Ekri pa avoka imigrasyon ekspè ASAP yo · Mizajou nan dat
Èske se pa kote ou rete a? Chèche yon lòt eta.
Men kèk enfòmasyon enpòtan:
Moun k ap chèche azil ki gen pemi travay ki valid elijib pou yo gen lisans chofè nan Tennessee! Nan dat 2 novanm 2026, yon tribinal te bay Tennessee lòd pou li bay imigran ki elijib epi ki gen pemi travay ki valid lisans chofè, sa gen ladan l moun k ap chèche azil! Men, sa kapa b chanje alavni, epi n ap mete paj sa a ajou amezir n ap jwenn plis enfòmasyon. Li plis enfòmasyon sou kondisyon yo anba a.
Si ou gen yon lòt kalite estati imigrasyon, ou kapa b elijib pou yon lisans chofè nan Tennessee. Pou plis enfòmasyon sou règleman yo, klike sou lyen sa a pou paj entènèt Tennessee a, oswa chèche yon òganizasyon lokal pou mande èd.
Si ou pa gen okenn kalite estati imigrasyon, malerezman ou pa elijib pou yon lisans chofè nan Tennessee.
Nan pifò eta yo, pou ou resevwa yon lisans chofè, ou bezwen: pase yon egzamen ekri, pase yon egzamen kondwi, pase yon egzamen vizyon, peye yon frè, epi pote dokiman pou montre ou elijib.
Lisans chofè pou moun k ap chèche azil
Kounye a, moun k ap chèche azil ki gen pemi travay ki valid elijib pou yo gen lisans chofè nan Tennessee, men sitiyasyon an kapa b chanje rapidman alavni. Nan ane 2026, Tennessee te sispann bay pifò imigran ki pa sitwayen Ameriken oswa rezidan pèmanan (lawful permanent resident) (moun ki gen kat rezidan pèmanan) lisans chofè. Men, nan dat 2 novanm 2026, yon tribinal te bay lòd pou Tennessee bay imigran ki elijib epi ki gen pemi travay ki valid lisans chofè, sa gen ladan l moun k ap chèche azil. Lòd tribinal la se pou yon tan, epi sa kapa b chanje alavni.
Pou ou aplike pou yon lisans chofè, ou bezwen:
Yon paspò ki valid
Yon pemi travay ki valid
Yon kat nimewo social security (SSN)
2 dokiman pou montre adrès lakay ou nan Tennessee
Ou kapa b vle pote yon kopi lòd tribinal 2 novanm 2026 la tou.
Pou plis enfòmasyon sou kondisyon yo ak frè yo nan Tennessee.
Èske mwen ta dwe pote lòt dokiman imigrasyon ki pa nan lis anlè a?
Anplis dokiman ki nan lis anlè a, li kapa b itil pou ou pote lòt dokiman ki gen rapò ak dosye imigrasyon ou, tankou prèv ki montre aplikasyon azil ou a toujou ap trete – pa egzanp, lèt USCIS voye ba ou pou fè w konnen yo te resevwa aplikasyon w lan (receipt notice) pou azil ou a oswa yon avi pou yon randevou k ap vini nan tribinal imigrasyon.
Ki dokiman mwen ta dwe pote pou montre adrès lakay mwen nan eta a?
Pou pwouve ou rete nan eta a, w ap bezwen pote dokiman ofisyèl ki montre adrès lakay ou ak non konplè ou. Kèk egzanp komen gen ladan l bòdwo sèvis piblik resan (tankou bòdwo kouran), kontra lwaye, ak dosye lekòl ofisyèl.
An jeneral, se yon bon lide pou ou pote plizyè dokiman diferan avèk ou, si yo ta refize kèk ladan yo.
Ki kote pou m ale pou m aplike pou yon lisans chofè?
Biwo kote ou aplike pou yon lisans chofè a rele an jeneral “Department of Motor Vehicles,” oswa “DMV,” men li kapa b gen yon non ki yon ti jan diferan tou. Tape non eta ou a ak “Department of Motor Vehicles” nan yon navigatè entènèt tankou Google pou jwenn adrès yo ak enfòmasyon ki pi resan yo.
Kisa pou m fè si m pote tout dokiman m bezwen yo men yo di m mwen pa kapab jwenn yon lisans chofè?
Si ou se yon moun k ap chèche azil ki gen yon pemi travay ki valid epi ou gen tout dokiman yo mande yo, nou rekòmande pou w eseye ankò. Ou kapab eseye ale nan yon lòt biwo DMV nan eta kote w ye a, oswa ou kapab menm eseye pale ak yon lòt anplwaye nan menm DMV sa a.
Kisa ankò mwen bezwen fè, apa pote dokiman yo?
Nan pifò eta yo, pou w resevwa yon lisans chofè, ou bezwen tou:
pase yon egzamen ekri, ki kapab disponib nan plizyè lang
pase yon egzamen kondwi, ki kapab mande pou w vini ak yon machin
pase yon egzamen vizyon
peye yon frè
Ka gen lòt kondisyon tou, epi ou ta dwe tcheke sit entènèt eta w la!
Èske mwen kapab kondwi nan yon lòt eta ak lisans chofè mwen an?
Ou kapab kondwi nan nenpòt eta Ozetazini ak yon lisans chofè REAL ID ki valid.
Men, si ou gen yon lisans chofè ki pa yon REAL ID, yo kapab pa aksepte l nan Florid, New Hampshire, Tennessee, ak Wyoming. Si w gen youn, konsidere pale ak yon avoka anvan w kondwi nan eta sa yo.
Mwen gen tout dokiman yo, men mwen pa kondwi. Èske mwen kapab toujou jwenn yon kat idantite eta a?
Si ou pa vle kondwi oswa si ou pa pare pou w pase egzamen lisans chofè yo, men ou vle toujou gen yon kat idantite eta a, ou kapab eseye aplike pou yon kat idantite eta a pito. Pifò eta mande menm kalite dokiman pou kat idantite eta a ak pou lisans chofè. An jeneral, ou kapab aplike pou yon kat idantite eta a nan menm biwo kote w aplike pou yon lisans chofè a.
Èske mwen kapab jwenn yon lisans chofè REAL ID?
Wi. Nan Tennessee, ou kapab aplike pou yon lisans chofè REAL ID ak menm dokiman ki nan lis anwo a.
Nòt: Apati 7 me 2025, granmoun ki gen 18 an oswa plis ap bezwen yon idantite ki satisfè kondisyon REAL ID pou yo vwayaje nan avyon anndan peyi Etazini. Pa egzanp, ou kapab sèvi ak yon kat pemi travay, yon paspò Etazini oswa yon lòt peyi, oswa yon lisans chofè ki konfòm ak REAL ID (sa yo gen yon zetwal nan kwen anwo kat la). Ou kapab wè yon lis konplè idantite yo aksepte isit la epi repons pou kesyon moun poze souvan isit la.
Èske mwen kapab jwenn yon lisans pou chofè komèsyal (CDL)?
Non. Depi 16 mas 2026, gouvènman ameriken an bloke moun k ap chèche azil ak lòt imigran pou yo pa resevwa nouvo lisans chofè komèsyal, ki se lisans espesyal pou kondwi gwo machin ki lou. Imigran yo ap konteste desizyon final sa a epi yo depoze yon pouswit lajistis. Ou kapab jwenn plis enfòmasyon isit la.
ASAP (Pwojè ki an Defans pou Moun k ap Chèche Azil) gen pou objektif pou bay enfòmasyon ki baze sou reyalite konsènan lwa imigrasyon aktyèl yo. Enfòmasyon sa yo se pa konsèy legal.
Tout kontni legal se ekip avoka ekspè nan imigrasyon ASAP la ki ekri yo epi ki revize yo legalman. Avoka ekspè ASAP yo gen plizyè dizèn ane eksperyans nan lwa imigrasyon ak nan litij. Ansanm, yo genyen plizyè santèn ka. Avoka nou yo gen lisans pou yo pratike nan plizyè eta Ozetazini, yo gen diplòm nan dwa nan inivèsite tankou Harvard, Yale, ak UCLA, epi yo genyen plizyè pri pou travay legal yo fè.