Ekri pa avoka imigrasyon ekspè ASAP yo · Mizajou nan dat
Moun k ap chèche azil yo kapab jeneralman aplike pou yon pemi travay 150 jou apre yo fin soumèt yon aplikasyon pou azil. Apre yo fin resevwa yon pemi travay, moun k ap chèche azil yo kapab aplike pou yon nimewo social security (SSN). Klike sou lyen ki anba yo pou jwenn repons pou anpil kesyon moun poze souvan. Ou kapab gade videyo sa a sou fason pou w aplike sou entènèt tou.
Premye Pemi Travay
Ki règ ki genyen pou premye pemi travay pou moun k ap chèche azil yo?
Kilè mwen kapab aplike pou premye pemi travay mwen an? Kisa revèy (“asylum clock”) la ye?
Konbyen sa koute pou aplike pou yon premye pemi travay kòm yon moun k ap chèche azil?
Kouman pou mwen aplike pou yon premye pemi travay kòm yon moun k ap chèche azil?
Ki règ ki genyen pou premye pemi travay pou moun k ap chèche azil yo?
Kilè pou w aplike: An jeneral, moun k ap chèche azil yo kapab mande yon premye pemi travay 150 jou apre yo fin soumèt aplikasyon azil yo (Fòm I-589) nan tribinal imigrasyon oswa nan USCIS. Moun k ap chèche azil yo kapab resevwa pemi travay yo 180 jou apre yo fin soumèt aplikasyon azil yo. Si ou pa sèten konbyen jou ki pase, li plis enfòmasyon isit la.
Pri: Kounye a sa koute $560 pou aplike pou yon premye pemi travay kòm yon moun k ap chèche azil. Li pa posib pou aplike pou yon egzansyon pou frè a.
Kouman pou w aplike: Ou kapab aplike sou entènèt oswa pa lapòs. Aprann kijan isit la.
Kouman pou w tcheke estati w: Ou kapab tcheke estati aplikasyon w lan lè w antre nimewo resi a sou paj entènèt USCIS sa a oswa nan kont USCIS ou. Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa.
Nimewo social security: Si yo apwouve pemi travay ou a, ou kapab aplike pou yon nimewo social security (SSN) apre ou fin resevwa kat pemi travay ou a.
Tan datant: Lwa a mande pou USCIS trete aplikasyon pou premye pemi travay pou moun k ap chèche azil yo nan yon delè 30 jou. Men anpil moun k ap chèche azil rapòte reta ki depase 30 jou. Si premye pemi travay ou a anreta, ou kapab eseye fè kèk demach.
Tan pemi travay la ap dire: Pemi travay yo bay apre 4 desanm 2025 pou moun k ap chèche azil yo pral valab pou 18 mwa, olye de 5 an. Men, si ou te resevwa yon pemi travay pou 5 an nan dat 4 desanm 2025 oswa anvan sa, li toujou valab pou 5 an. Aprann plis sou sit entènèt USCIS la. Ou kapab kontinye renouvle pemi travay ou pandan w ap aplike pou azil.
Lòt kondisyon kalifikasyon: Si ou gen yon kondanasyon kriminèl gouvènman ameriken an konsidere kòm yon “fèloni grav” (aggravated felony), ou pa kalifye pou yon pemi travay kòm yon moun k ap chèche azil. Si ou gen kesyon sou yon kondanasyon kriminèl oswa kapasite w pou aplike pou yon pemi travay, ou ka vle konsilte yon avoka. Jwenn èd legal isit la.
Pwoblèm ak aplikasyon w lan: Si yo refize aplikasyon pemi travay ou a oswa si gen lòt pwoblèm, li enfòmasyon sou pwoblèm ki ka rive ak sa ou kapab fè.
Kijan mwen kapa b aplike pou premye pemi travay mwen? Kisa revèy (“asylum clock”) la ye?
An jeneral, ou kapa b aplike pou premye pemi travay ou 150 jou oswa plis apre ou fin soumèt aplikasyon azil ou a (Fòm I-589) bay USCIS oswa nan tribinal imigrasyon. Ou kapa b resevwa pemi travay ou apre omwen 180 jou fin pase depi ou te soumèt aplikasyon azil ou a. Revèy la mezire kantite jou ki pase depi ou te soumèt aplikasyon azil ou a. Gade videyo sa a sou revèy azil la.
Si ou te soumèt aplikasyon azil ou a bay USCIS, ou kapa b tcheke lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) pou w wè dat yo te resevwa aplikasyon azil ou a. Apre sa, ajoute 150 jou pou w konnen ki lè ou kapa b aplike pou yon pemi travay. (Pa egzanp, si yo te resevwa aplikasyon azil ou a nan dat 1ye septanm 2025, ou ta kapa b chèche sou Google “150 days after September 1, 2025” pou w konnen ou ta kapa b aplike pou yon pemi travay apati 29 janvye 2026.)
Si ou te soumèt aplikasyon azil ou a nan tribinal imigrasyon, ou kapa b rele liy dirèk tribinal imigrasyon an pou w tcheke konbyen jou ki genyen sou “revèy” azil ou a. Rele liy dirèk tribinal la nan 1-800-898-7180, peze 1 pou enstriksyon an anglè, antre nimewo alyen (A number) ou a, peze 1 pou konfime nimewo alyen ou a, peze 1 pou konfime non ou, epi peze 2 pou w konnen kantite jou ki sou revèy ou a. Fliyè sa a esplike kijan pou w rele liy dirèk tribinal imigrasyon an pi an detay.
Si ou rele liy dirèk tribinal imigrasyon an epi kantite jou yo sanble pa kòrèk, oswa liy dirèk la di “pa gen revèy,” aprann ki etap ou kapa b pran.
Si ou gen kesyon sou kapasite w pou w aplike pou yon pemi travay, ou ta kapa b vle konsilte yon avoka. Jwenn èd legal isit la.
Konbyen sa koute pou yon moun k ap chèche azil aplike pou yon premye pemi travay?
Sa koute $560 pou w aplike pou yon premye pemi travay kòm yon moun k ap chèche azil. Li pa posib pou w aplike pou yon egzansyon pou frè a.
Si w ap soumèt aplikasyon pemi travay ou a sou entènèt, ou kapa b peye frè depozisyon an lè w bay enfòmasyon kat kredi w, kat debi w, oswa enfòmasyon kont labank Ozetazini w nan fen aplikasyon an sou entènèt. Si ou pa gen yon kat kredi oswa debi, ou kapa b sèvi ak kach tou pou w achte yon kat prepeye nan anpil gwo magazen. Asire w ou kite ase lajan sou kat la pou kouvri frè depozisyon an.
Si w ap soumèt aplikasyon pemi travay ou a pa lapòs, gen kèk fason diferan pou w peye frè depozisyon an:
Kat Kredi oswa Kat Debi. Pou w peye ak yon kat kredi oswa kat debi, ranpli Fòm G-1450. Mete fòm nan anlè aplikasyon pemi travay ou a. Si ou pa gen yon kat kredi oswa debi, ou kapa b sèvi ak kach pou w achte yon kat prepeye nan anpil gwo magazen. Asire w ou kite ase lajan sou kat la pou kouvri frè depozisyon an.
Kont Labank. Pou w peye pa debi elektwonik (ACH) soti nan yon kont labank Ozetazini, ranpli Fòm G-1650. Mete fòm nan anlè aplikasyon pemi travay ou a.
Chèk. Apati 28 oktòb 2025, pou w peye pa chèk si ou pa gen aksè ak yon kat kredi oswa yon kont labank, ou dwe siyen epi mete Fòm G-1651, Exemption for Paper Fee Payment tou, anlè Fòm I-765 la ansanm ak chèk ou a. Fè chèk la peyab pou “U.S. Department of Homeland Security”. Ekri nimewo alyen ou a (pa egzanp, A# 000-000-000) yon kote sou chèk la.
Moni odè. Apati 28 oktòb 2025, pou w peye pa moni odè si ou pa gen aksè ak yon kat kredi oswa yon kont labank, ou dwe siyen epi mete yon Fòm G-1651, Exemption for Paper Fee Payment anlè Fòm I-765 la ansanm ak moni odè ou a. Ou kapa b achte yon moni odè nan yon biwo lapòs, yon bank, ak nan kèk magazen. Fè moni odè a peyab pou “U.S. Department of Homeland Security”. Ekri nimewo alyen ou a (pa egzanp, A# 000-000-000) yon kote sou moni odè a.
Renouvèlman Pemi Travay
Ki règ ki genyen pou renouvèlman pemi travay pou moun k ap chèche azil?
Ki lè mwen dwe aplike pou m renouvle pemi travay mwen kòm yon moun k ap chèche azil?
Konbyen sa koute pou renouvle yon pemi travay kòm yon moun k ap chèche azil?
Èske mwen kapa b toujou travay apre pemi travay mwen an ekspire?
Ki règ ki genyen pou renouvèlman pemi travay pou moun k ap chèche azil?
Ki lè pou w aplike: Ou dwe renouvle pemi travay ou byen alavans anvan dat ekspirasyon ki sou kat pemi travay ou genyen kounye a. Ou ka soumèt aplikasyon pou renouvèlman pemi travay ou omwen yon ane anvan dat ekspirasyon an, pou ogmante chans pou w resevwa nouvo pemi travay ou anvan sa w genyen kounye a ekspire.
Pri: Depi 22 jiyè 2025, frè pou renouvle pemi travay ou kòm yon moun k ap chèche azil ogmante de $275. Si w ap renouvle pemi travay ou sou entènèt, kounye a li koute yon total $745. Si w ap renouvle pemi travay ou pa lapòs, kounye a li koute yon total $795. Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa. Li posib pou w aplike pou yon egzansyon pou frè a (fee waiver) pou yon pati nan frè a.
Kijan pou w aplike: Ou ka aplike sou entènèt oswa pa lapòs. Aprann kijan pou w fè sa isit la.
Kijan pou w tcheke estati w: Ou ka tcheke estati aplikasyon w lan lè w antre nimewo resi a sou paj entènèt USCIS sa a oswa nan kont USCIS (USCIS account) ou sou entènèt. Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa.
Ekstansyon otomatik: Si w te aplike pou renouvle pemi travay ou kòm yon moun k ap chèche azil anvan 30 oktòb 2025 epi anvan pemi travay ou a te ekspire, pemi travay ou a pwolonje otomatikman pou 540 jou apre dat ekspirasyon ki enprime sou kat la. Si w renouvle pemi travay ou kòm yon moun k ap chèche azil nan dat 30 oktòb 2025 oswa apre sa, pemi travay ou ap ekspire nan dat ekspirasyon an, san okenn ekstansyon.
Tan datant: Gouvènman an ka pran anpil tan pou l trete renouvèlman pemi travay yo, pafwa sa pran plis pase yon ane. Aprann plis sou reta yo isit la.
Tan pemi travay la ap dire: Pemi travay yo bay apre 4 desanm 2025 pou moun k ap chèche azil yo pral valab pou 18 mwa, olye de 5 an. Men, si w te resevwa yon pemi travay pou 5 an nan dat 4 desanm 2025 oswa anvan sa, li toujou valab pou 5 an. Aprann plis sou sit entènèt USCIS la. Ou ka kontinye renouvle pemi travay ou pandan w ap aplike pou azil.
Pwoblèm ak aplikasyon w lan: Si yo refize aplikasyon pemi travay ou a oswa si gen lòt pwoblèm, li enfòmasyon sou pwoblèm ki ka rive ak sa w ka fè.
Ki lè mwen ta dwe aplike pou renouvle pemi travay mwen kòm yon moun k ap chèche azil?
Bagay ki pi enpòtan an se pou w aplike pou renouvèlman pemi travay ou ak anpil tan anvan dat ekspirasyon ki sou kat pemi travay ou genyen kounye a.
Dapre gouvènman an, moun k ap chèche azil yo ta dwe aplike pou renouvle pemi travay yo omwen 90 jou anvan pemi travay aktyèl yo a ekspire. Men, ou kapa b aplike pou renouvle l pi bonè toujou. Si w aplike pou renouvle pemi travay ou apeprè yon ane anvan dat ekspirasyon an sa ap ogmante chans pou w resevwa nouvo pemi travay ou a anvan sa w genyen kounye a ekspire.
Si w gen plan pou mande yon egzansyon pou frè a (fee waiver) pou yon pati nan frè renouvèlman yo, ou ka vle aplike pou renouvle l pi bonè toujou. An jeneral, sa pran gouvènman an plis tan pou l trete aplikasyon pemi travay ki gen egzansyon pou frè. Nan ka yo ta rejte egzansyon pou frè w la, si w te aplike pi bonè sa ka ba w plis tan tou pou w reaplike, fwa sa a ak tout frè a nèt.
Konbyen sa koute pou renouvle yon pemi travay kòm yon moun k ap chèche azil?
Depi nan dat 22 jiyè 2025, pri pou renouvle pemi travay ou kòm yon moun k ap chèche azil te ogmante de $275. Si w ap renouvle pemi travay ou sou entènèt, kounye a li koute yon total $745. Si w ap renouvle pemi travay ou pa lapòs, kounye a li koute yon total $795.
Si w ap soumèt renouvèlman pemi travay ou sou entènèt, ou kapa b peye frè depozisyon an lè w bay enfòmasyon kat kredi w, kat debi w, oswa enfòmasyon kont bankè Ozetazini w nan fen aplikasyon an sou entènèt. Si w pa gen yon kat kredi oswa debi, ou kapa b sèvi ak kach tou pou w achte yon kat prepeye nan anpil gwo magazen. Asire w ou kite ase lajan sou kat la pou kouvri frè depozisyon an.
Si w ap soumèt renouvèlman pemi travay ou pa lapòs, gen kèk fason diferan pou w peye frè depozisyon an:
Kat Kredi oswa Kat Debi. Pou w peye ak yon kat kredi oswa yon kat debi, ranpli de Fòm G-1450 separe - youn pou yon kantite $275, epi lòt la pou $520. Mete fòm yo anlè aplikasyon renouvèlman w lan. Si w pa gen yon kat kredi oswa debi, ou kapa b sèvi ak kach pou w achte yon kat prepeye nan anpil gwo magazen. Asire w ou kite ase lajan sou kat la pou kouvri frè depozisyon yo.
Kont Bankè. Pou w peye pa prèvman elektwonik (ACH) soti nan yon kont bankè Ozetazini, ranpli de fòm Fòm G-1650 - youn pou yon kantite $275, epi lòt la pou $520. Mete fòm yo anlè aplikasyon renouvèlman w lan.
Chèk. Apati 28 oktòb 2025, pou w peye pa chèk si w pa gen aksè ak yon kat kredi oswa yon kont bankè, ou dwe siyen epi mete tou Fòm G-1651, Egzansyon pou Peman Frè sou Papye, anlè Fòm I-765 la ansanm ak de chèk. Ekri yon chèk pou $275 epi lòt la pou $520. Fè chèk yo sou non “U.S. Department of Homeland Security”. Ekri nimewo alyen (A number) ou a (pa egzanp, A# 000-000-000) yon kote sou chèk yo.
Moni odè (money order). Apati 28 oktòb 2025, pou w peye pa moni odè si w pa gen aksè ak yon kat kredi oswa yon kont bankè, ou dwe siyen epi mete tou yon Fòm G-1651, Egzansyon pou Peman Frè sou Papye anlè Fòm I-765 la ansanm ak de moni odè. Achte yon moni odè pou $275 ak yon lòt pou $520. Ou kapa b achte moni odè nan yon biwo lapòs, nan yon bank, ak nan kèk magazen. Fè moni odè yo sou non “U.S. Department of Homeland Security”. Ekri nimewo alyen ou a (pa egzanp, A# 000-000-000) yon kote sou moni odè yo.
Si w pa kapab peye total frè pou renouvle pemi travay ou a, ou kapa b mande yon egzansyon pou frè a pou yon pati nan frè a. Pou plis enfòmasyo, klike sou lyen sa.
Èske mwen kapa b toujou travay apre pemi travay mwen an ekspire?
Petèt. Nan dènye ane sa yo, anpil moun k ap chèche azil te resevwa yon ekstansyon otomatik pou pemi travay yo apre yo te fin aplike pou renouvle pemi travay yo. Nan dat 30 oktòb 2025, gouvènman an te sispann bay nouvo ekstansyon otomatik pou pemi travay bay moun k ap chèche azil yo. Men, si ou te resevwa yon ekstansyon otomatik pou pemi travay ou nan dat 29 oktòb 2025 oswa anvan sa, ekstansyon ou an pa anile. Kontinye li paj sa a pou plis enfòmasyon sou ekstansyon 540 jou a, ke dè milye manm ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) te travay ansanm pou rann li posib.
Kouman pou mwen fè konnen si mwen te deja resevwa yon ekstansyon otomatik pou pemi travay mwen an?
Pemi travay ou a te deja pwolonje otomatikman pou 540 jou si:
Pemi travay ou a baze sou yon aplikasyon azil ki annatant oswa yon lòt kategori ki elijib (gade anba a), EPI
Ou te aplike pou renouvle pemi travay ou anvan dat ekspirasyon ki ekri sou kat la, EPI
Ou te aplike pou renouvle pemi ou nan dat 29 oktòb 2025 oswa anvan sa.
Si ou te deja resevwa yon ekstansyon otomatik pou pemi travay ou, ekstansyon ou an toujou valab jiska 540 jou apre dat ekspirasyon ki ekri sou li a. Nouvo règleman an pa konsène ou.
Aplikasyon pemi travay mwen an baze sou TPS. Èske ekstansyon an konsène mwen?
Petèt! Ekstansyon 540 jou a aplikab pou moun ki te aplike pou renouvèlman pemi travay baze sou Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pandan peryòd re-enskripsyon TPS la epi ki te resevwa yon lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) ki montre ekstansyon 540 jou a (gade egzanp lan isit la).
Moun ki gen TPS ka elijib tou pou yon lòt kalite ekstansyon pemi travay. Si ou elijib pou plis pase yon kalite ekstansyon pemi travay TPS, ou ka itilize ekstansyon ki pi long ki aplikab pou ou a. Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa.
Aplikasyon pemi travay mwen an pa baze sou azil oswa TPS. Èske ekstansyon an konsène mwen?
Petèt! Ekstansyon 540 jou a aplikab pou plizyè kalite pemi travay, men malerezman li pa aplikab pou tout kalite.
Pa egzanp, ekstansyon an aplikab pou moun ki te aplike pou renouvèlman pemi travay nan dat 29 oktòb 2025 oswa anvan sa, baze sou:
yon aplikasyon azil ki annatant
si ou genyen azil
si ou genyen sispansyon depòtasyon (withholding of removal)
yon aplikasyon ki annatant pou rezidans pèmanan (permanent residence) baze sou fanmi oswa travay
Ou ka vizite paj entènèt an gouvènman sa a pou w wè yon lis konplè kategori pemi travay ki elijib pou ekstansyon an.
Pandan konbyen tan mwen ka travay apre dat ekspirasyon orijinal ki sou kat pemi travay mwen an?
Si ou te resevwa ekstansyon otomatik 540 jou a, pemi travay ou genyen kounye a pwolonje otomatikman pou 540 jou apre dat ekspirasyon an. Si yo apwouve aplikasyon renouvèlman ou an epi ou resevwa yon nouvo kat pemi travay, lè sa a kat la pral gen yon nouvo dat ekspirasyon epi ou ta dwe itilize nouvo kat la.
Pa egzanp, imajine pemi travay ou te gen yon dat ekspirasyon ki ekri 1ye septanm 2025. Nan ka sa a, pou ou ta gen ekstansyon otomatik la, USCIS dwe te resevwa yon aplikasyon pou renouvle pemi travay ou nan dat 1ye septanm 2025 oswa anvan sa.
Si se konsa, ou ka chèche sou Google “540 days after September 1, 2025” pou w konnen ou ka kontinye itilize pemi travay ou genyen kounye a jiska 23 fevriye 2027.
Kouman mwen ka montre bòs mwen pemi travay mwen an te pwolonje pou 540 jou?
Ou ka montre anplwayè ou lèt resi ou a ak paj entènèt USCIS sa a pou ede yo konprann ekstansyon 540 jou a. Paj entènèt USCIS la disponib tou nan lòt lang—ou ka jwenn lyen tradiksyon yo toupre tèt paj la.
E si bòs mwen an konfonn oswa li gen plis kesyon sou ekstansyon pemi travay mwen an?
Si bòs ou oswa anplwayè ou gen kesyon toujou sou ekstansyon pemi travay ou, yo ka rele nimewo telefòn USCIS sa a pou anplwayè yo, epi yon ofisyèl USCIS ta dwe reponn kesyon yo: 888-464-4218.
Si ou gen kesyon sou ekstansyon pemi travay ou, ou ka rele nimewo USCIS sa a tou, ki disponib nan lang Anglè ak Panyòl: 888-897-7781.
Si anplwayè w la toujou konfonn, ou menm oswa anplwayè w la kapa b rele tou yon biwo gouvènman ki rele Seksyon pou Dwa Imigran ak Anplwaye nan Divizyon Dwa Sivil nan Depatman Jistis la. Nimewo telefòn yo se 1-800-255-8155 pou anplwayè yo, ak 1-800-255-7688 pou anplwaye yo. Tou de nimewo telefòn sa yo kapa b resevwa apèl nan lang Anglè ak Panyòl.
Èske mwen kapa b sèvi ak ekstansyon sa a pou m renouvle lisans chofè m?
Pwobableman! Pifò eta ta dwe aksepte ekstansyon sa a si ou montre kat pemi travay ou ak lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) lè w ale nan Depatman Veyikil Motè (DMV). Ou kapa b montre yo tou paj entènèt an USCIS sa a ki esplike ekstansyon an.
Men chak eta Ozetazini gen règ diferan konsènan lisans chofè pou imigran, epi manm ASAP yo rapòte pafwa yo fè eksperyans diferan menm nan biwo DMV ki diferan nan menm eta a. Pou plis enfòmasyo, klike sou lyen sa lisans chofè yo isit la.
Kisa m kapa b fè si m pa t resevwa ekstansyon an epi aplikasyon renouvèlman m nan anreta?
Si ou pa t jwenn ekstansyon an, oswa si ou bezwen akselere pwosesis renouvèlman w lan pou nenpòt lòt rezon, ou kapa b klike isit la pou w li etap ou kapa b pran yo. (Menmsi kesyon an di li konsène pemi travay ki pa baze sou azil, ou kapa b toujou eseye Etap 1, 2, oswa 5 ki esplike nan repons lan.)
Ranpli Aplikasyon pou Pemi Travay ak Nimewo Social Security
Èske mwen kapa b aplike pou yon pemi travay sou entènèt oswa pa lapòs?
Kouman pou mwen aplike pou yon pemi travay lè mwen telechaje yon PDF sou entènèt?
Kouman pou mwen aplike pou yon pemi travay pou mari/madanm mwen oswa pitit mwen?
Kouman pou mwen aplike pou yon nimewo social security (SSN)?
Èske mwen kapa b aplike pou yon pemi travay sou entènèt oswa pa lapòs?
Gen twa fason ou kapab aplike pou pemi travay ou kòm yon moun k ap chèche azil.
Ou kapab sèvi ak aplikasyon sou entènèt USCIS la. Pou pifò moun k ap chèche azil, sa se pi bon opsyon an epi li pi rapid! Ou ta dwe resevwa yon lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) otomatik, epi an jeneral yo trete aplikasyon pemi travay ou a pi rapid. Gade videyo sa a epi li gid sa a.
Ou kapab ranpli Fòm I-765 epi telechaje l sou entènèt kòm yon PDF. Li enstriksyon ki anba yo. Sa kapab yon bon opsyon si w ap renouvle oswa ranplase pemi travay ou epi w ap mande yon egzansyon pou frè a.
Ou kapab ranpli Fòm I-765 epi voye l pa lapòs. Li enstriksyon ki anba yo oswa gade videyo sa a. Ou kapab wè tou egzanp dosye aplikasyon sa a.
Tanpri pran nòt: si w ap aplike pou yon lòt kalite pemi travay (pa kòm yon moun k ap chèche azil), ou ka pa kapab aplike sou entènèt nan sèvi ak 2 premye opsyon yo. Opsyon sou entènèt yo disponib sèlman pou sèten kalite pemi travay, tankou pemi travay ki baze sou demann azil, pawol (“parole”), ak Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS). Ou kapab tcheke paj entènèt an USCIS sa a pou wè si ou kapab depoze l sou entènèt.
Kouman pou mwen aplike pou yon pemi travay sou entènèt?
Si ou gen yon aplikasyon azil ki annatant, ou kapab aplike pou pemi travay ou sou entènèt, nan sèvi ak fòm aplikasyon sou entènèt USCIS la. Pou enstriksyon detaye, gade videyo sa a oswa li gid sa a. Règ pou moun ki kapab aplike yo se menm jan ak lè w ap voye yon aplikasyon pa lapòs.
Pou pifò moun, aplike sou entènèt ak USCIS se pi bon opsyon an epi li pi rapid. Ou ta dwe resevwa yon receipt notice otomatik, epi an jeneral yo trete aplikasyon pemi travay ou a pi rapid.
Men, si w ap aplike pou yon lòt kalite pemi travay (pa kòm yon moun k ap chèche azil), ou ka pa kapab aplike sou entènèt. Opsyon sou entènèt la disponib sèlman pou sèten kalite pemi travay. Ou kapab tcheke paj entènèt an USCIS sa a pou wè si ou kapab depoze l sou entènèt.
Lòt etap pou aplike pou mari/madanm ou oswa pitit ou
Si ou te enkli mari oswa madanm ou oswa pitit ou nan aplikasyon azil ou a, yo kapab aplike pou yon pemi travay tou. Chak manm fanmi an dwe ranpli yon aplikasyon pemi travay separe pandan y ap itilize yon kont USCIS (kont USCIS) separe sou entènèt, epi peye yon frè separe (epi soumèt pwòp aplikasyon egzansyon pou frè a pa yo, si sa aplikab).
Chak manm fanmi an dwe enkli pwòp foto ak pyès idantite pa yo.
Enkli tou yon kopi 3 premye paj aplikasyon azil ou a (Fòm I-589), pou montre ou te mete non manm fanmi an sou li.
Enkli tou yon kopi yon dokiman ki sèvi kòm prèv relasyon nou, tankou yon ak maryaj oswa yon ak nesans. Si dokiman an pa an anglè, li dwe tradui epi li dwe genyen yon sètifika tradiksyon.
Enkli tou lòt prèv ki montre oumenm ak manm fanmi w lan nan menm dosye a, tankou yon kopi avi pou parèt nan tribinal imigrasyon ki montre non nou de a, oswa yon kopi lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan.
Apre ou fin aplike, ou ka resevwa tou yon lèt randevou pou al fe byometrik (biometrics notice), kote gouvènman an pral pran anprent ou, foto dijital ou, oswa tou de. Li plis enfòmasyon sou randevou byometrik.
Si yo apwouve pemi travay ou a, ou kapa b aplike pou yon nimewo social security (SSN) apre ou fin resevwa kat pemi travay ou a.
Kouman pou mwen aplike pou yon pemi travay lè mwen telechaje yon PDF sou entènèt?
Si ou vle soumèt aplikasyon pemi travay ou a lè ou telechaje yon fòm PDF sou entènèt, ou ka swiv enstriksyon ki anba yo. Sa kapab yon bon opsyon si w ap renouvle pemi travay ou epi w ap mande yon egzansyon pou frè a pou yon pati nan frè a. Men, si ou pa mande yon egzansyon pou frè a, li pi rapid pou ou aplike pou yon pemi travay lè ou sèvi ak aplikasyon sou entènèt la.
1. Ranpli Fòm I-765
Telechaje aplikasyon pemi travay la (Fòm I-765) sou paj entènèt an USCIS sa a.
Gade videyo sa a pou jwenn enstriksyon etap pa etap sou fason pou ranpli Fòm I-765 la.
Si w ap aplike pou yon pemi travay baze sou yon aplikasyon azil ki annatant, “kategori kalifikasyon” ou pou Kesyon 27 la se “(c)(8).”
Si sa a pral premye pemi travay ou nan kategori (c)(8), koche kaz 1.a. “Initial permission to accept employment” – menmsi ou genyen yon pemi travay deja nan yon lòt kategori tankou pawol (“parole”) oswa Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS). Men si w ap aplike pou renouvle pemi travay ou nan kategori (c)(8), koche kaz 1.c. pito.
Si yon kesyon pa konsène ou, mete “N/A”.
2. Telechaje Fòm I-765 kòm yon PDF sou entènèt.
Konekte oswa kreye yon kont USCIS (USCIS account).
Si w ap itilize yon telefòn, klike sou “Menu” nan kwen anwo adwat la, klike sou “Account actions,” epi klike sou “File a form online.” Si w ap itilize yon òdinatè, klike sou “My Account” nan kwen anwo adwat la, epi klike sou “File a form online.”
Apre sa, chwazi “I-765, Application for Employment Authorization” nan meni dewoulan an.
Chwazi kategori w la. Si w ap aplike pou yon pemi travay baze sou yon aplikasyon azil ki annatant, chwazi “(c)(8) Pending Asylum and Withholding of Removal Applicants and Applicants for Asylum under the ABC Settlement Agreement.”
Epi klike sou “Continue.”
Apre sa, ou pral wè de opsyon: “Fill Out Form Fields Online” ak “Upload a Filled Out PDF Form.” Chwazi dezyèm opsyon an, “Upload a Filled Out PDF Form.”
Nan pwochen seksyon ki rele “Upload PDF” la, eskane epi telechaje aplikasyon pemi travay ou a (Fòm I-765). Sit entènèt la pral verifye si ou soumèt tout paj Fòm I-765 la.
Apre sa, nan seksyon “Evidence” la, eskane epi telechaje prèv pou aplikasyon pemi travay ou a. Ou kapa b jwenn plis enfòmasyon sou seksyon prèv la isit la.
Nan seksyon “Review & Submit” la, ou kapa b wè kèk alèt sou koreksyon ou bezwen fè anvan ou kapa b soumèt aplikasyon w lan. Korije erè yo, revize aplikasyon w lan avèk swen, epi soumèt li.
Apre ou fin soumèt aplikasyon azil ou a, tcheke kont USCIS ou a souvan pou wè avi enpòtan sou estati aplikasyon w lan.
3. Etap adisyonèl pou aplike pou mari/madanm ou oswa pitit ou
Si ou te enkli mari/madanm ou oswa pitit ou nan aplikasyon azil ou a, yo kapa b aplike pou yon pemi travay tou. Chak manm fanmi an bezwen ranpli yon aplikasyon pemi travay separe lè yo itilize yon kont USCIS sou entènèt ki separe, epi peye yon frè separe (epi soumèt pwòp aplikasyon egzansyon pou frè a pa yo, si sa aplikab).
Chak manm fanmi an bezwen enkli pwòp foto yo ak pyès idantite yo.
Epitou enkli yon kopi 3 premye paj aplikasyon azil ou a (Fòm I-589), pou montre ou te mete non manm fanmi an sou li.
Epitou enkli yon kopi yon dokiman ki sèvi kòm prèv relasyon nou, tankou yon ak maryaj oswa yon ak nesans. Si dokiman an pa an anglè, li dwe tradui epi li dwe genyen yon sètifika tradiksyon.
Epitou enkli lòt prèv ki montre ou menm ak manm fanmi w lan fè pati menm dosye a, tankou yon kopi avi pou parèt nan tribinal imigrasyon ki montre non nou de a, oswa yon kopi lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) pou azil la.
Apre ou fin aplike, ou kapa b resevwa yon lèt randevou pou al fe byometrik (biometrics notice), kote gouvènman an pral pran anprent ou, foto dijital, oswa tou de. Li plis enfòmasyon sou randevou byometrik.
Si yo apwouve pemi travay ou a, ou kapa b aplike pou yon nimewo social security (SSN) apre ou fin resevwa kat pemi travay ou a.
Kouman pou mwen aplike pou yon pemi travay pa lapòs?
Si ou vle soumèt aplikasyon pemi travay ou pa lapòs, ou kapab li enstriksyon ki anba yo, gade videyo sa a, epi gade egzanp dosye aplikasyon sa a. (Remak: pou pifò moun k ap chèche azil, li pi rapid pou aplike pou yon pemi travay lè ou sèvi ak aplikasyon anliy lan.)
Men pati ki dwe nan dosye w ap voye pa lapòs la kòm yon moun k ap chèche azil, nan lòd sa a:
1. Frè pou Depoze Dosye a
Gen nouvo frè pou pemi travay. Aprann kijan pou mete frè pou yon premye pemi travay oswa frè pou yon renouvèlman pemi travay.
Si w ap renouvle pemi travay ou epi w ap mande yon egzansyon pou frè a pou yon pati nan frè a, ou kapab mete demann egzansyon frè a ak prèv yo, olye pou pati sa a nan frè a. Jwenn plis enstriksyon isit la.
2. Fòm G-1145 (si ou vle)
Si ou vle, ou kapab mete Fòm G-1145 pou resevwa avi konsènan aplikasyon w lan pa mesaj tèks oswa pa imèl.
3. Fòm I-765
Telechaje aplikasyon pemi travay la (Fòm I-765) sou paj entènèt an USCIS sa a.
Si w ap aplike pou yon pemi travay baze sou yon aplikasyon azil ki annatant, “kategori kalifikasyon” ou pou Kesyon 27 la se “(c)(8).”
Si sa a pral premye pemi travay ou nan kategori (c)(8), koche kaz 1.a. “Initial permission to accept employment” – menm si ou genyen yon pemi travay deja nan yon lòt kategori tankou pawol (“parole”) oswa Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS). Men si w ap aplike pou renouvle pemi travay ou nan kategori (c)(8), koche kaz 1.c. pito.
Si yon kesyon pa konsène ou, mete “N/A”.
4. Foto
W ap bezwen fè 2 foto fòma paspò.
Ekri non ou ak nimewo alyen (A number) ou ak kreyon oswa makè sou do foto yo.
Tache foto yo nan kwen anwo adwat nan premye paj Fòm I-765 la. Pa egzanp, sèvi ak klips oswa mete foto yo nan yon ti sache plastik epi agrafe sache a sou fòm nan.
5. Pyès Idantite Gouvènman an
Mete yon kopi paspò ou oswa yon lòt dokiman idantite (“ID”) gouvènman an bay ki gen yon foto an Anglè. Si paspò a oswa ID gouvènman an pa an Anglè, mete yon tradiksyon ID a ak yon sètifika tradiksyon.
Si w ap renouvle pemi travay ou, mete tou yon imaj kat pemi travay ou genyen kounye a (devan ak dèyè).
6. Prèv ou te soumèt aplikasyon azil ou a, si sa posib
Si sa posib, mete prèv ki montre ou te soumèt aplikasyon azil ou a. Pa egzanp, ou ta kapab soumèt yon kopi lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice), yon kopi premye paj aplikasyon I-589 ou a ki gen yon tenm sou li, oswa yon kopi avi pwochen randevou w nan tribinal imigrasyon an.
7. Lòt etap pou aplike pou mari/madanm ou oswa pitit ou
Si ou te enkli mari oswa madanm ou oswa pitit ou nan aplikasyon azil ou a, yo kapab aplike pou yon pemi travay tou. Chak manm fanmi an dwe ranpli yon aplikasyon pou pemi travay separe, epi peye yon frè separe (epi soumèt pwòp aplikasyon egzansyon pou frè a pa yo, si sa aplikab).
Aplikasyon chak manm fanmi an dwe genyen atik 1 rive nan 6 ki nan lis anlè a, avèk pwòp foto yo ak pyès idantite yo.
Epi tou, mete yon kopi 3 premye paj aplikasyon azil ou a (Fòm I-589), pou montre ou te mete non manm fanmi an nan lis la.
Epi tou, mete yon kopi yon dokiman ki sèvi kòm prèv relasyon nou, tankou yon ak maryaj oswa yon ak nesans. Si dokiman an pa nan lang Anglè, li dwe tradui epi li dwe genyen yon sètifika tradiksyon.
Epi tou, mete lòt prèv ki montre oumenm ak manm fanmi ou fè pati menm dosye a, tankou yon kopi avi pou parèt nan tribinal imigrasyon (Notice to Appear) ou a ki montre non nou de a, oswa yon kopi lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) pou azil la.
Ou kapab mete dosye tout manm fanmi yo nan menm anvlòp la, men ou dwe separe yo ak elastik oswa klips. Ou kapab mete yon moso papye tou sou tèt chak dosye aplikasyon ki di, pa egzanp, “Manm Fanmi 1” ak “Manm Fanmi 2”.
Pou voye dosye aplikasyon an pa lapòs:
Ou kapab voye aplikasyon pemi travay ou a bay USCIS pa mwayen lapòs USPS, FedEx, UPS, oba DHL. Ou kapab gade videyo sa a sou fason pou voye fòm yo pa lapòs oswa jwenn konsèy pou voye pa lapòs isit la.
Klike isit la pou jwenn adrès pou voye aplikasyon w lan pa lapòs. Si w ap aplike pou yon pemi travay baze sou aplikasyon azil ou ki annatant, dabò desann nan meni an pou klike sou “Asylees/refugees and their spouses and children”. Apre sa, anba sa, jwenn adrès ki nan lis pou kategori “(c)(8)” la. Adrès sa yo ka chanje, donk asire w ou tcheke sit entènèt USCIS la pou jwenn adrès ak enstriksyon ki pi resan yo.
Si ou itilize FedEx, UPS, oswa DHL pou voye aplikasyon w lan, asire w ou mete liy ki di “Attn: I-765 C08 (650888)” nan adrès la. Si ou pa mete liy sa a, gouvènman an ka pran reta pou trete aplikasyon w lan.
Si sa posib, jwenn yon nimewo swivi (tracking number) pou aplikasyon w lan epi konsève li! W ap bezwen li si gouvènman an pran reta nan aplikasyon w lan.
Si ou kapab, fè epi kenbe yon fotokopi tout sa ou voye.
Pou plis detay sou fason pou aplike pou yon pemi travay pa lapòs, tanpri gade videyo sa a, epi gade egzanp dosye aplikasyon sa a.
Apre ou fin aplike, ou ka resevwa yon lèt randevou pou al fe byometrik (biometrics notice), kote gouvènman an pral pran anprent ou, foto dijital ou, oswa tou de. Li plis enfòmasyon sou randevou byometrik.
Si yo apwouve pemi travay ou a, ou kapab aplike pou yon nimewo social security (SSN) apre ou fin resevwa kat pemi travay ou a.
Kouman pou mwen aplike pou yon pemi travay pou mari/madanm mwen oswa pitit mwen?
Ou kapab aplike pou yon pemi travay pou mari/madanm ou oswa pitit ou si yo gen pwòp aplikasyon azil pa yo oswa si yo enkli nan aplikasyon azil pa ou la. Kit mari/madanm ou oswa pitit ou ki gen mwens pase 21 an epi ki pa marye konsidere kòm moun ki "enkli" ka varye si w ap aplike pou azil nan USCIS oswa nan tribinal imigrasyon. Li plis enfòmasyon sou ki moun ki konsidere kòm moun ki "enkli" nan aplikasyon azil ou a.
Nenpòt jan sa ye, chak moun ki vle yon pemi travay dwe soumèt pwòp aplikasyon pemi travay separe pa yo epi peye yon frè separe. Pou depoze aplikasyon an sou entènèt, chak moun ta dwe gen pwòp kont USCIS pa yo tou.
Si ou te enkli mari/madanm ou oswa pitit ou kòm pati nan aplikasyon azil ou a, ou ta dwe ajoute dokiman siplemantè sa yo nan dosye aplikasyon pemi travay yo a:
Yon kopi 3 premye paj aplikasyon azil ou a (Fòm I-589), pou montre ou te mete yo sou lis la kòm manm fanmi ou.
Yon kopi yon dokiman ki montre relasyon fanmi nou, tankou yon ak maryaj oswa yon ak nesans. Si dokiman an pa an anglè, li dwe tradui epi li dwe genyen yon sètifika tradiksyon (certificate of translation).
Prèv ki montre ou menm ak manm fanmi ou fè pati menm dosye a, tankou yon kopi avi pou parèt nan tribinal imigrasyon ou a ki montre non nou de a, oswa yon kopi lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) pou azil la.
Si mari/madanm ou oswa pitit ou te soumèt pwòp aplikasyon azil pa li, alò li pa bezwen pwouve li enkli nan dosye pa ou la, epi li pa bezwen mete dokiman siplemantè sa yo.
Poukisa pou w aplike pou yon pemi travay pou yon timoun? Anpil paran vle aplike pou pemi travay pou pitit yo paske sa bay yon fòm idantifikasyon gouvènman ameriken an bay. Aplike pou yon pemi travay pèmèt timoun yo resevwa yon nimewo social security (SSN) tou, sa ki ka pèmèt yo jwenn aksè nan benefis gouvènman an tankou Kredi Takst pou Timoun (Child Tax Credit).
Kouman pou mwen aplike pou yon nimewo social security?
Apre ou fin resevwa pemi travay ou, ou ka swiv etap ki anba yo pou w aplike pou yon nimewo social security (SSN).
Kisa yon SSN ye: Yon nimewo social security se yon nimewo inik gouvènman ameriken an bay yon moun. Nimewo social security yo enprime sou kat social security Administrasyon Social Security a bay. Ou kapab travay legalman ak yon pemi travay ak yon nimewo social security. Ou kapab sèvi ak nimewo social security a tou pou w peye taks ou.
Kouman pou w mande yon SSN: Swiv etap ki anba yo apre ou fin resevwa pemi travay ou. Ou kapab gade videyo sa a tou pou w aprann plis sou fason pou w aplike pou yon nimewo social security.
Rele Administrasyon Sekirite Sosyal la pou w pran yon randevou. Esplike yo ou resevwa pemi travay ou men ou pa resevwa kat sekirite sosyal ou a, epi mande pou w pran yon randevou an pèsòn pou w fè demann pou yon kat.
Ou kapab rele nimewo telefòn nasyonal la: 1-800-772-1213.
Oubyen, ou kapab rele biwo ki pi pre w la. Si ou antre kòd postal ou nan bwat ki make “ZIP” sou paj entènèt an sa a, li ta dwe montre w biwo ki pi pre w la.
Ou kapab eseye ale nan biwo ki pi pre w la tou san ou pa gen randevou, men yo ka mande w pou w pran yon randevou epi pou w tounen yon lòt lè.
Ranpli yon fòm pou w mande yon kat Sekirite Sosyal. Anvan randevou w la, ou kapab kòmanse yon aplikasyon sou entènèt oswa ranpli epi enprime fòm sa a.
Sou fòm ki sou entènèt la, ou kapab chwazi “I-766 Employment Authorization Document (EAD) Card” nan paj “Evidence Documentation For You.”
Sou fòm papye a, ou kapab koche “Legal Alien Allowed to Work” nan seksyon “Citizenship” la.
Pote dokiman enpòtan yo nan randevou w la.
W ap bezwen pote fòm ou te ranpli a oswa prèv ou te fè aplikasyon an sou entènèt, pemi travay ou, ak paspò w si w genyen youn. Ou kapab pote batistè w tou ak lòt kalite dokiman idantite gouvènman an bay ki gen foto w sou yo.
Si ou gen kesyon: Si ou gen kesyon sou nimewo social security (SSN), ou kapab rele Administrasyon Sekirite Sosyal la nan 800-772-1213 oswa eseye rele biwo ki pi pre w la. Pou w jwenn biwo ki pi pre w la, antre kòd postal ou nan bwat ki make “ZIP” sou paj entènèt an biwo Sekirite Sosyal sa a.
Ou ka pa kapab rezoud pwoblèm ou an nan telefòn. Nan ka sa a, ou kapab mande yon randevou. Ou kapab eseye ale nan biwo ki pi pre w la tou san ou pa gen randevou, men yo ka mande w pou w pran yon randevou epi pou w tounen yon lòt lè.
Kisa pou w konnen sou kont labank oswa kont kredi: Ou kapab ouvri kont labank ak kont kredi si ou gen yon dosye azil ki annatant. Pou plis enfòmasyo, klike sou lyen sa isit la.
Konbyen tan sa pral pran pou m resevwa yon desizyon sou pemi travay mwen epi kijan pou m tcheke estati a?
Premye pemi travay: Lwa a mande pou USCIS trete premye aplikasyon pemi travay pou moun k ap chèche azil yo nan yon delè 30 jou. Men, anpil moun k ap chèche azil rapòte reta ki depase 30 jou. Aprann kisa ou kapab fè si aplikasyon w lan an reta.
Renouvèlman pemi travay: Gouvènman an kapab pran anpil tan pou l trete renouvèlman pemi travay yo, pafwa sa pran plis pase yon ane. Men, si ou te aplike pou w renouvle pemi travay ou kòm yon moun k ap chèche azil anvan 30 oktòb 2025 epi anvan pemi travay ou a te ekspire, pemi travay ou a ap toujou pwolonje otomatikman pou 540 jou apre dat ekspirasyon ki ekri sou kat la. Aprann plis sou ekstansyon otomatik la isit la.
Pou tcheke estati aplikasyon pemi travay ou a:
Ou kapab antre nimewo lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) sou paj entènèt USCIS sa a. Gade fliyè sa a pou plis enstriksyon.
Ou kapab jwenn yon estimasyon sou tan tretman an atravè kont USCIS sou entènèt ou an. Kèk jou apre ou fin soumèt aplikasyon pemi travay ou a sou entènèt, ou ta dwe wè yon onglè ki rele “myProgress” anba aplikasyon w lan. Klike sou “myProgress” pou wè estimasyon tan ki rete pou dosye w la. Men, estimasyon tan an ka pa egzat.
Nòt: Si ou te soumèt aplikasyon pemi travay ou a pa LAPÒS, w ap bezwen tann pou USCIS voye yon lèt receipt notice ak yon kòd aksè sou entènèt ba ou anvan ou kapab konekte nan kont USCIS ou genyen deja a oswa kreye yon nouvo kont. Apre sa, ou kapab lye aplikasyon w lan ak kont sou entènèt ou an lè w sèvi ak nimewo receipt notice ou a ak kòd aksè sou entènèt la.
Ou kapab eseye rele USCIS dirèkteman nan 1-800-375-5283. Gen kèk moun ki rapòte yo te kapab pale ak yon reprezantan lè yo di “Info Pass” nan telefòn nan lè yo mande w pou eksplike poukisa w ap rele.
Reta yo
Premye pemi travay mwen kòm moun k ap chèche azil la gen plis pase 25 jou reta.
Renouvèlman pemi travay mwen kòm moun k ap chèche azil la gen yon gwo reta.
Mwen resevwa pemi travay mwen, men mwen poko resevwa kat nimewo social security (SSN) mwen an.
Ki etap mwen kapa b fè si m ap tann premye pemi travay mwen kòm moun k ap chèche azil depi plis pase 25 jou?
Etap sa yo ka pa mache, men ou kapab toujou eseye.
Etap 1: Tcheke si w gen yon lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice).
Tcheke si w te resevwa yon receipt notice pou pemi travay la (gade egzanp yo isit la si se pa lapòs epi isit la si se sou entènèt).
Si ou PA resevwa yon receipt notice, aprann ki etap ou kapab fè.
Si ou TE resevwa yon receipt notice epi w ap tann depi 25 jou oswa plis, ou kapab eseye fè etap ki anba yo. Etap sa yo fè pati yon ka nan tribinal ki rele Rosario. Men, etap sa yo ka pa mache.
Etap 2: Kontakte USCIS.
Ou gen 3 opsyon diferan pou w kontakte USCIS. Si yon opsyon pa mache, eseye yon lòt. W ap bezwen enfòmasyon ki sou receipt notice pemi travay ou a (egzanp yo isit la ak isit la).
Opsyon 1: Pa Telefòn.
Rele Sant Sèvis USCIS (Contact Center) nan 1-800-375-5283.
W ap bezwen bay enfòmasyon sa yo ki sou receipt notice pemi travay ou a:
Nimewo resi (Receipt number)
nimewo alyen (A number)
Dat yo te resevwa l (Received date)
Sa ka mande plizyè tantativ anvan w jwenn yon reprezantan an dirèk nan sistèm otomatik la. Lè machin otomatik la mande “How can I help you?”, si w di “Infopass”, sa ka pafwa konekte w ak yon reprezantan pi vit.
Yon fwa w jwenn yon reprezantan, di yo ou se yon “member of the Rosario class” paske premye pemi travay ou nan kategori (c)(8) la ap tann depi plis pase 25 jou.
Mande yon nimewo demann sèvis (service request number). Pafwa reprezantan USCIS yo p ap vle ba w yon nimewo demann sèvis, men ou kapab ensiste avèk respè. Ekri nimewo demann sèvis ou a ak dat ou te rele USCIS la epi konsève yo.
Opsyon 2: Chat sou Entènèt.
Ale sou https://www.uscis.gov/.
Klike sou “Need Help? Chat with Emma” nan kwen anba adwat paj la.
Yon fwa fonksyon chat la louvri, klike sou “Connect to live agent." Chwazi “English.” Klike sou “Yes” pou kesyon ki mande si w gen yon dosye ki anrejistre a. Antre nimewo resi ki sou receipt notice pemi travay ou a.
Lè yo mande w poukisa w ta renmen pale ak yon reprezantan, ou kapab tape “Case Status.”
Reponn kesyon sou nimewo telefòn ou, resevwa mesaj tèks, kòd postal (zip code), si w se manm lame ameriken, ak adrès imèl ou.
Koche kaz “I accept” la si w aksepte kondisyon yo epi klike sou “Start Chatting”.
Yon fwa w ap kominike ak yon reprezantan, ou kapab di yo ou se yon manm klas “Rosario” a paske premye pemi travay (c)(8) ou a ap pran plis pase 25 jou pou yo trete l.
Mande yon nimewo demann sèvis. Ekri nimewo demann sèvis ou a ak dat ou te kontakte USCIS la epi konsève yo.
Opsyon 3: Fòm eRequest sou entènèt.
Ale sou sit entènèt eRequest sa a. Anba “Check case processing” klike sou ”Submit Case Inquiry.” Apre sa, ranpli pwochen paj la ak enfòmasyon ki anba yo.
Receipt Number: antre nimewo resi ki sou lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) pou pemi travay ou a. Sistèm nan ta dwe ranpli seksyon “Date Filed” ak “Form Number” yo otomatikman.
Form Sub Type: chwazi “I765 – Based on a pending asylum application [(c)(8)] – initial”.
Pou “This form is being completed by”, chwazi “Applicant or Petitioner” si w ap poze kesyon sou pwòp dosye pa w, oswa “Parent or Legal Guardian” si w ap poze kesyon pou dosye pitit ou.
Applicant or Petitioner Information: antre adrès imèl ou, non ou, dat nesans ou, ak nimewo alyen (A number) ou, ki make sou receipt notice ou a tou.
Last Action Taken on Case: kesyon sa a ap mande enfòmasyon sou dènye lèt oswa notifikasyon ou te resevwa nan men USCIS konsènan aplikasyon pemi travay ou a. Gade “Received Date” ki sou receipt notice pemi travay ou a. Ou kapa b ekri, pa egzanp: “USCIS te resevwa aplikasyon mwen an epi li te voye yon I-797C Notice of Receipt nan dat [ekri Received Date la isit la]. Mwen se yon manm nan gwoup Rosario a paske premye fòm I-765 (c)(8) mwen an gen plis pase 25 jou depi li annatant.”
Mailing Address: antre adrès kote ou resevwa kourye.
Revize repons ou yo, epi klike sou Submit.
Etap 3: Tann 8 jou epi voye yon imèl.
Apre ou fin kontakte USCIS, ou ta dwe tann omwen 8 jou ouvrab (ajoute 8 jou apati dat ou te kontakte USCIS la, san konte wikenn ak jou ferye). Apre sa, si yo poko trete aplikasyon w lan toujou, ou kapa b voye yon imèl nan bwat imèl Texas Service Center (TSC) Class Action nan [email protected].
Imèl la ta dwe genyen enfòmasyon sa yo:
Sijè imèl la (Subject line): “Rosario Class Action”
Voye imèl la bay: [email protected] AK [email protected]
Nan kò imèl la, mete:
Non ou
Nimewo demann sèvis (service request number) ou te jwenn nan Etap 2 pi wo a
Dat ou te kontakte Sant Sèvis USCIS (Contact Center)
“Receipt Number” ki sou receipt notice pemi travay ou a
“Received Date” ki sou receipt notice pemi travay ou a
USCIS ta dwe trete aplikasyon pemi travay ou a apre sa.
Etap 4: Si etap anvan yo pa mache, ou kapa b gen kèk lòt opsyon ankò.
Moun ki reprezante w nan Kongrè a (Reprezantan oswa Senatè) kapa b kapab ede w. Ou pa bezwen yon sitwayen Ameriken pou w mande yo èd. Jwenn Reprezantan w lan isit la ak Senatè w yo isit la. Vizite paj entènèt an yo oswa rele biwo yo pou w konnen kijan pou w mande asistans pou dosye imigrasyon w lan.
Ou kapa b mande USCIS pou yo trete dosye w la pi vit pou yon sikonstans espesyal (yo rele sa yon "expedite request"). Kèk egzanp sikonstans espesyal se: maladi grav, gwosès, pèdi travay, oswa gwo difikilte finansye. Men, USCIS pa aksepte demann sa yo souvan. Si w vle soumèt yon demann, ou kapa b kontakte USCIS nan youn nan fason sa yo:
Rele USCIS nan 1-800-375-5283 epi di “Infopass” pou w pale ak yon ajan
Klike sou "Chat with Emma" sou sit entènèt USCIS la
Voye yon mesaj nan bwat mesaj ki nan kont USCIS an liy ou a
Ou kapa b konsidere depoze yon pwosè "mandamus" — sa mande yon tribinal federal pou fòse USCIS pran yon desizyon sou dosye w la. Ou kapa b vle chèche asistans nan men yon avoka pou ede w depoze yon pwosè mandamus.
Kisa mwen kapab fè si m ap tann renouvèlman pemi travay mwen an depi lontan kòm yon moun k ap chèche azil?
Nou regrèt dèske ou poko resevwa nouvo pemi travay ou a. Nan kèk ka, USCIS pran plis pase yon ane pou trete renouvèlman pemi travay.
Men kèk bagay ou dwe konsidere:
1. Èske pemi travay ou a pwolonje otomatikman? Si ou te aplike pou renouvle pemi travay ou baze sou yon aplikasyon azil ki annatant anvan 30 oktòb 2025 epi anvan kat ou a te ekspire, ou ka kapab kontinye travay pandan 540 jou anplis apre dat ki ekri sou kat ou a. Sa aplikab kèlkeswa peyi kote ou soti a. Aprann plis sou pwolongasyon otomatik la.
2. Èske ou tcheke estati dosye w la? Mete nimewo lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) sou sit entènèt USCIS sa a. Estati a ta dwe di w si dosye w la ap trete toujou, si y ap egzamine l, si yo pran yon desizyon, oswa si yo te voye kat ou a pa lapòs. Si ou gen kesyon sou sa estati dosye a di, ou ka rele USCIS nan 1-800-375-5283 epi di “Infopass” pou pale ak yon ajan, oswa klike sou "Chat with Emma" sou sit entènèt USCIS la.
3. Èske w ap tann depi plis tan pase sa ki “nòmal”? Tcheke tan tretman “nòmal” yo sou paj USCIS sa a. Si w ap tann depi plis tan, ou ka ranpli fòm sa a pou poze kesyon sou dosye w la. Men, USCIS ka toujou pa trete dosye w la pi vit.
4. Èske ou gen yon sikonstans espesyal? Men kèk egzanp sikonstans espesyal: maladi grav, gwosès, pèdi travay, oswa gwo difikilte finansye. Ou ka kapab mande USCIS pou trete dosye w la pi vit (sa yo rele yon "demann pou akselere"). Men, USCIS pa aksepte demann sa yo souvan. Si ou vle soumèt yon demann, ou ka kontakte USCIS nan youn nan fason sa yo:
Rele USCIS nan 1-800-375-5283 epi di “Infopass” pou pale ak yon ajan
Klike sou "Chat with Emma" sou sit entènèt USCIS la
Voye yon mesaj depi nan bwat mesaj kont USCIS ou a sou entènèt
5. Èske ou mande reprezantan kongrè w la èd? Ou ka mande reprezantan kongrè w la (yon Reprezantan oswa yon Senatè) èd pou fè yo trete renouvèlman pemi travay ou a pi vit. Ou ka vizite sit entènèt yo oswa rele biwo yo pou mande kijan yo ede nan dosye imigrasyon. Men, yo ka pa kapab ede w, oswa menm si yo fè sa, USCIS ka refize trete dosye w la pi vit.
6. Èske ou konsidere depoze yon plent nan tribinal? Gen kèk imigran ki depoze yon pwosè "mandamus" — sa mande yon tribinal federal pou fòse USCIS pran yon desizyon sou dosye w la. Depoze yon plent nan tribinal kapab yon pwosesis difisil epi li pa toujou mache.
Finalman, pafwa li ka itil pou pale ak yon avoka pou konprann tout opsyon ou genyen. Jwenn asistans legal.
Kisa mwen kapa b fè si pemi travay mwen an pa baze sou azil, epi mwen gen lontan m ap tann?
Nou regrèt dèske ou poko resevwa nouvo pemi travay ou a. USCIS gen reta nan trete anpil kalite aplikasyon pou pemi travay.
Men kèk bagay pou w konsidere:
1. Èske pemi travay ou a pwolonje otomatikman? Pou kèk kategori pemi travay, si ou te aplike pou renouvle pemi travay ou baze sou yon aplikasyon azil ki annatant anvan 30 oktòb 2025 epi anvan kat ou a te ekspire, ou ka kapab kontinye travay pandan 540 jou anplis apre dat ki ekri sou kat ou a. Sa aplikab kèlkeswa peyi kote w soti a.
Kèk nan kategori pemi travay ki elijib pou pwolongasyon otomatik gen ladan yo: aplikasyon azil ki annatant (C08), genyen azil (A05), genyen sispansyon depòtasyon (withholding of removal) (A10), ak yon aplikasyon annatant pou rezidans pèmanan (permanent residence) baze sou fanmi oswa travay (C09). Ou ka vizite paj entènèt an gouvènman sa a pou w wè yon lis konplè kategori pemi travay ki elijib pou pwolongasyon an.
Moun ki gen pemi travay ki baze sou Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) (C19 oswa A12) ka kalifye tou pou yon lòt pwolongasyon pemi travay.
Aprann plis sou pwolongasyon otomatik la.
2. Èske ou te aplike pou azil tou? Si ou te aplike pou azil, ou ka aplike tou pou yon pemi travay baze sou aplikasyon azil ou a.
3. Èske ou te tcheke estati dosye w la? Antre nimewo lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) sou sit entènèt USCIS la, Estati a ta dwe di w si dosye w la ap trete toujou, si y ap revize l, si yo pran yon desizyon, oswa si yo te voye kat ou a pa lapòs. Si w gen kesyon sou sa estati dosye a di, ou ka rele Sant Sèvis USCIS (Contact Center) nan 1-800-375-5283 epi di “Infopass” pou w pale ak yon ajan, oswa klike sou "Chat with Emma" sou sit entènèt USCIS la.
4. Èske w ap tann depi plis tan pase sa ki “nòmal”? Tcheke tan tretman “nòmal” yo sou paj USCIS sa a. Si w ap tann depi plis tan, ou ka ranpli fòm sa a pou w poze kesyon sou dosye w la. Li pa koute anyen pou w eseye sa, men USCIS ka toujou pa trete dosye w la pi vit.
5. Èske w gen yon sikonstans espesyal? Egzanp sikonstans espesyal se: maladi grav, gwosès, pèdi travay, oswa gwo difikilte finansye. Ou ka kapab mande USCIS pou trete dosye w la pi vit (sa yo rele yon "demann pou akselere"). Men, USCIS pa aksepte demann sa yo souvan. Si w vle soumèt yon demann, ou ka kontakte USCIS nan youn nan fason sa yo:
Rele USCIS nan 1-800-375-5283 epi di “Infopass” pou w pale ak yon ajan
Klike sou "Chat with Emma" sou sit entènèt USCIS la
Voye yon mesaj depi nan bwat mesaj kont USCIS ou a sou entènèt
6. Èske w te mande manm kongrè w la èd? Ou ka mande manm kongrè w la (yon Reprezantan oswa yon Senatè) èd pou yo trete renouvèlman pemi travay ou a pi vit. Ou ka vizite sit entènèt yo oswa rele biwo yo pou w mande ki jan yo ede nan dosye imigrasyon. Men, yo ka pa kapab ede w, oswa menm si yo fè sa, USCIS ka refize trete dosye w la pi vit.
7. Èske w te konsidere depoze yon pwosè? Gen kèk imigran ki depoze yon pwosè "mandamus" — sa mande yon tribinal federal pou fòse USCIS aji sou dosye w la. Depoze yon pwosè kapab yon pwosesis difisil epi li pa toujou mache.
Finalman, sa ka itil pou w pale ak yon avoka pou w konprann tout opsyon w yo. Jwenn asistans legal.
Mwen resevwa pemi travay mwen, men mwen poko resevwa kat nimewo social security mwen an. Kisa mwen kapa b fè?
Ou kapa b gade videyo sa a oswa swiv etap sa yo pou w aplike pou yon nimewo social security (SSN). Nan tan lontan, imigran yo te kapab mande yon nimewo social security kòm yon pati nan aplikasyon pemi travay yo epi apre sa yo te konn resevwa yon kat nimewo social security otomatikman lè yo te apwouve pemi travay yo a. Men, moun pa kapab mande nimewo social security ankò nan aplikasyon pemi travay yo. Okontrè, kounye a imigran yo dwe aplike pou nimewo social security yo separeman.
Epitou, ou kapab travay legalman deja si ou gen yon pemi travay, menmsi ou poko gen yon kat oswa yon nimewo Social Security. Anplwayè w la kapab sèvi ak pemi travay ou pou l ranpli Fòm I-9 ki nesesè pou anboche w depi ou te deja aplike pou yon nimewo Social Security. Ou kapab montre yon anplwayè paj entènèt an ak piblikasyon gouvènman sa a si li gen kesyon.
Lòt Pwoblèm Kouran
Mwen te deplase apre m te fin soumèt aplikasyon pemi travay mwen an.
Revèy (“asylum clock”) mwen an te sispann apre m te fin soumèt aplikasyon azil mwen an bay USCIS.
Revèy mwen an te sispann apre m te fin soumèt aplikasyon azil mwen an nan tribinal imigrasyon.
Kat nimewo social security (SSN) mwen an gen yon erè sou li.
Kisa mwen kapab fè si mwen pa kapab peye frè pemi travay la?
Yon “egzansyon pou frè a” (Fòm I-912) se yon demann ou fè bay gouvènman an pou esplike poukisa ou pa gen mwayen pou peye yon frè.
Si w ap aplike pou premye pemi travay ou kòm yon moun k ap chèche azil, ou pral gen pou w peye tout frè inisyal pou pemi travay la. Pa gen okenn fason pou mande yon egzansyon pou frè a.
Si w ap aplike pou renouvle pemi travay ou kòm yon moun k ap chèche azil, epi ou pa gen mwayen pou peye frè a, ou kapab aplike pou yon egzansyon pou yon pòsyon nan frè a.
Si w ap aplike pou ranplase yon pemi travay ki pèdi, yo vòlè, oswa ki domaje, ou kapab aplike pou yon egzansyon pou tout frè a nèt.
Pou w mande yon egzansyon pou frè a, ou dwe soumèt aplikasyon pou renouvèlman oswa ranplasman pemi travay ou a pa lapòs oswa lè w telechaje l kòm yon PDF sou entènèt.
Sa pou w konnen anvan w deside mande yon egzansyon pou frè a pou renouvèlman oswa ranplasman pemi travay ou:
Si w mande yon egzansyon pou frè a, ou pa kapab itilize aplikasyon pemi travay sou entènèt la. Okontrè, ou dwe soumèt fòm nan pa lapòs oswa lè w telechaje l kòm yon PDF sou entènèt.
An jeneral, sa pran USCIS plis tan pou l trete aplikasyon pemi travay ki gen ladan yo egzansyon pou frè.
Pou w renouvle pemi travay ou, menm avèk yon egzansyon pou frè a, w ap toujou bezwen peye yon pati nan frè a. Frè total pou yon moun k ap chèche azil renouvle yon pemi travay pa lapòs se $795 oswa $745 sou entènèt. Ou kapab aplike pou yon egzansyon pou $520 nan total sa a si se pa lapòs, oswa $470 nan total sa a si se sou entènèt. Men, w ap gen pou w peye $275 ki rete a kèlkeswa sa k rive.
Pou w ranplase yon pemi travay ki pèdi, yo vòlè, oswa ki domaje, ou kapab mande yon egzansyon pou tout kòb la nèt ($520 pa lapòs, $470 sou entènèt).
Si USCIS apwouve demann egzansyon pou frè w la, ou p ap bezwen peye $520 a (si se pa lapòs) oswa $470 a (si se sou entènèt), epi USCIS ap voye yon lèt resepsyon ba ou.
Men si USCIS rejte demann egzansyon pou frè w la, w ap bezwen peye tout frè a nèt epi ou ka bezwen aplike pou pemi travay ou a ankò. Pou rezon sa a, si w ap renouvle pemi travay ou epi w deside mande yon egzansyon pou frè a, nou rekòmande pou w aplike omwen 1 an anvan pemi travay ou a ekspire. Konsa, si yo rejte egzansyon pou frè w la, w ap gen tan pou w reaplike ak tout frè a nèt, epi ogmante chans pou w resevwa nouvo pemi travay ou a anvan sa w genyen kounye a ekspire.
Kijan pou w aplike pou yon renouvèlman oswa ranplasman pemi travay avèk yon egzansyon pou frè:
Prepare yon fòm demann egzansyon pou frè (Fòm I-912).
Ranpli repons pou keksyon yo, an anglè.
Siyen epi mete dat sou fòm nan alamen ak lank nwa.
Mete prèv sou sitiyasyon finansye ou pou montre ou pa kapab peye frè a. Pa egzanp, ou kapab mete yon kopi deklarasyon taks ou, fich chèk, relve bankè, bòdwo ak resi. Ou kapab mete prèv tou ki montre oumenm oswa manm fanmi ou ap resevwa asistans gouvènman an baze sou revni, tankou koupon manje oswa Medicaid.
Ou kapab jwenn plis enfòmasyon sou demann egzansyon pou frè a (fee waiver) sou paj entènèt an USCIS sa a.
Prepare yon fòm aplikasyon pou pemi travay (Fòm I-765).
Si w ap mande yon egzansyon pou frè a, ou pa kapab itilize aplikasyon pemi travay sou entènèt la. Okontrè, ou dwe ranpli Fòm I-765 epi voye fòm nan pa lapòs.
Ou kapab gade videyo sa a epi swiv enstriksyon yo isit la.
Siyen epi mete dat sou fòm nan alamen ak lank nwa.
Soumèt dosye aplikasyon w lan lè w telechaje l kòm PDF sou entènèt oswa pa lapòs.
Opsyon 1: Telechaje PDF yo sou entènèt
Konekte oswa kreye yon kont USCIS (USCIS account).
Si w ap itilize yon telefòn, klike sou “Menu” nan kwen anwo adwat la, klike sou “Account actions,” epi klike sou “File a form online.” Si w ap itilize yon òdinatè, klike sou “My Account” nan kwen anwo adwat la, epi klike sou “File a form online.”
Apre sa, chwazi “I-765, Application for Employment Authorization” nan meni dewoulan an. Apre sa, klike sou “Start form.”
Chwazi kategori ou a. Si w ap aplike pou renouvle yon pemi travay baze sou yon aplikasyon azil ki annatant, chwazi “(c)(8) Pending Asylum and Withholding of Removal Applicants and Applicants for Asylum under the ABC Settlement Agreement.”
Apre sa, w ap wè de opsyon: “Fill Out Form Fields Online” ak “Upload a Filled Out PDF Form.” Chwazi dezyèm opsyon an, “Upload a Filled Out PDF Form.”
Pou keksyon “Are you able to pay the filing fee?” klike sou “No.” Yon nouvo seksyon ap parèt anba a, ki di “Upload your fee waiver request.” Eskane epi telechaje demann egzansyon pou frè a (Fòm I-912) isit la. Sit entènèt la ap konfime ke w ap soumèt Fòm I-912 epi ou te siyen fòm ou an. Si ou gen pwoblèm, eseye eskane epi telechaje fòm nan ankò. Ou kapab tou rapòte pwoblèm teknik bay Sant Sèvis USCIS (Contact Center) isit la.
Apre ou fin telechaje demann egzansyon pou frè a, yon nouvo seksyon ap parèt nan pati anba a, ki di “Upload Mandatory Supporting Documents for your Fee Waiver Request.” Eskane epi telechaje prèv sou sitiyasyon finansye ou isit la. Ou kapab telechaje plizyè dokiman.
Nan pwochen seksyon ki rele “Upload PDF,” eskane epi telechaje aplikasyon pemi travay ou a (Fòm I-765). Sit entènèt la ap verifye ke w ap soumèt tout paj Fòm I-765 yo.
Apre sa, nan seksyon “Evidence” la, eskane epi telechaje prèv pou aplikasyon pemi travay ou a. Ou kapab jwenn plis enfòmasyon sou seksyon prèv la isit la.
Nan seksyon “Review & Submit” la, ou kapab wè kèk alèt sou koreksyon ou dwe fè anvan ou kapab soumèt aplikasyon w lan. Korije erè yo, revize aplikasyon w lan avèk swen, epi soumèt li.
Si w ap renouvle pemi travay ou, li posib pou w wè yon paj toujou nan fen aplikasyon sou entènèt la pou w peye $275 yo mande a ki pa kapab egzante.
Apre ou fin soumèt aplikasyon pemi travay ou a, tcheke kont USCIS ou souvan pou wè avi enpòtan sou estati aplikasyon w lan.
Opsyon 2: Pa lapòs
Enprime aplikasyon egzansyon pou frè a (Form I-912) ou fin ranpli a, aplikasyon pemi travay ou a (Form I-765), ak tout prèv ou te kolekte yo. Asire w ou siyen epi mete dat sou de fòm yo alamen ak lank nwa. Fè yon kopi anplis pou tou de fòm yo pou w kenbe nan dosye pèsonèl ou.
Si ou vle, ou kapa b ranpli epi enprime Fòm G-1145 tou pou w resevwa avi sou aplikasyon w lan pa mesaj tèks oswa pa imèl.
Si w ap renouvle pemi travay ou, w ap bezwen mete yon peman tou pou yon pati nan frè a: $275. Ou kapa b mete yon moni odè (money order), chèk, oswa fòm peman pa kat kredi pou $275. Si w ap ranplase pemi travay ou ki pèdi, yo vòlè, oswa ki domaje, ou pa bezwen mete peman anplis sa a.
Mete yon kawotchou oswa yon kranpon (binder clip) nan tout paj fòm ak dokiman ou fin ranpli yo. Mete dosye a nan yon anvlòp.
Klike la a pou w jwenn adrès lapòs pou aplikasyon w lan. Pa egzanp, si w ap fè aplikasyon pou renouvle oswa ranplase pemi travay ou kòm yon moun k ap chèche azil, desann nan meni an epi klike sou “Asylees/refugees and their spouses and children”. Apre sa, anba sa, jwenn adrès ki nan lis pou kategori “(c)(8)” la. Si w ap fè aplikasyon pou yon pemi travay baze sou pawòl (“parole”), desann nan meni an epi klike sou “Parolee.”
Voye dosye a pa lapòs nan adrès sa a. Asire w ou pran yon nimewo swivi (tracking number) pou w kapa b konfime livrezon an.
Èske mwen kapa b fè anyen si mwen pa t resevwa yon lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) apre mwen fin soumèt aplikasyon pemi travay mwen an?
Fason ou resevwa lèt receipt notice ou a depann de si ou te soumèt aplikasyon pemi travay ou a sou entènèt oswa pa lapòs.
1. Sou entènèt
Si ou te soumèt aplikasyon pemi travay ou a sou entènèt, receipt notice la ta dwe parèt otomatikman nan kont USCIS (USCIS account) ou a nan kèk jou. Ou ta dwe wè yon onglè ki rele “Documents” anba aplikasyon pemi travay ou a. Klike sou onglè “Documents” an pou w jwenn receipt notice ou a. Si ou pa wè yon receipt notice nan kèk jou, ou kapa b voye yon mesaj bay USCIS depi nan bwat mesaj kont sou entènèt ou an.
2. Pa lapòs
Si ou te soumèt aplikasyon pemi travay ou a pa lapòs, ou ta dwe resevwa yon receipt notice nan lapòs nan yon delè 30 jou. Si ou pa resevwa yon receipt notice apre 30 jou, dabò, ou ta dwe tcheke si aplikasyon pemi travay ou a te rive nan USCIS. Si ou gen enfòmasyon swivi nan sèvis lapòs ou te itilize a (pa egzanp, biwo lapòs la, UPS, oswa FedEx) pou dosye aplikasyon pemi travay ou a, ou ta dwe swiv dosye a. Konsève yon kapti ekran (screenshot), pran yon foto, oswa enprime paj entènèt an ki konfime livrezon an.
Si aplikasyon w lan PA T livre, ou kapa b kontakte sèvis lapòs ou te itilize a (pa egzanp, biwo lapòs la, UPS, oswa FedEx). Si dosye w la te pèdi, ou ka bezwen voye aplikasyon pemi travay ou a ankò.
Si aplikasyon w lan TE livre nan USCIS epi ou toujou pa resevwa yon receipt notice apre 30 jou, ou kapa b eseye voye yon imèl bay USCIS nan [email protected].
Si se premye fwa w ap aplike pou yon pemi travay, ou kapab itilize sijè imèl sa a “CASA/ASAP/Rosario.”
Si w ap aplike pou renouvle pemi travay ou, ou kapab itilize sijè imèl sa a, “Missing receipt notice for I-765.”
Nan imèl la, ou kapab mete non konplè ou, nimewo alyen (A number), adrès postal ou, nenpòt nimewo swivi ou genyen pou voye aplikasyon an, dat yo te delivre l bay USCIS si w konnen l, ak yon esplikasyon ki di ou pa t resevwa yon lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) apre ou te fin soumèt aplikasyon pemi travay ou a (Fòm I-765). Ou kapab tache tou yon kapti ekran oswa yon foto paj entènèt an swivi ki soti nan sèvis lapòs la ki montre yo te delivre pake a.
Kisa mwen dwe fè si mwen deplase apre mwen fin soumèt aplikasyon pemi travay mwen an?
Si ou gen yon aplikasyon k ap tann nan USCIS, li enpòtan pou ou mete adrès ou ajou nan USCIS pou ou kapab resevwa kat pemi travay ou nan nouvo adrès ou a.
Ou kapab mete adrès ou ajou atravè yon kont USCIS sou entènèt oswa pa lapòs. Jwenn plis enstriksyon isit la.
Kisa mwen kapab fè si yo te refize aplikasyon pemi travay mwen an?
Nou regrèt anpil dèske yo te refize aplikasyon pemi travay ou a. Men kèk rezon komen ki fè USCIS refize pemi travay moun k ap chèche azil yo ak sa ou kapab fè.
Ou te peye yon move frè. Apati 22 jiyè 2025, gen nouvo frè pou pemi travay. Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa a.
W ap aplike pou premye pemi travay ou, epi pa gen ase jou ki pase depi ou te soumèt aplikasyon azil ou a. An jeneral, ou kapab aplike pou yon pemi travay 150 jou apre ou fin soumèt aplikasyon azil ou a epi resevwa yon pemi travay 180 jou apre ou fin soumèt aplikasyon azil ou a. Si ou te aplike pou pemi travay ou twò bonè, ou kapab tann epi resoumèt aplikasyon pemi travay ou a. Men, si ou panse ou te aplike nan bon moman an men USCIS te rejte pemi travay ou a kanmenm, li posib pou gen yon pwoblèm ak revèy (“asylum clock”) azil ou a. Aprann plis sou revèy azil la isit la si w ap aplike pou azil ak USCIS, epi isit la si w ap aplike pou azil nan tribinal imigrasyon.
Pa gen prèv ki montre gen yon aplikasyon azil. Si ou poko depoze yon aplikasyon azil (Fòm I-589), aprann kijan pou w aplike pou azil isit la. Ou kapab aplike pou yon pemi travay 150 jou apre ou fin soumèt aplikasyon azil ou a. Si ou te depoze yon aplikasyon azil men USCIS di pa gen prèv pou sa, ou kapab eseye resoumèt aplikasyon pemi travay ou a ak prèv. Pa egzanp, ou ta kapab mete yon lèt kouvèti ki esplike ki lè ak ki kote ou te depoze aplikasyon azil ou a ak yon kopi premye paj I-589 ou a ki gen yon tenm ki soti nan tribinal imigrasyon an. Ou ka vle pale tou ak yon avoka sou opsyon ou genyen. Jwenn èd legal isit la.
Ou gen yon sèten kalite kondanasyon kriminèl. Si USCIS te rejte aplikasyon w lan poutèt yon kondanasyon kriminèl, li pi bon pou w pale ak yon avoka sou opsyon ou genyen. Jwenn èd legal isit la.
Si ou gen kesyon oswa si w ap rankontre yon lòt pwoblèm, ou ka vle pale ak yon avoka sou opsyon ou genyen. Jwenn èd legal isit la. Ou kapab voye yon imèl tou ak kesyon ou an nan [email protected] epi mete yon foto lèt refi ou te resevwa nan men USCIS la.
Kisa k pral rive pemi travay mwen an si yo refize ka azil mwen an?
Si ou deja gen yon pemi travay paske ou ap chèche azil epi yo refize ka azil ou a, estati pemi travay ou a depann de sitiyasyon ou. Gouvènman an te chanje règleman sa yo nan mwa jiyè 2025.
Si USCIS refize ka azil ou a epi USCIS voye (oswa “refere”) ka azil ou a nan tribinal imigrasyon, ou kapab kontinye sèvi ak pemi travay ou epi ou kapab renouvle pemi travay ou tou.
Si USCIS refize ka azil ou a epi USCIS pa voye ka ou a nan tribinal imigrasyon paske ou gen yon lòt estati imigrasyon ki valid tankou Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS), pemi travay ou ki baze sou azil la pa valid ankò. Men, si ou gen yon lòt estati imigrasyon, ou ka kapab aplike pou yon lòt kalite pemi travay.
Si yo refize ka azil ou a nan tribinal imigrasyon epi ou fè apèl pou ka azil ou a devan Komisyon Apèl Imigrasyon (BIA) nan yon delè 30 jou, ou kapab kontinye sèvi ak pemi travay ou epi ou kapab renouvle pemi travay ou tou. Si BIA rejte apèl ou a, pemi travay ou a ap fini otomatikman.
Si yo refize ka azil ou a nan tribinal imigrasyon epi ou pa fè apèl pou ka azil ou a devan BIA, pemi travay ou ap fini 30 jou apre desizyon jij la.
Si ou PA T deja gen yon pemi travay ki baze sou azil nan moman yo te refize ka ou a, posiblite ou yo depann de sitiyasyon ou:
Si USCIS refize ka azil ou a epi USCIS voye (oswa “refere”) ka azil ou a nan tribinal imigrasyon, “revèy (“asylum clock”)” ou a ap kontinye mache. Lè ou gen 150 jou sou revèy la, ou kapab aplike pou yon pemi travay ki baze sou azil. USCIS kapab apwouve pemi travay ou a yon fwa ou gen 180 jou sou revèy la.
Si USCIS refize ka azil ou a epi USCIS pa voye ka ou a nan tribinal imigrasyon, pa egzanp paske ou gen yon lòt estati imigrasyon ki valid tankou TPS, ou p ap kapab aplike pou yon nouvo pemi travay ki baze sou azil.
Si yo refize ka ou a nan tribinal imigrasyon epi ou te deja gen omwen 180 jou sou revèy ou nan moman refi a, epi ou fè apèl devan BIA nan yon delè 30 jou, ou kapab toujou aplike pou yon nouvo pemi travay ki baze sou demann azil ou a.
Si yo refize ka ou a nan tribinal imigrasyon epi ou pa t deja gen omwen 180 jou sou revèy ou nan moman refi a, ou p ap kapab aplike pou yon nouvo pemi travay ki baze sou demann azil ou a, paske revèy ou a ap sispann. Revèy ou a ap rekòmanse sèlman si BIA voye ka ou a tounen nan tribinal imigrasyon annapre – si sa rive, tan ka a te pase nan apèl devan BIA a ta dwe konte nan jou ki sou revèy ou a.
Aprann plis sou sa k ap pase apre yo fin refize yon azil nan USCIS ak nan tribinal imigrasyon.
“Revèy” pemi travay mwen an te sispann apre mwen te fin soumèt aplikasyon azil mwen an bay USCIS. Kisa sa vle di, epi kisa mwen kapab fè?
Si se USCIS ki te sispann revèy ou a, kontinye li. Si se tribinal imigrasyon ki te sispann revèy ou a, klike isit la pito.
Kisa revèy la ye: “Revèy” pemi travay la (pafwa yo rele l revèy azil) se yon zouti USCIS ak tribinal imigrasyon sèvi avè l pou konte kantite jou depi ou te soumèt aplikasyon azil ou a. Lè ou gen 150 jou sou revèy ou, ou kapab aplike pou premye pemi travay ou kòm moun k ap chèche azil. Lè ou gen 180 jou sou revèy ou, ou kapab resevwa yon pemi travay. Malerezman, pafwa USCIS oswa tribinal imigrasyon sispann revèy la. Si ou te soumèt aplikasyon azil ou a depi plis pase 180 jou, men revèy ou a te sispann anvan li te rive nan 180 jou, gen anpil chans pou yo refize aplikasyon pemi travay ou a. Gade videyo sa a sou revèy azil la.
Poukisa revèy ou a sispann: Si ou te soumèt aplikasyon azil ou a bay USCIS, revèy ou a ka sispann si:
Ou te manke yon entèvyou oswa yon randevou byometrik (biometrics appointment) (pran anprent)
Ou te mande pou yo ranvwaye yon entèvyou pou yon lòt dat
Ou te fè USCIS konnen ou te deplase al rete byen lwen anvan ou te rive nan 180 jou, epi yo te transfere dosye w la otomatikman nan yon lòt biwo azil
Ou kapa b rele oswa voye yon imèl tou bay biwo azil lokal ou a pou mande plis enfòmasyon sou rezon ki fè revèy (“asylum clock”) ou a te sispann.
Sa ou kapa b fè pou rekòmanse revèy ou a: Si ou kwè USCIS te sispann revèy ou a pa erè, ou kapa b sèvi ak zouti sou entènèt USCIS sa a epi swiv enstriksyon espesifik sa yo:
Anba “Form Number” chwazi “I-589”
Anba “Form Sub Type” chwazi “Challenge to 180-Day Asylum EAD Clock – Garcia Perez Settlement Agreement”
Bay nimewo resi a ak dat ou te depoze aplikasyon I-589 ou a. Ou kapa b jwenn enfòmasyon sa yo sou lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) pou azil la.
Anba seksyon “Typographical Error” la, chwazi “Other – Provide Detail”. Apre sa, bay yon deskripsyon presi sou rezon ki fè ou kwè gen yon erè.
Depoze aplikasyon pemi travay ou a ankò: Si yo te rejte pemi travay ou paske ou pa t gen ase jou sou revèy azil ou a, epi ou ranje pwoblèm nan, ou kapa b soumèt aplikasyon pemi travay ou a ankò. Paske se pral pou premye pemi travay ou baze sou azil, ou kapa b make “initial permission to accept employment” ankò. Aprann kijan pou w aplike isit la.
“Revèy” pemi travay mwen an te sispann apre mwen te fin soumèt aplikasyon azil mwen an nan tribinal imigrasyon. Kisa sa vle di, epi kisa mwen kapa b fè?
Si se tribinal imigrasyon ki te sispann revèy ou a, kontinye li. Si se USCIS ki te sispann revèy ou a, klike isit la pito.
Kisa revèy la ye: Revèy pemi travay la (pafwa yo rele l revèy azil) se yon zouti USCIS ak tribinal imigrasyon sèvi pou konte kantite jou depi ou te soumèt aplikasyon azil ou a. Lè ou gen 150 jou sou revèy ou, ou kapa b aplike pou premye pemi travay ou kòm moun k ap chèche azil. Lè ou gen 180 jou sou revèy ou, ou kapa b resevwa yon pemi travay. Malerezman, pafwa USCIS oswa tribinal imigrasyon sispann revèy la. Si ou te soumèt aplikasyon azil ou a depi plis pase 180 jou, men revèy ou a te sispann anvan li te rive nan 180 jou, gen anpil chans pou yo rejte aplikasyon pemi travay ou a. Gade videyo sa a sou revèy azil la.
Poukisa revèy ou a sispann: Si ou te soumèt aplikasyon azil ou a nan tribinal imigrasyon, revèy ou a kapa b sispann si:
Ou te mande plis tan pou w jwenn yon avoka
Ou menm oswa avoka w la te mande plis tan pou prepare dosye w la
Tribinal imigrasyon an te anile dosye w la
Ou pa t ale nan yon randevou byometrik ki te planifye
Ou pa t ale nan yon randevou nan tribinal ki te planifye
Anplwaye tribinal imigrasyon an te fè yon erè
Remak: Depoze yon demann pou chanje kote y ap tande dosye w la (“motion to change venue”) pou deplase dosye w la nan yon lòt tribinal imigrasyon PA sispann revèy la.
Pou w jwenn enfòmasyon sou revèy ou a, ou kapa b ale nan tribinal imigrasyon w lan an pèsòn epi mande anplwaye tribinal la yon kopi istwa revèy azil ou a. Ou kapa b voye yon imèl oswa rele tribinal la tou pou fè demann sa a. Tribinal la obligatwa pou ba ou sa. Kopi sa a ta dwe montre tout fwa revèy ou a te sispann oswa rekòmanse, ak pou ki rezon.
Kisa ou kapa b fè pou rekòmanse revèy ou a si ou gen yon randevou k ap vini: Jij imigrasyon an kapa b rekòmanse revèy ou a lè ou gen pwochen randevou w nan tribinal imigrasyon epi ou aksepte yon dat pou randevou devan jij (individual or merits hearing) ou a.
Sa ou kapab fè pou rekòmanse revèy ou a si ou panse yo te kanpe li pa erè: Si ou panse tribinal imigrasyon an te kanpe revèy (“asylum clock”) ou a pa erè, ou kapab kontakte tribinal imigrasyon an. Ale sou sit entènèt tribinal imigrasyon sa a epi klike sou non tribinal ou a pou w ale sou paj entènèt an tribinal sa a. Ou kapab tape tou “Immigration Court [non vil la]” nan Google pou w jwenn paj entènèt tribinal ou a. Desann nan paj la nan seksyon ki rele “Contact the Court”, epi chèche tit “Asylum EAD Clock Requests.” Li ta dwe bay yon adrès imel.
Ou kapab ekri yon imel ki gen ladan l enfòmasyon sa yo:
Non ou
Nimewo alyen (A number) ou a
Adrès ou
Non tribinal imigrasyon kote ou gen pwochen randevou w la
Poukisa ou panse yo te kanpe revèy la mal, epi konbyen jou ou kwè ki ta dwe sou revèy la
Si dosye w la nan etap apèl kounye a devan Komisyon Apèl Imigrasyon (BIA), men tribinal imigrasyon an te kanpe revèy ou a pa erè lè dosye w la te nan tribinal imigrasyon an toujou, paj entènèt gouvènman sa a bay enfòmasyon sou fason pou mande BIA pou mete jou tounen sou revèy ou a pou tan dosye w la te pase nan tribinal imigrasyon an. Malerezman, men, revèy la p ap kontinye mache pandan dosye w la nan etap apèl. Se sèlman si BIA voye dosye w la tounen nan tribinal imigrasyon an revèy la ap rekòmanse – si sa rive, tan dosye w la te pase nan etap apèl nan BIA a ta dwe konte tou nan kantite jou ki sou revèy ou a.
Ou ka vle jwenn yon avoka tou pou ede w ranje pwoblèm ak revèy azil ou a. Jwenn èd legal isit la.
Soumèt aplikasyon pemi travay ou a ankò: Si yo te refize pemi travay ou paske ou pa t gen ase jou sou revèy azil ou a, epi ou ranje pwoblèm nan, ou kapab soumèt aplikasyon pemi travay ou a ankò. Paske se pral pou premye pemi travay ou baze sou azil, ou kapab make “initial permission to accept employment” ankò. Aprann kijan pou w aplike isit la.
Èske mwen kapa b fè si mwen pa janm resevwa kat pemi travay mwen an epi mwen panse li ka pèdi nan lapòs?
Premyèman, tcheke estati dosye w la nan zouti sou entènèt pou tcheke estati dosye USCIS la. Gade fliyè sa a pou enstriksyon detaye. Si USCIS te voye pemi travay ou a pa lapòs, yo ta dwe ba ou yon nimewo swivi (tracking number) sou paj sa a. Apre sa, gen kèk opsyon ou kapab eseye.
Si ou gen yon nimewo swivi, ou kapab tcheke estati pake a nan biwo lapòs (USPS). Ou kapab eseye tou kontakte biwo lapòs la pou w wè si yo ka jwenn kat ki pèdi a. Nimewo telefòn jeneral la se 1-800-222-1811.
Ou kapab eseye soumèt yon demann pou yon nouvo kat atravè sit entènèt USCIS sa a.
Si biwo lapòs la di yo pèdi kat la, ou kapab mande yo yon dokiman ki esplike sitiyasyon an. Apre sa, ou kapab reaplike pou pemi travay ou a epi mete dokiman sa a ladan l. Nòmalman, USCIS p ap fè w peye frè a pou yo refè yon kat ki pa t janm delivre, si ou kapab montre USPS te pèdi kat la.
Si biwo lapòs la di yo te delivre kat la, ou kapab reaplike pou pemi travay ou a kanmenm. Men, malerezman w ap gen pou w peye yon frè ranplasman oswa mande yon egzansyon pou frè a. Ou kapab li enfòmasyon sou opsyon ou genyen pou ranplase kat pemi travay ou ki pèdi a isit la.
Kisa mwen kapab fè si pemi travay mwen an pèdi, yo vòlè li, oswa li domaje?
Pou ou fè yon demann pou ranplase yon pemi travay ki pèdi, yo vòlè, oswa ki domaje, ou kapab swiv pifò nan menm etap pou renouvle yon pemi travay yo, men sou fòm aplikasyon I-765 la, ou kapab chwazi opsyon “Replacement of lost, stolen, or damaged employment authorization document.”
Fè demann pou ranplase yon pemi travay ki pèdi, yo vòlè, oswa ki domaje koute $470 sou entènèt oswa $520 pa lapòs. Si ou pa kapab peye frè a, ou kapab mande yon egzansyon pou frè a (fee waiver).
Si w ap fè demann lan sou entènèt, ou kapab peye frè depozisyon an lè ou bay enfòmasyon kat kredi w, kat debi w, oswa enfòmasyon kont bankè Ozetazini w nan fen aplikasyon an sou entènèt. Si ou pa gen yon kat kredi oswa debi, ou kapab sèvi ak kach tou pou achte yon kat prepeye nan anpil gwo magazen. Asire w ou kite ase lajan sou kat la pou kouvri frè depozisyon an.
Si w ap fè demann lan pa lapòs, gen kèk fason diferan pou peye frè depozisyon an:
Kat Kredi oswa Kat Debi. Pou peye ak yon kat kredi oswa yon kat debi, ranpli Fòm G-1450. Mete fòm nan anlè Fòm I-765 la. Si ou pa gen yon kat kredi oswa debi, ou kapab sèvi ak kach pou achte yon kat prepeye nan anpil gwo magazen. Asire w ou kite ase lajan sou kat la pou kouvri frè depozisyon an.
Kont Bankè. Pou peye pa debi elektwonik (ACH) soti nan yon kont bankè Ozetazini, ranpli Fòm G-1650. Mete fòm nan anlè aplikasyon azil ou a.
Chèk. Apati 28 oktòb 2025, pou peye pa chèk si ou pa gen aksè ak yon kat kredi oswa yon kont bankè, ou dwe siyen epi mete Fòm G-1651, Exemption for Paper Fee Payment tou, anlè Fòm I-765 la ansanm ak chèk ou a. Fè chèk la nan non “U.S. Department of Homeland Security”. Ekri nimewo alyen (A number) ou a (pa egzanp, A# 000-000-000) yon kote sou chèk la.
Moni odè. Apati 28 oktòb 2025, pou peye pa moni odè (money order) si ou pa gen aksè ak yon kat kredi oswa yon kont bankè, ou dwe siyen epi mete yon Fòm G-1651, Exemption for Paper Fee Payment tou anlè Fòm I-765 la ansanm ak moni odè w la. Ou kapab achte yon moni odè nan yon biwo lapòs, yon bank, ak nan kèk magazen. Fè moni odè a nan non “U.S. Department of Homeland Security”. Ekri nimewo alyen ou a (pa egzanp, A# 000-000-000) yon kote sou moni odè a.
Ranplase ou byen renouvle: Si pemi travay ou ki pèdi oswa ki domaje a t apral ekspire nan 1 an oswa mwens, ou kapab konsidere fè demann pou renouvle li olye pou w ranplase li. Dapre USCIS, si ou fè demann pou ranplase pemi travay ou, nouvo kat la ta dwe gen menm dat ekspirasyon ak ansyen kat ou a. Si ou fè demann pou renouvle pemi travay ou, nouvo kat la pral kouvri yon nouvo peryòd (18 mwa apati dat yo bay li a). Men, li koute plis pou renouvle yon pemi travay pase pou ranplase youn. Fè demann pou ranplase yon pemi travay ki baze sou azil koute $470 sou entènèt oswa $520 pa lapòs. Ou kapab mande yon egzansyon pou frè a pou tout kòb sa a. Fè demann pou renouvle yon pemi travay ki baze sou azil koute $745 sou entènèt oswa $795 pa lapòs. Ou kapab mande yon egzansyon pou frè a pou yon pati nan kòb sa a.
Kisa mwen kapa b fè si mwen resevwa kat pemi travay mwen, men gen yon erè sou li?
Si kat pemi travay ou a gen yon erè sou li, ou ka deside si w ap mande USCIS pou korije erè a, oswa si w p ap fè sa. Si ou fè demann pou korije yon erè, w ap bezwen voye kat pemi travay ou genyen kounye a bay USCIS. Sa ka pran yon tan ki trè long pou USCIS bay nouvo kat pemi travay ou a. Donk, si ou deside fè demann pou korije yon erè, ou ka ap tann pandan yon tan ki long san ou pa gen yon kat pemi travay.
Si ou deside eseye korije erè a, pwosesis la depann de si se USCIS ki te fè erè a nan kat pemi travay ou a oswa si se ou menm ki te fè yon erè nan aplikasyon pemi travay ou a.
Si se te erè USCIS, ou PA bezwen soumèt yon nouvo aplikasyon oswa yon frè. Okontrè, ou kapab:
Sèvi ak paj entènèt an USCIS sa a pou soumèt yon demann sèvis pou korije erè a, epi
Swiv enstriksyon ki sou paj entènèt an USCIS sa a (gade nan seksyon “How to request a Correction to Your Notice or Document Due to USCIS Error”) pou w ka retounen kat ou a ki gen enfòmasyon ki pa kòrèk yo.
Si se pa t erè USCIS, ou dwe soumèt yon nouvo aplikasyon pemi travay (Fòm I-765). Malerezman, w ap gen pou w peye yon frè pou depoze aplikasyon an. Ou ka tcheke sit entènèt USCIS sa a epi chwazi “I-765” pou enfòmasyon sou frè yo anvan ou soumèt yon aplikasyon.
Kat nimewo social security (SSN) mwen an gen yon erè. Kisa mwen kapa b fè?
Si kat nimewo social security ou a gen yon erè (tankou move òtograf nan non ou), li enpòtan pou korije erè sa a paske sa ka lakòz pwoblèm lè w ap aplike pou yon travay oswa yon lisans kondi.
Ou ka rele 800-772-1213 epi mande yon randevou an pèsòn an ijans. Ou ka eseye rele biwo lokal ou a tou. Pou jwenn biwo lokal ou a, antre kòd postal (zip code) ou nan bwat ki make “ZIP” sou sit entènèt biwo Social Security sa a. Yon kòd postal se nimewo 5 chif ki nan fen adrès ou a.
Lè ou rele, ou ta dwe fè biwo lokal ou a konnen si ou bezwen kat nimewo social security ou pou w travay, pou w jwenn aksè ak nenpòt benefis, oswa pou w ranpli deklarasyon taks. Si yon moun nan biwo lokal ou a eseye di w ou pa bezwen yon randevou an ijans epi ou ka ranje pwoblèm nan pa lapòs, ou ka esplike yo ke dapre règleman Administrasyon Sekirite Sosyal la (ki esplike nan manyèl politik sa a), ou pa janm sipoze voye dokiman imigrasyon w yo pa lapòs. Epi se poutèt sa ou bezwen yon randevou an pèsòn.
Ou ka eseye ale nan biwo lokal ou a tou san randevou, men yo ka mande w pou w pran yon randevou epi pou w tounen yon lòt lè.
Kisa mwen kapa b fè si mwen eseye kontakte USCIS epi yo pa janm reponn?
Gen kèk opsyon ou kapab eseye.
Tcheke estati w. Ou kapab sèvi ak zouti sou entènèt USCIS la pou w konnen nan ki nivo aplikasyon w lan ye nan paj entènèt USCIS sa a. Gade fliyè sa a pou w jwenn enstriksyon detaye.
Rele. Ou kapab rele Sant Sèvis USCIS (Contact Center) dirèkteman nan 1-800-375-5283. Gen kèk moun ki fè konnen yo te rive pale ak yon reprezantan lè yo di “Info Pass” byen fò nan telefòn nan lè yo mande yo pou eksplike poukisa y ap rele.
Chat sou entènèt. Ou kapab chat ak USCIS sou entènèt tou. Ale sou https://www.uscis.gov/. Klike sou “Need Help? Chat with Emma” nan kwen anba adwat paj la.
Mwen pa gen yon pemi travay ki valid ankò. Ki opsyon mwen genyen?
Si ou pa gen yon pemi travay ki valid ankò, men kèk opsyon ou kapab konsidere.
Tcheke si pemi travay ou a te pwolonje otomatikman.
Si ou te resevwa yon pwolongasyon otomatik pou pemi travay ou nan dat 29 oktòb 2025 oswa anvan sa, paske w ap chèche azil oswa pou kèk lòt kategori, pemi travay ou a pwolonje otomatikman pou 540 jou. Pou plis enfòmasyon sou pwolongasyon otomatik la, klike sou lyen sa.
Moun ki gen Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) kapab kalifye tou pou yon lòt kalite pwolongasyon pemi travay. Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa.
Konsidere renouvle pemi travay ou.
Si pemi travay ou a ekspire, men aplikasyon azil ou a toujou ap tann yon desizyon, ou kapab toujou aplike pou renouvle pemi travay ou ki ekspire a.
Si ou te aplike pou renouvle pemi travay ou apre 29 oktòb 2025, li p ap pwolonje otomatikman. Malerezman, USCIS kapab pran anpil tan pou trete renouvèlman pemi travay yo. Ou kapab eseye etap 1, 2, oswa 5 yo eksplike la a pou w eseye akselere pwosesis la, men sa ka pa mache.
Konsidere soumèt yon nouvo aplikasyon imigrasyon, si ou elijib.
Si ou elijib pou azil epi ou pa t ankò aplike, ou ka kapab aplike pou azil. Ou kapab aplike pou yon pemi travay 150 jou apre gouvènman an fin resevwa aplikasyon azil ou a.
Selon sitiyasyon ou, ou ka kapab aplike pou lòt kalite estati imigrasyon.
Men, soumèt yon nouvo aplikasyon kapab yon desizyon konplike ki depann de sikonstans espesifik ou yo. Pa egzanp, chak fwa ou ranpli yon nouvo aplikasyon, w ap bay gouvènman an enfòmasyon ajou yo ka pa t genyen deja.
Ou kapab li gid sa a ki soti nan yon lòt òganizasyon pou w aprann sou dwa w apre pemi travay ou fin ekspire, san bliye enfòmasyon konsènan anplwayè yo.
Lòt Kalite Pemi Travay
Pemi travay ki baze sou lè ou genyen Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS)
Pemi travay ki baze sou lè ou genyen estati azil (asylee status)
Pemi travay ki baze sou lè ou genyen sispansyon depòtasyon (withholding of removal)
Yo te ban mwen “parole” lè mwen te antre Ozetazini. Èske mwen kapab aplike pou yon pemi travay?
Wi. Si parole ou a toujou valid, ou kapab aplike pou yon pemi travay ki baze sou parole. Men, gouvènman an ap eseye mete fen nan parole la pi bonè pou anpil moun. Ou kapab jwenn plis enfòmasyon isit la. Si parole ou a fini pi bonè, pemi travay ou ki baze sou parole la ap fini pi bonè tou. Pou rezon sa a, ou ka vle aplike tou pou yon lòt kalite pemi travay si ou elijib, pa egzanp yon pemi travay ki baze sou chèche azil.
Kisa parole ye?
“Parole” se lè gouvènman an ba ou pèmisyon ofisyèl pou ou antre Ozetazini epi pou ou rete nan peyi a pou yon tan tanporè. Men, se pa tout moun ki antre Ozetazini ki resevwa parole. Yon fason pou tcheke si ou te resevwa parole se lè ou tcheke dokiman papye ou yo oswa dokiman ou yo sou entènèt. Ou ka te resevwa dokiman parole ki sanble ak sa a, sa a, sa a, oswa sa a. Yon dokiman ki endike ou te resevwa parole ta dwe di tou pou konbyen tan parole ou a valid.
Konbyen tan pemi travay la ap dire pou yon pemi ki baze sou parole?
Yon pemi travay ki baze sou parole valid sèlman pou yon ane, oswa jiskaske parole ou a ekspire, kèlkeswa sa ki rive an premye. Gouvènman an ap eseye mete fen nan kèk kalite parole pi bonè tou. Si parole ou a fini pi bonè, pemi travay ou ki baze sou parole la ap ekspire pi bonè tou.
Kouman mwen kapab aplike pou yon pemi travay ki baze sou parole?
Si ou te resevwa parole epi parole ou a toujou valid, ou kapab aplike pou yon pemi travay imedyatman. Sèvi ak “kategori (c)(11)” sou fòm aplikasyon pemi travay la (Fòm I-765). Tache prèv parole ou a nan aplikasyon w lan. Ou kapab soumèt aplikasyon pemi travay ou a sou entènèt oswa pa lapòs. Pou aplike sou entènèt, ou kapab klike sou bouton ble “File Online” ki sou paj entènèt an USCIS sa a.
Frè Aplikasyon. Frè pou aplike pou yon premye pemi travay ki baze sou parole se $1080 (si w ap aplike pa lapòs) oswa $1030 (si w ap aplike sou entènèt). Frè pou renouvle yon pemi travay ki baze sou parole ogmante pou rive $800 (si w ap aplike pa lapòs) oswa $750 (si w ap aplike sou entènèt).
Si w ap soumèt yon aplikasyon sou entènèt, ou kapab peye frè aplikasyon an lè ou bay enfòmasyon kat kredi ou, kat debi ou, oswa enfòmasyon kont labank ameriken ou nan fen aplikasyon an sou entènèt. Si ou pa gen yon kat kredi oswa debi, ou kapab sèvi ak kach tou pou achte yon kat pre-peye nan anpil gwo magazen. Asire w ou kite ase lajan sou kat la pou kouvri frè aplikasyon an.
Si w ap soumèt yon aplikasyon pa lapòs, gen kèk fason diferan pou peye frè aplikasyon an:
Kat Kredi oswa Kat Debi. Pou peye ak yon kat kredi oswa yon kat debi, ranpli de Fòm G-1450. Si w ap aplike pou premye pemi travay ou anba pawol (“parole”), ranpli yon Fòm G-1450 pou $520 epi yon lòt pou $560. Si w ap aplike pou yon renouvèlman pemi travay anba pawòl, ranpli yon Fòm G-1450 pou $520 epi yon lòt pou $280. Mete fòm yo anlè aplikasyon pemi travay ou a. Si ou pa gen yon kat kredi oswa debi, ou kapab sèvi ak kach pou achte yon kat pre-peye nan anpil gwo magazen. Asire w ou kite ase kòb sou kat la pou kouvri frè depozisyon an.
Kont Bankè. Pou peye pa debi elektwonik (ACH) apati yon kont bankè Ozetazini, ranpli de Fòm G-1650. Si w ap aplike pou premye pemi travay ou anba pawòl, ranpli yon Fòm G-1650 pou $520 epi yon lòt pou $560. Si w ap aplike pou yon renouvèlman pemi travay anba pawòl, ranpli yon Fòm G-1650 pou $520 epi yon lòt pou $280. Mete fòm yo anlè aplikasyon pemi travay ou a.
Chèk. Apati 28 oktòb 2025, pou peye pa chèk si ou pa gen aksè ak yon kat kredi oswa yon kont bankè, ou dwe siyen epi mete tou Fòm G-1651, Exemption for Paper Fee Payment, anlè aplikasyon pemi travay ou a ansanm ak de chèk. Si w ap aplike pou premye pemi travay ou anba pawòl, ekri yon chèk pou $520 epi yon lòt pou $560. Si w ap aplike pou yon renouvèlman pemi travay anba pawòl, ekri yon chèk pou $520 epi yon lòt pou $280. Mete chèk yo sou non “U.S. Department of Homeland Security”. Ekri nimewo alyen (A number) ou a (pa egzanp, A# 000-000-000) yon kote sou chèk yo.
Moni odè. Apati 28 oktòb 2025, pou peye pa moni odè (money order) si ou pa gen aksè ak yon kat kredi oswa yon kont bankè, ou dwe siyen epi mete tou yon Fòm G-1651, Exemption for Paper Fee Payment anlè aplikasyon pemi travay ou a ansanm ak de moni odè. Si w ap aplike pou premye pemi travay ou anba pawòl, achte yon moni odè pou $520 epi yon lòt pou $560. Si w ap aplike pou yon renouvèlman pemi travay anba pawòl, achte yon moni odè pou $520 epi yon lòt pou $280. Ou kapab achte moni odè nan yon biwo lapòs, yon bank, ak nan kèk magazen. Mete moni odè yo sou non “U.S. Department of Homeland Security”. Ekri nimewo alyen ou a (pa egzanp, A# 000-000-000) yon kote sou moni odè a.
Si w ap renouvle yon pemi travay ki baze sou pawòl, ou kapab aplike pou yon egzansyon pou yon pati nan frè yo ($470 si w ap depoze l sou entènèt, $520 si w ap depoze l pa lapòs) lè w mande yon egzansyon pou frè a (fee waiver). Men lòt pati nan frè yo ($280) pa kapab egzante epi ou dwe peye l kanmenm.
Konbyen tan sa pran pou resevwa yon pemi travay ki baze sou pawòl?
Sa depann, men sa kapab pran anpil tan. Gouvènman an pa obligatwa pou l trete pemi travay ki baze sou pawòl nan yon delè presi. Si w gen yon bon tan w ap tann, ou kapab tcheke tan tretman nòmal ki afiche sou paj entènèt an (webpage) USCIS sa a. Si tan tretman nòmal la depase, ou kapab ranpli fòm sa a pou poze keksyon sou dosye w la. Si ou se yon travayè nan domèn sante oswa gadri, ou kapab mande pou resevwa pemi travay ou pi vit atravè yon pwosesis separe.
Ki diferans ki genyen ant yon pemi travay ki baze sou pawòl ak youn ki baze sou yon aplikasyon azil?
Pemi travay ki baze sou pawòl (kategori (c)(11) sou fòm aplikasyon pemi travay la):
Ou kapab aplike pou yon pemi travay imedyatman apre ou fin resevwa pawòl. Ou PA bezwen tann 150 jou.
USCIS kapab pran anpil tan pou trete aplikasyon w lan pou yon pemi travay ki baze sou pawòl. Yo pa obligatwa pou yo trete l nan yon delè presi.
Si yo apwouve aplikasyon pemi travay ou a, pemi travay ou a ap valid sèlman pou yon ane, oswa jiskaske estati pawòl ou a ekspire, kèlkeswa sa k rive an premye a. Gouvènman an kapab eseye mete fen nan estati pawòl ou a pi bonè, epi pemi travay ou a ap ekspire pi bonè tou nan sitiyasyon sa a.
Frè pou aplike pou yon premye pemi travay ki baze sou pawòl se $1080 (si w ap aplike pa lapòs) oswa $1030 (si w ap aplike sou entènèt).
Pemi travay ki baze sou yon aplikasyon azil (kategori (c)(8) sou fòm aplikasyon pemi travay la):
An jeneral, ou kapa b aplike pou yon pemi travay 150 jou apre ou fin soumèt aplikasyon azil ou a.
USCIS ta dwe trete aplikasyon w lan pou premye pemi travay ou ki baze sou azil nan yon delè 30 jou apre yo fin resevwa li.
Si yo apwouve aplikasyon pemi travay ou a apre 4 desanm 2025, pemi travay ou a ap valab pou 18 mwa. Pemi travay pou moun k ap chèche azil yo te apwouve ant 1ye oktòb 2023 ak 4 desanm 2025 yo valab pou 5 an.
Frè pou aplike pou yon premye pemi travay kòm yon moun k ap chèche azil se $560.
Mwen gen Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS). Èske mwen kapa b aplike pou yon pemi travay?
Wi! Si ou gen Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS), ou elijib pou aplike pou yon pemi travay. Moun ki gen TPS gen otorizasyon otomatik pou yo travay Ozetazini pandan TPS yo a valab, men anpil moun aplike pou yon pemi travay kòm prèv idantite ak kapasite pou yo travay.
Aplike pou yon premye pemi travay. Si yo te apwouve w pou TPS, ou kapa b aplike pou yon pemi travay lè w sèvi ak Fòm I-765. Pou Pati 2 Kesyon 27, ou kapa b mete (a)(12) kòm kategori elijiblite w. Ou bezwen mete prèv tou ki montre yo te apwouve w pou TPS, tankou yon lèt apwobasyon oswa yon lòd yon jij imigrasyon te bay. Frè pou yon premye pemi travay TPS se $1080 (si w ap aplike pa lapòs) oswa $1030 (si w ap aplike sou entènèt).
Renouvle pemi travay ou. Ou kapa b aplike tou pou renouvle pemi travay ou ki baze sou TPS anvan dat ekspirasyon ki sou kat pemi travay ou a, oswa anmenmtan w ap aplike pou renouvle TPS ou a. Frè pou yon renouvèlman pemi travay TPS se $800 (si w ap aplike pa lapòs) oswa $750 (si w ap aplike sou entènèt).
Reta. Malerezman, pa gen limit sou konbyen tan USCIS kapa b pran pou trete aplikasyon pemi travay ou ki baze sou TPS. Kounye a, USCIS ap pran anpil tan pou trete aplikasyon pemi travay ki baze sou TPS.
Ekstansyon otomatik. Si pemi travay ou ki baze sou TPS la ap ekspire, ou kapa b tcheke si ou elijib pou yon ekstansyon otomatik. Pemi travay ou a pwolonje otomatikman si youn nan sitiyasyon sa yo konsène ou:
Si ou soumèt aplikasyon pou renouvèlman pemi travay ou pandan peryòd re-enskripsyon TPS la, epi ou te resevwa yon lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) ki di ou gen yon ekstansyon otomatik pou 540 jou (gade egzanp la isit la), alò pemi travay ou a ta dwe pwolonje otomatikman pou 540 jou apre dat ekspirasyon ki enprime sou kat la. Sa konsène moun ki te resevwa lèt resepsyon pemi travay yo ki gen yon dat anvan 30 oktòb 2025.
Gen kèk pemi travay ki baze sou TPS pou sèten peyi ki pwolonje otomatikman, menm si ou pa t soumèt yon aplikasyon pou renouvèlman pemi travay. Pou konnen si USCIS te pwolonje pemi travay ou a otomatikman, ale sou paj entènèt USCIS sa a epi chwazi peyi orijin ou sou bò gòch ekran an.
Si ou soumèt aplikasyon pou renouvèlman pemi travay ou pandan peryòd re-enskripsyon TPS la, epi ou pa t resevwa yon lèt resepsyon ki di ou gen yon ekstansyon 540 jou, pemi travay ou a toujou pwolonje otomatikman pou 1 an, oswa jiska dat ekspirasyon TPS ou a, kèlkeswa sa ki pi kout la.
Si ou elijib pou plis pase yon kalite ekstansyon pemi travay, ou kapa b sèvi ak ekstansyon ki pi long ki aplikab pou ou a. Men, an jeneral, yon fwa TPS pou yon peyi fini, pemi travay ki baze sou TPS la pa valab ankò. Tanpri gade isit la pou yon ti eksepsyon pou kèk moun ki gen TPS Venezyela.
Pemi travay ki baze sou azil. Si w ap aplike pou azil ak TPS anmenmtan, ou kapa b kapab resevwa yon pemi travay pi vit si ou soumèt yon aplikasyon pemi travay ki baze sou azil, olye de TPS. Depi fevriye 2026, y ap trete aplikasyon pemi travay ki baze sou azil yo pi vit pase aplikasyon pemi travay ki baze sou TPS pou kèk peyi. Ou kapa b jwenn plis enfòmasyon sou pwosesis pou aplike pou yon pemi travay ki baze sou azil.
Mwen gen yon aplikasyon pou Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) ki annatant. Èske mwen kapa b aplike pou yon pemi travay?
Wi! Si ou te aplike pou Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) epi ou satisfè kondisyon debaz pou TPS, ou elijib pou aplike pou yon pemi travay menmsi USCIS poko pran yon desizyon sou aplikasyon TPS ou a. Anfèt, ou kapab soumèt yon aplikasyon pou pemi travay anmenmtan ou soumèt aplikasyon w pou TPS la.
Ranpli aplikasyon pou pemi travay la. Ou kapab aplike pou yon pemi travay lè ou sèvi ak Fòm I-765. Pou Pati 2 Kesyon 27, ou kapab mete (c)(19) kòm kategori elijiblite w.
Frè pou depoze aplikasyon an. W ap bezwen mete yon frè.
Premye pemi travay TPS: $1080 (si w ap aplike pa lapòs) oswa $1030 (si w ap aplike sou entènèt).
Renouvèlman pemi travay TPS: $800 (si w ap aplike pa lapòs) oswa $750 (si w ap aplike sou entènèt).
Kijan pou w peye:
Si w ap soumèt aplikasyon pemi travay ou a sou entènèt, ou kapab peye frè a lè w bay enfòmasyon kat kredi w, kat debi w, oswa enfòmasyon kont labank ou Ozetazini nan fen aplikasyon an sou entènèt. Si ou pa gen yon kat kredi oswa debi, ou kapab sèvi ak kach tou pou achte yon kat pre-peye nan anpil gwo magazen. Asire w ou kite ase lajan sou kat la pou kouvri frè a.
Si w ap soumèt aplikasyon pemi travay ou a pa lapòs, gen kèk fason diferan pou peye frè a:
Kat Kredi oswa Kat Debi. Pou peye ak yon kat kredi oswa kat debi, ranpli de Fòm G-1450. Si w ap aplike pou premye pemi travay TPS ou, ranpli yon fòm pou $520 ak yon lòt pou $560. Si w ap aplike pou renouvle pemi travay TPS ou, ranpli yon fòm pou $520 ak yon lòt pou $280. Mete fòm yo anlè aplikasyon pemi travay ou a. Si ou pa gen yon kat kredi oswa debi, ou kapab sèvi ak kach pou achte yon kat pre-peye nan anpil gwo magazen. Asire w ou kite ase lajan sou kat la pou kouvri frè a.
Kont Labank. Pou peye pa debi elektwonik (ACH) soti nan yon kont labank Ozetazini, ranpli de Fòm G-1650. Si w ap aplike pou premye pemi travay TPS ou, ranpli yon fòm pou $520 ak yon lòt pou $560. Si w ap aplike pou renouvle pemi travay TPS ou, ranpli yon fòm pou $520 ak yon lòt pou $280. Mete fòm yo anlè aplikasyon pemi travay ou a.
Chèk: Apati 28 oktòb 2025, pou peye pa chèk si ou pa gen aksè ak yon kat kredi oswa kont labank, ou dwe siyen epi mete tou Fòm G-1651, Egzansyon pou Peman Frè sou Papye, anlè aplikasyon pemi travay ou a ak de chèk. Si w ap aplike pou premye pemi travay TPS ou, ekri yon chèk pou $520 ak yon lòt pou $560. Si w ap aplike pou yon renouvèlman pemi travay TPS, ekri yon chèk pou $520 ak yon lòt pou $280. Mete chèk yo sou non “U.S. Department of Homeland Security”. Ekri nimewo alyen (A number) ou (pa egzanp, A# 000-000-000) yon kote sou chèk yo.
Moni odè. Apati 28 oktòb 2025, pou peye pa moni odè si ou pa gen aksè ak yon kat kredi oswa kont labank, ou dwe siyen epi mete tou yon Fòm G-1651, Egzansyon pou Peman Frè sou Papye anlè aplikasyon pemi travay ou a ak de moni odè. Si w ap aplike pou premye pemi travay TPS ou, achte yon moni odè pou $520 ak yon lòt pou $560. Si w ap aplike pou yon renouvèlman pemi travay TPS, achte yon moni odè pou $520 ak yon lòt pou $280. Ou kapab achte moni odè nan yon biwo lapòs, yon bank, ak kèk magazen. Mete moni odè yo sou non “U.S. Department of Homeland Security”. Ekri nimewo alyen ou (pa egzanp, A# 000-000-000) yon kote sou moni odè yo.
Ou kapab aplike pou yon egzansyon pou yon pati nan frè yo lè w mande yon egzansyon pou frè a. Si w ap aplike pou premye pemi travay ou baze sou TPS, ou kapab aplike pou egzante $470 si w ap depoze l sou entènèt oswa $520 si w ap depoze l pa lapòs. Men lòt pati nan frè yo ($560 si se premye pemi travay ou oswa $280 si w ap renouvle) pa kapab egzante epi ou dwe toujou peye l.
Tan pwosesis la. Malerezman, pa gen okenn limit sou konbyen tan USCIS kapa b pran pou trete aplikasyon pemi travay ou a. Kounye a, USCIS ap pran anpil tan pou trete aplikasyon pemi travay ki baze sou TPS. Si w ap fè fas ak yon gwo reta, ou kapa b swiv menm etap ki dekri nan seksyon nou an sou reta nan renouvèlman (menmsi lyen sa a se sou pemi travay pou moun k ap chèche azil, ou kapa b swiv menm etap yo).
Si USCIS apwouve aplikasyon w lan, ou ta dwe resevwa yon pemi travay ki valab pou yon ane, oswa jiska dat ekspirasyon TPS la, kèlkeswa sa k rive an premye.
Pemi travay ki baze sou azil. Si w ap aplike pou azil ak TPS anmenmtan, ou kapa b kapab resevwa yon pemi travay pi vit si w soumèt yon aplikasyon pemi travay ki baze sou azil, olye de TPS. Depi mwa jen 2022, aplikasyon pemi travay ki baze sou azil yo ap trete pi vit pase aplikasyon pemi travay ki baze sou TPS. Ou kapa b jwenn plis enfòmasyon sou pwosesis pou aplike pou yon pemi travay ki baze sou azil. Ou kapa b swete tou chèche asistans legal.
Reta. Si w gen yon bon tan w ap tann pemi travay ou a, li isit la pou w wè etap ou kapa b swiv apre sa.
Mwen genyen azil mwen. Èske mwen kapa b travay?
Wi! Apre ou fin genyen estati azil (asylee status), ou kapa b travay legalman imedyatman.
Gen de fason pou montre yon patwon ou kapa b travay legalman: (1) yon nouvo pemi travay ki baze sou genyen azil, OSWA (2) yon dokiman yo rele Fòm I-94 ki montre ou genyen azil. (Remak: Si ou te resevwa yon Fòm I-94 lè ou te antre Ozetazini, sa a pral yon vèsyon diferan epi ki ajou.) Ou kapa b sèvi ak Fòm I-94 ou a tou pou mande yon nouvo kat nimewo social security (SSN) oswa yon kat ki ajou nan biwo Social Security Administration ki pi pre w la.
Fason pou w jwenn yon Fòm I-94 ak yon nouvo pemi travay diferan selon si ou te genyen azil nan USCIS oswa nan tribinal imigrasyon.
Si ou te genyen azil apre yon entèvyou azil ak USCIS, USCIS ta dwe voye yon nouvo pemi travay ba ou otomatikman nan kategori “A05” ak yon Fòm I-94 ki montre ou te genyen azil.
Si ou te genyen azil nan tribinal imigrasyon, ou kapa b bezwen fè etap anplis.
USCIS kapa b voye yon Fòm I-94 ba ou pa lapòs otomatikman. Fòm I-94 ki montre ou te genyen azil la se sèl prèv otorizasyon travay ou bezwen, men anpil moun vle yon nouvo pemi travay tou kòm yon fòm idantifikasyon.
Si ou vle yon nouvo pemi travay, ou kapab aplike pa lapòs.
Pa gen opsyon pou aplike sou entènèt pou kalite pemi travay sa a pou kounye a. Pou aplike pou yon pemi travay pa lapòs, ranpli Fòm I-765. Pou Pati 2 Kesyon 27, ou kapab mete (a)(5) kòm kategori kalifikasyon ou. Ou ta dwe mete yon kopi desizyon ki ba ou estati azil (asylee status) la epi yon kopi nouvo Fòm I-94 ou a si ou genyen li. Pa gen okenn frè si se premye fwa w ap aplike pou yon pemi travay apre ou fin genyen azil ou.
Malerezman, pa gen limit sou konbyen tan USCIS kapab pran pou trete aplikasyon pemi travay ou a. Si ou gen yon bon tan w ap tann pemi travay ou a, li isit la pou wè etap ou kapab swiv apre sa.
Si USCIS pa t voye yon Fòm I-94 ba ou pa lapòs, ou kapab mande youn nan yon randevou an pèsòn.
Ou kapab mande yon randevou an pèsòn ak USCIS yo rele yon randevou InfoPass pou w resevwa yon Fòm I-94. Ou ka kapab mande yon pemi travay tou nan randevou sa a. Ou kapab fè sa lè w rele USCIS oswa lè w sèvi ak kont USCIS (USCIS account) ou sou entènèt.
Nan telefòn: rele USCIS nan 1-800-375-5283. Lè yo mande w pou w esplike pou kisa w ap rele, ou kapab di “InfoPass” pou w pale ak yon reprezantan. Apre sa, ou kapab di yo ou te genyen azil nan tribinal imigrasyon epi mande yon randevou InfoPass.
Sou entènèt: ou kapab mande yon randevou sou paj entènèt an USCIS sa a.
Ou kapab wè epi enprime lèt randevou InfoPass ou a lè w klike sou “View your appointment” sou paj entènèt an USCIS sa a. Pote lèt randevou a ak lòd jij imigrasyon an ki ba ou azil la nan randevou InfoPass ou a.
Si ou pa gen plan pou w pran yon nouvo pemi travay, ou kapab mande yon Fòm I-94 epi sèvi ak sa kòm prèv otorizasyon pou travay pito. Menm si ou gen plan pou w pran yon nouvo pemi travay, ou ka vle mande yon Fòm I-94 tou pou w gen plis prèv sou nouvo estati w kòm yon “azile” epi pou w mete l si w aplike pou rezidans pèmanan (yon “kat rezidan pèmanan”) alavni.
Mwen te genyen sispansyon depòtasyon. Èske mwen kapab aplike pou yon pemi travay?
Wi! Si ou te genyen sispansyon depòtasyon (withholding of removal), ou kalifye pou w aplike pou yon pemi travay. Moun ki genyen sispansyon depòtasyon pa gen dwa travay otomatikman Ozetazini, donk w ap bezwen jwenn yon pemi travay pou w ka gen dwa travay.
Si ou te genyen sispansyon depòtasyon, ou kapab aplike pou yon pemi travay lè w soumèt Fòm I-765 pa lapòs. Pa gen opsyon pou aplike sou entènèt pou kalite pemi travay sa a pou kounye a. Pou Pati 2 Kesyon 27, ou kapab mete (a)(10) kòm kategori kalifikasyon ou. Ou ta dwe mete yon kopi desizyon jij imigrasyon an ki ba ou sispansyon depòtasyon an. Pa gen frè pou aplike pou yon premye pemi travay oswa yon renouvèlman pemi travay baze sou sispansyon depòtasyon ou te genyen an. Malerezman, pa gen limit sou konbyen tan USCIS kapab pran pou trete aplikasyon pemi travay ou a.
Si ou poko gen yon nimewo social security (SSN), ou kapab swiv enstriksyon sa yo pou w aplike pou youn apre w fin resevwa pemi travay ou.
Pran an nòt pemi travay ou ki baze sou sispansyon depòtasyon an ap ekspire apre yon sèten tan. Ou kapab jwenn dat ekspirasyon an sou kat pemi travay la. Ou ta dwe siveye dat ekspirasyon an epi asire w ou aplike pou renouvle pemi travay ou (lè w sèvi ak Fòm I-765) anvan li ekspire. Se yon bon lide pou w aplike pou renouvèlman an omwen 1 an anvan li ekspire poutèt tan tretman yo ki long.
Si ou te aplike pou renouvle pemi travay ou anvan 30 oktòb 2025 epi anvan pemi travay ou a te ekspire, pemi travay ou a pwolonje otomatikman pou 540 jou apre dat ekspirasyon ki ekri sou kat la. Aprann plis sou pwolongasyon otomatik la isit la.
Si ou aplike pou renouvle pemi travay ou nan dat 30 oktòb 2025 oswa apre sa, pemi travay ou ap ekspire nan dat ekspirasyon an, san okenn pwolongasyon.
Nòt: Si ou gen yon bon bout tan depi w ap tann pemi travay ou, li isit la pou w wè etap ou kapa b pran.
Èske gen lòt kalite pemi travay ankò?
Wi! Sa a se pa yon lis konplè, epi gen lòt kalite pemi travay tou. Ou kapa b jwenn plis enfòmasyon tou sou paj entènèt an USCIS sa a. Pou w konnen si ou elijib pou yon lòt kalite pemi travay, ou ka vle konsilte yon avoka. Jwenn èd legal isit la.
Mwen gen yon pemi travay ki pa baze sou azil. Èske mwen kapa b aplike tou pou yon pemi travay kòm yon moun k ap chèche azil?
Wi. Si ou gen yon pemi travay ki pa baze sou azil (pa egzanp, yon pemi travay ki baze sou pawol (“parole”) – kategori C11), ou kapa b aplike tou pou yon pemi travay kòm yon moun k ap chèche azil (kategori C08). Pou w aplike pou yon pemi travay kòm yon moun k ap chèche azil, ou bezwen soumèt yon aplikasyon azil epi apre sa tann 150 jou. Ou PA bezwen tann lòt pemi travay ou a ekspire.
Ou kapa b swiv enstriksyon sa yo pou w aplike pou yon pemi travay kòm yon moun k ap chèche azil.
Si ou gen yon lòt pemi travay men sa a se premye pemi travay ou kòm yon moun k ap chèche azil, ou ta dwe make ke w ap aplike pou “initial permission to accept employment” (pèmisyon inisyal pou aksepte travay) sou aplikasyon pemi travay la (Fòm I-765). Sa se paske nouvo pemi travay sa a pral nan yon kategori diferan de lòt pemi travay ou a.
Si ou poko aplike pou azil men w ap konsidere fè sa, ou kapa b li sou desizyon pou aplike pou azil la.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) gen kòm objektif pou bay enfòmasyon ki baze sou reyalite konsènan lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo pa reprezante konsèy legal.
Tout kontni legal yo ekri epi revize legalman pa ekip avoka ekspè nan imigrasyon ASAP yo. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo admèt nan Baro nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm nan dwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè pri pou travay legal yo fè.