Ekri pa avoka imigrasyon ekspè ASAP yo · Mizajou nan dat
Dokiman sa a se yon avi ki soti nan Komisyon Apèl Imigrasyon (BIA) epi li konfime BIA te resevwa avi apèl ou a nan dat ki endike a. Si ou pèdi ka azil ou a devan tribinal imigrasyon epi ou fè apèl pou ka w la nan BIA, ou ta dwe resevwa avi sa a. Pandan ka w la ap tann desizyon devan BIA, yo pa ta dwe depòte w, men ou kapa b nan detasyon pandan pwosesis sa a. Ou kapa b li plis tou sou apèl yo isit la.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) vize bay enfòmasyon ki baze sou reyalite konsènan lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo se pa konsèy legal.
Tout kontni legal se ekip avoka imigrasyon ekspè ASAP yo ki ekri epi revize yo legalman. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo admèt nan Baro nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm nan dwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè pri pou travay legal yo fè.
