Ekri pa avoka imigrasyon ekspè ASAP yo · Mizajou nan dat
Pou tcheke estati dosye azil ou a, dabò ou bezwen konnen si dosye w la nan tribinal imigrasyon oswa nan Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini (USCIS). Si ou pa sèten, li fason pou w chèche konnen. Aplikasyon pou pemi travay ou a ap toujou soumèt bay USCIS.
Tribinal Imigrasyon
Rele liy dirèk tribinal imigrasyon an nan 1-800-898-7180 epi ale sou sit entènèt tribinal sa a pou w jwenn dat pwochen randevou w la ak lòt enfòmasyon.
W ap bezwen antre nimewo alyen (A number) ou.
Sou sit entènèt la, w ap bezwen antre peyi kote w soti a tou (“Nationality”).
Li enfòmasyon sou sa mesaj diferan ki nan sistèm nan vle di.
Tcheke estati dosye w la chak semèn si ou kapab. Nan ane 2026, gouvènman an ap pwograme epi deplase randevou nan tribinal imigrasyon yo pou mete yo nan lòt lè ak lòt kote ak yon avi ki kout anpil.
Li enfòmasyon sou kijan pou w prepare w pou premye randevou w nan tribinal (master calendar hearing) ak randevou devan jij (individual or merits hearing).
Peye frè azil pou peye chak ane a. Sistèm tribinal imigrasyon an PAP di w si frè azil pou peye chak ane (annual asylum fee) ou a dwe peye – men si w te aplike pou azil sa gen plis pase yon ane, ou kapab peye frè a nenpòt lè.
USCIS
Tcheke estati dosye azil ou a sou sit entènèt USCIS sa a.
W ap bezwen antre nimewo resi w la, ou ka jwenn li anwo sou bò gòch lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) ou a.
Li enfòmasyon sou sa mesaj diferan ki nan sistèm nan vle di.
Tcheke kont anliy ou a. Si w te soumèt aplikasyon azil ou a bay USCIS anliy, ou kapab konekte tou nan kont USCIS ou a pou w tcheke estati w epi jwenn dokiman tankou lèt resi w la.
Tcheke si frè azil pou peye chak ane w la dwe peye. Ou kapab tcheke si frè azil pou peye chak ane ou a dwe peye sou sit entènèt USCIS sa a.
Pemi Travay
Tcheke estati aplikasyon pemi travay ou sou paj entènèt USCIS sa a.
Ou pral bezwen antre nimewo resi w la, ou ka jwenn li anwo sou bò gòch nan lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) pou pemi travay ou.
Jwenn enfòmasyon sou tan tretman yo. Kounye a, USCIS pral bay yon estimasyon sou ki lè ou ta dwe resevwa yon desizyon sou aplikasyon pemi travay ou.
Vizite kont USCIS ou a sou entènèt epi klike sou onglè “myProgress” la. (Nòt: tan yo estime a ka pa egzak).
Si ou bezwen kreye yon kont sou entènèt, aprann kijan pou fè sa.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) gen kòm objektif pou bay enfòmasyon ki baze sou reyalite konsènan lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo pa konsèy legal.
Tout kontni legal se ekip avoka ekspè nan imigrasyon ASAP yo ki ekri li epi ki revize li legalman. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo gen lisans pou pratike lalwa nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm nan dwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè pri pou travay legal yo fè.


