Ekri pa avoka imigrasyon ekspè ASAP yo · Mizajou
Dokiman sa a se yon “Lòd pou Mete yon Moun Anba Siveyans (OSUP),” yo rele tou Fòm I-220B. Gouvènman ameriken an bay kèk moun dokiman sa a lè yo te resevwa yon lòd depòtasyon (removal order) men yo pa t depòte yo nan peyi orijin yo. Gen kèk moun ki jwenn sispansyon depòtasyon (withholding of removal) oswa pwoteksyon anba Konvansyon Kont Torti (CAT) ki kapab resevwa dokiman sa a tou.
Fòm sa a gen ladan l kèk egzijans ak kondisyon pou siveyans lan, tankou ale nan Randevou pou prezante nan yon biwo ICE epi l ap gen ladan l yon rejis pou randevou ICE. Si ou vle chanje randevou pou prezante nan biwo ICE ou a, ou kapab konsidere swiv etap sa yo.
An jeneral, ou kapab aplike pou yon pemi travay (anba kategori (c)(18)) si ou te resevwa yon lòd depòtasyon ak yon lòd pou mete yon moun anba siveyans. Si yo te ba ou sispansyon depòtasyon, ou kapab aplike anba yon kategori separe, (a)(10). Pou plis enfòmasyon, klike sou lyen sa.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) gen kòm objektif pou bay enfòmasyon ki baze sou reyalite konsènan lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo se pa konsèy legal.
Tout kontni legal yo ekri epi yo revize legalman pa ekip avoka imigrasyon ekspè ASAP yo. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Kolektifman, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo gen lisans pou pratike (Bar) nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm nan dwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè pri pou travay legal yo fè.
