Ekri pa avoka imigrasyon ekspè ASAP yo · Mizajou nan dat
Dokiman sa yo se echantiyon yon manda tribinal (sou bò gòch) ak yon manda ICE (sou bò dwat).
Ki diferans ki genyen ant yon manda tribinal ak yon manda ICE?
Se yon tribinal ki bay yon manda tribinal. Se ICE oswa Depatman Sekirite Enteryè Ozetazini ki bay yon manda ICE.
Yon manda tribinal siyen pa yon jij. Yon manda ICE siyen pa yon ofisye ICE.
Èske ofisyèl gouvènman yo ap antre nan yon kay ak yon manda ICE sèlman?
Petèt. Pandan plizyè dizèn ane, tribinal yo te dakò ke ofisyèl gouvènman yo sipoze gen pèmisyon w OSWA yon manda tribinal – yon dokiman yon jij siyen – anvan yo ka antre lakay ou. Men, dapre yon nouvo memorandòm ICE, ICE kwè kounye a yo ka antre nan yon kay ak yon manda ICE sèlman pou arete yon moun ki gen yon lòd depòtasyon (removal order) final anndan pwòp lakay li. Memorandòm nan toujou mande pou ofisye ICE yo resevwa swa pèmisyon pou antre oswa yon manda tribinal pou arete yon moun anndan lakay yon lòt moun.
Y ap konteste nouvo memorandòm ICE sa a nan tribinal kounye a, epi n ap mete paj sa a ajou amezir n ap aprann plis. Li enfòmasyon sou pwose a.
Si yon ofisyèl gouvènman nan pòt ou, ou kapab mande pou w wè yon manda anvan ou louvri pòt la. Pa egzanp, ou kapab mande ofisyèl la pou l glise manda a anba pòt la, oswa pou l montre w li nan yon fenèt oswa nan twou je-de-pòt la. Si yo gen yon manda tribinal, ou kapab tcheke si li gen non ak adrès egzak ou sou li, si li pa ekspire, epi si li siyen pa yon jij.
Si ofisyèl gouvènman yo PA gen yon manda tribinal, yo ka di yo ka antre lakay ou san pèmisyon w ak yon manda ICE sèlman. Dapre memorandòm ICE la, ICE ka sèvi ak fòs pou antre lakay ou si w refize kite yo antre. Ou kapab deside sa ki pi bon pou sekirite w ak si w ap louvri pòt la oswa non.
Ou kapab rele avoka w tou si w gen youn, epi jwenn èd legal isit la. Si ou menm oswa yon moun ou renmen nan detasyon (detention), ou kapab li resous sa a. Ou kapab li lòt mezi sekirite tou.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) vize bay enfòmasyon egzak sou lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo se pa konsèy legal.
Tout kontni legal yo ekri epi yo revize legalman pa ekip avoka imigrasyon ekspè ASAP yo. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo gen lisans pou pratike lalwa nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm lalwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè pri pou travay legal yo.
