Ekri pa avoka imigrasyon ekspè ASAP yo · Mizajou nan dat
Yon Demann pou Plis Dokiman (Request for Evidence) se yon avi Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini (USCIS) voye, pou di yo bezwen plis prèv nan men ou pou yo kapab trete aplikasyon w lan.
Si ou gen plizyè aplikasyon k ap tann nan USCIS, avi a ap presize pou ki aplikasyon y ap ekri w la. Pa egzanp, avi patikilye sa a se konsènan yon aplikasyon pou otorizasyon travay.
Avi a eksplike ki kalite prèv ou bezwen soumèt. Pafwa USCIS mande yon sèl dokiman anplis, men yo kapab mande plizyè dokiman tou. Si nenpòt nan dokiman yo pa an anglè, ou ta dwe mete yon tradiksyon anglè tou ansanm ak yon sètifika tradiksyon. Soumèt tout dokiman yo mande yo anmenmtan. Si ou pa kapab jwenn yon dokiman patikilye USCIS mande, ou kapab mete yon deklarasyon sou sèman ki eksplike efò ou fè pou jwenn dokiman an ak rezon ki fè li pa disponib.
Avi a montre tou dat limit pou ou soumèt yon repons. Si USCIS pa resevwa repons ou an anvan dat limit la, yo kapab refize aplikasyon w lan! Ou ta dwe planifye pou voye repons ou an osito ou kapab, men omwen yon semèn anvan dat limit la, si sa posib.
Ou ta dwe mete yon kopi avi a anlè repons ou an. Avi a di w nan ki adrès ou dwe soumèt repons ou an pa lapòs.
Jwenn asistans legal isit la si ou bezwen èd pou reponn yon avi tankou sa a.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) gen pou objektif pou bay enfòmasyon ki baze sou reyalite konsènan lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo pa konsèy legal.
Tout kontni legal se ekip avoka imigrasyon ekspè ASAP yo ki ekri yo epi ki revize yo legalman. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo admèt nan Baro nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm nan dwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè pri pou travay legal yo fè.
