Ekri pa avoka imigrasyon ekspè ASAP yo · Mizajou nan dat
Èske se pa kote w ap viv la? Chèche yon lòt eta.
Men kèk enfòmasyon enpòtan:
Moun k ap chèche azil (avèk oswa san pemi travay) elijib pou jwenn lisans chofè nan Pennsylvania, sa gen ladan l lisans chofè REAL ID! Li plis enfòmasyon sou kondisyon yo anba a.
Si ou gen yon lòt kalite pemi travay, yon lòt kalite estati imigrasyon, oswa yon lòt aplikasyon imigrasyon, ou ka elijib pou yon lisans chofè nan Pennsylvania. Pou plis enfòmasyon sou règleman yo, klike sou paj entènèt Pennsylvania a, oswa chèche yon òganizasyon lokal pou mande èd.
Si ou pa gen okenn kalite estati imigrasyon oswa yon aplikasyon imigrasyon k ap tann yon desizyon, malerezman ou pa elijib pou yon lisans chofè nan Pennsylvania.
Nan pifò eta yo, pou w resevwa yon lisans chofè, ou bezwen: pase yon egzamen ekri, pase yon egzamen kondwi, pase yon egzamen vizyon, peye yon frè, epi pote dokiman pou montre ou elijib.
Lisans chofè pou moun k ap chèche azil avèk oswa san pemi travay
Moun k ap chèche azil elijib pou jwenn lisans chofè nan Pennsylvania! Sa a se vre kit ou gen yon pemi travay oswa ou pa genyen.
W ap bezwen:
yon pemi travay ki valab oswa ki ekspire, OSWA yon paspò ki valab oswa ki ekspire ki soti nan peyi orijin ou, OSWA yon dokiman idantite gouvènman an bay ki gen foto ou ki valab oswa ki ekspire ki soti nan peyi orijin ou
yon kat nimewo social security (SSN) oswa yon lèt ki di ou pa elijib ki soti nan Administrasyon Sekirite Sosyal la
prèv ki montre ou gen yon aplikasyon azil k ap tann yon desizyon, pa egzanp: yon lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) pou aplikasyon azil ou a (gade egzanp yo isit la ak isit la), yon kopi aplikasyon azil ou a ki gen yon tenm sou li ou te depoze nan tribinal imigrasyon, yon lèt randevou pou al fe byometrik (biometrics notice), oswa yon resi BIA.
2 dokiman pou montre adrès lakay ou nan Pennsylvania
Pou plis enfòmasyon sou kondisyon yo ak frè yo nan Pennsylvania.
Èske mwen dwe pote lòt dokiman imigrasyon ki pa nan lis ki anwo a?
Anplis kat pemi travay ou a, li ka itil pou w pote prèv ki montre aplikasyon azil ou a toujou annatant – pa egzanp, lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) pou azil ou a oswa yon avi pou yon randevou k ap vini nan tribinal imigrasyon.
Si ou te aplike pou renouvle pemi travay ou, ou ka pote lèt resepsyon pou aplikasyon renouvèlman w lan tou. Si ou te aplike pou renouvle pemi travay ou anvan kat aktyèl ou a te ekspire, lèt resepsyon ou a se yon prèv ki montre pemi travay ou toujou valab pou 540 jou apre dat ekspirasyon ki ekri sou li a.
Ki dokiman mwen dwe pote pou montre adrès lakay mwen nan eta a?
Pou pwouve ou rete nan eta a, w ap bezwen pote dokiman ofisyèl ki montre adrès lakay ou ak non konplè ou. Kèk egzanp komen gen ladan bòdwo sèvis piblik resan (tankou yon bòdwo elektrisite), kontra lwaye, ak dosye lekòl ofisyèl.
An jeneral, se yon bon lide pou w pote plizyè dokiman diferan avèk ou, nan ka yo pa ta aksepte kèk ladan yo.
Ki kote pou m ale pou m aplike pou yon lisans chofè?
Biwo kote w aplike pou yon lisans chofè a anjeneral rele “Department of Motor Vehicles,” oswa “DMV,” men li ka gen yon non ki yon ti jan diferan tou. Tape non eta w la ak “Department of Motor Vehicles” nan yon navigatè entènèt tankou Google pou w jwenn kote yo ye ak enfòmasyon ki pi resan yo.
E si mwen pote tout dokiman mwen bezwen yo men yo di m mwen pa ka jwenn yon lisans chofè?
Si ou se yon moun k ap chèche azil ki gen yon pemi travay valab epi ou gen tout dokiman yo mande yo, nou rekòmande pou w eseye ankò. Ou ka eseye ale nan yon lòt biwo DMV nan eta w la, oswa menm eseye pale ak yon lòt anplwaye nan menm DMV a.
Kisa ankò mwen bezwen fè, anplis pote dokiman yo?
Nan pifò eta yo, pou w resevwa yon lisans chofè, ou bezwen tou:
pase yon egzamen ekri, ki ka disponib nan plizyè lang
pase yon egzamen kondwi, ki ka mande pou w vini ak yon machin
pase yon egzamen vizyon
peye yon frè
Ka gen lòt kondisyon tou, epi ou ta dwe tcheke sit entènèt eta w la!
Èske mwen ka kondwi nan yon lòt eta ak lisans chofè mwen an?
Ou ka kondwi nan nenpòt eta Ozetazini ak yon lisans chofè REAL ID ki valab.
Men, si ou gen yon lisans chofè ki pa yon REAL ID, yo ka pa aksepte l nan Florida, New Hampshire, Tennessee, ak Wyoming. Si ou gen youn, konsidere pale ak yon avoka anvan ou kondwi nan eta sa yo.
Mwen gen tout dokiman yo, men mwen pa kondwi. Èske mwen ka toujou jwenn yon kat idantite eta a?
Si ou pa vle kondwi oswa si ou pa pare pou w pran egzamen lisans chofè yo, men ou vle yon kat idantite eta a kanmenm, ou ka eseye aplike pou yon kat idantite eta a pito. Pifò eta mande dokiman ki sanble pou kat idantite eta a ak pou lisans chofè. An jeneral, ou ka aplike pou yon kat idantite eta a nan menm biwo kote w aplike pou yon lisans chofè a.
Èske mwen kapa b jwenn yon lisans chofè REAL ID?
Wi. Nan Pennsylvania, ou kapab aplike pou yon lisans chofè REAL ID ak dokiman sa yo:
yon pemi travay ki valid
yon kat nimewo social security (SSN)
2 dokiman pou montre adrès lakay ou nan Pennsylvania
Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa.
Nòt: Apati 7 me 2025, granmoun ki gen 18 an oswa plis ap bezwen yon idantifikasyon ki satisfè egzijans REAL ID pou yo vwayaje nan avyon Ozetazini. Pa egzanp, ou kapab sèvi ak yon kat pemi travay, yon paspò Etazini oswa yon lòt peyi, oswa yon lisans chofè ki konfòm ak REAL ID (sa yo gen yon zetwal nan kwen anwo kat la). Ou kapab wè yon lis konplè ID yo aksepte isit la epi repons pou kesyon moun poze souvan isit la.
Èske mwen kapa b jwenn yon lisans pou chofè komèsyal (CDL)?
Non. Depi 16 mas 2026, gouvènman ameriken an bloke moun k ap chèche azil ak lòt imigran pou yo pa resevwa nouvo lisans chofè komèsyal, ki se lisans espesyal pou kondui gwo machin ki lou. Imigran yo ap konteste règ final sa a epi yo depoze yon pouswit lajistis. Ou kapab jwenn plis enfòmasyon isit la.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) vize bay enfòmasyon ki baze sou reyalite konsènan lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo se pa konsèy legal.
Tout kontni legal se ekip avoka ekspè nan imigrasyon ASAP yo ki ekri epi revize yo legalman. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo admèt nan Baro nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm nan dwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè pri pou travay legal yo fè.