ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) eseye reponn aplikasyon pou manm yo nan 1 senmenn oswa mwens. Si aplikasyon w lan gen plis pase 1 senmenn depi li annatant, tanpri voye yon imèl nan [email protected].
Si ou se yon manm ASAP epi ou pa kapab jwenn ID manm ou, tanpri ranpli yon nouvo aplikasyon pou manm. Si ASAP kapab jwenn enfòmasyon ou yo nan sistèm nou an, n ap voye ID manm ou an ba ou pa mesaj tèks apre ou fin ranpli nouvo aplikasyon an. Si ASAP pa kapab jwenn enfòmasyon ou yo nan sistèm nou an, n ap trete nouvo aplikasyon pou manm ou an nan yon delè yon senmenn.