Ekri pa avoka imigrasyon ekspè ASAP yo · Mizajou nan dat
Sa a se yon avi ki soti nan United States Citizenship and Immigration Services (USCIS), ki fè konnen y ap transfere dosye azil ou a nan tribinal imigrasyon. Depi 2025, USCIS voye kèk aplikan pou azil dirèkteman nan tribinal imigrasyon san yo pa ba yo yon entèvyou azil anvan. Si ou resevwa avi sa a, ou ka resevwa yon Avi pou paret nan tribinal (Notice to Appear) nan tribinal imigrasyon tou.
Si yo voye dosye w la nan tribinal imigrasyon, ou kapab kontinye chèche azil nan tribinal imigrasyon an. Pou tcheke si yo te planifye yon randevou nan tribinal imigrasyon pou ou, antre nimewo alyen (A number) ou sou sit entènèt tribinal imigrasyon sa a (gade fliyè sa a) oswa rele liy dirèk tribinal imigrasyon an nan 1-800-898-7180 (gade fliyè sa a).
Avi a di USCIS pral voye yon kopi aplikasyon azil ou a bay tribinal imigrasyon w lan. Men, tribinal imigrasyon w lan ka pa resevwa aplikasyon azil ou a nan lè premye randevou w la. Ou kapab pote yon kopi avi sa a ak aplikasyon azil ou a nan premye randevou w la.
Pou plis enfòmasyon sou pwosesis tribinal imigrasyon an.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) gen pou objektif pou bay enfòmasyon reyèl sou lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo se pa konsèy legal.
Tout kontni legal yo ekri epi yo revize legalman pa ekip avoka imigrasyon ekspè ASAP yo. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo gen lisans pou pratike lalwa nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm nan dwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè prim pou travay legal yo.
