Pibliye nan dat
Apèsi
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) se pi gwo òganizasyon manm pou moun k ap chèche azil Ozetazini, avèk plis pase 700,000 manm ki soti nan 175 peyi. Manm ASAP yo jwenn aksè ak resous ki enpòtan anpil epi yo patisipe nan yon efò kolektif pou pwoteje dwa moun k ap chèche azil yo.
Ekip litij ASAP la ap genyen soulajman pou manm yo, pandan y ap pwoteje sitwayènte pa nesans (birthright citizenship), azil, ak aksè ak pemi travay. Pa egzanp, sa pa gen lontan depi ASAP te genyen yon enjonksyon ki bloke dènye lòd egzekitif administrasyon an sou sitwayènte pa nesans — sèlman yon ane edmi apre li te fin bloke premye a. Sa se yon litij ki gen gwo enpòtans ak gwo enpak avèk viktwa reyèl ak mezirab pou kominote imigran yo — epi nou bezwen yon Avoka Senior pou Litij ki vle patisipe nan batay la.
Wòl la
Ekip refòm sistemik ASAP la ap chèche anboche yon Avoka Senior pou Litij. Ekip refòm sistemik ASAP la konsantre sou litij enpak patisipatif, laprès, ak efò defans pou plis pase 700,000 manm ASAP yo. Litij ASAP yo fè priyorite kolektif manm nou yo avanse lè yo reprezante tout manm yo an jeneral, lè yo pouswiv aksyon kolektif, epi/oswa lè yo reprezante moun k ap chèche azil ak lòt imigran endividyèlman. Nou travay kole kole ak manm nou yo pou asire travay litij nou an reflete bezwen yo, eksperyans yo, ak priyorite yo. Dosye ASAP yo gen ladan defi anba Lwa sou Pwosedi Administratif, reklamasyon konstitisyonèl, manda mandamus, ak litij aksyon kolektif.
Responsablite yo
Sèvi kòm avoka prensipal nan litij federal konplèks avèk plizyè òganizasyon ak moun k ap pote plent ak lòt avoka k ap travay ansanm.
Sèvi kòm prensipal moun k ap redije mosyon, plent, papye dekouvèt, ak lòt dokiman legal.
Reprezante ASAP nan tribinal federal, sa ki enkli defans oral, ansanm ak negosyasyon ak avoka pati advès la.
Sèvi kòm yon kontak prensipal pou manm ASAP yo ak lòt òganizasyon k ap pote plent ki angaje nan litij.
Devlope relasyon ak òganizasyon patnè ak lòt avoka potansyèl, epi pale nan non ASAP nan reyinyon kowalisyon yo.
Kalfikasyon yo
Yon diplòm J.D. ak admisyon pou pratike lalwa nan omwen yon jiridiksyon Ozetazini obligatwa.
Eksperyans nan redaksyon mosyon legal enpòtan ak defans oral nan tribinal federal obligatwa.
Ekselan jijman ak eksperyans anvan nan dirije ekip sou dosye nan zafè litij konplèks.
7 a 10 ane eksperyans nan litij, espesyalman nan tribinal federal, se sa nou prefere.
Eksperyans k ap travay kòm avoka nan aksyon kolektif oswa ak kominote imigran yo gen anpil valè.
Ekselan kapasite nan òganizasyon ak jesyon tan, avèk kapasite pou jere plizyè dosye ak priyorite anmenmtan.
Ekselan kapasite kominikasyon oral, enkli nan defans legal ak kominikasyon piblik.
Kapasite eksepsyonèl nan ekriti, avèk kapasite pou kominike pwoblèm legal ak politik konplèks yon fason ki klè, aksesib, epi byen òganize.
Kapasite pou w fleksib epi aprann byen vit epi adapte w ak nouvo pwosesis, sistèm, ak zouti.
Kominikasyon ouvè, kolaborasyon, ak yon atitid pozitif menm anba estrès.
Salè ak Benefis
Salè pou pozisyon sa a baze sou kalifikasyon yo, nan yon ranje ant $140,000 ak $160,000. ASAP ofri yon ekselan pake benefis ki gen ladan asirans sante pou anplwaye a san li pa peye anyen, kontribisyon nan 401K, vakans peye ki jenere, jou konje pèsonèl ak jou maladi, ak konje matènite/patènite peye.
Kote a
ASAP se yon òganizasyon ki fonksyone 100% a distans san okenn biwo fizik. Anplwaye yo ka travay a distans nan nenpòt nan 50 eta Ozetazini ak nan D.C., eksepte teritwa ameriken yo.
Kijan pou w Aplike
ASAP se yon anplwayè ki bay tout moun menm chans. Aplikan ki enterese yo ta dwe ranpli ti sondaj sa a. Yon lèt motivasyon pa obligatwa. Sa a pral yon pwosesis k ap kontinye.