Ekri pa avoka imigrasyon ekspè ASAP yo · Mizajou nan dat
Dokiman sa a se yon lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) ki fè w konnen USCIS te resevwa aplikasyon w te voye pa lapòs pou pemi travay ou baze sou yon aplikasyon azil ki annatant (kategori (c)(8)). Ou kapab sèvi ak nimewo resi a pou tcheke estati aplikasyon w lan isit la.
Sa depann de ki lè ak ki jan ou te soumèt aplikasyon pemi travay ou a, lèt resi w la ka parèt yon ti jan diferan. Ou kapab wè yon modèl lèt resi pou yon aplikasyon pemi travay ki te soumèt sou entènèt isit la.
Si ou pa t resevwa yon lèt resi pou pemi travay, aprann ki etap ou kapab pran.
Adrès ki make anba non w lan se adrès kote yo pral voye pemi travay ou a. Ou kapab mete adrès ou ajou si li chanje.
Èske w ap renouvle pemi travay ou kòm yon moun k ap chèche azil? Pemi travay ou a pwolonje otomatikman pou 540 jou si USCIS te resevwa aplikasyon pou renouvèlman pemi travay ou a anvan 30 oktòb 2025, epi nan dat oswa anvan dat ekspirasyon ki ekri sou kat pemi travay ou genyen kounye a. Lèt resi sa a se prèv pwolongasyon an. Sa a se verite menmsi lèt resi w la ta di pemi travay ou a pwolonje pou 180 jou sèlman. Dapre USCIS, ou kapab montre patwon w lan lèt resi w la, kat pemi travay ou genyen kounye a, ak paj entènèt an USCIS sa a kòm prèv pwolongasyon 540 jou a. Pou plis enfòmasyon sou pwolongasyon pemi travay la, klike isit la.
Pou plis enfòmasyon sou pemi travay, klike isit la.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) gen pou objektif pou bay enfòmasyon ki kòrèk sou lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo pa konsèy legal.
Tout kontni legal se ekip avoka imigrasyon ekspè ASAP yo ki ekri li epi ki revize li legalman. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo gen lisans pou pratike lalwa nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm nan dwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè pri pou travay legal yo fè.
