Ekri pa avoka imigrasyon ekspè ASAP yo · Mizajou
Lòd sa a ki soti nan Komisyon Apèl Imigrasyon (BIA) di ou bezwen peye frè azil pou peye chak ane (annual asylum fee). Li gen ladan l yon dat limit pou peye frè a epi voye prèv peman an tounen bay BIA a. Ou kapa b peye frè a sou sit entènèt peman sa a.
Frè azil pou peye chak ane a te ogmante soti $102 pou rive $105 nan dat 1ye oktòb 2026. Revize kantite frè ki nan lòd ou a avèk atansyon, pou ou kapa b chwazi opsyon ki kòrèk la nan meni dewoulan pou “Filing Type” sou sit entènèt peman an.
Si lòd ou a di “$102”: chwazi “Court - Form I-589, Annual Asylum Fee for Asylum and for Withholding of Removal (AAF) - For Fiscal Year 2026 Payments” pou peye $102. Lòd ou a gen anpil chans pou l di sa si li te fèt anvan 1ye oktòb 2026.
Si lòd ou a di “$105”: chwazi opsyon ki di “Court - Form I-589, Annual Asylum Fee for Asylum and for Withholding of Removal (AAF)” pou peye $105. Lòd ou a gen anpil chans pou l di sa si li te fèt nan dat 1ye oktòb 2026 oswa apre sa.
Jwenn plis enstriksyon, tankou kijan pou voye prèv peman bay BIA a.
Mizajou 22 septanm: Gras ak pouswit lajistis manm ASAP yo te fè a, yon jij deside fason BIA a t ap chaje frè azil pou peye chak ane a ilegal. Nou poko konnen kisa ki pral chanje kòm rezilta desizyon sa a. N ap mete paj sa a ajou amezir n ap aprann plis. Si ou te aplike pou azil sa gen plis pase 1 an, ou kapa b toujou peye frè azil pou peye chak ane a bay BIA a lè ou swiv enstriksyon sa yo.
Si ou kwè BIA te voye lòd sa a ba ou pa erè: ASAP resevwa rapò ki fè konnen moun ki pa ta dwe peye frè azil pou peye chak ane a ap resevwa lòd sa yo toujou. Jwenn enfòmasyon pou moun ki enkli nan aplikasyon azil yon manm fanmi yo, oswa moun k ap aplike pou sispyans depòtasyon oswa pwoteksyon anba Konvansyon Kont Torti.
Ou kapa b jwenn enfòmasyon ki pi resan sou frè azil pou peye chak ane nan BIA a isit la. Ou kapa b tou gade videyo sa a sou kijan pou peye frè azil pou peye chak ane a (videyo a se pou tribinal imigrasyon, men etap yo se menm bagay la pou BIA a).
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) gen pou objektif pou bay enfòmasyon ki baze sou reyalite konsènan lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo se pa konsèy legal.
Tout kontni legal se ekip avoka imigrasyon ekspè ASAP yo ki ekri li epi ki revize li legalman. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Kolektivman, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo admèt nan Baro nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm lalwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè prim pou travay legal yo.
