Se avoka imigrasyon ekspè ASAP yo ki ekri sa · Mizajou nan dat
Kongrè Ameriken an se pati nan gouvènman ameriken an ki fè lwa yo.
Gen de pati nan Kongrè a: Sena a ak Chanm Reprezantan an. Senatè yo reprezante tout moun k ap viv nan yon eta espesifik. Reprezantan yo reprezante tout moun k ap viv nan yon rejyon ki pi piti nan yon eta. Yo eli Senatè yo chak 6 ane, epi yo eli Reprezantan yo chak 2 ane.
Gen 100 Senatè nan Sena a ak 435 Reprezantan nan Chanm Reprezantan Etazini an. Ou kapab jwenn Senatè w la isit la epi Reprezantan w la isit la.
Kouman Kongrè Ameriken an fè lwa?
Ni Senatè ni Reprezantan kapab prezante “pwojè lwa” nan Kongrè a si yo ta renmen chanje yon lwa ki egziste deja oswa fè yon nouvo lwa. Yon pwojè lwa se yon pwopozisyon pou yon nouvo lwa.
Senatè ak Reprezantan yo prezante anpil pwojè lwa chak ane. Anvan yon pwojè lwa kapab vin yon lwa, li dwe (1) resevwa ase vòt nan Sena a, (2) resevwa ase vòt nan Chanm Reprezantan an, epi (3) Prezidan Etazini an dwe siyen li.
Pwosesis sa a difisil anpil, epi anpil pwojè lwa pa janm vin tounen lwa.
Ki lòt pati ki genyen nan gouvènman ameriken an?
Anplis Kongrè Ameriken an, gen de lòt pati nan gouvènman ameriken an: tribinal federal yo ak Branch Egzekitif la.
Pifò nan travay gouvènman an fèt atravè Branch Egzekitif la. Branch Egzekitif la gen ladan l Prezidan an, Mezon Blanch lan, ak anpil ajans gouvènman tankou Depatman Sekirite Enteryè (DHS) ak Depatman Jistis (DOJ).
Anplis gouvènman federal ameriken an, gen 50 eta Ozetazini. Chak eta gen pwòp gouvènman pa li. Vil ak komin yo gen pwòp gouvènman pa yo tou.
Kisa “appropriations” ye?
Chak ane, Kongrè Ameriken an deside konbyen lajan ajans gouvènman ameriken yo ta dwe resevwa pou ane a, ak nan kisa ajans gouvènman yo ta dwe depanse lajan sa a. Yo rele pwosesis sa a “appropriations.”
Ni Sena a ni Chanm nan gen Komite Afektasyon Lajan (Appropriations Committees) ki konsantre sou pwosesis afektasyon an. Chak Komite sa yo prepare pwojè lwa ki pwopoze kijan pou bay ajans gouvènman ameriken yo lajan. Yon fwa yo fin prepare kalite pwojè lwa sa a, Komite Afektasyon nan Sena ak nan Chanm nan vote pou apwouve li. Si Komite a apwouve pwojè lwa a, pwochen etap la se pou tout Sena Ameriken an oswa tout Chanm Reprezantan Ameriken an vote sou li.
Si Chanm nan ak Sena a apwouve pwojè lwa afektasyon ki diferan epi yo pa kapab antann yo, gen yon lòt pwosesis ki fèt yo rele “reconciliation.” Pandan rekonsilyasyon an, yon gwoup Senatè ak Reprezantan negosye yon nouvo pwojè lwa ke ni Chanm nan ni Sena a kapab dakò sou li. Anvan yon pwojè lwa afektasyon kapab vin yon lwa, majorite nan Sena a ak majorite nan Chanm Reprezantan an dwe vote sou li epi apwouve li, epi Prezidan Etazini an dwe siyen li.
Kongrè Ameriken an sipoze pran desizyon sou afektasyon lajan yo anvan mwa oktòb, paske y ap deside konbyen lajan gouvènman an pral genyen pou l fonksyone depi mwa oktòb rive nan mwa septanm. Men, sa konn pran Kongrè a pi plis tan pou l rive jwenn yon akò. Lè sa rive, kapab gen yon “fèmti gouvènman an” (government shutdown) ki afekte anpil sèvis gouvènman an bay.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) vize bay enfòmasyon ki kòrèk sou lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo se pa konsèy legal.
Tout kontni legal se ekip avoka imigrasyon ekspè ASAP yo ki ekri li epi ki revize li legalman. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo gen lisans pou pratike lalwa nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm nan dwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè pri pou travay legal yo fè.