi ou te nan yon pwosesis legal anvan 1991.
Ki rezon w ap aplike?
Si sa a pral premye pemi travay ou kòm yon moun k ap chèche azil, chwazi “Initial permission to accept employment.”
Si w ap renouvle pemi travay ou kòm yon moun k ap chèche azil, chwazi “Renewal of permission to accept employment.”
Si ou genyen yon pemi travay deja nan yon lòt kategori tankou pawol (“parole”) oswa Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS), ou ta dwe toujou chwazi “Initial” isit la si sa a pral premye pemi travay ou kòm yon moun k ap chèche azil, nan kategori (c)(8).
“Place of Arrival” (Kote ou te Antre): W ap bezwen chwazi nan yon lis dewoulant ki long. Ou ka jwenn kote ou te antre a make sou dokiman ou te resevwa lè ou te antre Ozetazini. Si ou pa sèten oswa ou pa ka jwenn enfòmasyon an, ou ka chwazi “Unknown”.

“Status at last arrival” (Estati nan dènye antre w): W ap bezwen chwazi nan yon lòt lis dewoulant ki long.
Si ou te antre Ozetazini ak yon pawol oswa yon kalite viza espesifik (tankou yon viza touris B2 oswa viza etidyan F1), chwazi sa nan lis la.
Si ou pa konnen ki estati ou te genyen lè ou te antre Ozetazini dènye fwa a, ou ka chwazi “UN – Unknown, None, Or Not Reported.”
“Ki estati oswa kategori imigrasyon ou genyen kounye a?”: Si ou te soumèt yon aplikasyon azil epi ou pa gen yon lòt estati imigrasyon tou, ou ka chwazi “999 – Alien Awaiting Decision of Asylum.”
Kategori prèv yo: Ou dwe telechaje prèv nan fòm sou entènèt la. Aplikasyon sou entènèt la gen enstriksyon espesifik sou gwosè fichye yo ak non fichye yo. Ou ka soumèt plis prèv tou apre ou fin soumèt aplikasyon azil ou a. Li plis enfòmasyon sou prèv anba a.
Si yon kesyon pa konsène ou oswa ou pa konnen repons lan: Si yon kesyon pa konsène ou, ekri oswa chwazi “N/A – Not applicable”. Si ou pa konnen yon repons, ekri oswa chwazi “Unknown”. Si ou pa reponn yon kesyon ki obligatwa, sistèm nan ap avèti w lè w rive nan seksyon “Review and Submit” la. Apre sa, ou ka tounen dèyè pou w reponn.
Èske gen yon frè pou aplike pou yon pemi travay sou entènèt?
Wi, nan fen aplikasyon an sou entènèt, USCIS pral mande w pou peye frè a lè w bay enfòmasyon sou kont bankè w oswa kat kredi w. Kantite lajan frè a depann de si w ap aplike pou premye pemi travay ou oswa si w ap renouvle pemi travay ou.
Premye pemi travay. Li koute $570 pou aplike pou yon premye pemi travay kòm yon moun k ap chèche azil.
Renouvèlman pemi travay. Si w ap renouvle pemi travay ou sou entènèt, kounye a li koute yon total $745.
Kisa k ap pase si mwen pa ka peye frè pemi travay la?
Pa gen okenn fason pou mande yon egzansyon pou frè a (fee waiver) pou yon premye pemi travay kòm yon moun k ap chèche azil.
Men, si w ap aplike pou renouvle yon pemi travay kòm yon moun k ap chèche azil epi ou pa kapab peye kantite total la, ou ka mande yon egzansyon pou frè a pou yon pati nan frè a.
Ou ka telechaje aplikasyon pemi travay ou a (Fòm I-765) ak egzansyon pou frè a (Fòm I-912) kòm dokiman PDF sou entènèt lè w swiv enstriksyon ki anba yo:
1. Ranpli Fòm I-765
Telechaje aplikasyon pemi travay la (Fòm I-765) sou paj entènèt an USCIS sa a.
Gade videyo sa a pou jwenn enstriksyon etap pa etap sou fason pou w ranpli Fòm I-765 la.
Si w ap aplike pou renouvle pemi travay ou baze sou yon aplikasyon azil ki annatant, koche kaz 1.c.
Si w ap aplike pou yon pemi travay baze sou yon aplikasyon azil ki annatant, “kategori elijiblite” w pou Kesyon 27 se “(c)(8).”
Si yon kesyon pa konsène w, mete “N/A”.
2. Ranpli Fòm I-912
Ranpli repons pou kesyon yo, an anglè.
Siyen epi mete dat sou fòm nan alamen ak lank nwa.
Rasanble prèv sou sitiyasyon finansye w pou montre ou pa ka peye frè a. Pa egzanp, ou ka mete yon kopi deklarasyon taks ou, fèy dechay (pay stubs), relve bankè, bòdwo ak resi. Ou ka mete prèv tou ki montre oumenm oswa manm fanmi w ap resevwa asistans gouvènman an baze sou revni, tankou bon manje (food stamps) oswa Medicaid.
Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou demann egzansyon pou frè a sou sit entènèt USCIS sa a.
3. Telechaje Fòm I-912 ak Fòm I-765 kòm PDF sou entènèt.
Konekte oswa kreye yon kont USCIS (USCIS account).
Si w ap itilize yon telefòn, klike sou “Menu” nan kwen anwo adwat la, klike sou “Account actions,” epi klike sou “File a form online.” Si w ap itilize yon òdinatè, klike sou “My Account” nan kwen anwo adwat la, epi klike sou “File a form online.”
Apre sa, chwazi “I-765, Application for Employment Authorization” nan meni dewoulan an.
Chwazi kategori w la. Si w ap aplike pou yon pemi travay baze sou yon aplikasyon azil ki annatant, chwazi “(c)(8) Pending Asylum and Withholding of Removal Applicants and Applicants for Asylum under the ABC Settlement Agreement.”
Klike sou “Continue.”
Apre sa, ou pral wè de opsyon: “Fill Out Form Fields Online” ak “Upload a Filled Out PDF Form.” Chwazi dezyèm opsyon an, “Upload a Filled Out PDF Form.”
Pou kesyon “Are you able to pay the filing fee?” klike sou “No.” Yon nouvo seksyon pral parèt anba a, ki di “Upload your fee waiver request.” Eskane epi telechaje demann egzansyon pou frè a (Form I-912) isit la. Sit entènèt la pral konfime ke w ap soumèt Form I-912 epi ou te siyen fòm ou an. Si ou gen pwoblèm, eseye eskane epi telechaje fòm nan ankò. Ou kapa b tou siyale pwoblèm teknik bay USCIS isit la.
Apre ou fin telechaje demann egzansyon pou frè a, yon nouvo seksyon pral parèt anba a, ki di “Upload Mandatory Supporting Documents for your Fee Waiver Request.” Eskane epi telechaje prèv konsènan sitiyasyon finansye w isit la. Ou kapa b telechaje plizyè dokiman.
Nan pwochen seksyon ki rele “Upload PDF,” eskane epi telechaje aplikasyon pemi travay ou a (Form I-765). Sit entènèt la pral verifye ke w ap soumèt tout paj Form I-765 yo.
Apre sa, nan seksyon “Evidence” la, eskane epi telechaje prèv pou aplikasyon pemi travay ou a. Ou kapa b jwenn plis enfòmasyon sou seksyon prèv la isit la.
Nan seksyon “Review & Submit” la, ou kapa b wè kèk alèt konsènan koreksyon ou bezwen fè anvan ou kapa b soumèt aplikasyon w lan. Korije erè yo, revize aplikasyon w lan avèk swen, epi soumèt li.
Si w ap renouvle pemi travay ou, li posib pou w wè yon paj toujou nan fen aplikasyon sou entènèt la pou w peye $275 yo mande a ki pa kapa b egzante.
Apre ou fin soumèt aplikasyon pemi travay ou a, tcheke kont USCIS ou a souvan pou w wè avi enpòtan sou estati aplikasyon w lan.
Ki prèv mwen bezwen mete nan aplikasyon pemi travay sou entènèt mwen an?
Kategori prèv sa yo obligatwa pou tout moun k ap chèche azil:
Foto dijital ou: Ou dwe telechaje yon foto dijital ki satisfè egzijans pou yon foto paspò. Ou kapa b eseye pran yon foto sou telefòn ou, pandan w ap swiv enstriksyon sou fòma foto yo avèk swen. Jwenn yon foto ki satisfè tout egzijans yo kapa b difisil. Si ou gen pwoblèm, ou kapa b telechaje yon aplikasyon pou foto paspò sou telefòn ou, oswa ou kapa b ale nan yon famasi epi peye pou yon foto paspò.
Dokiman Otorizasyon Travay (oswa yon lòt pyès idantite gouvènman an bay ki gen foto): Si ou deja gen yon kat pemi travay (Dokiman Otorizasyon Travay), telechaje l isit la. Si ou pa gen yon kat pemi travay, telechaje yon paspò oswa yon lòt pyès idantite gouvènman an bay ki gen non w ak foto w. Si paspò a oswa pyès idantite gouvènman an pa an anglè, mete yon tradiksyon pyès idantite a ak yon sètifika tradiksyon.
Form I-589: Isit la ou dwe bay prèv ke ou te soumèt aplikasyon azil ou a depi omwen 150 jou. Pa egzanp, ou ta kapa b telechaje yon lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice), oswa premye paj aplikasyon azil I-589 ou a ki gen yon tenm sou li ansanm ak yon kopi pwochen avi randevou w nan tribinal imigrasyon an. Ou kapa b telechaje plizyè dokiman.
Gen lòt kalite prèv ki pa obligatwa pou tout moun:
Kategori ki ka pa konsène ou: Gen kèk nan kategori prèv yo, tankou Lòd Ranvwa BIA oswa Istwa Kriminèl ki ka pa konsène ou. Ou PA bezwen telechaje prèv nan kategori ki pa konsène ou yo.
Men, lè ou klike sou “Next” san ou pa telechaje anyen, ou pral wè mesaj sa a:

Ou kapa b klike sou “Next” ankò pou kontinye ak aplikasyon w lan. Sa pa ta dwe reta aplikasyon w lan si kategori a pa konsène ou. ASAP mande USCIS pou yo ranje mesaj sa a k ap bay konfizyon.
Si ou gen kesyon sou si yon kategori konsène ou, ou ka vle pale ak yon avoka imigrasyon.
Fòm I-94 oswa paspò: Gen kèk moun ki resevwa yon Fòm I-94 lè yo antre Ozetazini. Si ou pa gen yon Fòm I-94, ou ka telechaje yon kopi paj paspò w ki gen foto w la, ansanm ak nenpòt paj ki gen tenb sou yo. Si ou pa gen Fòm I-94 oswa yon paspò, ou ka klike sou “Next”. Ou pral wè menm avètisman an jan sa te parèt anwo a, men ou ka klike sou “Next” ankò.
Nòt: Ou PA bezwen mete kat manm ASAP ou a nan aplikasyon pemi travay ou a. Men, si ou mete kat manm ASAP ou a, sa p ap afekte aplikasyon pemi travay ou a yon fason negatif.
Èske mwen kapa b bezwen yon kont USCIS separe pou m aplike sou entènèt pou yon pemi travay pou mari/madanm mwen oswa pitit mwen?
Wi. Si ou vle aplike pou yon pemi travay sou entènèt pou mari/madanm ou oswa pitit ou, chak moun ap bezwen yon kont USCIS (kont USCIS) separe ki fèt ak yon adrès imèl separe. Chak moun k ap aplike pou yon pemi travay sou entènèt soumèt pwòp aplikasyon pemi travay pa yo nan pwòp kont USCIS pa yo.
Si w ap aplike pou pitit ou, ou menm antanke granmoun ka kreye yon imèl pou pitit ou a nan non pa w ak dat nesans pa w. Apre sa, sèvi ak nouvo imèl sa a pou kreye yon nouvo kont USCIS pou pitit ou a. Si w ap ede pitit ou a, ou ka konekte nan kont USCIS pitit ou a epi ranpli aplikasyon pemi travay la ak enfòmasyon pitit ou a. Ou ka reponn “wi” pou kesyon “Èske gen yon moun k ap ede w ranpli aplikasyon sa a?” epi ranpli enfòmasyon w yo kòm moun ki prepare aplikasyon pitit ou a.
Si ou te mete mari/madanm ou oswa pitit ou nan aplikasyon azil ou a, gen lòt prèv anplis ou ta dwe telechaje nan seksyon prèv “I-589″ nan aplikasyon pemi travay yo a:
Premye 3 paj aplikasyon azil ou a (Fòm I-589), pou montre ou te mete yo kòm manm fanmi w.
Dokiman ki montre relasyon fanmi nou, tankou yon sètifika maryaj oswa yon sètifika nesans. Si dokiman an pa an anglè, li dwe tradui epi li dwe gen yon sètifika tradiksyon.
Prèv ki montre ou menm ak manm fanmi w lan nan menm dosye a, tankou yon kopi avi pou parèt nan tribinal imigrasyon ki montre non nou de a, oswa yon kopi lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan.
Si mari/madanm ou oswa pitit ou te soumèt pwòp aplikasyon azil pa yo, lè sa a yo pa bezwen pwouve yo nan dosye w la, epi yo pa bezwen mete dokiman anplis sa yo.
Èske mwen kapa b toujou voye aplikasyon m nan pa lapòs si mwen pa vle fè aplikasyon pemi travay mwen an sou entènèt?
Wi! Ou kapa b gade videyo sa a pou enstriksyon, epi jwenn plis enfòmasyon nan seksyon sa a nan paj entènèt an ASAP la.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) vize bay enfòmasyon reyèl sou lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa a se pa konsèy legal.
Tout kontni legal se ekip avoka ekspè nan imigrasyon ASAP yo ki ekri epi revize yo legalman. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo admèt nan Bawo nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm lalwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè pri pou travay legal yo fè.