Ekri pa avoka imigrasyon ekspè ASAP yo · Mizajou nan dat
Dokiman sa a se yon avi sou fason pou w enskri sou sit entènèt tribinal imigrasyon (Respondent Access Portal). Respondent Access Portal la se yon sistèm sou entènèt ki fèt pou ede moun ki nan tribinal imigrasyon ki pa gen avoka. Si ou enskri pou yon kont sou Respondent Access Portal, ou kapab jwenn enfòmasyon ak dokiman pou dosye w la, gade revèy (“asylum clock”) ou a, epi soumèt dokiman ak demann bay tribinal la.
Anvan sa, ou te kapab enskri pou yon kont Respondent Access Portal sèlman si tribinal imigrasyon an te voye yon envitasyon ba ou tankou avi sa a. Kounye a, nenpòt moun kapab enskri pou yon kont depi yo gen plis pase 18 an, yo pa gen avoka, epi yo gen yon dosye nan tribinal imigrasyon. Ou pa bezwen resevwa avi sa a pou w enskri.
Si ou vle kreye yon kont sou entènèt nan Respondent Access Portal, ou kapab swiv etap ki anba yo. Kreye yon kont se yon chwa, epi ou kapab toujou soumèt dokiman bay tribinal la pa lapòs oswa an pèsòn san ou pa gen yon kont Respondent Access Portal.
Ranpli fòm enskripsyon sou entènèt sa a an anglè. Ou kapab klike sou “Respondent” pou premye kesyon an. W ap bezwen nimewo alyen (A number) ou a ak yon adrès imèl ki valid pou w konplete fòm nan.
Pandan yon peryòd 90 jou apre w fin ranpli fòm nan sou entènèt, ou dwe ale nan tribinal imigrasyon an pèsòn pou konfime idantite w. W ap bezwen pote yon kat idantite ofisyèl ki gen foto w (tankou yon pemi travay oswa yon paspò), oswa lòt prèv idantite ki nan lis nan paj 2 dokiman sa a.
Apre sa, ou ta dwe resevwa yon imèl nan men gouvènman an k ap di w kijan pou w konekte sou kont ou a. Ou kapab tou li gid sa a pou w aprann kijan pou w konekte.
Ou kapab vizite paj entènèt tribinal imigrasyon sa a pou plis enfòmasyon sou Respondent Access Portal.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) gen kòm objektif pou bay enfòmasyon ki baze sou reyalite konsènan lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo pa konsèy legal.
Tout kontni legal yo ekri epi yo revize legalman pa ekip avoka imigrasyon ekspè ASAP yo. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo gen lisans pou pratike lalwa nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm nan dwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè prim pou travay legal yo.
