Se avoka imigrasyon ekspè ASAP yo ki ekri sa · Mizajou nan dat
Gen diferan pwogram toupatou nan peyi Etazini ki ede moun jwenn manje lè yo pa gen mwayen pou yo achte l. Genyen ki se pwogram gouvènman, epi genyen ki pa sa. Sipò ou kapab resevwa a varye selon estati imigrasyon w ak kote w ap viv. Lefètke w resevwa asistans manje pa ta dwe afekte dosye azil ou a, men sa ka afekte lòt aplikasyon imigrasyon.
Asistans manje jeneral
Nan anpil kote atravè peyi Etazini, ou kapab jwenn èd pou jwenn manje atravè pwogram tankou òganizasyon san bi likratif, gwoup kominotè, ak enstitisyon relijye. Yo rele pwogram sa yo pafwa bank manje, depo manje, oswa kizin popilè epi jeneralman se pa gouvènman an ki jere yo.
Vizite paj sa a oswa paj sa a pou chèche asistans manje toupre lakay ou!
Èske moun k ap chèche azil kapab itilize sèvis sa yo? Pwobabman. An jeneral, depo manje ak sèvis ki sanble ak yo disponib pou nenpòt moun ki nan bezwen. Chak kote diferan epi ou ta dwe kapab rele oswa tcheke sou entènèt pou w konnen kondisyon espesifik yo.
Èd pou manman, tibebe, ak timoun
Gouvènman Ameriken an gen yon pwogram nasyonal ki rele Pwogram Nitrisyon Siplemantè Espesyal pou Fanm, Tibebe, ak Timoun (“WIC”). Pwogram sa a ede fanm ansent, fanm k ap bay tete, tibebe, ak timoun ki gen mwens pase 5 an jwenn manje.
Anpil lekòl piblik ofri tou manje gratis oswa a bon pri pou timoun nan lekòl.
Èske moun k ap chèche azil kapab aplike pou WIC? Wi, nan pifò eta. Ou kapab aplike pou WIC kèlkeswa estati imigrasyon w. Vizite sit entènèt gouvènman sa a pou w konnen si w ka elijib pou WIC.
Èske moun k ap chèche azil kapab aplike pou manje lekòl gratis oswa a bon pri? Wi. Ou kapab aplike pou manje gratis oswa a bon pri pou pitit ou nan lekòl piblik kèlkeswa estati imigrasyon fanmi w. Gen kèk eta ki genyen tou yon pwogram ki rele Summer EBT oswa “SUN Bucks” ki bay fanmi yo lajan pou achte manje pou timoun ki nan laj lekòl pandan ete a, lè manje lekòl pa disponib.
Bons manje
Gouvènman Etazini an gen yon pwogram nasyonal ki rele Supplemental Nutrition Assistance Program (“SNAP”), yo konnen tou kòm “EBT,” oswa “bons manje.” Pwogram sa a ede moun achte manje si yo pa gen mwayen pou sa. Gen kèk eta nan peyi Etazini ki gen pwogram menm jan an tou ke eta a jere.
Èske moun k ap chèche azil yo kapa b aplike pou SNAP nasyonal? An jeneral, non. Moun k ap chèche azil yo pa elijib pou bons manje atravè pwogram SNAP nasyonal la. Ou kapa b aprann plis sou règleman espesifik yo sou paj entènèt an gouvènman sa a. Men, si ou gen pitit ki se sitwayen ameriken, ou kapa b kapab resevwa benefis pou yo. Tanpri pran nòt si ou aplike pou benefis atravè pitit ki sitwayen ameriken, enfòmasyon pèsonèl ou kapa b pataje ak ajans imigrasyon yo. Men, ajans imigrasyon yo kapa b deja gen enfòmasyon ou yo, pa egzanp, si ou gen yon dosye k ap tann desizyon nan tribinal imigrasyon oswa nan USCIS.
Èske moun ki genyen azil yo kapa b jwenn SNAP? Pa touswit. Nan ane 2025, yon nouvo lwa te chanje règleman yo. Moun ki genyen azil pa kapa b jwenn SNAP ankò jiskaske yo vin rezidan pèmanan (kat rezidan pèmanan) (permanent residence). Gen kèk moun ki kapa b gen pou yo tann pi lontan tou apre yo fin jwenn yon kat rezidan pèmanan.
Èske moun k ap chèche azil yo kapa b aplike pou pwogram leta ki sanble ak SNAP? Pifò eta yo pa pèmèt moun k ap chèche azil yo aplike pou bons manje non plis, sof si yo gen yon lòt estati imigrasyon tou. Men, gen kèk moun k ap chèche azil ki rete nan eta Washington ki kapa b aplike pou bons manje atravè pwogram leta yo a.
Lòt Sijè
Klike sou lyen ki anba yo pou w ka konnen plis sou:
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) gen kòm objektif pou bay enfòmasyon ki baze sou reyalite konsènan lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo pa konsèy legal.
Tout kontni legal se ekip avoka ekspè nan imigrasyon ASAP yo ki ekri li epi ki revize li legalman. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo gen lisans pou yo pratike nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm nan dwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè prim pou travay legal yo.