Se avoka imigrasyon ekspè ASAP yo ki ekri sa · Mizajou nan dat
Chak eta Ozetazini gen règ diferan sou ki asistans moun k ap chèche azil yo kapab resevwa nan men gouvènman an. Sa kapab gen ladan l benefis tankou sipò pou lojman, sipò finansye, sipò pou manje, ak sipò pou fanm ansent, tibebe, ak timoun piti. Pou kèk benefis, si ou gen timoun ki sitwayen ameriken, ou kapab resevwa benefis pou yo, kèlkeswa pwòp estati imigrasyon pa ou.
Lefètke ou aplike pou benefis gouvènman an, sa pa afekte dosye azil ou a, toutotan ou di laverite lè w ap ranpli fòm aplikasyon yo. Règ “chaj piblik” la pa aplikab pou aplikasyon azil, pemi travay ki baze sou azil, oswa aplikasyon pou rezidans pèmanan (kat rezidan pèmanan) ki baze sou genyen yon ka azil. Men, si w ap aplike tou pou yon lòt kalite kat rezidan pèmanan, règ “chaj piblik” la kapab afekte ou. Kontinye li pou plis enfòmasyon.
Èske mwen kapab jwenn enfòmasyon sou asistans ki disponib nan eta oswa vil kote m ap viv la?
Ou kapab chèche òganizasyon kominotè oswa avoka imigrasyon nan zòn ou an pou mande èd. Yo kapab ofri w asistans, oswa yo kapab ede w konprann pou ki benefis gouvènman ou elijib.
Nan anpil zòn Ozetazini, ou kapab rele nimewo telefòn 211 tou epi pale ak yon espesyalis sou ki benefis gouvènman ou kapab aplike pou yo.
Èske resevwa asistans gouvènman an ap afekte dosye azil mwen an?
Non! Resevwa asistans nan men gouvènman ameriken an pa afekte dosye azil ou a. Resevwa asistans gouvènman an (yo rele tou benefis piblik) pa afekte kapasite w pou w aplike pou yon kat rezidan pèmanan ki baze sou azil nan lavni non plis.
Kisa règ “chaj piblik” la ye epi sou ki moun li gen efè?
Règ “chaj piblik” la pèmèt gouvènman ameriken an refize kèk aplikasyon pou kat rezidan pèmanan oswa viza si yo kwè w ap bezwen benefis gouvènman an pou w pran swen tèt ou. Pou yo pran desizyon sa a, gouvènman ameriken an gade bagay tankou revni w, laj ou, sante w, edikasyon w, sitiyasyon fanmi w, ak si w sèvi ak asistans gouvènman an.
Règ chaj piblik la sèlman afekte kalite aplikasyon espesifik. Li kapab aplikab nan youn nan sitiyasyon sa yo:
W ap aplike pou yon kat rezidan pèmanan pa mwayen yon manm fanmi w.
Ou deja gen yon kat rezidan pèmanan epi ou te pase plis pase 180 jou andeyò peyi Etazini.
W ap aplike pou sèten viza depi andeyò peyi Etazini. Gade paj entènèt gouvènman sa a.
W ap aplike pou yon kat rezidan pèmanan ki baze sou travay. (Men, si ou gen yon travay Ozetazini, gouvènman an jeneralman pa konsidere w kòm yon “chaj piblik”.)
Règ chaj piblik la PA aplikab pou aplikasyon kat rezidan pèmanan ki pa baze sou fanmi oswa travay. Pa egzanp, sèvi ak asistans gouvènman an PA ta dwe afekte aplikasyon kat rezidan pèmanan w lan ki baze sou azil, yon Viza U, SIJS, oswa Lwa sou Ajisteman Kiben an. Sèvi ak asistans gouvènman an pa ta dwe afekte lòt aplikasyon pou moun ki deja Ozetazini non plis, tankou pemi travay.
M ap aplike pou yon kat rezidan pèmanan ki baze sou fanmi. Ki kalite asistans gouvènman an ki kapa b afekte dosye m lan?
Kalite asistans gouvènman an ki kapa b afekte dosye w la diferan selon kilè ou soumèt aplikasyon w pou kat rezidan pèmanan (green card) ki baze sou fanmi an. Nan mwa jiyè 2026, gouvènman an te anonse l ap elaji règ "chaj piblik" la pou l enkli plis kalite asistans gouvènman an ki kapa b afekte aplikasyon pou kat rezidan pèmanan. Elajisman règ chaj piblik la sèlman afekte aplikasyon pou kat rezidan pèmanan yo soumèt apre 18 septanm 2026.
Aplikasyon yo soumèt anvan 18 septanm 2026:
Pou aplikasyon pou kat rezidan pèmanan ki baze sou fanmi yo soumèt anvan 18 septanm 2026, se sèlman kalite asistans gouvènman an ki trè presi ki kapa b afekte dosye imigrasyon w lan, epi anpil imigran pa menm elijib pou resevwa kalite asistans sa yo. Sèl kalite asistans gouvènman an (benefis piblik) ki kapa b afekte dosye imigrasyon w lan se:
Asistans kach dirèk atravè pwogram gouvènman an ki rele Supplemental Security Income (SSI), Temporary Assistance for Needy Families (TANF), ak General Assistance (GA).
Medicaid pou swen medikal alontèm nan yon mezon retrèt, lopital sikyatrik, oswa lòt enstitisyon.
Aplikasyon yo soumèt nan dat 18 septanm 2026 oswa apre:
Aplikasyon pou kat rezidan pèmanan ki baze sou fanmi yo soumèt nan dat 18 septanm 2026 oswa apre pral egzamine anba règ chaj piblik ki elaji a. Men, gouvènman an poko bay yon lis asistans gouvènman an ki pral afekte aplikasyon pou kat rezidan pèmanan anba règ ki elaji a. N ap kontinye mete paj entènèt an sa a ajou amezir n ap jwenn plis enfòmasyon.
Lefètke w resevwa asistans piblik sa pa vle di otomatikman y ap rejte aplikasyon w pou kat rezidan pèmanan ki baze sou fanmi an. USCIS sipoze gade tout sitiyasyon w nèt, pa egzanp, laj ou, sante w, fanmi w, revni w, edikasyon w, istwa travay ou, pandan konbyen tan ou te resevwa asistans piblik, konbyen ou te resevwa, ak poukisa ou te bezwen asistans lan. Si oumenm oswa fanmi w ap resevwa benefis kounye a epi ou enkyete w pou règ chaj piblik la, ou kapa b vle pale ak yon avoka imigrasyon anvan ou deside sispann resevwa benefis yo.
Vizite paj sa a oswa paj sa a ki soti nan lòt òganizasyon pou w jwenn plis detay sou règ chaj piblik la ak sou ki moun li gen efè.
Sijè Espesifik
Klike sou lyen ki anba yo pou w aprann plis sou:
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) gen pou objektif pou bay enfòmasyon ki baze sou reyalite konsènan lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo se pa konsèy legal.
Tout kontni legal se ekip avoka ekspè nan imigrasyon ASAP la ki ekri yo epi ki revize yo legalman. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo admèt nan Bawo nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm nan lwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè pri pou travay legal yo fè.