Se avoka imigrasyon ekspè ASAP yo ki ekri sa · Mizajou nan dat
Si ou te viktim yon fwòd oswa yon magouy nan zafè imigrasyon, nou vrèman dezole. Tanpri gade enfòmasyon ki anba a sou etap ou kapa b pran. Sa kapa b ede tou si ou pale ak yon avoka imigrasyon pi vit posib pou ou konprann opsyon ou genyen.
An jeneral, li difisil pou ou jwenn lajan ou tounen apre yo fin fè magouy sou ou, men pafwa sa kapa b fèt. Ou kapa b kapab anpeche moun k ap fè magouy yo twonpe lòt moun tou.
1. Eseye anile oswa ranvèse peman an.
Si ou te voye yon peman bay moun ki te fè magouy sou ou a, ou kapa b "konteste" peman an epi eseye anile li, sitou si peman an te fèt sa pa gen lontan.
Kontakte bank ou pi vit posib epi mande yo si yo kapa b ranvèse yon chaj fwodile epi rann ou lajan ou.
Si ou te itilize yon sit entènèt tankou PayPal oswa yon aplikasyon tankou Venmo pou voye lajan an, ou kapa b kontakte yo tou epi mande yo si yo kapa b ranvèse peman an.
2. Garde prèv sou sa ki te pase a.
Gade tout kominikasyon ou te fè ak moun ki te fè magouy sou ou a. Sove tout imèl, resi, foto mesaj, ak foto piblikasyon sou rezo sosyal yo.
Li enpòtan pou ou gade prèv sou sa ki te pase a pou ou eseye jwenn lajan ou tounen, pou ou rapòte moun k ap fè magouy la, oswa pou ede eksplike poukisa ou te rate yon dat limit nan imigrasyon.
Si ou deside rapòte magouy la bay lapolis oswa lòt ajans gouvènman, mande kopi nenpòt rapò ou fè.
3. Kontinye goumen nan dosye imigrasyon ou an. Ou kapa b bezwen aji vit.
Aji vit si ou te rate yon dat limit nan imigrasyon oswa si ou te ranpli yon fòm ki pa kòrèk. Si sa nesesè, ou kapa b voye yon lèt bay ajans imigrasyon yo ak prèv magouy la. Sa kapa b ede tou si ou montre ou te rapòte sa.
Li itil pou ou gen yon avoka pou ou konprann opsyon ou yo. Chèche yon avoka isit la.
Nan kèk sitiyasyon, li kapa b posib pou ou aplike pou yon viza U (pou viktim sèten krim) oswa yon viza T (pou viktim trafik moun). Pou ou aplike pou yon viza U oswa yon viza T, ou t ap bezwen rapòte krim nan bay yon ajans ki fè respekte lalwa (tankou lapolis) epi kowopere ak yo nan nenpòt ankèt. Li itil pou ou gen yon avoka pou ou konnen si sa kapa b yon opsyon pou ou.
4. Ou kapa b konsidere rapòte fwòd oswa magouy la. Men opsyon ki genyen.
Biwo pwoteksyon konsomatè nan eta a. Biwo pwoteksyon konsomatè nan eta yo kapa b ede w rekipere lajan w oswa kanpe moun k ap fè magouy la. Chèche biwo ki nan eta w la sou paj entènèt sa a.
Lapolis lokal oswa biwo cherif. Si ou fè yon rapò bay lapolis, yo ta ka mennen ankèt sou moun k ap fè magouy la epi pote akizasyon kriminèl, sa ki ta ka lakòz moun k ap fè magouy la al nan prizon oswa remèt ou lajan w. Sa kapa b gen konsekans imigrasyon tou pou moun k ap fè magouy la.
Federal Trade Commission. Ou kapa b fè yon rapò sou paj entènèt sa a. Gen anpil chans pou yo pa ede w rekipere lajan w, men yo kapa b eseye kanpe moun k ap fè magouy la.
USCIS. Si magouy la te konsène yon pemi travay, kat rezidan pèmanan, oswa yon lòt kalite aplikasyon, ou kapa b rapòte sa sou fòm denonsyasyon sou entènèt sa a. Yo kapa b mennen ankèt sou moun k ap fè magouy la epi eseye kanpe yo, men yo p ap ede w dirèkteman pou w rekipere lajan w.
Tribinal imigrasyon. Si magouy la te konsène yon dosye nan tribinal imigrasyon, menm si se nan detasyon, ou kapa b voye yon imèl nan [email protected] epi mete nimewo alyen (A number) ou nan sijè imèl la. Yo kapa b mennen ankèt sou moun k ap fè magouy la epi eseye kanpe yo, men yo p ap ede w dirèkteman pou w rekipere lajan w.
Ou kapa b jwenn resous tou pou viktim magouy nan imigrasyon sou paj entènèt sa a ki soti nan yon lòt òganizasyon.
5. Ou kapa b eseye rekipere lajan w nan tribinal.
Ou kapa b pouswiv moun k ap fè magouy la nan yon “tribinal pou ti reklamasyon” pou eseye rekipere lajan w, menmsi sa kapa b difisil. Chak eta gen yon limit lajan diferan pou tribinal pou ti reklamasyon, anjeneral se $5,000 oswa $10,000. Chèche sou Google “small claims court + [vil ou ak eta ou]” pou w jwenn plis enfòmasyon.
Si lajan w ap eseye rekipere a pi wo pase limit pou tribinal pou ti reklamasyon nan eta w la, ou kapa b pouswiv li nan yon lòt kalite tribinal “sivil”. Li ede si w gen yon avoka.
Nenpòt moun Ozetazini gen dwa pou pote yon plent nan tribinal, kèlkeswa estati imigrasyon yo.
6. Ou kapa b ede lòt moun evite magouy nan imigrasyon.
Si w santi w alèz, ou kapa b pataje eksperyans ou ak lòt moun nan kominote w la pou anpeche yo vin viktim menm kalite magouy sa yo.
Paj ASAP sa a gen enfòmasyon ak konsèy sou fason pou w evite magouy nan imigrasyon.
7. Si ou se yon manm ASAP, ou kapa b voye imèl ba nou si w gen kesyon.
Si ou se yon manm ASAP ki te viktim fwod oswa magouy, ou kapa b voye kesyon sou dosye w la nan [email protected]. Mete ID manm ASAP ou nan imèl la. ASAP pa kapa b avoka w, men avoka ekspè nan imigrasyon nou yo ap fè tout sa yo kapab pou reponn kesyon ou yo.
Tanpri konnen: si yon moun di li travay pou ASAP epi li mande w lajan pou èd nan imigrasyon, li pa di laverite. Vin manm ASAP gratis epi ASAP pa janm pran lajan an echanj pou sèvis li yo. Tanpri rapòte magouy la ba nou nan [email protected].
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) vize bay enfòmasyon ki baze sou reyalite konsènan lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo se pa konsèy legal.
Tout kontni legal yo ekri epi revize legalman pa ekip avoka ekspè nan imigrasyon ASAP yo. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo admèt nan Baro nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm nan dwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè prim pou travay legal yo.