Ekri pa avoka imigrasyon ekspè ASAP yo · Mizajou nan dat
Swen sante Ozetazini kapab koute chè anpil. Pou ede kouvri depans medikal yo, anpil moun Ozetazini pran asirans sante. Ki asirans sante ou kapab jwenn aksè ak li depann de estati imigrasyon w ak eta kote w ap viv la.
Kontinye li oswa klike sou lyen ki anba yo pou w aprann sou:
Asirans sante nan men gouvènman an, atravè pwogram tankou Medicaid, Medicare, Pwogram Asirans Sante pou Timoun (CHIP), ak pwogram ki baze nan eta yo
Asirans sante nan yon "echanj" oswa "mache" swen sante, sit entènèt kote moun kapab achte asirans sante epi pafwa resevwa asistans finansye nan men gouvènman an
E si mwen bezwen swen medikal men mwen pa gen asirans sante?
Pou swen medikal ijan, ou kapab toujou ale nan sal ijans yon lopital, menmsi ou pa gen asirans. Gen anpil chans pou yo mande w peye apre vizit ou nan lopital la. Men, nan kèk lopital, ou kapab mande pou "swen charite" (charity care) epi jwenn swen medikal gratis oswa a yon pri ki pi ba. Si w ap akouche yon bebe oswa si w gen yon ijans medikal grav, ou kapab tou aplike pou Medicaid Ijans nan lopital la. Ou kapab pale ak yon travayè sosyal oswa yon anplwaye lopital pou w wè si w ka kalifye pou swen charite oswa Medicaid Ijans.
Epitou, kèk klinik medikal ofri swen gratis oswa a pri ba pou moun ki pa gen asirans, enkli imigran. Men kèk resous pou chèche opsyon nan zòn ou an:
Vizite Anyè Klinik Gratis sa a epi antre kòd postal ou, oswa vil ak eta kote w ap viv la, pou w jwenn klinik medikal gratis ak sa ki koute ba nan zòn ou an.
Ou kapab rele 211 nan anpil kote Ozetazini pou w jwenn èd pou jwenn sant swen sante lokal ak lòt sèvis.
Sa a se yon resous ki soti nan United We Dream ki genyen tou lyen pou klinik gratis ak sa ki koute ba nan diferan eta. Tanpri pran nòt resous sa a soti depi nan ane 2020, donk kèk nan enfòmasyon yo ka pa ajou.
Pou resous sou sèvis sante mantal, ou kapab vizite paj entènèt an sa a.
Ou kapab tou eseye chèche òganizasyon kominotè nan zòn ou an pou mande èd.
Èske moun k ap chèche azil yo kapa b jwenn asirans sante atravè yon patwon?
Wi – an jeneral, si patwon w lan ofri anplwaye l yo asirans sante, ou kapa b chwazi pran asirans sante nan fason sa a. Gen kèk patwon ki ofri anplwaye yo asirans sante, epi gen lòt ki pa fè sa.
Èske moun k ap chèche azil yo kapa b jwenn asirans sante gouvènman an tankou Medicaid oswa CHIP?
Petèt. Kounye a, gen kèk moun k ap chèche azil ki kapa b kalifye pou kalite asirans sante gouvènman an espesifik. Sa depann de konbyen lajan ou touche, kote w ap viv, ki laj ou genyen, epi si ou ansent. Chak eta Ozetazini gen règleman diferan.
Moun ki ansent ak timoun
Nan kèk eta Ozetazini, moun ki ansent ak timoun k ap chèche azil kapa b fè demann pou asirans sante gouvènman an atravè pwogram gouvènman an. Pou w kalifye, ou dwe montre ke lajan ou touche a pi ba pase yon sèten kantite.
Anba la a gen enfòmasyon sou ki eta Ozetazini ki ofri asirans sante gouvènman an bay moun k ap chèche azil ki ansent ak timoun, depi mwa mas 2026. Pou plis detay ak enfòmasyon ki ajou, ou kapa b gade paj entènèt an sa a ak kat sa yo.
Eta ki gen asirans sante gouvènman an pou tout moun ki ansent, kèlkeswa estati imigrasyon yo:
Alabama, Arkansas, California, Colorado, Connecticut, Illinois, Louisiana, Maine, Maryland, Massachusetts, Michigan, Minnesota, Missouri, Nebraska, New Jersey, New York, Oklahoma, Oregon, Rhode Island, South Dakota, Tennessee, Texas, Vermont, Virginia, Washington, Washington D.C., ak Wisconsin
Eta ki gen asirans sante gouvènman an pou moun ki ansent ki kalifye kòm moun ki “abite legalman,” sa gen ladan l moun ki gen yon pemi travay paske y ap chèche azil:
Delaware, Georgia, Hawaii, Indiana, Kentucky, Nevada, New Hampshire, New Mexico, North Carolina, North Dakota, Ohio, Pennsylvania, South Carolina, West Virginia, ak Wyoming
Eta ki gen asirans sante gouvènman an pou tout timoun, kèlkeswa estati imigrasyon yo:
California, Colorado, Connecticut (ki gen mwens pase 15 an), Illinois, Maine, Massachusetts, Minnesota, New Jersey, New York, Oregon, Rhode Island, Utah, Vermont, Washington, ak Washington D.C.
Eta ki gen asirans sante gouvènman an pou timoun ki kalifye kòm moun ki “abite legalman,” sa gen ladan l timoun ki gen yon pemi travay paske y ap chèche azil, oswa timoun ki gen mwens pase 14 an ki te fè demann azil depi omwen 180 jou:
Arkansas, Delaware, Florida, Georgia, Hawaii, Indiana, Iowa, Kentucky, Louisiana, Maryland, Michigan, Montana, Nebraska, Nevada, New Hampshire, New Mexico, North Carolina, North Dakota, Ohio, Pennsylvania, South Carolina, Texas, Virginia, West Virginia, ak Wisconsin
Tanpri pran nòt: si pitit ou a te fèt nan peyi Etazini, li gen sitwayènte pa nesans (birthright citizenship) epi li elijib pou asirans sante gouvènman an nan chak eta. Timoun ki sitwayen ameriken elijib pou asirans sante gouvènman an kèlkeswa estati imigrasyon paran yo.
Moun k ap chèche azil ki gen 65 an oswa plis
Moun k ap chèche azil ki gen 65 an oswa plis ki gen pemi travay epi ki t ap travay Ozetazini pandan 10 zan oswa plis te konn kalifye pou asirans sante gouvènman an pou granmoun aje yo rele Medicare. Men, yon lwa ki te pase nan mwa jiyè 2025 te limite elijiblite pou Medicare. Pifò moun k ap chèche azil pa elijib ankò pou yo fè demann pou premye fwa. Si ou se yon moun k ap chèche azil epi ou gen Medicare kounye a, pwoteksyon w lan ap gen anpil chans fini pa pita pase 4 janvye 2027.
Men, menm avèk nouvo lwa ki te pase nan mwa jiyè 2025 lan, gen kèk eksepsyon. Illinois ak New York gen opsyon swen sante pou moun ki gen plis pase 65 an, kèlkeswa estati imigrasyon yo.
Lòt gwoup moun k ap chèche azil
Kèk eta ka ofri asistans swen sante bay lòt moun k ap chèche azil ak imigran.
Si ou gen kesyon sou si ou ta ka elijib pou benefis sante gouvènman an nan eta kote ou ye a, ou kapab eseye chèche òganizasyon kominotè nan zòn ou an pou mande plis enfòmasyon.
Pataje enfòmasyon ak ajans imigrasyon yo
Si ou aplike pou asirans sante gouvènman an, enfòmasyon pèsonèl ou yo ta ka pataje ak ajans imigrasyon yo, sa depann de kote finansman an soti. Men, tanpri pran nòt ke ajans imigrasyon yo ka deja gen enfòmasyon ou yo, pa egzanp, si ou gen yon dosye k ap tann nan tribinal imigrasyon oswa nan USCIS.
Pou pwogram asirans sante gouvènman federal la finanse, tankou CHIP oswa Medicaid, enfòmasyon ou yo ka pataje ak ajans imigrasyon yo. Pou pwogram asirans sante se eta ou a sèlman ki finanse yo, pifò eta yo pap pataje enfòmasyon ou yo, malgre gen kèk eksepsyon. Ou kapab jwenn plis detay isit la.
Èske moun k ap chèche azil yo kapab achte asirans sante atravè yon bous echanj nasyonal oswa nan yon eta (yo rele tou yon “marketplace”)?
Nan mwa jiyè 2025, yo te pase yon lwa ki pral anpeche moun k ap chèche azil yo achte asirans sante atravè yon bous echanj nasyonal – kòmanse nan dat 1ye janvye 2027. Anvan 1ye janvye 2027, si ou se yon moun k ap chèche azil ki gen yon pemi travay ki valid, ou ta dwe kapab achte asirans sante sou yon bous echanj nasyonal oswa yon bous echanj ki baze nan yon eta. Si ou gen yon lòt estati imigrasyon, ou kapab tcheke paj entènèt an gouvènman sa a.
Gen kèk eta tou ki gen pwòp bous echanj pa yo imigran yo kapab jwenn aksè, kèlkeswa estati imigrasyon yo:
Depi ane 2023, ou kapab achte asirans sante sou bous echanj eta Colorado a epi aplike pou sipò finansye kèlkeswa estati imigrasyon ou.
Depi ane 2024, rezidan nan eta Washington kapab itilize bous echanj eta a tou kèlkeswa estati imigrasyon yo.
Vizite sit entènèt sa yo pou plis enfòmasyon:
Echanj swen sante nan nivo eta: Kalifòni, Kolorado, Konèktikòt, Idaho, Kintòki, Menn, Maryland, Masachousèt, Minesota, Nevada, New Jersey, Nouvèl Meksik, New York, Pènsilvani, Rhode Island, Vèmon, Virjini, Washington, D.C. epi eta Washington.
Jwenn enfòmasyon sou lwa Jiyè 2025 la sou paj entènèt an sa a.
Lòt Sijè
Klike sou lyen ki anba yo pou w aprann plis sou:
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) gen kòm objektif pou bay enfòmasyon ki baze sou reyalite konsènan lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo pa konsèy legal.
Tout kontni legal yo ekri epi revize legalman pa ekip avoka ekspè nan imigrasyon ASAP yo. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo admèt nan Baro nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm nan lwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè prim pou travay legal yo.