Ekri pa avoka imigrasyon ekspè ASAP yo · Mizajou
Gouvènman an voye yon avi pou mete fen nan pawòl (“parole”) pi bonè pou imigran ki te resevwa parole atravè pwogram “CHNV” pou Kiba, Ayiti, Nikaragwa, ak Venezyela. Parole CHNV ak pèmi travay ki baze sou CHNV yo anile kounye a.
Imigran yo te depoze yon pwose pou sispann chanjman sa a tanporèman, men nan dat 30 me 2025, Tribinal Siprèm nan te di ke gouvènman an te kapab mete fen nan parole CHNV a. Imigran yo ap kontinye goumen nan pwose a. Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa.
Gouvènman an di li planifye pou depòte moun ki te gen parole CHNV, si yo pa gen yon lòt aplikasyon imigrasyon k ap tann yon desizyon. Si ou pa gen yon lòt aplikasyon imigrasyon k ap tann yon desizyon deja, ou kapab konsidere aplike, si ou elijib. Gen kèk moun ki gen parole CHNV ki ta kapab elijib pou azil, Lwa sou Ajisteman pou Kiben, oswa lòt opsyon.
Men, soumèt yon nouvo aplikasyon imigrasyon kapab yon desizyon konplike ki depann de sikonstans espesifik ou. Epitou, gen yon aplikasyon k ap tann yon desizyon pa nesesèman anpeche yon moun nan detasyon (detention). Chak fwa ou ranpli yon nouvo aplikasyon, w ap bay gouvènman an enfòmasyon ajou yo petèt pa t genyen deja.
Si ou vle pale ak yon avoka sou opsyon ou yo, ou kapab jwenn èd legal. Ou kapab li plis tou sou ki jan lwa yo ap chanje ak mezi sekirite pou w pran. Ou kapab jwenn plis enfòmasyon tou sou pwose parole CHNV a isit la.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) gen kòm objektif pou bay enfòmasyon reyèl sou lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo se pa konsèy legal.
Tout kontni legal yo ekri epi revize legalman pa ekip avoka imigrasyon ekspè ASAP yo. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo admèt nan Baro nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm nan dwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè prim pou travay legal yo.
